Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-34%
Le deal à ne pas rater :
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 – 100Hz HDR 10+, ...
919 € 1399 €
Voir le deal

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

3 participants

Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  Joel Lun 23 Déc 2013 - 7:56

Sa a se yon atik lan NOU YORK TIMES ki te parèt a pwopo yon LIV ke GABRIEL GARCIA MARQUEZ te ekri sou BOLIVAR.
Misye di ERITAJ AFRIKEN BOLIVAR a te VIZIB lan PÒTRE li lè li te JÈN ;ke yo vin efase apre lan LÒT PÒTRE misye yo.

GABRIEL GARCIA MARQUEZ di ke KILTI BOLIVAR te KARAYIBEYEN ;donk sa pa ta etonan ke misye ta pratike ti VODOU l ou byen SANTERIA jan PANYÒL yo te rele l.
Yo te vin ""BLANCHI"" ""EWOPEYANIZE"" BOLIVAR apre l te mouri ke GARCIA MARQUEZ t ap plenyen de sa.
Dominiken yo te fè menm bagay lan pou JUAN PABLO DUARTE yo di ki se EWO ENDEPANDANS yo ;yon NÈG ""HINCHE"" ke ERITAJ AFRIKEN an te vizib lakay li ,men ke DOMINIKEN yo te vin ""EWOPEYANIZE"".

www.nytimes.com/1989/06/26/books/distressing-portrayal-by-garcia-marquez-bolivar-s-feet-of-clay.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  ainsi ne soit-il Mar 24 Déc 2013 - 1:20

Donk te gen yon afinite rasyal, if I may day, ki fe misye te gade bor lakay. Tout bagay sa yo pa etonan e yo menm evidan. Men se fason abil ke istoryen yo maske sa. Menm si sa ta enposibl lan ka Ayiti, le w tonbe sou entelektyel blan rasis w p'ap chape paske yo pa lan rekonet kapasite leadership Nwa.

Yves Lacoste parekzsnpl, geopolitologue franse ki pi koni, ekri kareman ke se milat ki te menen revolisyon Sen-Domeng la e ke neg yo se suiv yo t'ap suiv. Non selman Dessalines, Christophe, elatrey pa ka lan potre a, misye okilte Toussaint net. No wonder yo te kidnape'l. An pasan, Ayisyen gen memwa kout wi.

Dumas ki te yon monstr pou pale de envensibilite'l ak entelijans li, yo te lese'l mouri mizerabl. E sa ekri ke Napoleon pa t'gen bon rapor ak li.

Mwen te inisye lan literati ak sinema Ris lan lekol. Tre enteresan. M'ap sonje profese a k'ap eksplike ke Pouchkine te toujou ap vante souch afriken etyopyen li. Menm pami gran mizisyen klasik yo, gen yo di ki gen sang afriken. Beethoven sanble se te yon bon frize.

Lan Amerik latin, sitou lan Meksik mwen t'ap tande yon aktris ki eksplike yon kondisyon patolojik presk ke li genyen. Se pa pou di'w yon maladi grav men se yon problem jenetik akozke lan fanmi'l te gen yon paran ki te endiste pou yo marye antr yo-menm pou fanmi a ka gade couleur pal net.

Denyeman, yon fanmi t'ap eksplike'm ke sa te fet itou bor lakay, setadi lan vil kote'm fet e grandi. Lan Potoprens itou nou ka sipoze. Se danje konsanginite lan milye sectaire. Donk, sa pa etone ke nou gen yon haute bourgeoisie debil. Se nomal an bon fanmi hum! pou yo soude e pou yo manke konsyans sosyal. :-)

Nou pa we jan blan yo kolekole. Le w al verifye jeneyalojimoun desandan British yo menm, sa fe pay. On dire yo tout youn se kouzen lot.

Gen sa itou kote ki izole. An Ayiti, nou ka di nou se yon ras solid paske zanset Afriken yo te soti lan tribi ak teritwa divesifye. Sa bay yon popilasyon eterojen'. W kwe ke avantaj sa a ta la koz ke nou pa fin tro solidaire. ;-)

Tout sa mwen di la, se jis pesonel. Nou ka trouve m'ap ekzajere men se jis yon ti plezi m'ap pran sou zot.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  Sasaye Mar 24 Déc 2013 - 2:41

Rasism se yon maladi ki ekziste depi lontan. Li pwopaje lan relijyon kretyen too.
Si Jezi sôti lan Palestin li pa ta kapab gen fizyonomi ke legliz lan ba li: Cheve blon ak je ble.
Li ta dwe sanble ak Arafat.
Dapre lejann nan, Jozèf pa t papa l.
Li pa t lwen enfliyans Lafrik non plis.
Nou sonje koulè youn lan wa Maj yo?
 
Si w gade pôtre Simon Boliva, li sanble anpil ak Bwaye ki omwen te rekonèt milat se yon kwazman nwa ak blan.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  Joel Mar 24 Déc 2013 - 8:14

Menm POTRE lan TA BOLIVAR yo ,te ""BLANCHI"" te EWOPEYANIZE dapre anpil ISTORYEN ;sitou yon MOUN tankou GABRIEL GARCIA MARQUEZ ki pa lan voye monte.
Gen yon MOUVMAN ki ap pran FÒS lan tout AMERIK LATIN lan.Ansyen prezidan BREZIL lan CARDOSO di ke li gen san AFRIKEN lan VENN li tankou 80% BREZILYEN dapre sa l di.
Ou pa wè l an DOMINIKANI,Lavaj sèvo an te twò byen fèt
Lan peyi ki lan preskil IBERIK lan ;LESPAY ak PÒTIGAL ,Pa t gen fwontyè ant RAS jan peyi lan NÒ EWÒP yo te vin mete.

Lan KIBA te gen yon bagay ki te rele ""PAPELES DE BLANCO"".Lè PANYÒL yo te fè pitit ak ESKLAV yo ;yo peye yon TAKS e yo idantifye yo kòm "'BLAN"".
Se te yon bagay ki te rekonèt pa WA CHAL DESPAY lan premye mwatye 18yèm syèk lan pou mete LAJAN lan KÒF li.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  ainsi ne soit-il Mar 24 Déc 2013 - 11:26

Le moun ap fe rechech sosyolojik, se pare kor a'w pou pa endispoze devan la betiz imen'. Tankou w di, rasism te toujou ekziste avan yo vin enstrimantalize'l net pou piye lot pepl.

Souvan se pa rasism blan a ki konn fe moun pe men se le neg ap trete lot de tet grenn, ti zorey, nen plat, elatrye alos endividi sa yo gen dwa se moun ki pi abject. Pandan gen moun po kle k'ap defand eritaj neg yo w jwenn po fonse ki pa renmen tet yo menm le y'ap di yo byen.

Biko t'ap eksplike kouman lan peyi'l prop viktim apartheid konn ap konpare koule zongl yo, sa zongl pi roz pase pa lot.

Mwen di ke se byen pou demistifye mansonj istorik sa yo men an pratik la betiz imen' kontinye ap propaje vye stereotip.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  Joel Mar 24 Déc 2013 - 11:57

Se tankou lènmi ARISTID yo konn di ke li marye ak MILATRÈS.Mande yo kote menm yon fwa ke manmzèl te idantifye l kòm milatrès.
Se OZETAZINI manmzèl te fèt e se la li te grandi ;bagay sa a pa lan VOKABILÈ moun isit.
Sitou Foto MILDRED ARISTIDE lè l te jèn se ak yon ""AFRO"" lan tèt li.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  ainsi ne soit-il Mar 24 Déc 2013 - 12:10

Joel a écrit:Se tankou lènmi ARISTID yo konn di ke li marye ak MILATRÈS.Mande yo kote menm yon fwa ke manmzèl te idantifye l kòm milatrès.
Se OZETAZINI manmzèl te fèt e se la li te grandi ;bagay sa a pa lan VOKABILÈ moun isit.
Sitou Foto MILDRED ARISTIDE lè l te jèn se ak yon ""AFRO"" lan tèt li.

Ekzakteman. Mwen kon ap konstate ke Afro-Ameriken yo tre diferan. Anfen, pakou istorik yo pa toutafe parey.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI Empty Re: GABRIAL GARCIA MARQUEZ DI KE BOLIVAR TE GEN SAN AFRIKEN LAN VENN NI

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum