Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Disque dur SSD CRUCIAL P3 1 To (3D NAND NVMe PCIe M.2)
Voir le deal
65.91 €

Etiket?konbyen ki genyen menm?

Aller en bas

Etiket?konbyen ki genyen menm? Empty Etiket?konbyen ki genyen menm?

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 21 Juin 2007 - 15:32

mwen tande yon ti boukjwa ki ap kritike moun ki pa konnen ki jan pou yo kondwi tet yo an sosyete.li kritike moun ki pa konnen ki jan pou yo kenbe fouchet,ki pa konn ki jan pou yo abiye ton su ton:ki pa dwe mete chemis ki pa ale ak palto yo ou kostim ki sou yo.Fok ou konnen ki jan pou chita.Yo di si yon moun se pa sou tab ou te konn manje lakay w ou pa moun.

ki donk premye moun yo ki te abite tè ya yo pa moun.Chinwa yo ki pa manje ak fouchet, ak kouto ,ak kiyè yo pa moun , japonè yo ki retire soulye yo e ki chita a tè pou yo manje yo pa moun.Lè Mandela ale nan meson blanch ak rob tout koulè li sou li, li pa moun.Ki les ki di ke etiket yon natyon vo plis pase pa yon lot natyon.Yo chache tout bagay pou yo denigre ,difame represantan pep la.Tanto yo di w Preval pat dwe kite bab li.tanto yo di w yon moun pa dwe ap mache ak yon ki dan nan bouch li.Si Wyklef kite cheve li pouse tankou razta se yon kritik.Ki donk Bob Marley li menm li pa moun.Men lè yap maltrete ti moun ki rete lakay yo ,lè yap peye travaye 2 dola pa jou pou yo eksplwate yo se sa ki fè yo se moun.Si yon moun manje ak zouti ke bon dye ba li se sak fè li pa moun pou sa.Fok li kenbe fouchet tankou blan se lè sa ke li moun .Si yon blan pa ka manje ak de ti baget chinwa yo servi li pa moun.

zafè imite kilti lot moun se sak fè nou alyene konsa.nou rayi pwop tet nou.nou pa renmen sa ki pa nou.afriken ki nan brous yo ki pa genyen fouchet ,ni kiyè ,ni kouto , ni tab pou yo manje yo pa moun?Wi tankou pwoverb la di ya "When in Rome do like the Romans."men sa pa vle di se sa Romen yo fè ki pi bon ke tout moun dwe imite yo lakay w.Lè moun jeremi ap manje tom tom kalalou ak dwet yo ,yo pa moun pousa?

Chak moun dwe viv jan w renmen si se lide Wyklef pou l kite cheve long mwen mwen vle raze tet mwen poukisa mwen blije kritike li pou sa.pou niou montre moun ke nou sipiryè nou toujou ap kritike lot epi nou pa janm gade pout ki nan zye nou. Bann lan......... pito mwen vale dernye mo a.etiket my ass...............
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Etiket?konbyen ki genyen menm? Empty Re: Etiket?konbyen ki genyen menm?

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 28 Juin 2007 - 9:09

Ou ta ka konprann yon moun ki ap mande pou nou tout respekte byenseans wi.respekte tout moun ,konnen ki jan pou nou kondwi tet nou lè nou a tab wi.menm moun sa yo ki ap mande pou pitit so yet respekte lwa etiket yo se yo menm ki te pase o pouvwa an ayiti ki pa janm mete lekol nan morn pou ti moun yo aprann li ak ekri.ki pa janm chanje movez manyè pa yo lè yap maltrete ti Saintaniz ki lakay yo.Ki pa janm dako pou peye bonn lakay ou byen travayè lakay yo yon salè ki pou pemet yo voye pitit yo lekol.Se yo ki te ba restavek lakay yo tankou jean Robert cadet kout soulye nan figi li.

Eske yon moun fet pou konnen bonn manyè si yo pa montre w sa nan lekol.se pa yon bagay moun fet tou konnen , si nou te genyen respè pou moun jan nou di nou ta ba yo moyen pou yo vinn genyen bonn manyè e etiket la.nou ta mete lekol tout kote lè nou o pouvwa.nou ta ekri liv an kreyol pou tout moun konnen sa,men nou kite 1/2 milyon ti moun san pen edikatyon epi nou vle pou yo genyen etiket ,menm sa ki ale lekol nou pito fè yo ap repete je vou sali mari tout jounnen o lye nou montre yo bonn manyè, si manman ,papa yo, grann yo se moun Morn kabrit yo rete ,se bourik yo konn monte eske sa fè yo genyen mwens valè ke nou menm ki genyen moyen pou nou te ale lekol nan machinn ,ki te rete nan chato, ki te ne nan yon fanmi ki te genyen okasyon pou nou te aprann yo.meprise yon moun, pa respekte dwa li se movez manyè tou.Menm sosyete pouri sa yo ki kreye etiket yo se yo ki ap lage bonb sou moun.ki ap touye ti fiyet ak napalm , se yo kite konn al chache moun an afrik pou vinn fè yo travay pou yo.niou te kon n ba yo manje a tab alos ke se desandan moun sa yo koulye ki ap vinn kritike moun ki pa genyen etiket nou te mete lekol kote pou yo te aprann etiket la.Nou te fabrike kouto, ak fouchet ,ak kiyè pou tout moun genyen yo lakay yo.3/4 moun sou la tè pa genyen bagay sa yo laky yo ,konbyen moun an chinn ki genyen fouchet ak kouto ak kiyè lakay yo ,konbyen ki genyen bagay sa yo an end. menm etiket ak nou.eske yo pa moun .anvan nou wè pay ki nan je yon lot retire pout ki nan je nou anvan.Mete lekol tout kote nan peyi ya ,chanje vye edikatyon pèpè saa . voye ti moun ki rete lakay nou lekol ,peye bonn salè pou yo ka voye pitit yo nan bon lekol tou , lè saa vre nan ka vinn kritike yo.anvan nou voye yo kom anbasadè ,konsil fè yo pase yon staj ,fè yo pase lekol kote yo aprann yo bagay sa yo.fè pwogram nan televisyon an kreyol pou nou anseye yo se sa sosyete ki genyen bi pou edike pep fè. se pa kritike yo san nou pa ba yo moyen pou yo edike tet yo.

Lè Nikita kruschev te retire soulye nan pye l pou l te frape l sou biro kote li te ap fè yon diskou nan LONU ki sa kite fè li fè sa?Se paske li se te yon peyizan ki te rive Premye Minis yon gran peyi tankou Sovyet Union san li pat resevwa edikatyon ki pou te pemwet li konnen ke li pat dwe fè sa,men sa pa vle di ke li pat moun pousa.Nanpren moun ki fet tou konnen ;se lekol pou nou mete tout kote ki pou ba moun bonn manyè ak etiket .Se nou menm ki pa gwenyen bonn manyè pase nou vle enpose yon sosyete sou yon gwoup moun san nou pa ba yo moyen pou yo adapte yo ak reg ke nou vle etabli yo.SE pa viktim yo pou nou kondane se sosyete pouri nou an ke pou nou kondane.

Yo di pou moun pa degobye sou moun ni fè van.bon ki jan fè lè yon ti moun ap kriye nou mete li sou zèpol nou epi nou bat do li pou li rann gas. sè ke se yon bagay ki fè li mal ,men si nou pa mete lekol pou ti moun lan aprann ke li pa dwe rann gas sou moun ki jan pou li fè konnen .lotrejou map gade yo doktè nan cho Oprah ki ap eksplike pou ki sa moun genyen gas e ki sa ki fè gas yo pafwa santi.li di ke depi yon moun genyen gas se pou rann li ou ka fè yon deplase e si li santi ou ka rete yon ti moman pou tann sant lan finn pase.li di se manje nou manje ki fè pafwa nou fè gfas konsa epi ki fè pafwa yo santi men eske se tout fwa ou genyen tan pou fè sa.pa ekzanp si mwen ap fè mouvman poum kase vant mwen nan yon klib spo epi yon van pati eske sa vle di ke mwen pa moun pou sa.Mwen sonje male ka yon doktè ayisyen epi li fè yon van pandan ke li ap konsilte mwen eske sa vle di li malelve pou sa alo ke doktè di li pa bon pou kenbe van lontan.Pafwa ou nan yon avyon wap voyaje lwen epi W>C> yo chaje ou pa jwenmoyen pou ale an dedan twalet la pou fè yo van eske ou dwe kite van sa fè w mal?Yon moun ki pa genyen dlo an ayiti pou li lave men li lè li soti fè okabinè eske li se malpwop pou sa?Endyen ki te abite amerik yo lontan yo pat kon servi ak fouchet ,ak kouto ak kiyè poutan yo te resevwa Kolon ak tou ekipaj li ya byen ,men se moun sa yo ki touye yo, ki les nan 2 gwoup moun sa yo ki genyen bonn manyè e etiket?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Etiket?konbyen ki genyen menm? Empty Re: Etiket?konbyen ki genyen menm?

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 28 Juin 2007 - 12:57

Wi analfabet pa bet 'Jean Robert Cadet ke yon moun te kenbe kom restavek lakay li jis li te genyen 15 lane ki jodya vinn genyen yon bachelye nan relatyon enternatyonal ki ap anseye nan High School jodya jis liv li ekri rele "from restavek to middle class in America "eske li se yon bet li te ye pousa.Ki moun ki bet la se li menm ou byen moun ki te konn ap ba li kout soulye nan figi li?ki te konn ap di li se chany selman pou li ye.Bann lan m.........
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Etiket?konbyen ki genyen menm? Empty Re: Etiket?konbyen ki genyen menm?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum