Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Fnac : 2 Funko Pop achetées : le 3ème offert (large sélection de ...
Voir le deal

Ayibobo pou GUYLER DELVA!

+3
Thunder
Rico
Joel
7 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 4 Avr 2009 - 11:37

Chak fwa GUYLER DELVA al sou RANMASE pou l mete pye lan dengonn fachis RANMASE yo ,nou di AYIBOBO pou li.

se misye sèlman ki gen kouray pou li afwonte malpouwont sa yo sou teren yo e li pa janm kite yo entimide l.
Ankò AYIBOBO pou wou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rico Sam 4 Avr 2009 - 11:59

Joel a écrit:Chak fwa GUYLER DELVA al sou RANMASE pou l mete pye lan dengonn fachis RANMASE yo ,nou di AYIBOBO pou li.

se misye sèlman ki gen kouray pou li afwonte malpouwont sa yo sou teren yo e li pa janm kite yo entimide l.
Ankò AYIBOBO pou wou!

Li fè pitye, mouche francheman pap regle anyen , li vinn jwe dilatwa ak zafè lanmo Dominik ki tounnen yon patat cho pou PREVAL AK ARISTIDE. Tout moun konnen byen orijinn lanmo jounalis la, selman se otè ak akolit yo yon jistis dwe mete non sou yo.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Sam 4 Avr 2009 - 14:03

Men Joel, omwen w ta fè yon ti rezime pou moun ki pat genyen chans tande emisyon an, tankou jan Rico konn fè a. O mwen yon moun ka di kichòy menm si li pat branche. Odimwens, eske genyen moun ki konnen kijan pou moun tande l apre ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Invité Sam 4 Avr 2009 - 14:08

Joel,

Au risque de vous déplaire, Guyler Delva est un magouilleur, un dangereux voleur qui a ses mains trempées dans la dilapidation des fonds de l'ONA. Il est plus dangereux qu'un kidnappeur.

Dans un pays sérieux, il serait au pénitencier et non derrière un micro.

Fanmi Lavalas, Jean Dominique et le peuple haitien n'ont pas besoin de ces gens corrompus pour défendre leur cause.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 4 Avr 2009 - 15:06

Thunder a écrit:Men Joel, omwen w ta fè yon ti rezime pou moun ki pat genyen chans tande emisyon an, tankou jan Rico konn fè a. O mwen yon moun ka di kichòy menm si li pat branche. Odimwens, eske genyen moun ki konnen kijan pou moun tande l apre ?


"Yon moun ta di kichòy menm si l pa t branche"
Ou konnen kòmantè w t ap otomatik THUNDER.
Si m te di ke misye ta di nenpòt bagay ki pozitif pa rapò ak Lavalas ,ou t ap pran pozisyon kontrè an ,menm si w pa t tande sa li te di.

Misye t ap pale a pwopo de nèg ,de jounalis ki ap akize moun san prèv.E misye te voye pwent sou swadizan òganizasyon dwa imen yo.
Li pa nonmen non yo ,men nou konnen de kilès l ap pale.

Nèg yo tou te ap pale kòm si yo konnen kilès ki te touye Jan Dominik.E misye demontre mesye yo ke yo pa konnen vre.

Se konsa misye toujou fè.Lè li lan panel sa yo se misye ki toujou ap voye son depaman lan òkès filamonik lan e se misye ki toujou fè plis sans.
COLO,
Pa prese di ke nèg lan vòlò,ou byen li magouyè.Mwen pa di li inosan non ,men se akizasyon y ap voye kont li e nou konnen kijan ayisyen ye.
Se tankou yo akize jij DOUYON ke li te pran lajan ,men misye te vini lan Emisyon RANMASE an pou l di se pawòl y ap fè kont li e misye jire ke se pa vre.Se mesye PREVAL yo ki akize misye ,paske yo santi ke misye gen senpati LAVALAS.
Sitou ke misye te emèt opinyon pou li di pou yo entegre kandida Lavalas yo lan eleksyon senatoryal lan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Invité Sam 4 Avr 2009 - 16:39

Jojo,

First thing, First!

Avan ou di ke Préval ap chase tout moun ki lavalas yo, annou checke avan pou nou wè si moun sa yo pa nan koripsion.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rodlam Sans Malice Sam 4 Avr 2009 - 16:48

Byen ke liberte press la se yon bon zouti pou fè demokrati e jistis avanse nan peyi ya men tou liberte pa libertinaj.fok palmantè yo vote yon lwa ki pini difamatyon.Fok nenpot moun ki santi yo ofanse pa sa yon lot moun di ki pote atent a repitatyon li kapab asiyen moun saa devan la jistis menm si se yon statyon radyo ou yon jounal.

li bon pou nou denonse tou moun ki genyen men yo tranpe nan koriptyon nan peyi ya men tou fok nou fè atantyon pou nou pa sal repitatyon moun ki enteg ki ap fè travay yo.Si delva inosan de akisatyon yo pote kont li yo se pou li di kareman ke l pat janm pran lajan nan men direktè Ona e ke li bay nenpot moun gabel pou yo pwouve ke li te nan skandal saa.Mwen kwè fok genyen achiv nan ONA ki pou montre ki moun ki dwe enstitutyon an.

zafè pou yon seri de moun ap kache deyè paravan pep la pou yo anrichi tet yo epi apre sa yo krase rak pou yo al jwi lajan yo lot bor dlo nou pa ka sitire li non pli.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Invité Sam 4 Avr 2009 - 16:56

Rodlam Sans Malice a écrit:zafè pou yon seri de moun ap kache deyè paravan pep la pou yo anrichi tet yo epi apre sa yo krase rak pou yo al jwi lajan yo lot bor dlo nou pa ka sitire li non pli.

Bien di, Malice.

Rudi Herivaux, yon senatè lavalas ap fè sa ou di a. Pran woulib sou do kos pèp la epi brote lajan nan ONA ak lot bwat leta.

Zanzave sa yo merite pann tankou Guyler Delva. Nou mande zéro tolerans.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Sam 4 Avr 2009 - 17:28

colocolo a écrit:Jojo,

First thing, First!

Avan ou di ke Préval ap chase tout moun ki lavalas yo, annou checke avan pou nou wè si moun sa yo pa nan koripsion.


Non Colo,
Mwen pa ta ka mete DELVA lan kategori sa a,paske misye pwòch PREVAL.
Alòs?
Si w te tande mesye RANMASE yo ,yo te di ke misye sou pewòl PREVAL.

Sa mwen menm mwen di ,sèke mwen trè pridan lè mesye sa yo ap akize moun.
Tankou DELVA t ap di l ,moun ki ap akize w lan se limenm ki chat mimimyaw lan.
Se tankou mwen te tande YOURI LATORTUE ap akize moun de koripsyon.
Se tankou,maten an ,chak fwa DELVA te vle pale de gouvènman enterimè an ,mesye yo te akize misye ke li vle fè amalgam.
Se koripsyon sou PREVAL ak ARISTIDE sèlman yo te vle pale.

Mwen men mwen di ke mwen pa lan bagay ke lafimen pa leve san dife an.
Ann Ayiti ,mesye GNBis gen yon mòd pou yo akize moun ,epi yo tout ap repete menm bagay lan ,san w pa konnen ou vin tonbe tankou lan yon konsansis.
Mesye yo konn sa y ap fè e se rezon sa a ,yomenm ki kontwole près ,se tankou yo pa t fè plis ke 2zan ap fè gagòt.

Mwen pa vle ekzonore pèsonn ,men si pou lè y ap fè yon akizasyon ,pou nèg vini ak yon ti moso prèv tou.

Nou sonje mezi bri ki te fèt sou ARISTIDE ,sou yon zafè diri ak tòl ;menm nèg sa yo fè 3 zan ,yo pa peye yon santim taks e pitou yo pa peye la dwann non plis

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rodlam Sans Malice Sam 4 Avr 2009 - 19:46

nan skandal ONA informatyon yo verifyab.si la jistis vle pouswiv moun ki nan konyvans ak administratè ou direktè jeneral la se pa yon bagay ki difisil pwiske misye la e genyen chek ki ekri ki chanje.Eske ONA te genyen dwa prete lajan?se pa sel direktè ya ki an tor tout moun ki manje lajan chango kondi Pè Eternel ekri ya fok yo peye shango.

2 mal pa fè yon byen zafè koriptyon saa sil pa fini nan peyi ya e byen nou fini paske se bagay saa ki fè ayisyen pa genyen konfyans nan konsitoyen yo.ki fè yo pa ka mete tet yo ansanb pou yo reyalise anyen.Menm moun ki tap joure lot dwet long lè yo sou gouvenman yo yo fè pi mal.Nou te konn tande ki janpolitisyen ayisyen tap akise Paul magloire de volè lè yo monte o pouvwa yo fè pi red.se menm bagay ak sa ki tap akise Duvalier yo.ki moun ki ta di se sou gouvenman Renen Preval pou yon moun ta tande kalite skandal sa yo?Jis sè Preval pami moun yo akise ki prete kob nan ONA?se pa an akisan sa lot moun te fè ke yon moun ka montre ke li pa koupab.Tout volè se volè ke volè GNBIS, volè lavalas, volè Espwa yo tout merite an ba kod devan la jistis.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Dim 5 Avr 2009 - 9:22

Malis,

Akizasyon yo fè sou bagay ONA a tèlman "egregious" (se mo sa a mwen wè ki merite bagay sa a) ,ke mwen ap pase yon ti tan anvan opine sou bagay sa a.

Bagay ap prete lajan leta ,san kolateral lan se yon krim.
Y ap pale se 196 milyon goud .Se anpil lajan wi,paske 196 milyon se anviwon 50 milyon dola ameriken.
Se bagay pou yo ta bati yon bèl otèl lan OKAP pou lanse endistri touris yo .Paske gen de fwa lè bato kwazyè yo akoste lan rad Okap lan ,pa gen chanm otèl pou mete touris.

Eske se pa lan menm liy ke ARISTIDE te vòlò 800 milyon dola a ke akizasyon sa yo ye?
Ak pawòl mesye yo voye monte lan dènye ane yo ,mwen trè pridan lè yo ap fè akizasyon

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Dim 5 Avr 2009 - 10:02

196 milyon gdes lan se anviwon 5 milyon USD.

Joel li menm, se sa depan non moun ki site nan koripsyon yo ke misye demanti oubyen apwouve. Paske Joel genyen yon gwoup vòlò byen detèmine ke li ap pwoteje. Li mande prèv video pou sèten, epi li pa mande anyen pou kèk lòt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Rodlam Sans Malice Dim 5 Avr 2009 - 10:40

joel

Wi se vre se yon bagay ki telman flagrant ke li difisil pou yon moun ta kwè ke se sou gouvenman Preval la pou yon skandal konsa ta pete. men kom mwen di pi wo se yon bagay ki verifyab pwiske met koze ya la toujou.yo pankor voyel bwa chat tankou sak pase chef Polis Pordepè ya.genyen chek ki chanje la bank.

Si moun yo site yo pat prete lajan nan ONA se pou yo monte nan radyo pou yo di ke si yo pa retire non yo yap asiyen moun ki site non yo devan la jistis.Skandal tenb lan se yon ti mes bas li ye devan bagay saa.kom mwen deja di fok pa genyen oken kase fey kouvri sa ki pou fet pou pwoteje gwo manjè paske si tou tan gwo volè ak kravat sa yo ap piye kes leta epi anyen pa rive yo e byen nou tou met bliye peyi saa.fok koriptyon an fini depi nan palè ya jis rive nan pi piti biro leta.paske nan yon peyi kote pep ap pran la ri poul kriye jan li ap soufri ak grangou yon moun ki ap volè milyon dola nan peyi ya kelke swa nan kan li ye li merite yo mete l nan mi simetyè e voye l nan peyi san chapo paske se pa 2 moun li touye ak maladi tuberkiloz se pa 2 ni 3 ti moun li kite mouri ak anterit , ak tetanos paske yo pa ka jwen swen nan peyi ya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  jafrikayiti Lun 6 Avr 2009 - 21:40

Thunder,

Mwen ta renmen wè moso ki manke nan fraz ou a "Se Ayisyen ki pwoblèm Ayiti.

Si se vre...

E solisyon an limenm?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Mar 7 Avr 2009 - 8:43

Wi Thunder,
Mwen konnen se anviwon 5 milyon dola US.Se yon "cockpit erè"
Men mwen kontinye ap di se pou mwen wè prèv ,paske moun ann Ayiti yo akize lòt twò fasilman e si se ta vre mwen pa gen okenn pwoblèm ,pou yo ta mete moun sa yo anba kòd

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Invité Mar 7 Avr 2009 - 23:18

jafrikayiti a écrit:Thunder,

Mwen ta renmen wè moso ki manke nan fraz ou a "Se Ayisyen ki pwoblèm Ayiti.

Si se vre...

E solisyon an limenm?

Jaf,

Se vre wi.

Nan manifestasion GNB yo, pat gen blan non.

Guy Filip ak lot rebèl yo pat blan non.

Ki mirak ou pat konpran, jan mwen konnen nèg Guinen entelijan.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  jafrikayiti Mer 8 Avr 2009 - 13:54

Mwen pa konnen ki definisyon mo "blan" an genyen pou oumenm, men daprè sa listwa ap retni, nan krim bisantnè a, te gen anpil men ki tranpe nan san Ayisyen alepòk 2004 la. Gen men "blan", gen men "nèg".

Pètèt memwa ou pa fin anfòm. Men, mwen sonje te gen yon anbasadè franse ki te fè prediksyon kèk semenn anvan yo ekzekite Amyot Métayer nan Gonayiv. Menm Gonayiv, kote "pastè CIA a - John Glenn Smith" te debake kagezon zam "Jezi" te ba li komisyon debake sou zile a...pou masak la te ka tanmen atan.

Ou kapab tyeke paj listwa sa a tou
http://www.haitiprogres.com/2003/sm030716/index.html

La a ou va wè foto mèsenè Sid Afriken - espesyalis epòk Apartheid - ki te vin ede kouzen yo Adre Apaid vin simen grenn lanmò nan Site Solèy. Sou menm paj la, ou va wè foto anbasadè flannè ki te renmen flannè parèy li a - ki te abitye mete "lidè" opozisyon an chita nan fouk li pou li ba yo direksyon - sou metòd y ap itilize pou yo destabilize peyi a. Jouk, yon jou rive, menm ti blan an sa a (Brian Dean Curran) te sezi wè rejim Bush la te gen yon politik 2 tèt yo t ap aplike - ak yon lèl ki te dirèkteman sou lobidyans CIA -ak ti tyoul yo Stanley Lucas - ki te pare pou blakmèl Brian Dean Curran sou baz masisitid li.

Se pa "blan" sa yo sèlman ki te gen men yo sal nan san Ayisyen. Men, mwen kanpe la paske mwen panse sa sifi pou geri fo alzaymè ki ta vle atake kèk konpatriyòt sou dosye krim bisantnè a.

Annatandan, mwenmmenm mwen pa regrèt se ak majorite pitit Lafrik ki gen bon konprann yo mwen te kanpe ak fanmi mwen pou nou selebre 2004. Pandan moun sòt - san vizyon - t ap ede kriminèl mete dife nan lari, boule polisye, kraze otobis "service plus", fè sa "blan" t ap bay lajan, viza, pri literè ak lòt dantèl pou yo fè - kont peyi zansèt yo a - mwenmenm mwen te kontan wè Wa Benen an, Prezidan Thabo Mbeki, Danny Glover, Maxine Waters, Molefi Kete Asante, Ama Mazama, frè nou Michael Zinzin elatriye... moun ki gen ase bon konprann pou yo wè pi lwen pase pwent nen yo....kanpe ak gwo manman popilasyon an ki te gen yon sèl revandikasyon "5 Kan"! Sa vle di lòd ak disiplin - 5 kan! Respè pou diyite plizyè milyon moun ki te chwazi plis pase 7 mil responsab leta. 5 kan ! Pou respekte manda chèfdeta peyi a ke yomenm yo te chwazi - malgre yo te konnen ti salopri yo rele Georges W. Bush la pa t dakò ak chwa sa a, pa plis ke papa li ki te kòmande koudeta CIA-Cedras la an 1991 - frè li nan Florid ki te ede li vòlè pouvwa an 2000, kouzen li Anfrans ki te voye De villepin vini menase sasinen Prezidan Ayisyen an, Kanada kote koudeta bisantnè a te planifye depi janvye 2003 ak tout salopri parèy yo ki pa gen pwoblèm gade nèg k ap patoje nan anachi tout tan gen tan - pandan yomenm y ap regle koze pa yo.

Jodi a, pandan m ap ekri mesaj sa a, yon delegasyon nèg ak nègès ki lib tout bon vre nan lespri yo sot dyaloge ak Fidel epi Raoul Castro dekwa pou ede yo evite malè nan Kiba - pandan sezon Obama a.

Mesyedam Black Caucus sa yo te eseye ede nou pandan dyab yo te opouvwa tou. Men, se domaj anpil ti esklav mantal nan peyi nou jiskaprezan refize kase chenn.

Mwen swete yo koumanse louvri je yo epi y ap pran bon leson...pou yon pwochenn okazyon...puiske nou poko fin wè bout Moun Sa Yo!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Mer 8 Avr 2009 - 17:20

Lè m ap li diskou ke militan 29 Fevriye yo ap fè, genyen anpil kesyon ki monte nan tèt mwen.

_ Eske se Tutud ak konpayèl li yo ki chwazi ki moun ki "blan" ?

_ Eske se yo ki detèmine moman ke "blan" sa yo "zanmi oubyen ènmi" peyi a ?

_ Ki moralite yon Titidis genyen pou li ap mete palto nasyonalis sou li ?

_ Ki moun ki te poze kesyon sa a : "Has President Clinton been good to us ?" ? ...San dout, Dessalines te kanpe o gadavou nan tonbo li nan moman sa yo.

_ ...

Men Jaf pat fouti pa t ap tranble lò li t ap tape diskou sa a. Blan mete anbago pou yo, li depanse milya pou yo. Ki moun ke yo fè konfyans ki pou ba yo sekirite ? ...ki moun ki te ba yo 60 milyon dola Teleco a pou vòlò fè gagòt ? ...ki moun ki bay blan sa yo plis lajan pou "sèvis randi" ? ...Ki moun ke mèsenè Afrik di Sid yo te bay kagezon baton ak zam pou fè represyon sou pèp la ? ...konbyen milyon ke Blak Koken yo resevwa ? Konbyen milyon Konpayi STEELE resevwa ? ...Konbyen milyon ke fanmi Kennedy fè nan piyay minit Teleco yo ?

...sak pi mal, se ki moun ki t ap fè chyen nan pye "blan" an pou yo te pote yo sekou an Fevriye 2004 lè yo te finalman reyalize ke pèp la pa t ap pete nan koton ba yo santi ?

Konstitisyon 1987 la genyen plis atik ke atik 134.1 an ladann. Kòman fè se sèl li ke nou toujou ap defann lè Tutud o pouvwa ? ... lè se lavalas k ap fè dezòd, nou konprann. Men lè yo itilize menm zam lavalas kont lavalas moun sa yo fè peche mòtèl ?

Epi Se jan de moun sa yo kounyea ki soti pou bay leson patriyotik ? Anvan yo wè "pay" ki nan zye vwazen an, fòk yo t a retire poto pilòn ki bouche tout figi yo a dabò.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  jafrikayiti Mer 8 Avr 2009 - 18:12

konbyen milyon ke Blak Koken yo resevwa ?

Siman menm kantite Danny Glover te resevwa a! Se konsa mwen sonje alepòk revolisyon moun fou yo ke yo te batize ak "bèl ekspresyon entèlektyèl" ki karakterize mouvman an ak moun ki t ap mennen l yo: Grenn Nan Bounda, zentèlektyèl yo te kouri bri, Danny Glover resevwa tablo ki vo plizyè milyon, se ak sa Aristide te achte konsyans - milyonè sa a. Adye mezanmi! Lè se pa pilon se pi rèd yo antere tèt yo nan di tenten.

Congressional Black Caucus sa a gen dwa gen defo wi. Men, anpil nan moun ti krebete lakay ki pa janm kanpe pou goumen pou okenn kòz ki nòb ap pèmèt derespekte konsa, se moun ki kite mak yo deja pou listwa. Lè Jesse Helms ak lòt kriminèl - zanmi OPL - t ap bat bravo lakontantman pou PW Botha, De Clerc etc.... se misyedam Black Caucus sa yo ki te kanpe. Fanm ak gason sa yo mennen batay ozetazini ki pèmèt ou jwi anpil libète w ap jui jounen jodi a. Si se pa t pou yo pètèt KKK ta opouvwa aklè nan Washington. Epi, se Blak Koken w ap rele yo?

Mwen konprann pou kisa kèk rasis ki ta renmen wè Ayiti fonksyone menm jan ak Rodezi pa vle wè nèg ki kanpe vètikal tankou Randall Robinson elatriye... Men, lè se nèg nwa parèy mwen k ap radote apre sa yo tande Andre Apaid ak ti klik Rodezyen nostaljik ki nan peyi a, mwen di podyab - kisa Dessalines te dwe fè li pat gen tan fè pou chenn mantal la kwoke di konsa nan lespri tout frè ak sè sa yo?

An pasan, lè Thabo Mbeki te brave kritik opozisyon an nan peyi li, pou li voye bato ki te vini nan rad Pòtoprens lan, se pa ni pou li te mande ranson - jan Lafrans, Lespay, Lalmay te konn fè pandan tout 19vyèm syèk la. Ni nonplis se pa sòlda yo te debake vin fè kadejak sou Ayisyen tankou Yankee. Okontrè, se devwa solidarite Afriken li MBeki t ap ranpli, paske li pa timoun. Li te konprann motivasyon rasis ki t ap fè ti dife vole yo - ki toujou renmen wè nèg ap rachonnen nèg - li te reponn prezan pou ede fè mediyasyon - dyalòg pou lapè - menm jan li tante fè sa Zimbabwe. Mbeki te vini ak nèg parèy nou, e se pa ak zam yo te dyaloge ak Ayisyen. Mèsenè Afrikdisid ki sou foto sa a
http://www.haitiprogres.com/2003/sm030716/index.html


se blan rasis ki abitye patisipe nan koudeta sou kontinan Afriken an akote mèsenè blan Franse ki espesyalize nan koudeta e ki toujou jwenn pwoteksyon gouvènman ak swadizan òganizasyon entènasyonal. Margaret Tatcher gen frè li ki nan salopri sa yo ke yo te arete epi sa fini an ke pwason. Kidonk, zafè enbesil ki ap eseye bwouye pis yo. Gen yon koze RAS ki t ap regle an 2004 e se pa pou anyen gwoup moun ki pa idantifye tèt yo ak aksyon 1804 la deside rele bagay yo a 184 epi apre krim nan yo make sa pou tout moun wè sou mi palè a....

Malgre sa te gen nèg ki te ranpe anl ranmase "pri literè" nan men blan franse....kòm rekonpans.

5 kan annapre....men nou!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Joel Mer 8 Avr 2009 - 18:50

Sa reyèlman fè la penn lè w wè ti nèg nwa ki Ozetazini ,ki ap viv ak yon ti kras respè ap rele mesye "Black Caucus" yo "blak koken".
Sa fè mal.
Se lit mesyedam sa yo mennen ,de veteran tankou JOHN CONYERS ki pa janm lan fè bak,ki pèmèt noumenm ak pitit nou jwi yon ti kal libète lan peyi isit.
Wi se vre genyen yon seri de nèg nwa parèy yo ke mesye sa yo pa janm vle wè,de moun tankou DIVALYE yo,de moun tankou MOBUTU,tankou JONAS SAVIMBI,IDI AMIN elatriye.

Se JOHN CONYERS ki kounye an se chairman komite JISTIS lan kongrè an ki te entwodwi yon "bill ki mande reparasyon pou lesklavay.
Travay rechèch pou "bill" se te de avoka ki te antreprann li,se te RANDALL ROBINSON (THE DEBT) ak OGILVIE.

IGILVIE se te profesè dwa OBAMA ak madanm li lan HARVARD.

Tankou JAF di l mesye sa yo se de nèg vètikal,mesye ki rele tèt yo entelektyèl ann Ayiti yo e ki oze kritike mesye sa yo ,se bounda mesye sa yo pou yo te bo,paske yo pa lan klas yo.

Epi yon moun ki toujou ap kontinye ap di ke mesye "black caucus" yo ta resevwa lajan lan men ARISTIDE .
Fèmen dyòl nou,nou pa konn de kisa n ap aple.Se enposib ,enposib,enposib pou mesye yo ta resevwa lajan lan men ARISTIDE.

Okontrè,yon moun tankou JOHN CaoNYERS te konn òganize leve fon pou Fondasyon Aristide.
Se sòt de moun konsa CONYERS ye

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Lun 13 Avr 2009 - 11:55

Mouche Jaf ak Joel,


Epanye m CV mesye sa yo, sa ke yo fè an Ayiti pi enterese m ke sa yo fè nan lòt peyi ak pwòp peyi pa yo. Mesye sa yo montre aklè ke se Aristide y ap sipòte, anyen ankò. Kòman fè se sèl Tutud pa sou pouvwa a ke w tande plenyen ? ...kote yo te ye 17 Desanm 2001 ? ...6 Mas 1995 ? ...22 Desanm 1999 ? ...Oktòb 2003 ?

Se kou Fanmi Lavalas pa sou pouvwa, defann Ayisyen an pran yo ? Pa bliye ke anpil nan mesye sa yo se manb Fon-nasyon, padon, Fondasyon Aristide la, k ap touche lajan, k ap fè koutay sou Teleco. Alò ki enpasyalite moun sa yo ka genyen ?

Se Black Koken yo ki te apiye demand Aristide e fè presyon sou Clinton pou menm medikaman pa rantre an Ayiti sou epòk anbago 1991-1994 la. Se yo ankò ki t ap mande pou Bush voye militè pou pwoteje Gouvènman defakto Lavalas. Se pa yo tou ki pat di anyen pou moun k ap mouri anba bal Aristidyèn men ki te mande Bush pou l fè sa li konnen pou l pa kite ke yo manje Tutud tout kri an Ayiti.

Kòman yon gwoup moun ap fè defann yon pèp e yon diktati sanginè, retwograd ke menm pèp sa a genyen kòm gouvènman, alafwa ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Lun 13 Avr 2009 - 11:59

5 kan annapre....men nou!

Duvalyeris yo ka di tou ke 23 lane apre ...men nou!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  jafrikayiti Lun 13 Avr 2009 - 15:20

Moun Black Caucus yo se pa tèt cho ki te nan lit pou 2 jou. Yo te konnen sa ki t ap pase nan peyi a ant 2000-2004 se taktik ki te aplike nan peyi yo pou dekonstonbre mouvman pwogresis tankou Black Panthers, UNIA, MOVE elariye. Se pa nèg ak nègès ou t ap janm wè ap mache dènyè ke jip yon ti enbesil tankou Andre Apaid. Mesyedam sa yo pran kou nan men pouvwa wnperyalis la nan peyi yo. Yomenm tou yo te gen divèjans ak lidèchip Nwa a ki te fè anpil konpwomi ak pouvwa sanginè peyi yo a, nan ane 60 yo. Genyen ki te twouve King two mou - genyen ki te fè pwop mouvman pa yo - Men yo te konprann nesesite mennen lit la ak entèlijans - san yo pa kite dyab la koze twop dega fratrisid. Se lisidite sa a yon ekip tèt poul p at genyen ann Ayiti an 2000-2004 ki lakoz yo fè yo fè tenten pou 2 gouden, bout viza ak pri literè.

Si ou gade aksyon yon fanm vanyan yankou Cynthia McKinney ki te ale pote sekou bay frè ak sè nou nan Gaza lotrejou la a, se pa moun ki pran nan ti kraponnay, ni ki ap janm al chita nan fouk Jesse Helms, jan ti ebete lakay nou yo te fè sa lè rayisman yo genyen pou yon moun te fin vegle yo nèt nan lojik iznogood la: "je veux être califfe à la place du califfe" - a tout prix!

Si Duvalieris ka di: men nou! se paske jenerasyon ki te opouvwa depi 1986 la gaspiye opotinite ki te nan men yo vre.

Èske ou ka imajine ou konbyen ane sa pral pran nou anvan nou reyisi devlope yon mouvman pozitif konsa, ak lidè peyizan ki eli nan Palman - ou sonje Depite Bolivar? Ak boujwa komèsan nasyonalis ki angaje komsadwa nan pwojè devlopman peyi yo - ou sonje Antoine Izméry. Boujwa entèlektyèl ki mete yo opa ak bezwen peyi li -ou sonje Guy Malary, Jean Dominique......Ou kwè ou konprann ki gwosè gaspiyaj nou fè la a?

Ki moun ki ka enspire epi mobilize plizyè milyon Ayisyen pou yo patisipe nan yon konbit - jan sa nesesè jounen jodi a - nan tout domèn?

Ou pale osijè lasante. Nan kad gwo pwogrè ki reyalize nan domèn kwape SIDA nan peyi a, yon gwo kout chapo dwe ale jwenn Mildred Trouillot Aristide ki te travay men nan men ak Zanmi Lasante ak lot oganizasyon. Pou premye fwa premye dam peyi a se pat yon tèt poul ki ap gaspiye milyon ven nan bijou ak po bèt, dwog ak oji.

Eskize m si nou kite kad sijè orijinal la, men mesyedam li lè pou nou geri tèt nou de rayisman patolojik sa a nou genyen kont yon sitwayen ki te vivan nan menm epok ak nou, ki pat gen plis chans osnon opotinite pase nou. Tout sa n ap akize li yo pa ka kache responsablite pa nou devan nasyon nou. Nou pa renmen sa li te fè ak opotinite pa li a. Alos, noumenm demele nou fè kichoy ki miyo. Dotanplis kolon rasis yo mete li kanpe lwen jouk "nan LAFRIK" - kote katechis la te aprann nou tout malediksyon chita - Dotanplis kounye a bon papa blan nou yo ak tout pouvwa nan men yo nan peyi a. Men yo envite nou ale chita nan fouk yo Washington demen madi 14 avril la. Bliye Aristide, ale jwenn papa Meriken, fè li bannou mwayen pou nou fè tout bon bagay n ap repwoche malere a dèske li pa t fè - lè se limenm ki te nan plas tout iznogood yo.

Cessez de critiquer - vous êtes maintenant au pouvoir - GOUVERNEZ !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  foknougoumin Mar 14 Avr 2009 - 0:57

Enfin youn moun ky ap mandé résilta a Gnbiste yo olié ké yap mandé a youn moun ki jis an afrik résilta.
foknougoumin
foknougoumin
Star
Star

Nombre de messages : 229
Date d'inscription : 02/12/2006

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Thunder Mar 14 Avr 2009 - 4:14

Si sa ki t ap pase de 2000 pou 2004 se te "taktik", e Lavalas ak konniflèt li yo te konnen men yo toujou tonbe nan "pyèj" la. Ebyen konnen mesye sa yo pat menm vo katouch ke rebèl t ap pare pou mete nan tchouwa yo. E defakto 1991-1994 yo te konn di menm bagay la apre yo vinn dekouvri OPERASYON Fè KOUPE Fè ke lavalas t ap mennen anba tab la. Se s ak fè ke, si se ta vre te genyen "taktik" konnen ke se taktik lavalas ki jwe kont lavalas.

Yon lot kote, de ki mannigans ke yon moun tankou Randall Robinson kapab enpasyal pandan ke madanm li Hazel Ross-Robinson kite djob li nan Capitol Hill pou l ale lave imaj Aristide pou plis pase 1 milyon dola ameriken. Non l parèt sou lis gwo makou ke US Department of Justice mete piblik.

http://www.haitipolicy.org/Lobbying3.xls

Koman pou moun sa yo enpasyal pandan ke yo t ap mande pou sere anbago pi di sou peyi a an 1994.

http://www.nytimes.com/1994/07/14/world/with-persuasion-and-muscle-black-caucus-reshapes-haiti-policy.html

Epi pandan setan an 2000 yo te sonje genyen malere ak tout kalite maladi an Ayiti.

http://www.aegis.com/news/mh/2002/MH020402.html

Epi tou, m renmen tande nou k ap di ke moun ki kont Kriminèl tankou Aristide ap mache dèyè Apaid. San dout "konplo" a te komanse avèk Clinton ? ...kèl ironi

http://articles.latimes.com/2000/sep/06/news/mn-16277

Anplis, mwen remake ke tout sa Jaf ap ekri li foure yon pwoblèm rasyal ladann. Ok! ...eske l ap dako ak mwen ? si mwen di l ke anvan kolon rasis yo te "mete" Aristide kanpe lwen jouks Lafrik, yo te "mete" Duvalier, Cedras, Michèl Francois nan kanpe lwen tou.

Zafè la sante ak Mildrèd w ap pale a, Michelle Duvalier te konn fè sa anvan. Ale Lasalinn kounyea, w ap jwenn ke sèl Sant Sante zonn lan ki nan Ri Nèf te pote non madanm JCDuvalier e se li ki t ap mache inogire sant sante sa yo toupatou nan peyi a, e sa fè lapènn jiska prezan se yo k ap sèvi majorite popilasyon an toujou.

Jodia pou Jaf ap voye moun ale jwenn Ameriken ? ...oh! Letènèl, lavi sa a se yon boul k ap woule vre. Kounyea lè yon moun ale Washington se nan fouk ke yo ale chita ? ...Ah papa ! ...sant fouk gen lè santi bon paske genyen moun ki te rete chita pran l pou plis pase 3 zan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayibobo pou GUYLER DELVA! Empty Re: Ayibobo pou GUYLER DELVA!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum