Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -23%
EVGA SuperNOVA 650 G6 – Alimentation PC 100% ...
Voir le deal
77.91 €

Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René

2 participants

Aller en bas

Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René Empty Rele Legba pou mwen Jean Érich René

Message  Marc Jeu 18 Sep 2008 - 9:53

Rele Legba pou mwen

Louvri pòt la pou ban m pase
M bezwen konnen sa kap pase
Pou tout pitit ginen ap trepase
Men kè tout Ayisyen ap kase
Dlo desann san l pa jan m bese



Mètrès Klèmezin Klèmèy
Nap mande si w lan somèy
Depi sèt jou nou pa wè solèy
Nap mache sèl sou tèt zotèy
Ou ka ban n yon bon konsèy
Nou deja louvri tou de zorey



Lenglensou* basen san di: otan
Sou twa fasad chase move tan
Rasanble pou nou ka koute
Souvenans san deja koule
Frape tanbou pou nou rele
Sou rit rada Ogou Bakoule



Se Nan Soukri anba yon pye mango
Simbi Ganga ap tann tout Kongo
Pitit Legba Nago desann lan Badjo
Pou nou tout boule zen kay bòs Djo



Sa ki soti lan Valparezo
Si nou ta vle fè vye zo
Papa Piè, Piè Balawe
Ap tann nou lan Balade



Lan mitan: danse sou Petro
Kaladja ak Ogou Chango
Nou ka reyini kay Yaya
Sou bagèt Simbi Makaya
Li se tokay Ogou Feray
Lap mete nou tout sou ray



Sa k gen rezon ni sa k gen tò
Yo dwe mache dèyè Dantò
Lè fini, jete tout batanklan
Pou desann lan Lavil Okan
Freda ap tann tout Kan



Tout oungan, tout manbo
Anvan nou rele Abobo
Grann Brijit, Baron Samdi
Gen anpil bagay pou yo di
Gede Loray, Brave Gede,
Mazaka Lakwa, Ti Wawe
Gede Nibo, Gede Zareyen
Yo pa janm bouke plenyen



Kantite mò nou voye bayo
Simityè tounen yon yoyo
Louvri sèkèy nou pran yo
Pou nou fè sa nou pipito
Sonje lè nou te pran ason
Se pa pou n te bay pwazon
Assogwe* pat la pou mechanste
Sa Ginen ba l la, se pou charite
Yon badji se pa yon bank bòlèt
Ni yon manman bèf kap bay lèt



Gade pa fout betize ak moun
Se pa nou ki fè okenn moun
Nou pa gen dwa touye moun
Nou gen bon chans M pa voye dife
Se pa pou gran mesi M reyini n IFE*
Se pou nou tout ka tounen pirifye
Agwe, Simbi fè yon sèl brase
Nou wè tout sa ki gentan pase
Basen Sen Jak la gentan debonde
Tè, labou, limon toupatou debòde
Oungenikon*, renn chantrèl boula
Pou Oungan aprann pou ki sa yo la



Souple na di Legba pou mwen
Se pa tout moun yo bay pwen
Se pa tout machòkèt san kè
Pou l kite antre lib san tikè
Se yo ki fè vodou wa pa vo
Yo pat janm pase lan djevo*
Manyè mete lòd lan lakou wa
Si pa gen bwa, pa gen repozwa
*Agoye !

Jean Erich René


*repozwa : arbre choisi par un Esprit ou Loa comme habitat
*Mètrès Klèmezin Klèmèy : Dans le panthéon vodou, la fidèle Sainte
Claire.
*Lenglensou : Jésus Christ ensanglanté sur la croix
*Ougenikon : le chef de la chorale d’un Hounfort. Quand il s’agit d’une
femme on l’appelle Reine chanterelle
*djevo : chambre initiatique du vodou
*Assogwe : initié au 3e degré
*IFE : Le Quartier Général du Vaudou. Centre de purification situé à La
Ville aux Camps
*Agoye : Exaucez-nous

Marc
Technicien

Masculin
Nombre de messages : 65
Localisation : Aquin-Haiti
Loisirs : culture de pitimi
Date d'inscription : 30/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René Empty Re: Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René

Message  Sasaye Jeu 18 Sep 2008 - 14:01

Mesye vodouwizan yo,
Banm yon ti limye, tanpri.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René Empty Re: Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René

Message  Invité Jeu 18 Sep 2008 - 14:53

:elephant:

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René Empty Re: Rele Legba pou mwen \ Jean Érich René

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum