Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, 144 Hz, FreeSync ...
399 € 499 €
Voir le deal

Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri

2 participants

Aller en bas

Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri Empty Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri

Message  Rodlam Sans Malice Sam 11 Avr 2009 - 9:15

Mwen li sou site le Nouvelliste ke Taiwan ba nou 200 tonnes diri pou nou ba pov yo.ki jan fè yon ti zile tankou Taiwan ka ap plede fè nou kado menm manje pou nou manje san konte lot bagay ke yo bati nan peyi ya epi mwen pa tande la Chine komilis(lol) ba nou anyen?

nou te fè yon rale sou sa deja sou zafè ak ki les pou nou genyen relatyon.Mwen te di ke mwen ap chanje chemiz pou moun ki swe pou mwen e mwen pap jete vye chodyè pou chodyè nef genyen moun ki te vle kouri ak mwen pou sa.Men mezanmi eske yon moun ka kont mwen sim renmen moun ki renmen mwen.ki genyen konpasyon pou mwen.Genyen ti komilis de salon ki pral dim se pa pou gremesi ke Taiwan ban nou don saa men nan la vi sa se yon prensip iniversel se banm ma ba w nanpren oken zak ke imen fè san li pa genyen yon rezon.Menm lè yon moun fè w charite li genyen yon rezon personel ki fè li fè l .alor pou mwen se pa pase Mr. Goldenberg vinn rich pou mwen abandonne moun ki te konn fè m byen pou li.

yon lot bagay ki entrige mwen ankor lè map li tou sa ke Taiwan ban nou se ki popilatyon Taiwan e ki grandè li.Mwen wè sou goggle ke popilatyon preske 3 milyon moun.men zile saa sanble li pi gwo ke ayiti mwen pa ka jwen grandè ya sou google.Men sa map pale ya ke developman pa fet kote genyen surpopulatyon sitou nan yon peyi tankou ayiti kote 3/4 tè yo se morne pa genyen endistri.

mwen ta renmen ke gouvenman ayisyen voye yon delegatyon ayisyen Taiwan pou wè ki jan chinwa sa yo ka fè viv sou zile saa e se yo ki ap ba nou manje.si yo ka viv sou zile saa poukisa nou menm nou pa ka pwodwi ase manje pou nou manje?Mwen pose kestyon saa pou mwen fè ayisyen pran konsyans ke se strikti gouvenman ak gwo manjè ki ap separe lajan ONA ak kob petrol la antre yo ki fè aysiyen ap pran la ri pou kriye jan yo grangou.Lè nap li konbyen kob gwo zotobre nan gouvènman ap prete san garanti nan LONA pou yo bati kay yo e konbyen kob ke bidjè depatman agrikilti ya ye nou rann nou kont se pa la nati ki fè nou mal konsa se nou menm ayisyen ki genyen dwet long.ki pa renmen frè ak sè nou ase menm si tuberkiloz ap touye yo, malarya ak tout lot maladi se pa bagay ki gade nou menm si ti moun ap manje nan menm pil fatra ak kochon nan site soley nou pa genyen wont.

li lè li tan pou se yon lot gwoup moun ki pran gouvènay peyi ya.Neg ki ap volo an kachet ou byen fè sè yo volo pou yo moun sa yo lè pou ba pep la yon souf.genyen moun ki ap pale de pi kapab ke pep la pa chwasi men an ayiti pwoblem la se konnen ki les ki pi kapb la.Men nou tande ke yon Doktè Presidan Sena nan zafè prete milyon goud nan LONA tou alor mwen map mande tet mwen si se pa moun ki di tou tan se pa yon peyisan ki pran gouvenay peyi ya malere ap toujou nan grangou kloroks.Lelit pouri saa pa genyen anyen bon li ap remet pou ba pep sa manje. yo finn tounen mandyan pwofesyonel.Yo tout se deyè biro yo vle chita ak kravat nan kou yo pou yo volè.Se yon bann sanwont ki pito ap mande ap volo pou yo bati bel kay o lye yo mete reset leta nan agrikilti ki pou ba pep la manje.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri Empty Re: Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri

Message  Rico Sam 11 Avr 2009 - 9:33

Malice kom gwo espesyalus konesko te dwe okouran saki rele Lachinn komilis ki pa gen anyen komilis toujou refize jwe nan menm kanton ak Taiwan. Malice ta dwe konprann osi komilis sayo gen plis rapo bilateral ak ti peyi ki gen matyè premyè yo bezwen.


Yo pa telman diferan ke meriken ou kanadyen nan minn Sedrenn ou Miragwann. Se lè sa yo founi w ti don ak prè pou anboche an plis achte ak menm lajan sayo lakay yo. Se konss Lachinn dile ak Afriken yo. Finalmanm yo preske pa livre machandiz la.

Kom espesyalus Malice dwe konprann Taiwann se politik kap jwe, non vreman jenerozite, li toujou bezwen yon maksimom vot devan LONI pou komilis Lachinn yo pa absobe li. Ayiti se youn nan peyi ki resevwa ti avantaj pou bali yon vot.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri Empty Re: Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri

Message  Rodlam Sans Malice Sam 11 Avr 2009 - 9:41

Si w pa konprann nan la vi saa se banm ma ba w se bagay ki gade w?Antouka mwen di w li ankor mwen ap chanje chemiz pou moun ki swe pou mwen .mwen pap jete vye chodyè pou chodyè nef.mwen rekonesan anver moun ki fèm byen.Ke se pou nou vote pou yo nan LONU ke yo fè jes sa yo sa pa wete valè byenfè ke yo fè pou nou.Menm jan tou mwen ta renmen ke Kiba reintegre OEA mwen ta renmen ke pep Taiwan lan rete ak fom gouvenman ke yo chwasi. e listwa ba yo rezon.Jodya se chinn komilis ki ap adopte Milton Friedman se pa yo ki ap adopte karl marx.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri Empty Re: Taiwan fè nou kado 200 tonnes di ri

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum