Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
(Adhérents Fnac) Enceinte Bluetooth Marshall ...
Voir le deal
199.99 €

Sinik, ipokrit ,anbitye yo vle defann konstitutyon 1987

Aller en bas

Sinik, ipokrit ,anbitye yo vle defann konstitutyon 1987 Empty Sinik, ipokrit ,anbitye yo vle defann konstitutyon 1987

Message  Rodlam Sans Malice Dim 21 Oct 2007 - 13:06

Se ri yon moun blije ri lè wap li sa ke politisyen ayisyen ap ekri pou yo kache rezon ki fè yap defann yon konstitutyon ki mande yon peyi ki ap mande charite pou li boukle bidjè li pou li fè elektyon chak 2 zan pou eli senatè.

maten yan map li yon moun ki ekri ki jan fè yon konstitutyon ki aprouve pa 99% pep la e ke 3 moun vle aboli konstitutyon saa ;se menm moun sa yo ki toujou ap vyole konstitutyon an ki te rele ke li pat bon lè atik 291 lan te di makout pa ladann ,se yo menm ki te ranverse gouvenman konstitutyonel peyi ya ki jodya ap pran poz demokrat yo sou moun;defansè konstitutyon;ala yo ipokrit ,sinik .

Yo konnen byen pouki sa pep la te vote konstitutyon ke li pat menm li ya se paske pep la pat vle wè makout patisipe nan zafè peyi ya. jodya a atik 291 la pa an vigè anko yo vle pou peyi ya kontinye nan menm grimas ak yon paket fonktyon initil pou yo ka jwen job lè ya o pouvwa se pa peyi yo wè vre.

mande tout ayisyen moyen nan peyi ya pou yo site w 5 atik nan konstitutyon 1987 pou wè konbyen ki ap ka reponn.politiisyen ayisyen toutjou jwe sou emotyon .iyorans pep la pou yo foure yo paket vye fonktyon initil nan konstitutyon peyi ya menm si se charite pou yo mande pou yo boukle bidjè peyi ya.Ki jan yon peyi ki pa ka ranmase fatra nan la ri, bati lekol pou ti moun aprann, ba moun dlo pou yo bwè ka ap depanse 10 milyon dola pou fè elektyon chak 2 zan ;eske sa fè sans?Konbyen reset kominn yo ye pou genyen tou manb kasek, asek sa yo?ki lè na jwen lajan pou nou envesti nan sa ki raporte lajan si tout reset leta pase nan peye birokrat e fè elektyon?

mwen pa kwè yon moun beswen genyen gwo degre nan ekonomi pou rekonet ke peyi dayiti pa genyen moyen pou peye tout gwo manjè sa yo.se sinik pou yon moun mande pou ti moun pa ale lekol ,pou malad pa ka jwen swen nan lopital, pou peyisan ap kouri kite peyi ya pou yo al travay kom esklav an dominikani epi pou lajan peyi ya se birokrat ak elektyon selman li ap regle.

Se pa pale franseeu vre ki di yon moun genyen lespri ;pafwa lespri yo telman bouche pa anbityon pouvwa ke yo vinn fou.Jodya yo di yon bagay demen yo di yon lot ki konpletman opose a sa yo te di anvan.Politisyen ayisyen two sinik, yo pa wè pi lwen pase enterè personel yo.Depi yon moun vle soulaje soufrans 96% ayisyen ki ap kroupi nan yon misè nwa depi 2 syek yo leve kanpe pou yo chache tout rezon pou yo ba li baryè. Aba tout vye politusyen zagribay patripoch. Vive pep ayisyen , aba konstitutyon 1987.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum