Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Coffret dresseur d’élite ETB ...
Voir le deal
56.90 €

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

4 participants

Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Mawon Rcfranc Ven 15 Juin 2007 - 11:40

Men ni wi, se sans Malice ki gen rezon. Lan yon peyi kote menm dlo potab, yon popilasyon pa kap jwen ase, epwi yon gouvènman se machinn l-ap achte pa "parlè mantèr". Kòb, t-ap plis itil peyi-a, si yo te ogmante distribisyon dlo a, lan zòn sa.

Fè yon kout zye sou atik sa:

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil.

Environ 400 000 personnes se partagent 53 points d'eau dans le grand bidonville de Port-au-Prince, en Haïti. Un coupe-gorge ignoré par l'Etat, où règne une misère insondable.

Suite de l'article:
http://www.lemonde.fr/web/article/0,1-0@2-3222,36-923953,0.html?xtor=RSS-3210
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Rodlam Sans Malice Ven 15 Juin 2007 - 16:22

"Avant nous pouvions rester deux ou trois mois sans eau.Des gens sont morts en allant chercher de l'eau"

Est-ce de ce lieu qu'on veuille que nos jeunes gens soient fiers ?Se pa sove selman mwen ta sove .Se chenn pou ya ta mete nan pye m pou yo ta fè m tounnen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  revelation Ven 15 Juin 2007 - 16:46

Le mond konpoze de 3/4 dlo e 1/4 tè. e Ayiti se yon zile ki antoure avek dlo lanme.

Gen teknoloji ki montre ke yo kap fe dlo salè a tounin dlo dous.

Si nou reisi fe travay sa, dlo konbinezon sa nou te ka pab sevi avek li pou:
Rouze jadin, e erigazyon agrikilti.
Fe lesiv, binnyen, e floshe toilet.

Bon dlo te ka sevi pou bouwe, fe manje, fe bwasson gazez, ji e sevi nan medikaman.

Anpil lot peyi nan South Arabie e lot kote fe li. Petet ke se yon teknoloji ki koute chè.
Lot moun ki save kap eklere nou e bay opinyon yo sou sa.

Si govenman pakab mete yon tiyo dlo nan chak kay, o mwen yo kap mete yon fontenn dlo avek douch pou moun bayen nan chak katye.
Konsa moun pap bezwen mache byen lonyen pou al chache dlo.
Chak katye tap gere prop fonten dlo yo e chaje rezidan katye yo yon ti lajan ki pemet entretyen e modernize fontenn yo.

Si chak kay pakab gen yon tyo, o mwen chak katye kab gen yon fonten dlo
Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Rodlam Sans Malice Ven 15 Juin 2007 - 19:41

Wap pale de teknoloji ki ka fè dlo lan mè tounnen dlo dous bagay ki ekziste depi lontan koulyè ya genyen teknoloji ki pran idrojenn nan lèr epi li fè li tounnen dlo,nanpren zafè pote dlo pou moun anko lè syklonn pase se enstale machinn sayo epi kote syklonn lan pase tout moun vinn pran dlo..Men lè yap pale w jan yo se save yo pa kanmarad ti solda san onè wa ba yo chaj ke yo pa ka pote (lol).Yo panko menm konn jan pou yo kapte dlo la pli pou yo konserve li e distribye l.Yon paket fucking bullshiter kap preche nan royom aveg epi yo konprann tout moun ka pran nan bullshit tou tan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Thunder Dim 17 Juin 2007 - 13:18

Mesye yo,

Nou nan konfizyon, teknoloji n'ap pale yo se lè pa genyen dlo, lè genyen sechrès. Se pa dlo-a ki pa genyen se movèz fwa gvt. yo ak milisyen ki dèyè genyen kontwòl dlo-a, ki fè ke dlo-a pa ka rive jwenn malerèz yo.

Site Simòn te kreye ak tout enfrakstikti +/- akseptab pou yon ti vil. Se Politisyen san vègònn ki pa antreteni enfrakstikti sa yo, otosantrik ak megalomann yo ki konprann si se pa yo ki pou fè'l, li pa dwe fèt. Ak yon sipopilasyon ekzajere ki pèmèt wou tande genyen tout pwoblèm sa yo nan Site-a.

Jan'w tande Site sa-a pòv-la, se li ki reprezante kapital mafya-a nan peyi-a. Wou paka fè anyen san ke wou pa peye "tax" bay yon ti gwoup ame jis nan dan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Rodlam Sans Malice Dim 17 Juin 2007 - 16:49

Men eske enfrakstikti ki te bati nan ane 60 pou ti popilatyon ki te rete nan site ya ka sipote popilatyon de 300000 moun ki genyen jodya/Se sak pase anpil ayisyen ki di w se jodya bagay yo vinn red konsa pase yo pa konprann ke kantite moun ki te nan Port-au-prince nan ane 60 yo popilatyon sa 4 fwa plis jodya. avek peyisan ki ap rantre nan kapital la.

ou tande genyen yon ministè planifikatyon men ou pa tande ki pwojectyon yo fè pou ogmante servis ak byen ki pou soutni la vi tout moun sayo.Si genyen 30 moun yon kote ki te konn konsome 200 galon dlo pa jou men si w kite men kantite dlo sa nan kote saa men ou tou konnen si kote ya vinn genyen 300 moun e byen fok genyen rate dlo.Nou fè resansman rarman men nou pa servi ak done resansman ,enfomatyon yo pou nou planifye anyen se konsa ou tande genyen 1/2 milyon ti moun ki pa ka ale lekol.Dlo se yon bagay ki nesesè menm nan peyi kote genyen anpil dlo yap mande moun pou konserve dlo .aloske an ayiti dlo la pli ya se nan lan mè li charye tè ya pote.Se gouvenman tet an ba sa pou nou change konpletman , se pa gouvenman Preval?Alexis ya ke map pale se form gouvenman an ki pa fonktyone byen nou met chanje Presidan ak Premye Minis jan nou vle chak 6 mwa chak 5 lane depi se menm institutyon sa yo, menm strikti sa yo e byen se lave men siye a tè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Thunder Dim 17 Juin 2007 - 17:44

Mwen di'w ke sipopilasyon-an ladann tou, men se nan tout peyi ke popilasyon yo ap ogmante. Pwoblèm nan se manfoubis politisyen nou yo ki fè genyen tout pwoblèm sa yo.

Sans Malice, tout nan ane 80 a 90 yo, Site Simònn te genyen baz pou enfrakstrikti. menm pi byen ekipe ke Tabarre ke nou genyen jounen jodi-a. Site-a te genyen

_ magazen leta ki vann pwodwi alimantè pi bon mache ke tout lòt kote.

_ Te genyen kanalizasyon, grand majorite wout-yo te asfalte oubyen adokine.

_ Te genyen ponp gazolinn, night club, teren foutbòl, Cinema...

_ Te menm genyen tiyo dlo nan kay prive, se te annik al aplike epi CAMEP te vini konekte'w.

_ Lopital ST. Catherine se youn nan lopital ki te pi pwòp nan peyi-a e ki te bay pi bon swen pou pi bon mache, moun konn sòti tout Petyonvil vinn akouche pitit la. san konte sant de sante, kantinn pou elèv lekòl elatriye...

Mwen pa di'w pat gen mizè non, men monchè pito se Site Simònn li te rele toujou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Mawon Rcfranc Lun 18 Juin 2007 - 10:56

Thunder, gen rézon à 100%. Se pa dlo ki pa genyen, se jesyon dlo a ke gouvèman pa fè. Pou kòmanse gen plizyè rivyè lan tout alantou Pòtoprens (Paurt-au-Prince). Wou gen rivyè Meuse, rivyè Grise, rivyè Froide, tout rivyè sa yo, se soti lan mòrn yo alé dwat lan lanmè. Se ta jòb yon gouvèrman seryé pou li ta proteje morn kote rivyè sa yo sòrti a, pa kite moun koupe pye bwa lan alentou rivyè sa yo, pa kité yo bati kay ak latrinn bò rivyè sa yo, epwi kapte dlo rivyè sa yo pou ba polilasyon yon soulajman.

Ayiti se yon peyi ki beni aak resous pou li pa ta lan pwoblèm sa yo. Mwen pa ka konprann kòman fè gen pwoblèm dlo yon peyi a ki plen rivyè. Mwen vwayajé lan anpil lòt ti zilé karayib la, majorité lan yo pa gen rivyè. Pa gen rivyè Barbados, pa gen rivyè Bahamas, pa gen rivyè Bermuda, pa gen rivyè St Martin é wou pa tandé bagay konsa. Moun sa yo se dlo lapli yo itilize. Mwen te Bermuda, gen yon moun ki di-m si nou té gen yon sèl ti rivyè nou t-ap san problem. Paske si lapli fè 2 mwa pa tonbé nou lan pwoblem. Paske pi gwo sitèn yo genyen yo, pa kenbé dlo pou plis ke 2 mwa.
Mawon Rcfranc
Mawon Rcfranc
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 234
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Rodlam Sans Malice Lun 18 Juin 2007 - 11:45

ou bliye nou menm genyen lak ke nou pataje ak Dominikani.Ma parye ak ou moun sot d'eau genyen pwoblem dlo.Se la raj tonnè kraze m.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil Empty Re: Haïti : guerre de l'eau à Cité Soleil

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum