Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

2 participants

Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Rico Dim 10 Aoû 2008 - 15:37

Jounen nan lavi yon kinanm nan peyi dayiti


https://www.youtube.com/watch?v=1G1MrFWT9PQ&feature=user
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Re: Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Rico Dim 10 Aoû 2008 - 15:49

Jounen nan lavi Germain yon travayè nan izinn kafe.

https://www.youtube.com/watch?v=Uf3PvAJ20mA&feature=user
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Re: Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Rodlam Sans Malice Dim 10 Aoû 2008 - 20:46

Rico

mwen renmen video sa yo ke w montre yo.lè map gade video sa yo ;yo fè m pi rayi gwo manjè ayisyen yo.gade ki jan youn pep anvi travay ,anvi fè komers men yo pa ofri yo oken kredi.epi lè ayisyen ap pale de analfabet men eske moun sa yo ki pale la se moun ki bet yo ye.

mwen kwè youn nan priyorite prochen gouvenman se retabli otorite leta e sekirite nan peyi ya.pou moun ki genyen moyen ka vinn ede pou ogmante pwodiktyon natyonal pou ba bon jan pep saa youn ale mye.fok pwodiktyon natyonal ogmante pou inflatyon ya bese.se pa ogmante salè minimum lan selman ki enpotan men se sa ke moun yo ka achtè ak ti salè ,lè m tande ke peyisan di ke yo touche 100 goud pa jou epi li pa ka viv ak li nan kanpay map mande tet mwen ki jan youn profesè lekol nan kapital la fè viv.men si nou ogmante prodiktyon agrikol nan peyi pou genyen manje a gogo, si nou bati anpil ti bilding tout kote pou pri kay bese, mete lekol tout kote. sant de sante pou mou yo jwen swen ;elektrisite, dlo potab men ayiti pap lanfer ke yo di li ye ya.Men pou nou ka fè sa fok tout reset leta pa pase pou peye politisyen gran manjè.Se sak fè pwochen bidjè ya fok genyen anpil rediktyon nan bidjè presidans ,primati, palman ,ministè yo, anbasad yo etc.fok lajan pep la servi poul ba li servis ke li beswen.Se youn bagay ki anormal pou youn profesè ak youn doktè pa ka touche epi pou depite ap chanje 40 kaoutchouc nan machinn yo pa ane.pou senatè ak Minis ap touche gwo per diem pou yo fè touris.Fok gato a separe ant tout ayisyen.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Re: Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Rico Dim 10 Aoû 2008 - 23:35

Malice two souvan moun sayo pase nan bliye. Poutan se moun onèt, bon travayè kap fè tout mizè pou jwenn 2 bout. Saki touche m anpil rejyon Limonad rive nan frontyè a mwen konnen anpil. Gade koman Madanm sa se an Dominikani li ale pou magazinen. Mezanmiro Malice konbyen mache tankou Altieri te dwe gen nan Okap kap founi byen sayo, Konbyen poulaye ak fèm ki dwe founi ze poul nan Liminade. Olye se travèse frontye anrichi Dominiken.Men kisa nou pa kap fè la.

Men Malice nou te gen bon debi ak ti popilasyon nou te genyen, koman fè mache konsomasyon grandi, genyen demand toujou men pa gen lof. Li pa selman gouvenman selon mwen. Gen kapito ki ta dwe envesti nan pwodiksyon an fason pli dinamik. O mwens ta dwe gen yon ti bout ki fèt ak posiblite genyen, an antadan enfrastrikti yo vreman djanm pou pouse pi devan.

Malice koripsyon move pratik nan prive apovri peyi sa pi plis. Gen anpil fwit kapito nan yon nivo ak feblès dwann nan rantre anpil matyè konsomsyon ak pwodwi konstriksyon o detriman ekonomi lokal la. GEN TOUT YON CHENN KORIPSON LETA AK PRATIK KOMÈSYAL KAP APWOVI PEYI SA.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Re: Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Rodlam Sans Malice Lun 11 Aoû 2008 - 7:38

Ki jan pou ofre la ogmante si nou tout vle presidan, senatè, anbasadè,depite. chef pati politik ,pastè,nanpren moun ki vle manje ak swè fron yo anko.Ayisyen koulyè ya se swa yo anvi pati kite peyi ou byen viv o depan de lot moun.;swa nan fè politik ou ouvri youn ti biznis legliz.Sa ki vle travay yo leta pa ba yo ankadreman ase.Gade youn bagay ti madanm la pral achte ze an dominikani epi nou chaje agronom ki nan chomaj.Jacques edouard Alexis sot pase premye minis 2 fwa, o lye li ta di kitem ba youn lot fè youn kou nan politik kite m al rantre nan pwoduktyon manje non se youn pati politik li vle dirije.

moun ki ta vle vinn fè elvaj nan peyi ya ;ogmante pwodiktyon manje pa ka tounnen yo mete youn kidnaping pou yo dekouraje w.Menm youn ti lekol ou ta ouvri an deyo kote w rete ou pa ka fè li.se dyaspora yo rele w sa vle di youn moun pou yo eksplwate.sa fè mwen mal poum wè ki jan youn pep travayan konsa ap soufri a koz youn paket sansi, parasit.ki pran poz politisyen pou yo separe gato a antre yo.Tou tan pep la pa dechouke rapas sa yo se tou tan li ap soufri.menm dlo se youn pwoblem pou malere yo ;gade ki jan pitit li ap kriye pou benyen manman ap benyen li ou met si dlo saa tro fret pou ti lezanj la ki deja pa byen manje.Sim te jwen politisyen dwet long sa yo se sam bliye mwen pa ta di yo.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti Empty Re: Jounen nan lavi Anne Marie yon jenn fanm Limonade nan peyi dAyiti

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum