Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Display One Piece Card Game Japon OP-08 – Two Legends : où la ...
Voir le deal

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

+7
Maximo
Le gros roseau
piporiko
Rico
ainsi ne soit-il
kami
Joel
11 participants

Page 1 sur 4 1, 2, 3, 4  Suivant

Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 18:53

Mwen sot tande sou cho FANMILAVALAS lan sou radyo solèy ke FONDASYON an ap fè yon leve fon pou mete èkondisyone lan yon lekòl ki tankou ansyen lekòl SANTRAL lan pou montre timoun lan la ri yo metye:
konpitè,mekanik ,menwizri ,kapantri elt...
Yo bezwen remete RADYO TIMOUN sou pye ankò.
Men sit fondasyon an:

http://aristidefoundationfordemocracy.org


https://www.youtube.com/watch?v=dbVHroQnNmw

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  kami Dim 22 Mai 2011 - 19:11

Sa-a se yon nouvo strateji ke lavalas ap itilize pou voler lajan moun toujou? Yo eseye deja ak granmoun, konyea yap itilize timoun pou fen konen yo pwal ede edikasyon yo. Yo fin voler kess leta, yo piye Legliz, yo piye komes la. Pagen anyin ankor ki rete aloske se sak fe yap itilize ti moun konyea.

Shame, shame, shame, nou te dwe ront, sa se REPIYANS. Se sak rele sot bay inbesil pa pran.

Tipe-a konen gou bouch li wi; konye-a li bezwen airkondisyone poul pran bon jan van. Depi kiler li te abitye ak luks konsa?

Sil bezwen bon jan van poukil pa retounen kotel soti an? kel preteks, o wi li malad nan zye li paka pran fredi epil bezwen airkondisyone.

Quelle affaire!
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 19:36

LOL LOL...KAMI MWEN PAP AJOUTE ENRYEN EN PLUS MA GATE SA OU DI LA.
ROZO TE DI DEPI ARISTIDE AP FE YUN BAGAY LAP INVESTI AVEK LI FE MWEN WE OU ROZO VOYE PA WOU.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 19:40

Koumanman KAMI;

Kisa ki fè nou pè ti pè an konsa a?.
Èkondisyone an ,se pa pou kay li;se pou lekòl timoun yo.Alòs ou pa ta renmen timoun yo aprann lan yo kote ki èkondisyone.

Antouka ou mèt di sa w vle ;sa pa p gen okenn efè;komite soutyen LAVALAS yo anpil e yon bagay yo konn fè se ranmase lajan

Yo di ,misye pa pale ,men tout tan l pase se pou l remanbre inivèsite an e mete lòt zèv sou pye.

Misye pa tankou MANIGAT yo non.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Mai 2011 - 20:13

Ki problèm nou mezanmi? Tout moun ap bluffe men kan nou tande pale de inisyativ durabl ke nèg la vle met sou pye, nou tonbe kalonen. Pi gwo volè kriminèl la ap sikile an Ayiti, pèsonn pa konn sa l'ap brase. Pi gwo kriminel la ak effeuilleuse ranmase lajan sou do pèp la ak fondasyon pa yo, ak óganizasyon pa yo men, y'ale yo kite peyi a fini kraze men m'pa janm tande w kritike yo. Men kouman nou fè pa bon konsa?

Nou pa vle tande ke se Ayisyen k'ap okipe yo de problèm Ayisyen. Atitid reyaksyonè sa yo, se sa ki ka met dife lan peyi a. Se toujou konsa, Ayisyen pa bezwen konen enpak refleksyon'l pa pale pou li ta rekonèt tor'l lè sa pase mal. Koulye a, sa pi fasil pou yo ankor, yo jwenn on bouk emisè: JBA. Jan m'ap tande on seri de endividu ap pale, jou lobèy pete, premye moun y'ap akize se JBA.

Tout sa m'swete, se pou Sweet Mickey menm manje yo pandan ke l'ap regle biznis pa'l.

Mezanmi, reflechi avan nou di nenpót bagay. M'pa't konn ke Aristid p'at Ayisyen non. Di'm non, ki kote'l soti?

Se pa posibl. Eske m'manke on bagay? Pou ki sa reyaksyon jouman, mepri sa a?

Aristid pa sou pouvwa. Si on moun vle kritike, yo ta supoze konn ki ès pou yo vize. An atandan, sitwayen Aristide gen tout dwa pou mete fondasyon'l sou pye.

Misye ap takle vrè problèm peyi a an tan ke sitwayen. Te gen on lè, se lan projè blan Suis, jenn Aysyen te konn al aprand sèvi ak machin menuizri, agrikilti, elatrèy. Si nèg la ka mete on koken enstitusyon konsa sou pye, se tout moun ki pwal bezwen sèvis profesyonel ak atizan sa yo. Sa va kreye travay, sa va redui mizè.

M'pa di'n ke mte kwaze jenn Ayisyen lan Kanada k'ap suiv on program lan domèn konstriksyon. Tout sa se an rapor a rebati kote ki kraze e a bati lót kote.

Kouman? Se jalouzi ak egoyis ki avegle'n ki fè nou plis bat bravo pou scanner ki pa vle di anyen lan devlopman peyi a.

Baby Doc te vin ak antèn parabolik ki ale wè frenk kare raporte'l lajan lan kelk konbinezon. Ki sa sa regle pou alfabetize, avansman Ayisyen lan tout peyi a.

Nou pa dwe kite egoyis ak jalouzi avegle'n. Nou p'ap janm evolye ak mantalite gwo nanm. Si se pou sa, peyi a kaba pou 200 lót ane. De tout fason, ki mele'n, lè sa n'a deja retounen pousyè, nou p'ap menm la si pitit nou ta vin ap sibi enjistis anba men malveyan.

Sa bay degoutans ke n'ap tirer à boulets rouges sou Aristide pandan ke nou ap lapryè pou bandi legal yo...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Mai 2011 - 20:31

E pi li lè pou fanatik zouk la sispand senjri li yo a 4 pat. Depi ki lè? Al gade n'a wè, chak fwa sa louvri bouch li se agonize li bezwen agonize moun aloske li pa rive lan talon yo.

Kote mal bourik sa a soti? Ouais. La ri a libr. Arrêtez la grimace.

Talè Martine la tourmente san lè di ki sa k'ap kuit lan kay la.

Je ne suis pas dans le secret des dieux, il est vrai, mais je me fie à mon intuition et à ma capacité de déduction. Mwen tronpe'm rarman.

Veut-il que je lui allonge une patate (pata)?

Depi y'ap fimen move zèb tout jounen, yo chita sou menm beat la: fè divèsyon.

Se sa ki fè yo di ke lè se ak moun sót ou an afè, depi li remake ke w trankil li met lan tèt li ke se febli w febli.

Peyi a lan main a w, papa. Fè sa w pito, danse makak, danse men w ka bouke dan pa lontan.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 20:32

M....

Se sa yo te pè wi .ARISTIDE se yon lòt klas politisyen.Nèg lan fèmen bouch li ,li pa di anyen;y ap voye monte sou do l.
Yo te konprann se te pawòl lan bouch lè ARISTIDE te di l ap konsakre l a edikasyon.

Antouka misye ap pouse bourèt li.Tankou m di l mwen te tande cho FANMILAVALAS lan sou RADYO SOLÈY, e moun yo t ap rele lan telefòn lan pou yo mande kote pou yo voye kotizasyon yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Dim 22 Mai 2011 - 21:14

martine la tourmente a écrit:
E pi li lè pou fanatik zouk la sispand senjri li yo a 4 pat. Depi ki lè? Al gade n'a wè, chak fwa sa louvri bouch li se agonize li bezwen agonize moun aloske li pa rive lan talon yo.

Kote mal bourik sa a soti? Ouais. La ri a libr. Arrêtez la grimace.

Talè Martine la tourmente san lè di ki sa k'ap kuit lan kay la.

Je ne suis pas dans le secret des dieux, il est vrai, mais je me fie à mon intuition et à ma capacité de déduction. Mwen tronpe'm rarman.

Veut-il que je lui allonge une patate (pata)?

Depi y'ap fimen move zèb tout jounen, yo chita sou menm beat la: fè divèsyon.

Se sa ki fè yo di ke lè se ak moun sót ou an afè, depi li remake ke w trankil li met lan tèt li ke se febli w febli.

Peyi a lan main a w, papa. Fè sa w pito, danse makak, danse men w ka bouke dan pa lontan.


MARTINET OU GINYEN REZON PAM' LA PA GWOSE PA BOURIK LA MIN YO VAN FO WA DEGAJE OU LE LWA MONDONG OU MONTE OU ACHETE YUNE POU DISTRE OU

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Rico Dim 22 Mai 2011 - 21:24

Pa gen per diyem lafrik di sid, pa gen kote pou foure zago l.

koulyè a se chimen detounen kap pran pou foure pèp.

A la kote moun volo bann granmanjè sayo.

Dekilakyèl Fondasyon yo pa konnen ki kote lajan yo pase.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  piporiko Dim 22 Mai 2011 - 22:00

Mwen pral voye ti kontribision pam lan.Epi mwen gen poum antre al bal yon kout men.Ou we zwazo tet deplimen an ap imitel.Menm senbolikman,li paka tuye papa a.Ban orijinal la ke foto kopi a....

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  ainsi ne soit-il Dim 22 Mai 2011 - 22:27

Bonne fête des mères à R... le zoukeur...

Nèg yo gen lè fin pèdi tèt yo. Jalouzi mete pye. Nul à chier.

You have the blues, mama. So listen to what they have to say about you now. If you comprehend English.

You ain't nothin' but a hound dog
Cryin' all the time
You ain't nothin' but a hound dog
Cryin' all the time
Well, you ain't never caught a rabbit
And you ain't no friend of mine

Well they said you was high-classed
Well, that was just a lie
Yeah they said you was high-classed
Well, that was just a lie
Well, you ain't never caught a rabbit
And you ain't no friend of mine

You ain't nothin' but a hound dog
Cryin' all the time
You ain't nothin' but a hound dog
Cryin' all the time
Well, you ain't never caught a rabbit
And you ain't no friend of mine


(by Jerry Leiber and Mike Stoller)

Welcome back, twitt...
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Lun 23 Mai 2011 - 0:20

Zouke pa inkyete w demen maten o pipirit di jou map voye yon chek ba li.e si li mete lekol saa an fonktyon map epole menm 2 etidyan.

martine, there are many hound dogs on this forum.(lol)ah ah ah ah

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 5:28

Mesye mwen di nou ,ke apre eksperyans misye lan AFRIK DI SID lan ;kote misye aprann anpil lan men de nèg tankou THABO MBEKI,,TOKYO SEXWALE ak lòt yo ;misye tounen chaje kou LA POLÒY.

Kounye an ,si MATELI renmen peyi an vre se pou l rele misye e di l ""mon chè ,bagay analfabetizasyon sa a ap ba nou maltèt depi 200 zan ,annou mete tèt nou ansanm pou nou rezoud li""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  kami Lun 23 Mai 2011 - 7:11

Bonjour!

Mwen fou pou mesye sa yo ki vle fe moun konen ke yo pa lavalas epi tikrik tikrak yo fache si-w pa dakor ak lavalas yo an. Rolling Eyes

Kanta pou Martelly rele arisitide keep on dreaming.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 7:52

Mwen pa di l ap rele l ;mwen konnen byen li pa p rele l ;apre tou MATELI se yon politisyen ayisyen.

Antouka lan politik RAYISAB nou an ;pa mete okenn antrav lan zèv FONDASYON an ,epi n a wè kisa ki ka akonpli.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Maximo Lun 23 Mai 2011 - 8:34

Joel a écrit:Mwen pa di l ap rele l ;mwen konnen byen li pa p rele l ;apre tou MATELI se yon politisyen ayisyen.

Antouka lan politik RAYISAB nou an ;pa mete okenn antrav lan zèv FONDASYON an ,epi n a wè kisa ki ka akonpli.


Ou kwè gen pi gwo rayisab ke Aristide, gade lè li te sou pouvwa'l kouman li te fèmen lopital, lekol, sant sante, lekol pwofesyonèl, ke CDS te gen nan Site Soley, paske Dr. Reginald Boulos te gen twop enfliyans nan Site ya, e misye te bezwen elimine enflyans sa, pou bann zobop li yo te ka fè sa yo vle nan Site ya.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Lun 23 Mai 2011 - 8:50

zanmi kami ekri,
Bonjour!

Mwen fou pou mesye sa yo ki vle fe moun konen ke yo pa lavalas epi tikrik tikrak yo fache si-w pa dakor ak lavalas yo an.

Kanta pou Martelly rele arisitide keep on dreaming.

Lavalass teman bay manti ke li finn pa kwe manti yo tou .Kounye a lan bay manti yo pa menm kon kisa lavalass te ye anko. Smile Smile Smile .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 9:43

Maximo a écrit:
Joel a écrit:Mwen pa di l ap rele l ;mwen konnen byen li pa p rele l ;apre tou MATELI se yon politisyen ayisyen.

Antouka lan politik RAYISAB nou an ;pa mete okenn antrav lan zèv FONDASYON an ,epi n a wè kisa ki ka akonpli.


Ou kwè gen pi gwo rayisab ke Aristide, gade lè li te sou pouvwa'l kouman li te fèmen lopital, lekol, sant sante, lekol pwofesyonèl, ke CDS te gen nan Site Soley, paske Dr. Reginald Boulos te gen twop enfliyans nan Site ya, e misye te bezwen elimine enflyans sa, pou bann zobop li yo te ka fè sa yo vle nan Site ya.


Pou RAYISAB lan nou chanpyon lan sa.Sonje LEKÒL MATISAN an ;mwen te wè yon repòtaj yon jounalis etranje sou lekòl sa a .
Paske se limenm ki te bati l .
Apre koudeta 2004 lan ;menm jounalis sa a al vizite lekòl lan e li wè se zèb ki t ap grandi la.
Paske se misye ki te bati l...........

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Lun 23 Mai 2011 - 10:10

Zouke

wa bouke kritike mwen paske mwen pa ede ,mwen sot voye yon ti kob pou ti Pè ya ka edike jeness la tande.e map kontinye voye depi mwen wè resilta.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  jafrikayiti Lun 23 Mai 2011 - 10:25

4 je kontre manti kaba!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Lun 23 Mai 2011 - 10:57

ROZO;
Mwen tou ,mwen sot voye ti moso pa m lan e menm jan ak ou ;depi m kòmanse wè rezilta ,m ap ogmante patisipasyon m.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Lun 23 Mai 2011 - 11:04

nap montre yo sa sa vle di :"men anpil chaj pa lou."Chak mwa depi mwen wè resilta map voye kotisatyon pam.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  kami Lun 23 Mai 2011 - 11:28

Min kote aristid ap investi lajan nap voy bali yo, destabilizasyon yon gouvenman elu, kraze brize peyi pi plis.

Gouvenman poke minm monte selman 2 semen nap cheche par des possedes d'intimidation et de kidnapping, incendie poun fel per. Nou we gwo incendie nan mache Gonaive ki fet e selon otorite local yo lisaji de yon min kriminel.

Tout moun ki kont Martelly yo pwal akize yo de sa patikilyerman gwoup lavalas (a qui le crime profite)


L’incendie dévastateur du week-end écoulé au marché public des Gonaïves serait vraisemblablement d’origine criminelle, selon les autorités locales... http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article7768


kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Lun 23 Mai 2011 - 11:39

Le gros roseau a écrit:Zouke pa inkyete w demen maten o pipirit di jou map voye yon chek ba li.e si li mete lekol saa an fonktyon map epole menm 2 etidyan.

martine, there are many hound dogs on this forum.(lol)ah ah ah ah

PA BLIYE METE FOTO KOPI CH LA OU TRANSFERT A MWEN C LE MWEN WE MWEN KWE NOU BLOFE MOUN TWOP FOK DATE LA BIEN PARET.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Lun 23 Mai 2011 - 11:42

kami a écrit:Min kote aristid ap investi lajan nap voy bali yo, destabilizasyon yon gouvenman elu, kraze brize peyi pi plis.

Gouvenman poke minm monte selman 2 semen nap cheche par des possedes d'intimidation et de kidnapping, incendie poun fel per. Nou we gwo incendie nan mache Gonaive ki fet e selon otorite local yo lisaji de yon min kriminel.

Tout moun ki kont Martelly yo pwal akize yo de sa patikilyerman gwoup lavalas (a qui le crime profite)


L’incendie dévastateur du week-end écoulé au marché public des Gonaïves serait vraisemblablement d’origine criminelle, selon les autorités locales... http://www.radiokiskeya.com/spip.php?article7768



KAMI OU PA BEZWEN PE RADOTE SA YO YAP MONTE YUN EKIP SOLID POU NEG SA YO MINME E MOT DOD LA PA GINYEN LIMYE POU FE MOG TRAVAY.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 4 1, 2, 3, 4  Suivant

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum