Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Manga Chainsaw Man : où acheter le Tome 17 ...
Voir le deal
19.99 €

Dessalines Miranda 1806

5 participants

Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 12:14

Mwen te fè remak sa a 14 mas 2006....




Dessalines et les "zentèlektyèl" haitiens de 2006

Gen yon fenomèn ki merite nou reflechi sou li nan mitan ane 2006 sa a.

Daprè sa mwen fenk li sou www.haitipressnetwork.com ekip de fakto ki di yo ap selebre drapo "Kolonbi" ki te fèt nan vil Jakmèl la, deside fè yon estati nan memwa Jeneral Magloire Ambroise. Se bon bagay !

Men, gen kichòy ki pa klè nan tout koze sa a. Si y ap fete bisantnè evenman sa a nan mwa mas 2006, se paske li te rive nan mwa mas 1806. Alepòk se lanperè Jean-Jacques Dessalines ki te alatèt Ayiti. Poukisa mwen pa wè okenn mo pou salye Lanperè nan tout diskou ki t ap fèt yo?

Okontrè nan tèks HPN nan se non Pétion mwen remake. Poutan Jeneral Magloire Ambroise ki pami Nèg (milat) ki siyen ak endepandans peyi a te sèvi peyi a onorableman anba direksyon Lanperè Dessalines. E se Dessalines menm ki te pase li lòd pou li resevwa Miranda kòmsadwa epi ede li.

Men kisa Thomas Madiou ekri sou sa:

« Pendant que l’empereur, froissant beaucoup d’intérêts, se livrait à ses moindres caprices, il apprit l’arrivée à Jacmel du célèbre Miranda, qui se dirigeait vers la Côte-Ferme pour la soulever contre l’Espagne. Il envoya l’ordre au général Magloire Ambroise de lui faire l’accueil le plus distingué, de lui fournir des armes et des munitions, et de lui permettre de recruter de jeunes Haïtiens. Il lui fit parvenir le conseil, s’il voulait réussir , de mettre en pratique, dans la province de Vénézuéla, les moyens violents qui avaient amené le triomphe des armes indigènes, moyens terribles et efficaces qu’on ne voit employer, dans l’histoire, que lorsque l’aristocratie, résistant avec opiniâtreté aux plus justes réclamations, porte les peuples au désespoir[1]. Les indépendants de la Nouvelle Grenade n’avaient pas assez souffert pour sentir le besoin d’une révolution radicale, Après la trahison de Dumouriez, Miranda, un de ses lieutenants les plus distingués, avait été arrêté, jugé et absous. Plus tard il fut réintégré en prison, et à la fin de 1797, il fut mis en liberté; mais il reçut l’ordre de quitter le territoire français. Il passa en Angleterre où il prépara son expédition contre les colonies espagnoles. Il se rendit ensuite aux Etats-Unis où il se procura trois navires armés, entre autres une corvette de 30 canons. Il était venu à Jacmel pour organiser ses équipages, accompagné de 200 jeunes Américains. Il parti d’Haïti dans les premiers jours de mars, et se rendit à la Côte-Ferme. De nombreux Haïtiens, qui avaient accepté les périls de cette expédition lointaine, s’y distinguèrent la plupart".

Extrait du tome III de l’histoire d’Haïti de Thomas Madiou (page 337 – Année 1805)


Kounye a, gade ki jan yo di selebrasyon an te pase nan vil Jakmèl, 12 mas ki sot pase a:

http://www.haitipressnetwork.com/news.cfm?articleID=7549

"Dans un discours, teinté de patriotisme, de fierté et de solidarité, la ministre Magali Comeau Denis, a renouvelé la fraternité d'Haïti envers ses cousins voisins de l'Amérique latine.

Principale actrice dans la réalisation de cette journée, elle a également rappelé le rôle joué par le général jacmélien de l'armée indigène, Magloire Ambroise. Ce dernier fut l'un des bras droits du président Alexandre Pétion, qu'il a supporté dans sa décision de fournir de l'aide à Francisco de Miranda, en vue de la libération l'Amérique Latine au début du XIXe siècle.

La ministre Magali Denis Comeau, le vice-délégué de l'arrondissement de Jacmel Zidor Fénel, le maire Nicolas Greffin et le représentant de la commission présidentielle pour la commémoration du bicentenaire de l'indépendance d'Haïti Michel Hector ont dévoilé le même jour un buste de Magloire Ambroise sur la place Toussaint Louverture".


Ki lè bann ti esklav mantal sa yo ap geri ? Ki sa ki fè memwa Jean-Jacques Dessalines fè anpil nèg koloni mal nan po yo konsa a?

Se dilere !

Jafrikayiti
"chenn nan tèt pi di pase chenn nan pye !"


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 12:29

Ekip Gwojera a pa te janm korije erè sa a yo te komèt jou istorik saa. Chans pou nou se 1 an apre gwo sore sa yo te fin kite pouvwa a, Hugo Chavez te vizite Ayiti.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 12:32

JAF;

Se pa jwèt non.Anpi tou NÈG ap di yo ""pi save"";ki jan yo di l ankò yo se ""le plus capable""?
ADYE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Le gros roseau Dim 10 Mar 2013 - 13:08

mwen pa konnnen si nou fè remak saa menm Chavez pa mantyone non Dessalines lè li ap pale de ayiti.nan diskou li fè ya li di ;Haiti ,haiti la de Toussaint Louverture, la de petion men li pa site non Dessalines.e mwen sonje genyen yon milet ki te di se Petion ki te ede Simon bolivar. se pat Dessalines mwen te fel remake ke Dessalines te ede Miranda paske se sa mwen sonje yo te aprann nou lekol. pou mwen si genyen yon peyi ki rele ayiti jodya se gras a Dessalines.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 14:14

Chavez fè menm erè sa a paske travay efase reyalizasyon Dessalines nan se kichoy ki sistematik e ki po ko janm bout.

Se menm jan an tou imaj nou genyen nan lespri nou pou Martin Luther King nan pa koresponn ak konpleksite reyèl li. I have a dream, se pa ni pi bèl, ni dènye diskou Dr. King....men se ak li yo pi konfotab....

Osijè Dessalines, se dvwa noumenm Ayisye ki pou mete laverite nan lari, nan televizyon, radyo, entènèt, legliz, Ounfo, kamyonèt kafoufèy, liv inivèsite, lekol primè....rara elatriye...

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Doub-Sossis Dim 10 Mar 2013 - 14:43

jafrikayiti a écrit:Chavez fè menm erè sa a paske travay efase reyalizasyon Dessalines nan se kichoy ki sistematik e ki po ko janm bout.

Se menm jan an tou imaj nou genyen nan lespri nou pou Martin Luther King nan pa koresponn ak konpleksite reyèl li. I have a dream, se pa ni pi bèl, ni dènye diskou Dr. King....men se ak li yo pi konfotab....

Osijè Dessalines, se dvwa noumenm Ayisye ki pou mete laverite nan lari, nan televizyon, radyo, entènèt, legliz, Ounfo, kamyonèt kafoufèy, liv inivèsite, lekol primè....rara elatriye...

Jafrik,

se bien fouye, men si sa nou jwenn nan li pa fe afe nou fok nou ka dil tou wi. Anpil nan sagesse popilair Haitienne se lan chante kanaval pep la nou jwenn li tankou chante "Aloral" kanaval 2013 la ke pouvwa te bloke poul pa pran lari.

Men yon ti chante ki te soti nan tan apres la Mort Dessalines:


Dessalines Miranda 1806 Gerin10
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 15:01

Doub, mwen pa konprann rezondèt sitasyon ou bay la. Ojis, depi nan vivan Dessalines lenmi li te fè chante pou dyabolize li, pou prepare chimen patrisid la.

Sa k ap pale la a, se respè pou verite istorik. Premye jès solidarite ak Amerik Latin, se Dessalines ki poze li. Petion suiv bon tras Lanperè te kite.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Doub-Sossis Dim 10 Mar 2013 - 20:35

jafrikayiti a écrit: Doub, mwen pa konprann rezondèt sitasyon ou bay la. Ojis, depi nan vivan Dessalines lenmi li te fè chante pou dyabolize li, pou prepare chimen patrisid la.

Sa k ap pale la a, se respè pou verite istorik. Premye jès solidarite ak Amerik Latin, se Dessalines ki poze li. Petion suiv bon tras Lanperè te kite.

Jafrik,

scholars yo pa fin certain sou role Dessalines en soi nan aide expedition Miranda. D'apres yo Miranda pou garder secret pat menm dessan sou terre. Se kek americain li te voye dessan Jacmel ak Port-au-Price. Se possib yo te rive nan ville Dessalines men ce pa certain.


Bon sou yon loyt aspect koze chante solda kap pleyen yo pat touche solde yo, yo pat abiye sou Dessalines gen anpil prev sa. Anpil lettres lot general yo voye pou Dessalines pou plenyen solda pa touche.

Nan contexte sila kouman ou ka explike solda Haitien pa jwenn men genyen pou fe kado bay Miranda, YON BLAN?


http://tinyurl.com/b7ovayj
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Dim 10 Mar 2013 - 20:51

daprè oumenm, sipo lojistik Dessalines te bay revolisyonè LatinoAmeriken yo, sete kado pou gagote ak fanm yo, pitit yo? Lanperè, menm jan ak Petion yon deseni annapre, te konprann nesesite pou li envesti nan tout mouvman revolisyonè ki ka diminye fos puisans esklavajis ki viwonnen zile a. Dessalines te yon gran vizyonè. Lè li te rele lame endijèn nan: L'Armée des Incas, se yon gwo kou sikolojik li te fè kont tout pisans esklavajis enperyalis yo ki yomenm tou te konprann danje a.

Si misye pa te reyisi dejwe tout mannigans Petion, Christophe ak lot ansyen konpayèl t ap mennen pou kapote li sou pouvwa a, sa pa vle di se limenm ki responsab nètalkole. Gen feblès ak limit lidè a - li te dwe prevwa konsekans neglijans swen solda yo - epi gen fos ak riz advèsè yo - ki trayi li san konsiderasyon. Domaj, Dessalines te pèdi batay enpotan 17 oktob 1806 la. Nou pa ka chanje listwa...men n ap sibi konsekans li e nou ka eseye konprann leson li kite pou nou.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Dim 10 Mar 2013 - 22:39

Mwen pa fouti konprann NÈG.
Alòs DESSALINES te merite sa k te rive l lan.Li te merite SASINAJ lan?

Ta gen dwa gen diskisyon sou sa wi ;si moun ki te sasinen l yo te remèt yon pi bon peyi ke jan li te ye an 1806 lan.
SASINAJ DESSALINES lan se te yon KALAMITE ;li vin yon PICHON ;istwa peyi an chanje.
DESSALINES pa t anti-blan;li te anti BLAN FRANSE.
Li te bay MIRANDA èd;paske MIRANDA te promèt li t ap aboli lesklavay;e tout bagay ki te ka afebli pwisans esklavajis yo ,se te lan ENTERÈ peyi an.
Revolisyon FRANSE an ,pa egzanp te fè la GÈ ak peyi WAYALIS yo ;se pa t plis pou ideyalism men se te pou AFEBLI yo.

Epitou MOUN ki gen toupè ap akize DESSALINES deske l te MASAKRE FRANSE ;se pou yo di si l te gen CHWA.

Lan GWADLOUP se KOLON FRANSE ki te lan KOLONI AN APRE LIBERASYON ESKLAV lan GWADLOUP yo ;se yomenm ki te pi CHO devan BANN lan ,lè RICHEPANCE t ap masakre tout moun lan KOLONI an ,NWA ak MILAT ;timoun kou granmoun ,fanm kou gason sou ZÒD NAPOLEYON an 1802.

Pou moun ki kontinye ap pale de MASAK FRANSE yo ;ki sa KASAYÒL te di BÈF lan ANKÒ?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  ainsi ne soit-il Lun 11 Mar 2013 - 0:26

An realite sa a se pa peyi Dessalines la yo te touye pou zafè tè

Se pa't yon gouvènè ki te trete on seri de nèg malpwopr. Sepandan tout Ayisyen swadizan eklere te vin pense menm fason.

Jodi a gangrèn la byen evidan. Noun fe yon gwo betiz lan ke se madigra pay
k'ap dirije peyi a. Se profitè kapitalis ki ap menen lan pran poz met chemis rouj sou yo.

Se ironik ke yo te tiye Dessalines menm ane a, 1806.

Sanble Dessalines te mefyan AK sosyete sekret.

Mwen kwè ke Dessalines te an avans sou tan'l, sou anpil gwo
nèg ki te vin ap kritike yon sistèm done.

Mezanmi travay la anpil se vre men ak volonte se pa enposibl
sof ke noun fin anba dlo. Tout kote ap fe bri jodi a men nou fin toufounen.

Men ki moun serye k'ap vini apre Mickey?
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  ainsi ne soit-il Lun 11 Mar 2013 - 13:23

Se pa fasil poste komantè ak telefón entèlijan. Mwen te bije ranplase yon seri de mo ki te antre otomatikman pandan mwen t'ap poze kestyon e fè koreksyon.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Lun 11 Mar 2013 - 18:51

Wi li te ann avans sou tan l e se pa AYISYEN sèlman ki rekonèt sa.Mwen te li yon PAPYE ke yon ""think tank"" moun lan INIVÈSITE WEST INDIES te ekri kote yo t ap pale de karaktè revolisyonè ,avangadis KONSTITISYON 1805 lan.
De bagay kote tout AYISYEN se NWA;e se sou apelasyon sa a y ap deziye yo.

DESSALINES te deja wè VÈ an lan kèk MANGO e li pa t vle rès yo kontamine.
Eske ke t ap gen GÈ SIVIL sa a ;ki vin kreye divizyon ;kote gen NÈG ki di yo se PITIT BLAN ;yo se eritye BLAN e ke yo pa menm jan ak lòt yo ki pa PITIT BLAN.
Petèt si misye te siviv ;ak fòs karaktè li ,li te ka evite peyi an KALAMITE sa a ;ke depi apre l mouri ,peyi an pa janm rekouvri de sa.

Bagay li te vle evite yo ;gen moun ki ap pale de yo ,jis jounen jodi an!
Gen anpil lòt bagay ke misye te mete lan KONSTITIsyon 1805 lan ki te revolisyonè pou TAN li ;kote pa t gen relijyon ofisyèl e se pou gen lekòl lan tout awondisman yo.
Ki sa k pa di ke si l te siviv ;tout bagay sa yo pa t ap enplemante?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Doub-Sossis Lun 11 Mar 2013 - 19:18

Joel a écrit:Mwen pa fouti konprann NÈG.
Alòs DESSALINES te merite sa k te rive l lan.Li te merite SASINAJ lan?

Ta gen dwa gen diskisyon sou sa wi ;si moun ki te sasinen l yo te remèt yon pi bon peyi ke jan li te ye an 1806 lan.
SASINAJ DESSALINES lan se te yon KALAMITE ;li vin yon PICHON ;istwa peyi an chanje.
DESSALINES pa t anti-blan;li te anti BLAN FRANSE.
Li te bay MIRANDA èd;paske MIRANDA te promèt li t ap aboli lesklavay;e tout bagay ki te ka afebli pwisans esklavajis yo ,se te lan ENTERÈ peyi an.
Revolisyon FRANSE an ,pa egzanp te fè la GÈ ak peyi WAYALIS yo ;se pa t plis pou ideyalism men se te pou AFEBLI yo.

Epitou MOUN ki gen toupè ap akize DESSALINES deske l te MASAKRE FRANSE ;se pou yo di si l te gen CHWA.

Lan GWADLOUP se KOLON FRANSE ki te lan KOLONI AN APRE LIBERASYON ESKLAV lan GWADLOUP yo ;se yomenm ki te pi CHO devan BANN lan ,lè RICHEPANCE t ap masakre tout moun lan KOLONI an ,NWA ak MILAT ;timoun kou granmoun ,fanm kou gason sou ZÒD NAPOLEYON an 1802.

Pou moun ki kontinye ap pale de MASAK FRANSE yo ;ki sa KASAYÒL te di BÈF lan ANKÒ?


jOWEL MWEN PA RIVE JISKE LA MON FRE. SE YON KEKSION ISTORIK NAP CHACHE VERITE, SE PA EMOTION NI IDEOLOJI KAP PALE. LI ATIK LA BIEN WA KONPRAN..

BEYOND THE SLAVE NARRATIVE PAGE 180

Dessalines Miranda 1806 Lewis_10
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  ainsi ne soit-il Mar 12 Mar 2013 - 1:24

Jodi a m'tap gade yon emisyon sou diskriminasyon moun nwa te sibi an Nouvellle Ecosse lan Kanada. Y'ap di ke sa te pran anpil tan ak anpil soufrans avan yo te sispand fe distenksyon de ras lan chart sistem skole yo ki te vin pemet jenn Nwa al lan lekol seconde.

Se tout kote diskriminasyon sistemik vize pou mate yon kominote e sitou avantaje an jeneral sa yo ki posede anpil e ki ekipe pou akapare richess on peyi ki pwal pemet yo souse san pi piti.

Leu Dessalines te avanse ke tout Ayisyen se Nwa, se te deja briyan e misye te gen konpreyansyon sens mo sitwayente.

Gen enbesil ki toujou lan pawol koupe tet brile kay pou di ke Papa peyi a se barbar kom si se lot la ki te envante vyolans ak reayksyon sa yo. M'ap gade jiska prezan lan peyi on band moun sitou anvan anyen se met dife lan tout sa ki senbolize represyon ou eksplwatasyon. Alor si reyaksyon sa yo pa imen lan livr ti klik self-entitled yo se pa yon presedan ke konsyans retade yo toujou vle fe misye pase pou yon tiran pou yon bet.

Yo toujou blye Dessalines pami gran ero grand leader ki reyisi yon revolisyon tou senpleman paske se misye ki te yon vit toudbon ki te konprand ke chita lan poupale ak vagabon se pa toujou on opsyon vyabl paske Satan ak sipo li yo toujou gen yon plan-B telman sa de movez fwa. Yo pa aksepte pedi, se pou sa ke se bat fer la leu li cho, n'a pale apre batay mon konpe.

Yon ras rat enperyalis, pa janm mele leu youn mande manje lot.



ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Mar 12 Mar 2013 - 6:12

AINSI;

Taktik ""KOUPE TÈT ,BOULE KAY"" lan pa t orijine de DESSALINES.Ou jwenn yon bann MALPWOPTE ki petèt kontinye ap di ke si se TOUSSAINT ki te bay peyi an ENDEPANDANS ,yo pa t ap BOULE PLANTASYON yo.
Se ACHI FO.
TAKTIK boule PLANTASYON ou byen boule VIL OKAP tankou KRISTÒF te fè l ;se te sou zòd TOUSSAINT.
Se pou yo mete ISTORYEN ann AYITI yo anba kòd (lol) pou tèt yo pa janm rektifye MANTI sou ANPERÈ an ;youn lan lan pi GRAN NÈG ki janm MACHE sou TÈ sa a ,tankou m te wè yon ISTORYEN AMERIKEN di.

AINSI ,men LÈT ke TOUSSAINT te adrtese DESSALINES an 1802 kote li te bali LÒD pou li kòmanse KANPAY KOUPE TÈT ,BOULE KAY lan.
N ap jwenn li tou lan ORIJINAL FRANSE an ;mwen pa gen tan pou mwen chache l:

http://thelouvertureproject.org/index.php?title=Toussaint_Louverture_letter_to_Jean-Jacques_Dessalines

Epitou se te yon bon taktik.Se pa t yon la gè ""gentlemen"" ke FRANSE yo t ap fè.Apre yo te defèt rebelyon lan GWADLOUP an 1802 an ;yo te pann e fiziye tout moun.
Epitou,ki jan RIS yo te defèt ENVAZYON NAPOLEON an ,pi ta lan DEKAD lan?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Mar 12 Mar 2013 - 13:41

M fenk remake Alterpresse te korije atik pa li a. Men, m pa wè okenn kote Gwojera ak swadizan istoryen ki te nan seremoni 2006 la te korije kaye yo sou dosye sa a:



Dépêche rectifiée le 21 mars 2006

P-au-P., 20 mars 06 [AlterPresse] --- Haiti lance une décennie de solidarité avec l’Amérique Latine et prévoit d’intensifier et d’harmoniser ses relations avec les pays de la région.

L’annonce a été faite par la Commission Nationale du Bicentenaire d’Haiti, à l’occasion de la commémoration, le 12 mars dernier à Jacmel (Sud-est), des deux cents ans de la création du drapeau de la grande Colombie par le précurseur de l’indépendance de l’Amérique du Sud, Francisco de Miranda.

Selon le président de la commission, l’historien Michel Hector, « des échanges et des discussions vont êtres entreprises avec les pays latino-américains durant au moins dix ans, afin d’harmoniser les relations entre Haïti et ses partenaires régionaux ».

Durant la cérémonie, la commission a dévoilé à la place panaméricaine de Jacmel, un buste du général Magloire Ambroise, combattant haïtien aux cotés de Miranda, qui débarqua à Jacmel en mars 1806, sollicitant l’aide du général Jean-Jacques Dessalines [et non Alexandre Pétion comme indiqué par erreur] pour obtenir l’indépendance de la Grande Colombie.

En plus d’armes et de munitions, Miranda avait obtenu avec l’accord de Dessalines des hommes qui ont combattu aux cotés des latino-américains pour la libération de ce territoire du colonialisme espagnol, a précisé à AlterPresse le professeur Michel Hector. La grande Colombie incluait dans le temps le Venezuela, l’Equateur, et l’actuelle Colombie.

Le Professeur Claude Moïse, membre de la Commission du bicentenaire, a rappelé que Miranda « avait hissé pour la première fois l’étendard de la grande Colombie : jaune, bleu et rouge dans la rade de la Métropole du Sud-est le 12 mars 1806 ».

Diverses personnalités ont pris part à la cérémonie de Jacmel : des membres du gouvernement de transition, dont le ministre de l’éducation nationale Pierre Buteau, la ministre de la culture et de l’information Magalie Comeau Denis, la ministre à la condition féminine et aux droits de la femme Adeline Magloire Chancy, la déléguée départementale du Sud-est Margareth Martin. Des représentants de la communauté internationale ont aussi fait le déplacement. [lf gp apr 20/03/06 10:00]
http://www.alterpresse.org/spip.php?article4335

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Mar 12 Mar 2013 - 15:31

Dessalines Miranda 1806 Mirand10


Dessalines Miranda 1806 Mirand11


Dessalines Miranda 1806 Mirand12


Dessalines Miranda 1806 Mirand13

Dessalines Miranda 1806 Mirand14

Sous:Le panaméricanisme à travers l'histoire d'Haïti, Gustave Chaumette, 1944

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  jafrikayiti Mar 12 Mar 2013 - 16:08

Miranda te chaje ak pwoblèm sikolojik. Menmjan ak anpil Milat nan epok sa a, mesye sa yo te toujou ap balanse sou koze rasyal la. Se pa pou granmesi nou remake yon silans sou kontribisyon Dessalines fè pou liberasyon Amerik Latin. Gen otè Latino Ameriken ki esplike aklè malèz Milat ak Metis Latino Ameriken yo te genyen ak Dessalines epi pou kisa yo te toujou pi alèz ak Pétion, sou baz rapwochaman rasyal.

Men yon referans ki ka enterese nou:

Francisco de Miranda y el problema de la esclavitud en Venezuela:
Nuevas ideas e inquietudes
José Marcial Ramos Guédez
UNIVERSIDAD PEDAGÓGICA EXPERIMENTAL LIBERTADOR
(UPEL) CARACAS -VENEZUELA
ca53ve@hotmail.com

Francisco de Miranda and the Problem of Slavery in Venezuela: New Ideas and Concerns

Abstract

This works examines the historic antecedents of the abolition of slavery in Venezuela in two parts:

1) The impact of Haiti’s independence on Latin American and Caribbean colonies.
2) Francisco de Miranda’s trajectory as Precursor of our emancipation; his opinions with regard to the Haitian
revolution, and the help its leaders offered him in 1806. It underlines the contradiction between the impact of Haiti ́s independence and the help he received, on the one hand, and his racist and pro-slavery feelings as revealed by the author, on the other.

Alewè tou: « Coupé têtes, brûlé cazes »
Peurs et désirs d’Haïti dans l’Amérique de Bolivar, Clement Thibaud

http://www.cairn.info/revue-annales-2003-2-page-305.htm


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Mer 13 Mar 2013 - 9:25

Mesye sa yo ,MIRANDA menm BOLIVAR pa t anti-esklavajis vre.
Yo pa t libere ESKLAV yo kote yo te pase ;se jis an 1850 yo te vin libere esklav kote BOLIVAR te ""libere"" yo.
BOLIVAR ,limenm ki se te yon MILAT.
BOLIVAR te gen yon bon DISKOU ;men se te yon diskou;mesye sa yo te plis tankou mesye lan AMERIK DI NÒ yo.Libète an ,se te plis pou yo.

Ant parantèz ,CLÉMENT THIBAUD ki sanble se yon ISTORYEN FRANSE ak gran repitasyon (Mwen GOOGLE misye) espesifye ke DESSALINES te adrese MIRANDA an KREYÒL.
Gen moun ki gen dwa di ke sa pa gen enpòtans ;men al adrese timoun yo ann AYITI w ap wè si yo pa p di w ke sa yo di ke DESSALINES te di lan KRÈTAPYERO yo si se pa t an FRANSE li te di yo.
Timoun yo pa konnen ke tout MESYE yo se yon sèl LANG yo te konnen ,se te KREYÒL;yo pa t konn lòt

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Doub-Sossis Mer 13 Mar 2013 - 22:17

Joel a écrit:Mesye sa yo ,MIRANDA menm BOLIVAR pa t anti-esklavajis vre.
Yo pa t libere ESKLAV yo kote yo te pase ;se jis an 1850 yo te vin libere esklav kote BOLIVAR te ""libere"" yo.
BOLIVAR ,limenm ki se te yon MILAT.
BOLIVAR te gen yon bon DISKOU ;men se te yon diskou;mesye sa yo te plis tankou mesye lan AMERIK DI NÒ yo.Libète an ,se te plis pou yo.

Ant parantèz ,CLÉMENT THIBAUD ki sanble se yon ISTORYEN FRANSE ak gran repitasyon (Mwen GOOGLE misye) espesifye ke DESSALINES te adrese MIRANDA an KREYÒL.
Gen moun ki gen dwa di ke sa pa gen enpòtans ;men al adrese timoun yo ann AYITI w ap wè si yo pa p di w ke sa yo di ke DESSALINES te di lan KRÈTAPYERO yo si se pa t an FRANSE li te di yo.
Timoun yo pa konnen ke tout MESYE yo se yon sèl LANG yo te konnen ,se te KREYÒL;yo pa t konn lòt


Jowel science listwa nan 21e siek pa fet sou les "ont dit" anpil nan moun kap repete apres Ardouin yo ke Dessalines te di ceci ou cela nan zafe Miranda yo genle nan erre.
Tout dokiman istorik yo mountre ke Miranda pat janm mete pied menm Jacmel, se sou bato li te rete, se 2 Armateurs biznissman americains ki te kon fe komes zam ak lot bagay Haiti yon ladan mwen kwe se Lewis ki te dessan a terre. Yo menm passe 7 jours Port-au-Prince recrute Volontaires. C'est pas menm certain yo te rive Marchand kote DessaLINES TE YE NAN JOU SAYO MOIS FEVRIER 1806. SI DESSALINES TA DI MOTS SAYO SE PA EN PRESENCE MIRANDA.

MWEN PLITO KWE ISTORIEN SERIEUX KI ANALYZE PLIZIE SOUS ISTORIK AK DOKIMAN DEPOK, PEZE LE POUR ET LE CONTRE AVANT YO PROPOZE YON INTERPRETATION KI PLIS VRAISEMBLAB DE EVENEMENTS YO TANKOU GEGGUS KI YON NAN EXPERTS ETRANGERS NAN ISTWA DAYITI.


http://tinyurl.com/b7ovayj
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Joel Jeu 14 Mar 2013 - 6:17

DOUB:

ISTWA pa yon SYANS,se sa ki fè ke se lan Depatman "LIBERAL ARTS"" yo mete l lan INIVÈSITE AMERIKEN yo.
Ou gen dwa rele GEGGUS yon ekspè men se opinyon ke l ap bay ;li gen dwa konvenkan ;li gen dwa pa konvenkan.

Yo estime ke gen plis ke 2000 LIV ki ekri sou ABRAHAM LINCOLN ak PREZIDANS li an.Yo pa t ap ka ap ekri ekri menm bagay ;yo pa fou.

Sa THIBAUT ekri yo,kapab se verite ou pa.Misye kapab pa ap pale de yon rankont pèsonèl ant MIRANDA ak DESSALINES .Ou paka absoliman SÈTEN ke yo pa t rankontre.Se ka KOMISYON Dessalines te voye ba misye .
Epitou si li ta rankontre pèsonèlman ak MIRANDA ;se pa fin twò enpòtan ;DESSALINES TE APWOUVE ed militè ke yo te bay MIRANDA yo.Se sa ki enpòtan.

Antouka atik THIBAUT an ke JAF te bay ADRÈS li an ,enteresan anpil.Al li l si w poko fè sa.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Dessalines Miranda 1806 Empty Re: Dessalines Miranda 1806

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum