Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Coffret dresseur d’élite ETB Pokémon EV06 Mascarade Crépusculaire
56.90 €
Voir le deal

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

+3
laluna
Le gros roseau
Joel
7 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 10:50

Atik lan di ke sou tout tè an ,gen 23 peyi ki rekonèt TAIWAN ,11 ladan yo se lan KARAYIB lan e lan 11 peyi sa yo AYITI se youn la dan yo.
Lan 11 peyi sa yo ,gen yon pakèt ki ap etabli relasyon ak la CHINE;Y ap tou pwofite pou yo pran tout sa yo kapab lan men LA CHINE.
Gen yon lòt atik ki di ke lè BAHAMAS rekonèt LA CHINE;LA CHINE envesti 5 MILYA DOLA lan BAHAMAS e an menm tou yo bati yon kokenn STADYÒM lan BAHAMAS bay gouvènman BAHAMEYEN an,gratis ,fèt e founi.

Atik lan di tou ke youn lan peyi kote TAIWAN pi aktif ,se ann AYITI.
LA CHINE ap depanse yon BABAKO LAJAN ,lan AMERIK SANTRAL ak lan KARAYIB lan.
Ou pa bezwen pale de KIBA ;se dizèn de milya y ap depanse e sa pa gen anyen pou wè ak ideyoloji.
Alòs noumenm kote nou gad lan bagay sa a?

www.coha.org/china-vs-taiwan-battle-for-influence-in-the-caribbean

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mar 20 Mar 2012 - 12:02

Chinwa yo ap foure pye yo seryezman nan amerik la.Kom martelly di ke ayiti pa nan la gè ak oken peyi e li gen dwa chache ed kote li ka jwen li nou pral wè sa diplomasu devlopman laurent lamothe la pral bay.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 12:16

Se mache CHINWA yo ap chache ;yo pa lan ideyoloji yomenm ;yo pa tankou ti gwoup OZETAZINI yo ki toujou ap pale de ""free enterprise""
Se tankou yon diplomat CHINWA a te di l ."'Depi yon bagay mache pou nou,nou rele l sosyalism"".
Yon ti peyi ki benefisye de CHINWA yo ,se COSTARIKA ,paske yomenm yo te pran devan lan rekonèt CHINWA yo ;CHINWA yo envesti BILYON DOLA ,lan tout sektè lan COSTARIKA.
Epitou ,se yomenm sèl ki ka fè sa ,yo gen 2 trilyon dola an rezèv y ap chache pou yo envèsti ;pwoblèm yo genyen yo paka envesti lajan sa a lan ekonomi yo ,paske ekonomi an ap SICHOFE l ap pwodwi ENFLASYON.
Kididonk ,se lan peyi etranje y ap chache kote pou yo envesti.
y ap envesti menm OZETAZINI ;yo fèt pran yon kontra pou yo pwodwi yon ""tren a grann vitès"" lan rezo LOS ANGELES ak LAS VEGAS.
Y ap bay tout finansman.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mar 20 Mar 2012 - 12:52

se diferans saa ki genyen ant chinwa yo ak Russs yo chinwa yo pi pragmatik.yo pa dogmatik.se sa ke mwen konn ap diskite ak zanmi komilis mwen yo.Lè mwen di yo ke zafè komilis saa pa ak aplikab an ayiti ak miserere nobis saa.nou pa ka divize zero.moun ki te rive nan ti let fen,tankou Karl X(lol) yo di menm marx te rekonet saa. Fok genyen moyen prodiktyon anvan ou ka aplike doktrinn lan. Nou pa genyen anyen.ki donk aliyen nou sou yon bor se yon swisid ekonomik.


Dernière édition par Le gros roseau le Mar 20 Mar 2012 - 12:54, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 12:53

Le gros roseau a écrit:Chinwa yo ap foure pye yo seryezman nan amerik la.Kom martelly di ke ayiti pa nan la gè ak oken peyi e li gen dwa chache ed kote li ka jwen li nou pral wè sa diplomasu devlopman laurent lamothe la pral bay.
[b]

WI ROZO ,
Se pou nèg yo fè tèt yo travay ,kelkelanswa IDEYOLOJI yo ;menm jan tout lòt peyi lan zòn lan ap chache fè sa.
Yo plede ap repete ke AYITI gen resous minyè .Si genyen vre ,CHINWA yo se ALOUFA pou resous sa yo.Jan ekonomi yo an ap pwogrese la a ,pa p gen ase resous pou ekonomi yo an ;

yo byen peye e yo peye jan ou vle an.Se tankou si nou ta gen KWIV toujou ;yo ta gen dwa pou yon kantite KWIV konstwi mil km wout lan yon tan rekò.
Yo twoke ak ou ;ou bay yo kwiv lan e yo konstwi mil,2 mil klm wout.
Se pou mesye yo degaje yo ;li lè ,li tan tankou chante BOUKMAN EKSPERYANS lan di l

SISPANN RANSE:


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mar 20 Mar 2012 - 13:03

Sa Preval tap regle menm?Poukisa se medyok sa yo ki toujou rive a la tet peyi ya?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 13:25

Mwenmenm se poutèt sa a mwen pran yon pòz lan rele ABA MATELI an.
MATELI mal eli ak tout rès bagay ankò ;men tou ranplase l mande kapote l pou ranplase paki sa?
Se fòse misye dirije peyi an jan pou l dirije l;fòse l respekte kontitisyon ;pou l sispann lan konfyolo ak koudetayis poutchis.
Nou pa wè ke 2,3 jou sa yo ,misye sispann ak gouvènman TOURISTA li an .Se kenbe l kout.
Si yon moun konnen ou gen repons yo ,ou manti kon chen.
Zafè WETE PYE W POU M METE PAM LAN ,MWEN PA LA DAN SA PYÈS ;RANPLASMAN YO KONN GEN TANDANS PA PI BON KE SILA YO RANPLASE YO.

SE FÒSE MISYE RESPEKTE JWÈT DEMOKRATIK LAN E BAGAY LAN AP RANTRE LAN PLAS YO.Se pou gen yon seri de nèg ki konprann ke ALA MANIGAT yo ;yo fè vi yo ap tann djòb leta ,bagay sa yo dwe fini.
Moun ki an rezèv de la REPIBLIK yo se dwe ""pour d'autres temps,d'autres moeurs""

Gade kijan y ap selebre LULA.Se nèg ki touche an mwayèn plis lajan pou yon diskou sou planèt lan ;pi piti se 200 mil dola pa diskou e ""schedule"" misye boukle pou tout ane an.
Misye deja MILTIMILYONÈ deja lan fè diskou.S bagay sa yo pou MATELI gade tou wi ,anvan l koute VAKABON ap fè l fè tenten

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 14:34

Se pou wè jan DOMINIKEN yo ap tire TETE CHINWA yo tankou yon fèmye ki ap tire tete yon bèf .
Yo poko rekonèt GRAN CHIN lan olye de TAIWAN men ann atandan CHINWA yo ap vide lajan sou yo.

CHINWA yo prete gouvènman dominiken an 462 milyon dola pou konstwi yon konplèks touristik lan PUNTA PERLA lan pati ES DOMINIKANI an.
Se lajan ak yon to preferansyel ;se tankou lajan gratis.
Noumenm nou gen yon pakèt kote pou nou devlope lan zafè touris lan ;lan NÒ ak lan SID .Sa k ap pase ?

Se pi entelijan ke DOMINIKEN yo pi entelijan pase nou?
Moun ann AYITI TÈLMAN konsèvatè KE NENPÒT ti mouvman lan enterè peyi an ;yo wè se yon menas a ""gran vwazen "" an óu byen se sòt mesye yo sòt konsa a

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty se pa sot selman

Message  laluna Mar 20 Mar 2012 - 16:17

Joel,


Gen ler se mwen ki pral desann Haiti en person pou mete ti taiwanais sa yo dehors nan peyi a . paske mwen pa kwer ke okenn gouvenrman ayisyen ap gen inteligens courage ak grenn pou fer li.

Sa ki pi enervan an se sou dos haiti lot ap pran pretext mou mete yo dehor nan peyi yo.

Menm 200 millions dollar pa te kapab suffit.



Arias expresó que cuestionó a los taiwaneses porque daban 20 millones de dólares de ayuda a HAITI, cuando podían dar 200 millones. Dijo que en una ocasión les pidió 100 millones de dólares para poder recomprar deuda y sólo le ofrecieron 50 millones.
http://www.nacion.com/ln_ee/2007/junio/07/ultima-sr1124589.html


Paske la chine ap fer mervey nan amerique latine lan .

http://www.nuso.org/upload/articulos/3349_1.pdf

http://news.bbc.co.uk/hi/spanish/business/barometro_economico/newsid_4010000/4010471.stm

Se aysyen ki pi capitalist pase tout moun








laluna
Senior

Féminin
Nombre de messages : 55
Localisation : haiti
Loisirs : surfer
Date d'inscription : 18/03/2008

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 17:18

LA LUNA;

Si w te kapab fè sa ;ou t ap rann peyi an sèvis wi
Pafwa w ap mande w ki kote mesyedam sa yo ap viv ;se tankou tout bagay ki lan enterè peyi an ,yo kont li.
Gwo peyi,ti peyi lan AMERIK lan ap pwofite ;yon ti peyi tankou JAMAYIK menm èd militè yo pran lan men CHINWA.
Yo pa kont pèsonn non ,men yo pro peyi yo.
San nou pa bezwen fè okenn konsiderasyon ideyolojik ;pandan 2000 dènye lanne yo se LA CHIN ki te peyi pi avanse sou planèt lan,eksepte pou 200 dènye lanne yo ;ki koresponn ak revolisyon endistriyèl ann EWÒP lan.
Relasyon nou ak LA CHIN se yon bagay ki pou ta diskite sou radyo yo an giz pou koute ENBESIL ki ap vin pale de pasaj yo an FRANS.
ADYE!
LA CHIN gen lajan jis lan twou bounda yo e y ap chache sa pou yo fè ak li.Gen moun ki ap di w tou ke se ranplase yon enperyalis pa yon lòt;se pa vre ditou ;CHINWA yo gen yon istwa diferan de peyi EWOPEYEN yo ak peyi kote moun de desant EWOPWYEN yo domine.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Invité Mar 20 Mar 2012 - 19:00



men sa china bati kosta rica

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  ainsi ne soit-il Mar 20 Mar 2012 - 19:13

Li ta bel si m'ta we yo vin bati nefrastrikti lan peyi a. Resous minye pa renouvlabl men si nou ta gen pou bay mwen ta prefere lage yo lan main Chinwa yo. E se ta menm yon servis yo ta rand nou.

Si se ayer Ayiti antre lan CARICOM sa vle di anpil sou fason enperyalis yo serne peyi sa a depi lontan. Mezanmi, sa fe yon syekl, se Ameriken k'ap bay dikta yo an Ayiti. Sa te vin pi red ankor ak koze kominis sa a kote tout peyi lan Amerik la t'ap masakre prop pitit sou preteks ke kominis se l'ennemi. Se gwo peche wi Ameriken ap trenen e ki fe ke jodi a w JCD ka vin ap nage Ayisyen. Se gwo servis wi papa'l ak li te rand Ameriken.

Pa gen moun k'ap mande pou Ayiti lan griyen dan ak Lafrans pase sa. Antouka, pou mwen, si Lafrans ap bay yon ed, nou dwe pran'l san ke nou pa dwe ap mande ki sa Ameriken ap pense e donk se menm bagay la pou Lachin dotanpliske koze Taiwan la pa yon obstakl dapre'm lan relasyon Lachin ak Ayiti.

Pa blye ke premye sekou ki te debake an Ayiti se te peyi Russie yo te soti, avan Yankee yo te vin ap pran poz kontrole tout operasyon sekourism apre goudougoudou a.

N'ap viv lan yon frayeur lan vwazinak Ameriken sa yo. Jiska prezan nou pa vle gran moun tet nou. Youn lan koze ki bay plis desepsyon lan sit la se le neg ap pale de komilus pou ranse ou byen pou fe konprand ke se yon agiman kontr moun ki pa dakor akyo a 100%. Mwen trouve sa iresponsabl anpil paske neg yo te viv an Ayiti e yo konen byen konbyen la penn jan de afiblasyon konsa koze lan peyi a, lan anpil fanmi.

Oui, kouman yon neg ap ranse jodi a ak yon mo konsa ki te gen move konotasyon e ki te koze lamor anpil jenn gason pou anyen. Lan kisa Ayiti te ye pou npu itou nou fin asimile vye pawol kom kwa kominis se enmi nou sa te ye. Alor se kouveti neg ap cheche pou yo pa di ke depi lontan gouvenman ak lame d'Ayiti se te tchoul Meriken. Ki dwa yon ayisyen ki entelijan pou l'ap trete lot de kominis.

Pesonelman, mwen pa janm chita lan diskisyon ak moun ki menm gochis, la plipa di tan Ayisyen se jis tet yo yo konen. E se pa fot yo. Yo plenyen mize tout tan ke yo lan soufrans tankou res popilasyon a men depi yo chape, yo pa janm we ki rezon ki fe yo kite 10 milyon moun deye.

Le m'ap pale pou met noun a kontribisyon, pou bay edikasyon ak fomasyon, pou ankouraje devlopman lokal, pou desantralize peyi a, pou man-ye pran distans nou sou Meriken, gen neg se ekonomi sevis, se de bous ak kapital finansye y'ap pale. Se tankou m'ta di w ke tout moun jis dwe al sekwe pye lajan a pou ka genyen. Sa pa gen sens.

Ayiti pa devan yon chwa ki difisil e pi si Lachin vle ede Ayiti, m'pa menm kwe yo pwal lan rankin paske Ayiti t'ap apiye Taiwan tankou nou te lan deklare Almay ak Italie la guerre.

Antouka, laChin pa lan fe bri ak okenn belijeran, grenn li plen, poch li plen, se trankil l'ap vanse. Mond la ap chanje. Tout gwo puisans sa yo ki gen prop pesonalite yo kite se Ameriken ki frenk kare ap mache kraze tankou yon band moun k'ap kouri deye lonbraj.

Sa fe kelk jou la a nou dwe ap suiv ke tout diktate sa yo k'ap tonbe yo sa fe pati de kontratak Loksidan paske y'ap pedi pye.

Antouka m'pa kwe Chinwa yo bezwen trete'n de restavek tankou Meriken kontinye ap fe'l.

Oups!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mar 20 Mar 2012 - 20:41

Joel

Jan bagay yo prale la mwen pa bay 20 lane ankor pou la chine vinn pi gwo pwisans ekonomik sou la tè.Lèm map ranse map rele zanmim yo komilis.se pa konnen mwen pa konnen ki mal mo sa te fè an ayiti mwen genyen zanmim ki te mouri pou sa.men tou yon moun pa ka nye ke boum ekonomik chinwa se rezilta chanjman ki fet apre Mao.Wi yon moun ka di imperyalism chinwa pli zumen men tout jan w virel se imperyalism ak kapitalism li ye.nanpren oken free lunch nan tou 2 pol yo.lè moun ap karese w li ba w tout bon jan. se lè w finn bal kè w ou pral konnen sil renmen w vre.

Kom mwen di deja yon ti peyi neg nan amerik la dwe chache ed nan men tout moun san ke li pa aliyen li sou oken zafè ideyoloji ,dayè menm moun ki tap voye marxism la monte yo rekonet ke se yon utopi.Jodya Putin se pi gwo kapitalis an Russie..

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mar 20 Mar 2012 - 21:10

CHINWA yo konstwi stadyòm sa a bay BAHAMAS ,jis paske yo deside rekonèt LA CHIN .Li koute 50 MILYON DOLA e yo ajoute yon VILAJ Bò stadyòm lan.
Li pa koute BAHAMAS yon santim e CHINWA yo ajoute yon ti vilaj ,bò rebò stadyòm lan ki koute yon adisyonèl 200 milyon dola.
GRATIS TI CHERI.
Apre sa y ap envesti yon adisyonèl 5 milya dola envestisman lan yon konplèks touristik.
SE PA JWÈT NON!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mar 20 Mar 2012 - 21:49

Mwen pankor janm visite Costa rica men sanble se yon peyi ke mwen te ka viv la byen wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty KI KOTE EVO MORALES PA NOU AN AP SÒTI?

Message  Joel Mer 21 Mar 2012 - 9:49

Lè w tande GRANGOZYE sou RANMASE yo ap vin pale de NÈG PREPARE ,PA PREPARE ;al pann tèt nou ;si se de konbyen tan moun lan te fè lekòl MALFINI RANMASE yo ap pale.

KOUMANMAN ;gade ki mirak EVO MORALES ap fè lan BOLIVI.Pa bliye ke se moun dorijin EWOPEYEN yo ki t ap dirije peyi an.
Gen yon dirijan pa twò lontan ki te gen yon DOKTORA lan EKONOMI POLITIK ;se te yon DEZAS.

MATELI ap grennen tenten ,se pa paske li pa gen menm edikasyon ak yon MANIGAT wi ,se paske misye se yon ""BANDI LEGAL"" (lol)

www.guardian.co.uk/commentisfree/cifamerica/2012/mar/21/bolivia-washington-consensus

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mer 21 Mar 2012 - 13:17

ant Evo Morales ak Leslie Delatour ki moun ki pi byen edike?Bon mwen pa aksepte grimas ki di depi w pat pase nan gwo lekol yo ou se moun sot la menm e depi w te frekante Sorbonne ou byen yon fakilte an ayiti ou se yon super dwe.Imbesil te met di mwen se yon egri se bagay ki gade yo mwen pat beswen yo e mwen pap janm beswen frekante yo.

Tande kalite pwogrè ke yon Presidan ke yo di ki pat menm frekante lekol sekondè ap reyalise nan peyil wi.li genyen yon kalite ke yo pa aprann moun sa lekol.Li renmen moun parey li.kalite saa depi w pa genyenl nan pren oken instriktyon ki ka fè w moun non.O kontrè sa nou rele edikatyon ka fè w vinn pi bet;pi egoyist ,pi volè, pi kriminel.pi chaje ak vye prejije rans.Morales rekonet ke liberalisme ekonomik la pa pou Bolivie. se sa Leslie Delatour ak tout chicago boys li yo pat ka konprann.Kanta pou jacko repet nou yo fok nou blije yon jou reedike yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mer 21 Mar 2012 - 13:34

Se pou wè diferans ant yon EVO MORALES ak yon MATELI pa egzanp.
Imajine w lè Mateli T AP RETE SÈMAN ,se te devan yon ougan?
Se sa MORALES te fè se te devan yon SHAMAN relijyon AYMARA an li te prete SÈMAN.Sa pa vle di ke li kwè lan sa non ,men li te vle voye yon mesaj a la papòt ;yon mesaj senbolik.
Lè w wè tou kijan mesye ap fè tèt li travay,voye jete preske tout bagay ke peyi NÒ yo ap repete e misye ap fè MIRAK sa a.

Pwoblèm nou ann AYITI ;se stasyon RADYO sa yo nou genyen ki ap plede ap repete rans sa yo.
M ap ba w yon egzanp ROZO .Mande moun ann AYITI ki ap koute radyo yo ,konbyen tan LULA ak kounye an MORALES te pase lekòl ;AYISYEN ki ap koute radyo yo pa p konnen.

Men lè w ap li sa yon nèg ki te rive lan ekivalan 3zyèm SEGONDÈ pa nou an (9th grade) ap akonpli ;ou blije di KOUMANMAN

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mer 21 Mar 2012 - 13:46

Lè w mete verite sa yo devan nou talè konsa yo pral di ke w kont edikatyon.Men se pa ke nou kont edikatyon non nou vle yon lot jan edikatyon. menm Myrlande mnaigat rekonet :Il faut haitianiser l'education en Haiti."Fok yon moun bet net pou pa ka konprann ke system sa nou genyen an ayiti pa bay bon rezilta.

Statyon radyo ki kontwole pa elit ki pi repiyan pap janm pale de Lula ak Evo morales.Fok ou pa bliye sa ki te ka rive yon moun ki te ap koute Depestre sou radyo progresso an ayiti.Se sak fè mwen di fok genyen yon lot pati revolutyonè an ayiti menm jan an dominikani. yon pati ki pou genyen jounal ,statyon radyo e telvision pa li.pou ba pep la bon jan nouvel ak edikatyon sivik e politik.e fok nou pret pou nou defann statyon radyo sa yo par tous les moyens necessaires.Yo boulel ou kraze li nap fout boule twa pa yo tou .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mer 21 Mar 2012 - 14:12

Kont EDIKASYON MENM?
Gade kisa MORALES fè ?
Lan ti tan li genyen sou pouvwa ;li gen tan efase ANALFABETISM.

O KONTRÈ ,mwen ta remen AYITI tankou peyi eskandinav yo ,kote tout moun fini lekòl sekondè.
Ann AYITI ,malpwopte ki ap toujou pale de moun edike yo ,se pa sa yo vle non.Y ap pale de EDIKASYON men se POU TÈT yo.

Ou wè tikrik ,ti krak premye bagay yo di w sè ke pèp lan pa konn li ;li pa pre pou DEMOKRASI.
Si yo kwè lan sa ,poukisa EDIKASYON pa toujou PRIYORITE yo.

Non ,POLITIK se yon ENDISTRI pou MALPWOPTE sa yo ;se yon metye.Kòm yo fè pati de ti gwoup ki te ale lekòl yo ,poukisa yo bezwen pou tout moun ale lekòl;se mwens konpetisyon.

Pou zafè EDIKASYON an ;pa gen sali pou okenn peyi san VWA sa a.
PREMYE agiman COSTARIKA te bay lè yo t ap aboli LAME yo an 1948 ;se te ize lajan sa a pou EDIKASYON.
Gade kote yo ye jodi an e dapre NEW YORK TIMES ,se sèl peyi lan AMERIK lan kote ou gen dwa wè yon PREZIDAN REPIBLIK ap pran yon gwòg lan yon BA ,SAN GAD DI KÒ e anyen pa p rive l.
Lan COSTARIKA ,POLITIK pa yon ENDISTRI.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mer 21 Mar 2012 - 15:28

ROZO;

Kisa ou wè etranj lan atik sa a .
Koumatiboulout ,AYITI se yon peyi de 10 milyon moun wi.
Radyo yo ,si yo t ap fè travay yo ,si se pa politik tout la sent jounen te dwe fè bri ak bagay sa a:

http://www.dominicantoday.com/dr/poverty/2012/3/17/43024/Cuban-technicians-to-repair-vehicles-in-Haiti

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Invité Mer 21 Mar 2012 - 17:32

Joel a écrit:LA LUNA;

Si w te kapab fè sa ;ou t ap rann peyi an sèvis wi
Pafwa w ap mande w ki kote mesyedam sa yo ap viv ;se tankou tout bagay ki lan enterè peyi an ,yo kont li.
Gwo peyi,ti peyi lan AMERIK lan ap pwofite ;yon ti peyi tankou JAMAYIK menm èd militè yo pran lan men CHINWA.
Yo pa kont pèsonn non ,men yo pro peyi yo.
San nou pa bezwen fè okenn konsiderasyon ideyolojik ;pandan 2000 dènye lanne yo se LA CHIN ki te peyi pi avanse sou planèt lan,eksepte pou 200 dènye lanne yo ;ki koresponn ak revolisyon endistriyèl ann EWÒP lan.
Relasyon nou ak LA CHIN se yon bagay ki pou ta diskite sou radyo yo an giz pou koute ENBESIL ki ap vin pale de pasaj yo an FRANS.
ADYE!
LA CHIN gen lajan jis lan twou bounda yo e y ap chache sa pou yo fè ak li.Gen moun ki ap di w tou ke se ranplase yon enperyalis pa yon lòt;se pa vre ditou ;CHINWA yo gen yon istwa diferan de peyi EWOPEYEN yo ak peyi kote moun de desant EWOPWYEN yo domine.

Sete opinyon pam men kote glo a pi fre se la pou ayiti ale...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  ainsi ne soit-il Mer 21 Mar 2012 - 18:05

Lan tout diskisyon sa a itou, w jwenn sa w merite. Tankou sa Chinwa yo fe pou Bahamas. Sa se bagay gran neg gwo lajan ki komanse pale. Al gad cheche konen konbyen businessmen k'ap visite ti peyi sa a pou tout kalite rezon. Le gwo desizyon ekonomik tou d'bon ap pran se lan zon' sa yo kote milyade ak milyone kwaze; se pa neseseman e premyeman lan G-8, G-20 ki plis sanble ak yon mak legim...

Ayisyen tro aryere pou konn ki neseser pou peyi a. Lan tout ti zile yo, yo gen ministe ki pran an chaj devlopoman jenes la. Se pa vye bluff tankou Sweet Mickey ki te vin pase vites sou tout moun ke li pwal met anpoil lekol lan peyi a menm jan moun ap kontinye bati 4 mi lan P-A-P san planifikasyon, sans kontrol, san enspeksyon.

Mwen ta renmen Chinwa yo antre tet kale an Ayiti se vre sof ke jan sa ye la a, yo ka pa jwen anyen ki enteresan. Si Taiwan te rete lontan e jiska prezan, se sitou an jes politik de rekonesans ... e si Chinwa yo ta deside enplike lan devlopman an Ayiti, sa ta plis sanble sou baz volonte paske m'pa konn ki sa nou ka ofri ankor.

Se pa selman yon kestyon de analfabetis k'ap kraze'n men nou manke sa yo rele skill, menm lan administrasyon piblik se yon band moun ki pa kalifye ke nou genyen. E sanble sa frenk kare rete pouri konsa paske gouvenman konn se yon bwat korompi, donk ki sa sa itil pou ap peye plis yon band fonksyone ki soukalifye. An general, se konsa; peyi a an reta anpil, si byen ke se etranje ki vin ap decide sa ki priyorite pou nou. Nou we demonstrasyon Ameriken bay lot etranje yo ki te vinn bay sekou: se koupe bra, met goyin lan janm pou fe vit. Sa pa pi diferan de chwal y'ap etanazye.

Nou pa menm ka proteje popilasyon nou. Nou jis bon lan fe grimas. Gad sa k'ap pase jodi a: sa fe tout tan sa a ke yo kraze lame sankoutcha a e pi sanzave ki gen foli chef ap okipe batis piblik ak zam, ap fe presyon sou ki es mwen pa konen. Ki kote sa soti si se pa Sweet micky ki vle lage pwazon lan fal nou. Ki es ki pwal vin met ekspoze sitwayen yo an Ayiti le y'ap aprand ke w pa menm gen gouvenman. E menm le w gen youn, li menm pa konn kote pou l'met tet li.

MINUSTAH san le kraze yo, e se pa mwen ki pwal proteste fwa sa a. Nou tro orijinal, nou pa oganize. N'ap viv lan 21e syekl e pi nou gen yon mesener sou pouvwa ki kwe li ka leve yon lame lan kondisyon lojistik ki pi mal ke lan Sen Domeng. Yon band moun fou wi.

Nou pati mal mezanmi, mwen remake tout tan ke se ed etranje selman tout moun ap souwete pou peyi a. Don't get me wrong but... sa di anpil. E ki sa ki anpeche nou di ke peyi a kaba.

Oups!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Le gros roseau Mer 21 Mar 2012 - 20:59

joel

kestyon ke nou dwe pose poukisa nou genyen yon Ministè de edikatyon e de fomatyon pwofesyonel.Lè Dr Dejean di yon lekol tet an ba nan yon peyi tet an ba eske se pa li ki genyen rezon.Tande koze wi yon peyi ki genyen yon to chomaj de 75% se kiben yap voye chache pou mentni e repare Bus ki pou mennen ti moun lekol.Tou dabor poukisa ti moun beswen bus jodya pou yo ale lekol. Mwen te konn soti martissant poum ale Lyse petyon sou 2 vityello m.anvan te genyen lyse petyon ville anpil elev ki te rete Petyonville te kon pase midi yo nan lysee.jodya genyen lyse tout patou e genyen bus.kouman ti ayisyen pa ka mache sou 2 vityello yo ankor?

kouman fè pa genyen mekanisyen konpetan ase pou mentni e repare bus yo jis se kiben yap rele pou vinn repare yo.?Se la pou nou wè enportans kestyon Dr lominy te pose ya. ki jan fè nan yon peyi ki genyen tan de bagay ki pou fet genyen tout chomè sa yo?Fok yo toujou dim se egri paske kose tet an ba sa yo mwen pap janm ka konprann yo vre.Jodya nap enpote menm ze , nou pa genyen ase mekanisyen ,nou pa genyen ase polisye, nou pa genyen ase doktè, nou pa genyen ase profese nou pa genyen ase maosn, ase elektrisyen epi genyen 75% ayisyen ki pap travay.Alor pou yon moun mandem poum respekte moun ki ap dirije peyi saa?Si se pou mwen yo tout te met pran retret yo 'yon paket borgne ki ap dirije yon paket aveg.Mwen se bagay saa ki fè mwen refize di se kolonyalism ak enperyalism ki responsab eta ayiti ye jodya tankou Chavez di ya.Fok nou genyen kouraj pou nou rekonet se iyorans 'egoyism , snobism, koruptyon ki mete nou nan eta saa.E tou tan nap mete responsabilite eta peyi sou blan san ke nou pa genyen kouraj pou nou gade tet nou nan yon mirwa e byen mon chè nap toujou rete yon bann mandyan san diyite.

pafwa nap mande ki jan yon pep ki genyen bon sans ka pemet yon moun tankou sweet mickey rive presidan nan peyi ya.Men se moun nou rele elit yo ki respopnsab sa.Lè w tande yon moun tankou Alexis ki te minis edikatyon natyonal ki te premye minis ap pale de refom universitè nan peyi ya ki dwe fet wap mande bon ki sa li tap fè lè li te Minis edikaton an?yo telman meprise beswen esantyel jeness la ak pep la ki donk yo prefere mete yon sweet mickey o lye yo mete yon zentelektyel pretantye.Si selman Mickey te ka yon Lula yon Evo Morales mwen ta kontan anpil ke li reyisi pou zafè di :le pouvoir aux plus capables saa ta sispann nan zorey moun.Kote sa pi kapab yo te reyalise nan peyi ya ?Wi yon moun ka plenyen pou devergondad Mickey,men tou mwen pa vle oken retire pye w poum mete pyem poum fè yon kout volè tou fet nan peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Joel Mer 21 Mar 2012 - 21:54

Mwen konn li sou sistèm EDIKASYON AN FRANS ,kote ke te gen 2 BALALOREYA .FRANSE yo di se yon GASPIYAY LAJAN alòs yo redwi l a youn.
Se kopye AYISYEN yo te KOPYE ou byen vle KOPYE SISTÈM FRANSE an.Devine ki kote gen 2 EGZAMEN BAKALOREYA toujou;se peyi ki gen LAJAN jis lan DENGONN li ;AYITI.

An FRANS se anviwon 85 % timoun ki konpoze lan BAKALOREYA yo ki reyisi.FRANSE yo ap rele DEZAS ,yo vle ke se omwens 95% timoun yo ki reyisi.
Byen ke tou se timoun ""panyen pèse"" yo ki pa reyisi lan EGZAMEN BAKALOREYA an FRANS.Se pa ak yon ""filè"" non yo fè repechaj ;se ak yon ""nas"".

Poukisa otomatikman yo pa t ka jwenn 30 mekanisyen pou repare BIS yo ;poukisa menm tan y ap enpòte yo de KIBA yo pa deklare yon IJANS pou yo prepare 2 a 300 mekanisyen.

Si w li atik sou zafè mekanisyen sa yo sou DOMINICANTODAY ;DOMINIKEN ki ap opine yo ,pa fouti konprann sa k ap pase an ;yo paka konprann yon peyi ka rive lan pwen sa a

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan? Empty Re: Ki Atitid AYITI dwe pran lan rivalite CHINA-TAIWAN lan?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum