Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

5 participants

Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Sam 21 Juin 2008 - 0:24

Yo rele sa malonete kras pou Gerard Etienne vle eksplwate manifès konpè Jacques Stephen Alexis pou fè kapital politik. Poutan moun tankou mesye sayo se denonse yo tap denonse liy doktrinal ak panse mouche depi lane 1960 yo jis jounen jodyè a. Vye koze ki abitye repete nan radyo ak ekri nan kolonn jounal mesye sayo nan Nouyok te mete bon pis pou fouke anpil mesye ki nan kache nan Potoprens. Kom mwen rico mwen pa te manb oken gwoup, mwen jis pran nan pelen akoz fanmy map gade silans. Men moun ki nan Nouyok sitou an Frans ak nan peyi a ki konnen istwa lonje dwèt sou Jacques Stephen Alexis ak disip li yo nou dwe pale. Mwen pap vinn pale pou nou, sispann kanpe lwen vinn di sa nou konnen. Dekilakyèl moun kap voye monte nan fè eloj gwo mapou ki rele Jacques Stephen Alexis. Poutan menm lame sa yap defann jounen jodyè a, yo te o sèvis li kom solda ki touye mouche Jacques Alexis lachman ak 3 konpayon li sou plaj Bombadopolis apre yo finn arete li. Yo frakase tèt li, fè li andire mati. Yo jete kadav li pi mal pase chyen nan vye marekaj.

Twouve se moun konsa ki vle itilize non romansye gran revolisyonè sa jounen jodyè a.Se kom si yo bliye, se kom si lanmo tèrib yon vanyan gason pase a loubli. Yo vye rekipere l pou fè sayo vle ak li. Wi nou rekonèt mouvman sosyalis mouche te pwonnen devye de chemen li pou plizyè faktè. Men rekiperasyon sa ki vle fèt jounen jodyè pou sèvi de denigreman a brebi egare li yo pap pase. Ni zot kap pran poz neyo revolisyonè Alèksizyen ki vle fè kapital ak manifès politik mouche nou fè fos rout. Sispann jwe kokin nou te delatè, akizatè pou retwouve defansè koz Jacques Alexis jounen jodyè a.


Dernière édition par Rico le Sam 21 Juin 2008 - 11:06, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Sam 21 Juin 2008 - 8:19

Tou dabò fok ou bay non moun lan byen paske mwen genyen yon ansyen kondisip mwen ki rele Gerard Pierre tou.Si wap pale de Gerard Etienne fok ou genyen kouraj pou ekri non li.Se pa yon moun mwen apresye sa li ekri tou tan men tou se pas paske li te nan lame ki fè li se yon delatè.Paul e Frank Laraque te nan lame tou eske yo se te delatè.Elliott Roy,Hamilton Garoute te nan lame tou anpil lot ofisye te nan lame men yo pat restavek Duvalier pou otan.Genyen anpil ki mouri tankou Jacques Stephen Alexis.

mwen pap defann move bagay ke lame fè men tou ou pa kondane tout militè kom delatè.Si w konnen ke Gerard Etienne se te yon espyon, yon synkyem kolonnn se pou denonse li men ou pa ka mete tout moun nan menm djakout.Yo di se sel moun sot ki pa chanje.nan atik ke gerard Etienne ekri ki fè wap kritike li ya li nonmen 2 moun ke mwen konnen trè byen , 2 moun sa yo se pa moun ki ap chache rekipere manifes Jacques Stephen Alexis pou avansman personel yo.se moun mwen konnen depi lekol depi nou te jenn gason e jiska presan se moun ki ap lite toujou pou sitiyatyon pep la chanje.

Se bagay saa ki fè goch la echwe e anpil moun kite mouvman goch yo se paske pa genyen ase inyon pa genyen ase disiplinn.se menm hing hang ou jwen nan dwat la se li ou jwen nan goch la tou.Gerard Pierre charles pa dakò ak Theodore;Duvalier pa dakò ak Fignole;koulyè ya Aristide pa dakò ak Benoit etc.Se divisyon saa ki fè jodya mouvman revolutyonè ya echwe malman konsa o pwen ke Duvalieriste e dwat reyaktyonè ap mande nou 4 manda pouki sa.E yo genyen rezon;byen ke yo pat fè plis.

jodya se pa chache kondane tout moun.wi nou dwe denonse delatè, espyon ki pami nou.men tou fok nou rekonet si pou peyi ya chanje vrèman ,nou ki soti nan pep la e menm ti boujwa ki pran konsyans de eta nou ye se pou nou mete tet nou ansanb pou nou kanpe sou zepol moun tankou jacques Stephen Alexis pou nou pouse lit la pi devan.fok nou retire tout fatra ki pami nou se vre. men se pa nan hing hang pou sa fet.Fok nou servi de erè ke nou fè yo pou nou ka adapte nou a reyalite internatyonal de fason pou nou retire peyi ya nan malsite saa.men yon ti panse di jou :"When the pie stops getting bigger everyone fights over getting a piece."pwoblem nou jodya se travay pou nou travay pou nou fè gato a vinn pi gwo pou nou tout ka jwen yon ti moso.Nou dwe goumen pou tout moun jwen yon ti moso selon merit yo.se tet ansanb ki pou fè nou founen plis gato.An nou sispann kritike tou tan.Annnou analize sa moun ki te sakrifye tet yo pou pep la pou nou pran sa ki bon nan sa yo te ekri epi pou nou bati yon fotress ,yon feso ke oken koken ,kom ou di pa ka detwi ankò.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Sam 21 Juin 2008 - 9:05

Malice se yon erè se byen Mouche Gerard Etienne plimitif nan Observatè. Mwen byen eksplike panse m, mwen konprann mouche se yon ansyen militè tankou w an plis moun Okap, bon jenerasyon w. Men gen 4 verite ki dwe di.

Men sa mwen vle di Mouche fè yon pati yon ekip ki gen yon jounal ki tonbe rakonte koze ki pa ta dwe ou ki te mete vi anpil moun an danje sou rejim pitit ak papa. Sitou te gen yon chire pit ak ekip inivèsite Columbia nan menm mouvans ak mesye sayo kite pran nan pelen nan peyi dAyiti. Alos mande byen kisa kap pale.

Malis mwen pap kodannen moun se mouche ki fè konnen li pral itilize manifès Jacques Stephen Alexis pou vin fè leson a swadizan saki rele goch leson nan peyi dAyiti. Wi mwen di kokin ki rele yo la goch nan peyi a devye nan chimen moun tankou Konpè Jacques Stephen Alexis te trase. Se pa rezon pou moun ki te abitye konbat li, frape sou disip ki te an danje nan vinn fè yo leson. Mwen regrèt Malis pale sa w konnen.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  piporiko Sam 21 Juin 2008 - 10:02

RICO1 A PA OU GEN YON KOTE HUMAIN.MENM SI OPINYON M FET SOU WOU DEJA PALE ,TANPRI POU LISTWA.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Sam 21 Juin 2008 - 10:11

Tande mwen byen di nou pa bo isit nan pwen moun kap vinn fè m leson nan zafè politisyen ki vle eksplwate zafè pou jis nwi lennemi yo. Yo mèt fè lese frape , men gen 4 verite pou ki di tou. Mwen pa nan vinn jwe pedan, ni etale sa mwen viv.

Mwen te pratike moun ki te kwè reyelman nan sa yap kakaye tout la sent jounen. Moun ki bay vi yo, alos lè nap voye monte pa bo isit se tchwipe manvi tchwipe. Men tonas pa gen lot kokin ki vle rekipere sayo te abitye konbat tout vi yo, mete moun an danje nan frape byen fo sou yo.

Sa map di la mwen viv yo tou, mwen pase move moman nan yo tou avan menm laj adilt. Alos se bagay sayo ki rann mwen an kolè ak blofè kap regle kont yo ak kokin parèy nan pran zèv ak memwa moun yo pa vreman apresye.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Sam 21 Juin 2008 - 20:14

Mwen pap defann Gerard Etienne non.men tou se pa koulyè ya li ap lite kont diktati bout di ya.mwen te konn li haiti Observateur depi o debi ane 70 yo anvan menm ke Duvalier te mouri.Si anpil nan yo santi yon pran pakala nan men Arsitide e yo leve kanpe kont li paske li te vle pran tout miz la pou li san yo pa konprann tou ke situatyon internatynal la te chanje e ke se ta va yon swisid politik pou yon yon gouvenman te adopte ideyoloji kominis la apre depa jean Claude Duvalier mwen konprann yo. e mwen konprann Aristide tou.Ekzanp saki pase Nicaragua montre kareman ke nan yon pwen Aristide pat genyen tò tou a fè.e chanjman ki fet ke an Chine ke en Russie ya montre ke nan yon peyi pov tankou haiti ou pa ka aplike ideyolojy marxiste la.Nou pral dim e Kiba men kiba pa ayiti epi nou pap viv nan menm epok.

Sim sonje byen sa ki di sou Gerard etienne li te nan Corps d'aviation kom li di li pat janm nan arete moun.li pale de corps professionel lame tankou corps d'aviation, service de sante , corps des transmissions. corps du genie etc.Se sak fè mwen di w ke w pa ka mete tout militè nan menm djakout.Yon moun ka pa vle wè Gerard Etienne ak ambasadè ayisyen ki washington koulyè ya paske yo te kont Aristide ou byen yo pat rantre nan OPL.Men tou mwen pap di ke 2 neg sa yo se yo ki kose anpil moun mouri an ayiti.a mwens ke w konnen sa wap pale ya byen.

Si Gerard Etienne vle remete pati Jacques Stephen Alexis sou pye 'si li vle pibliye manifest pati ya se dwa li se an demokratie nou ye. ou genyen dwa pa adere a pati ya.men ou pa ka retire dwa li .Mwen tou mwen pa kwè nan ideloloji kominis pou retire ayiti nan malsite men mwen pa ka di tout moun pou yo panse menm jan ak mwen.Kom mwen te toujjou di se fwi yon pye dwa donnen se sa ki fè mwen rekonet si li bon ou si li pa bon.se sak fè mwen toujou di mwen pa kwè nan oken ideyoloji enpote mwen kwè ke ayiti se yon peyi inik ki mande ke nou adopte yon ideyoloji pa nou ki tyen kont de kilti nou , de position jeyografik nou , de resous nou etc.tankou yon ansyen komilis te dim yon fwa lè li te komanse bouke reve:" ak ki sa ou ta pral fè revolutyon sosyalis la.?"
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Joel Lun 23 Juin 2008 - 8:39

Atansyon Malis,
Gérard Etienne jounen jodi an ,se pa t menm sa ki te konbat Divalye an non,e sitou se pa t poutèt ideyoloji misye te antre nan lit kont Aristide!

Mwen sonje yon atik misye te ekri sou Haiti Observateur kote misye te di ke kouman fè nan yon peyi kou Ayiti,yon peyi prejije konsa Aristide vin prezidan.
E se pa pou l te defann Aristide non,misye te trouve ke kote Aristide sòti,e klas Aristide ,misye pa t dwe prezidan;pou limenm se de moun tankou MANIGAT ki te gen dwa prezidan.
Yon lòt bagay ,pandan premye koudeta a ETIENNE te soutni Jent militè kriminèl lan tèt kale.Se pou di w!
E palan de Jak Aleksi.Menm jan ak Kominis Kiben yo pa egzanp ,ki pa t dakò ak Fidel Castro ke mesye sa yo te konsidere tankou yon avantiris,Jak S.Aleksi pa t kwè nan revolisyon ame ,se paske Divalye pa t ba li okenn chwa ,se sa k fè li te pran zam.

ALEKSI te pou DEJWA nan eleksyon 57 yo,misye te kwè se pou gen yon devlopman klas ouvriyè ak yon Pati Kominis fò ,anvan pou gen revolisyon.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Lun 23 Juin 2008 - 9:05

ALEKSI te pou DEJWA nan eleksyon 57 yo,misye te kwè se pou gen yon devlopman klas ouvriyè ak yon Pati Kominis fò ,anvan pou gen revolisyon.

Li ta bon pou Malis konnen byen panse politik konpè Jeneral Soley pou komanse. Li te kwè pa pè dili yon devlopman pa selman klas ouvriyè. Men yon peyi ak yon devlopman kapitalis avanse avèk anpil kapasite pou instore yon sosyalism.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Juin 2008 - 9:22

Joel

Gen lè mwen eksprime mwen mal ,mwen pap defann Gerard Etienne non.mwen konnen ke li se yon moun ki genyen vye prejije ke mwen pa ka konprann yon moun ki edike konsa ka di ke yon moun tankou Aristide pat dwe presidan dayiti.Bon ki diferans ant gerard etienne e Jean Bertrand Aristide.;ki lè te genyen noblesse an ayiti?

ki jan yon moun ki vle eritye jacques Stephen Alexis ke mwen pa konnen two byen ka ap radote konsa?mwen byen kontan aprann ke jacques Stephen Alexis te rekonet ke w pa ka separe zero.e mwen apresye ke pou genyen sosyalism fok ou genyen moyen de pwoduktyon dabò e yon kalss ouvriye peyisan pwisan ki pou defann revolutyon.se la ke mwen di si li vle pibliye manifest pati Jacques Stephen Alexis fok li genyen dwa fè li paske pou mwen nou pankò genyen yon bon pati politik an ayiti vre.Fok nou fini ak chapel yo.Se pou sa mwen di kite li pibliye konsa tout moun a li li e sil le fo na remete pati ya kanpe.Se pa paske se Gerard Etienne ki pibliye manifest la se li ki dwe Sekretè Jeneral nouvo pati ya .se konvantyon pati ki a deside ki moun ki pou Secretè Jeneral li.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Lun 23 Juin 2008 - 10:24

Rodlam Sans Malice a écrit:Joel

Se pou sa mwen di kite li pibliye konsa tout moun a li li e sil le fo na remete pati ya kanpe.Se pa paske se Gerard Etienne ki pibliye manifest la se li ki dwe Sekretè Jeneral nouvo pati ya .se konvantyon pati ki a deside ki moun ki pou Secretè Jeneral li.

Menm si mwen pa mache ak bann egzalte , ti sovaj lavalas nan Monreyal kite gen nan tèt yo Madan Gerard Pierre ki se ansyenn Direktris Imigrasyon , aktyèlman Direktris zafè refijye kite kale byen kale Gerard Etienne.

Poukisa paske yo te envite mouche radyo Kanada televizyon pou te vinn pale sou Ayiti pandan ke Tutud te nan jwèt ilegal . Madanm Gerard Pierre ak mari li se zanmi an plis mon konpè Gerard Etienne. Men vye koze lavalas ak Aristide divize yo, mete yo nan chire pit. Premye majo souflèt Gerard Etienne resevwa nan men manifèstan devan Radyo Canada televyzyon ki mande anraje se ma komè l ki flanke li.

Poutan tout 3 moun sayo abitye chita nan sousol lakay Gerad Pierre ak madanm sa nan Boulva Viau ap voye monte nan tout zafè doktrinn politik ak latriye. Men grosè foto tout gwo lidè goch lakay yo. Gerard Etienne ta sanble se yon sosyalis dokazyon, pa korespondans pou epate la galri ap voye monte ak moun sayo.

Men saki te choke m se lachte koup la nan atake kapwa parèy yo, zanmi yo an plis mon konpè yo lachman konsa ak yon bann zannimo ki reklame de lavalas. Kote mwen pral desi anpil de Gerard Etienne se lè li ensiste pou parèt nan emisyon yo te envite l ak yon chemiz blan ki sanble gen tach san rouj swit yon blesi li resevwa. Se vre lavlasyen yo kale mouche pandan li pral rantre nan estasyon an pou bay yon antrevi. Men sa nou aprann apre ak animatris emisyon an Gerard Etienne ta mete sos tomat rouj sou chemiz li nan otèl tou pre pou retounen nan emisyon an. Alepok mouche tap viv nan yon lot pwovens o kanada E se lakay mon konpè ak ma komè li te konn abitye fè la desant nan Monreyal. Pou rezon sayo mouche setoblije desann nan otèl.

Pou vini sou Malice zafè moun kokin konsa wap mande pou mete nan yon oganizasyon politik pou voye monte jilbrèt. Non o non se pa seyre.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Joel Lun 23 Juin 2008 - 17:58

Mwen pa konprann.Kijan fè yon nonm ki anbasadè peyi an,teyorikman se reprezantan PREVAL ou ye ou aksepte yon atik konsa.

Se pè Preval pè RAY JOSEPH? E pinga moun vin pale de demokrasi,mwen pa janm wè de bagay konsa.Li pito dènye atik ke H-O pibliye sou plim GERARD ETIENNE!

http://www.haiti-observateur.net/current.pdf

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Juin 2008 - 18:26

Rico

Sak fè w pa mete yon ti dlo nan diven w.poukisa ou beswen joure moun lavalas yon konsa.?Ou di Gerard Pierre se moun o Cap si se sa kite kondisp mwen yan ,Rico fok ou pa joure l; se pa moun ki nan rans non.Epi fok w respekte l tou;tout moun genyen dwa vote pou moun yo vle.

mwen pa janm di pou Gerard Etienne chef pati non.Se kongrè pati ya ki a deside ki moun ki pou chef li.e ki moun ki genyen dwa pot pawol pati ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Doub-Sossis Mar 24 Juin 2008 - 9:34

Malis,

Sa Rico ap diw la se lan bon ti mamit san bonda ranje. Se la nan Montreal la Rico ap kwitt karott li, li nan tout soup joumou nan sous-sol kay messie la goch yo. Alos siw we lap kouri mete kakachat kay Joj deyor, rele yo tout nom, se paske yo meritel. Rico se premie moun ki pou tap defan monkonpe lagoch tokay liyo.
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Mar 24 Juin 2008 - 10:22

Doub

Mwen pa kondane Rico lè li ap mete veirte sou tanbou.paske se sel verite ki ka rann nou lib de dominatyon doktrinè san doktrinn ayisyen yo.Mwen dil mete dlo nan di ven li poul pa mete tout moun nan menm kategori.genyen moun ki ka fè erè ou byen ki te kwè nan yon moun ou yon pati ke yo te panse ki te ka retire majorite ayysyen nan malsite saa ;moun sa yo li pa ka ap joure yo tou tan.Genyen moun onet pami yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rico Mar 24 Juin 2008 - 10:50

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Sak fè w pa mete yon ti dlo nan diven w.poukisa ou beswen joure moun lavalas yon konsa.?Ou di Gerard Pierre se moun o Cap si se sa kite kondisp mwen yan ,Rico fok ou pa joure l; se pa moun ki nan rans non.Epi fok w respekte l tou;tout moun genyen dwa vote pou moun yo vle.

mwen pa janm di pou Gerard Etienne chef pati non.Se kongrè pati ya ki a deside ki moun ki pou chef li.e ki moun ki genyen dwa pot pawol pati ya.

Malice Gerard Eienne se saki ta dwe rete yon modèl. Se yon entelèktyel ki aprann pa vreman nan tout fasilite. Li gen anpil merit ak tit doktè l yo. Mouche fè gad avysayon tou. Malice mouche pa nan zafè sosyalis vre. Se bon pwodwi de la dwat nan Kanada.

Mwen di w anko se yon moun pedan kap jwe pou ridikilize moun goch yo. Antouka Malice pran balon peleren w. Li two ta pou rico sosyalis, ti sa mwen genyen nan durrrr mwen pa kap separe yo ak bon pèp. Paske mwen ta dwe reflete nan tout vi m ak tout aksyon m sosyalis mwen. wouuuyyyyyy


Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Rodlam Sans Malice Mar 24 Juin 2008 - 12:15

Rico

nanpren moun ki mande w pou sosyalis;dayè se yon doktrinn demode.Wou menm ou di ke jacques stephen Alexis te rekonet ou pa ka enplante soysalis nan yon peyi ki pa genyen moyen pwodiktyon e yon klass ouvriye davan gad.ki jan koulyè ya ou vle kondane Gerard etienne sil ta vle pibliye manifest pati jacques Stephen Alexis kom yon sosyalis san doktrinn?

mwen pa di ke gerard Etienne san fot non.men tou bon dye menm te di :'il y aura plus de joies au ciel pour un pècheur repenti que pour celui qui n'a pas besoin de repetence."Si Gerard Etienne ta vle chanje se pou nou ta resevwa l a 2 bra tankou l'enfant prodigue paske li se kinan nou e kom ou di li genyen merit poul rive kote li rive la.Diferans ki genyen ant mwen ak anpil ayisyen mwen pa genyen jalousi personn e ni mwen pa rankinye.mwen rekonet ke tout moun konn fè erè.eske w nan tet gerard Etienne pou konnen ke se nan risib li ap pase sosyalis yo?"Seuls les sots ne changent pas."rayi chen dil dan blan ou pa ka di gerard Etienne se moun sot.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis Empty Re: Miz an gad kont detraktè la goch ki vle rekipere manifès Jacques Stephen Alexis

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum