Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
3 participants
Page 1 sur 1
Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
[b]Wifout,
Ti franse yo an rebelyon kont lang yo an.Yo refize aprann òtograf lang lan.
Malis,
Se sa m t ap diw sou diskisyon ou te genyen ak Negrita a.
Otè an di si pa gen yon refòm ki fèt ,lang franse an ap mouri.
Bagay mwen menm m ap di ;franse yo ap kouri pou lang yo an yo di ki rete yon lang fije e noumenm ayisyen pou di fraz franse sa a "Que faisons nous dans cette galère?"
Se yon atik ki parèt jodi an wi!
http://www.lemonde.fr/opinions/chronique/2008/12/09/orhtographe-tu-me-tues-et-tu-meurs-avec-moi_1128574_3232.html

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
bravo se yon lang ki kreye plis konpleks ke li pemet moun ekri ak fasilite.Snob lakay yo te dwe li atik saa.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
[b]Malpwopte ki se avoka lang franse yo ann Ayiti,li atik lan byen pou wè ki priyorite depatman edikasyon franse an ba li .
Se li ki dènye lan echèl ,dènye lan lis ,otè an di se syans ki anseye an premye lan lekòl franse yo.
Bann sanwont,pou kisa nou pa fè sa tou.Se pase preske tout tan timoun yo pou nou anseye yo yon lang ke mèt li ap meprize.
TONNE FOUT!
Se li ki dènye lan echèl ,dènye lan lis ,otè an di se syans ki anseye an premye lan lekòl franse yo.
Bann sanwont,pou kisa nou pa fè sa tou.Se pase preske tout tan timoun yo pou nou anseye yo yon lang ke mèt li ap meprize.
TONNE FOUT!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
Antouka, mezi edikasyon yon moun chita lan kijan li pale ak ekri lang ke la p sevi a.
Keseswa Kreyòl, Franse, Chinwa ou nenpòt lòt.
Tout lang gen règ yo e poun ka p sèvi avèk yo, nou dwe respekte règ yo.
Sisepasa, ou pa kapab di w konnen lang lan.
Yon moun enstwi pa fè fot òtograf oubyen gramè, kelkeswa lang lan.

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
Sasaye a écrit:Antouka, mezi edikasyon yon moun chita lan kijan li pale ak ekri lang ke la p sevi a.
Keseswa Kreyòl, Franse, Chinwa ou nenpòt lòt.
Tout lang gen règ yo e poun ka p sèvi avèk yo, nou dwe respekte règ yo.
Sisepasa, ou pa kapab di w konnen lang lan.
Yon moun enstwi pa fè fot òtograf oubyen gramè, kelkeswa lang lan.
Sasaye mwen konprann sa w vle di an,
Ann Ayiti,timoun yo pase twòp tan ap aprann franse.Si w sonje te gen 3 disètasyon pou yon timoun te pase lan Reto:literati franse ,literati ayisyen ak istwa Dayiti.
Si w sonje se pou te konnen tout e otè ayisyen yo e otè franse san mwen pa bezwen pale de istwa Dayiti.
Eske w konnen Sasaye timoun franse yo pa preske konpoze lan literati franse ankò,mwen kwè dènye chif lan se te 7% timoun.
Sa vle di genlè timoun ann Ayiti yo konnen literati franse anpil pase ti franse yo yomenm.
Ou wè kote mwen vle vini.
Se tan pou yon timoun ta pase pou li aprann lòt bagay.
Ozetazini timoun pa aprann literati angle ou Ameriken.Yo aprann ekri pa diskite liv ke yo li;liv enpòtan lan literati ameriken an e yo diskite sou yo.
Se konsa yo aprann pou yo ekri byen.
Mande yo kilès BYRON ,SHELLEY ye yo pa konnen alòs sa timoun ann Ayiti yo pas tan yo pou y ap etidye zèv Racine,Molière ,Lamartine Hugo elatriye.
Bagay sa yo selan Inivèsite pou yo etidye yo.
Aprann timoun yo ekri,men pa pèdi tan lan yon pakèt literati ki pa p itil yo anyen.
Sou pwen sa a imite franse yo!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Orthographe tu me tues et tu meurs avec moi
Jowèl,
Mwen pa swete timoun an Ayiti pase lan sa mwen te pase lè m te lekòl non.
Bann mesye Rasin, Molyè, Lawòchfouko ak Viktò Igo pa gen plas yo lan kilti nou. Se pa paske Ayisyen pale franse toujou yon moun kapab di yo gen kilti Franse.
Yo pedi twòp tan lan literati fransèz alòske yo ta kapab aprann literati ayisyèn lan liv ayisyen ekri an franse yo.
"Ainsi parla l'oncle", pa ekzanp, se yon liv ki ta montre yo pale ak ekri franse an menm tan li ta ba yo yon kou sou sosyoloji ayisyèn tou.
Si nou gade panyol Amerik di Sid, yo tout pale pangnòl avèk kèk diferans rejional, men se pangnol yo pale kòm lang sèlman.
Mwen rankontre anpil lan mesye sayo ki soti lan plizyè peyi sayo anplis Kiben ak Pòtoriken.
Lan pwen youn lan mesye sayo ki ap pale de Espay oubyen imite sa Espagnol ap fè.
Mwen di, si nou kondane pou nou pale franse menm apre nou mete Kreyòl lan premye rang, se pou nou sèvi ak kelkeswa lang lan komsadwe.
Se yon semp kestyon de edikasyon: si yon nèg gen bon zorey ou pa fouti chante ak fos nòt.
Mwen pa swete timoun an Ayiti pase lan sa mwen te pase lè m te lekòl non.
Bann mesye Rasin, Molyè, Lawòchfouko ak Viktò Igo pa gen plas yo lan kilti nou. Se pa paske Ayisyen pale franse toujou yon moun kapab di yo gen kilti Franse.
Yo pedi twòp tan lan literati fransèz alòske yo ta kapab aprann literati ayisyèn lan liv ayisyen ekri an franse yo.
"Ainsi parla l'oncle", pa ekzanp, se yon liv ki ta montre yo pale ak ekri franse an menm tan li ta ba yo yon kou sou sosyoloji ayisyèn tou.
Si nou gade panyol Amerik di Sid, yo tout pale pangnòl avèk kèk diferans rejional, men se pangnol yo pale kòm lang sèlman.
Mwen rankontre anpil lan mesye sayo ki soti lan plizyè peyi sayo anplis Kiben ak Pòtoriken.
Lan pwen youn lan mesye sayo ki ap pale de Espay oubyen imite sa Espagnol ap fè.
Mwen di, si nou kondane pou nou pale franse menm apre nou mete Kreyòl lan premye rang, se pou nou sèvi ak kelkeswa lang lan komsadwe.
Se yon semp kestyon de edikasyon: si yon nèg gen bon zorey ou pa fouti chante ak fos nòt.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Sujets similaires
» Le nouvel orthographe de la langue française
» 4 Haïtiens tués en R.D
» Quatre enfants d'une même famille tués par un prêtre vodou !
» Resultat du TOUT MOUN JWENN-3 personnes tues balles par jour a PAP
» OPERATION BAGDAD I: 122 POLICIERS ASSASSINES, 1931 CITOYENS TUES, 500 KIDNAPPING

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|