Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre ...
Voir le deal
339 €

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

4 participants

Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  revelation Sam 20 Déc 2008 - 19:33

Jaf di: Koudetayis yo konnen pou kisa yo vlè fè moun panike pou granmesi.

Revelasyon di: Jwet la jwe debo!! Memm jan tou Lavalasyen yo konnen pou kisa yo vlè fè moun panike....... pou regle zafe yo.



Le yon kamarad vle bay opinyon li e di verite sou gouvernans Lavalas, yo pare yon ratye de Good Cop Bad Cop ke fanatiK Lavalasyen yo pare pou yo pou fe yo sispand pale e fe temwayaj anpil moun komanse tombe.

Se yon taktik ke la polis itilize le yo vle bat vant yon sispek ou yon group de sispek pou yo konnen position yo si yon sitiation.

Sanble ke anpil sispek ap vide vant yo ate sou Forum nan. Men se pa tout moun serye ki pran nan jwet sa.

Le yon moun bay yon opinyon negatif sou gouvenman Lavalas, memm si moun nan se yon Lavalasyen ou pa, fanatik aktivist liberal sa yo kouri pran ledevan e assosye komante moun sa a yon GNBist ponjist.

Otomatikman, panik fet e lot moun soti deho pou vinn bay sipo yo ou byen kwaze moun nan.

Nan politik sa rele « kreye yon zevenman e ale odela de evenman an.

Otreman di kweye yon sitiyation a pati de anyen.

Se yon taktik de sondaj d’opinyon ke anpil politisyen malonet itilize pou konnen ki yes ki avek yo e ki yes ki ap konplote kont yo.

Politisyen malonet sa yo konnen ke andan ou byen an deho peyi a, infliyans Aristide pap yon fakte determinan nan developman peyi d’Ayiti.

Yo konnen tre byen ke memm si Arisdide tounnen avek tout fanmi li an Ayiti an 2009, li pakab vinn prezidan paske:


a) Li fe 2 term déjà

b) E madam li pap kab patisipe nan elektion 2010 sou labanye Lavalas la paske li fe plis ke 5 an deho peyi a.
C) E memm si li patisipe, sak rive Hillary Clinton nan ap rive an Ayiti!! Se yon jenn inkoni kap paret sou nou.

Sepandan, sa pat anpeche politisyen Lavalasyen itilize e « cash in » nap di an bon ayisyen pran roue-lib sou do fenomen Lavalas sa.

Nan kanpagn prezidantyel 2010 nap we anpil Lavalasyen petet kankou Neptune, Jean Juste, Civil, Auguste, e anpil lot senate e Depite Lavalasyen ki pral kole zepol pouf e pati sa repran pouvwa anko.

Gouvenman Lespwa se yon gouvenman ki feb e pa chita sou anyen ki kab pa gen kontinuite, men sa pap siprand peson si yo voye Michele Pierre Louis, ou Alexis etc…

Eske yap reyisi fe sa?? Sa depand paske pi gwo sipriz la se kandida ke nou poko konnnen yo!!


Memm kandida inkoni sa yo poko konnen paske se chwazi ke yo pral chwazi yo e prepare yo pou wol ke yo pral jwe nan fiti e aveni peyi d’Ayiti.

2006 sete sou labanye LESPWA,

elektion 2010 se sou labanye CHANJMAN !! NEW LOOK FOR HAITI !!

Kenbe la! Pa lage CHANJMAN PRAL VINI!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Marc-Henry Sam 20 Déc 2008 - 19:58

elektion 2010 se sou labanye CHANJMAN !! NEW LOOK FOR HAITI !!

Kenbe la! Pa lage CHANJMAN PRAL VINI!!



Mwen renmen denye paragraf wou wa. Pa lage chanjman pral vini. Se sa nett. Ni Gnbiste ni lot moun kap fe bri yo pap regle anyen pou peyi dayiti. Il y a deux groupes qui prennent le pays en otage (Le populaire et la minorité)moun sa yo pa sipose vinn pran pouvwa anko. Nou bouke tounnen an ron. Il faut que ça change! Il faut aller au centre.

Merci pou ti rale sa Revelation

Kinbe di .
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Thunder Sam 20 Déc 2008 - 21:53

Wi ! se sa nèt ...nou bouke ak politisyen tradisyonèl sa yo, nou bezwen san nèf. Nou bezwen leader ki ka mete kondisyon pou twal sosyo-ekonomik peyi a ka koud.

Konbyen tan nou genyen depi n ap tande menm dinozò yo ? ...Yo fè plis ke 20 tan ap fè pas ak Peyi a, ni yo pa bouke pase pèp sa a nan betiz. Se gran domaj nou paka fiziye malpouwont sa yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  revelation Sam 20 Déc 2008 - 22:55

Marc Henry di: Mwen renmen denye paragraf wou wa. Pa lage chanjman pral vini. Se sa nett. Ni Gnbiste ni lot moun kap fe bri yo pap regle anyen pou peyi dayiti. Il y a deux groupes qui prennent le pays en otage (Le populaire et la minorité)moun sa yo pa sipose vinn pran pouvwa anko. Nou bouke tounnen an ron. Il faut que ça change! Il faut aller au centre.

Merci pou ti rale sa Revelation
Kinbe di .


Marc Henry map sipote wou nan tout deklaration e opinion realistik ke wou fe sou forum nan.

Se realist ke nou ye!! Nou pa des rêveurs, ni ideolojist!!

Nou pakab ap rêvè de yon pep ki konn li e ekri, ki manje e domi byen, ki gen bon sale’r, e yon klass privilejye kap bay pep la akolad..
Nou pakab chanje sitiation peyi avek rêve e ideoloji ki pa realizab e atennab.

Fok nou we realite peyi an an fas e se la ke verite a chita.

En 1986 le diktati Jean Claude Duvalier a tombe, tout jenn gason kite etid universite yo, these e doktora yo pou yo prepare kouri antre an Haiti.

Sete yon « Homecoming Rèvolutione'r » renkont des amis perdus, yon Woodstock politik e liberal kote tout jenn gason te gen T-shirt Che Guevarra yo sou yo tout jounnen, bab ak cheveu rasta yo byen long, bel pawol endoktrinal ap voye monte tout jounnen sou plas piblik !!

Pep la te ba’n kat blanch e te fe nou konfyans pandan 22 annee! Malerezman, sitiyation yo vinn pi mal ke avan sa. Nou bluffe yo avek rev ki pa jamb realize e nou gen toupet ap lonje dwet sou lot antagonist.

Politisyen tradisyonel partizann nou yo echouye!! Yo kwazè rêv pep la!!

Se sak fe ke pep la bezwen yon chanjman e nou souwete e prye ke annee 2009, 2010 la pral pote yon CHANJMAN e mete peyi a sou yon wout kote ke nou kap we kle devan nou.!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Joel Dim 21 Déc 2008 - 8:40

De ki kandida enkoni Revelasyon ap pale la a.
Men misye ap fè analoji ak OBAMA?
Adye?
Yo konn fè koudeta Ozetazini?
Gade mezi manti Jòj Bush bay ,mezi moun ke misye la kòz ki mouri osibyen ke Ameriken san bliye de santèn de milye moun lan Irak.

Misye tou kraze ekonomi an ,jiskaske yo di kapab genyen yon depresyon.
Ou tande etamajò lame meriken an di se pou yo te sove peyi an ,de mesye BUSH yo e pou yo te pran pouvwa.

Non,fout tonnè,
Se koudeta moun pa vle tande e pa vle wè fèt ann Ayiti ankò.
Ase ak koudeta ,ki ap fin detwi peyi an ,ki ap fini ak li;kote yon gouvènman paka fè yon plan pou 10 zan,paske li pa menm asire ke y ap kite l fè 5 an.

Ase ak koudeta .
Epitou palan de Lavalas .Jiskounye an apre plis ke 60 an se Peronis yo wi mwen wè sou pouvwa ann Ajantin.

Yo pran koudeta ,yo tounen.Lame asasinen ladan yo ;men sèl altènans ou ka wè ann Ajantin (ak eksepsyon ra) ,se altènans ant lèl dwat ak lèl gòch Peronis lan.
Nou gen dwa di sa nou vle ,men repons lan se lan men majorite pèp Ayisyen an li ye ,e se la ke li dwe ye!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Invité Dim 21 Déc 2008 - 10:57

Marc,

C'est bien dit!

Nous avons plus de 10 millions d'haitiens et je doute fort que GNB et lavalas ensemble ont 100 milles personnes derrière eux. De ce fait, il n'est pas normal qu'ils empechent à plus de 99% de la population de vivre tranquilement. Ce n'est pas sérieux.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  revelation Dim 21 Déc 2008 - 16:57

Joel rete'l di:De ki kandida enkoni Revelasyon ap pale la a.
Men misye ap fè analoji ak OBAMA?
Adye?


Fok nou fe analoji avek le prezan, pa avek le passe.

En 1986, Obama e plis ke mwatye jenn gason nan Senat e La Chamb nan peyi d’Ayiti te nan 20tenn yo le Jean Claude Duvalier te kite peyi a.

Chanjman nan peyi d’Ayiti, se nan group sa yo ke yap vini.Gen anpil jenn kankou Obama an Ayiti.

Yo poko fe aparition yo. Nou jist poko konnen yo.

Sak ta di ke Obama ta passe devan ansyen rat Washington kankou Mc Cain, Baden, Clinton etc..
Sak ta di ke JB Aristide ta passe devan ansyen politisyen kankou Manigat, Bazin, Deroncerais.

Pafwa se politik ki mache vinn jwen wou!! Il sifi ke wou pare pousa.

Joel kontinye di: Yo konn fè koudeta Ozetazini?
Gade mezi manti Jòj Bush bay ,mezi moun ke misye la kòz ki mouri osibyen ke Ameriken san bliye de santèn de milye moun lan Irak.

Misye tou kraze ekonomi an ,jiskaske yo di kapab genyen yon depresyon.
Ou tande etamajò lame meriken an di se pou yo te sove peyi an ,de mesye BUSH yo e pou yo te pran pouvwa.

Non,fout tonnè,
Se koudeta moun pa vle tande e pa vle wè fèt ann Ayiti ankò.
Ase ak koudeta ,ki ap fin detwi peyi an ,ki ap fini ak li;kote yon gouvènman paka fè yon plan pou 10 zan,paske li pa menm asire ke y ap kite l fè 5 an.
Ase ak koudeta .
Epitou palan de Lavalas .Jiskounye an apre plis ke 60 an se Peronis yo wi mwen wè sou pouvwa ann Ajantin.

Yo pran koudeta ,yo tounen.Lame asasinen ladan yo ;men sèl altènans ou ka wè ann Ajantin (ak eksepsyon ra) ,se altènans ant lèl dwat ak lèl gòch Peronis lan.
Nou gen dwa di sa nou vle ,men repons lan se lan men majorite pèp Ayisyen an li ye ,e se la ke li dwe ye!


Joel, pa gen peson nan peyi d’Ayiti ni nan lot peyi ki leve yon jou matin e di ke yo pral fe yon koudeta.
Se pa yon jwet ni yon sport.

Koudeta se yon reaktion ki mande chanjman a yon sitiation politik e sosyal ki exziste e ki pa fe yon group de moun plezi.

Lelite la fe koudeta pa yo, memm jan tou pep la fe koudeta pa'l.
Castro te bay Batista yon koudeta,
Sandinist yo te bay Somoza yon koudeta,
Patizan Komeini yo te bay Shah d’Iran yon koudeta etc…..
Jean Claude ak Aristide te pran koudeta pa yo tou.

Aktivist yo ba’l koudeta de goch yo yon ti nom jwet : Yo rele'l Revolition Sosyal.

Yo te met rele’l jan yo vle , men se yon koudeta kan mem ke li ye.

Fok se nou tout ki pou mete administration peyi a nan yon position kote okenn koudeta pa rive, ni de goch ni de dwat.

Si nap kontinye fe politik memm jan, nap kontinye pran koudeta san rete vitam eternam.
E m'pap kache di nou sa, gen yon group ki fô nan sa. Se nou kap toujou soti pa anba.

Li le pou sa fini, de 2 kotè!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Thunder Lun 22 Déc 2008 - 10:54

Bèl Rale Revelation! ...Se pa kounyea m ap di yo menm bagay la. Se sèl lè Aristide nan palè a ke yo konnen genyen "koudeta". Mwen poko janm wè youn nan yo kondane Jeneral Namphy pou patisipasyon l nan koudeta 1986 la pa ekzanp.

Wou kwè ti nèg se koudeta ke yo pa vle vre ? ...Sa depann de ki moun ki fè l. Lò Lavalas te bay koudeta pa l an 2000, yo te di se popilarite Lavalas ki te pèmèt ke yo "genyen" 95% lachanm, oh! Letèrrrrrrrrnèl
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!! Empty Re: Good Cop, Bad Cop!! Taktik de Kwaponnaj e Intimidation!!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum