Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Deklarasyon KOMOKODA sou moman istorik peyi nou ap viv jodi a

Aller en bas

Deklarasyon KOMOKODA sou moman istorik peyi nou ap viv jodi a Empty Deklarasyon KOMOKODA sou moman istorik peyi nou ap viv jodi a

Message  jafrikayiti Mer 4 Nov 2015 - 19:18


Komite Mobilizasyon kont Diktati an Ayiti (KOMOKODA)
1685 Nostrand Ave.
Brooklyn, NY 11226

347-730-3620; 718-440-6892
komokodanyc@gmail.com

 

Lendi 2 novanm 2015

Deklarasyon KOMOKODA sou moman istorik peyi nou ap viv jodi a

Depi plis pase 1 an KOMOKODA ap pale nan radyo, distribiye trak, fè manifestasyon pou fè sa k pa t konnen konnen epi sa k konnen deja sonje Michel "Sweet Miki" Martelly se yon ti krakè an pantalèt ki pa gen okenn lejitimite kòm Prezidan peyi nou. Ak tout l ap pran pòz lwijanboje li, li se yon ti maryonèt lènmi peyi nou yo bay lisans pou koupe rache pandan yomenm y ap piye dechèpiye. Nou pa vle pèsonn bliye manda popilè entènasyonal la te vle fè konprann Mateli te jwenn nan eleksyon 2010 la pa t plis pase 700,000 vòt nan yon peyi 12 milyon moun selon pwòp chif lawon yo.

Pandan 3 zan Martelly te refize fè eleksyon nan peyi a pou yon rezon ki senp. Li te gen yon palman anfas li ki te gen kèk moun ladan l ki te deside jwe wòl konstitisyon peyi a ba yo pou patisipe kòmsadwa nan pwosesis elektoral la. Imedyatman Martelly fin kraze palman peyi a li rantre nan yon lojik "eleksyon tèt dwat" paske lè se a se limenm pou kont li k ap deside epi k ap aplike. Komedi 9 out 2015 la ak maskarad 25 oktòb 2015 la montre tout moun se moun ki te toujou di yo pa prale nan eleksyon ak Martelly yo se yo k te gen rezon. Arestasyon depite an fonksyon; Asosyasyon asasen kidnapè kadejakè malfektè; Koripsyon alawonnbadè; Sasinay jij; 5 "E" aloral; dekrè pou vòlè tè peyizan pa bagay ki pou ta enspire pèp Ayisyen an fè Martelly ak akolit li yon konfyans nan anyen.

KOMOKODA pran responsabilite li devan listwa pou nou anonse nou rejte davans tout rezilta ti komik Meriken, Martelly, ak Opont ap pare kò yo pou vin anonse bay nanchon an.

Nou mande:

-pou MINISTA rache manyòk li bay tè a blanch

-pou Martelly ak tout akolit li yo bay pouvwa a blanch

-pou tout pati politik yo, tout òganizasyon peyizan, travayè, sosyete sivil la, tout ounfò, tout legliz, tout Ayisyen anndan kou deyò peyi a ranmase responsabilite nou nan kalfou istorik peyi Papa Desalin nan twouve l jodi a.

Se Ayisyen ki patriyòt epi ki kredib ki pou jere zafè peyi nou epi se Ayisyen ki patriyòt epi ki kredib ki ka fè eleksyon nan peyi a ak mwayen peyi a.


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum