Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Google Pixel 7 5G – Smartphone 6,3″ OLED ...
Voir le deal
316 €

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

4 participants

Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 5 Juil 2007 - 18:32

Se ak degou mwen sot ap li kouman yon ti boujwa ap kritike "front Runner "parti repibliken yan ke li di se ansyen Senatè Thompson paske li te yon lobbyst pou Jean Bertrand Aristide.Mwen te kwè Repibliken ameriken e haitiano ameriken repibliken tap wont pale de politik sè jou si apre sa ti Amperè ak Vis Amperè ya ap fè o Zeta Zuni.Menm yon bilyonè tankou Mè New York wont de sa ke repibliken ap fè o Zeta Zuni.

Mwen pa repibliken e mwen pap janm Repibliken men an verité sim ta repibliken se pou Thompson mwen ta vote paske li se pa yon demagog."What you see ;it's what you get."Apre tout manti ke Repibliken yo fè pou yo voye pitit malere al mouri pou zafè personel yo ak Saddham Hussein ,apré ke yo revoke yon paket Prosekitè demokrat nan job yo ,apre ke Bush ap anpeche la jistis fè devwa li,apre ke li anglouti yon surplu budgètaire e li mete peyi nan det anko pou yon gè imoral e ilegal jodya ou jwen moun ki ap kritike yon Repibliken ki pou la jistis e dwa tout pep pou yo eli moun yo kwè ki ap defann enterè yo san moun ki chaje ak pout nan je yo pa rantre nan koze yo.

Yap kritike Thompson pase li te lobbyst Aristide men yo pap janm kritike Kissinger kom pi gwo lobbyst ke anpil moun mande pou yo jije kom kriminel.Men koulyè ya yo vle sal non Senatè Hilary Clinton nan zafè drug.Mezanmi ala kote moun yo gen je chech.Moun yo pran yon peyi ki tap byen mennen epi yo lage l nan tyouboum epi jodya yo konprann yo ka bafwe moun ak vye manti.vye pwopagann.Bush ap pale de konpasyonet konservatism epi diran pasaj katrina afro ameriken ak blan pov nan New Orleans ap mande sekou epi fima pa okipe yo tankou chen se lè la press te blije rele anmwen ke li fè ti demagoji, li menm apre ke li finn di ke direkte firma fè yon bon job apre anko se li menm ki admet ke erè te fet.li koupe lajan tout zev sosyal ke se swa edikatyon ,welfare, li koupe bidjè tout bagay.Avans ki te fet nan treté zam nikleyè li aboli sa. se konsa nou wè ke gè fwad la san lè rekomanse anko.paske li konprann se nan yon jung li ye, nan wild west li ye.Genyen yon non yo ba moun ki pa respekte lwa.ke se lwa lokal ou byen enternatyonal.

mwen rete konvenki si se te Albert Gore ki te presidan o Zeta Zuni 9-11 pat tap rive.Se arogans ,mepri Goeroges Bush envers pep palestinyen an ki fè ti vagabon sa yo fè kalite krim saa. Se mepri Georges Bush anver yassir Arafat ki fè jeness arab la revolte kont politik etranjè ameriken yan.Mwen renmen pep matyr jwif la anpil ,men mwen pa dako pou yo ap pran tè pep palestinyen si depi o debi manda georges Bush li te ap pale de formatyon 2 zeta ,yon eta Palestinien e yon eta jwif e byen mwen kwè 9-11 pa tap pase. Senatè Liberman te genyen rezon di Georges bush pat ko prepare pou l te pran responsabilite poul te vinn Presidan Etat Zuni.e nou wè konsekans la. jodya tout moun ap rele anmwe sa ki ap pase ;dwa moun merpise. se tankou se yon gestapo depatman la jistis la tounnen sou rey Georges Bush ak Dick Cheney .Yo mete yo paket paravan tankou Condelezza Rice ak Gonzales pou bouche je moun egare.

Lotrejou map tande ke genyen gwo desisyon ki pran ke Dick Cheney di ke yo pa dwe mete Collin Powell ak Condeleeza Rice o kouran.Desisyon ki konserne politik etranjè peyi eta Zuni epi li di ke Sekretè deta ameriken ak Konseye sekirite Presidan pa dwe o kouran bagay sa yo.

Malgre tout bagay sa yo ou jwen haitiano ameriken ki vle konprann yo ka voye repibliken tankou Rudolphe Giulliani monte.Mwen pa di ke Rudolphe Giulliani pat dirije new York byen non men dirije yon vil pa menm bagay ak dirije yon peyi.Nan pwen mondyalisatyon la rive la se pa nenpot ki ka dirije pi gwo peyi nan le mond lan fok moun lan genyen eksperyans nan zafè enternatyonal ,fok li pa konprann ke se zam ki ka regle tout bagay.Gade ki jan Georges Bush vinn konprann ke pafwa se diplomati ki pou regle konfli ki eksiste ant de peyi gade ki jan li regel zafè koree du Nord ak Irann an. ki sak fè li par ka regle pwoblem li genyen ak Irak diplomatikman tou.Eske irak te genyen zam mas destriktyon plis pase la kore ou byen liran ou byen la chinn ou byen la Russi.Pouki sa tout jenn gason ak jenn fanm sa yo mouri e estwopye.Si nap konprare mal ke Ruichard Nixon te fe ak sa Georges Bush ki les ki merite enpich?Sa Richard Nixon te fè ya pa yon pwèlyem de mal ke Georges Bush fè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Mer 11 Juil 2007 - 22:33

Sans Malice,

Se dwa'w pou w kritike politik Bush, men genyen de seri de bagay wou ekri la-a, mwen sezi wè tout istoryen nou genyen sou fowòm nan la-a pa di yon mo nan sa.

Sans Malice, si wou rete kwè ke si se Al Gore ki te sou pouvwa-a an 2001, zak teworis 9/11 nan pa t'ap fèt, monchè wou vrèman nayif, kounyea se nan poul liberal "conspiracy theorist" ke wou tonbe.

Pou enfòmasyon wou, si wou pa't konnen :

_ Ben Laden ak ekstremis li yo deklare USA lagè ouvètman vre, apre ke Arabi Sawoudit te aksepte ke Lame amerikènn mete baz militè nan peyi-a pou repouse solda Sadam yo ki te anvayi Kowait an 1990, e pwofite jwenn pwoteksyon amerikènn nan pou Sadam pa pase pran yo apre Kowait. E poutan Ben Laden te ofri sèvis li anvan, antan ke gèrye ki te defèt lame Russe nan Afghanistan.

_ 1er atak espektakilè Al Qaida sou teritwa ameriken-an se te an fevriye 1993 sou prezidans yon demokrat Bill Clinton.

_ Pa bliye atak ak bonb nan sou anbasad ameriken an Afrik, se te sou demokrat yo toujou.

_ Pa bliye Atak ak bonb sou USS COLE ki te touye 17 solda US NAVY an novanm 2000.

_ 9/11 t'ap prepare depi nan ane 1997 yo konsa apre ke yo pa't arive detwi bilding yo an 1993 avèk gwo kamyon bonb ke yo te mete nan paking nan basement lan.

Opinyon pa mwen, se ke 9/11 rive akòz demagoji ak tetelang yon prezidan demokrat ki mennen yon politik "ala defansiv" fas ak ekstremis. Men, mwen wè ke demokrat yo kòmanse ouvè je yo, paske mwen t'ap swiv nan deba yo te fè lotrejou-a, genyen yon kesyon ki te poze pou yo tout : "Si yo t'a konnen ke Ben Laden nan Pakistan ki se yon peyi "zanmi" eske yo t'ap mache pran misye menm si t'ap genyen inosan mouri ?" ...Yo reponn ke : WI ! ....yo t'ap pran risk lan.

Mwen pa mande pou ameriken mete zam sou tout moun non, men, mwen konnen ke depi yon gwoup moun rive nan eta ekstremis-lan, diplomasi pa'p mache. Se wou byen ou rete ala defansiv ki pral pèmèt ke goumen-an fèt nan mwatye teren ameriken-an, menm jan ak Clinton, lè yo touye ameriken wou reponn ak 2 ou 3 ti misil kontratak; oubyen wou rete a lofansiv, wou pote goumen-an lakay pa yo.

Se nou menm ki konprann ke Teworis yo, se repibliken yo pa vle wè. Men lè Al Qaida ap frape yo pa konnen ni blan, ni nwa, ni pòv, ni rich, ni jwif, ni kretyen, menm mizilman parèy yo pa epanye.

Mwen rete kwè, jiska prezan si se te yon demokrat demagòg yo ki te o pouvwa, se pa sèl 9/11 ameriken ta pran jounen jodi-a, teworis ta gen tan efondre yo jiska tè, se lè sa-a t'ap genyen "ground zero" tout bon.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 12 Juil 2007 - 6:46

Se pa paske yon bagay te rive sou Clinton ki fè li tap rive sou Al Gore.Clinton pa menm moun ak Albert Gore.Bon ou pa konnnen sa mwen panse ke lè Rudolphe Giulliani te mande la polis pou fè Arafat kite Lincoln Center tout bagay sa yo kontribye a pwovoke kolè jenn arab delenkan yo ki fè krim 9-11la .mwen kwè ke menm reyalisatyon ke georges Bush fè koulyè ya kote lap pale de 2 zeta indepandan :yon eta jwif yon eta palestinyen si depi o debi manda li ya li pat meprise Arafat ak sa ki ap pase an palestine lan mwen kwè ke bagay saa pa tap pase.Depi lè Georges Bush eli e Sharon te premye Minis an israel mwen te pè paske yo tou de se optyon militè ya selman ke yo wè. se pa tout bagay se zam ki ka regle yo.

Jiska presan nou sou pye de gè paske kanser ya panko janm geri.Genyen yon erè ki te fet fok nou korije erè sa.Genyen yon liv ke mwen li mwen pa sonje tit liv saa ki pale de relatyon fanmi Bush ak Rwa Faoud mwen pa konnen kote mwen mete li si w te li liv saa wap genyen yon lot perspektiv sou konfli saa ki eksiste ant Ben ladden ak fanmi Faoud ki ap dirije Saoudi Arabit la.Wi mwen konnen ke al Quaida te esaye detwi bilding yo deja.men mwen rete konvenki si Al gore te president epi Senatè Mitchell te represante l swa kom Secretè deta ou byen diplomat an chef zafè konfli israelien -palestinyen yan ,Joe libermann te Vice presidan mwen kwè sa Sharon te fè ya lè li te komanse detwi kay ke jwif genyen nan teritwa palestinyen yo e byen bagay sa yo si yo te fet anvan e byen mwen kwè ke jenn arab yo ta genyen yon lot pwen de vi de politik etranje ameriken yan.

mwen rete konvenki ke zam pap ka regle pwoblem lan a mwens ke ameriken detwi peyi sa yo ak bonb atomik tankou yo te lage sou japonè,men si se pou ranfosman fos ki okipe Irak la,menas pou bonbade iran an mon chè mwen pa kwè politik saa ap resoud pwoblem lan.mwen kwè menm jan ke Georges bush reyalise fok li chita pale ak Iranyen yo ak Koreyen koulyè ya fok se yon Presidan ki soup tankou Al Gore ki ka rezoud pwoblem lan. Yon moun tankou Jimmy Carter ,moun tankou Senatè Mitchell.se opinyon pa m.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Joel Jeu 12 Juil 2007 - 15:43

Monchè RSM,mwen dakò ak ou sou pwen sa yo.
Si se Al Gore ki te pouvwa a ,Etazini pa t ap anvayi Lirak ,menm si bagay 11 Septanm lan te rive.

Koudeta 29 Fevriye an pa t ap pran plas ann Ayiti non plis.Al Gore ase entelijan pou l wè ke boujwazi ayisyen ,menm si se toutous yo ye,men yo pa enpòtan pou enterè ameriken ann Ayiti.
Lè fini tou ou pa t ap jwenn vateryen tankou ROGER NORIEGA ak OTTO REICH nan gouvènman l lan.

San Malis ,eske w ap mete kò w nan kabwèt lan.Gen yon mouvman ki ap pran chè pou yo "draft" Al Gore.
Espwa a se ke Hillary ak Obama genyen menm kantite delege e ke y ap bezwen yon twazyèm lawon,yon konsansis ki ap Al Gore:
http://www.ipetitions.com/petition/algore2008/

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 12 Juil 2007 - 19:56

Mon she se pa mete ko m selman nan kabwet la map pot drapo menm ;mwen deja ekri Dr Dean mwen mande pou li draft Albert Gore.

Joel ,

Mwen se yon reyalis se pa ke mwen pa ta renmen yon nwa Presidan o Zeta Zuni non ,ni yon fanm ,men mwen se moun ki pragmatik mwen pa kwè ke ni Senatè Clinton ,ni Senatè Obama genyen chans pou yo bat Rudolphe Giulliani ou byen senatè Mc Cain nan eta rouj yo.Or san eta sa yo mwen pa kwè yonn nan yo ka genyen prochen elektyon an ,mwen ta swete ke yo fè m vale mo sa yo ke mwen ekri ya. men senserman mwen pi konte sou Al gore pou l fè reform ki merite fet nan peyi Eta Zuni.Mwen pral voye kontribityon m bay DNC ya pase genyen yon let mwen resevwa ki mande m yon kontibityopn ke yap matche li rele: 2007 Matching gift fund anba form la map mande anko pou parti demokrat la draft Al Gore.pase nou pa ka pemet ke repibliken genyen elektyon ki pral fet lane pwochen lan map komanse fè volontè depi mwa Mai.

mon chè mwen te pral bay yon ti kontributyon men yo mande twop enfomatyon sou enternet la ,ma voye l ba li pa la pos.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Ven 13 Juil 2007 - 0:13

Sans Malice,

Mwen respekte opinyon w, men fòk mwen repete w ankò ke teworis yo se pa politik repibliken ki enève yo, men se libète ke w'ap viv lan ki monte plim sou do yo, se sak fè se "enfidèl" ke yo kalifye Amerika, yo pa rekonèt libète fanm, yo kwè ke depi wou pa mizilman, yo dwe elimine'w.

Se "lwa sharilah", si mwen raple'm, ke yo vle ki pou an vigè sou tout tè-a, "lwa Sharilah" sa-a se li-menm ke Taliban yo te konn itilize an Afghanistan pou lapide fanm, koupe men pik pòkèt, bat gason ki koupe bab, bat fanm ki kite yon lòt gason apre mari yo wè menm zye yo elatriye...

Radikalis sa yo panse ke se devwa yo y'ap fè pou Bondye, e ke lè yo touye tèt nan yon "suicide bomb", y'ap monte nan syèl kote Bondye kite yon pakèt ti fanm vyèj pou yo.

Yon lòt bagay...

Mesye yo, zafè si se te entèl ki te pase, tèl bagay pa t'ap pase ya, se yon rans. Sak ta di se sou JFK ke "baie des Cochons" ta fèt ? ...sak ta di se sou Clinton ke Waco, Texas ta fèt ?

Teworis toujou frape Amerika se apre ke yo fè prèv de feblès. Wi yon moun sipoze "soupe" men sa pa vle di "spineless", san karaktè. M'ap ba wou kèk ekzanp :

_ Aktyèlman se menm taktik vietcon yo ke Al Qaida bezwen imite an Iraq, paske yo konnen depi ameriken pran 2 ou 3 tabòk, y'ap kouri. E poutan ameriken yo genyen mwayen nan men yo pou yo genyen kelkeswa lagè-a. Se sak fè depi ke twoup yo retounen san djòb-lan pa fini, ebyen teworis yo genyen gè-a san diskisyon, e nou mèt pare kò nou se lekòl ki pral lage nèt.

_ Nan komansman ane 1980 yo konsa, yon gwo bonb eksplose devan yon baz US MARINES, yon bon valè militè mouri ak kòz ke yo konnen menm jan Jimmy Carter p'at fè anyen pou otaj yo nan Iran, se menm jan yo pap fè anyen pou bonb sa nonplis, sa te pase nan peyi Liban si mwen byen raple'm.

Epitou, se pa vrèman politik ameriken-an ki chanje, men se pito Iran ak Kore di nò ki mete bab yo ala tranp, se yo ki vini aksepte ak pwopozisyon yo, apre ke yo wè ke ameriken sanble pap jwe. Sa yo bezwen se antre nan negosyasyon ak Amerika, pou yo menm ka vinn genyen plis enfliyans nan zònn respektif, wou pa remake jak fwa ke Kore nan izolman mondyal kote li ye-a, li toujou kòmanse yon tenten pou zye ka vire sou li ?

Sans Malice ak Joel, politik entènasyonal se yon bagay ki konplike anpil, sa wou wè-a, e wou panse ki pi senp-lan, se pa janm sa vre.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Ven 13 Juil 2007 - 0:41

Fok ou pa konfonn ou mal enterprete sam ekri non ,mwen pa di pou yo pa mete teworis anba kod depi yo anmegde moun ak vye kestyon relijyon ke se yo ki genyen verite nan men yo tout lot moun se enfidel.Mwen dako pou yo pouswiv Ben ladden pou krim li fè wi e kelke swa moun ki vle enpose volonte l sou lot moun pa la fos e byen se pou yo anploye fos kont li.Men gè kont teworis ak sa ki ap pase an Irak la pa menm bagay.An verite mwen tap dako pou Georges Bush te anvayi Lirak si yo te genyen prev ke Saddham te soutni delenkan ki fè zak 9-11-ou byen se li kite fè Mc veigh bonbade bilding federal la.

sa ke mwen pa dako ou pa ka di ke ou gen dwa anvayi l'Irak pou zam mas destruktyon epi yon paket lot peyi genyen yo.Poukisa ou pat anvayi Soviet Union. la Chinn tou ki volè sekrè bonb atomik o Zeta Zuni?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Dim 15 Juil 2007 - 16:58

Sans Malice,

Menm jan genyen moun ki vagabon e iresponsab, se menm jan genyen gouvènman konsa tou. Mwen si e sèten, wou pap dakò si eta Florid-lan ta deside pou aksepte pou tout malendren posede kèlkeswa zam ki nan lide yo.

_ Sadam se yon moun ki itilize zam chimik kont pwòp pèp-li, ...Se yon moun ki atake vwazen'l paske ekonomi peyi'l ap bese. E sa ki pi enpòtan-an, Misye se te yon moun ki te genyen tout pouvwa an Irak, se pa te yon prezidan yon moun te ka di ke : si misye ta fou, palman-an ka bloke misye, anpeche misye fè nenpòt bagay etc...

_ Prezidan Amadinejhad an Iran se menm bagay-la, Misye te fè apèl pou tout mizilman fè yon sèl pou kontwole lemond, epi efase Izraèl sou kat jewografik-lan, moun k'ap rele "death to the West" ... "death to America". Y'ap rele pou disparisyon tout pèp lib sou latè.

_ Nan Kore di Nò menm, ki genyen yon Leta san kontwòl kote genyen yon malad mantal ki etabli yon kilt pèsonalite, kote menm anvan ke yon moun manje yon bout pen, fòk wou rele "mèsi papa Yuong". Se yon gouvènman, menm si Al Qaida oubyen nepòt lòt gwoupman teworis ta vinn mande yo achte teknoloji nikleyè-a, mesye sa yo ap vann yo'l san menm reflechi.

Alò se jan de gouvènman sa yo, wou ta dakò pou genyen bonb idwojèn ? Mwen garanti'w si se Iran ki te posede teknoliji Soviet Union..., Atò konsa Izraèl pa t'ap ekziste, de New York a Florida, de Eta Washington a Meksik t'ap radyo-aktif, men konsa tou pa t'ap rete Iranyen vivan an Iran.

Se pa paske pèp sa yo pa genyen dwa pou pwoteje tèt yo non, oubyen pa genyen dwa pou fè rechèch teknolojik yo non...men, se paske gouvènman ki nan tèt yo-a san kontwòl, oubyen tout pouvwa konsantre nan men yon sèl moun. E resèt zam pou destriksyon masif ak yon Leta Radikal se resèt pou dezas. Listwa pwouve nou sa deja.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Lun 16 Juil 2007 - 20:35

Bon an nou ranverse wol yo ;eske ou ta dako lè ke Presidan Truman te bay dwa pou kreye bonb atomik la nan pwojè Manahattan lan ke Aldophe Hitler ta genyen dwa anvayi Eta Zuni.?Si yon peyi genyen dwa bonbade yon lot peyi paske li konnen ke lot peyi ya ap devlope gwo zam Pearl Harbor pa yon zak ilegal ,nespa prof?Mussolini ak Hitler ta genyen dwa tou bonbade eta Zuni.Jiska presan genyen gwo recherch zam ki ap fat o Zeta Zuni eske ou dako paske Ronald reagan te rele Sovyet Union :"evil emprire" Gobarchev ta geyen dwa lage fise sou peyi eta zuni pou li anpeche li genyen sistem de defans ke Ronald reagan te vle bati ya.Jodya Georges Bush enstalle zam nikleyè an erop nan peyi ki te fè pati blok sovietyk la eske ou dako pou Putin mete zam sa yo tou kiba?Pa dim mais; si .non; Reponn mwen ak bon jan agiman.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Mar 17 Juil 2007 - 11:35

Pinga wou defome sa mwen vle di, mwen pa di pou tout pèp pa genyen dwa pou defann tèt yo oubyen fè rechèch teknolojik. Mwen di w ke genyen de seri de Gouvenman ki radikal e ke mond-lan genyen enterè pou yo anpeche ke gouvenman sa yo tonbe sou yon bonb atomik. Nou wè deja kisa ke : teknoloji alman-an + yon radikal tankou Hitler te bay. Fòk wou toujou sonje sa "zam pa touye moun, se moun ki touye moun".

Zam konn sove lavi, petèt se "Little Boy" ak "Fat Man" ki fè ke jodi-a se pa alman oubyen japonè w'ap pale nan kèk chanm a gaz nan yon kan konsantrasyon (lol)

Petèt tou se "bon" itilizasyon zam sa yo ki fè ke jodi-a w'ap pran plezi'w sou plaj Florida (lol).

Se pa fòt mwen Sans Malice,...mwen pa fè oken gouvenman ki rasanble tout pouvwa nan men yon sèl moun, konfyans. Si Amerika ta chanje fizi'l zepòl, se pou yo atann yo ak bonbadman-an tou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Mar 17 Juil 2007 - 16:05

men se swa wap defann dwa tout pep pou yo met lakay yo ou paka di ke wap fè recherch pou genyen plis zam nikleye fann fwa epi pou yon lot pa genyen dwa fè recherhc sa yo.Epi tou lè Reagan te konn ap rele Soviet union" evil empire "poukisa yo pat envayi l'Union Sovietik?Poukisa yo pat anvayi la Chinn/ poukisa bagay yo ka regle diplomatikman ak Kore di Nord epi yo pat ka regle diplomatikman ak Iraq?

ou di genyen yon paket peyi radikal kote pouvwa nan men yon sel mou ke ou pa ta renmenke yo genyen gwo zam ; ke le mond dwe anpeshe yo genyen bonb atomik,bon an nou fè yon ti retou sou listwa ;ki moun ki itilize bonb atomik anvan tout moun?pi gwo krim nan limanite ki moun ki fè yo?base sou sa si ta genyen moun pou le mond ta anpeche genyen gwo zam sa yo se moun ki te itilise yo deja.Zafè di kote pouvwa nan men yon sel moun,ki moun ki genyen pouvwa ki fè twoup yo anvayi irak e rete an irak jodya ?majorite ameriken vle ke twoup retounnen lakay yo paslke tout moun reyalize ke se manti yo te fè pou yo te anvayi lirak se bagay personel ti Bush te vle regle ak Sadam.se yo men, ki di sadam pa genyen anyen poul wè nan krim 9-11 yo di ke Sadham ak ben ladden pa zanmi.Mezanmi an tout jistis si li pa atake peyi nou ,mwen ta ka dako pou pè Bush te rantre bagadad wi paske Sadham te komet yon zak ilegal.men Presidan ki la koulyè ya pat genyen oken dwa anvayi yon eta souveren konsa; si nou kondane Hitler pou sa li te fè yo e byen zak saa kondanab tou.

Se komsi ou ta dim ke w genyen yon zanmi wap bay zam ki ap massiminen frè m ak sè m epi ou di m ke mwen pa genyen dwa achte zam pou m defann yo ;lè saa se pa radikal selman ou ta fè m radikal ou tap fè m anraje menm.Sonje mo ke sadham te prononse lè yo tap pann li ya ;e byen se bagay saa ki pou regle san oken konsideratyon ki moun bon dye te bay tè Palestine anvan ke na genyen la pè ak jeness arab la.2 eta indepandan ;yon eta jwif yon eta palestinyen san ke yonn pa pran tè lot la.Zafè fanatik relijye sa yo se yon pwoblem ki ka resoud san oken gè pat beswen fet.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Mer 18 Juil 2007 - 10:58

Sans Malice,

Lè mwen konsidere analiz wou, mwen wè ke wou se yon liberal. E liberal pa wè yo pa tande, yo konprann tout mal ki rive yo, se yo ankò ki lakòz. Wou arive menm konpare Amerika ak Almay Nazi. Kounyea wou tonbe nan poul Senatè Ellison, Rosie O'Donnel e latriye.

Kifè Sans Malice ? ...Se ameriken ki fè pi gran krim kont limanite, lè li te lage bonb atomik sou Japon-an ? ...Ban'm mande'w yon bagay, reponn mwen wi.

_ Eske se bonb atomik sa yo ki te touye plis pase 46 milyon ewopeyen ak 6 milyon jwif ?

_ Oubyen, eske se bonb sa yo ki te pèmèt ke san sispann koule ?

Sans Malice ekri :
ki moun ki genyen pouvwa ki fè twoup yo anvayi irak e rete an irak jodya ?

Mwen dakò pou twoup yo rete an Iraq, se pou sa ki te kòmanse ya fini, pou jiskaske ke travay la fini. Wou pa ka "cut and run" konsa, Gè-a pat dwe kòmanse menm, men depi li kòmanse fòk wou goumen pou w genyen. Nan opinyon pa'm, gè Irak-la evite yon pakèt lòt gè si wou byen gade. Se akòz gè sa-a ki fè ke lòt gouvenman tankou Iran, Kore, Siri, Libi, elatriye... aksepte pran wout diplomasi. Pa genyen youn lidè sa yo, ki ta renmenm sa ki rive Sadham nan rive yo. Tout se yon pakèt fo lidè ki pè pèdi privilèj yo.


Se komsi ou ta dim ke w genyen yon zanmi wap bay zam ki ap massiminen frè m ak sè m epi ou di m ke mwen pa genyen dwa achte zam pou m defann yo ;lè saa se pa radikal selman ou ta fè m radikal ou tap fè m anraje menm.Sonje mo ke sadham te prononse lè yo tap pann li ya ;e byen se bagay saa ki pou regle san oken konsideratyon ki moun bon dye te bay tè Palestine anvan ke na genyen la pè ak jeness arab la.2 eta indepandan ;yon eta jwif yon eta palestinyen san ke yonn pa pran tè lot la.Zafè fanatik relijye sa yo se yon pwoblem ki ka resoud san oken gè pat beswen fet.

Apa wou kwè nan Tonton Nwèl toujou ? ...Radikalis la li menm se nan yon misyon li ye pou "Bondye" wi. Se konbat l'ap konbat "enfidèl" yo, se lwa islamik tan Mohamèd yo ke li bezwen an vigè sou tout tè-a wi, Pou li, lè'l finn eploze tèt-li se 7 vyèj tifi ki ap tann li wi.

"Enfidèl" la se wou wi Sans Malice, se wou ki kite madanm kondi machinn, se wou ki kite'l mache ak bikini sou plaj, se wou ki kite'l ak libète'l kilè li santi li ka ba w tranch piza-a wi (lol). se wou ki kwè nan Jezi-a, se moun tou ki pa kwè nan oken èt siprèm nan wi, Se nou ki dakò pou ti Fi genyen dwa pou y'ale lekòl, se nou ki pa dakò pou nou vann pitit fi nou kòm esklav seksyèl depi kou li fèt, se nou wi ki genyen dwa chwazi relijyon ki nan lide nou, se nou wi ki twouve ke si yon mari bat ou sinon touye madanm li, li dwe al nan prizon, men yo menm se yon sèl jan wi yo wè sa, se si se madanm nan ki touye mari-a sèlman. etc............

Sa pa gade radikalis-la non si wou se demokrat liberal oubyen konsèvatè, ameriken te mèt retire tout solda nan Mwayen Oryen, Izrael te mèt pa ekziste ankò, y'ap toujou fè atak teworis. Se lè na aksepte voye vwal la sou figi madanm nou, lè n'a va kite bab nou pouse, lave pye nou anvan nou priye elatriye.... se lè sa-a ya va sispann konsidere nou kòm "enfidèl".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Mer 18 Juil 2007 - 12:49

Mezanmi ban m van m pou mal la Gonav tande.nou pran tout preteks koulyè ya pou nou jisitfye erè nou tankou nou te konn di ke si Vietnam vinn kominis tout peyi nan zonn ap vinn kominis pou nou te jistifye lage napalm sou ti moun o Vietnam jiskas ke nou wè fok se yon bonb atomik selman pou nou ta lage sou pep Vietnamyen pou yo ta sispann goumen.Se pa nou te kite Vietnam sak rive kominis la tonbe de pwop pwa inefisyans li.

mwen pa di se bonb atomik la ki pi gwo krim lumanite mwen konn istwa esklavaj mwen pa te ka di ni se rejim nazi ki komet pi gwo krim lan non plis ;byen ke sa yo te fè pa mens non plis.men fok genyen lwa ki fè respekte souverente yon peyi. mwen bay ekzanp Pearl Harbor la pou kontrekare lide ke w di ke yon natyon genyen dwa anvayi yon lot natyon si li konnen ke lot natyon ap prepare zam fann fwa. e menm la anko se yon ipokrisi pouki sa yo pa anvayi LUNION SOVIETIK , pou ki sa yo pa anvayi la chinn ,la frans tout peyi sa yo genyen zam fann fwa ,bonb hydrojenn , zam nukleyè. Israel genyen bonb hydrojenn tou pouki sa li bon pou israel genyen yo epi lot pep yo pa genyen. eske ou tap dako pou yon peyi anvayi ayiti paske nap devlope zam biolojik zam chimik pou nou defann ti bout tè ya?reponn mwen san But, if.

Bush menm di gè ya se pa yon gè kont Islam .se yon lot bagay li genyen ak sadham ,e li te di nan yon press konferans ke Sadham te menase pou touye papal ;se revanch li lap pran men si sa koute peyi ya des bilyon dola chak jou e anpil moun ap mouri anpil jenn ameriken estwopye men fok li te fè Sadham peye frekansite li, si w dako ak sa nanpren diskisyon posib anko.

zafè de twa ti fanatik relijye yo se pa koulyè ya yo eksiste men yo pat janm rive fè zak kriminel 9-11 la ,se pou lame meriken pouswiv yo kote yo kache nan Pakistan an pou yo elimine yo yonn apre lot men ou pa ka jistifye envasyon yon peyi ke ou menm di li pa genyen anyen pou wè nan sa ki te fet 9-11 ni Sadham pat genyen oken relatyon ak ben ladenn.Yè map koute Lieberman ki ap defann enterè eta jwif kote li di ke la verite genyen anpil Senatè ki te deja ap domi sou zafè gè irak la mon chè sa retire tout respè ke men te genyen pou li.Paske moun sa yo nanpren anyen yap rekile devan l pou defann entere yo menm si yo touye tout palestinyen yo.fok genyen yon balans nan bagay saa: si jwif yo genyen dwa pou yo viv nan yon peyi endepandan mwen kwè ke palestinyen yo tou genyen dwa pou yo viv nan yon peyi endepandan se la pwoblem nan ye, se sak merite resoude mwen dako ak posityon Bush pran koulyè ya kote li ap prone 2 zeta endepandan ; tankou Aba Eban te di ya e se sa Christopher Hitchens montre nan yon paragraph poul denonse fanatism relijyon yo li pa kondane selman ti mesye ki vle mouri pou yo jwen 7 viej yo selman.li di:"Here ,then ,is a very brief summary of the religiously inspired cruelty I witnesses in six places .In belfast ,i have seen whole streets burned out by sectarian warfare between different sects of Christianity,and interviewed people whose relatives and friends have been kidnapped or tortured by rival religious death squad ,often for no other reason than membership of another confession.There is an old Belfast joke about the man stopped at a roadblock and asked his religion.When he replies that he is an atheist he is asked"protestant atheist or Catholic atheist.I think this shows how the obsession has rotted even the legendary local sense of humour .The ostensible pretext for this mayhem is rival nationalism ,but the street language used by opposing rival tribes consists of terms insulting the other confession.For many years ,the protestant establishment wanted Catholics to be both segregated and suppressed.'Se pa nan sel islam ou jwen fanatik sa yo .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Jeu 19 Juil 2007 - 11:15

Mwen pa fou, m'pa anraje, m'pa ta ka di w ke se nan islam ki genyen ekstremis sèlman. Se pou w byen gade nan pòs anvan yo, lè m'ap pale w de Radikalis, mwen pa janm di "radikalis islamik". Mwen pale pou tout radikalis kèlkeswa orijin yo.

Sans Malice ekri :

yon natyon genyen dwa anvayi yon lot natyon si li konnen ke lot natyon ap prepare zam fann fwa.

Non, mwen pa janm ekri sa la-a, mwen te ekri ke "menm jan genyen moun delekan, se konsa genyen gouvenman delekan tou" sa vle di menm jan ke wou pap dakò si Leta Florid deside fèmen zye sou tout malad mantal ki pote zam, se menm bagay la pou yon Gouvenman. Epitou, se pa lòt jou la-a, nou menm liberal yo t'ap kritike ajans federal ki te kite ti bonònm Virginia Tech-la achte zam atout yo te konnen li te yon malad mantal ?

se yon ipokrisi pouki sa yo pa anvayi LUNION SOVIETIK , pou ki sa yo pa anvayi la chinn ,la frans tout peyi sa yo genyen zam fann fwa ,bonb hydrojenn , zam nukleyè. Israel genyen bonb hydrojenn tou pouki sa li bon pou israel genyen yo epi lot pep yo pa genyen.

Se pa tout bagay ke mwen konnen, alò m'ap mande'w kèk nan sa mwen pa konnen : Eske youn nan peyi sa wou site la yo gouvenman yo fè prèv de radikalism ? ...Mwen poko janm tande peyi sa yo nan tan modèn sa-a k'ap di ke fòk tèl ou tèl ras moun disparèt sou sifas tè-a non. Lagè fwad pat baze sou radikalism asosye, si se te leka, gè nikleyè-a ta fèt deja. Wou ekri ak men pa'w ke Izrael genyen zam nikleyè, e se pa jodi-a, gade li pa janm itilize'l, imajine'w konnyea se Ahmadinejhad ki te di ke fòk "Izrael disparèt sou map-la" ? wou panse li pa t'ap gen tan deklanche yon gè nikleyè ki te ka mennen la fen Mwayen-Oryan ? Yon moun k'ap preche ke se pwofesi k'ap akonpli, li lè pou Islam pran kontwòl mond-lan ?

eske ou tap dako pou yon peyi anvayi ayiti paske nap devlope zam biolojik zam chimik pou nou defann ti bout tè ya?

Wou byen di "defann", pa "konkeri" le mond. genyen anpil nyans la-a.

Bush menm di gè ya se pa yon gè kont Islam .se yon lot bagay li genyen ak sadham ,e li te di nan yon press konferans ke Sadham te menase pou touye papal ;se revanch li lap pran men si sa koute peyi ya des bilyon dola chak jou e anpil moun ap mouri anpil jenn ameriken estwopye men fok li te fè Sadham peye frekansite li, si w dako ak sa nanpren diskisyon posib anko.

Mwen pa kwè zafè Bush se yon bagay pèsonèl li te genyen ak Sadham nan, paske mwen sonje ke anvan gè-a te kòmanse, Bush te bay Sadham yon iltimatòm 72 zè tan ,si mwen raple m, anvan ke iltimatòm sa-a ekspire te genyen yon entèlijans ki te rive jwenn Bush, kote ke ajan li genyen sou teren-an te lokalize Sadham ak 2 pitit gason'l yo nan yon palè andeyò Bagdhad. misye te ka bay lòd pou lanse yon tomahawk epi etenn souf yo. Misye pa't fè'l paske li di ke li te ba yo 72 zè de tan pou reflechi, alò l'ap genbe pawòl li.

Mwen pa kwè ke sa-a se atitid yon moun ki genyen yon bagay pèsonèl ak yon lòt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Jeu 19 Juil 2007 - 12:04

Mwen poko fini,...yon lòt kote wou ta vle fè moun konprann ke se politik ameriken mennen vizavi Izraèl ak Palestin ki pèmèt ke genyen teworis konsa pa vre ? wou ta vle fè konprann ke si nou pase men nan tèt tout radikalis pwoblèm teworis-lan ap rezoud pa vre ?

Ebyen mwen ta renmen ke wou eksplike fè sa yo, mwen ta renmen wou ban'm bon jan eksplikasyon san "mais, si, petèt".

Nan konesans pa mwen, youn nan administrasyon ameriken ki te pi pwòch Palestinyen yo se te pa Clinton-lan, se sèl Clinton ki te fè yon vizit ofisyèl nan Gaza antan ke Prezidan Ameriken, Clinton te di ke (san li pat mòde lang-li) : "Pèp Palestin ak Pèp Izraèl genyen dwa pou yo ekziste san laperèz". Men kòman wou ka eksplike ke se sou administrasyon Clinton-nan ke Ameriken fè konesans ak sa yo rele teworis-lan sou pwòp teritwa peyi yo, e kouman zak teworis te fè ap kontinye. Si wou pa sonje yo, m'ap raple w yo :

_ An 1993, yon kamyon chaje ak eksplozif eklate anba WTC, bilan-an 6 moun mouri ak plis pase 1.000 lòt blese. Clinton pa fè anyen serye.

_ An 1995, yon bonb touye 5 US Marines nan Arabi Sawoudit. Li pa fè anyen serye toujou.

_ An 1996 nan Khobar Towers ,nan Arabi Sawoudit Toujou, plis pase 19 solda ameriken mouri ak 200 lòt blese apre yon bonb eklate. Li pa fè anyen serye toujou, paske si li mache pran moun ki responsab yo li va "kreye plis teworis" pa vre ?


_ An 1998 An Afrik bonb eploze devan 2 anbasad ameriken, plis pase 224 moun mouri ak 5.000 lòt blese. Clinton paka fè anyen toujou paske si li mache pran koupab yo, "jenès Arab-lan ap vini pi move"

_ An lane 2000, teworis eklate yon bonb sou kote batiman ameriken ki rele USS Cole, la ankò 17 maren mouri ak anviwon 40 lòt blese. La ankò Clinton rete nan koki li pou li pa leve "kòlè jenès Arab-la".

Mwen si e sèten si li te fè yon bagay serye ebyen 9/11 te ka pat rive. Se sòt ki bay epi enbesil ki pa pran, si chak jou y'ap gagannen w wou pa di anyen, pwochènn fwa se yon kalòt y'ap ba wou paske yon konnen ke wou fèb, depi yo tape'w nan nen se kouri wou kouri.

Epoutan mwen te panse se Repibliken ki pa't bon What a Face . Vwala ke Clinton te nan Tete lang ak yo, yo pat janm bay misye yon break, se pou wou eksplike'm fenomèn sa-a san ke wou pa mete chay-la sou do Bush. Mwen di w sa deja, radikalis sa yo se "holy war" y'ap mennen. Nou menm liberal ki kwè nan Tonton Nwèl, na gade nan mont nou n'a wè li fè 13 zè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 19 Juil 2007 - 16:54

bon ou konnen byen genyen plisyè faktyon nan kan palestinyen yo.e menm pami arab yo ou jwen moun tankou Sadat ki mouri pase li te vle fè la pè ak Israel ou genyen moun tankou Rabbin ki mouri paske li te vle remet palestinyen yo teritwa yo ,men ou genyen yon lot gwoup ki pa kontan di tou ke yo te mete eta israel lan an Palestine moun sayo se ekstremis yo ki pa tande ni yo pa ka wè yo paka detwi israel; moun sayo panse ke se paske ameriken ap soutni israel ki fè pep palestinyen pèdi tè yo ,yo panse ke se gouvenman meriken ki ap soutini Rwa Faoud an arabie Saoudit se bagay saa ke faktion ben laden lan genyen ak Eta Zuni .genyen fanatik relijye yo tou.Se yon pwoblem ki konpleks anpil menm lè Clinton ta di ke li rekonet dwa palestinyen e jwif yo pou yo koabite nan 2 eta endepandan se pa yo tout ki ap kontan ,se sa ki eksplike krim sa yo ke w site la yo.Fok se anpil souples ak sajes ak fermete tou ki pou montre ekstremys yo ke yo pap ka detwi Israel ,men tou menm yon moun tankou Sharon rekonet ke jwif yo pa ka pran tè palestinyen pa la fos.Mwen kwè ke si apre gè 6 jou a yo te remet teritwa ke yo te sezi yo bagay la pa tap rive jis kote li rive jodya .Se sak fè mwen dako ak sa Bush ap preche kpoulyè ya.Fok gouvenman Eta Zuni montre ke li pa dako lè se matirise yap matirise pep palestinyen.Fok eta zuni pa apiye rejim rwa Faoud inkondityonelman paske se yo ki genyen lwil fok nou chache genyen endepandas de lwil la pou nou pa blije bouche nen nou pou nou bwè dlo santi.Pou nou denonse tout vye rejim kote yon gwoup moun ap kenbe majorite yo nan la misè.

mwen pa genyen oken degre nan dwa enternatyonal non men mwen konn ap li kote yo di dwa tout pep a otodeterminatyon,menm jan Bush di si yon peyi ta okipe Eta Zuni li tap yon konbatan se menm jan tou mwen ka konprann Irakyen ki pa kontan ke peyi yo okipe mwen sonje ke ted Koepel te mande yon jenn medsen irakyen lè twoup yo te anvayi lirak eske li kontan li te di non lè li mande l si li pa kontan ke yo vinn libere l de Sadham li di ke Sadham se irakyen .sa li vle di daprè mwen se yo ki pou te regle zafè yo ak Sadham mwen pa konnen si li se manb pati Sadham la ,men sa ki ap pase jodya montre ke Solutyon pwoblem lan se pat anvayi Irak ,si nou ka ap regle kose zam nikleyè pa vwa diplomatik ak North Koreya nan lide m nou te ka resoud pwoblem lan tou pa vwa diplomatik san nou pat beswen touye tout irakyen ak ameriken ki mouri yo.Genyen anpil moun depi se pa yo ki viktim yo pa wè yo pa tande men si se te pitit yo ki tap mouri ki tap tounnen estwopye ou ta tande rel ka makorel.

kom mwen di deja e map repete l pou wou zafè moun ki vle enpose relijyon ou mod de vi you sou lot moun e byen mwen pa genyen oken pwoblem ke lame meriken rantre kote yo kache pou detwi yo. Mwen pap tolere oken fanatik relijyon ke li se pwotestan, katolik ou bien islamik.depi se fos ou vle itilise pou enpoze relijyon sou lot moun e byen se pou yo lage yon bonb kote ou kashe ya pou yo kangannnen w.pase nanpren moun ki ap vinn di m pou pitit fi mwen yo ak pitit pitit mwen yo pa dwe ale lekol ni pou yo pa travay mache nan beach jan yo vle.Pou liberte mwen map fout pran fisi m si pa malè yo ta vinn vle mete vye mod de vi yo bo isit la.Mwen pa yon pasifis non ,men mwen rekonet se pa tout bagay ki ka regle ak zam.e mwen rekonet dwa tout moun pou yo pouswiv dwa inalyenab ke kreyate yo te bayo .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Thunder Ven 20 Juil 2007 - 12:38

Ebyen se de radikalis sa yo ke m'ap pale. Se sa yo menm ki pa bezwen lapè ak koabitasyon avèk Izraèl yo, sa ki di ke toutotan Izrael pa disparèt pap genyen lapè yo. Moun sa yo, kelkeswa plan lapè wou ta elabore ak yo, yo pap satisfè, kelkeswa wou te pase men nan tèt yo. Moun sa yo se lapè yo pa bezwen menm, se lwa islamik sharila yo bezwen ki pou domine mond-lan. Si wou montre feblès wou, mesye sa yo ap sakrifye w. Meyè defans-lan se toujou atak, se touye yo anvan ke yo menm yo touye nou. Mwen d akasan se mete siwo. Se pa fòt mwen se konsa mwen ye, se zam nan men pou mwen mouri, m'pap mouri ajenou.

Yon lòt bagay ankò, ...mwen kwè nan libète tout pèp pou yo pwoteje tèt yo. Mwen konnen ke wou genyen anpil respè pou pèp Afghan-an pa vre ? ...men eske wou t'ap aksepte pou Taliban yo posede zam nikleyè ?

Se sa mwen vle ke wou konprann nan, se pa kont libète oken pèp mwen ye, men mwen kont yon malad mantal ki gide pa relijyon ak èn pou posede zam fann fwa. Melanj 2 bagay sa yo toujou bay dezas.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Rodlam Sans Malice Ven 20 Juil 2007 - 15:24

Eske ou klase Sadham nan menm ran ak ben ladden?Nou klè sou sa depi se moun ki vle enpoze relijyon ou mod de vi yo sou lot moun pa la fos e byen se pou nou reponn yo ak fos tou.Mwen te site pati liv Christopher pou mwen te montre w ou genyen fanatik nan tout relijyon menm bo isit la tou ou genyen fanatik relijyon ki ap boule klinik moun ki ap eksploze leglis o non relijyon eske fok nou retire zam nan men eta zuni tou?Si se yon gouvenman tankou gouvenman taliban n yo ki pran posiotyon e ke yo ap menase moun ,oprese fanm e byen mwen pa genyen pwoblem pou yon task fos rantre pakistan al chache kote Ben laden kache pou yo pilverise li.Men fok bagay sa fet ak anpil planifikatyon pou ke inosan pa peye pou koupab.

mwen admire jenn ofisye nan lame meriken ki di li pral goumen an afganistan men li pa prale an irak,sa se yon moun ki genyen tet li sou zepol li.An touka nou fè yon bon rale nap kite diskisyon saa la.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  alex jacques Sam 28 Juil 2007 - 3:08

You sel bagay mwen konnen, si Bill Clinton te gen grenn. 11 Septanm te gen dwa pat frape America.

Bill Clinton te rete preske inaktik malgre tout atak ke al qaida fe you entere Ameriken, tan sou sol ameriken an, tan sou entere ameriken a letranje.

Pou-m pa semante, se apre ke Al qaida te fe tantativ rate sou World trade Center a, Clinton te oblije lance 2 ou 3 misil pou deloge Al qaida de you pozisyon a you lot.

Se s'ak fe mwen di, zafe politik Ameriken mwen pa pran twop pozisyon ladan-l. Paske yo tout se menm bagay la, you pati pou mete Ekonomi an ou ray, lot pati pou mete boul nan pwa tout lot peyi k'ap fe frekan.

Alos kiga-w panse ke youn k'ap defann entere peyi a plis pase lot non. Se menm travay la k'ap fet wi.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

kote moun yo ,mwen pa wè moun yo Empty Re: kote moun yo ,mwen pa wè moun yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum