Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
Trottinette électrique OCEAN DRIVE A9 avec clignotants
299.99 € 599.99 €
Voir le deal

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

3 participants

Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Invité Ven 20 Mai 2011 - 7:54

[size=18]Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants d'une vision de nous-mêmes en tant que citoyens, patrie et nation:

Leta an Ayiti an fayitt .Mwin pa we poukisa pou prezidan Martelly lan kinbe gan ak manm yon gouvenman ki telman koronpu ak inkapabb ke menm ayisyen ki sou chanmars la yo li paka retiwe yo apre un an et demi.Prezidan an gin yon manda pou li netwaye "les ecuries d'Augias" .Kontinwite ak kolaborasyon pa vle di ke nou se menm nou men an kontinye saki tep fett anvan an.

Menm nan rejim menm nou menm yo nou pajanm gin afe kinbe gwo tett ki lan ministe ak leta yo.Yon nonm ki prezidan fet pou li vini ak yon ekip pa li pou li mete vizyon pa li an plass kote konstitisyon an pemet sa .Li pa bezwin chanje nej ki lan ti pozisyon raz job routinn min neg ki lan pozisyon leadership kika mete baton lan rou li se bat deye yo .Yon elektora paka di li pa vle jan yon bagay ap mache pou neg li mete deye volan kamyon an yo pwan menm move travaye yo pou chaje kamyon an anvan li pwan la routt .Ce serait de la folie et du suicide politique .

La collaboration et la continuité ne veulent pas dire le maintien du statu quo. Ceux et celles qui ont l’habitude de bénéficier des largesses ou des avantages du gouvernement de la corruption sortant doivent s’attendre à voir disparaitre les émoluments des sinécures de cette clique bien enfouie au sein des rapports officieux entre les media de la propagande, de la flatterie et de l’irresponsabilité d’une certaine presse engagée auprès des institutions gouvernementales .Cela veut dire en termes clairs et précis , tous les mandarins -bureaucrates-journalistes de la presse parlée et écrite. Tout doit changer afin que le pays renaisse de ses maux.

Ils peuvent gueuler autant qu’ils veulent et les cris d’un faux outrage et d’innocence violée n’empêcheront pas le nettoyage des écuries d’Augias. Le travail doit se faire et le président ne doit pas hésiter à dénoncer publiquement ceux et celles qui veulent mettre des entraves en travers de sa route .Il doit parler au peuple face à face pour lui dire qui sont ses vrais ennemis pendant le changement désiré .Le président doit continuer à mettre en place , d’une main juste et ferme , les options politiques et administratives necessaires et favorables a la prise en main de l’économie nationale . .. Il doit satisfaire cette faim énorme que nous avons de voir la restauration du respect de l’intégrité nationale et de la dignite du peuple .La nation ne peut et ne doit plus continuer sa course vers la dérive et l’extinction.

Je veux croire que cette présidence est un premier vers un nouveau contrat, un renouvellement de notre volonte et de nos idéaux de peuple au sein de notre histoire assiégée par l'imposture .Nous avons besoin d’un etat fort au service de cet etre méprisé qui attend sa place au soleil, depuis trop longtemps ,le citoyen haitien,. Il faut que l'etat s'imprègne de ses devoirs et de la nature de ses responsabilités afin de servir la patrie abusée. Finies les hésitations d’un manque de volonté politique ancré dans la corruption, l’indifférence, le cynisme et la lâcheté .Finies les intimidations des clans de la division et des cénacles de l’anarchie ambiante au service des élites des gangs économiques et politiques. Il n'y a aucune effronterie à se débarrasser au niveau des postes de direction de ceux ou celles qui ont une vision contraire à celle du nouveau-gouvernement élu .

C'est bien là la volonte de l'électorat :

Faites place nette, monsieur le Président. Ouvrez les fenêtres ! Nous avons besoin d'oxygène, d'air pur. Laissez entrer les rayons bienfaiteurs du soleil de la raison et de l’honnêteté pour chasser l'accumulation des miasmes de cette moisissure étouffante qui paralyse la vie nationale. Aller à l’assaut de la corruption et de l’imposture veut dire que de nombreuses tètes coupables et arrogantes vont rouler sur le sol …On ne peut faire d’omelette sans casser les œufs.

Yap oblije lage manmel bef la kilan bouch yo ke yap sousse a paske yo pa fe anyen pou li. Pep la lan grangou .Pep la ap manje biswit labou .Lap domi anba tantt e vagabon ap vyole fanm ak tout ti fyett.Fok sa foi. Fok nou pote sekou bay moralite ki pwan lan twa roi ak afe tout voum se do a . Abraham di setasse.
[/size]


Dernière édition par deza le Ven 20 Mai 2011 - 8:49, édité 2 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Joel Ven 20 Mai 2011 - 8:48

Sa k pase menm ;mwen pa konprann;pandan eleksyon an ,gen yon seri de nèg ki t ap atake MATELI paske dapre yo li pa reponn a pwofil chefdeta ;li pa lan ti klib ""pi kapab"".
Gen youn menm ki te menm di ke si MATELI eli se ap la fen REPIBLIK lan.

Mwen remake ke se menm nèg sa yo ki pi cho devan bann lan pou MATELI.Yo pi MATELIS ke MATELI jounen jodi an.
SA K PASE.

Sou menm woulib lan ;mwen sot tande sou MELODI FM gen manifestasyon ki ap fèt lan PÒTOPRENS pou opoze nominasyon DANIEL ROUZIER.
Manifestan yo ap di ke DANIEL ROUZIER ki desann de LOUIS BORNO pral resisite politik koloris grangranpapa l yo.

Manifestan yo di se GERVAIS CHARLES yo vle.
Mwenmenm m ap di l ,mwen konnen fanmi DANIEL ROUZIER yo trè byen .Defen mononk li DANIEL"""DADOU"" BRUN Jr se te zanmi danfans youn lan gran frè m yo.
GERVAIS CHARLES limenm ,se youn lan nwaris reyaksyonè poutchis yo .
Sensèman ,si pou m ta chwazi ant 2 nèg sa yo ,se ROUZIER wi ,mwen t ap chwazi.
E nou konnen sa m panse de zafè koulè rans sa a ,ann AYITI.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  kami Ven 20 Mai 2011 - 9:02

Manifestan yo ap di ke DANIEL ROUZIER ki desann de LOUIS BORNO pral resisite politik koloris grangranpapa l yo.

Istwa te raple nou ke gouvenman sa-a te sevi unikman ak bougwa pou kondwi politik leta-a, min nou te remake ke anpil progres sensib pat reayalize kar grande majorite-a te karte, oubliye. Nan syek nouvo sa-a ke nap viv la yo pa ka iyore la majorite. Vini ak yon moun ki ta vle inpoze e restore yon politik retrograd pa fe sans.

La majorite fera entendre sa voix et elle sera bruyante et tapajeuse. Co-existence pacifique est a l'ordre du jour et il nous faut conjuguer nos efforts pour le triomphe de la reconstruction et la refondation du pays. Nous devons tous mettre la main a la patte pour la reussite de ce defi.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Joel Ven 20 Mai 2011 - 9:18

Se yon bon diskisyon KAMI ,ke nou gen dwa fè tèt frèt.

Si yo ta nonmen ROUZIER vre;lan politik jeneral li ,se pou l vini ak non kabinè ministeryèl lan.
Eske LEJISLATI an pa p gen tan wè ke misye ap repete politik koloris lan?

Konbyen ""milat"" tradisyonèl ki rete ann AYITI ,pou w ta fè yon kabinè ak yo sèlman?
Pa gen ase.
E m ap di w ,ROUZIER gen yon kouzen l JEAN ROBERT FATTON ,ki desann de LOUIS BORNO menm jan ak li ,ki te kont koudeta kont ARISTIDE lan ,an 2004.Misye te menm monte sou chèn PBS pou l di ke koudeta sa a ap yon dezas pou peyi an.
Misye se pwofesè SYANS POLITIK lan INIVÈSITE VIRGINIA.
Byen ke ROUZIER te pou koudeta a ;GERVAIS CHARLES te pou li tou
KAMI;
Mwen mefye m de nwaris sa yo ,se po yo sèlman ki gen anpil melanin;se menm nèg sa yo ki te dèyè DANNY TOUSSAINT lè yo t ap atake JAN DOMINIK paske l se yon ""ti rouj"" .

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Invité Ven 20 Mai 2011 - 9:33

Joel,joel,joel !Que vous etes triste et sombre !

Je sais que vous avez toujours un problème avec la langue francaise et la structure rationnelle de la pensée abstraite.Je vous plains sans ressentir le besoin d'accorder merci aux begaiements de votre imagination enfantine . Je sais aussi que vous êtes un pauvre disciple et que vous n’aviez jamais appris à penser indépendamment des mantras qu’on vous a imposés pour faire de vous un petit robot du tipepisme local dont » « l’esthétique » de la rancune et du ressentiment est tournée vers l’extérieur. C’est bien le stigma d’une génération d’hommes de chez nous nourri s dans le négrisme d’une fausse identité individuelle et collective .Vous n’avez p [as fini de faire vos preuves et le pays s’enfonce dans la merde de vos copulations dogmatiques et stériles.

Quand la nation est en crise le citoyen honnête ne choisit pas le chemin de la division des apatrides .Il se met, comme un soldat, au service des interets supérieurs de la nation qui passent tout d’abord par le filtre de l'union et le sacrifice des interets intellectuels mesquins de nos dogmes particuliers. Votre intervention est ce qu'elle est, une tentative ignorante de sortir des paramètres des propositions qui définissent un débat sérieux pour le forcer à rejoindre la pègre de la partisannerie et de la malveillance. Si c'est ce que vous avez en tète vous perdez votre temps.

Ne comptez pas sur moi pour faire votre sale boulot .Je ne peux etre un saboteur. Je suis haïtien de souche avant tout .Je ne suis pas un congo. Je n’ai pas appris à etre ce que je suis dans les cellules politiques de la grivoiserie .Je suis Martelly jusqu'à ce qu'il prouve qu'il est indigne de ma confiance .Se pa plinyen ak kadejak yon ti jowal tett kokolo ak ekip li a vle fe sou yon gouvenman ki fek antre an fonksyon kika fem chanje lide mwin .Je suis un homme moral et de principe. Je suis Martelly parce que je suis haïtien. C’est un sentiment du devoir qui vous échappe parce que vous et moi sommes d’une différente race d’hommes.Je suis un homme d'honneur.

Geronimo ! Grenadiers à l’assaut !


Dernière édition par deza le Ven 20 Mai 2011 - 10:08, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Joel Ven 20 Mai 2011 - 9:54

Ou nonmen nonm ;mwenmenm mwen pa t nonmen .Dlo an mouye w?
Pa gen moun ki pran w o serye ankò.Pa reponn sa m ekri ,paske se yon ang w ap chache pou w pèsonalize deba yo.
Bagay w ap debite yo ,pa enterese m ;mwen pa gen okenn enterè lan yo.
Ou kontinye ap pale jan nèg te konn pale lan ane 40s,50s yo.
Mwen angaje m lan yon ti diskisyon ak KAMI .Se limenm mwen ta renmen ki reponn mwen.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Le gros roseau Ven 20 Mai 2011 - 10:02

Dizzy

ou konn ap mande moun si yo genyen pwoblem ak lang franseuuu e wou eske w genyen pwoblem ak lang kreyol la ki se lang tout ayisyen pale paske mwen pa wè poukisa ou komanse voye pye la tankou yon milet mal donte pou sa Joel ekri ya.

premyèman eske se pa vre pandan debi kanpay la se Myrlande manigat ou te soutni?teks yo la ou pa ka demanti Joel.Lè w wè ke gwo elektè yo se Martelly yap soutni ou kouri mete yon palto martelly sou do w.kakakok genyen yon non pou kameleyon tankou w .Se sa ki fè menm mwen te di pi gwo kameleon pase w nanpren ou chanje koulè pi vit pase la lumyè.

dezyèman Joel di ke li tande genyen yon manifestatyon ki ap fet an ayiti kote manifestan yo ap di ke yo pa vle gerard Rouzier ou daniel Rouzier ki ap vinn retabli mulatrime lan an ayiti.yo di ke Se gervais charles ke yo vle kom Premye Minis.Joel di ant 2 moun sa yo li pito pran Rouzier paske gervais charles la tou se moun ki pral vini ak kose nwaris la.men li di ke Rouzier plis o sant ke gervais charles paske li konnen moun Rouzier yo byen.

ou pa pran sans sa l di ya ou leve pran poz magister dixit w pou desann li.Mwen pa konn poukisa. se pa wou sel ki genyen dwa opine sou forum lan.Ou di pwoblem forum lan se mwen ,men tout moun ka wè se wou ki vle enpose yon dikatati bout di sou forum lan tankou sa ki te eksiste ant 1957 e 1986 la ,ou pap sis paske jodya bagay yo chanje ti mal.Ou pa ka vle tout moun se zombi nan la kou lakay w bokò.

poum retounen ak manifestatyon ki ap fet an ayiti jodya Charles ak Rouzier ak martelly yo se duvalierist ak Duvalierist ya degaje get yo.men se bagay saa ke mwen toujou ap di ya yon nonm ap chache pouvwa li eli depi plis ke yon mwa li pa ka fome yon gouvenman 8 jou apre li prete serman.se ak moun kite la yo ke li ap sèvi ;poukisa menm li te al chache responsabilite saa.?


Dernière édition par Le gros roseau le Ven 20 Mai 2011 - 10:08, édité 4 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  kami Ven 20 Mai 2011 - 10:02

Istwa te raple nou ke gouvenman sa-a te sevi unikman ak bougwa pou kondwi politik leta-a.


Joel,

Se pa ak minis selman ke prezidan an pwal sevi nan gouvenman li mwen pa janm ni di ni panse sa. Epi tou pa aler a lekstrem ler wap mande konbyen milat ki rete an Ayiti, gin milat nwa tou pa bliye sa. Dayer gin anpil lot post-kle, pi inpotan, ki egziste e ki mete job minis la deyel. Se tou sa pou moun suveye nan yon nominasyon.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  kami Ven 20 Mai 2011 - 10:08

Pour eviter toute discussion sterile voudriez-vous que je divise le sujet a partir de
"Manifestan yo ap di ke DANIEL ROUZIER ki desann de LOUIS BORNO pral resisite politik koloris grangranpapa l yo."
c'est ce que j'aimerais discuter.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Le gros roseau Ven 20 Mai 2011 - 10:14

Pou mwen se 2 kan duvalyerist yo ki ap frape konn yo.se duvaliyerist 57 yo ak Jeanklodist yo. se bon pou lwa ;Moun charles sa yo se fanmi Doktè Charles ki te medsen francois Duvalier e mwen kwè ki se fanmi madan kebreau.Rouzier yo se jeanclaudist.Tout moun konnen ke neg 57 yo pat vlè wè milat paske si yon moun li :le cri de l'exilé"ke Francois duvlaier te ekri nan jenes li wa konprann poukisa nwarisme lan te eksiste an ayiti ki te yon repons a mulatrisme lan.e nanpren moun ki genyen bon sans ki pa konnen sak te pase an ayiti ant 1915 e 1946.e menm sou rey Boyer ak geffrard .ki donk yon neg ki ap defann caste li pa ka vle reekri listwa sou preteks se li sel ki pa kongo.se li ki pi konn li e ekri pase tout lot moun.ki dnk se pou tout moun mete a jenou di pawol de levanjil lè li ekri yon radot nan mache se radot.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Joel Ven 20 Mai 2011 - 10:23

kami a écrit:Pour eviter toute discussion sterile voudriez-vous que je divise le sujet a partir de
"Manifestan yo ap di ke DANIEL ROUZIER ki desann de LOUIS BORNO pral resisite politik koloris grangranpapa l yo."
c'est ce que j'aimerais discuter.


KAMI se sa.Paske yo vle resisite vye demon yo.
Nwaris yo ak milatris yo pa t gen pwoblèm antre yo vre.Lit yo se te sou kilès ki t ap kontwole aparèy LETA a.

W ap pale de majorite,de nwaris tankou FRANSWA DIVALYE se lan non majorite an ,li t ap dirije vre?
LOUIS BORNO ,pa t ap dirije pou benefis majorite an ,DIVALYE pa t fè sa non plis,.
Gen de nwaris lan gouvènman DIVALYE an ki te pi boujwa,pi elitis ke nèg a po klè yo.
Sonje se te JACQUES ROMAIN ki te kanpe pou l opoze ""Kanpay REJETE"" legliz katolik lan .

Ant DANIEL ROUZIER ak GERVAIS CHARLES ,gade kilès ki ap fè yon pi bon premye minis;mwen gen dwa pa dakò ak opinyonpolitik ROUZIER men lan opinyon m ,l ap fè yon pi bon premye minis ke CHARLES.
Mwen gen dwa twonpe m ;men se opinyon m

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  kami Ven 20 Mai 2011 - 10:28

Joel,

Mesi pou repons ou.

C'est tres important aussi d'avoir l'approbation de Deza, dayer se li kite kreye post sa-a. Il revient a Deza de me faire signe oui ou non.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Joel Ven 20 Mai 2011 - 10:53

Rouvri yon lòt pòs.
Mwen pa enterese lan anyen pèsonèl.
MARC rele FOWÒM lan yon FOWÒM ""DEBAT D'IDÉES"".
Mwen pa enterese lan moun ki ap di yo ""fò"";sa pa gen okenn enterè pou mwen.
Se te yon patikilarite ,lan deba politik ki te konn fèt lan jounal 46-50;lè te gen yon ti moso libète la pawòl ;men mwen wè gen nèg ki vle kontinye abitid sa yo toujou.
Si w li jounal sa yo ,wa we gen yon seri de moun se tankou lòt lan yo te konn ekri;yo ""fò"",lòt moun se primè.
Mwen pa enterese lan sa

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Invité Ven 20 Mai 2011 - 13:57

Amie Kami flower,

Je suis prêt à tout pour te faire plaisir .Dis-moi ce que tu veux .Tu es de ma "caste " : Nous avons cette meme carrure de l’homo sapiens, avec cette différence que tu représentes le modèle de l'élégance féminine de notre société .Nous avons le meme gout du beau et du chic, la meme coterie d’amis, les mêmes frissons de dégout face à la vulgarité, la meme passion des Beaux-Arts, tout ce qui nous distingue de la foule arboricole qui vient à peine de mettre pied à terre. Smile Smile Smile Smile Smile Nous sommes les civilisés. farao queen

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants... Empty Re: Alerte!Reponse aux magouilleurs et mauvais perdants...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum