Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Moralitè e Integritè: Se le 4 jè kontrè kè manti kaba

Aller en bas

Moralitè e Integritè: Se le 4 jè kontrè kè manti kaba Empty Moralitè e Integritè: Se le 4 jè kontrè kè manti kaba

Message  revelation Dim 28 Oct 2007 - 14:54

Nan sosyete Ayisyenn ke nap viv konnyen la, le 2 moun ap debat younsije inpotan pou sosyete a, apre 2 e 3 post, deba vinn tounen youn diskisyon kote ke sak rele ammwe pi fo a konprand ke li kap genyen deba san ke li pa gen prev e ase e aguiman solid pou defand pozisyon li.

Si li we ke lap pedi deba tout bon vre, li fe deba tounen youn zafe personel kote ke li komanse antre nan santinan lot kamarad la.

Se konsa ke si youn di ke : W se youn vole. Lot la olye ke ki defand tet li, li repond : W menm tou W se youn vole !
Se youn repons fasil e efikas.
Paske le 4 je kontre manti kaba.
Se konsa ke sosyete a montre nou pou’m defand pozisyon nou.
Paske nap viv nan youn sosyete kote ke tout moun kelkeswa pozisyon sosyal e ekonomik yo, gen posibilite e mwayen pou viv nan manti.

Byen ke nan tout konsyans yo, mesye sa yo kap bon grenn ayisyen ki renmen peyi yo, ki kap fe anpil pou peyi yo.
Yo dispoze bay akolad e batay kot a kot pou defand peyi a.

Min kan se zafe pouvwa kap diskite, li vle ke se li ki pou kenbe pouvwa, e poum montre klerman ke li pa dispose bay youn lot fe youn kou, yo deklare tet yo a vie. Sa vle di ke se mouri pou yo mouri pou youn lot ka jwen.

Nou we konpotman sa depi 200 zan granpapa nou kite oblije touye Dessalines pou yo te fe youn kout pouvwa tou.
E imoralite sa « Ralè ko w, bam fe youn kou tou » movè egsanp de gouvenans sa ke premye lidè nou an rete youn madichon, youn pichon, youn pongongon ki rete avek nou jiska no jou. Se youn curse kap pete fyel nou.

Menm sou anpil forum kote youn bel deba ki konsene sosyete a, ke se swa edikasyon ke se sante, ou byen ekonomi peyi a, deba fini an ke pwason kote ke chak moun fe youn direksyon opoze, paske debat vini personel e politise e vre deba pa jamb atake an profonde jan sa dwe fet la.

Se sak fe ke dirijan nou yo ap mache sou fatra, sou kadav l'enemi yo, e pep la ap manje labou e viv nan la mize.

Sosyete a pa gen moralite ni yo pa genyen integrite.
Pandan ke nou menm ti intelektyel vant plin, plasma TV, CBC, BBC, NFL. NBA, Goal TV ap joure e rele youn ak lot GNBiste, Titidyens, Prevalasyen, nwayiste, milatriste, afrikaniste etc..Nou fyer de pozisyon politik nou e nou pare pou defand konviksyon nou.
Nou sanble youn band of brothers jenn gason nan dortwa iniversite kap gade Ayiti nan televisyon kankou se youn match football nap gade.
Inifom GNBiste, Titidyens, Prevalasyen, nwayiste, milatriste, afrikaniste etc sou do nou e nat rele ammwe pou ekip pa nou kap make gol sou lop yo.

Mezanmi!! Bagay sa pa youn jwet!! Se bagay serye!!.

An Ayiti, Dirijan politik nou yo pa gen chwa sa yo. Yo chanje kan e pozisyon yo kankou chemiz. Yo pa kwe nan moralite ni nasyonalite. Yap viv nan youn sosyete ki di : Sauf qui peut !!

Washington Post rapote nan jounal jodi a kee 2003 a 2006, trafik drug double ant peyi Venezuela e Ayiti.
Trafikan yo ap profite de mize e febles dirijan nou yo pou develope e ogmante trafik drug la. Distans Les Cayes e Venezuela pi kout ke PotoPrins Miami.

Trafik drug fe kinkin sou tout kot teritoryal peyi a.
Edikasyon pa youn priyorite anko pou jeness Ayisyenn nan, se fe lajan e fel vit.

Anpil polisye ap mande pou yo transfere yo sou fontye Dominikin e nan lot ti vil provins yo paske se la ke lajan ye non selman nan drug min nan tout trafik illegal kap fet nan peyi a.
Ti zile ki rele Ayiti a pa gen pot ni barye, kriminel kou moun de byen ap fe ale vini jan yo vle!!

Min pa gen prye ki pa gen amen!! Youn jou fok sa chanje!!

Si nan kondisyon ke nou tap viv la granpapa nou ak bel inifom lame an swa, bel zepolet an or, bel pantalon sere, bel bot sire bel chapo an plimm de pan, bel chwal arab ki resevwa fomasyon milite yon an min panyol, angle, e blan france jwen mwayen kole zepol avek granpapa domestic nou yo e neg bossal, neg congo, pye ate, zotey boulounen e bouda chire fe revolisyon 1804, se pa ti batay kont la mize, imoralite e integrite ke nou pakamb kombat la.

Yo di ke bet jennen mode!! Sanble ke nou poko jennen tout bon vre !!

Revelation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum