Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -15%
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ ...
Voir le deal
552.49 €

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

2 participants

Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Dim 16 Juin 2013 - 14:22

Gen yon bagay ki rive OZETAZINI nou konnen ki pa p gen ATANSYON ""alyene"" ann AYITI yo.
Gen yon gwoup ENTELEKTYÈL AMERIKEN ;sitou ANTROPOLOJIS ki ekri ""LIBRARY OF CONGRESS"" pou di l pou yo pa rele relijyon pèp AYISYEN an ""VOODOO"" ankò ;men plito ""VODOU"".
Nou gen dwa mande ki enpòtans sa ka genyen.
Mesye yo di mo ""VOODOO"" an gen yon sans pejoratif ;relijyon sa a ;yon relijyon SOFISTIKE merite RESPÈ ke yo dwe.
Alòs yo mande ke ""LIBRARY OF CONGRESS"" (pi gwo BIBLIYOTÈK sou PLANÈT lan) deziye RELIJYON ""VODOU"" ki bon NON li e kontribye a ogmante RESPÈ pou RELIJYON an

http://www.anthropology-news.org/index.php/2013/05/01/library-of-congress-changes-subject-heading-from-voodooism-to-vodou    

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Sam 22 Juin 2013 - 11:45

Relijyon VODOU an lan KIBA ;byen ke yo rele l SANTERIA;pa t janm sou presyon ke relijyon VODOU ann AYITI an sibi.
Byen ke lè kòmansman revolisyon KIBEN an pa t gen RESPÈ sou VODOU òganize an lan KIBA ;men lan dènye LANNE sa yo ,sa vin chanje.

Mwen wè sou diferan SIT ;Y ap pale de KOMINOTE GANGA a lan KIBA.
Se yon kominote yo jwenn lan yon ti vil ki rele PERISO lan pwovens KIBEN yo rele MATANZAS.
Moun sa yo kenbe PRATIK KILTIRÈL AFRIKEN yo.
Relijyon se jis yon PATI lan PRATIK sa yo.N ap wè ke SANTO yo (lwa yo) se menm ak pa VODOU yo ;tankou ELEGGUA,OGOU elt..
Sa k pi rèd lan ,lan rechèch ,yo jwenn yon VILAJ rekile lan SIERRA LEONE ann AFRIK kote moun yo ap chante menm chante yo ke moun lan MATANZAS yo ,lan lang YOROUBA a.

Bagay sa a si tèlman FASINAN ke UNESCO mete VILAJ lan KIBA a sou pwoteksyon pou pa ""gate"" ERITAJ sa a:

http://vimeo.com/60288381

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Sasaye Sam 22 Juin 2013 - 20:34

Lè m te timoun, mwen te konn pase vakans lan Lagrandans.
Moun lan zônn nan itiize mo GANGA pou pale de Vodou. Sitou houngan ak mambo yo rele Ganga.
Misye ou madan entèl se ganga.

Epi, gran chantè kiben Ibrahim Ferer tap pale de sa lan fim Buenavista Sosyal Klib.
Li montre yon estati Lazaro ki te lan pôch li. Li di ti estati saa toujou sou li depi l piti.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Lun 24 Juin 2013 - 6:49

KIBEN yo pa pratike VODOU (SANTERIA) anbachal menm jan ak nou.Mwen defann PWOTESTAN FONDAMANTALIS AYISYEN yo al KIBA pou yo di se RELIJYON DYAB ou t ap wè sa k t ap rive.
Gen yon ANTWOPOLÒG KIBEN (A PO KLÈ) ki di ke RELIJYON an fè PATI de NANNAN KIBEN yo ;de sa ki fè yo KIBEN.
VODOU te sou ti presyon apre sa yo rele GÈ 1912 lan ;se te yon epòk ke te gen yon LIT pou pouvwa ant KIBEN a po KLÈ yo ak sila a PO FONSE.
An pasan ;se pou nou remake ke SILA a PO FONSE yo te pèdi a kòz de AMERIKEN yo.Sa te fini lan yon MASAK desandan AFRIKEN yo.Yo estime ke 12000 ladan yo te masakre ak APWI AMERIKEN.
VODOU lan KIBA pa t janm sibi KANPAY REJETE tankou sa ann AYITI an.
Nou pa t vivan pandan KANPAY sa a men si w li ALFRED METRAUX ki dekri bagay sa a ;nou ka rann nou kont ki jan bagay sa a te TERIB!  

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Lun 24 Juin 2013 - 19:47

Lan liv li an ""FRAGMENTS OF BONE""
""NEO AFRICAN RELIGIONS IN A NEW WORLD""

Patrick Bellegarde SMITH mete yon kontribisyon Dr MARYLIN HOULBERG.Li se PWOFESÈ lan INIVÈSITE CHICAGO ,li se tou yon ""INISYE VODOUYIZAN""

Men ki sa MANMZÈL di sou bagay MARASA a.Nou konn tande tou tèm ""DOSOU"" an li eksplike sa sa vle di:
PAJ 15

""SACRED TWINS OF AFRICA""

The intertwining of West and Central African concepts of the cult of the MARASA is clear from the linguistic evidence alone.The creole word for twins,MARASA, is derived from the KIKONGO word MABASA which means ,THOSE WHO COME DIVIDED,or the one who comes as two.
The term DOSOU (dosa),meaning the child born after TWINS ,derives from the FONGBE,docu,meaning the child of either sex born after twins.
To complicate things further,in HAITI the child that follows dosou/dosa is called IDOGWE.
This term appears to be a CREOLIZATION of the YORUBA term IDOGBE meaning the third child born after twins.The word AVLEKETE ,designating extradigited children (a type of twin),suggests influence from the FON-EWE people whose goddess of the sea is AVREKETE.
There is even a town named AVLEKETE on the coast of the Republic of BENIN just east of OUIDAH/WHIDAH and on the same seawater lagoon.

Fon cosmology in particular is so penetrated by DUALISM that FON concepts of twins and other sacred children merit special attention.Even the head of the Dahomean Pantheon,the creator divinity MAWU-LISA is a PAIR OF TWINS. 

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Sasaye Lun 24 Juin 2013 - 21:11

Jowèl,

Mèsi pou enfômasyon sayo.
Se pa bagay mwen te janm tande lè m tap viv ann Ayiti.
Toutmoun te konn sa MARASA ye, men san yo pa konnen tout mitoloji ki dèyè tèm saa.

Se sak fè mwen toujou di ke edikasyon fèt pou kômanse ak moun ki deja edike an Franse yo.
Edikasyon se pa konn li a ekri sèlman.

Sistèm eskolè Franse ann Ayiti pa montre ti ayisyen vrè kilti li.
Li prepare yo pou yo sèvitè fidèl la Frans ak kilti ewopeyèn.

Edikasyon se aprantisaj Kilti, Istwa, Orijin, Filozofi, Konsèp ak eksperyans espesyfik yon pèp.
Lè yon moun finn edike lan sijè sayo, li kapab konprann e absôbe kilti inivèsèl pi byen.
An menm tan, li kapab wè ki plas li lan linivè e limanite.

Lè saa, anpil sousou, konplèks enferyorite tap eliminen paske nèg ta gen konfyans e asirans lan ki moun li ye.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Sasaye Lun 24 Juin 2013 - 21:51

Lancement du projet « Konesans Vodou »
La semaine dernière, les Fondations Destination Haïti et Promundia-Haïti, ont procédé, au lancement du projet « Konesans Vodou » dont l’objectif est de valoriser le patrimoine immatériel vaudou d’Haïti, ce projet de plus 5 millions de Gourdes, vise à valoriser le patrimoine immatériel des régions de Saut d’Eau (Centre), du département de l’Ouest et des grands lakous de la région des Gonaïves (Nord).
Près de 90% des fonds sont fourni par l’Union Européenne, à travers le programme Arcades, les 10% restant sont assumés par les deux Fondations.
--------------------------------------------------------------------------------------

Ribrik saa fenk parèt sou Ayitilib.
Oubyen se yon kowensidans oubyen gen nèg tètkale ki ap li FowomAyiti.
Antouka se yon bon nouvèl.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Mar 25 Juin 2013 - 6:44

Sasaye a écrit:Jowèl,

Mèsi pou enfômasyon sayo.
Se pa bagay mwen te janm tande lè m tap viv ann Ayiti.
Toutmoun te konn sa MARASA ye, men san yo pa konnen tout mitoloji ki dèyè tèm saa.

Se sak fè mwen toujou di ke edikasyon fèt pou kômanse ak moun ki deja edike an Franse yo.
Edikasyon se pa konn li a ekri sèlman.

Sistèm eskolè Franse ann Ayiti pa montre ti ayisyen vrè kilti li.
Li prepare yo pou yo sèvitè fidèl la Frans ak kilti ewopeyèn.

Edikasyon se aprantisaj Kilti, Istwa, Orijin, Filozofi, Konsèp ak eksperyans espesyfik yon pèp.
Lè yon moun finn edike lan sijè sayo, li kapab konprann e absôbe kilti inivèsèl pi byen.
An menm tan, li kapab wè ki plas li lan linivè e limanite.

Lè saa, anpil sousou, konplèks enferyorite tap eliminen paske nèg ta gen konfyans e asirans lan ki moun li ye.

Se ekzakteman sa KIBEN ak BREZILYEN yo ap fè.Sa pa gen anyen pou l wè ak ""koulè"".
Pou yon pèp avanse se pou l gen KONFYANS lan tèt li.Ou pa ka di l sa l kwè ,pandan dè syèk se bagay ki MALEFIK.
Pou ba w yon egzanp CASTRO ak LULA te envite prezidan BENIN pou vizit OFISYÈL pou ranfòse LYEN KILTIRÈL ant BENIN ak KIBA ak BREZIL.
Sa gen kèk ANE de sa.PREVAL menm pa t oze envite MISYE.
CASTRO ak LULA te envite prezidan BENIN an se pa t lan yon bi EKONOMIK ;se paske BENIN se tankou ""WÒM"" relijyon ""YOROUBA"" yo ke majorite KIBEN ak BREZILYEN pratike.
Majorite AYISYEN tou ,men tou yon ""karèt"" tankou PREVAL pa t ap envite prezidan BENIN an.ZÒT t ap kritike l!

 

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Joel Mer 26 Juin 2013 - 9:38

Pou ilistre enpòtans MARASA lan VODOU AYISYEN an ,Dr HOULBERG pran egzanp 2 ATIS KONTANPOREN lan mizik RASIN AYISYEN an.Se yon mizik AZÒ ak PAPA WAWA.Mwen pa janm tande MIZIK lan ;men antouka ki tradiksyon PWOFESÈ HOULBERG bay.HOULBERG di se te yon chante WAWA ak AZÒ te fè pou ran OMAJ a yon OUGAN ki rele MIRABO ki te rete MATISAN:

BOBO ,father of twins ,has passed away
BOBO died and left the twins in the VODOU temple
Some say to BOBO,""In whose hands have you left the twins""
""Don't worry ,father,we are strong enough
When you were alive ,we were the big chiefs
We had all the power and we led the way for you
We used the sweet smell of magic to fight against evil spirits
MARASA GINEN are never afraid of anyone
When GUINEA TWINS make a magical medicine for you
You can even sleep in the crossroads
Nothing can happen to either you or your children
MARASA eat during a ceremony,then hide behind the door
Then they come out and say they haven't eaten
They hide behind the door on purpose
They know they are so important that they can cause
The ceremony to be done all over again.
We are the MARASA and we never just play around with people .
We are dangerous!
So don't worry BOBO ,our father,
We control our own fate,
We control everything""
(MAJIK MARASA ,by PAPA WAWA and AZOR,1993    


MARILYN HOULBERG bay yon apèsi tou sou PAPA LEGBA.Li di ke YOROUBA lan NIJERYA rele l ESHU ELEGBARA.FON lan REPIBLIK BENIN rele l LEGBA .
O BREZIL pafwa yo jis rele l ESHU,genyen ki rele l ELEGBA tou;men lan KIBA yo rele l ELEGBA ,pafwa yo rele l ELEGGUAH.
Se li ki youn lan LWA ann AYITI,ORISHA lan KIBA ou byen ORIXA lan BREZIL ki pi enpòtan.
Kelkelanswa SEREMONI an lan peyi sa yo ;anvan w kòmanse se pou w mande LEGBA ,ESHU ou byen ELEGBA pèmisyon pou w kòmanse SEREMONI an.
MARYLIN HOULBERG bay egzanp BOUKMAN EKSPERYANS ki byen ke yo pa nonmen non LEGBA men se de li y ap pale lan chante KALFOU DANJERE.

http

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an! Empty Re: Entelektyèl Ameriken mande RESPÈ pou RELIJYON AYISYEN an!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum