Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable Gamer ERAZER DEPUTY P60 – ...
Voir le deal
999.99 €

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

+2
travers
ainsi ne soit-il
6 participants

Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  ainsi ne soit-il Mar 28 Jan 2014 - 14:58

Nou pa menm ka di ke li se yon koloni Amerikèn pou ja yo trete nou tankou yon nich bèt lan lakou yo.

Yon nèg Ozetazini, yon lót lan Kanada pa antand yo sou zafè Lafrans. Mwen ta renmen konen pouki sa, nèg bezwen denigre Lafrans tout tan aloske menm si gen nou ki anti-Meriken nou pa fè'n yon devwa pou ap seye prouve ke yo an deklen ak tout sa k'ap piblye ki pa bèl flè pou Lafrans. Pou mwen se 2 pwen d'vi diferan de 2 endividi k'ap viv ni an Frans ni Ozetazini. Ayisyen ap trenen tout kalite stigmat kolonizasyon Sen-Domeng men mwen pa bije santi mwen vize lè nèg ap ekri ekri ''frankofou ou franseu'' pou denonse avèk tor tout moun ki manifeste yon sèten ratachman a kilti fransèz. Ayisyen blye ke men si se te jis mil parèy yo ki t'ap viv an Frans jodi a itou, yo dwe evite desand Lafrans an depi de sa ki te pase.

Han! sa fè 200 ane Ayiti on peyi. Mwen pa kontr neg k'ap reklame ranbousman dèt amè a non men fo ke nou sonje ke n`te rive peye'l parèy e ke tout rès gouvènman ilteryè yo te kontinye peye'l. Diskite koze lajan sa a se youn men nou fè tankou otrich ap foure tèt nou lan sabl komsi Ameriken se pa vrè lotè malè Ayiti jodi a. Jis paske nou se lakou faktori sèvo ak mendèv li. Tanbyen ke mal nou te rive administre peyi sa a e nou te gen tan bati enstitisyon nou yo. Ameriken ki te deja kanpe an kwa pou pa janm jwenn konkou lát gwo peyi depi landemen 1804 jiska jodi n'ap pale la, yo debake e yo ranmase tout dokiman ki te plis enpotan pou achiv nou yo ki trase kouman nou te rive kenbe peyi sa a jiska 1915. Yo lave Ayiti.

Pou mwen yon Yankee ak yon divalyeris se menm babay la, se pa moun yo ki wè progrè pou Ayiti.

Cela dit, mwen pa kontr kritik ke Lafrans pa nesesèman peyi ki plis demokratik. Detoutfason, priz La Bastille y'ap selebre a se jis yon rekiperasyon jès yon popilasyon ki te grangou e ki te mache pou al piye kazèn kote yo pomdetè te stoke an mas pou solda pandan ke yo t'ap mouri de faim. LOL Se pa yon blag non. Men pi seryezman, se konsa tout kote, yo fini pa rekipere tout mobilizasyon popilè. Se pou sa ke an Ayiti, popilasyion a pa t'dwe janm ap domi tankou nou konstate jodi a.

Il faut en finir le plus tôt possible avec le monstre à deux têtes kale Tèt Mato-Lamayót. Plis nou ret ap tand se plis gom la ap fin pran.

Etazini gen dwa pa ka bay dikta tankou avan lan peyi yo di emèjan yo, se pou sa menm l'ap tou trangle Ayiti.

On sèl bagay, mwen pa kwè yon Ayisyen ki sense ta vin ap voye Meriken monte amwenske w rele Roseau. Se konsa wi, yo touye manman a w e pi yo lofri w tete. Yo kraze w apre pou yo vin kanpe. Yuk! pa gen lontan la, tout sekouris lót peyi te denonse ke se tankou yon bouchri doktè Yankee yo t'ap opere lè yo te debake apre tranbleman de tè yo a. Hum!

Tout sa mwen konen, sa fè preske ekzakteman 100 ane ke yo kanpe pye fèm sou tèt Ayiti. Bat chyen tand mèt li... ou byen, pa tand mèt li, peyi Etazini sa a menase pou dezentegre de lenteryè tankou yon enplozyon. Tout peyi, tout eta, menm si yo ta soti lan yon federasyon, ap kontinye komèse. Tout sa ki retni peyi sa a ansanm ankor, se puisans militè federal la. Se pa jis yon menas pou lót peyi, se yon fó de disuasyon pou prop Etas yo: soit la force garante de l'Union.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  travers Mar 28 Jan 2014 - 16:45

bonjour ainsi ne soit il

je suis entierement dacord avec vous
votre raisonnement rejoind le mien,bien que je sois mal placer
pour parler de ca ,et que je n en soit pas responssable
c est la verite
merci study 
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Mer 29 Jan 2014 - 9:22

Travers,
je pourrais m'addresser à vous en CRÉOLE ,mais je pense que malgré que vous avez des années de participation sur ce FORUM ,vous ne maitrisez pas encore cette langue.
Je vais vous addresser dans votre langue maternelle ,le FRANÇAIS.
Vous ètes moins émotionnel sur ce sujet parce que certains sur ce site quand on aborde ce sujet ,ils s'engagent dans du ""name calling"".
J'use cette expression parce que j'ai vu cette expression usée sur les sites des journaux français.
Bon je pourrais user des pages et des pages pour défendre ma position sur la langue et la culture française.

J'avais suivi un débat sur la langue française et son utilisation dans le journal français LE MONDE.J'avais vu que des professeurs recommandaient que l'ANGLAIS devrait ètre enseigner dès les CLASSES MATERNELLES en FRANCE .
L'argument était que le FRANÇAIS MOYEN devrait parler l'ANGLAIS pour fonctionner dans le CONTINENT EUROPÉEN.

C'est un argument que l'on ne peut pas faire en HAITI ou en se ferait accuser d'ètre pro YANKEE ou anti LANGUE FRANÇAISE.

TRAVERS;
Vous ètes FRANÇAIS ;comment vous sentiriez vous si quelqu'un vous disait que vous deviez apprendre l'ANGLAIS pour aller à l'école?
Les classes se feront en ANGLAIS ;vous devez apprendre l'ANGLAIS pour attendre les COURS car cette langue est la langue prédominante en EUROPE.
Vous vous éstomaqueriez pour user une expression créolisante mais c'est ce que nos enfants en HAITI endurent.

TRAVERS;
Je suis contre tous les impérialismes:ECONOMIQUE ou CULTUREL!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  travers Mer 29 Jan 2014 - 10:33

ainsi ne soit il
je prendrais les armes,ou le maquis
comme le canada 12 pour cent des canadiens sont anglophonnes et le reste c est des francais
et ses 12 pout cent monopolisent le pays non mais c est quoi ca
je suis aller la bas tout est ecrit en anglais,mais les canadiens savent qu on les aime ansi que les indiens et maintenant les americains s y metent car ils considerent ce pays comme haiti (_du menu fretain)
eux n ont pas le creole mais la parlure et pour moi c est pareil
et ne croyez pas que les amelocs aiment les canadiens,non ils les convoitent comme vous
l ile de -(devon) ils se la sont apropriee aucun canadien n a le droit d y poser les pieds(car ancienement TULEE) donc du ble a faire
alors dites moi pourquoi beaucoup d americains revent de vivre en france ,ils nous prenent pour un village,que nous elevont bien nos enfants et que la vie est douce
la nounou des enfants de obama est francaise,tous ses cuisiniers sont francais
(
ce n est pas un char d assaut comme MERKELne lui dites pas ,j ai un faible pour michelle elle a beaucoups de classe)
bon tout ca pour dire que l anglais pour moi c est du chinois
je ne les aimes pas beaucoups et je refuse de lire de l anglais
merci ainsi ne soit il study 
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Rico Mer 29 Jan 2014 - 11:43

Travers mwen vle kontinye pale kreyol, pwofite pou konprann lang zansèt yo.

Tout pale anpil, monte obarikad kont lang Franse ak pèp Franse se boulshit pou ti boujwa entelektyèl nan leta Masachuset.

Se kote itilizasyon lang Franse  se yon klas moun apa. tulututu chapo pwentu.

E se chwa ke nèg nwa, blan, latino e latriye, kite ti nèg lakay kap di sayo vle, jan yo vle. Sivilizasyon fransèz, tankou brtitanik malgré pase kolonyal yo make le mond.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Mer 29 Jan 2014 - 12:23

E BRITANIK yo e FRANSE yo te mèt mete SIVILIZASYON yo an ,lan yon PIP e FIMEN L.
Te gen SIVLIZASYON ki te ekziste anvan FRANSE yo ak BRITANIK yo te enpoze yo.

Lan 16zyèm syèk ,LEND ak la CHINE te gen 50 pou san PNB MONDYALlan.
An 1820 ,anvan REVOLISYON ENDISTRIYÈL lan te layite l ;la CHINE te gen plis ke 20 % PIB mondyal lan.

Angle te gen yon fason diferan pou yo te wè zafè LANG lan tou.Lè ANGLE yo te konn voye gwo fonksyonè lan KOLONI yo;yo te gen tandans ale OXFORD ou byen CAMBRIDGE pou yo anboche MOUN ki konn pale LANG kote yo prale an.
Yo te teni ke yon GOUVÈNÈ END se te pou yo konn pale ""HINDI"";konpare ak ZÒT

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Alves Mer 29 Jan 2014 - 19:39

An tou ka se nan sivilizasyon yo ou chwazi pou viv, ou pa konsekan a tèt ou, se an Chine ou aux Indes pou tap viv si'w te vreman kwè nan sa wap preche ya.

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Sasaye Mer 29 Jan 2014 - 20:12


Kisa wap di konsa?
eske w panse anvan w pale?

Mwen viv 6 mwa lan Kanada e 6 mwa an Chinn.
Kijan pou m ta panse?

Eske ou se makout paske wap viv ann Ayiti?

Yon nèg fèt pou l konsekan ak tèt li kelkeswa kote la p viv.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Alves Jeu 30 Jan 2014 - 6:34

Eske Sasaye se Joel?

Alves
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 111
Localisation : Port-au-Prince
Opinion politique : Neutre
Loisirs : football
Date d'inscription : 04/01/2014

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Sasaye Jeu 30 Jan 2014 - 9:06

Alo Alvès,

Byenvini lan FowômAyiti.
Jowèl avèk mwen, nou se 2 patriyôt ayisyen ki ap etidye sitiyasion ak eta nou tout kontribye pou mete Ayiti.
Nou toulede ap reflechi pou konprann kisa movèz gouvènans ak movèz fwa fè pou dejenere peyi nou an.

Sepandan, nou pa menm moun nan.
Ou kapab wè diferans pèsonalite yo si w ale lan achiv Fowôm lan kote apepre 10 mil entèvansyon fèt ant nou de.

Patisipasyon lan FowômAyiti pasyonan paske yon nèg kapab aprann sak ap pase avèk reyaksyon diferan.

Sak pi enpôtan se respè pou chak patisipan, respè pou nasyon ayisyèn ak sa ki bon lan peyi an. Men se pou n rekonèt sak pa bon lan mantalite ak edikasyon nou ki mete nou anreta lan wout devopman nou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Jeu 30 Jan 2014 - 10:49

Alves a écrit:An tou ka se nan sivilizasyon yo ou chwazi pou viv, ou pa konsekan a tèt ou, se an Chine ou aux Indes pou tap viv si'w te vreman kwè nan sa wap preche ya.


ALVES;
Se jwèt timoun w ap fè la a.Ou konnen ki lès ki te pi gwo KRITIK CIA lan lanne 1950s yo?
Se te prezidan TRUMAN.Lè mesye DULLES yo kòmanse ap itilize CIA pou jete gouvènman ?
Apre misye wè ke CIA ranvèse  premye minis IRANYEN an MOHAMMED MOSSADEGH ,ak prezidan GUATEMALA a JACOBO ARBENZ;TRUMAN deklare ke si l te konnen ke CIA t ap tounen yon òganizasyon GANSTÈ (THUGS) li pa t ap jan siyen LWA pou mete òganizasyon sa a sou pye.

Se diferans sa a ke w ka ba ETAZINI ak lòt peyi ;pi gwo KRITIK gouvènman AMERIKEN an ,se AMERIKEN DE SOUCH ,moun ki genyen 4,5,6 JENERASYON ou plis depi FANMI yo OZETAZINI.
Ou gen yon NÈG tankou NOAM CHOMSKY ki fè VI l ap kritike POLITIK ETRANJÈ KRAZE ZO AMERIKEN.Misye gen 84 an.
Se CHOMSKY ki te di ke se CIA ki te fòme FRAPH ,anvan tout MOUN, e pouki sa CIA te fòme FRAPH.
Mwen pa kwè ke gen moun ki pi PATRIYÒT ke NOAM CHOMSKY ,lè gouvènman AMERIKEN an ap fè bagay ke li pa dakò ,misye kanpe pou l fè rès AMERIKEN yo konn sa.  

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Dim 9 Fév 2014 - 21:06

Mesyedam ;si nou kapab tande EMISYON ""VOIX ET VERITES "" sou RADIO SOLEIL NEW YORK sou bagay FRANCAFRIQUE sa a.

RIKO te fè EMISYON sa a DIMANCH a 1è;li reprann li a 8è di swa.
Li repete EMISYON sa a le JEDI a 8è di swa.

Misye di se yon DOKIMAN EKSPLOZIF ;misye gen rezon .Se ann ANGLE li pibliye ;men misye di li jwenn men li pa bay adrès li.

Sanble tou AL JAZEERA AMERICA te fè yon RAPÒ ESPESYAL  sou RAPÒ sa a ;men mwen poko jwenn li.

Si sa mwen tande RICO DUPUY di yo se vre ;yon MOUN ki ap pale de ""FRANCOPHONIE"" yo te dwe akize yo de ""HAUTE TRAHISON""

Si m ta di sa mwen tande RIKO DUPUY di sou RAPÒ an ;RIKO KANADA ta rele ""FOLI"".
RIKO di li li sou RAPÒ an ke ansyen koloni FRANSE yo te gen 2 CHWA ;ou swa ou te ""play ball"" ou byen w ap MOURI SASINEN ou byen y ap ranvèse w.

Tande RIKO JEDI sou:


http://tunein.com/radio/Radio-Soleil-s1536/

Mwen ta renmen wè ou byen tande DOKIMAN an ;men sanble se yon APÈSI:

www.borgenmagazine.com/francafrique-france-shaped-african-politics-post-colonial-era

RIKO di ke anvan ke ansyen koloni FRANSE yo pran endepandans yo;la FRANCE fè yo siyen yon DOKIMAN ke se FRANSE ki pou rete LANG NASYONAL yo e se FRANSE ki pou LANG EDIKASYON.
Franchman ,mwen pa t konn sa!

Pinga MOUN vin joure ;jis tande RIKO DUPUY ,JEDI ki ap rive an ;nou pa p kwè ZÒRÈY nou!

61 % des COUPS D'ETAT EN AFRIQUE ONT PRIS PART DANS LES ANCIENNES COLONIES FRANÇAISES!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Lun 10 Fév 2014 - 6:42

C'est pire que l'on pense.
La vérité affranchira.Laissez parler les français eux-mèmes.
La FRANCE ,la pire des puissances coloniales et impérialistes?


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  ainsi ne soit-il Lun 10 Fév 2014 - 11:54

En vrac. Nou prese.

Se te yon reyèl aza ki fè mwen te tonbe sou Radyo Solèy 'yè pandan emisyon sa a t'ap pase. Sa te fè plis ke 2 ane mwen pa t' koute Radyo Solèy. Emisyon a te bon wi men sa mwen remake sè ke speaker a t'ap li yon dokiman olye ke se yon sijè ke li metrize. Mwen te kanpe paske se pa yon sijè ki pa etranje pou mwen e ke mwen pa t' tande entèvansyon. An reyalite, pa gen yon ansyen kolonizatè ki jan'm retire kor yo san kondisyon. Lè w byen gade li pa t' kestyon ke peyi Afriken yo afranchi de sistèm kapitalis. Sitou lan peryód endepandans la. E pi, à plus forte raison, Lafrans jiska jodi a a viv sou do peyi Afriken yo. Afriken sa yo paka menm met lód lan zafè yo. Chak fwa yon peyi an kriz se Lame Fransèz yo rele, chak fwa gen yon konbin k'ap pase sou do popilasyon yo, se Lafrans yo mele. Atansyon wi, se pa anvayi non Lafrans anvayi yo, e pi pa di'm ke se Lafrans ki okestre kriz lan peyi Mali, Repibik Centrafrik. Pou rès koze yo, gen yon bagay mwen deja ekri ke nou pa rekonèt; tout peyi sa yo fonksyone ak lój, tout afilye a franmasonri an Frans. Tout rele Lafrans gran frè.

Zafè Lafrans tchenbe resèv yo a pa fin klè, se pa sa ki anpeche avansman popilasyon yo. Mwen pa kwè ke se kouto Lafrans te met sou gój yo pou aksepte kondisyon sa yo. Lè w byen gade, an Afrik di Sid, De Klerk asire'l ke blan yo kontinye ap kontrole ekonomi yo. Si w vle siplante kolonizatè ak settlers yo tou d'bon se fóme ekonomis, jestyonè, bon teknokrat, se travay pou eradike koripsyon, se chanjman mantalite pou pa pran peyi a w an chaj.

Si w fin lage tout richès lan main volè e ke jodi a, e ke se plenmyen w'ap plenyen, se plèniche, w fenk kare. Sa mwen renmen se lè prop dirijan peyi sa yo ap plenyen pou tronpe popilasyon yo. Se pou sa mwen pa anbale lè moun ap monte chwal enperyalis la a outrans e pi y'ap mache main dans la main ak white liberals. Biko t'ap denonse sa.

Yon senpl kestyon: eske nou si ke se Lafrans sèl ki aji konsa? Ameriken te ranmase tout trezó w, tout dokiman, tout rezèv, e pi yo kite w ak yon sistèm egou menm rat pa renmen. (lol)

On sèl bagay, mwen admèt ke si Afriken deside lage Lafrans, Lafrans kaba. Men nou lwen dat pou nou ta wè sa. An fèt, mwen t"ap tande itou ke gen pact antr yo pou Lafrans rete leur grand protecteur... Kantite kou d'Eta, kantite gè tribal, kantite divizyon Lame Fransèz kontinye fè pete. Paske yo envite'l, yo mande'l pou l'retre. E li pa t' janm gen entansyon ale. Afriken yo se yon band koronpi.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Lun 10 Fév 2014 - 12:30

San nou pa bezwen lan ale vini ;si w te tande RIKO ki t ap li DOKIMAN an ;mwen kwè se ann ANGLE li ye e misye te tradwi l an KREYÒL.
RIKO DUPUY se yon EKONOMIS ;misye te fè yon long peryòd li t ap travay lan PLANNING pou vil NEW YORK lan.

Si w te tande ;e mwen byen kontan ou te tande ;paske gen anpil bagay misye te di ,ki pa fasil pou eksplike ,si w pa t tande.

RIKO di ke la FRANS fè PEYI yo peye yon ""INDEMNITE"" anvan pou li ba yo ENDEPANDANS;mwen pa kwè ANGLE yo te fè sa lè yo te kite ou bay ansyen KOLONI yo ENDEPANDANS.

RIKO di tou ke la FRANS fè ansyen KOLONI yo siyen yon DEKLARASYON pou ke se FRANSE ki LANG EDIKASYON e pou yo vin MANM ""FRANCOPHONIE"".
Sou zafè LAJAN an ;misye di ke la FRANS enpoze FRAN an bay ansyen koloni sa yo ;bagay ki pou bay EKONOMI yo an yon KLEKOU ke sèl la FRANS kapab desere.

Tout rezèv ansyen koloni yo ;la FRANS EKZIJE ke se lan BANK an FRANS pou yo depoze yo .
Se yon zafè ki monte a 500 MILYA DOLA konsa ki ka pwovoke yon ekroulman la FRANS si peyi sa yo ta retire LAJAN sa yo.

Riko te eksplike ke la FRANS fè yo siyen de KONTRA ke se lan men yo sèlman pou ANSYEN KOLONI yo achte ZAM.
Jan ZO an te mare la a ,jan RIKO te eksplike l ;jan w wè peyi AFRIKEN yo ye la a ;se MIRAK pou yo ta diferan de jan yo te ye an ou yo ye an.

E la FRANS pa t pran priyè .Depi w t ap fè WÒKLÒ ,se ou byen ou te mouri SASINEN ,ou byen ou te pran KOUDETA

RIKO te site prezidan MITTERAND ki di ke jan EKONOMI FRANSE an ye ;si la FRANS pa kontwole ansyen KOLONI li yo ;l ap vin yon peyi ak yon EKONOMI TYÈ MONN ,mwen kwè ke JAK CHIRAC te fè yon deklarasyon kon sa tou.

Apre w fin tande EKSPOZE RIKO an ;ou gen dwa wè ke se preske enposib ke la FRANS ta ka kite zafè 20 MILYA ARISTID lan pran CHÈ.
Se te yon bagay ki te vin trè danjere pou la FRANS ;si AMERIKEN yo pa t aji ,la FRANS t ap aji pou kont li pou ranvèse ARISTID.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  ainsi ne soit-il Lun 10 Fév 2014 - 13:59

W di ke Lafrans t'ap aji pou kont li san aval Ameriken. Mwen di non, Lafrans pa ka fè kou d'Eta an Ayiti san Etazini menm si li fin enstrimantalize yon band nèg lan peyi. Se paske Ameriken pa renmen w e ke se menm kout fwèt la yo te remèt apre 1804. Se pa lage chaj la sou Lafrans. Etazini te bije konpoze ak endepandans Ayiti a lan je wont je e pi Lafrans te fóse ap likide koloni Amerikèn li yo. Menm jan w deranje Lafrans ak reklamasyon dèt la se menm jan w deranje Ameriken ak afranchisman nèg de esklavaj la. Blan nou wè la a, se bèt ki pa lan rans non ak lajan, depi w vle fè'l pè l'ap aneyanti w wi. Sitou lan epók n'ap viv la.

Mwen konprand ke gen sijè nèg pa vle abóde paske vanjans Ayiti pa lan main'l men yo frape Ayiti for wi, mezanmi. Hum!

Mwen konprand sa k'ap pase an Afrik ase byen. Mwen pa lan ale vini non pli e mwen pa lan demanti. Sa k'ap suiv va tou profite pran nót men mwen espere ke yo gade yon sètèn objektivite sou kestyon Lafrik la si nèg yo pa t' janm veyatif. (lol)

Ou byen Aristid pa't enfóme ou byen li te fè move kalkil dans le cas contraire, ou byen itou li te lan demagoji popilis lè li te pran tèt band la san pèson ki t'ap suiv li pou al reklame lajan sa a konsa. Se pa pou an-yen yo te pimpe li lan Santrafik ak revandikasyon sila. Fo ke mwen di'n ke mwen pa't janm chofe pou kestyon sa a. E si nèg ap suiv mwen pa janm apiye konfrontasyon piblik ou dirèk sa yo. Nou tro orijinal. Zót ap toujou gade pou sa yo ki pi cho devan band la.

Mwen pa di ke reklamasyon a pa lejitim non, mwen jis di ke Ayisyen pa ase fen lan politik. E pi nou pa konsyan de limit nou. E byen nou toujou vle pou yo trete nou kom yon gran peyi donk yo bije fè atansyon a nou. Lè w kanpe w di je veux et je peux, yo teste pou yo wè fós a w. (lol) Moun Clinton sa yo woule Aristide.

Lè n'ap gade jan sa tounen la, tankou Fanm ak moustach Hillary te di ''Preval is a friend''. Tout nèg ap pran la kominyon san konfese... lan main dyabl la. Sof Sweet Mickey ki kontinye ap fè job stooler li ya. Li te eksplike kouman li te deside retounen al lan biznis mizik an Ayiti. E byen yo te pran bon nót ke misye ka itil. Kilti divalyeris la se te toujou vand ansyen zanmi, vwazen, inosan. Koulye a l'ap chye sou tèt tou dyèlè Aysyen tout pseudo-entèlektyèl politisyen yo ak nouvo grad machand peyi li ya.


Dernière édition par ainsi ne soit-il le Lun 10 Fév 2014 - 14:33, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Lun 10 Fév 2014 - 14:31

Enperyalis SINIK.Yo pa lan konsiderasyon.
Yon NÈG mwen pa t vle wè e ki gen yon move repitasyon lan MILYE NASYONALIS PANAFRIKANIS yo se defen LEOPOLD SEDAR SENGHOR.
Men mwen kòmanse rekonsidere ;byen ke l pa t dwe rive lan pwen SOUSOU FRANSE li te ye an ;men mwen konkli a tò ou a rezon si l pa t vle ""play ball"" ak FRANSE ;se ou swa FRANSE yo t ap touye l ,ou swa yo t ap ranvèse l.

Kanta ARISTID ,tout bagay relatif ;pouki sa milye pro-FRANSE yo te fann lan dengonn li;anpil ladan yo sa gen pou revele (pa gen SEKRÈ ankò) se pou ENTELIJANS FRANSE yo t ap travay.

Mwen kòmanse sispèk ,pozisyon anti-kreyòl ,ke MATELI pran an.
Byen ke se pou m di l ;se yon kesyon an lè m ap poze;eske FRANSE yo pa t wè yon ti danje pou FRANSE an ,ak ARISTID?

Lan DOKIMAN ki ap sikile ,nou vin wè ki ENPÒTANS FRANSE yo akòde a LANG FRANSE ,dapre yo se yon fason primòdyal pou yo kenbe enfliyans yo.

Lan SENEGAL ,lè SHEIK ANTA DIOP te di pou WOLÒF vin lang EDIKASYON lan SENEGAL .SENGHOR te mete l lan ""REZIDANS SIVEYE"".
Kounye an ,nou wè pouki sa.

Pou fini ,lè yon vye RAT tankou TONTONGI TOUSSAINT di ke DANY LAFERRIÈRE lan AKADEMI FRANSE an se yon move bagay pou AYITI ;eske misye gen rezon?
Yo pa ka di ke TONTONGI rayi la FRANS ,paske misye pase anpil tan an FRANS:

www.alterpresse.org/spip.php?article15940#UvkjvPldU0M

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  ainsi ne soit-il Lun 10 Fév 2014 - 14:59

Se drol, mwen panko tande Sweet Mickey bay Dany les grands honneurs. Amwenske mwen manke si sa te rive.

Dany gen dwa fè chemen'l. Mwen ka di bravo men sa pa vle di ke mwen pa gen opinyon politik pa'm. Dany pa t' al kanpe fè wè tèt li non lè yo te nome Michaelle Jean GG Canada. Sèlman misye pa't manke fèmen bouch Kebekwa ki t'ap atake Michaelle Jean yo. Se sa ki bon lan peyi demokratik: respekte chwa moun, pa prese kritike avan ke wè yon moun à l'oeuvre. Se plis literati ak kilti ki enterese Donk, misye gen dwa antand li ak moun ki pataje gou a li.

Dènyèman, mwen te wè Luc Mervil ak Dany pou okazyon eleksyon misye lan Akademi franse a. Luc Mervil se yon zanmi Michaelle Jean. Men eske nou konen ke misye te dekline envitasyon Michaelle Jean jou enstalasyon manmzèl paske Luc li-menm se yon souverainiste? Sa pa anpeche ke yo vin pi bon zanmi ankor.

Si mwen gen koze pa'm mwen ka regle ak blan a mwen pa ka al lan konfrontasyon ak li sou nom rès Ayisyen yo. E pi mwen pa jan`m tronpe'm lan kestyon serye sa yo. Mwen se yon nèg pridan lan vi sa a pou pa di mefyan. Mwen mefye'm plis de yon band nèg ke de blan a. Owen, mwen pa atand mwen a an-yen de blan apa vyolans sou tout fóm. Mwen pa lan manje lajan Chango, mwen. (lol)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Joel Mar 11 Fév 2014 - 15:09

Swit MIKY poko bay DANY ""les grands honneurs"" men mwen kwè ke MINIS KILTI an te sòti yon proklamasyon pou salye nominasyon DANY an.

Nou gen dwa pa dakò men mwen konsidere EDWIDGE DANTICAT tankou yon byen meyè EKRIVEN ke DANY.
Tout bagay relatif ;depi mwen bezwen li LIV DANTICAT yo si mwen pa achte yo mwen gen dwa ale lan BIBLIYOTÈK ki pre LAKAY mwen an e gen de fwa si yo poko gen LIV MANMZÈL lan ,y ap di w ki lè pou vin pran li.

San BLIYE ke yo te NONMEN DANTICAT kòm youn lan 20 MEYÈ JÈN EKRIVEN lan LANG ANGLE an ;san pa bliye ke yo te ba li sa yo rele ""MAC ARTHUR GENIUS PRIZE""

Mwen pa konnen ;mwen pa konnen si se yon ZAFÈ LANG ;paske DANTICAT ekri ann ANGLE ;byen ke tou anpil LIV li yo tradwi an FRANSE.

Mwen di tou sa ,paske mwen pa janm tande yo bat BRAVO pou EDWIDGE DANTICAT ,menm jan yo BAT BRAVO pou LAFERRIÈRE.

Men tou se la FRANS ki rekonèt LAFERRIÈRE alòs ke DANTICAT se yon AYISYEN-AMERIKEN e mwen kwè ke MANMZÈL mete plis ANFAZ sou AYISYEN an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  ainsi ne soit-il Mer 12 Fév 2014 - 14:56

Mwen pa ka prononse'm sou sa. Chak gen lektora yo. M'ap raple lan kwaze fè sou promosyon Dany a mwen te byen ekprime avan tou ke Dany pa otomatikman pi gran ekriven Ayisyen. Yon moun pa bezwen pi gran ekriven pou al chita lan Akademi a. Se lanmou pou lang la ak kontribisyon w ka pote. Dayè, Akademi a gen yon pèsonèl an plas ki pa prese admet yon mamouth ki pwal pran tout plas la. Victor Hugo ki se yon moniman, Voltaire, tout nèg sa yo te pran refi yon dizèn de fwa avan yo te antre.

Mwen konen ke Edwidge se yon fós men m'pa ka di ke manmzèl plis mete anfaz sou AYISYEN a paske menm lè se yon istwa totalman envante w ka rekonèt ke enspirasyon Dany se AYSYèNTE'l. Livr Dany yo disponibl lan bibliyotèk bor isit, livr Edwidge yo itou. E si w pa ta jwen yo lan bibliyotèk la, w ka mande yo'l, ou byen yo pa prete'l pou w lan yon lót bibliyotèk ou byen yo ka komande'l gratis ti chérie.

Editè Dany se avan tou yon Kebekwa ansuit yon lót an Frans ke mwen pa raple'm. W deja gen repons la, Edwidge se yon Ayisyano-Amerikèn ki grandi an Angle. Non sèlman kritik yo ditiranbik osijè manmzèl e pi li ka jwenn yon lektora ki bokou pi vast ke Dany. Lan sans sa a, manmzèl gen yon avantaj sou Dany. Sa depan itou de kilti chak moun yo. Yo tou 2 gen dwa se Ayisyen men se pa menm estil, se pa menm laj, se pa toutafè menm eksperyans imigrasyon a, se pa menm pepsi-kologi (lol). Men nèg Dany sa a tèlman entèlijan; pa blye ke misye se rezidan Miami itou, w pa janm konen, misye ka frape yon gran kou Ozetazini si li vize sa.

An pasan, Kanadyen yo konn Edwidge Danticat. Dayè se lan media Kanadyen ke nou tande pale de manzèl. Dizon pou moun k'ap suiv aktyalite literè. M'ap fè yon ti parantèz. Mwen-menm, mwen pa gny problèmn ak kote moun yo ap viv non, mwen senpleman apresye lè se yon nouvèl k'ap fè konen ke Ayiti pa imaj lèd ke televizyon renmen montre yo. Nou bezwen tout moun yo. Nou pa eksepsyon, resótisan tout lót peyi ap resevwa jan de onè entènasyonal sa yo. Poukwa pa Ayisyen? Nou pa ka ramne tout reyisit pèsonèl sa yo sou planche politik menm si sa fè pati de jwèt la itou pafwa.

Tande non. Mwen pa fin sur ke nou ka wè Dany devan Sweet Mickey byento. N'ap viv yon lót epók se vre men se chape Dany te chape avan yo te manje'l wi sou Divalye apre yo te asasine Gasner Raymond ki te kamarad jounalis li. Depi m'ap suiv Dany, li toujou fè enpresyon on nèg senpl ki gen imilite men, an mèm tan, misye se yon nèg ki fyè osi. Mwen doute ke Dany gen senpati pou band Divalyeris ki an plas an Ayiti jodi a. Sweet Mickey ka byen konen pou li pa adrese Dany dirèkteman. Se pa paske Dany se akademisyen ni ke li vle pou Ayisyen byen aprand franse ke se yon afinite antr li-menm ak Sweet Mickey non.

Pou konkli aswè a, mezanmi, nou bezwen tout moun yo. Si Ayiti te pi avanse, plis moun, plis jèn moun ta gen mwayen prokire yo zèv mesye dam yo ak lót ekriven etranje pou anrichi lespri yo. Bor isit, lè nou gade, mwen pa kwè ke moun k'ap konsome prodiksyon lespri, prodiksyon kiltirèl sa yo lan regadan sitou lè se yon Ameriken ou Kanadyen ou Franse. Rèv tout ekriven se pou l'gen anpil moun k'ap li'l san diskriminasyon de peyi. Pa blye yon pawól ki di: "Nul n'est prophète en son pays." Se pou moun tout kote. La preuve est là. Se jis Ayisyen mwen tande k'ap denigre Dany, pour les mauvaises raisons, k'ap prete misye mèm des intentions.

Se menm bagay la ki rive lan politik, lè reyaksyonè ak nèg sót nou yo fin rejte prop pitit peyi a, etranje wè valè'l e pi yo leve'l.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine? Empty Re: Ayiti n'est pas une colonie française. Américaine?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum