Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

4 participants

Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Dim 25 Aoû 2013 - 15:52

FETE NESANS DESSALINES SE YON MANIFESTASYON DWA GRANMOUN NOU, SE LIZAY!


20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Dessal10


Anpil Ayisyen toupatou ap pran yon tan nan jounen Vandredi 20 Septanm 2013 la pou yo di Manman ak Papa Jean-Jacques Dessalines mèsi!

Nou konnen yon jou 20 Septanm 1758 yon nègès te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES.

Mèzalo, nou te riske pèdi tout tras nègès vanyan sa a.
Paske zot te mete chenn nan pye li,
zot te fè dappiyanp sou tout sa li te posede
kit se lèt ki te nan tete li
kit se non manman li, non papa li, osnon non nonm li.

Poutan, Dessalines pat yon san manman!
Menmsi leta Ayisyen po ko janm selebre gwo evènman sa a, noumenm, nou pa p neglije pran yon tan espesyal pou nou di fanm vant beni sa a mèsi daprèzavwa li te pouse potorik gason sa a jou ki te 20 septanm 1758 la.

Menmjan ak tout moun, Dessalines te gen yon manman, yon papa.
Paske lanmou pi fo pase lanmo
paske libète pote laviktwa sou lesklavaj
Paske se lizay, chak 20 Septanm. n ap di manman ak papa Dessalines MÈSI !

Nan vil Ottawa, Kanada, AKASAN kase randevou vandredi 20 septanm 2013 la ak tout patizan libète ak lajistis, nan Sant Kominote Ayisyen an, 629 ri Center, 7è nan aswè.

Info: (613) 482-2549, info@akasan.org

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Dim 25 Aoû 2013 - 16:06


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  revelation Mar 27 Aoû 2013 - 13:52

Jaf, 2 kestion ke’m gen pou ou se :

Pep Ayisyen selebre lanmo Dessalines 17 Octob 1806.
Jaf li me’m vle selebre naisans Dessalines ki se le 20 Septamb 1758.

Se ou byen pep Ayisien kontan ke’l te mouri jou saa ou byen ke ou memm ak anpil lot moun kontan ke’l te pran nesans.
Yon Hero indepandans, pakab gen 2 jou fet konsa.
Gen yon antagonism nan bagay saa ki vinn mete pep Ayisien do za do.

De tout fason, si ou gen intansyon voye yon petition bay gouvenman Ayisyen an pou chanje date la de lanmo a nesans,  ou met mete nom’m.

Desyem kestion an :  Pyramid Egypt la konsidere kom yon Museum en plein air pou tout vizite vin’n we san touche ni chita sou yo.

Pou ki sa ou al jis an Egypt. payi pharaon pou al ekri graffiti sou moniman pep saa ??

Si yon ti blan etranje ta fe sa sou champs Mars sou stati Neg Maron ou byen Dessalines nou si ke ou patap kontan.

Kenbe la nom fre

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Mer 28 Aoû 2013 - 4:59

DESSALINES te tèlman yon GRAN NÈG ke si PÈP AYISYEN ta deside fete plis ke yon JOU ,pa t ap gen PWOBLÈM.
Nou menm AYISYEN nou tèlman fete Fèt ;sitou FÈT KATOLIK yo e mwen doute ke se PÈP AYISYEN an ki mande pou fete tout FÈT sa yo.
Mwen kwè ke 15 DAWOUT ki sot pase an ,se te yon jou FERYE ann AYITI.Mwen bliye ki lès lan yo ,men se youn lan FÈT KATOLIK yo.
Pa ta gen PWOBLÈM ke si ta gen yon KONSANSIS pou yo ta fete 20 SEPTANM
Sispann fete FÈT KATOLIK yo ke nou te imite de la FRANS ki pa fete FÈT sa yo ankò e fete FÈT ki gen anpil SANS pou NOU e menm LIMANITE

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Jeu 29 Aoû 2013 - 0:44

konpatriyot se pa yon aza se ou tande mesye yo yo "fete" 17 Oktob. Se ekzakteman sa ki montre, se sou eskanp koudeta Petion an n ap woule toujou. Krim patrisid la, olye li pote refleksyon pou ede nou fè efo ki nesesè pou remete nasyon an sou baz natirèl li, baz revolisyon anti-esklavajis Dessalinien an. nou kontinye sou woulib Code Rural trèt ki te fè patrisid la.

Fete 20 septanm pa fè pati manda fo pouvwa blan an bay Sweet Micky jere pou li a. Dyob Micky se fè kanaval, e jiskaprezan li fè yo alè....se lekol ki louvri anreta men kanaval toujou fèt alè. Priyorite anmizè vivi dan griyen yo klè. Yo opa, kidonk touskilfo pou koloni an.

M ap pale ou de fete DESSALINES. Yon moun pa mande pèmisyon pou li poze yon aksyon konsa. Ni non plis li pa bezwen konnen konbyen moun ki apiye l, osnon ap fè menm jan ak li. Lizay se lizay. Pwen ba!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Jeu 29 Aoû 2013 - 7:03

Gen moun ki pa konnen sa yo genyen lan DESSALINES ak REVOLISYON AYISYEN an ;se MADIOU yo kontinye ap repete.

Gen yon seri de LIV ki ap ekri sè jou si ki ap boulvèse moun lan milye akademik yo.GOOGLE non LIV sa a pou w wè konbyen diskisyon ki gen sou LIV sa a

HEGEL HAITI AND UNIVERSAL HISTORY
Nou pa p jwenn diskisyon sa a lan MILYE FRANSE yo ,paske yo di jis jounen jodi an gen anpil FRANSE ki pa konnen si la FRANS se te yon PWISANS ESKLAVAJIS.

Lan liv sa a SUSAN BUCK-MORSS di ke evènman AYITI yo se youn lan BAZ de sa yo rele sosyalism-syantifik MARXISM elt.

Tout mesye ke se swa lan sa yo rele SYÈK DÈ LIMYÈ yo.De moun tankou ROUSSEAU,VOLTAIRE ,DIDEROT elt se te yon bann RASIS.
RASISM vini de INYORANS e ak enfòmasyon ke yo te genyen yo te konprann ke moun NWA se te SOVAJ.Yo pa t konnen anyen de gran ANPI lan AFRIK de LWÈS yo tankou GHANA,MALI,TSONGAI elt..

Morss di ke HEGEL ki te a la baz de TEYORI ke ENGELS ak MARX te ap vin devlope pi ta ,te an BOULATYA.Li pa t konnen ISTWA AFRIKEN men li te okouran de sa DESSALINES ak lòt yo ap fè e li t ap chache yon EKSPLIKASYON.
Sa pa t fè okenn sans pou DESSALINES ak lòt yo te defèt LAME NAPOLEYON yo ,men se sa li konstate.
HEGEL pa t defèt li de IDE RASIS paske misye apre lendepandans 1804 te vin jwenn lòt mwayen pou l kritike AYISYEN yo ;sou BAZ KILTI.
Men tou HEGEL ki te devlope TEYORI DYALEKTIK,DYALEKTIK DÈ KONTRÈ ,te ize de rapò ""mèt ak esklav"" pou l te devlope TEYORI l yo.
Se TEYORI sa yo ke MARX ak ENGELS te vin devlope plis PITA e se sa ki fè SUSAN BOCK MORSS di ke REVOLISYON AYISYEN an te enpòtan anpil pou ISTWA INIVÈSÈL lan:

www.muse.jhu.edu/journals/tam/summary/v066/66.3.sepinwall.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Jeu 29 Aoû 2013 - 7:50

Joel,

Mwen byen kontan ou raple ki jan anpil dokiman disponib sou google.com. Mwen pral voye lèy sou sa Hegel t ap di yo.

Pa bliyye, nou kapab jwenn tou dokiman ki te pibliye dirèkteman nan epok lagè endepandans lan. Se vre, ou pa fasil jwenn sa Afriken yo t ap panse pou pwop tèt yo paske vyolans kolonyal la te lakoz se blan yo ki te domine espas literè a. Men, malgre tou, ou ka jwenn deklarasyon Dessalines yo nan jounal tankou Gaceta de Madrid....yo antoure yo ak komantè rasis men sa pa anpeche ou wè fos ak lespri sa ki te ekri yo.

Kanta Konstitisyon 1805 lan ak travay Boirond Tonnere yo yomenm, m konsidere se dokiman tout Ayisyen dwe li anvan li mouri paske se ra tèks kote Nèg ki te nan lagè a te ekri pou tèt yo sou reyalite yo, vizyon yo.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Jeu 29 Aoû 2013 - 10:27

JAF;

Mwen sonje ke w te repwodwi TÈKS kote DESSALINES te di pouki sa li te touye kèk FRANSE ;pou l te reponn a MASAK GWADLOUP lan e pou l te vanje DELGRÈS ak IGNACE.
Mwen kwè ke TÈKS lan se te lan MADIOU.Si m al chache l m ap jwenn li ,men si w genyen l sou la men ;mete l sou SIT lan ankò.

Se krèvkè lè w ap tande ISTORYEN AYISYEN yo ap mansyone pretandi MASAK FRANSE ke DESSALINES te fè e ou pa janm tande yo mansyone JENOSID ke FRANSE yo te fè lan MATINIK ak GWADLOUP ;sitou lan GWADLOUP ;bagay ki te gen anpil enplikasyon sou REVOLISYON AYISYEN an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Jeu 29 Aoû 2013 - 11:03

Epitou JAF ;si w vle GOOGLE :

ABBE GREGOIRE-CREOLE LANGUAGE SEPINWALL pou w wè kijan FRANSE te vin LANG PEYI DAYITI e pa KREYÒL.
Gwoup entelektyèl sa yo ,ki renmen AYITI,yo ap de rechèch ke yon AYISYEN pa ka fè ,paske INIVÈSITE AMERIKEN yo gen anpil resous.
SEPINWALL ap di de bagay ki ka etone AYISYEN ki ap repete bagay ZÒT ap di.
Li di ke se ABBE GREGOIRE ki responsab e li eksplike pou ki sa.Li se yon ESPESYALIS sou ABBE GREGOIRE.

Manmzèl di tou ke ABBE GREGOIRE ki te gen bon entansyon t ap soutni PETION ak BOYER ,2 BLOFÈ.
Li di si GREGOIRE ki te enfliyan an FRANS te soutni KRISTÒF ;petèt LISTWA TA KA DIFERAN ,paske se KRISTÒF ki te modèn lòt mesye yo se te yon bann retrograd e petèt nou pa t ap vin peye DÈT ENDEPANDANS lan ki touye nou lan FIM lan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  haitimere Jeu 29 Aoû 2013 - 16:23

DESSALINES.....DESSALINES.....DESSALINES PÈRE DE NOTRE INDEPENDANCE......
ta terre est souillée, pillée, volée! Tes enfants sont violés et enchainés... parmi nous plein de traîtres!!! Oh PÈRE DE NOTRE INDEPENDANCE LÈVE TOI ou fais nous sentir ta réincarnation.


Patriotiquement vôtre,
haitimere



LIBERTÉ OU LA MORT...

haitimere
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 646
Localisation : 000
Opinion politique : analyse
Loisirs : lecture
Date d'inscription : 12/02/2011

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  revelation Ven 30 Aoû 2013 - 13:40

Joel di:Pa ta gen PWOBLÈM ke si ta gen yon KONSANSIS pou yo ta fete 20 SEPTANM, jou naisans Dessalines!
Jaf di limemm: M ap pale ou de fete DESSALINES. Yon moun pa mande pèmisyon pou li poze yon aksyon konsa. Ni non plis li pa bezwen konnen konbyen moun ki apiye l, osnon ap fè menm jan ak li. Lizay se lizay. Pwen ba!
Dessalines ! Fete lanmo 17 Octob ou byen naisans li 20 Septamb?? Se pa questyon an sa !!

Depi plis ke 200 zan se lanmo’l ke pep Ayisyen ap selebre e nou tout konnen pou ki sa. An nou kontinye fe parad, chante tedeum, organize fet champet, kemess, pikekole, jwet zo  ak ma swoufe.
Nou memm bo pa nou, nou kap organize konkou atletik,  literer, math, geografi , peinti, etc.. Oganize kolok ak chita tande pou pep la sa komprand impotans jou saa e bay Dessalines kredi ke li merite.

Zafe mande fete lanmo ou byen naisans Dessalines vinn resisite yon lutte de klass nan peyi a gwo jounen 21iem siyek la.
Tale mesye sa yo ap deklare ke yo se pititt lejitim Dessalines e yo sanle mande reparation ak kompansation pou zafe lanmo granpapa yo saa.

Dessalines se pou nou tout ke li ye, se hero indepandans nou tout !

Se union ke pep la bezwen konnyen la.

Kenbe la!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Ven 30 Aoû 2013 - 22:33

Rev la ki toujou ap li sa li pa wè men ki pa janm ka li sa tout lòt moun wè, ekri: "Dessalines ! Fete lanmò 17 Oktòb oubyen nesans li 20 Septanm?? Se pa kesyon an sa !!"

NON ! se pa kesyon an sa!

Nanpwen moun ki mande pou nasyon an sispann pran tan pou komemore (pa fete) pou reflechi sou konsekans krim patrisid 17 Oktòb 1806 la. Okontrè nou merite fè plis efò pou joune 17 Oktòb la pa janm pase inapèsi.

Sa mwen deside fè se apiye mouvman anpil Ayisyen koumanse kore pou nou FETE jou MANMAN DESSALINES te akouche a. FETE paske nou vle di fanm sa a mèsi daprèzavwa li te pouse kokennchenn gason sa a, liberatè nasyon an...Kidonk, nou pa nan lojik retire 17 oktòb mete 20 septanm. Chak dat sa yo gen sans pa yo e toulede gen gwo  valè pou moun ki konprann sa Dessalines reprezante nan listwa limanite.

M konnen ou pral eseye defòme sa m ekri a kanmenm... m ap suiv nan ki koridò ou pal pase alèkile ...
;o)
Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Sam 31 Aoû 2013 - 6:44

[quote="revelation"]
Joel .

Zafe mande fete lanmo ou byen naisans Dessalines vinn resisite yon lutte de klass nan peyi a gwo jounen 21iem siyek la.
Tale mesye sa yo ap deklare ke yo se pititt lejitim Dessalines e yo sanle mande reparation ak kompansation pou zafe lanmo granpapa yo saa.

Dessalines se pou nou tout ke li ye, se hero indepandans nou tout !

Se union ke pep la bezwen konnyen la.

Kenbe la!


Mwen pa konprann REV.Ou vle kontinye BATAY ki gen plis ke 200 ZAN yo toujou?
Talè wa vin lan tonbe ke DESSALINES te fè "'MASSACRE DES FRANÇAIS"" tankou m te wè yon NÈG te vle di sou SIT sa a menm.

Etranje ap voye NÈG lan MONTE.Mwen konn wè sou SIT INIVÈSITE WEST INDIES yo ENTELEKTYÈL ak RECHÈCHÈ ap pale de JENI Nèg ke yo te rele DESSALINES lan.
Gen youn menm ki di ke KONSTITISYON 1805 lan se youn lan pi GWO DOKIMAN lan tout LISTWA LIMANITE.

REV ;
Mwen pa t sezi konsa ;mwen t ap gade PREMYE MINIS JAMAYIK lan ki te an VIZIT lan BEIJING ,jis apre GOUDOUGOUDOU an 2010 (Se te sou CCTV-TELEVIZYON CHINWA a)Misye t ap di sa AYITI reprezante pou yo e misye te nonmen DESSALINES.
M ale!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Lun 16 Sep 2013 - 9:03

Kòm ANIVÈSÈ NESANS ANPERÈ an (dapre tradisyon)  ap rive ;men yon ti kozman BAYINAH BELLO te fè sou DESSALINES:



Mwen kontan mwen wè BAYINAH sou la BAL toujou.Depi l te etidyan lan NOUYÒK lan lanne 1970s yo ;yo te rekonèt li kòm bon ""FOUYAPÒT"".
Mwen sonje ke MANMZÈL te konn ""vilgarize"" ISTWA DAYITI pou mete l a la pòte MOUN ki pa ka dechifre ti LÈT FEN yo ;lan emisyon RADYO tankou ""MOMAN KREYÒL"" ak ""LÈ AYISYÈN"'.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Lun 16 Sep 2013 - 19:37

Pou MOUN ki te ap viv lan zòn NOUYÒK lan ;lan lanne 1970s,1980s yo ka sonje Dr EDWARD SCOBIE sou RADYO WLIB.
Se NÈG sa a ki fè mwen vin renmen DESSALINES ki te yon BONDYE pou misye.
Mwen toujou ap mande tèt mwen kòman gen NÈG yo ki al an FRANS ,yo tounen MANIGAT epi nèg ki al ann ANGLETÈ yo tounen tankou MICHAEL MANLEY ou byen EDWARD SCOBIE.

Tankou nou ka wè ""credential"" akademik defen SCOBIE te enpekab.Misye te fèt lan ZILE ,LA DOMINIK ;misye te majistra ROSEAU.
www.melanindvds.com/dredwardscobie.html

Sa a se youn lan KLAS misye yo .
Na renmen tande jan Dr SCOBIE ap pale de DESSALINES.Pou SCOBIE ,DESSALINES se te yon SEN,yon DYE


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Jeu 19 Sep 2013 - 23:22

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Dessal11




20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Dessal12

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Joel Sam 21 Sep 2013 - 9:30

Mwen sonje yon bagay ke SCOBIE te di;misye te di ke DESSALINES te kondane pou l reyisi.Misye di ke DESSALINES te fidèl ak PRENSIP AFRIKEN (african principles)yo ke tout moun se moun tankou lòt lan renmen di l.

Se menm bagay lan ke yon lòt PANAFRIKANIS BREZILYEN ki rele ABDIAS DE NASCIMENTO ;ki mouri 2 zan de sa a 97 an;te di.
Mesye yo di ke si DESSALINES te siviv nou ta pa genyen sa AYITI vin vini.
Dapre yon lòt ekriven ki te rele WELLS BROWN ;yon afriken ameriken ki te ekri sou pi gran NÈG ke RAS NWA bay e misye te enkli DESSALINES.
Misye te mete DESSALINES an konpayi EJIPSYEN tankou IMHOTEP.
Se an 1852 ,misye te ap ekri sa.
Misye te di ke DESSALINES se yon NÈG ki te respekte KONESANS.Misye di DESSALINES te gen 3 NÈG ki te PLIM E ANK pase l.MISYE te mansyone BWARON TONÈ,INGINAC ak yon LÒT.
WELLS BROWN di li kite mesye yo diskite epi l pran yon desizyon.Se konsa yon MOUN tankou LULA te dirije.

Kanta KONSTITISYON 1805 lan ke yo di jiska epòk se te youn lan KONSTITISYON ki pi IMANIS ki te genyen ;yo di se sa DESSALINES te vle menm si se lòt MOUN ki te mete l sou papye!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Sam 13 Sep 2014 - 12:11

Kesyon ki soulve sou valè istorik dat 20 septanm 1758 la enpòtan. Gen plizyè dokiman referans ki ka ede nou fè limyè sou koze a.

1) Travay rechèch pwofesè Bayyinah Bello ki enplike nan Fondasyon Felisite (FF) - https://youtu.be/fqdhtoi_ZgM

2) Braselide k ap fèt nan kominote a sou kesyon sa a depi kèk ane. Men moso nan yon atik Haiti en Marche ekri nan ane 2006 sou kesyon an: "Aujourd’hui vouloir donner une date de naissance à Dessalines n’est pas une pure fantaisie, mais appartient à un besoin ou un mouvement de réhabilitation du père de la patrie. Un geste symbolique qui veut marquer que le premier de nos héros a été jusqu’ici victime de l’exclusion, considérée chez nous comme le sommet de la discrimination. La même exclusion qui frappe le paysan haïtien toujours dans l’impossibilité de dire sa date de naissance, sachant seulement qu’il est né sous tel président…" http://www.williambowles.info/.../2006/0906/hlln_280906.html

3) Rezilta travay rechèch jeneyalojik, tankou http://www.rootsweb.ancestry.com/.../fiches/000024.htm
kote Genealogie d'Haiti et de Saint-Domingue idantifye manman Dessalines kòm yon fanm ki te rele Marie Elizabeth.

Mwen kwè nan moman an, sa ki enpòtan se pou rechèch kontinye fèt pou detanzantan nou kapab dekouvri, korije, verifye, konfime enfòmasyon sou fè istorik enpòtan sa yo. Desizyon pou selebre anivèsè a limenm menm, konekte avèk, men li pa depann de, rezilta rechèch sa yo.

Jodi a, Kretyen toupatou sou planèt la pran dat 25 desanm pou yo selebre nesans Jezi. Men, pa gen okenn baz istorik pou sa. Sitiyasyon Dessalines nan pi solid lontan paske limanite gen prèv Dessalines te ekziste, li te viv Ayiti....e nou konnen kontèks istorik ki fè nou pa ka sèten 100% ki dat li te fèt, ni ki lès ki te manman li. Kanta papa menm, se gwo tèt chaje puiske menm jan ak tout Afriken sou koloni esklavajis la, Dessalines t ap viv ak enkyetid fondamantal sa a "Le colon guette maman" - (Kolon an gen je sou manman ou) - sa vle di fanm Afriken an pa t fasil konnen pou ki moun li ansent. Se ta gen dwa nonm li, osnon yon esklav kolon an pase lòd "kwaze" ak li, osnon kolon kadejakè a limenm menm.

Se pou rezon sa a lè mwen te pran desizyon patisipe nan tradisyon fete anivèsè nesans Dessalines nan mwen te ekri:

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !
http://www.forumhaiti.com/t15491-20-septanm-yon-jou-sakre?highlight=20+septanm

"yon nègès te kaselezo pou li pouse yon potorik gason limanite vin konnen sou non DESSALINES.

Mèzalò, nou te riske pèdi tout tras nègès vanyan sa a.
Paske zòt te mete chenn nan pye li,
zòt te fè dappiyanp sou tout sa li te posede
kit se lèt ki te nan tete li
kit se non manman li, non papa li, osnon non nonm li.

Poutan, Dessalines pat yon san manman!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Sam 20 Sep 2014 - 11:45

Desalin ou Lanmò!



Fanmi,

Lakou NY pa la, "Eritye Papa Desalin" ranmase flanbo a pou ankouraje kominote Ayisyen nan NY la kenbe tradisyon 20 Septanm nan. N ap kònen lanbi a pou tout pitit sanble pou n vin fete 256yèm anivèsè nesans papa nou.

Samdi, 20 Septanm 2014, 6pm-10pm
MS 246 - Walt Whitman
72 Veronica Pl. @ Albemarle Rd.
Brooklyn, NY 11226

Envite espesyal:

Prof. Jean Yves Blot, k ap soti dirèk dirèk lakay
Jean Claude Martineau “Koralen”, k ap soti Monreyal
Nadia Dieudonne ak Feet of Rhythm
Deenps "Granbwa" Bazile
Igèt Dejan
Sant Kiltirèl Granchimen

Patisipasyon $25

Manje lakay gratis (6-7pm)
Rankontre òganizasyon nan kominote a
Achte liv, cd, atizana, ak lòt pwodui lakay

Pou tikè ak plis enfòmasyon:

347-730-3620
718-282-0965
347-666-1822

Ann Tounen Dèyè Pou n Rejwenn Chimen n

***********

Fè yon kout je sou dokimantè sila a ki fèt sou selebrasyon Fondasyon Felisite an Ayiti te fè pou fete 20 Septanm 2013

https://www.youtube.com/watch?v=RoR9QFOzv6o

************

Si w nan zòn New York la, vin fete ak nou nan Brooklyn. Si w nan zòn Pòtoprens lan, al fete gwo jou sila a nan Fondasyon Felisite:

Samdi 20 Septanm 2014
1pm - 4pm

Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; (509) 29 40 08 69
hetherou6@gmail.com

Rue A #4
Village Theodat
Tabarre, Haiti


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  jafrikayiti Jeu 25 Sep 2014 - 21:11

Gen yon diskisyon enteresan fouyadò Ayisyen Norluck Dorange lanse sou paj Facebook li sou tèz kòmkwa Dessalines te fèt sou kontinan Lafrik, tandiske anpil otè Ayisyen, tankou Madiou, di se Ayiti Dessalines te fèt.

https://www.facebook.com/notes/norluck-dorange/dessalines-te-f%C3%A8t-an-afrik-se-bato-negriye-ki-te-mennen-l-ayiti-pa-gen-moun-ki-k/789548524443221

Se yon diskisyon enpòtan daprè mwenmenm, paske bagay yo pa klè vre - menmsi gen moun ki vle pran pozisyon kategorik sou kesyon an, se fòs evidans ki ta de gid nou olye pou se ta ki lès ki pale ak plis konviksyon.

Antouka, men kèk dokiman referans mwen panse ki ta ka itil nan kad rechèch sa yo:

1) Nan premye relve sa a, n ap remake (n) nan plas non fanmi Dessalines. Se konsa yo idantifye nèg ansyen esklav nan bazdone an. Nou va remake tou prenon an, se Jacque (san okenn s alafen). Natirèlman, bagay sa yo varye tout tan selon ki moun k ap ekri dokiman an. Nan relve sa a, daprè nòt ki ekri yo, 24 jen 1806 Dessalines batize yon timoun tigwav, ki pote moso nan prenon madanm li "Marie-Claire". Yon ti moun ki fèt nan ane 1800. Nan nòt yo, moun ki fè relve a di Lanperè siyen (kesyon, kijan li siyen ojis?) men, marenn nan pa siyen paske li pa te prezan.

Sous: http://www.agh.qc.ca/ (baz Achiv Nasyonal Ayiti)

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Jacque11


2) Nan dezyèm relve sa a, n ap remake, daprè nòt ki ekri yo, 22 jen 1806 (2 jou anvan li te ale batize timoun TiGwav la), Dessalines batize yon timoun Jacmel, Marie-Marthe Bernard ki fèt nan mwa mas1806. N ap remake yo di Lanperè siyen kòm parenn epi papa a, Jean-Charles Bernard siyen. Men, remake nan nòt yo, relve a di Dessalines te genyen 45 ane, li te fèt nan ane 1761. Sa depaman ak dat 1758 nou abitye ak li nan liv yo. Li ta bon, si yon moun ki Ayiti ta pran foto relve ak batèm Marie-Marthe Bernard lan, pou verifye si se nan dokiman an menm, yo ekri laj Dessalines ak ane li te fèt. Menm jan ak lòt laj moun ki idantifye yo. Konsa tou, li ta bon pou nou konfime kisa ki ekri nan langaj dokiman an, èske Lanperè te idantifye tèt li kòm Jacques I osnon Dessalines?

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Jacque10

Sous: http://www.agh.qc.ca/ (baz Achiv Nasyonal Ayiti)



3) Twazyèm relve sa a pa gen okenn relasyon ak Dessalines. Mwen pataje li ak nou pou montre ki jan nan bazdone AGH la gen plizyè fwa yo idantifye moun ki fèt ann Afrik, lè enfòmasyon sa a disponib. Men, se pa yon bagay ki fèt sistematikman. Sa vle di, se pa paske yo pa di yon moun te fèt ann Afrik ki vle di li pa te fèt ann Afrik.

Natirèlman, li klè, nou pa ka di si se 1, ni 2, ni 10 nèg ki te pote prenon Jacques nan yon dividal pati nan peyi a, nan menm moman Dessalines te sou yon bitasyon. Kidonk, sa ki ka bay asirans, 2 premye relve mwen pataje ak nou yo, se Dessalines menm li idantifye, se si akdebatèm yo gen endis sou yo ki montre sa - tankou siyati Dessalines, osnon referans kòmkwa se Anperè a ak Enperatris la vre. N ap remake madanm Dessalines, ki marenn temoun yo daprè nòt yo, se moun zòn nan (Jakmèl, ak Tigwav, tou pre Leyogàn).


20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! 1767_j10


Sous: http://www.agh.qc.ca/ (baz Achiv Nasyonal Ayiti)

Ak pasyans, n ap wè tete foumi!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen, bon Nèg ap ede Nèg!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

20 SEPTANM - YON JOU SAKRE ! Empty Re: 20 SEPTANM - YON JOU SAKRE !

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum