Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-46%
Le deal à ne pas rater :
Oceanic OCEAB120W Batteur électrique – Blanc
7.51 € 13.91 €
Voir le deal

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

+2
Rodlam Sans Malice
Rico
6 participants

Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Rico Mer 6 Aoû 2008 - 13:12

Flash! Flash!Minista nan twoub swit yon zak briganday militè Brezilyen ki maltrete 2 polisye PNH. Popilasyon Site Soley fache, kanpe sou 2 pye militè yo pou koresponn ak Minista. Yon mennen 2 polisye sayo lopital Kanape Vè pou premye swen. Zotorite yo ap defile nan Site Soley pou kalme sitiyasyon an.



A Swiv



Sous Radyo Vision 2000
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Mer 6 Aoû 2008 - 15:38

Personnellement, je suis confus. L'haitien veut manifester dans les rues pour n'importe quel incident.

L'haitien doit comprendre que ce n'est pas la révolte en elle-même qui est noble, mais ce qu'elle exige.

C'est à la justice de faire lumière sur cet incident, punir les coupables, voire meme déporter ces soldats criminels et délinquents vers leur pays d'origine.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Rico Jeu 7 Aoû 2008 - 12:53

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Une_policier_001

Donson Bien-Aimé (agent II)

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Sm_p1010140
Ronald Denis (agent III)
Deux policiers haïtiens brutalisés par des soldats de la MINUSTAH

Deux agents de la Police nationale d'Haïti (PNH), en civil, ont été brutalisés, ce matin, par des soldats brésiliens de la Mission des Nations unies pour la Stabilisation en Haïti (MINUSTAH) dans la commune de Cité Soleil.
Ces deux policiers, Donson Bien-Aimé, agent II et Ronald Denis, agent III se trouvant dans un état déplorable après avoir été molestés par des soldats de la MINUSTAH, ont été transférés en urgence à l'hôpital du Canapé-Vert pour recevoir les soins que nécessite leur cas.

Ces deux policiers haïtiens sont affectés au commissariat de Cité Soleil à proximité du bâtiment « Konbit pou lapè » où sont logés les militaires brésiliens et jordaniens de la force étrangère. Selon certains témoins, ces policiers, qui attendaient un tap-tap, s'apprétaient à regagner leur domicile après avoir passé une nuit de service au commissariat. C'est à ce moment que les soldats onusiens sont arrivés à ce même endroit où l'incident allait se produire.

« Effectivement, à mon arrivée sur les lieux, à la suite d'un appel reçu d'un riverain, j'ai constaté les deux policiers haïtiens en train d'être maltraités par des soldats de la MINUSTAH. Tout de suite, je me suis interposé en vue de porter sécours à mes collègues qui, à la suite de ces brimades, ont perdu l'usage de la parole », a confirmé Rosmond Aristide, un inspecteur de la PNH affecté à ce commissariat.

« J'ignore, en ce moment, l'origine de l'incident, a ajouté l'inspecteur de police, et j'attends leur rétablissement pour savoir ce qui a été à la base de cet évènement »

Cet incident a créé une situation de panique dans la commune au niveau de la population qui était très hostile envers les agents de la MINUSTAH. Certains habitants de la zone, suite à cet incident qu'ils disent déplorer, ont lancé des jets de pierres sur des soldats onusiens.

Des responsables de la MINUSTAH, un instant après, arrivés sur les lieux pour calmer la population de la Cité Soleil en colère, étaient entrés en pourparlers avec ceux de la PNH pour une enquête. « La MINUSTAH a promis aux responsables de la PNH de prendre des mesures appropriées à l'encontre de ces soldats s'ils sont effectivement coupables », a affirmé M. Aristide.

Les policiers haïtiens, de leur côté, attendent de la part des autorités une ferme décision pour éviter que ce genre de situation ne se reproduise.

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 7 Aoû 2008 - 13:04

Se pa koulyè ya map di ke militè pa genyen formatyon pou yo regle sitiyatyon ki genyen an ayiti jodya ki pa youn pwoblem militè ;mensi MINUstah se youn mal nesesè men otorite ayisyen ka mande pou yo chanje konposityon fos saa. se pou bon anket fet pou konnen de ki prevyen ke militè etranje yo maltrete polisye yo.Eske polisye yo te an kontravantyon.eske genyen youn pwoblem de kominikatyon. ou byen de rasis poukisa pa genyen plis polisye ki soti nan karayib lan nan fos saa.eske se peyi karayib yo ki di yo pap patisipe?Fok madan Dominique pale ak Sekretè jeneral LONU yan pou mandel pouli ba nou plis polisye ki soti nan karayib pou yo ka voye militè sovaj yo lakay yo. Thomas Sankara te di youn militè san fomatyon politik ak konsyans se youn kriminel an vakans se pa manti.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Sasaye Jeu 7 Aoû 2008 - 13:21

Moun ki toujou prese vinn defann etranje yo, tanpri eksplike m kouman:

- de neg, 2 polisye ki ap tann yon taptap pou yo al lakay yo lè yo finn travay, atake epi maltrete pa yon kontenjan Minista?
Yo telman pran tan, komisè a ke temwen te rele, gen tan rive pou l wè ya p toufounen nèg yo toujou jiskaske yo pèdi la pawol.

- Si solda minista yo te mande mesye yo idantifye yo, yo ta wè se polisye yo ye.
Oubyen eske malgre nèg yo idantifye yo, solda yo kraze bounda yo kanmenm, ki fout mele yo ak polisye ayisyen, ak ayisyen?

-Menmsi nèg yo te gade solda yo mal epi yo joure manman yo, pa genyen oken ekskiz pou sa.

-Si polisye ayisyen ap pase anba kou e move tretman, e rès popilasyon yo?

- Si se te 2 malere, eske nou ta p tande pale de sa?

Mwenmenm, mwen di li lè pou gouvènman ak tout pèp ayisyen leve tèt yo pou yo di bienfektè sayo bay tè a blanch.
Fout tonnè !!!!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Jeu 7 Aoû 2008 - 13:43

Sasaye a écrit:Moun ki toujou prese vinn defann etranje yo, tanpri eksplike m kouman:

- de neg, 2 polisye ki ap tann yon taptap pou yo al lakay yo lè yo finn travay, atake epi maltrete pa yon kontenjan Minista?
Yo telman pran tan, komisè a ke temwen te rele, gen tan rive pou l wè ya p toufounen nèg yo toujou jiskaske yo pèdi la pawol.

- Si solda minista yo te mande mesye yo idantifye yo, yo ta wè se polisye yo ye.
Oubyen eske malgre nèg yo idantifye yo, solda yo kraze bounda yo kanmenm, ki fout mele yo ak polisye ayisyen, ak ayisyen?

-Menmsi nèg yo te gade solda yo mal epi yo joure manman yo, pa genyen oken ekskiz pou sa.

-Si polisye ayisyen ap pase anba kou e move tretman, e rès popilasyon yo?

- Si se te 2 malere, eske nou ta p tande pale de sa?

Mwenmenm, mwen di li lè pou gouvènman ak tout pèp ayisyen leve tèt yo pou yo di bienfektè sayo bay tè a blanch.
Fout tonnè !!!!


"
Un incident isolé ne doit pas nuire à la bonne collaboration entre la police et la Minustah " Sophie Bouteau de Lacombe

http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=13972

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Sasaye Jeu 7 Aoû 2008 - 14:00

Sofi bouto delakomb konnen trè byen se pa yon ensidan izole.
Yo fè plizyè masak lan Site Soley deja. Dokimantè yo la.

Se pou fanm saa eksplike kisa k pase lan ka saa.
Pa vinn di se ensidan izole epi moun ak kouri vinn apwouve sa l di ya.

Se pou mamzèl vinn di DEKIPREVYEN.

Ma p repete kestyon an: Konbyen pòv malere yo toufounen konsa epi nou pa janm tande pale de sa?

De kilakyèl de bòn kowoperasyon?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Jeu 7 Aoû 2008 - 14:04

Sasaye a écrit:Sofi bouto delakomb konnen trè byen se pa yon ensidan izole.
Yo fè plizyè masak lan Site Soley deja. Dokimantè yo la.

Se pou fanm saa eksplike kisa k pase lan ka saa.
Pa vinn di se ensidan izole epi moun ak kouri vinn apwouve sa l di ya.

Se pou mamzèl vinn di DEKIPREVYEN.

Ma p repete kestyon an: Konbyen pòv malere yo toufounen konsa epi nou pa janm tande pale de sa?

De kilakyèl de bòn kowoperasyon?


" S’il y a eu usage excessif de la force, les casques bleus seront punis"
Sophie Bouteau de Lacombe

http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_une_fr.php?id=13972

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  revelation Jeu 7 Aoû 2008 - 14:16

Rosmond Aristide, un inspecteur de la PNH affecté à ce commissariat a dit : «
J'ignore, en ce moment, l'origine de l'incident, a ajouté l'inspecteur de police, et j'attends leur rétablissement pour savoir ce qui a été à la base de cet évènement »
Premyerman gen yon pwoblem d’identite la !!
Solda PNH yo te an sivil.
Deziemman, Mr. Aristide dike li pat temyen se di yo vinn di’l.
Donk lap oblije rete tand toujou pou’l konnen sak vremen te passe. Fok chef PNH ak chef MINUSTAH chita pou rezoud problem sa, pou bagay sa yo pa rive anko!!
Sasaye di:
Mwenmenm, mwen di li lè pou gouvènman ak tout pèp ayisyen leve tèt yo pou yo di bienfektè sayo bay tè a blanch.
Fout tonnè !!!!
Yon lot fwa anko Sasaye ap fe la wont sevi kole!!
Enerveman, fe kole, rele tonne pap rezoud anryen!!

Ti neg intellijan kankou Sasaye ak Rod Sans Malice chita kay menm blan sa yo ap gade nan fenet kijan blan etranje ap maltrete tifre ak tise yo.
Wi se vexsan sa e nou pakab fe anyen!!
Kom di Rod se yon mal nesese’r.

W mande pou gouvenman leve kanpe ak tout pep la pou yo di bienfekte sa yo bay te a blanch. Sa se bel pawol gwo lestomak.
Men si nou gade realite a an fas.

Byenfekte sa yo bay tout mamb nan gouvenman pliske mwatye ti check payroll yo chak mwa san grate tet. Vre ou fo??

65 a 70% sale’r employe leta yo resevwa ti chek yo preske chak mwa nan men byenfekte sa yo. Vre ou fo??

90% sekte prive a viv e fe lajan a koz de prezans byenfekte sa yo, paske fok byenfekte sa yo manje, bwe, inifom yo fe lessiv, al nan restoran, nan disko etc…

60 a 70% ti moun nan provins al lekol, ti souwen medikal, yon ti manje cho chak jou a koz de prezans NGO e byenfekte sa yo. Vre ou Fo??

Le nou reflechi e finn fe rezonnman sa yo, eske si nou ta prezidan peyi a ta mande byenfekte sa yo bay te a blanch pou tet 2 solda PNH an sivil ki gen problem avek sekirite MINUSTAH.
Eske nou tap sakrifye ti check sale’r nou a, avek tout mamb gouvenman nou la e tout lot Ayisyen dunn fason ou dunn ot ki benefisye de presans moun sa yo??

Eske nou ta prefere sakrifye 8.5 million Ayisyen pou tet 2 solda en sivil ki gen yon ti problem te kominikasyon ou byen kiltirel avek moun sa yo san ke nou pa chache konnen ki yes ki gen rezon, e ki ye ski gen to????

Mwen menm tou mwen di fout tonne!!
Men sepandan mwen pap kouri mande yo bay la kay mwen blan si mwen poko gen yon aveni.
Fe kole pap mennen’m okenn kote!!
Fe yo ale ou byen kite yo rete??
Se pa kestyon an sa.
Kestyon an se eske nou pare pou nou viv le yo ale brid sou kou konsa ???
Eske nou pare pou'm viv kom fre ak se san ke nou pa rele yon ak lot, chimere, GNBist, kokorat, kidnape, MRI, etc...
Eske nou pare pou'm viv ansamb kom pep ayiti???
Men kestyon an ke tout moun pe repond. Ti neg pavle tande la verite. Yo pito fe ti jwet distraksyon, detouneman sije a ou byen fe yon fuit an avan pou ignore realite. Yo pito viv nan rev je kale

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  ed428 Jeu 7 Aoû 2008 - 14:23

Se gouvenman Lavalas yo pou nou dwe remesye pou fos okipasyon sa yo. Neg sa yo mande plis ke dis fwa pou fos etranje rantre lan peyi a. Jodi a nou we ke prezidan Preval alez ak neg tourista yo. Manda mesye sa yo sipoze bout an Otob. Nou kwe ke mesye yo ap la pou yon bon tan paske jiska prezan nou pa gen okenn fos sou plas ki te ka ranplase mouche sa yo.

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Sasaye Jeu 7 Aoû 2008 - 14:32

Pa gen zafè de "Wont sèvi kolè"

Mwen pa gen anyen ki pou fè m wont, paske ma p defann diyite peyi m epi fyète pèp mwen.

Se moun ki ap defann entere etranje kont ayisyen yo ki pou wont.
Ann pran kèk souflèt ak kout pye epi en pe imiliasyon toujou, pase nou pa poko pare pou pran responsabilite nou.

Zansèt nou yo pa t mande blan pèmisyon pou yo met granmoun sou yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  revelation Jeu 7 Aoû 2008 - 16:14

Sasaye di:
Zansèt nou yo pat mande blan pèmisyon pou yo met granmoun sou yo.
Kite zanset nou yo trankil!!
Kite yo domi an pe!! Pa vinn mete problem sa sou do yo.
Yo finn fe travay pa yo deja!!
Yo batay pou mete blan deyo e ba nou bout moso te sa ki rele Ayiti.
Nou menm nou batay pou nou fe blan yo retornen anko sou te Dessalines nan.

Nou signen papye pou’n di yo antre, donk se papye pou’n resignen anko pou yo sa al fe rout yo. Kalonnen yo ak roch ak fistibal pap rezoud problem sa.

Si nou fe 2 e 3 mwa nap viv dan la paix, MINUSTAH pap gen enyen kom travay pou yo fe, yap oblije fe paket yo e pran route lakay yo.
Sasaye di :
Pa gen zafè de "Wont sèvi kolè".
Mwen pa gen anyen ki pou fè m wont, paske ma p defann diyite peyi m epi fyète pèp mwen. Se moun ki ap defann entere etranje kont ayisyen yo ki pou wont. Ann pran kèk souflèt ak kout pye epi en pe imiliasyon toujou, pase nou pa poko pare pou pran responsabilite nou.
Pa gen moun kap defand intere etranje kont ayisyen !! Gen dirijan e lot moun ki mete intere pa yo avan intere peyi a.
Se sa ke w konnen e ke w pavle di!! Fok w gen kouraj mete verite deyo, pou'n sa jwen limye nan teneb ke nou ye la.
Nou pakab ap mache a taton konsa nan fe nwa.
Limen bouji verite a pou tout moun sa we kle.
Men Octob 2008 plal rive la, misión MUNISTAH pral fini.
Tout neg kap touche kob, kap manje byen sou do MINUSTAH pral monte tensión insekirite a kom yo toujou fe dan le passe pou montre nesesite e fosse MINUSTAH rete.
E a koz de sa, m’ap parye avek nou ke je femen e san amendman a kontra sa, gouvenman pral signen papye anko e pral mande pou MINUSTAH rete.

Ki le nap soti nan sek visye sa??
Ki le nap sispand vire an ron!!
Si nou konsantre nou sou kisa ki te fe yo vini, nap kab jwen antidot sa pou'n fe yo ale.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Jeu 7 Aoû 2008 - 17:15

Sasaye a écrit:Pa gen zafè de "Wont sèvi kolè"

Mwen pa gen anyen ki pou fè m wont, paske ma p defann diyite peyi m epi fyète pèp mwen.

Se moun ki ap defann entere etranje kont ayisyen yo ki pou wont.
Ann pran kèk souflèt ak kout pye epi en pe imiliasyon toujou, pase nou pa poko pare pou pran responsabilite nou.

Zansèt nou yo pa t mande blan pèmisyon pou yo met granmoun sou yo.

Noum sa a gen vè? Ou pa konpran anyen menm?

Moun ki ba ou manje a li gen dwa tou pou li kale e di ou sa pou fè, apran konpran sa a ti mal.

85% bijè leta ayiti se kob blan. Komanse granmoun nan bijè ou si ou vle granmoun tout bon vre. Pou koulie a se betize wap betize.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Jeu 7 Aoû 2008 - 20:00

Collègues transportant le premier victime

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Incidentcsoleil6aout_policiercarried_final

Le 2e victime sur une chaise roulante

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Incidentcsoleil6aout_policierwheeled_final

Les soldats de la Minustha face aux manifestants de Cité Soleil

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Incidentcsoleil6aout_groupes_final

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Rodlam Sans Malice Jeu 7 Aoû 2008 - 20:17

men kote egoyism ,mank patriyotism, mank disiplinn mete nou.men ou ta di nou ta pran leson men non se menm hing hang lan tou tan.Depi 4 mwa nou ranverse youn gouvenman jis jodya nou pa fouti mete youn ranplasan :tout moun vle presidan ,premye minis ,Minis senatè,depite , anbasadè,konsil nanpren moun ki vle travay la tè ankor.ni fè biznis ;politik vinn youn sel indistri an ayiti.Se pa pep ayisyen ki mete nou la se politisyen ayisyen ki depi yo pa bor tab la pou yo pran pi gwo moso nan gato peyi ya met efrondre.Epi ou jwen youn paket ti visye ki ap mete yo ak blan koronpi pou avili peyi ya plis.Se politisyen ayisyen ki mete wont saa nan figi ayisyen ;nan tout amerik la se nou sel ki pa ka antann nou pou nou dirije tet nou,fok yo fout nou youn okipatyon pou yo mete lod pami nou.men malgre sa nou pa wont.Se Rosalvo bobo selman ki te genyen rezon.ment fout 100 lane apre se toujou menm bagay .fok nou avwe ke nou fout manke disiplinn pou nou viv an demokrasi.Si se pa yo kite la lontan nou te dechouke preval.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Invité Jeu 7 Aoû 2008 - 20:23

Rodlam Sans Malice a écrit:men kote egoyism ,mank patriyotism, mank disiplinn mete nou.men ou ta di nou ta pran leson men non se menm hing hang lan tou tan.Depi 4 mwa nou ranverse youn gouvenman jis jodya nou pa fouti mete youn ranplasan :tout moun vle presidan ,premye minis ,Minis senatè,depite , anbasadè,konsil nanpren moun ki vle travay la tè ankor.ni fè biznis ;politik vinn youn sel indistri an ayiti.Se pa pep ayisyen ki mete nou la se politisyen ayisyen ki depi yo pa bor tab la pou yo pran pi gwo moso nan gato peyi ya met efrondre.Epi ou jwen youn paket ti visye ki ap mete yo ak blan koronpi pou avili peyi ya plis.Se politisyen ayisyen ki mete wont saa nan figi ayisyen ;nan tout amerik la se nou sel ki pa ka antann nou pou nou dirije tet nou,fok yo fout nou youn okipatyon pou yo mete lod pami nou.men malgre sa nou pa wont.Se Rosalvo bobo selman ki te genyen rezon.ment fout 100 lane apre se toujou menm bagay .fok nou avwe ke nou fout manke disiplinn pou nou viv an demokrasi.Si se pa yo kite la lontan nou te dechouke preval.

Nounm sa a ka panse e li ekri bon bagay. Si ou te gen temperaman yon chèf, forum sa a te sove.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Sasaye Ven 8 Aoû 2008 - 12:22

Ezili Danto's Note: UN- Brazilian soldiers severely beat two Haitian Police officers

August 6, 2008, direct from the streets of Haiti, we hear Haitian journalist, Jean Ristil, reporting for Lakou New York radio, tell how UN Brazilian soldiers, brutally beat two Haitian police officers (Ronald Denis and Donson Bien-Aimé ) in front of their station in Site Soley, even entering the station to chase and further pulverize the two Haitian police officers, who had refused to give their identification information to the Brazilian soldiers.

The foreign soldiers arbitrarily stopped them, as they left work right in front of their station. Both police were transported to the hospital, one was unconscious.

The people who observed this on the street began an automatic protest against the foreign UN "peacekeepers" for beating these policemen like they were animals and without human rights, and even entering the Haitian police station without compunction and totally disrespecting the people of Haiti.

A Haitian police inspector named, agent Blaise, who witnessed this incident, was interviewed live and confirmed these facts for the New York and international listening audience.

Listen to Lakou New York live broadcast interview, direct from Haiti, in Kreyol.

Aba Minista!. http://www.lakounewyork.com/emisyon8-6-08.mp3
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  foknougoumin Sam 9 Aoû 2008 - 0:35

Sé toujou pèp la ki toujou pret au kombat, politichien é swa disan élit péyi ya, yo toujou ak lenemi yan. Sé pèp la ki konnin sa li pran anba bann assassin GNBiste ak Ministà...konbien moun yo touyé nan cité ya?

Épi ban'n gnbiste santi di sayo pa kon'n sa pou yo di anko, yo toujou béswin drap blan lavalass pou yo lavé yo. Sé jistéman pou ti chek ké nou té vlé jwin nan min ONG et nan min péyi Ami yo, ké koudéta té fèt. Sé pou sa ké nou touyé plis pasé 10000, nan frè nou wi.

Mwin pa kwè ké sé pou polisié yo mim'n ké pèp la révolté non, sé paské pèp la konnin ki sa li pèdi an 2004, apré ké bann lache gnbiste yo mété yo ak lenemi pèp pou 2004 pat fété...
foknougoumin
foknougoumin
Star
Star

Nombre de messages : 229
Date d'inscription : 02/12/2006

Revenir en haut Aller en bas

Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH Empty Re: Popilasyon Site Soley mande anraje kont solda Minista ki maltrete 2 polisye PNH

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum