Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -34%
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 ...
Voir le deal
919 €

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

5 participants

Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  ainsi ne soit-il Dim 2 Oct 2011 - 0:53

Le gros roseau a écrit:dapre lojik boujwa patripoch yo yon revolt nouvo esklav yo plis yon danje ke kolera ,grangou kloroks, desertification, erosion,lan mor yon paket moun si yon syklonn pase ak tout lot bagay ki fè ayiti tounen yon lanfè pou 80%popilatyon an.fok yo mete yon lame de esklav de mezon ki pou bat lot esklav yo pou yo rete nan wol yo.e Martelly kom esklav de mezon an chef dakor.anvan menm li te chef deta lè li te nan fraph li te mande pou konpel Michel Francois mete baton nan lenn pep la.Men genyen yon pwoverb ki di bat chen yan men tann met li.Piga jou yon lot Dessalines mande pou boule kay koupe tet nouvo esklavajis yo nou rele anmwee non.sonje sa Bissainthe te di ya :yon jou genyen yon exkli ki pap kouri "jou saaaaaaaa ap genyen rel ka makorel wi.

Apre tantatativ koudeta ak detounman avyon lan premye ane presidans li ya, JCD te fè yon diskou menasan kote'l te deklare ke pitit tigr se tigr. E li pat manquer à sa parole paske li te kouri seleksyone yon band endividi tyak ak jenn gason gwo ponyèt pou fonde Corps des Léopards, ses obligés ke yo pa janm mansyone lan diskisyon yo. An reyalite, lè w byen gade misye te konsekan a pawól li paske papa'l te kite anpil mekontantman pami lame d'Ayiti e menm lan mitan VSN la. Deja nou te dwe ap poze yo kestyon pou ki sa lan peyi Ayiti te gen 3 enstitisyon sa yo. Nou va eskizem si m'pa fin sonje kóman Lewopa yo te vin disparèt sou sèn la.

Pou retounen sou sa k'ap pase jodi a, mwen te sezi signes avant-coureurs sou vrè entansyon Tête Marteau a ki rete cohérent dans son incohérence. Lan diskou'l apre enstalasyon'l, li t'ap martele "nou pa'p ka anpeche'm fè sa m'vin fè a". Pa blye ke se menm li-menm la ki te afiche mepri'l pou lavalasyen, sètadi majorite popilasyon a. E pi jodi a, n'ap tande ke li bezwen rankontre tout ansyen prezidan yo kom si yon nèg tan kou'l ka pase pou yon rassembleur. Lan epók n'ap viv la, sa ki enpótan pou Tèt Marteau, se jis fè pale de li. Misye pa byen, li pa viv si tout jounen se pa de li y'ap pale. Nou pwal wè, li frenk kare vini ak yon seri de ide pou li jis ka fè divèsyon paske se pa li k'ap pran gran desizyon yo. Se sa li vin fè, nèspa? Pale de li an mal men pinga yo pa pale de li.

Culte de la personnalité a ap travay li jiskaske yo mete'l lan azil. Se pou sa yo dwe frenen misye ak koze lame'l la. Ankor, mwen te siyale rezon probabl ke misye t'ap monte desand lan peyi Dominikani. Lè w pa gen sipó yon popilasyon ki dezevre ak sitwayen ki plizoumwen save se baton w met sou yo, se terorize w terorize'l, se tchèl w fè kase. Jenès la ka pat konen rejim sanginè a men li san lè aprand vit ak Tèt Marteau.

Misye jis monte sou vrè cheval de bataille li a. Koulye a li tonbe ap asosye koze militè'l la ak proteksyon ekolye. Ala de koze! Nómalman edikasyon lan peyi a se ta priyorite pou nenpót kèl chef d'Eta, m'p'ap bat okenn bravo pou sa lè'm sonje misye se yon anfware ki fè karyè'l lan tout vye mouvman ak faksyon destabilizatè lan peyi a. Si l't'ap pale de lekól se jis pou popilarite, se bèl pawól izipatè komsi se li gen plizyè ane sou pouvwa.

Mwen pa la pou voye flè sou pasaj palmantè yo men se pou yo toujou tchenbè baboukèt bourik la rèd jiskaske restavèk la akouche vrè entansyon'l devan zye polilasyon a. Li deja kómanse, nèspa?

Sa k'pi rèd la, l'ap koupe lan proteksyon ansyen prezidan legal e lejitim, l'ap pire Ayisyen emigre k'ap ede paran yo an Ayiti, elatrye e pi l'ap pratike nespotisme kote madanm ak pitit li an premye plan. Li gen lè ap prepare pou re-edite coup 1971 la. Lan kisa moun pran la a? Ayiti se yon peyi zombie nèt?

Mwen konprand pou ki sa Madanm la pa t'ap janm pase. Paske moun sa yo te ka tchenbe tèt a zót. Rayi chyen di dan'l blanch, omwen yo ret gran moun e ke se pa lan main etranje y'al chèche pouvwa.

Ki sa misye di li vin fè ojis? Prezans li ramne peyi a senkant (50) ane an aryè. San gouvènman, li jis ap volè kredi ki ta revni a gouvènman ki te presede'l yo. Se sa k'fè m'pa dakor ak ide aboli fonksyon PM la. Sitou sou prezidans sa a n'ap gade a. Se ta bay misye les coudées franches. Li pwal rankontre ansyen prezidan yo endistenkteman sou pretèks rekonsilyasyon nasyonal san ke moun pa konen ki ideoloji progresis tout moun sa yo t'ap defand. Menm yon vagabon ki devan la jistis. N'importe quoi pou l'fè pale de li. L'ap fè divèsyon, l'ap seye maske vrèman kote divisyon a ye. Ki mele'l, lutte de classes se chinwa pou li.

Ouais! li pwal rankontre JBA, lidè Lavalas alóske entansyon'l se defèt li vin defèt sa lót la fè lan peyi a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Le gros roseau Dim 2 Oct 2011 - 1:04

Martine

Ou di ou pa dakor ak lide siprime pos Prmeye Minis la eksplikem poukisa dapre wou Conille pral chef gouvenman vre?Ki les nan Premye Minis ki te pase deja a lekseptyon de gerard latortue ki te sot Florida epi yo te lage nan peyi ya?Latortue te reside nan peyi ya pandan 5 lane anvan ke li te premye minis?se yon gaspiyaj lajan pou gremesi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Marc H Dim 2 Oct 2011 - 1:07

Ouais! li pwal rankontre JBA, lidè Lavalas alóske entansyon'l se defèt li vin defèt sa lót la fè lan peyi a.


Mwen souyete ke pa genyen pèsonn moun ou ambassad ki ka fòse Aristide rankontre Martelly . Mwen ka konprann ke yo pa vle li pale men yo paka fòse li rankontre diab yo rele marteau an .
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  ainsi ne soit-il Dim 2 Oct 2011 - 15:27

LGR, mwen di ke nou pa bezwen ap ensiste sou kestyon abolisyon pós PM la lan jan de manda sa a. Kote m'dakor ak w, sè ke nou pa bezwen yo parachite yon ló nèg represif tankou Latortue. Dayè sa fè kèlk jou nèg yo ap evite yon seri de endividi tankou Manuel, Gousse...

Tête Marteau fenk kare pase moun lan betiz, li jis chanje aktivite pou yon moman. Dayè a pa m'tande ke li pwal bay konsè benefik pou Ayiti. N'importe quoi? C'est le comportement d'un type qui a besoin de beaucoup d'amour, d'attention.

Li frenk kare pase moun lan betiz ak koze rekonsilyasyon, bezwen rankontre ansyen prezidan yo. Ki sa pou n'pa tande lan cirque misye a? Li tande jan y'ap kritike allure li tankou yon senj ki fyè ke l'al kanpe sou kote blan ak gran nèg e pi li vit konsa pou pense al sèvi'l de ansyen prezidan yo pou montre ke li renmen kanpe sou kote nèg itou. Ala odasye!

Problèm li se lejitimite'l. Li konn sa trè byen, an bon sousou, li p'ap ezite devan anyen menm bese pantalon'l pou l'ka devan band la menm jan li pense ke li ka dirije peyi a tankou yon dyaz.

Mwen pa lan tèt pèsonn men m'espere ke JBA ase sonje paske vye nèg Sweet Mickey sa a ap toujou ret yon endividu mal-entansyone. Pa blye pakou misye. Yo ka jis bezwen vin teste JBA, vin amède'l pou yo ka konspire kontr li, mele'l lan vye koze k'ap konkokte ale wè. Bri kouri Aristid pwal pale men pi devan sa demanti... Ki sa blan a bezwen lan JBA konsa ke li p'at ka jwenn? Hum!

Koze rekonsilyasyon se rans. Ayiti pa yon peyi divize lan sans yo vle bay'l la. Pa gen lontan, reprantan OEA t'ap di ke peyi a pa an gè donk prezans fós etranje sa yo poze yon veritabl kas-tèt... Divisyon an Ayiti se jis ke Ayisyen pa lan vire gade dèyè lè'l rive lan politik. Ayayay! sa koute'l chè...

Lan fè abstraksyon de luttes de classes paske peyi a tro póv se evite reyalite'n, se trayi prop kondisyon'n. Se jis nèg tankou Poupoupoul ak nouvo klik li a ki chita ap di ke Aristid divize peyi a.

LGR, se blan a k'ap gaspiye lajan'l, mon chè ou byen l'ap distribye'l bay tchoul li jiskaske n'ap aprand ke èd ki pou te rekonstrui peyi a epuize.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Joel Dim 2 Oct 2011 - 17:02

Zafè rankont ak JBA an kite m mi-wo,mi- ba.

Poutchis yo renmen mete tout ansyen prezidan yo lan menm panyen pou regle zafè yo.
Kisa JBA ou byen PREVAL (malgre tout diferans ou ka genyen ak PREVAL) genyen an komen ak JCD,AVRIL ,BONIFACE elt...?
Mesye sa yo se ak bayonèt yo te monte sou pouvwa a.

Si JBA ap rankontre ak MATELI;se pou l kite MATELI di sa k te pale;si l wè misye ap bay manti li a korije.

Tankou w di mesye sa yo gen twòp twou lan manch;e sitou pinga JBA asosye l ak de moun tankou JCD,AVRIL,BONIFACE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Sasaye Lun 3 Oct 2011 - 5:09

Martine se yon jeni wi.
Se sou yon gwo enspitasyon pou yon nèg tonbe sou yon vokab ki elokan e dekri yon sijè kou de gout dlo.

Koumanman!
MATELI MATO.

De rasinn Mar ki fôme Mar telli, msye vini avèk yon sifix teau.
Kidonk, Mar telli tounen Mar teau.
Lan lang nou an se menm bagay: Mateli oubyen Mato.

Tèt nèg lan KALE, se yon première lan istwa dAyiti.
Nèg lan al jis lan LONI pou al ranni tèt kale kôm slogan.
Tèt mato kale tou.

Kidonk Tètmato ale byen avèk misye.
Li sanble misye epi sa dekri karaktè misye koôm yon nèg sankoutya.

Eske nou kapab di: Son nekselans Tètmato?

Lan menm penpenp lan:
Kisa gwo soulye saa genyen pou l diskite avèk de moun tankou Arisdtid ak Maniga?
Menm Avril ak Bonifas pa kanmarad li.

Pito li al wè Janklod sèlman.
Yo kapab pale de frap, Ninja... pandan yap krake epi vide bweson.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  ainsi ne soit-il Mar 4 Oct 2011 - 3:21

Maestro el Sasaye, tèt nou chaje men l'pa mato.

Lè depi w ti moun w'ap tande malè yon band fanmi ki disparèt, ki disemine à tort. Lè w'ap sonje sitwayen ki t'ap leve pitit ki t'al anmenaje lan kay moun Divalye te fè touye, lè w'ap sonje vwazen katye ki te rekipere mèbl ak pyano moun yo elatrèy, lè w'ap sonje yon jandam tafyatè ki tonbe voye rigwaz lan mitan sitwayen k'ap tand lan liy, lè w'ap sonje jenn fanm ki prefere al bay vagabon dechalbore yo olye ke yo renmen ak jenn gason ki ta vin mari yo pi devan, lè w'ap sonje la pèn ki touye manman papa frè zanmi sè'w ki disparèt, lè w'ap sonje malerèz k'ap lite ki pèdi sèl grenn pitit gason'l ki te pwal retire'l lan mizè, lè w'ap sonje yon band asasen ki trenen lan prizon yon pitit komèsan pou lajan pou y'al bwè bwè tafya ak jwè poker, lè w'ap sonje ti moun lan defavorize k'ap jwe boul sou plas ki pran kouri depi yo apèsi jandam la ri, lè w'ap jenn gason ki pase diplome akademi militè ki te konn manje lakay w ki ap pale sèk lè kwaze yo lan biro eta sivil PAP pou ka remake yo an inifóm e pi y'ap grate papye, lè w'ap tande jenn gason ki te promèt ki kite mantalite pa rekonèt pouvwa sivil pouse yo al bay koudEta pou plis destabilize, lè w'ap tande LGR k'ap pale de eksperyans li ki fè li ekzekre yon enstitisyon ke li te konen. Lè w' retounen an Ayiti, paske yon mazèt rache manyók li, yon jeneral ak tout inifóm ak tout kask an metal lan tèt, yon gwo zam otomatik kanpe lan main'l sou yon plato televizyon ap li dekrè represif chak swa avan moun al dómi... TERROTISTES!

Pito yo bay moun repo yo ak koze lame yo a. Gen de mantalite yo pa ka refóme lan peyi Ayiti. Lè JBA te lonje main bay enbesil yo, yo pa't respekta sa ki di ke yo rate okazyon pou yo ta refóme, pou yo ta reyabilite. Tèt Mato sou bluff si se pou sa paske pa gen peyi etranje apa Dominikani ki pwal bay'l bourad lan projè sa a. Se pa pou anyen Kanada parekzanp mete lajan ak fómatè lan lapolis an Ayiti. Tèt Marteau ap pouse agenda'l la paske li pou kor'l, li bezwen kouvèti pou chyen'l yo ke'l ka itilize pou al terorize moun lan peyi a. Tèt Marto se yon militè dans l'âme.

Li pa't janm renmen lekól men li antre lan akademi militè kan mèm ki itou te bay'l kanè. Voilà ses chevals de bataille, pour reprendre ses mots. Sa jwe lan tèt li anpil paske misye pran anpil kalót malgre tout siksè popilè'l. Lan kómansaman manda'l la ki pwal à vie1!!!... l'ap konstate dega konpótman'l fè lan vi'l ak lan sèvo'l: l'ap manje souflèt ke li pe pa remèt ak pon-yèt.

Se domaj paske pa gen anyen ki di ke yon moun dwe yon bolé pou gen bonn entansyon, pou travayan, pou kapabl. Mais son passé le rejoint et il n'a encore rien compris. M'ap mande'm ki sa ki pwal pase ak misye.

Donc, après ces premiers six mois d'incohérence, je lui souhaite d'entreprendre un mandat neuf. Sinon, jamais un mandat de cinq ans n'aura été aussi long en ce qui le concerne.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Le gros roseau Mar 4 Oct 2011 - 9:48

Menm sot li ke Congres meriken pral koupe en pe nan ed ke depatman deta bay lot peyi pou yo ka diminye det meriken yan.Ou pral tande rel ka makorel ak ka mandyan.Mwen sot ap li yon lot bagay ki fèm ri Cour Supreme meriken genyen 9 jij ,kou Casatyon ayisyen genyen 12 byen ke li pa genyen presidan koulyè ya men politisyen ayisyen vle kreye yon lot biro de la majistrati ak yon kou konstitutyonel.tandiske menm yon bon sal de twalet pat genyen nan palè de jistis la.Fok yon moun rekonet ke nou malpwop anpil wi.Yon peyi ki pa genyen ase dlo tout kote ;yon kote moun ap mouri ak kolera. paske yo pa jwen dlo pwop pou yo bwè ayisyen pa wè ki sa pou yo fè se mete birokrat nan biro pou kale wes.kondi Dr Dejean te di yon lekol tet an ba nan yon peyi tet an ba.Pita pi tris.map gentan mouri lè ayisyen ap lanse moun pou yo manje yo.gen de bagay ki ta komik wi si yo pat osi trajik.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Joel Mar 4 Oct 2011 - 10:03

ROZO;

Mesye sa yo merite mare (lol),bann malfrendeng ki ekri KONSTITISYON an.
OZETAZINI ,se KOU SIPRÈM ki entèprete KONSTITISYON ;se yo menm ki di ki sa ki KONSTITISYONÈL ,ki sa ki pa KONSTITISYONÈL.
Non ,bann malfrendeng yo ,paske an FRANS genyen yon KOU KONSTITISYONÈL ,se pou yo genyen l tou.

OZETAZINI ,se KOU KASASYON ki di ki sa ki KONSTITISYONÈL ;e sa elastik tou ;gen de bagay ki konstitisyonèl jodi an e demen li pa konstitisyonèl tankou SEGREGASYON RASYAL.
KOU SIPRÈM lan aji sou presedan epi lè yon jij KOU sa a emèt yon jijman se pou l ekri e eksplike pouki sa.
Bann MALPWOPTE sa yo ki vle kopye tout sa ki fèt an FRANS yo ;m ap mete yon kout pye vityèl lan bounda yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Le gros roseau Mar 4 Oct 2011 - 10:16

Joel

Moun yo malpwop man.Yion zanmim dim li al wè yon zanmil nan palè de Jistis Port-au-pirnce anvan li te kraze se nan la kou a ke zanmi ya voyel al pipi jis yon kok kalite manke rache kok li.men fout se pou yo imite tankou yon bann makak tou sa ki genyen an frans.ou genyen rezon se yon kout bye vityel nan bouda yo yo merite vre.Yon bann malpwop .san koutya, mal pou wont.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  ainsi ne soit-il Mar 4 Oct 2011 - 18:23

Se sa k'fè ke n'ap pèdi tan konsa, Gen yon gwo konfrontasyon politik administratif ki pou fèt an Ayiti pou desantralize peyi a.

Jisteman, lan koupe lajan, se yon kestye kle n'te poze sou finansman lame Sweet Mickey a. Gen lè se yon ógèy retadatè k'ap trakase militaris yo ki fè yo vini ak ajanda lame a. Paske yo konen trè byen ke se konsansis nasyonal ki mete fren lan brigandaj lame sa a ak prop puisans ki t'ap finanse'l. Deja grand puisans fin montre ke li pa pezwen lame pou fomante koud'Eta an Ayiti. Si y'al fè sondaj lan mitan group reyaksyonè lan peyi a, nou ka konstate ke yo pa menm antiche pou zafè lame sa a.

N'ap pale jan nèg malprop an Ayiti. Mwen gen rezon'm lè m'ap kritike blan a men tankou m't'ap di, si m'te an Ayiti se konpótman aryere, anakronik sa a m'tap kritike lan peyi a kay politisyen ak administratè yo. Menm lè Ayisyen a konn li e ke l'ap viv lan peyi devlope, li voye'w al kouche paske w'ap pale de enpótans pou moun pran abitid lave main yo lan epók epidemi kolera.

Mwen grandi an Ayiti menm si m'pat fè ak yon silver spoon lan bouch mwen, men tan byen ke mal sèvis d'ijèn te ekziste e ijyèn pèsonèl se te yon bagay enpótan. Men lè m'te konn retounen, sa te fè la pèn pou jan moun t'ap viv. Menm lè ta gen komodite, yo pa'p antreteni'l. Si Palais de Justice pa't gen konfor modèn, sa pa etone'm non paske sou plizyè aspè, Ayiti rete lan menm eta, lan menm kondisyon e kolon e esklav t'ap viv lan Sen Domeng.

N'ap di ke se kopye y'ap kopye Lafrans yon peyi kote biwokrasi fè pay, men sèlman yo bay popilasyon yo sèvis e pi se pa san planifikasyon y'ap fonksyone. Se toujou menm erè fondamantal la k'ap repete kote Ayiti rete yon peyi jis sou papye. Se sa k'fè ke se pa yon bagay pou moun pran a la lejè lè etranje ap di ke Ayiti se yon peyi lan stad moyen-âge.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence. Empty Re: L'armée d'un "rassembleur" cohérent dans son incohérence.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum