Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Aliexpress : codes promo valables sur tout le site
Voir le deal

"Le Zimbabwe m'appartient"President Mugabe

Aller en bas

"Le Zimbabwe m'appartient"President Mugabe Empty "Le Zimbabwe m'appartient"President Mugabe

Message  Rodlam Sans Malice Lun 22 Déc 2008 - 20:35

Aswè ya mwen sezi tande president Mugabe di ke "Zimbabwe is mine."eske nou wè ki jan yon presidan ka ap viv nan yon ilusyon san ke li pa konprann sa..sa raplem yon lot moun ki te di "Haiti c'est moi".

Lè yon chef deta rive nan pwen sa kote moun ap manje rasinn bwa yo pa ka menm jwen dlo pou yo bwè epi pou Presidan rete li di bagay saa eske se pa dwa pep saa pou leve kont li menm si se li ki te lite pou ba peyi ya endepandans?Se ak tristess pou yon moun ap tande ke reporter ya di ke anvan Mugabe Zimbabwe se te jadin peyi nan zonn sa; jodya menm nouri li pa ka nouri popilatyon an.

Se ekzanp sa yo ki montre ki jan Mandela se yon nonm ki wè lwen.e se bagay sa yo ki fè anpil neg ki genyen bon entantyon yo echew pafwa paske yo pa panse konsekans zak yap pose yo.se konsa yo di ke tè ki te konn pwodwi manje jodya yo pa pwodwi anyen ankor paske se nan men zimbabweyen yo ke yo ye.Wi pafwa fok ou natyonalize men tou anvan ou natyonalise fok ou prepare moun ki ka jere sa wap natyonalise yo.san emotyon eske yon moun ka di zimbabweyen yo pi byen jodya?

mwen pa konnen ki jan pep saa ap pral soti nan kalite malsite saa si Mugabe pa remet demisyon li.eske tout yon pep dwe soufri pou tet yon megalomane?nan yon kondityon parey eske peyi afirken yo pa dwe pale ak Mugabe?eske yo ka kite milyon moun mouri pou satisfè Mugabe?fok yon moun konprann genyen yon moman diktatè sa yo pa normal ankor fok genyen yon fos ki ka di yo otan.se nan kondityon sa yo ke mwen ka konprann itilite yon kou deta.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum