Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-47%
Le deal à ne pas rater :
DOMO DO1032SV – Aspirateur balai 2 en 1
49.99 € 94.98 €
Voir le deal

Bon dye e relijyon

+2
Joel
Rodlam Sans Malice
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Mer 11 Oct 2006 - 12:44

Yè swa map gade televisyon epi yo tap montre yon pret katolik ki ap fè konfesyon konbyen ti moun li sodomize, li fè kadejak sou yo.pami ti moun sa yo genyen yon pitit fi yon shinwa ak yon fanm blansh ; papa pitit la ki jodya yon fanm de 40 lane ki tromatise di ke li konn kite pè ya lakay li ap priye epi se kadejak kon li vire ke pè ya al fè sou pitit fi li ki te genyen 5 lane a lepok.Li kriye pase li mande pitit la poukisa ou pat dim saa ;pitit la di li pase ou toujou di si yon moun fè mwen mal wap touye li. mwen pat vle ke ou ale nan prison.Pandan se tan apre ke gwo monseyè transfere pret saa nan anpil kote pou yo pa dekouvri koulyè ya li ap jwi trankilite li nan peyi li san inkyetid.

Pita anko yo Pale de yon Jwif ki te ap fè menm bagay sa yo tou nan kote li te ap servi ti moun.Sa pa genyen lontan yo gwo Pastè pwotestan meriken te di ke bon dye pale ak li li di li si li pa ranmasse plisyè milyon dola pou leglis li li di bon dye di li ap mouri.Genyen yon lot gwo pastè anko ki mande pou yo touye presidan Chavez.Lè yon moun ap tande bagay sayo si w pa genyen yon fwa solid eske se pa bagay ki pou ta fè ou doute ekzistans bon dye.Mwen pa yon fanatik relijye men shak jou ki pase map gade mervey kreyatyon li fè mwen plis kroyan nan eksistans bon

Sa genyen yon mwa pase mwen te al visite Kennedy Space Center museum ak yon pitit gason mwen ak fanmi li.mwen te al gade wosh ki sot nan la linn la .mwen wè wosh yo tou nwa lis tankou mwen ta di w se yon pano ki fet pou reflete limyè soley la.mwa saa shak fwa mwen paka domi mwen leve map gade plenn linn ki klere tout lakou lakay mwen.mwen pat menm beswen limen limye yo.e se mwa saa ke li komanse fè nwa pi bonè; lè map gade limye saa ki ap klere la tè map mande eske se vre ke bel mervey saa se resilta yon boom ,poukisa wosh ki nan la linn yo lis konsa pou yo ka reflete limyè soley la.pouki sa la tè genyen la linn sa ki tou prè li.Mezanmi fok nou pa okipe moun ki di se bon dye yap servi e ki ap fè ti moun mal,mwen pa ale leglis souvan anko men mwen kwè ke genyen yon bon dye , si nou priye li ak fwa ak sinserite,si nou retire tout move mers ,tout move panse nan kè nou, mwen kwè Ayiti a genyen moyen poul soti nan misè li ye ya. nou pa beswen al shita devan yon peshè pou nou rakontel peshe nou.men mete a jenou kelke swa kote nou ye adrese nou a gran met la ak senserite mwen kwè li a reponn nou.

Sete yon mesaj kite ensipire de la linn lan ke te mwen tap gade yè swa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Jeu 12 Oct 2006 - 9:59

San Malis,

Ke se Pastè,Pè,Rabin elatriye,3/4 la dan yo se blofè,movè fèzè.
Kant a Pè Katolik yo menm,yo estime ke mwatye la dan yo se masisi.
Mwen pa di Masisi se peche non,men se yon fè,mesye yo se masisi e yo se masisi aktif.
Sa gen de (2) semèn de sa,yo t ap pale de yon kase fèy,kouvri sa ke aktyèl Pap (Benoit )t ap fè ,pou li te kouvri pedofil nan Legliz Katolik yo.
Misye te fè sa,lè li te monseyè.
Yo tout se vagabon!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 12 Oct 2006 - 18:04

Mon shè mwen ekri teks saa pou moun ki ap kritike vodou yo. Mwen vle montre ke genyen move zak nan tout relijyon e se pa relijyon ki ap sove moun tankou doktrinn kretyen yo vle fè moun konprann, Eske bon dye ap kondane moun nan kote isole an afrik yo kote yo pa janm tande pale de kristyanité, si se ta sa bon dye pa ta miserikordye,yon dye damou e sharitab.

Mon shè mwen pa di vodou pi bon pase katolik ni pwotestan non, men menm lè yon moun ka konprann yon moun ki omosexsyel yon moun pa ka aplodi yon pret ki abise konfyans yon fanmi pou li rantre lakay moun yo fè komsi se priye li vonn priye epi li tan kon papa pitit li kite kay la pou l fè kadejak sou pitit fi moun lan ki genyen selman 5 lane ou byen yon rabai ki ap plede sodomyze ti jenn gason nan Brooklyn epi jodya li ap viv a lez an Israel.Ke li te se pret, Pastè, Rabay , hougan ou pret vodou li merite al nan prison.Ou paka ap preshe di omosexyalite se yon abominatyon epi wap plede initye ti moun nan abominatyon sa.Wap preshe pou moun pa fè san yo pa marye epi se ou ki ap fè kadejak sou ti moun 5 lane.

Se pousa mwen refize patisipe nan ipokrisy saa ,ale la mes ap koute anpil vagabon ki ap fè ipokrit.Lè mwen beswen prye mwen mete a jenou e mwen priye bon dye pou l padone tou peshe mwen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Jeu 12 Oct 2006 - 18:40

Yon ti atik enteresan sou listwa Vodou ke yon vodouyizan ameriken ekri.
Agiman misye se ke lè y ap pale de Vodou ,yo toujou ap mansyone Ayiti,tandis ke kelke swa kote Afriken yo te debake ,yo t ap pratike relijyon zansèt yo:
Li pito:

http://www.mamiwata.com/voodoohistory.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  jackoti01 Jeu 12 Oct 2006 - 19:05

mwen li atik la men misye outijan sipefisyel. Se te jis you antre men gen anpil bagay li pa touche. Vodou ke nou genyen yan pa pran nesans an afrik. misye rekonet tou ke li outijan enposib pou you moun pale de vre sans vodou spiritualite li etc.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Ven 13 Oct 2006 - 0:01

Joel se ak yon gran plesi ke mwen li atik la.shak moun enterprete sa li li selon perseptyon li Si yon moun di ke vodou nou genyen ya pa pran nesans an Afrik se pou li di kote li soti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Ven 13 Oct 2006 - 3:23

San Malis,

Depi plis ke 40 lanne ,m ap li sou Vodou;Jackoti se premye moun mwen wè ,ki emèt opinyon sa a.

Mwen ekstrèmman kirye pou misye ta di kote Vodou sòti,si se pa ann Afrik.

Byen,ke nou gen dwa di, ke gen anpil makakri ke moun asosye ak Vodou an,ke se an Frans yo sòti!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Ven 13 Oct 2006 - 7:50

Men eske sorsèlery ,maji se vodou.Genyen kriminel nan tout relijyon.ke yon moun se malfektè sa pa vle di pou otan li se yon vodouyisan.Nou wè eksanp nan mesye teworis ki melanje yon zafè politik ak relijyon pou yo ka misitifye pov despri.Mwen pa pretann ke mwen se yon esper nan zafè relijyon ni nan anthropoloji men sa ke mwen remake nan relijyon shak moun fas a ignorans devan mervey sa ke li wè devanl kreye yon deyite poul eksplike kreyatyon mervey saa.Genyen moun ki rele li Boudha, genyen ki rele li Jehovah, Bon Dye.e tout lot non yo.Se menm jan pou afriken yo tou.Si relijyon katolik pale de trinité, de Sen. de zanj ,poukisa afriken yo tou paka bay bon dye pa yo non yo vle ak tout zanj e sen pa yo.

Mwen pa yon vodouyisan non, men sa ke mwen remarke se menm vye prejije ke anpil ayisyen genyen ak tout sa ki pa yo ki fè ou wè anpil nan yo prefere adopte relijyon ansyen met yo pito.Se pa pi bon relijyon sa yo pi bon.se yon kestyon de hai tien;mank de self esteem.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Ven 13 Oct 2006 - 10:12

Se sa k fè nou nan Eta nou ye an wi.
Gade Endyen (Lend) ak Japonè yo?

Kilès ki ta oze di ,ke relijyon yo pwofese yo,se relijyon dyab?
Nan relijyon Endou an,gen de milye de deyite.
Lend te kolonize pa Angle yo,men se ti yon minorite tou piti ki konvèti nan relijyon Ewopeyen yo.
Eske lè yon moun al NAN SOUKRI ak NAN SOUVNANS lè y al rele zansèt yo,ba yo manje ;se zafè dyab y ap regle ?
Non,mil fwa non!
Endou yo tou se konsa yo fè,lè y ap rele Lespri relijyon yo an,yo fè gwo Babako manje pou yo pataje (senbolikman) ak Lespri relijyon yo.
de peyi tankou Kiba ak brezil,plis ke moun nan peyi sa yo ap edike ,se plis y ap aksepte relijyon AFRIKEN yo;ki pou yon gwo,gwo pati nan popilasyon yo,plis ke yon relijyon.

Nou menm menm?
Adye!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  jackoti01 Ven 13 Oct 2006 - 19:46

Joel se ak yon gran plesi ke mwen li atik la.shak moun enterprete sa li li selon perseptyon li Si yon moun di ke vodou nou genyen ya pa pran nesans an Afrik se pou li di kote li soti.

Sans malice, mwen te di deja kote li soti. Mwen te ekri nan ansyen forom you atik sou sa. Mwen te bay dat. Sans malice kisa ou rele vodou? San malis atik sa-a se you atik ki plis gen tandans montre ke nou pa responsab devlopman vodou. Mwen wel kom you tandans pou minimize jaret neg lakay bay vodou.
Sans malis vodou nou an se you melanj relijyon zanset afriken yo ak legliz katolik. melanj sa pran nesans nan kontinan nef la. Se legliz katolik limenm ki deside ki lwa pou fe mache ak tel sen. Se sinod pap la nan lane 16 septanm 1687 ki te pemet sa fet. Se sinod sa tou ki kreye vodou ke nou genyen an.

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Ven 13 Oct 2006 - 20:20

Bon

Ou di se zanset nou afriken yo ak legliz katolik .bon ki jan fè yo te persekite ougan yo konsa nan zafè rejete Sise leglis katolik ki kreye vodou nou an.Ou pa wè sa pa fè sans.Genyen anpil moun an ayti ki di yo se vodouyisan men ki pa janm konnen sa relijyon vodou ya ye vrèman.Genyen moun ki pa janm wè kote yon miste monte yon moun.

Banm ba w yon balg.Mwen te kantone Anse d'Hainault nan lane 1961 ,mwen te genyen yon ti dam byen bel mwen kwè li o Zeta Zuni koulyè ya.se te yon bel ti dam ak yon koulè kafe o lè ak anpil sheve nwa; bel bagay menm si li te nan misè.Yon jou swa mwen ale lakay li apre nou finn fè yon bon lanmou mwen tonbe nan yon profon somey.pandan ke map domi se komsi mwen santi yon bagay ki ap rantre nan nen mwen ki ap pase sou figi mwen .Mwen reveye tou den kou mwen wè jenn ti fanm lan ki kroke tet an ba nan bwa ki fe plafon kay la li genyen yon mouvman tankou se yon koulev.Mwen telman sezi se pantalon mwen ak shemiz mwen pase mwen pran epi mwen kouri soti lakay la poum al nan kasern lan.Se pa de padon malerez la pa mande mwen apre sa .menm lè li tap vinn o Zeta Zuni ak tout residans li li vin wè mwen na transmisyon pou nou rekonsilye,li vinnpoul pote shat la ba mwen ou konnen mwen pa okipe li. men kom a lepolk saa mwen pat sou vinn o Zeta Zuni mwen pa okipe l pase mwen konnen mwen pa tap kapab viv ak li. menm si mwen te marye pou residans.Mwen pa janm bliye li paske li se te yon bel fanm ,men bagay sa fe mwen respekte zafè lwa.Se yon moun ki telman pesib ou pa tap janm panse ke li servi lwa.E se pa sel eksperyans sa ke mwen fè non.

Alo se pa nenpot sorsye ,lougarou pou nou konprann ki se voudouyisan tande.Genyen moun reyleman ki se bon vodouyisan ke sen yo shwasi .
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  jackoti01 Sam 14 Oct 2006 - 0:21

Bon

Ou di se zanset nou afriken yo ak legliz katolik .bon ki jan fè yo te persekite ougan yo konsa nan zafè rejete Sise leglis katolik ki kreye vodou nou an.Ou pa wè sa pa fè sans.
Sans malis kom ou mandem poum esplikew map esplikewe wap we sa fe sans. Mwen te esplike deja pou kisa legliz katolik te fe maryaj ant sen ak lwa. tout sa te nan premye forum nan. Dapre sinod 16 septanm 1687 legliz katolik te otorize pe pou yo ajiste kwayans nan dye afriken yo ak sa ki pratike nan legliz katolik. Legliz katolik te fe sa se te you fason pou ramne pazapa nan legliz katolik moun ki kwe nan relijyon ki soti an afrik. Se menm bagay sa legliz katolik te fe le li di se 25 desanm jezi te fet. 25 desanm se te you fet payen kote tout moun tap pran plezi yo. Kom jou sa pat ka pase inapesi pou payen yo legliz te fe yo konpran se jou pou yo selebre jezi. Ou pa trouve sa etranj ke yap adore you lwa nwa sou fom you sen blan. Sen blan an ki koresponn ak lwa nwa a se legliz katolik ki enpozel. Maryaj sa a san malis te pran nesans nan amerik la. Se maryaj sa ke yo rele vodou. Relijyon ki soti an afrik la pat gen adore lwa sou fom you sen blan. Ou pat jwenn an afrik zafe St Jak maje ki se Papa Ogoun. E jiska prezan le ou ale nan fet chanpet ou we anpil moun ki nan vodou ak inifom lwa yo sou yo ki vin limen balen nan pye sen an ki reprezante lwa. Konsa moun yo te komanse kwe ke legliz katolik ak sen li yo se menm bagay ak lwa kap desann nan tet yo. mwen kwe kiba yo pa rele maryaj sa a vodou yo relel senteria paske li gen anpil sen ladann. A you seten moman an ayiti legliz katolik te deside ke li le poul pirifye an ayiti relijion katolik e le saa li vinn pran desizyon pou li di a fe tonbe lwaa se bagay dyab. Li te vinn ak mouvman rejete ki mande kraze tout bagay lwa. nan liv "la croix et l'asson" ke mwen te li 20 an de sa ou ka jwenn plis esplikasyon
E le sa a gen moun ki tap pratike vodou ki jwe jwet la avek yo. Yo konseve imaj lwa ki se potre sen blan yo adore e yo kraze peristil. Lwa vin tounen bagay yap fe an kachet men si mon pe al lakay yo lap we potre st jan, potre altagras, potre imakile. yap chante chan katolik avek mon pe e le mon pe ale balen nan ret limen pou lwa desann. Piske pisouvan mon pe se lavil li ye zafe bat tanbou pou rele lwa kontinye nan mon nou yo. Vodou wa le sa te sanble ap bagay moun nan mon emoun lavil kou you seri dat rive yale nan mon nan seremoni lwa yo. e menm sakristen an andeyo konn ap limen ti balen li pou lwa li." tel est pris qui croyait prendre" e map fini ak langichat" A malen, malen edmi"

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  alex jacques Sam 14 Oct 2006 - 5:04

Bon mwen te chwazi pou-m pat rantre nan diskisyon sa-a, paske mwen se you nonm ki gen fos kote, men gen kan pa-m deja nan zafe relijyon. Mwen se you kretyen konvenki, sa vle di m'ap toujou opoze ak tout moun ki vle fe-m kwe ke vodou regle you bagay pou Peyi a ou byen te ka regle you bagay pou Peyi a.

Men a kote de fanitism mwen, mwen ta vle manyen dosye ak objectivite.

1- Kisa you relijyon ye?
You relijyon se you doktrin, ki gen you sesedos,you finalite.
O nivo doktrinal mwen te ka konsidere Vodou kom you relijyon, mwen pa konnen, men vodouyizan yo di ke yo gen Dye pa yo. O nivo sasedos mwen te ka dako toujou Paske yo gen kilt ou seremoni jan yo rele-l la. O nivo finalite se la-a mwen bwe pwa-a. You relijyon san finalite, se pa you relijyon. Fok ou gen you kote pou-w mennen aderan a. Fok gen you esperans. Katolik la di ke li pral nan syel apre lanmo, Temwen jewova yo ap tann paradi tou late-a, Musulman yo ap tann paradi sa-a tou.
E ou mwenm vodouyizan, ki kote relijyon sa-a fini? Eske se leve rele lwa, priye moun ki mouri deja epi mouri ki se finalite relijyon sa-a? Mwen ta renmen konnen'l si you moun ka ban mwen'l.

2- Nou gen tandans lye Lafrik avek tout sa n'ap fe. Se vre se la nou soti e le-m gade Ayiti an verite mwen we ke se you peyi Afriken ki pedi nan mitan Amerik la. Men eske nou konnen ke relijyon ke nou ka konsidere kom majorite an Afrik se ISLAM? S'ak pat konn sa, aprann li jounen jodi-a. Oui gen anpil moun an Afrik sitou nan Lafrik de lwes, ki toujou pratike "GRIGRI" sa ki sanble ak voudou ayisyen an Sitou O Benin, Nigeria, Cameroune ect. Men moun sa-a yo pa janm devan banm lan vre, yo toujou rete you gwoup moun ke sosyete sa yo Pe, pou pouvwa de nwizans yo.

3- Epi ki sa? menm si Lafrik te itilize voudou jan nou panse-l la, kisa li regle pou Lafrik konsa? Se poutet sa Lafrik an bon denye nan tout sa ki bon sou late beni, e bon premye nan tou sa ki pa bon?

4- Neg ki gen you ti chans, fe you ti kout pye an Afrik w'a banm nouvel. An Afrik yo pe Ayisyen, yo di nou se dyab, se nan magi nou pran fanm, nou se vodouyizan. E le yo di sa-a se pa you fason pou yo esprime fyete yo de Voudou non, men pou yo fe-w sanble ak you gwo denmon.

5- Epi Afriken yo gen you prejije kont nou menm ki te pati an esklavaj. Mwen pa konn si se rankinn ke yo genyen, si se remo ke yo genyen, si se regret ke yo regret, Paske nou te gen chans pou-m al nan you kontinan ki ap mache byen. Le you Afriken we you Antiye( Ayisyen, gwadloupeyen, Jamaiken ect..) ou konn kisa yo di, "regarde moi les esclaves que nous avons vendus" Ou konn you bagay ki ka endiye-m konsa, le Afriken yo toujou ap trete nou tankou bet yo pat bezwen, yo te vann, Pou janm konnen noumenm Ayisyen, ak La Jamaik sitou venere Lafrik. Jiska Prezan, Afriken ap trete nou de Esklav. Pou yo, se paske yo p'at bezwen nou ki fe yo te vann nou, pou yo se paske se nou kite denye klas sosyal nan peyi yo, ki fe yo te troke nou pou lajan, rad ak manje. Jan nou fye de Lafrik la, Lafrik pa fye de nou konsa tande mesye!

6- Vodou e Magi
Pou mwen vodou se you sot de maji. Kom nou konnen-l, la maji se you bagay inivesel. Blan-an fe maji, Nwa-a fe maji, Azyatik la fe maji kidonk la maji egziste tout tout kontinan yo. Alos Vodou se you maji nwa, ke kek Afriken Itilize, Ke Ayisyen Ilitize ect. La-a mwen pa gen okenn pwoblem ak vodou. Men di ke vodou se you relijyon la-a mwen an dezako total.

7-Pou-m konkli,
Mwen pa mande pyes pou-m pou swiv chemen-m fe nan zafe relijyon, ni mwen pa bezwen pyes moun envite-m al nan you relijyon. Mwen kwe nan dwa moun, nan libete relijyez. Ke-w te pwotestan, katolik, Muzulman, Endou( k'ap priye Bef kom Dye pa yo) ect. Se chwa chak moun pou yo adopte relijyon, pati politik ke yo vle.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Sam 14 Oct 2006 - 7:33

Alex jacques mon frè,

Se pou w al fè yon ti li istwa relijyon w renmen an tou ,ki se katolisism.
Se preske 1000 an apre nesans relijyon ke delimitasyon Paradi ak Lanfè an te vin fèt,e zafè lanfè sa a se te pou Klèje an chita dominasyon li sou Lewòp.
E sou sa,yo reyisi ak gran lijyèn.
Epitou Jacques mon ami,lè Lewòp te aksepte relijyon kretyèn lan san kestyone,se lè sa a tou ,yo te dèyè kamyonèt lan ,ap rele Leyogàn Difò.

Lè Legliz Katolik lan te tou pwisan ann Ewòp ,nan peryòd yo rele Mwayen Aj lan,se te grangou,malsite ,maladi sèlman ki te genyen ann Ewòp.
Mwen kwè ou tande pale de "Plague " 12yèm ak 13yèm syèk yo .
Nan sa 13yèm syèk lan ,plis ke mwatye popilasyon Lewòp lan te peri.Yo te konprann pa t ap rete moun ann Ewòp ankò.

Lè maladi sa yo te konn frape ,moun te konn rantre nan Legliz yo,nan gwo Katedral ke yo t ap bati ou fin bati nan epòk sa a;se lè sa a yo te peri,paske lè yo te konsantre nan yon sèl kote,maladi an te pwopaje pi vit.

Pa asosye pwogrè ak okenn relijyon epitou Jacques lè se relijyon vodou an ki te ekziste nan teritwa kote se yo ki pratike l yo,te gen plis pwogrè ak la pè nan zòn sa yo,sitou nan peryòd 14èm ak 15èm syèk lan.
E nou gen dwa di ke se lè yo vin entwodwi Krisyanism ann Afrik ,ke kontinan an koumanse ap fè bak.
Se pa pou di ke yon relijyon pi bon pase lòt , men lè yon moun konn kisa ou ye ,ou pa gen konfizyon ,ou aji pi byen .

Jackoti,
Zak ke Legliz Katolik lan te poze an,t pou konbat relijyon Vodou an se pa t Saint Domingue yo te vize,se te KIBA.
Nan Sen Domeng,relijyon an te toujou anba represyon ,men se pa t konsa sa te ye nan Kiba.
nan Kiba te gen yon tolerans pou relijyon an.Vis-Wa Kiba te konn resevwa "Babalaweyo" CABILDO yo nan Palèl nan la Havàn,nan fèt lè wa,,nan peryòd 6 Janvye konsa.
Se yon bagay ,menm yon nonm kou Préval pa p oze fè jounen jodi an .
Nan Kiba ,akòz de rezon istorik,ke nou gen dwa tounen sou yo,pa p gen gwo prejije kont bagay moun nwa .
Relijyon Afriken yo,te menase pou l ranplase relijyon kretyèn lan nan kiba,e pap lan te blije reyaji sou sa.
Vodou nan Kiba ,se pa t yon zafè moun nwa ak Blan ;tout moun te pratike l.
Epi pou moun ki rete ozetazini,ki tande pale de DESI ARNAZ" ak "XAVIER CUGAT" ,mesye sa yo lè se peryòd pou te bay "lwa tèt" yo manje ,nan Kiba yo rele lwa yo "orishas",se gwo fèt ki dire yon semèn ke mesye sa yo te konn fè.Arnaz ak Cugat te sòti nan pwovens Oriente e nan zòn sa a,tout moun pratike relijyon afriken yo,blan ak nwa,e menm yon nonm kou FIDEL CASTRO ki sòti nan pwovens sa a kon kijan pou l eksplwate senbòl relijyon sa yo,si ou ka kwè TAD SULZC ,nan liv li an "FIDEL CASTRO.A CRITICAL BIOGRAPHY"

Epi Alex,
Ou se Kretyen se chwa w,men pa pèsikite lòt moun ki kwè nan lòt relijyon ,paske yo pa merite l.
Epitou tankou ekriven Brezilyen an te di l,se Kretyen yo ki ta dènye plase pou yo kritike lòt relijyon,yomenm ki gen plis san nan men yo ,nan non reliyon yo an!

Mwen kwè tou se JORGE AMADO ki te di l,lè yo mande poukisa li te yon pratikan CANDOMBLE e misye te reponn pou l te mande konbyen moun pratikan Candonble yo touye paske yo refize pretike Candomble.
Se pou l te fè yon kontras ant relijyon l lan ak pa kretyen yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  alex jacques Sam 14 Oct 2006 - 8:56

Joel:
Se you ti parantez ke mwen te jis vle louvri sou bagay sa-a. Mwen konsyan ke mwen se you ignoran nan zafe vodou a, e mwen pa enterese konn anyen de li tou.
Anplis mwen pa katolik Joel.

Epi Alex,
Ou se Kretyen se chwa w,men pa pèsikite lòt moun ki kwè nan lòt relijyon ,paske yo pa merite l.
Ou touye-m neg pam! Ki kote ou we ke mwen ensite lot moun pou yo pratike lot relijyon. Mwen di-l a kle deja, ke mwen menm, mwen pa gen pwoblem ak okenn moun, kelke swa relijyon ak kwayans yo. You sel bagay. Kote mwen ye a, mwen santi-m bon, mwen p'ap fe you pa kita you pa nago.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Oct 2006 - 9:52

Alex

Mwen kwè nou pale de mank strikti relijyon vodou an deja ki pemet yon paket malfektè sal non li.

men an nou komante bagay ou di ke Afriken pa vle wè ayisyen ou karayibeyen yo. Mwen panko janm ale an Afrik,mwen pa ka di sa w di ya se manti. men se yon sel bagay mwen konnen nanpren yon moun sanse ou edike ki te ka genyen fyerte paske li te vann frè li.genyen moun sot tout kote, si sete tout afriken ki rayi ayityen jan w di ya ki jan fè gouvenman kongo a te anboshe tout profesè ayityen sayo nan ane 60 yo?Fok ou admet genyen afriken ki rekonet valè yon moun san tenu kont de koulè ou dorijinn li.Si nan eta afrik ye jodya yon moun ta rankontre yon afriken ki genyen prjije kont desandan afriken ki fet nan sa yo rele nouvo mond lan e byen li se yon meprisab.Se pa bagay kite merite menm ou ekri li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  jackoti01 Sam 14 Oct 2006 - 12:39

Alex relijion soti nan mo religio ki vle di reflechir mediter ou mo religare ki vle di relye. Nan vodou moun yo vreman soude ant yo pou yo fe seromoni lwa. Yo reyini ansanm pou yo diskite sou pwoblem ke yo rankontre. Le lapli pa tonbe, ou jwenn yo ansanm le soley kouche nan lakou perisristil ap reflechi sou ki sa yo dwe fe pou kominote yo wa. Pafwa tou yo konn jije bon pou yo konsilte lwa pou yo jete an pe dlo ate ak you ti kafe pou yo konen deki prevyen. Yo medite ansanm pou jwenn solisyon ak problem yo.
Alex, vodou a se youn nan relijion ki te pi avanse. Li pi avanse ke lgliz katolik ou protestan nan sebol li nan fason li pat tann mouvman feminist pou rekonet dwa fanm. Manbo ou byen ougan gen menm vale. Yo pa entedi fi chef seremoni. Yo pa di fi pa gen dwa preche. Sil pa mete vwal li dezonore maril. Pa gen sa nan vodou. Vodou a pa tann mouvman neg nan vilaj pou yo rekonet dwa masisi ak madivinez yo. Moun nan met masisi ou madivinez plas li kom ounsi ou byen manbo ou ougan enpotan nan onfo wa. Nou jwenn ke nan vodou yo te rekonet fok tout moun lib

jackoti01
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 270
Localisation : USA
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le jacmelien

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Sam 14 Oct 2006 - 14:52

Si vodou se yon konbinezon de plisyè lot relijyon fok yon moun rekonet li kom relijyon ke anpil ayityen pratike.men sa ki enpotan pou mwen se relatyon yon moun ak bondye.Zafè Pap ap kritike lot relijyon epi legliz katolik shaje ak gwo dosye bagay saa pa genyen anyen pou wè ak bon dye ki li menm se yon dye damou e ki pret a padonne.

Mwen kwè nan bon dye men mwen pa kwè nan relijyon.Si ayisyen vle pratike vodou ,si Arab vle pratike islam e si eropeyen yo vle pratike kristyanite depi yo tout se rinsip divin yo ke yo ap preshe mwen pa genyen oken pwoblem ak sa ; ke mwen ale nan yon seremoni vodou, ou byen male nan leglis katolik ou pwotestan se pa sa ki ap sove mwen .mwen kwe nan prensip :la foi sans les oeuvres est une foi morte et ne sert à rien pour le salut."Paske konbyen fwa nou wè moun a bib nan men yo ki ap di yo se kretyen epi yap voye lame al masakre lot moun nan lot peyi ;menm lè yo pa genyen oken rezon valab pou sa.Or yon nan prensip bon dye di :"Tu ne tueras point"ou pa dwe touye.Se sak fè mwen di anpil relijyon genyen twop ipokrit ladan yo.Se sak fè anpil moun dekouraje ak yo.

Bon dye se yon dye damou ,misericordieux et sharitab;relijyon ki pa kondane ou byen ki perpetre masak yo pa ka ap kritike lot relijyon.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Sam 14 Oct 2006 - 15:16

Bon,
Yon sèl bagay mwen ta reponn Alex sou bagay ke Afriken pa ta vle wè Ayisyen.
Annou konsidere South Africa peyi ki pi pwisan e pi rich sou kontinan Afriken an.
Sid Afrik se 23zyèm peyi ki pi rich nan mond lan ,ak yon GDP DE 533.2 Bilyon dola (Chif CIA World Fact Book,2005)

Ayiti menm gen yon GDP de 14.15 bilyon ak ran 132.

Si Afriken pa t vle wè Ayisyen konsa a,ki enterè lidèship Sid Afrik lan ta gen pou l ta wè ak Ayiti ,se pa avantaj ekonomik y ap chache.

Thabo Mbeki di l,ke Ayiti reprezante yon gwo pyon sou pwogram li yan "Renesans Afriken " an.Se poutèt sa ayiti reprezante1
Se sa sèlman m tap di!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  alex jacques Lun 16 Oct 2006 - 2:43

Rodlam:
Bagay sa-a fè-m sezi pou-m pa chape. Pou jan mwen konnen ke nou venere Lafrik, manman nou. Epi pou se konsa Afriken yo trete nou. Epi kongo pat anboshe pwofese nou pa amou, se te pa entere.

A
Men mwen remake ke kopòtman sa-a ke Afriken yo genyen vizavi de nwa ki nan amerik yo, se pwodwi you jalouzi ak move entèpretasyon ke yo genyen de nou. Afriken yo gen anpil bagay de yo renmen nan nou kanmenm. Kòm

1) Peyi Frankofon yo renmen Zouk anpilllllllllllllllllllllll

2) Peyi Frankofon yo renmen Kreyòl anpil akoz Zouk.

3) Tout Lafrik la aksepte ke “les Antilles ou La Caraibe” chaje ak bèl fanm

4) Yout Lafrik la renmen raggae, Bob Marley gen plis respè an Afrik ke o Jamaik

5) Tout Lafrik la rekonet tou ke zile yo se paradi e yo tout ta renmen vizite la karaib.
Men kòm ou ka remake-l, se tout sa ki tipikman Antiyè ke yo pli zou mwens renmen. E sa yo rayi nan nou yo, pi fò pase tout sa ke yo renmen yo. Yo rayi nou antanke kopòtman nou, ki rezilte key o rayi nou antan ke moun. Epi mwen pa ko janm wè kote moun gen iprokrizi konsa, ke an Afrik. W’ap ri avèk nou, bay bèl blag avèk,men nan kè yo se you okazyon y’ap tann pou yo voye-w san chapo.

B
Nan fouye zo nan kalalou, mwen rive jwen pa mal enfòmasyon ki fè ke Afriken yo pa renmen nou menm nwa ki an Amerik yo konsa.

1) Yo repwoche nou paske, nou konsidere nou kon Ameriken, nou konplekse, nou bliye rasinn nou. Nou fè kòm nou pat soti an Afrik

2) Yo repwoche nou ke menm “Noms” ke nou te gen Afrik yo, nou chanje yo. E se vre, mwen pa ka konprann ki kote non sa yo pase. Signati nou yo se : Pierre, Deschamps, Latortue, Jn-Bertrand, Heriveau, Baptiste etc..

3) Yo repwoche nou paske nou melanje ak blan pou kreye Milat

4) Si-w vle fè you Afriken pè, pale de vodou avè-l. Dayè zafè vodou n’ap pale se you mo ke yo atribye spesyalman ak « Ayiti ». Se you ti kras nan yo ki konn istwa Dayiti pou-m pa di ke yo pa konnen-l ditou. Tout sa yo konnen de Ayiti se “ Tonton makout, Papa Doc, Vodou “ et le Pretre qui se fait marier en parlant du president Aristide.

C
An gwo, Afriken yo, kit yo te entèlektyèl ou Analfabèt. Yo pa renmen nou. E yo konsidere nou kòm you bann bagay yo pat bezwen, yo twoke pou rad ak manje epi k’ap fè frekan, ki konsidere ke yo sipèryè ke yo menm ki an Afrik la. Ki se pa vre ditou. Jan Nou renmen Lafrik! Mwen konnen ke kolon ka toujou chaje divize nou, nan founi move enfòmasyon. Mwen konpòtman sa-a fè-m mal anpil !


D
1) Se pa fòt Afriken yo tou, si yo gen konsepsyon sa-a anvè karayibeyen yo. Se paske vrèman gen you travay de sansibilizasyon ki pa fèt, pou nou montre kijan nou renmen Lafrik an Afrik. Nou pa al an Afrik !

2) Lè nou rive nan you peyi etranje kote ki gen Afriken. Pa egzanp an Frans, nou toujou gen tandan diferansye nou ak Afriken yo. Nou toujou vle fè santi ke nou se Ayisyen, gwadloupeyen ect jis pou moun pa melanje nou ak Afriken yo.

3) Alòs you sèl fason ke Afriken yo ka pwouve diyite yo fas avèk nou. Yo trete nou de moun ke yo pat bezwen, moun ki te pi mal nan sosyete yo, ke yo te vann.
Mwen kwè ke mwen eklèsi sijè sa-a.

E
Pagen pyès moun ki reponn mwen kesyon sa-a. Mwen ta renmen you repons.
Eske nou konnen ke se ISLAM ki plis popilè an Afrik ?

F
Poukisa Afrik di Sid enterese nan Ayiti konsa ? Joel
Afrik di Sid pa enterese nan Ayiti, Afrik di Sid te enterese nan Aristide. Depi kilè Afrik di Sid te komanse vrè relasyon sa-a ak Ayiti? Depi Aristide Ale ki soutyen Afrik di Sid pote bay Ayiti ? Epi mesye gen you bagay mwen vle ajoute. Afriken yo apiye tout moun ki vle konbat « Ameriken ». Malerezman, pi fò Afriken gen you konsèp ewone ke Aristide se te you anti-Ameriken jisko zo. Ki dapre mwen menm se pa vre. Yo pa konn si se Ameriken ki te menmen Aristide tounen. Yo pa konn koman Aristide gen bon relasyon ak Demokrat yo.

Ki donk, ANC gen enterè pou-l te soutni you nonm tankou Aristide. Ki sanble ak you Mati. Fòk mwen ajoute tou, ke se paske Ayiti vinn man Karakom ki fè Afrik di Sid tonbe sou li, Afrik di Sid fè pati CommonWealth, e pi fò peyi nan karikòm yo tou. Alòs Karikòm konekte nou Lafrik di Sid, men se pa you relasyon istorik ki genyen ant Ayiti ak Lafrik di Sid. Tout moun wè kijan Jamaik ak tout Karikom lan te soutni Aristide.
Epi an nou pa selman melanje politik ak opinyon piblik.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Rodlam Sans Malice Lun 16 Oct 2006 - 16:20

Alex

Mwen pa konnen poukisa wap di afriken rayi ayisyen ak karayibeyen konsa ,menm kote ou di yo renmen zouk yo renmen kreyol,Fok yon moun pa pran eksperyans personel ou pou jeneralise.Senghor pat rayi Cesaire.Mandela pa rayi Martin Lither king.Mwen wè lè Oprah Winnfrey ale an afrik di Sid kote li ap bati lekol pou ti moun se adore yo adore li.Alicia Keys se venere yo venere li ki ap depanse anpil milyons pou bay medikaman pou afriken ki ap mouri ak sida.Mwen wè ayisyen ki marye ak afriken yo antann trè byen.

pafwa se atitid nou ki fè menm ayisyen parey nou pa renmen nou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Joel Lun 16 Oct 2006 - 19:23

Bon Alex,

W ap pale de milat,kòm ki dire ke Afriken ta rayi ayisyen ,paske anpil ladan yo se milat.
Dayè pou youn,ki pousantaj popilasyon ayisyen an,jounen jodi an ,ki milat?
Yon lèt bagay,ou konnen kote mo milat lan sòti?
Se yon koripsyon mo "milèt 'lan,paske se konsa blan yo te konsidere pitit blan ak nwa,e ki lès ki ta vle yo konsidere yo kòm milèt?
E pitou ,nan Antiy yo te gen Milat,alòs ke ann afrik ,pa t gen milat?
Lè blan yo t ap gade dèyè kay nègès yo ann Afrik,yo pa t gen reyaksyon,alòs dapre w yo tann se lè yo te rive nan Antiy yo,yo te gen reyaksyon gason?
Non mon chè,Lafrik chaje ak milat.Yo anpil nan de peyi tankou Angola ak Mozambique;sitou nan peyi sa yo.
Youn nan rezon yo ,se ke Pòtigè te defann moun yo te konn voye pou kolonize teritwa yo,pou yo mennen fanm Pòtigè nan peyi sa yo.

Sou menm woulib,te gen de dizèn de milye gason franse nan peyi Lafrik yo te kolonize yo.
Alòs dapre w,lè gason mesye sa yo te monte yo,se 'Dye sèl me vwa" yo te konn fè?
Ou konn repons lan!

Alex,
Lè w di ke lafrik gen anpil mizilman an.
Wi se vre;men ou konnen depi ki lè Lafrik mizilman?
Se depi nan 8yèm syèk.Relijyon sa a te pwopaje nan basen Nijè ak kòmès (trade routes) ,ke Afriken yo te konn fè ak Arab yo.

Relijyon Mizilman se te yon relijyon ki te pwogresis anpil.Nan epòk sa a ,pa t gen zafè moun po fonse ak moun ak po klè.
Ou kapab di ,ke Mizilman te angaje yo nan trafik esklav.
Wi.men mizilman pa t fè lòt mizilman esklav,yo pa t bezwen konnen ki kou lè ou te ye,;depi ou pa t mizilman yo te ka fè w esklav;byen ke esklavaj sa a pa t menm ak sa Ewopeyen yo,ta p vin etabli nan Amerik lan nan 16zyèm syèk.

Ak mizilman yo,sosyete Afriken yo te pi avanse ke sosyete Ewopeyen yo,nan epòk sa a.
Nan anpi MALI,ak SONGHAI te chaje ak inivèsite nan Sid Sahara a,e se yon epòk ke 99% Ewopeyen yo pa t konn li ak ekri.
Gen de liv ki ekri ann Arabik ,nan inivèsite TIMBOUKTOU yo depi nan 14yèm syèk lan,pa afriken Mizilman yo,ke y ap ize jouk jounnen jodi an.

Pwoblèm nou Ayisyen,se ke nou pa konnen Listwa Lafrik.Se yon listwa ki vast,ki anpil.
Tankou yon ekriven angle ki rele BASIL DAVIDSON (yon blan) te di l,ke yon gwo pwoblèm afriken yo,se ke yo pa konnen listwa kontinan an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  alex jacques Mar 17 Oct 2006 - 5:41

Joel:
Kolonizasyon vreman komanse o 18 e syek an Afrik. Men li pran you gwo elan apre 2e ge mondyal.
Kote L'Ewop separe Lafrik an ti moso Potugal te Okipe Angola, Mozambik, Guinee Equatoriale. L'Italie l'Ethiopie, L'Eritree, la Somalie. La Frans fe gwo lo-a, kote li okipe pi fo peyi yo answit Langlete.

Se vre an Afrik gen milat. E fok ou asepte te ke youn nan bagay ki ap kraze Lafrik se zafe "Ethnie" an. O Dafur, se milat( arab ) k'ap touye nwa yo. E aprann sa Joel, an Afrik tout gwoup ethik vle efase lot yo. Etan done ke Milat yo tre minorite. Afriken yo pa konsidere yo kom Afriken Dabo.

An palan de sa, Fanm Ethiopyen yo telman bel, mwen anvi pise sou mwen(lol).
Kom mwen te fe-w remake-l deja, Afriken yo pa renmen nou paske yo twouve ke nou gen you prejije kont yo. You vle fe tet nou pase pou pi bon. Yo di ke nou bliye rasinn nou. Nou toujou ap di ke nou pa Afriken.
Sa-m di la-a se pa ka izole ni desepsyon pesonel, men se you konsepsyon global ke Afriken yo genyen kont nou.

Anplis mesye,
Fok nou pa jwe, nou menm Ayisyen ki sote an Afrik depi dig dantan. Nou rete avek menm koutim ak mes lontan yo, kom si Lafrik pa janm chanje.
La-a nou twoupe nou grandman, paske Lafrik an depi de tout mize, maladi etc, se you kontinan ki konnen anpil chanjman nan zafe mes, koutim, relijyon etc. Poukisa jodi-a ISLAM plis popile an Afrik? Menm kostim tradisyonel yo komanse disparet konsiderableman, se nan kek tribi nan pwovens ou ka jwenn kek moun vreman gade tradisyon.

Pwoblem pa nou, tout moun n'ap imite yo ap mache ak tan-an, men nou menm nou rete selman kote nou te komanse imite moun lan! Ou met tande sa-a tande, pi fo peyi an Afrik yo pa kamarad peyi Dayiti non. Si ayiti te an Afrik li te ka toujou peyi ki pi pov nan kontinan-an tou wi! Wi nou sot an Afrik, nou di Vodou sot an Afrik, se sel sa nou kenbe. Men, Ethiopie ke Ayisyen ap pale mal la, posede youn nan pi gwo lign aeryen an Afrik, You nan pi bel eyewopo, Addis Ababa mil fwa pi byen konstwi e pi bel pase potoprens wi.

Nou menm se selman danse lwa, vide dlo ate, pran medsinn pou moun, Bay kout poud, goumen pou pouvwa. Pandan ke petyon vil kote-m soti, yo di-m ke ti tan-yen santi bon pase-l, fatra achete tout kafou, Bidonvil ap grandi pi mal pase dyondyon.

Mesye si nou menm Ayisyen te you pep ki serye, se tout sa nou konn pratike pou-n nou ta abandone wi! Pou-n eseye lot metod. Paske pa gen an-yen nou fe ki rapote peyi a you bagay. o kontre se degrenngole l'ap degrenngole pi plis chak jou.

Se poutet sa mwen mande you refom an pwofonde nan peyi a. Si se a zero pou-n komanse, nou oblije fe-l avan ke li two ta. Mwen egzajere men si se ( non peyi ki pou chanje, lang li, koutim li, kilti li, system gouvenman li, lwa li yo, drapo li, anblem li, deviz li, kalital li, non vil yo etc..) ki pou chanje, fok nou mete grenn pou nou fe sa. Paske nou pa ka etenize ak you system ki pa mache.Sa nou gen la-a pa mache e mwen pa kwe l'ap janm mache. Mwen konnen mwen egzajere, mwen you ti jan extremist, men fok nou eseye lot bagay mezanmi.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  gwotoro Mar 17 Oct 2006 - 21:18

Je crois que la perception que les Africains peuvent avoir des Haitiens est la meme perception que les haitiens ont envers les autres Noirs ou que les noirs americains peuvent avoir envers les autres Noirs aussi.

Chacun se pense toujours superieur a l'autre: l'Africain car il n'a pas ete esclave, l'Haitien car il est le seul a avoir gagne son independance, l'Americain a cause de son "succes" economique et de sa culture qui se repand dans le monde.

Cela fait partie encore une fois du "diviser pour regner" que le colonisateur et l'esclavagiste a su nous inculquer et que nous perpetuons avec plaisir...

Plus pres de nous, regardons comment l'haitien de la ville ou des classes aisees considere le paysan. Jusqu'en 1991, il y avait en Haiti deux classes de citoyens: le citadin qui avait un acte de naissance de citadin et le paysan qui avait un acte de naissance de paysans. Un vrai systeme de caste comme en Inde.

J'ai des amis africains et des amis haitiens. Mon experience de vie m'a montre que les Haitiens ont plus de prejuges envers les Africains que le contraire.

Enfin, avant de vouloir juger l'autre, jugeons-nous d'abord, ainsi nous pourrons progresser!

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  alex jacques Mer 18 Oct 2006 - 2:23

Je pense que nous sommes tombes d'accord Gwotoro. Je sais aussi que nous les noirs americains avons une certaine prejuje vis a vis de Africains.
Et comme je l'ai deja dit, c'est ce qui est a la base de cette haine chez les Africains contre nous. Vraiment ils ne nous aiment pas.

Je n'ecris pas ainsi pour promouvoir la haine contre nos freres Africains. Mais c'est un fait, et moi je n'ai jamais peur d'etaler les faits comme ils sont. D'ailleurs je me sens Africain, J'ai voyage un peu partout ,la premiere vue tout le monde me prend pour un Ivoirien. C'est incroyable ca. Nous sommes Africains et nous devons mettre un peu de temps pour apprendre de notre origine.

En outre, nous devons avancer avec l'Afrique" Paske ou rete menm jan nou te sot an Afrik depi plis pase 200 zan, pandan ke Lafrik gen you paket gwo chanjman ki opere ladan-l"

Les Africains n'etaient pas esclaves?
C'est faux. Au 18e siecle l'esclavage etait bel et bien institue en Afrique. Apres la deuxieme guerre mondiale, tous les pays Africains ou presque etaient sous occupation.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Bon dye e relijyon Empty Re: Bon dye e relijyon

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum