Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
Pack Gigabyte Ecran PC Gamer 27″ LED M27Q ...
Voir le deal
749 €

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

4 participants

Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  revelation Mar 7 Oct 2008 - 12:56

Ti neg ap plede pale Eta Zuni mal epi se la tout krêm peyi yo refijye lè lakay pa bon!!

Daniel Fignole pase preske 30 lane O Zeta Zuni mwen pa janm tande li te mande azil politik Kanada ni o Meksik.
se la tout patizan li yo te jwen travay pou yo te ka soutni li.

Mwen wè Meksiken, Nikaragweyen, Guatamalyen ap mouri nan desè Arizona , New Mexiko pou yo vinn o Zeta Zuni ,le yap depote Meksiken pou yo tounnen lakay yo se ak la penn pou wap gade jan yo tris.

Tout gwo atis nou yo ,footballeur nou yo kote yo vini.Tom pouce, Guy Saintvil, CHardin ,Mano Sanon, Guy Durosier , Mano Charlemagne, Gerard Dupervil, kote yo fini vi yo?

Si yo mete youn bato Kiba epi yo di tout kiben ki vle vinn Miami yo met monte ke vyej pete jem mwatye kiben tap kite paradi Castro a.

Lè ti neg vle fè le frekan se kite yo radote.

Men lè Aristide te nan washington lan mwen pat tande li pale de move zwazo mechan.ni li pat di ke li pap tounen ak marinn yo.
Jodya men li pran nan moulen malgre yo te pale l tout moun leve kanpe.

Lè w manje lajan chango fok w peye l.


fok nou sispann mande yo ed dabor konsa moun a bouke rantre dyeol yo nan zafè nou.
Antre tan mwen map viv pa bor isit la li ta endesan poum sou do bef la epi pou map pale l mal.

sim pa alez nanpren moun ki mete chenn nan pyem poum te vini e yo pa kenbe m poum pa retounen kote m te soti.

Sim pou ta di mwen rayi eta zuni se poum ta leve djakout mwen anvan ;lè m ta di yo mwen pa beswen sosyal sekrite chek la ak tout lajan pansyon m e lajan ke yo ba pitit mwen lè sa vre mwen ta genyen dwa fè le frekan.

Men tou tan map touche twa chek sa yo chak mwa.

Epi mwen wè doktè a lez kom blez medikaman m se vini tout swit se poum rele Vive Les Etats-unis d'amerique.

sak santi yo byen lot kote se zafè pa yo mwen si bor isit la ki fè m du byen.

$5000.00 bal chak mwa nan kont mwen apre taks.
plis lajan sosyal ak pansyon fanm mwen.

O kel parfè bonè, kel bonè (lol)

Sak pa kontan kote yo ye ya anbake.$

$2,607.00 dola pansyon,

$1,400.00 dola sosyal sekirite,

$937.00 dola pou pitit fi mwen dim apre taks wi;

dim kote mwen pral jwen yo ?
an Russie?
an Chinn ?
Kiba?

W te met di'm ke'm se arivis, men tout moun fet toutouni sou la te beni.?

Mwen te rantre nan peyi ya ak 20 dola nan poch mwen kom tout byen.
Jodya gras ak disiplinn mwen e kouraj mwen mwen pa fout razè ankor se poum di mèsi les Eta Zuni.


ou pi bon ayisyen pase Daniel Fignole, Paul Magloire, Dumarsais estime, Paul laraque,Frank laraque. Gerard Latortue.Morriseau Leroy?

Mon chè banm van m pou m al la gonave tande!!!!!

Poutan se move zwazo yo ki te mennen Aritisde tounen apre ke jandam te fel pèdi kontrol misk li. li te pase 3 zan ap byen mennen .
poutan Paul magloire te pase preske 30 lane nan New York nanpren moun ki te janm anmegde l,
Estime se nan new York li mouri. e yo di se ayisyen ki te fè anpwasone li.poutan se la 95% ayisyen vle vini.

malgre yo depote sa ki vle vini iligalman al mete 2 twa pot avyon nan la rade epi mande ayisyen yo genyen dwa monte sou bato pou yo vinn o Zeta Zuni pou wè konbyen ki ap rete an ayiti ;

poukisa.Paul Laraque pat mouri kiba.
Morriseau Leroy se Miami li mouri.
Cayard se New York li te refijye ak tout man ekipaj gad kot la.
Renen leon se New Jersey li te rete.
Ti mesye ki te debake dame mari yo tout se O Zeta Zuni ke yo te soti.

Mande ayisyen yo ant Kiba ,la Risi e Etat Zuni ki kote yo ta renmen ale.

Kote Latortue ak Abraham ap viv, pa an Russie non.

Se bankye ayisyen yo menm ki di si se pa tranfè ke dyaspora fè goud la ta desann pi ba.ki bor plis lajan soti?Ki moun ki toujou premye vinn pote nou sekou lè syklonn pase?

ki moun ki te fè kanpay pou eradike pyan an ayiti , malarya an ayiti.

ki moun ki konn bay remed pou tiberkile nan sanatorium?

Ki moun ki ba ayiti plis ed ;se Russ yo ou byen chinwa yo?


Genyen moun ki engra genyen ki konnen moun ki fè yo byen.

Si w se youn zonbi ke yo dogmatise.ki pa ka wè klè ke menm chinwa kominis se pa bor isit ke yap vann tout pwodwi se bor isit la yo envesti lajan yo si les Eta Zuni pran grip le monde antye genyen nemoni ak kakarel se bagay ki gade w.

Mwen pa wè nwa ameriken ki ap pran kanntè pou yo ale ayiti ni kiba ni o meksik non.

Lè bahameyen yo ap refoule ayisyen se gad kot ameriken ki rapatriye yo wi yo pa mande gouvenman ayisyen pou peye yo youn santim .

SE gras Preval ap mande pou yo pa pa tounen ayisyen ki ap chache refij o Zeta Zuni.

Manyè fout konn moun ki fè nou byen tonnè!!!!!!!


Rodlam Sans Malice

Yon Mapou nan Diaspora o Zeta-Zini ki konnen sak rele disiplin, kouraj, travay, rekonesans e respe pou yon pep e yon peyi ki ouvri bwal bay tout moun kelkeswa koulè, e origin yo.
Nou ta souwete ke tout ti Ayisyen nan Diaspora pran egsanp sou Rodlam, Obama, e tout lot imigrant kap travay di nan peyi blan, pou yo pa dekouraje.
Kenbe rev nou nan kê nou. Yon jou la va realize!
Avek la gras de Dye, demen va myo!!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rico Mar 7 Oct 2008 - 14:09

Bon tout bann literati sayo mwen ta renmen konnen pouki tout bri sa. Mwen twouve se danjere, montre yon entolerans menm si yon moun pa dako ak sa yon yon lot di an matyè sistèm politik, ekonomik ak sosyal yon peyi. Se byen analize an detay, an pwofondè kisak tap pale. Fè la pa dè chèz, Olye voye monte pou Etazini, Kanada ou watevè peyi dakey pou nou dyasporyen. Anyen pa janm pafè

Si mwen pran temwagnaj bilan Malice yo mete an evidans. Mouche fè pati sayo rele chanse ki nan mwayenn reyisit nan peyi meriken. Men podyab moun tankou Fignole mwen konnen trè byen ak pakèt dasporyen kap trennen nan mizere nobis, pafwa map mande kisa moun sayo vinn fè lakay blan. Mwen te gen chans rekonèt Fignole a travè yon Fignolis ra moun ki te frekante l se nan mizerere mouche tap viv nan Nouyok. Preske yon moun ki te preske pèdi tèt li.

Li te lè ak tan pou mouche rantre an Ayiti apre 86, kote Nanfi bay pansyon Prezidan li. Podayb Fignole mwen rankontre nouvo An Ayiti apre 86 te resisite, men maladi, move swen nan Nouyok ale ak mouche. Alos se fè atansyon. Gen lot non ki site la mwen pa vle pale. Mwen toujou vle bay lè jis sitou nan yon lot forom pou Ayisyien kap dekonnen sou richès ak grandè meriken, pi gwo peyi sesi sela. Mwen toujou mete yo an gad pwosperite ak grandè sa gen limit li sitou pou majorite Ayisyien ki chita nan Boston, Miyami ak Nouyok yo ki pa konnen sa ditou.

Sakap mennen ki chita nan rejyon sayo se yon enfim minorite nan preske 1 milyon 1/2 ayisyien Ozetazini. Se bon estatik ak moun tankou Malice ki minorite kom yon teknisyen ki rantre depi plis 30 lane ki byen tabli nan peyi blan. Alos zafè pale pou tout bann rès majorite yo ki nan tout vye boulo, san eskolarite, san pwofesyon , san asirans maladi ak pakèt san papye sitou Ozetazini se pa ditou fasil. Alos se fè la pa dè choz mete 2 pye nou a tè gen majorite frè aksè nou ki pa nan sakap pale la
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rodlam Sans Malice Mar 7 Oct 2008 - 14:48

Rico

Ou pa ka montrem Daniel Fignole non.Map di w byen Octave Cayard ki vinn o Zeta zuni apre Fignole te profesè nan iniversite. Paul laraque ak tout Frank laraque ak anpil lot ayisyen ki vinn nan fen ane 50 e o debi ane 60 yo anpil nan yo fè vi yo byen ;mwen genyen paran mwen ki pat genyen edikatyon Fignole ki rantre nan menm epok la yo mouri milyonè.Fok ou di ayisyen ki konn pale franseuuu yo genyen anpil se parese si se pa job leta yo pap fè lot travay.Yo pito ap eksplwate pov despri. mwen konnen ayisyen ki tap netoye nan lopital e ki tap fè la liy ki milyonè.Eta Zuni menm lè diskriminatyon nan te red anpil depi w pa parese mon chè ou te ka reyalise kichoy mwen pa di tout moun te ka milyonè men ou te ka viv.Lè m rantre o Zeta Zuni ayisyen te konn fè twa job se kite youn travay al pran youn lot.Fignole te ka anseye nan iniversite sil te al resikle tet li.Men li te twouve ke li se ansyen chef deta li pa ka fè tou travay ni li pa ka ale lekol ankor.Tandiske map li ke ansyen Presidan Nigeryen ,mwen bliye non li apre ke li kite pouvwa o Nigerya te al pran youn doktora nan ekonomi nan Oxford.

Mwen konn fanm ki te pran kanntè ki vinn o Zeta Zuni ki ap byen mennen.Si w genyen disiplinn nan travay w e ou konn sa vle peyi ya te bay anpil oportunite.Yo te menm peye w pou al lekol.Pafwa genyen napil moun ki pa reyisi se paske yo pa debrouya.Mwen te ka rete ap travay nan faktory tout vim.Sim pat travay nan konpayi elektrik mwen tap travay nan konpayi telfonn ou byen nan transit otorite.Jamayiken vini , trinadyen , dominiken vini ,kiben ,indyen ap pfè la liy epi yap peye profesè kote yo soti ,Pakistanè yo menm bagay ,mwen te kon ap dirije youn paket travaye bresilyen nan enstale kab fiber optik nan Manhattan e byen neg sa yo te 7 mwa travay yo fè ap travay 6 jou pa semenn ak anpil overtime ,lè neg sa yo montrew w kay yo o bresil se chato. moun soti tout kote se la yo vinn jwen youn ale mye ;lot moun met pale peyi sa mal se pa mwen.preske tout fanmim se la ki ba yo la vi.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rico Mar 7 Oct 2008 - 15:14

Rodlam Sans Malice a écrit:Rico

Ou pa ka montrem Daniel Fignole non.Map di w byen Octave Cayard ki vinn o Zeta zuni apre Fignole te profesè nan iniversite. Paul laraque ak tout Frank laraque ak anpil lot ayisyen ki vinn nan fen ane 50 e o debi ane 60 yo anpil nan yo fè vi yo byen ;mwen genyen paran mwen ki pat genyen edikatyon Fignole ki rantre nan menm epok la yo mouri milyonè.Fok ou di ayisyen ki konn pale franseuuu yo genyen anpil se parese si se pa job leta yo pap fè lot travay.Yo pito ap eksplwate pov despri. men konnen ayisyen ki tap bale lopital e ki tap fè la liy ki milyonè.Eta Zuni menm lè diskriminatyon nan te red anpil depi w pa parese mon chè ou te ka reyalise kichoy mwen pa di tout moun te ka milyonè men ou te ka viv.Lè m rantre o Zeta Zuni ayisyen te konn fè twa job se kite youn travay al pran youn lot.Fignole te ka anseye nan iniversite sil te te al resiskle tet li.Men li te twouve ke li se ansyen chef deta li pa ka fè tou travay ni li pa ka ale lekol ankor.Tandiske map li ke ansyen Presidan Nigeryen ,mwen bliye non li apre ke li kite pouvwa o Nigerya te al pran youn doktora nan ekonomi nan Oxford.

Mwen konn fan mi ki te pran kanntè ki vinn o Zeta Zuni ki ap byen mennen.Siw genyen disiplinn nan travay w e ou konn sa vle peyi ya te bay anpil oportunite.Yo te menm m peye w pou al lekol.Pafwa genyen napil moun ki pa reyisi se paske yo pa debrouya.Mwen te ka rete ap travay nan faktory tout vim.Sim pat travay nan konpayi elektrik mwen tap travay nan konpayi telfonn ou byen nan transit otorite.Jamayiken vini , trinadyen , dominiken vini ,kiben vini moun soti tout kote se la yo vinn jwen youn ale mye ;lot moun met pale peyi sa mal se pa mwen.preske tout fanmim se la ki ba yo la vi.

Malice koul mwen byen pale reyisit se yon minorite, majorite se degaje yap degaje yo . Alos mwen pap pale moun ki pale franse ou byen moun kap feraye nan sayo rele djob bra yo ki byen reyisi yo. Nou gen tandans rete nan anviwonman nou ou byen ignore moun ki pa kanpe sou anyen. Mwen byen sible, fè anpil jouda pou mache Ozetazini ale nan ti legliz pwotestan, parade nan ti rakwen nan Brooklinn pou konstatate koman Ayisyen ap viv nan sitiyasyon enfomèl sitou Nan Miyami ak Nouyok. Wi kap vann nan lari nan bounda machinn yo, ji an poud, sak diri, lwil makristi, fè manje pou vann nan koulwa, lakay ak latriye. PAFWA MOUN KONSA SAN SEKIRITE SOSYAL AK PAPYE. YO SANBLE PA NAN OKENN ESTATIK.


Wi mwen rekonèt se peyi depi w gen zouti, nan pwen pa jwenn. Men sa nou bliye fo souvan to analfabetism nou si telman fo, se pa TOUT KI GEN MENM CHANS YO AK POSIBLITE YO, MOUN KONSA TANDANS LAN VLE IGNORE YO. Pou Daniel se pa yon kèksyon parese, se pa ditou sa kom ansyen prof matematik. Mouche tou senpleman destablize, yon moun mantal epwouve, enkapab fonksyonen nomalman se saki te rive mouche apre tout brimad politik. Li pa ditou rive nna peyi meriken nan eta ni yon Magloiresou Cayard. Dayè se yon bo frè m ansyen Fignolis kap pale m byen de mouche.

Mwen pa gen anyen konte sa w panse nan fon, ak tout posiblite Etazini bawou. Mwen menm se yon privilejye ki gen twa pitit ki pa janm konnen lekol piblik . Mwen pase pi fo peryod travay nan fonksyon piblik ak bon salè. Yon madanm ki anko ansègnan nivo segondè ak Kolèj. Men si mwen pase pran tout medam yo ki nan ak manifèkti tèkstil, izinn pwodiksyon se salè ki pa fè moun rich ni pwogrese. Se sa map pale. KANTA PEYI MERIKEN SE PI DURRR POU ANPIL AK SISTEM LAN SAN ASIRANS SANTE. MWEN GEN FANMY MWEN KI NAN DIFIKLTE KONSA AK LAJ KAP RANTRE. Se ti mozopwen konsa mwen te vle fè.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rodlam Sans Malice Mar 7 Oct 2008 - 20:01

Men se pa selman o Zeta Zuni mwen byen kwè si youn moun sot an ayiti ou paka di 2 mo franse an frans ou byen kanada ou ka genyen pwoblem pou jwen travay sitou si w pa konn li.Koulyè ya bagay la pi red paske pa genyen job manifakti menm jan tankou lontan ankor.Men se nan tout peyi ke la vi ap vinn pi difisil pou moun ki pa genyen youn profesyon ou byen youn metye.

Fignole pat oken tromatise kijan fè li te genyen revi ke li te pibliye nan New York?di nan rete tann ke Duvalier pral tombe li pral presidan li tounen pwa tann.Youn moun fok ou debrouya nan la vi saa.Fok ou ka adapte w a kote wap viv la.gade karyè ki pi fasil pou jwen travay.epi konnen tet w.Kopulyè ya youn jenn gason ak youn jenn fanm ki ap komanse o Zeta Zuni se 2 metye ki pi fasil pou jwen job se swa ou genyen youn bon bakground teknik ou byen ou jete w nan field sante.nanpren oken bon infimyè ki ap drive, nanpren oken bon teknisyen laboratwa ki ap drive , nanpren oken physioterapis ki ap drive,se pa tout moun ,ki ka doktè men si w pa ka doktè chwasi sa ke w ka fè epi viv selon moyen w pou fè ekonomi. se lajan ki kreye lajan.pa viv odela moyen nou.pa imite sa nou wè lot moun ap fè.Pa kouri al achte gwo kadillac gwo mercedes.si nou pran san nou e byen youn jou nan genyen tou sa lot moun genyen tou.depi nou byen disipline.si se 10 dola nou ka mete youn kote chak semen mete li pou jou lakay mande presans nou anka lan mor nou pa pral nan grate tet.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rico Mar 7 Oct 2008 - 20:23

Rodlam Sans Malice a écrit:Men se pa selman o Zeta Zuni mwen byen kwè si youn moun sot an ayiti ou paka di 2 mo franse an frans ou byen kanada ou ka genyen pwoblem pou jwen travay sitou si w pa konn li.Koulyè ya bagay la pi red paske pa genyen job manifakti menm jan tankou lontan ankor.Men se nan tout peyi ke la vi ap vinn pi difisil pou moun ki pa genyen youn profesyon ou byen youn metye.

Fignole pat oken tromatise kijan fè li te genyen revi ke li te pibliye nan New York?di nan rete tann ke Duvalier pral tombe li pral presidan li tounen pwa tann.Youn moun fok ou debrouya nan la vi saa.Fok ou ka adapte w a kote wap viv la.gade karyè ki pi fasil pou jwen travay.epi konnen tet w.Kopulyè ya youn jenn gason ak youn jenn fanm ki ap komanse o Zeta Zuni se 2 metye ki pi fasil pou jwen job se swa ou genyen youn bon bakground teknik ou byen ou jete w nan field sante.nanpren oken bon infimyè ki ap drive, nanpren oken bon teknisyen laboratwa ki ap drive , nanpren oken physioterapis ki ap drive,se pa tout moun ,ki ka doktè men si w pa ka doktè chwasi sa ke w ka fè epi viv selon moyen w pou fè ekonomi. se lajan ki kreye lajan.pa viv odela moyen nou.pa imite sa nou wè lot moun ap fè.Pa kouri al achte gwo kadillac gwo mercedes.si nou pran san nou e byen youn jou nan genyen tou sa lot moun genyen tou.depi nou byen disipline.si se 10 dola nou ka mete youn kote chak semen mete li pou jou lakay mande presans nou anka lan mor nou pa pral nan grate tet.

Malice nap tounnen an ron. Si w pran premye paragraf ke w ekri. Se sa mwen di w tout o lon echanj yo. Wap repete anko. Alos kote pwoblè m lan l. Kanada , Monreyal watevè depi ane 80 yo pèsonn pa alabri ak chanjman yon mond endistriyèl pou chanjman nimerik ak enfomatik. Se la wi mwen pale w grann pwoposyon moun analfabèt , souzeskolarize nou yo gen plis difikilte. Mwen pa te nan peyi blan tankou w depi debi ane 60 yo. Lè te gen anpi djob bra. Pafwa se byen sitiye w dan l tan pou byen konprann.


Pou Fignole zafè ekri yon ti revi ou byen jounal pa sign vreman kapasite yon moun retounen pwofese ou okipe yon anplwa plen tan. Dayàe na tout politisyen yo se mouche ki te plis koul, pa vreman fè vag. Map rakonte w yon ti fè. Fignole rankontre ak yon ansyen Fignolis nan Nouyok ki kontan pou bali la men. Eske w konnen li kouri, konprann se wanga moun li pa rekonèt vle voye sou li. Tout Fignolis konnen byen mouche destabilize, sisèstib. Anplis mouche gen pwoblèm divizyon familyal ki vinn ogmante chagren li. Agrave anplis ak pwoblèm maladi. Pale sa w konnen.


Dernière édition par Rico le Mar 7 Oct 2008 - 20:36, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rodlam Sans Malice Mar 7 Oct 2008 - 20:32

Zafè kwè nan wanga mwen pa konnen ki jan youn nonm tankou Daniel Fignole ta fè konsa ,antouka mwen te wè li an 2 fwa nan franklin avenue mwen pat wè li sanble youn moun ki desoryante non.Youn nonm entelijan tankou daniel Fignole se nan 2 tan twa mouvman universite ta vap chache mouche poul anseye franse ou byen matematik ;ki jan fè Paul Laraque te vinn profesè nan Fordham universite?Frank Laraque tap anseye nan City College?Pwoblem fignole se te poul te tounen an ayiti tou swit apre Duvalier tonbe poul te presidan.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Rico Mar 7 Oct 2008 - 20:49

Rodlam Sans Malice a écrit:Zafè kwè nan wanga mwen pa konnen ki jan youn nonm tankou Daniel Fignole ta fè konsa ,antouka mwen te wè li an 2 fwa nan franklin avenue mwen pat wè li sanble youn moun ki desoryante non.Youn nonm entelijan tankou daniel Fignole se nan 2 tan twa mouvman universite ta vap chache mouche poul anseye franse ou byen matematik ;ki jan fè Paul Laraque te vinn profesè nan Fordham universite?Frank Laraque tap anseye nan City College?Pwoblem fignole se te poul te tounen an ayiti tou swit apre Duvalier tonbe poul te presidan.

E byen Malice se tan pèdi lè nap echanje. Mwen byen di w mouche retounen an Ayiti apre tonbe Duvalye an fevrier 1986. Li rantre ezakteman 29 mas 1986. Mouche retounen tou malad. Nou pa vreman swiv sakap di annik voye repons ki fè nou plezi. Mwen byen di w piro Nanfi te menm bali yon pansyon kom ansyen prezidan. Men maladi li te gen depi Nouyok touye l .Li mouri 23 dawou 1986. O mwen verifye lè nap pale si nou pa fè konfyans nan nan sakap di. Antouka mwen kanpe la.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Sasaye Mer 8 Oct 2008 - 0:09

Pou korobore sa Rico ap pale lan eta mantal Fiyole.

Yon zanmi ki te an Ayiti pandan epôk 86 lè Divalye vole gagè a pote yon video kote yo montre lè Danyel Fiyole rantre an Ayiti.
Te gen de milye moun ki ta al recevwa l.
Li desann avyon an tankou yon egare.

Lè misye te eseye di kèk mo lan mikro a ou wè se yon moun ki pa t lan la reyalite. Ou ta di yo pran zonbi l.

Lé yon moun te sonje gason fouge tankou nèg saa ki te konn ap fè de diskou pandan 2-3 zè d tan avèk yon fôs ki te konn fè moun yo fremi li te kapab voye roulo konpresè li al dechouke sa l vle.

Lè saa kè m te fè m mal pou wè ke Fiyole ki te rive an Ayiti a se te lonbraj nèg ke m te konn ap tande lan radyo an Ayiti lan ane sinkant yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  revelation Mer 8 Oct 2008 - 11:09

Rico di :
Bon tout bann literati sayo mwen ta renmen konnen pouki tout bri sa. Mwen twouve se danjere, montre yon entolerans menm si yon moun pa dako ak sa yon yon lot di an matyè sistèm politik, ekonomik ak sosyal yon peyi. Se byen analize an detay, an pwofondè kisak tap pale. Fè la pa dè chèz, Olye voye monte pou Etazini, Kanada ou watevè peyi dakey pou nou dyasporyen. Anyen pa janm pafè

Si mwen pran temwagnaj bilan Malice yo mete an evidans. Mouche fè pati sayo rele chanse ki nan mwayenn reyisit nan peyi meriken. Men podyab moun tankou Fignole mwen konnen trè byen ak pakèt dasporyen kap trennen nan mizere nobis, pafwa map mande kisa moun sayo vinn fè lakay blan????? Mwen te gen chans rekonèt Fignole a travè yon Fignolis ra moun ki te frekante l se nan mizerere mouche tap viv nan Nouyok. Preske yon moun ki te preske pèdi tèt li.
Fok mwen voye yon gwo kout chapo bay Rod deske li montre piblikman rekonesans li a peyi d’akey li, le Zeta-Zini.
Pou peyi Kanada menm se pa pale paske se pa reisit selman ke yo fe nan mond politik e ekonomik.
Yo se met peyi Kanada paske se yon Ayisyenn, Michaelle Jean ki gouvernez peyi a.
Yon chans ke nou menm o USA nou poko rive la. Yon jou nou souwete ke yon ti Diaspora ak sang Haitien ta vinn prezidan USA.

Pou’m repond kestyon Rico a savwa : De band atlete ayisyen, futbole ayisyen, mizisyen, etidyan, bizisman profesyonel, boat people, e menm prezidan d’Ayiti yo pouki sa se USA key o vinn lague ko yo????
Kisa band moun sa yo vinn chache kay blan??

Repons lan pure e simple, paske peyi blan se yon peyi oportinite !!
Se la tout imigrant dan le mond antyen jwen opotinite pou dekouvri potansyel, imajinasyon, e realize rev yo!!
Apre BAC I e II majorite jeness nou yo bloke! Pagen anyen anko pou yo. Nan peyi blan yo kap kontinyen etid yo a yon nivo pli avanse jiska Prix Nobel si yo kapab.

Oportinite ke peyi orijin yo pat kab ofri Diaspora okoz de problem politik, sosyal e ekonomik.
Jan blan yo di a Opportunity knocks, one just needs to be at the right place and at the right time. Rod was at the right time and at the right place!!
Konnyen la, bagay yo pli difisil e jenn ayisyen nou yo pa gen yon vie familial.
Anpil ladan yo toube nan delinkans, e se peyi Ayiti kap sibi konsekans lan le blan deside voye yo back lakay nou.

Dan les zannee 40, jiska 70’, e 80s la crème de la crème intelijansia peyi d’Ayiti konmanse pa prezidan kap pran exil jiska boss mason profesyonel tap vole kite peyi al pran chans yo nan peyi blan.
Peyi d’Ayiti pa preske rete anyen anko !! Majorite Diaspora kap tounnen yo se « Deporte »

Se kom si Ayiti tap voye filet mignon bay blan yo, konnyen la blan yo ap voye « ground beef » tounnen ban ou.

Prezans professyonel Diaspora yo, neg ki finn retrete yo pou yo patisipe kom volonteer nan kominote ke yo ap viv la.
Kole zepol ak legliz nou, lekol pitit nou, pou nou ede e proteje intere ayisyen kap viv nan peyi etranje.

Rico di:
Li te lè ak tan pou mouche rantre an Ayiti apre 86, kote Nanfi bay pansyon Prezidan li. Podayb Fignole mwen rankontre nouvo An Ayiti apre 86 te resisite, men maladi, move swen nan Nouyok ale ak mouche. Alos se fè atansyon. Gen lot non ki site la mwen pa vle pale. Mwen toujou vle bay lè jis sitou nan yon lot forom pou Ayisyien kap dekonnen sou richès ak grandè meriken, pi gwo peyi sesi sela. Mwen toujou mete yo an gad pwosperite ak grandè sa gen limit li sitou pou majorite Ayisyien ki chita nan Boston, Miyami ak Nouyok yo ki pa konnen sa ditou.

Sakap mennen ki chita nan rejyon sayo se yon enfim minorite nan preske 1 milyon 1/2 ayisyien Ozetazini. Se bon estatik ak moun tankou Malice ki minorite kom yon teknisyen ki rantre depi plis 30 lane ki byen tabli nan peyi blan. Alos zafè pale pou tout bann rès majorite yo ki nan tout vye boulo, san eskolarite, san pwofesyon , san asirans maladi ak pakèt san papye sitou Ozetazini se pa ditou fasil. Alos se fè la pa dè choz mete 2 pye nou a tè gen majorite frè aksè nou ki pa nan sakap pale la
Byen di mon fre !!
Anpil nan fre ak se nou yo kap travay di pa gen akse a odinate ni gen tan aprand sevi ak odinate e lot mwayen kominikasyon ki mete nou o kouran de sa kap passe nan peyi d'Ayiti.
Sa montre plis anko responsabilite e obligasyon ke professyonel Diaspora nou yo, neg ki finn retrete yo pou yo patisipe kom volonteer nan kominote ke yo ap viv la.
Kole zepol ak legliz nou, lekol pitit nou, pou nou ede e proteje intere ayisyen kap viv nan peyi etranje.

Sasaye di :
Pou korobore sa Rico ap pale lan eta mantal Fiyole.

Yon zanmi ki te an Ayiti pandan epôk 86 lè Divalye vole gagè a pote yon video kote yo montre lè Danyel Fiyole rantre an Ayiti.
Te gen de milye moun ki ta al recevwa l.
Li desann avyon an tankou yon egare.

Lè misye te eseye di kèk mo lan mikro a ou wè se yon moun ki pa t lan la reyalite. Ou ta di yo pran zonbi l.

Lé yon moun te sonje gason fouge tankou nèg saa ki te konn ap fè de diskou pandan 2-3 zè d tan avèk yon fôs ki te konn fè moun yo fremi li te kapab voye roulo konpresè li al dechouke sa l vle.

Lè saa kè m te fè m mal pou wè ke Fiyole ki te rive an Ayiti a se te lonbraj nèg ke m te konn ap tande lan radyo an Ayiti lan ane sinkant yo.
Se jisteman yon bagay konsa ke nou pa ta remen rive anko, Sasaye.
Se sak fe ke Leta ayisyen gen intere pou yo travay sou retou Diaspora nan peyi d'Ayiti le pli vit ke possib. Gen anpil moun itil nan Diaspora kita remen ede peyi yo gratis ti cherie. Fok Leta ayisyen rekonet e enkouraje moun sa yo pou yo vinn kole zepol nan developman peyi a.

Antretan, se kay blan yo ke nap oblije bay tout ji nou. Si yon moun nan Diaspora pa gen opotinite antre nan peyi d’Ayiti pou al ede, nou kap patisipe nan kominote ayisyen ke nap viv la.

Si Daniel Fignole, Paul Magloire, e tout lot gwo potanta ayisyen ki tap viv nan New York epoq sa yo te kole tet yo ansamb olye ke yo te al kache e femen ko yo nan basement.
Si pat gen diskriminasyon ant exile politik e neg ki pa exile.
Si nou pat pe pale yon ak lot, e diskite problem peyi nou san ke yon pa al denonse lot, Rejim Duvalier a pata fe tout tan sa yo.

Se dezako ki mete nou la.
Malgré cela li n’est jamais trop tard pour bien faire !!

Kenbe la !

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!! Empty Re: Long Life to AMERICA!!: Vibrant Testimony of a Haitian Diaspora!!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum