Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% sur les sacs à dos pour ordinateur ...
Voir le deal
19.99 €

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

+3
Marc H
Sasaye
revelation
7 participants

Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Ven 12 Juin 2009 - 10:59

Oganizasyon international yo toujou ap repete e fe louang ke sel bagay ki manke nan peyi d’Ayiti se:
1) demokrasi, 2) bonjan dirijan, e 3) yon system administration ki byen chita.

Depi plis ke 20 tan ke USA/Frans/Canada ap travay sou sa e depanse konbyen $$ million dolla pou eleksyon, jiska prezan anyen de konkre pou moun we ak je yo poko jamb rive. Pou yo Eleksyon = Demokrasi = Progre!!

Nou pa bezwen konnen si se yo ki peye pou eleksyon fet!
Fomul majik sa pap passe nan peyi d'Ayiti si yo pa respekte vwa Paleman ki se vwa pep la.

Parleman peyi d’Ayiti ki reprezante vwa pep la, fek vote yon lwa a la rondebade pou yon ti ogmantasyon saler ouvrye de $2.00 a $5.00 dolla.

Klass patrona di ke si Prezidan Preval gen male dako avek Paleman, yap fout revoke e voye sou beton an plis ke mwatye ouvrye malere sa yo.

Olye ke oganizasyon international yo ansamb ak Preval rekonet demand Parleman e mande pou klass Patrona bay ouvrye malerez yo ti chocho sa, yo pito lague nan chaine chien anraje MINUSTAH ak PNH pou devore etidyan inivesite yo kap sipote travaye yo.

Anpil etidyan pran kout baton, anpil blesse, e gen ladan yo ki mouri!!

Oganizasyon internasyonal yo paka di ke yap prêche demokrasy, e pou yon ti demand konstitisyonel ke Parleman peyi a, reprezantan pep la passé nan la chamb, pou yo pa apiye e respekte vwa pep la.
Sa se yon injerans nan lwa yon peyi!!

Klass patrona nan peyi d’Ayiti fe e defe nan peyi sa e yo pa gen respe pou Parleman ki reprezante vwa pep la. Yo ta remen ke stati-kwo system represiv kout baton rete nan peyi a long playing.

Oganizasyon internasyonal yo, ak tout gouvenman Preval la fet pou respekte vot Parleman paske $5.00 pa jou de 10 ze detan travay mezanmi pa anyen sa.

Avan ke nou vinn di ke se magouy politik ke etidyan yo ap fe. Se destabilize ke yo vle destabilize gouvenman Preval la, ke yon echek pou Preval, se yon echek pou mission international la etc etc, etc…

An nou poze tet nou yon kestyon ki byen simp, si nou mete nou nan plas ouvrye yo!

Nan eta la vie che ke peyi d’Ayiti ye la eske yon ouvrye malere kap travay 10 ze detan pa jou kap surviv avek yon saler de $2.00 dolla ?????

Reflechi sou sa !

Revelasyon

M'mete atik sa by J-J D - Haiti Support Group ki gen rasinn li nan UK, peyi englete ki toujou bay syndika ouvrye yo anpil jarret.

Haiti: Students demonstrate in support of minimum wage increase
central america / caribbean | the left | non anarchist press Thursday June 11, 2009 00:37 by J-J D - Haiti Support Group

Constitutional right to demonstrate on the streets have been met with fierce repression
Haiti - where foreign powers say that all that's missing is democracy, good governance and stronger institutions.
Yet when a fairly elected parliament votes overwhelmingly in favour of an increase in the pathetically low minimum daily wage, all the private sector has to do to block the move is to threaten to sack half of the garment assembly sector workforce if the increase goes ahead. What does the international community do? Force the private sector to back down?
No it unleashes the 'security' forces to violently repress university students who took to the streets to try and force the president to make the minimum wage increase legislation official....

The British soldiarity organisation, the Haiti Support Group (HSG), expresses it strong support for the student demonstrators who have mobilised in Port-au-Prince over the last week calling for President Preval to agree to the minimum wage law. The HSG also denounces in the strongest possible terms the violent repression of the student demonstrations by the Haitian National Police force (PNH) and the UN mission, the MINUSTAH.

Progressive students from the State University in Port-au-Prince began street demonstrations on 3rd June. The mobilisation has focused on President Preval's refusal to sanction the National Assembly (Parliament) vote to increase the daily minimum wage. After months of delays, the Haitian Senate voted unanimously on 5th May to approve a measure raising the minimum wage to 200 gourdes a day (about US$4.90) from its current rate of 70 gourdes. The Chamber of Deputies approved the measure earlier in the year.

To become law, the raise needs to be approved by President Préval and published in the official gazette, Le Moniteur. However Preval has delayed taking this step following threats from the private sector. After the Senate vote in favour of the new law, owners of the country's garment sector assembly operations went onto the offensive, stating that if the wage increase was implemented, they would be obliged to dismiss half of the 25,000 workers employed in this sector.

The private sector's disregard for democratic niceties such as legislation passed by the country's elected representatives is sadly quite predictable. The most powerful elements of this sector have persistently blocked all attempts to move Haiti forward and to create a more equitable distribution of the income.

It remains one of most destabilising influences in the country, and this latest cynical move to overturn a democratic process once again raises serious doubts about the international community's insistence on making this sector its priority development partner.

President Preval's prevarication is deeply disturbing in view of the fact that he was voted into office by voters from the urban and rural poor and progressive middle class. Rather than pass a law that would increase the standard of living of a significant part of the formal labour force, as well as having a major positive knock-on effect on the informal sector, he instead appears to have succumbed to the pressure exerted by the international community.

In March UN SG Ban Ki-moon and former US president and new UN envoy to Haiti, Bill Clinton, made a high-profile visit to Haiti. During their visit they stressed the need for international donors to support measures to enlarge the garment assembly sector. Central to their proposal is Haiti's comparative advantage over other garment assembly countries - its very low wages.

The student demonstrators are calling on Preval to pass the legislation into law. Their legitimate demand and their constitutional right to demonstrate on the streets have been met with fierce repression from the riot police and MINUSTAH soldiers. Students have been fiercely and repeatedly beaten, shrouded in tear-gas, and even shot at.

One student received a bullet wound to the head. When his friends entered the main state hospital to find out about his condition, the security forces fired tear-gas into the hospital - an act in clear violation of the Geneva Convention. According to one eye-witness, with the hospital wards filling with tear-gas, parents were forced to run out of the building carrying sick and injured children.

The Haiti Support Group stands firm with the student mobilisation that is, in turn, supporting a piece of legislation passed overwhelmingly by the democratically-elected parliament. The HSG calls for the arrested and detained students to be released, for victims of violence perpetrated by national and international 'security' forces to be compensated, and for the 200 gourdes minimum daily wage to be passed into law. Anything less will be a major set-back for progressive change in Haiti, and another victory for those minority elements which for their own selfish reasons want the country to remain as it is.

http://www.anarkismo.net/article/13401
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Dim 14 Juin 2009 - 12:34

Anpil moun ap mande sa etidyan iniversite vin fe nan manifestasyon travaye faktori kap mande ogmantasyon saler ??
Moun ki pa jamb chita sou ban lekol we bagay sa kom yon magouy politik, etidyan kap bourike pou politisyen chwal sa galope nan chan pouvwa ak otorite.

Fok nou mete politik de kote, e gade realite peyi a an fas!!

Etidyan inivesite se makak je klere ki pa pran ni nan fila lang lwa HOPE, ni nan foto kopi imaj vizyel ordinate magazine developman touristik kap vire loloj ti boujwa kap fe yo reve lajan pou demain.
Yon pep grangou pakab reve!! Se kochma ke yo fe!!

Se etidyan inivesite je klere ki pou ede travaye malere ak politisyen sevel wowot we kle nan jwet kout fouk oganizasyon internasyonal ki vle sousse sang pep ayisyen pou kenbe yo lakay travay nan faktori pou yo pa pran kannte pou al manje bannann nan jadin kay blan nan Florida.

$5.00 dolla pou 10 zedtan tavay pa jou pa anyen mezanmi !
Pou kisa gouvenman Preval mare kod lombrit li ak patrona boujwa pou sousse sang travaye aysyen yo e fe jwet chita lakay yo pou yo pa al devan pot kay blan.

Sezon cyclonn pral rive !!
Pral gen bonjan vent ki pral soufle nan voile bato kante.
Se banou $5.00 dolla sa, ou byen nap pran kante pou n’al chache’l kay zot!

Si tu ne viens pa à la Guardère, la Guardère ira à toi, se konsa pawol la di.

Plis makak kraze kaloj sove al kay zot, se plis po banann ak banann ke yap voye lakay peyi d'Ayiti!!
Men finans ak ekonomi kay zot pa finn tro bon.
Banou $5.00 dolla sa kap yon meye deal pou zot!

Deal or no deal, nap pran voile kan memm!!
Nan mal nan mal net!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Sasaye Dim 14 Juin 2009 - 13:50

Apali Rev.
Kounyea youn konprann lòt, nèspa?

Mwen avè w nèt lan pozisyon w pran laa.
Se movèz fwa patron yo ap montre, paske $5.00 pa jou pa anyen kòm ou di a.
Men kalkile l pa mwa, li ba w $100 pa mwa wi.

Kijan yon pè de fanmi oubyen yon mè de fanmi kapab viv ak fòtynn saa pou l manje, lwe kay, abiye tèt li ak fanmi l?

Menmsi faktori a gen 100 anplwaye, la p peye $1000 dola pou salè, pa mwa?
Si yon biznis pa an mezi fè sa, li ta mèt fèmen pòt li vre.

Mezanmi wo !!!!

Si yon moun al eseye achte pwoduy ke anplwaye sayo fè.
Gildan oubyen Adidas, wa wè konbyen yo koute lan boutik lan Nouyòk.


Dernière édition par Sasaye le Dim 14 Juin 2009 - 15:36, édité 1 fois
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Dim 14 Juin 2009 - 14:45

Sasaye di: Mwen avè w nèt la pozisyon w pran laa.
Se movèz fwa patron yo ap montre, paske $5.00 pa jou pa anyen kòm ou di a.
Men kalkile l pa mwa, li ba w $100 pa mwa wi.


Sasaye, m’avek w tou nan kestyon sa tou!!
Paske gen anpil moun sou forum nan ki touche $75.00 a $100.00 / par heur nan bizniss ke yo ap fe e yo trouve ke $5.00 dolla pou 10 ze detan pa jou trop.
Sa se movez fwa!!
Marc a dit : Pour sasaye et je ne veux pas faire de commentaires. Une chose est certaine Je partage les AVIS DE de Monsieur Apaid.


Marc te al fe yon kout pye nan peyi d’Ayiti, pran konje peye, al gade kijan terren an ye.
Al tate nan soss pou we konan ti neg ansyen diaspora ki vinn boujwa ap fe lajan sou do malere.

Se sak fe ke li rejete apyi e solidarite Sasaye avek etidyan e ouvrye ayisyen yo e prefere pataje sa gwo patron « monsieur » Apaid la di.
Paske rev Marc se al ouvri faktori pou tineg bourike pou $2.00 pa jou.

Marc se zandolit ki vle mete kanson mabouya.

Le yo rive nan bordel PetionVille ap bouye tafia ak ti diaspora repatrye lespri yo chanje.
Problem malere pa pwoblem pa yo anko.

Fok nou pa kouri sipote patrona sa yo ki pap jamb montre nou ni devwale piblikman kontra ke yo gennyen avek gwo konpani sa yo kankou Disney, Nike, Macy’s, Fruit of the Loom etc..

Si yo trouve ke $5.00 pa jou trop ke patron yo di nou e montre nou tout kontra ke yo genyen avek konpayi etranje yo.

Revelasyon.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Marc H Lun 15 Juin 2009 - 1:08

Revelation

Je dois vous dire que vous ne me connaissez pas . Alors de grace ne me mettez pas dans le même panier que les diaspora qui vont en vacances en Haiti.

Revelation

Permettez-moi de vous rappeler que tous mes voyages en Haiti depuis 2006 sont payés par une entreprise canadienne qui fait des affaires avec Haiti. Alors quand je vais la-bas. Je vais pour quelque chose et non pour me montrer avec des riches haitiens.
revelation

J'ai eu la chance ces dernières années de participer à des rencontres sur l'investissement en Haiti. C'est ainsi que j'ai compris pour que Haiti attire plus de donneurs d'ordre, elle doit offrir un salaire minimum compétitif par rapport à ses voisins limitrophes. D'ailleurs j'essaye de convaincre le président de la compagnie que je suis consultant de faire emballer ses produits en Haiti plutôt qu'en Chine.
Ainsi nous pourrions faire travailler les haitiens au lieu de faire travailler les chinois. Alors on peut se poser la question suivante : Pourquoi va-t-on en Chine ? Répomse : pour augmenter nos profits.
Pourquoi devrions-nous aller en Haiti ?
Posez la question c'est d'y répondre.

Enfin je commence à en avoir marre de ces discussions personnelles et personnalisées. Si je ne suis pas d,accord avec une théorie , vous n'etes pas obligé de me taxer de tous les noms. J'ai le droit d'être pour ou contre un loi.
Nous avons des perceptions différentes. Nous ne voyons pas les choses de la même façon et c'est bien en démocratie.


Merci de votre attention

Marc
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Thunder Lun 15 Juin 2009 - 9:17

Mesye yo vle demonize moun ki kont yon ogmantasyon 150% tankou yo kont byenèt pèp la. Li lè pou nou sispann vye taktik popilis sa yo. Si nou vle pale sou yon sijè, nou ka fè sa san nou pa mete etikèt sou do lòt.

Mwen kont ogmantsyon sa a se pa poutèt mwen kont pèp mwen oubyen mwen pliye kote ke mwen sòti paske mwen te pran yon ti pwomosyon sosyal menm jan ke Sans Malice te di a.

Mwen kont li paske mwen vle pou Ayiti rete konpetitif pa rapò ak lòt peyi ki pi bon pase nou. Lè nou ap konpare konpetisyon an, pa fè l sèlman pou salè minimòm. Fòk nou konpare pri de revyen biznis yo. Sa vle di pran tout bagay an konsiderasyon, tankou pri enèji, dlo, ladwann, dire de vi veyikil yo, teknisyen ki disponib, pyès de rechanj ki disponib elatiye...

Se pa "sansibilite" ki detèmine salè minimòm nan yon peyi. Men se "byen ak sèvis" ke peyi sa a ka ofri. Si se zèv sosyal ke nou bezwen fè se trè byen, men si se yon peyi ke nou vle lanse nan konpetisyon mondyal lan fòk nou fè l ak tèt nou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Lun 15 Juin 2009 - 9:59

Marc a dit: Enfin je commence à en avoir marre de ces discussions personnelles et personnalisées. Si je ne suis pas d’accord avec une théorie, vous n'êtes pas obligé de me taxer de tous les noms. J'ai le droit d'être pour ou contre une loi.
nous avons des perceptions différentes. Nous ne voyons pas les choses de la même façon et c'est bien en démocratie.
Marc, mon frere, nous voulions juste de vous rappeler a la raison pour vous ne puissiez pas écouter les chansons des sirènes.
Appuyer le patronat haïtien dans un moment difficile pour les travailleurs journaliers n’est pas d’après nous une bonne décision.
Vous l’avez sans doute fait par solidarité étant entrepreneur. Donc on se comprend.
Pour avoir un peu de transparence dans tout cela, pourquoi ne pas demander a la chambre du commerce, ou bien le département du travail une copy de tous les contrats des entreprises avec les investisseurs étrangers pour constater si vraiment ces entreprises ne peuvent accorder la requête des travailleurs.
Il n’est jamais trop tard pour bien faire.
Thunder di: Mesye yo vle demonize moun ki kont yon ogmantasyon 150% tankou yo kont byenèt pèp la. Li lè pou nou sispann vye taktik popilis sa yo. Si nou vle pale sou yon sijè, nou ka fè sa san nou pa mete etikèt sou do lòt.

Nou konnen Marc kom yon zandolit, yon geico, yon animal ki prop, jantil, e diplomatik.
Nou pa ta remen ke le li rive Poto Prins pou nou pa rekonnet li anko paske li pran poz mabouya li, yon animal ki led, sovaj e sanguine.
Fok nou gen kouraj pou nou bay zanmi konsey.

Thunder di: Mwen kont ogmantsyon sa a se pa poutèt mwen kont pèp mwen oubyen mwen pliye kote ke mwen sòti paske mwen te pran yon ti pwomosyon sosyal menm jan ke Sans Malice te di a.

Mwen kont li paske mwen vle pou Ayiti rete konpetitif pa rapò ak lòt peyi ki pi bon pase nou. Lè nou ap konpare konpetisyon an, pa fè l sèlman pou salè minimòm. Fòk nou konpare pri de revyen biznis yo. Sa vle di pran tout bagay an konsiderasyon, tankou pri enèji, dlo, ladwann, dire de vi veyikil yo, teknisyen ki disponib, pyès de rechanj ki disponib elatiye...

Se pa "sansibilite" ki detèmine salè minimòm nan yon peyi. Men se "byen ak sèvis" ke peyi sa a ka ofri. Si se zèv sosyal ke nou bezwen fè se trè byen, men si se yon peyi ke nou vle lanse nan konpetisyon mondyal lan fòk nou fè l ak tèt nou.
Thunder pou zafe saler la se pa yon zafe de konpetisyon ak lot peyi ke nou ap pale la, ni se pa zev de charite ke nap mande la.
Se yon kestion de dignite. Pa gen okenn bizniss ki konsyan, ki pral aksepte fe alajan sou do yon pep kap touche $2.00 pa jou.
Bagay sa kap gate imaj yo nan zye investise yo. Si la press vinn konnen sa, anpil moun ki gen ke sansib pou l'himanite kap retire lajan yo nan bizniss sa yo.

Pep la pakab viv ak $2.00 pa jou selman.
Se pa mwen ki di’l se yo ki di sa e nou la pou nou apiye demand yo.

Syndika travaye ak assosyasyon etidyan yo kap mande pou yo we kopi kontra yo ke patrona gen avek peyi etranje yo.
Yo pa bezwen piblye’l nan jounal ni nan radio bay la press. Se yon bagay keyo kap diskite ant yo.
Pep la gen lontan depi ke manje ap separe sou do yo san key o pa konnen de ki previen.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Sasaye Lun 15 Juin 2009 - 12:06

Anplis de konsiderasyon Thunder evoke yo, patrona bezwen travayè ki byen manje, byen dòmi, byen motive, ki kapab bay yon randman ak pwodiktivite ki konpetitif ak travayè lòt peyi na p konkiranse yo tou.
Yo pakapab lan eta fizik e mantal sayo avèk $5.00 alewè $2.00.
Ya p toujou sou mank, bese tèt, fè kou pa anba pou yon ti sipli lajan.
Se yon fòm de koripsyon e mank de diyite.

Dilibon,

Mwen dakò tou avèk prensip ki lan lèt w poste a.
Men kòm mwen deja di l, sitiyasyon travayè nou yo se yon ka ijans ki mande yon operasyon chirijik pou ratrape move eksplwatasyon e bay travayè yo yon bouste apeprè tankou "Affirmative action" Ozeta ki te fè yon eksepsyon pou pwomouvwa nèg meriken.
Menmjan Latoti te fe yon eksepsyon pou biznis yo pa peye taks pou yo te kapab reprann yo apre latwoublay 2004 yo.

Si yo kapab fè l pou yo, poukisa yo pakapab fè l pou travaye yo tou?

Lè saa, yo pa t di ke avantaj la te twop non.

Efè ogmantasyon gradyèl la neglijib lan ka pa nou an paske nou komanse avèk $2.00.
Sa pa kapab kase do oken biznis.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Bon Paulo Lun 15 Juin 2009 - 17:47

C’est le « dilemme du prisonnier » pour cette augmentation de salaire minimum, pour la compétitivité du faible coût de la main-d’œuvre au niveau international… Il est vrai que nous vivons dans le « court-termisme économique ». Mais à long terme, nous sommes tous perdants. C’est un autre débat. Restons à l’instant « t ».

Pour en savoir plus sur ce « modèle de la théorie des jeux », consultez le lien suivant relevé sur « Google » :

http://www.apprendre-en-ligne.net/jeux/dilemme/home.html

Par ailleurs, le député Steven Benoît, est-il ex-beau-frère du président Préval ? Est-il le frère de Guerda Benoît, l’ex-femme du président Préval ?

Bon Paulo
Star
Star

Nombre de messages : 175
Date d'inscription : 09/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  piporiko Lun 15 Juin 2009 - 18:15

Haiti : La rançon du mépris

Soumis à AlterPresse le 11 juin 2009

Les voyages d’agrément à l’étranger, les “shopping trips” à Miami ou ailleurs, les études dans les grandes universités américaines ou européennes, coûtent cher et se paient en dollars américains. La kyrielle de frais de déplacements officiels et de conférences à l’étranger se paie aussi en dollars américains. Les soins de santé à l’étranger, et qui ne servent qu’une partie infime de la population, contribuent tout autant à la fuite des devises sans pour cela aider au bien-être général. Les dépôts bancaires de millionnaires haïtiens se découvrent dans les pays étrangers. Et tout cela se finance par les profits que réalisent les entreprises, par les salaires des fonctionnaires et cadres publics ou privés, les recettes de l’État haïtien, de même que l’assistance internationale — sans toutefois considérer les activités illicites dont on parle depuis quelque temps dans le pays. Pourquoi donc le tollé en ce qui concerne la loi sur l’augmentation du salaire minimun à environ cinq dollars par jour (et non pas par heure) récemment votée par le parlement haïtien ?


Controverse autour du salaire minimum


Cette situation suscite nombre de réflexions concernant l’effet du décalage de revenus sur notre économie nationale, dans le cadre de nos conditions politiques, sociales et culturelles. On peut aussi se demander à quel point certains membres des « élites dirigeantes » considèrent leurs compatriotes moins fortunés comme des humains à part entière, alors que la disparité de salaires et de modes de vie évoque une sorte d’esclavage moderne ou tout au moins de servage. La vérité sort de la bouche des enfants, dit-on. Une personne de ma connaissance en fit l’expérience. C’était à l’époque où de nombreux expatriés projetaient de rentrer au pays. Partie en voyage de reconnaissance avec sa famille, et après une invitation à dîner chez des amis, cette dame entendit sa fille d’environ huit ans et jusqu’alors élevée aux États-Unis lui demander : « What’s the matter with the slaves ? — Pourquoi a-t-on les esclaves ? ». De leur côté, les étrangers ne manquent pas non plus de dénoncer le spectacle des conditions de vie inhumaines de nos concitoyens. Témoin, cette récente photo gagnante du Prix UNICEF qui provoqua l’indignation de nombre de compatriotes.


Point n’est besoin de s’étendre sur les causes de notre état actuel, où figure ce fruit de l’héritage colonial qu’est la déchirure de notre tissu social. La loi sur le salaire minimum, récemment passée par le parlement haïtien, a engendré des discussions passionnées dans les media avec des arguments valables pour et contre lorsque pris dans un certain contexte, de même que nombre de « joure manman ». Par ailleurs, les manoeuvres dites dilatoires de l’Éxecutif ont intensifié les manifestations d’étudiants.


D’après un document de Batay Ouvriye, le récent accord négocié en Haïti entre l’entreprise Marnier-Lapostolle et ses ouvriers syndicalisés porte pourtant le salaire des journaliers à 400 gourdes (soit environ dix dollars américains), en tenant compte du taux d’inflation et autres ajustements prévus par la loi. On se demande donc pourquoi la loi sur le salaire minimum ne pourrait être immédiatement applicable, tout au moins aux grandes entreprises et aux nantis.


Il est compréhensible que le passage de ce salaire minimum de 70 à 200 gourdes par jour ait pu provoquer une certaine surprise dans des secteurs de la population, bien qu’il semble en avoir été question depuis au moins deux ans. Alors que dans les milieux d’affaires on s’exprime plutôt en dollars, il n’est pas difficile de réaliser qu’au taux de change actuel (environ quarante gourdes pour un dollar américain) le salaire minimum passera d’environ $1,75 à $5 par jour ; montant toujours scandaleusement faible et à peine croyable, vu le niveau de nos importations et le coût de la vie. Déjà, les commentaires en rapport au vote de la loi HOPE, promulgée en 2006 aux États-Unis et renouvellée en 2008, faisaient état de quatre à cinq dollars de salaire journalier pour les ouvriers des compagnies de sous-traitance, d’après les conditions établies et les avantages fiscaux que recevraient leurs patrons.


À ce sujet, il est aussi triste de constater que lors du ferment d’idées qui suivit la chute de Duvalier en 1986, on envisageait plutôt un développement autonome, autocentré, et prioritairement agricole. Contrairement au Plan Reagan pour Haïti des années 80, dont les effets sont bien connus, il s’agissait plutôt de décentralisation, d’autosuffisance alimentaire, d’urbanisation des campagnes, de développement communautaire, de promotion d’industries locales et de coopératives de production ; idées en partie reflétées dans la présente Constitution. Aujourd’hui cependant, le néolibéralisme aveugle implanté dans le pays rend acceptable la sous-traitance comme mal nécessaire, vu l’état navrant de notre économie. On en connaît aussi le résultat sur la scène mondiale.


Dans ce contexte, qu’en est-il des petites et moyennes entreprises qui se démènent pour survivre en tirant le diable par la queue ? À-ton prévu pour elles des mesures de soutien afin d’éviter des licenciements qui leur deviendraient peut-être nécessaires de par l’augmentation du salaire minimum ? Si oui, tant mieux ; sinon, la carence des institutions gouvernementales se ferait ici cruellement sentir, alors que les grands patrons, brandissant la menace du chômage, ne verraient en la circonstance qu’une diminution de leur profit. La nonchalance affichée par le chef de l’État, quant à la promulgation de la loi, risque d’entraîner des complications constitutionnelles et parlementaires alors que la colère populaire recommence à gronder.


La disparité des conditions de vie dans le pays s’illustre encore du fait que le prix moyen d’un livre en librairie est maintenant plus du triple du nouveau salaire minimum que fixe la récente loi. Le peuple s’arrange tant bien que mal sur place pour défier la misère, ou émigre en prenant la chance de se jeter en mer ou de se faire tuer en traversant les frontières. Les révolutionnaires d’hier, devenus nantis d’aujourd’hui, privatisent ; et la cruelle boutade que l’on attribue à Marie-Antoinette, « S’ils n’ont pas de pain, qu’ils mangent de la brioche ! » pourrait bien se traduire chez nous par le « naje pou n soti ». À moins qu’il ne s’agisse tout simplement de confusion ou de manoeuvres à courte vue au niveau de l’appareil d’État.


La loi sur le travail domestique, un premier pas bien timide


Différemment de la perception initiale que partageaient plus d’un, aucun salaire minimum n’est prévu dans le cadre de la récente loi sur le travail domestique ; on n’en parle donc plus tellement dans les media. Cette loi qui modifie l’article 257 du Code du Travail reconnaît certains droits aux employé-es de maison, y compris le repos journalier, un minimum de deux repas par jour, le congé hebdomadaire, la liberté de fréquenter des cours de formation après la journée de travail, le bonus annuel, quinze jours par an de congé payé après une année de service, et toutes les prescriptions relatives au travail des femmes.


En plus de l’absence du salaire minimum, on ne peut s’empêcher de noter que, différemment d’autres secteurs, les employé-es de maison ne bénéficieront pas de la journée de huit heures de travail (la leur sera de quatorze heures, en comptant le repos journalier obligatoire), ni des 50 % de majoration de paie que prescrit aussi le Code du Travail pour les heures supplémentaires, le travail de nuit et celui des jours fériés de congé légal. De plus, la loi sur le travail domestique ne prévoit ni le congé de maladie, ni la protection sociale à la charge de l’employeur (assurance vieillesse, maladie, carte de santé, assurance contre les accidents de travail, prestations légales dans les cas prévus par la loi, etc.), pourtant obligatoires en ce qui concerne les autres secteurs ouvriers.


Premier pas vers la protection de travailleuses et travailleurs jusque-là trop longtemps négligés, la loi sur le travail domestique établit cependant leur inégalité sur le marché de l’emploi. Une journée de travail de quatorze heures (6 heures du matin à 8 heures du soir, par exemple) ne laisse que très peu de temps aux obligations personnelles et familiales, de même qu’à la formation et aux loisirs. De plus, la carence de congé de maladie et de protection sociale constitue pour ces employé-es un facteur important d’incertitude et d’instabilité économique. Malgré les palliatifs qu’elle y apporte, la loi sur le travail domestique aura cependant le mérite d’étaler au grand jour l’inhumanité des conditions de vie d’un important secteur de la population. Il reste encore beaucoup à faire et le problème des enfants en service demeure entier.


Différemment de l’initiative parlementaire qu’est la loi sur le salaire minimum, celle concernant le travail domestique fut déposée au parlement par le Ministère à la Condition Féminine et aux Droits de la Femme. On se demande cependant dans quelle mesure le gouvernement aura les moyens de sa politique, alors que le chômage sévit dans toute sa rigueur. A-t-on aussi prévu les mécanismes d’application de la loi ?


Migration et politique


Dans un tel contexte, nos compatriotes continuent de quitter le pays qui, d’après certains, constitue une « honte » pour la région. Aux États-Unis, on refuse même aux immigrants Haïtiens en situation illégale le statut TPS, mesure humanitaire qui leur permettrait d’y travailler temporairement à cause des catastrophes naturelles ayant frappé notre pays. Difficile de crier au racisme alors que se trouve, à la tête du gouvernement américain, un congénère qu’assiste un Haïtien en tant que directeur du Bureau des affaires politiques à la Maison Blanche. La présente administration américaine semblerait plutôt vouloir éviter un influx de « boat people » fuyant une impitoyable réalité. La politique manoeuvrière qui utilisa la vague migratoire de réfugiés haïtiens en tant qu’arme politique se retourne donc maintenant contre les démunis, alors que ceux qui, grâce à eux, purent rentrer au pays dans les avions de l’Oncle Sam continuent, avec leurs nouveaux alliés, de bénéficier de la misère.


On n’oubliera cependant pas que Haïti fut pendant longtemps une terre d’accueil pour ceux en quête de liberté et de meilleures conditions de vie. En témoigne un article du journal Alexandria Gazette, en date du 14 septembre 1824 qui, en décrivant le départ de congénères américains pour Haïti à l’invitation du président Boyer, concluait en ces termes : « ...et on peut facilement voir que des milliers saisiront au plus tôt la chance de suivre leurs parents et amis à la terre promise ».


Plus tard, à l’époque du Tricinquantenaire de notre Indépendance, en 1954, nous étions encore la seule nation à avoir vaincu l’esclavage et jeté un défi au colonialisme et au racisme dont nos congénères Africains, Antillais et Afro-Américains subissaient encore le joug. C’est pourquoi je réalise maintenant la force et la portée du serment que, enfant, je récitais en groupe sur la cour de l’école : « Je jure que je crois au génie bienfaisant de ma race, aux destinées immortelles et glorieuses de ma patrie ; que je servirai les intérêts de ma race et de ma patrie avec dévouement et désintéressement, jusqu’au sacrifice. »


Nous paraissons parfois en être bien loin aujourd’hui. Loin du temps où nous représentions pour nos congénères une source d’espoir et d’inspiration sur la scène internationale. Loin du temps où nous chantions avec ferveur ces paroles de « Fière Haïti » qui inspirèrent jusqu’à la tombe une amie aujourd’hui disparue et dont je salue ici la mémoire : « ... la tête altière et hauts les fronts ... pour ton salut nous lutterons ... à te salir on dira non ! » et dont les échos semblent encore parfois inspirer notre jeunesse.


Les protestations estudiantines d’aujourd’hui s’inscrivent dans cette tradition patriotique. « La jeunesse est faite ... pour l’héroïsme », disait-on. À cet âge d’élans, d’ardeur, de générosité et d’enthousiasme, où l’on se sent imbu-es de responsabilité citoyenne, nos jeunes n’ont cessé de le prouver et le font encore aujourd’hui, parfois même au prix de leurs vies. Trop souvent manipulés, ils constituent néanmoins le fer de lance du changement. Il incombe à un gouvernement responsable d’engager un dialogue constructif plutôt que de laisser s’enflammer une confrontation qui ne peut que nuire au pays. La promulgation des lois sur le salaire minimum et sur le travail domestique en serait un premier pas.


Contact : thesydescayes@yahoo.com

[/font]


</FONT>


</BLOCKQUOTE>[/size]

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Thunder Mar 16 Juin 2009 - 1:34

Thunder pou zafe saler la se pa yon zafe de konpetisyon ak lot peyi ke nou ap pale la, ni se pa zev de charite ke nap mande la.
Se yon kestion de dignite. Pa gen okenn bizniss ki konsyan, ki pral aksepte fe alajan sou do yon pep kap touche $2.00 pa jou.
Bagay sa kap gate imaj yo nan zye investise yo. Si la press vinn konnen sa, anpil moun ki gen ke sansib pou l'himanite kap retire lajan yo nan bizniss sa yo.

Pep la pakab viv ak $2.00 pa jou selman.
Se pa mwen ki di’l se yo ki di sa e nou la pou nou apiye demand yo.

Syndika travaye ak assosyasyon etidyan yo kap mande pou yo we kopi kontra yo ke patrona gen avek peyi etranje yo.
Yo pa bezwen piblye’l nan jounal ni nan radio bay la press. Se yon bagay keyo kap diskite ant yo.
Pep la gen lontan depi ke manje ap separe sou do yo san key o pa konnen de ki previen.

Revelasyon
[/quote]

Diyite? ...si Ameriken mete salè minimòm menm jan ak Lachinn mwen garanti w ke tout bilyon ke yo envesti Lachinn lan ap tounen Ozetazini nan fen ane a. Kisa ki ap lakòz sa ? ...diyite ?

Pa genyen moun ki di ke $2 dola sifi, menm jan ke $7.15/hr pa sifi nonpli nan yon vil rich tankou New York ke yon apatman yon chanm a kouche k ap lwe pou $1000/ mwa alèz. Kote yon vizit kay doktè se anviwon $300 san konte medikamen ki ka koute plizyè milye dola pa mwa. Eske wou konnen yon akouchman sèlman ap koute yon fanmi aviwon $45.000 ?

Pou ki rezon ki fè ke tan pou leta ogmante salè minimòm nan de fason apwopriye pou bezwen elemantè sa yo, yo plito bay moun sa yo, ki pa fè ase lajan yo, yon kout men ?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Mar 16 Juin 2009 - 10:31

Thunder di : Diyite? ...si Ameriken mete salè minimòm menm jan ak Lachinn mwen garanti w ke tout bilyon ke yo envesti Lachinn lan ap tounen Ozetazini nan fen ane a. Kisa ki ap lakòz sa ? ...diyite ?
Travaye chinwa yo pa pran la ri paske yap viv nan yon rejim repression kominist kwaze zo !
Le mond antye konnen ke se kankou esklav ke yo ap travay.

SEPANDAN!!Fok nou di e rekonnet ke Leta chinwa popilist respekte byennet kolektif.
Leta chinwa bayo kay pou yo rete,
Leta chinwa peye lekol ak iniversite pou pitit yo.
Tout fre sante de baz, atletik, gymastik, sport etc.. Gratis nan peyi chinwa pou pitit pep la.
Chinwa investi nan pep li yo.

Travaye ayisyen an se degajett ke lap fe chak jou. Jodi a li jwen yon job, demain pa gen job.

Thunder di : Pou ki rezon ki fè ke tan pou leta ogmante salè minimòm nan de fason apwopriye pou bezwen elemantè sa yo, yo plito bay moun sa yo, ki pa fè ase lajan yo, yon kout men ?
Travaye ayisyen pa bezwen yon kout main jan w di a!
They want to get paid !!
Kale yo lajan yo.
Boss w nan travay w, se pa yon kout main, ni farinn sinistre ke li ba w.
Se yon chek ke li lonje ba w pou fe sa w vle avek li.
Boss w bay w pouvwa d’achat.

Travaye ayisyen bezwen gen yon pouvwa d’achat, depanse jan yo vle, ekonomize jan yo vle, voye pitit yo nan gwo lekol tou.
Domi reve bati kay, achte kamion, fe ti bizniss etc..

Pouvwa d’acha se libete !!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Amoph Mar 16 Juin 2009 - 15:22

Travayè nan faktori yo pa tap jan'm aksepte burine pou "moins de 2 dollars par jour" san yon apwi materyèl e finansye enkondisyonèl de diaspora a.

Nan sans sa a, nou kontribwe malerezman nan nofraj peyi a.

Tout dyan'ni, gwo kob kap rantre nan peyi a pou ede populasyon an, se zeuvr diaspora a.

Leta pa vo anyen.

Anpil nan patron antrepriz yo se vanpir.

Normalman, diaspora a ta dwe koupe èd la pou remètr sitwayen yo o boulo, mete Leta + komunote enternasyonal devan le fèt akonpli e "par la même occasion" siye dan tout patron endezirabl yo.

Otorite lour nou yo, tap oblije chanje fuzi yo depol.

Devlopman Ayiti tap desideman pran yon tout nouvel oryantasyon (baze surtou sou Agrikultur + elvaj e betay). E non sou model de devlopman peyi azi du sudès yo ke gwo kapitalist fè tounen sosyete de konsomasyon !!!







Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Mer 17 Juin 2009 - 12:02

Amoph di : Travayè nan faktori yo pa tap jan'm aksepte burike pou "moins de 2 dollars par jour" san yon apwi materyèl e finansye enkondisyonèl de diaspora a.
Nan sans sa a, nou kontribwe malerezman nan nofraj peyi a.
Normalman, diaspora a ta dwe koupe èd la pou remètr sitwayen yo o boulo, mete Leta + komunote enternasyonal devan le fèt akonpli e "par la même occasion" siye dan tout patron endezirabl yo.

Amoph w di ke se bourike ke pep la ap bourike pou mwens ke $2.00 pa jou,
answit w di ke Normalman, diaspora a ta dwe koupe èd la pou remètr sitwayen yo o boulo.

Donk w panse ke pep la pa bourike asse? W panse ke Pep la pa boulo- nen asse ?

Boulo sa ap finn pa petefyel pep la mon fre!
Se saler la ki tro piti mon fre, se pa bourike ke pep la pavle bourike.

Yap bourike se vre, men fok patrona peye yo yon bon saler pou sa.

Annee 2008 ak 2009 sa ki sot passe la reprezante yon gwo kout ponya pou Diaspora.

Anpil nan nou pedi djob nou,
nou pedi kay nou, nou pran hypotek sou kay nou pou peye lekol pou pitit nou.

nou pedi lajan pension nou.
Anpil nan nou kita remen retrete bone Florida ou byen Ayiti ap oblije ranvwaye retret sa pou fredi Kanada.

Anpil nan nou pral oblije travay jiskaske nou gen laj 70 a 75 zan.
Anpil nan nou ap mouri nan travay nou.

Jan yo di a le Diaspora gen tet fe mal, lakou lakay gen dyarhee.

Amoph, zafe nou pa finn bon nan peyi blan, men nou pa fouti pa voye yon ti kichoch bay peyi lakay.
Paske nou se Ayiti, e Ayiti se nou !!

Fok etidyan yo kontinye lit sa, fok yo fe pressyon sou system etabli a pou ouvrye yo jwen $5.00 pa jou sa.

Transfe lajan Diaspora diminye de plis ke 20 a 30% donk fok Leta ak Patrona yo soulaje pep la nan kondition sa yo.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Amoph Mer 17 Juin 2009 - 17:02

Révélation,

Dezole, mwen te peu-tètr mal exprime'm.

Si depans kotidyè'n serten Travayeur trè nètman superyeur a salèr journalye yo. San konpansasyon materyèl e finansyèr oku'n, yo pa tap ka kenbe.

Lè nou cherche sous konpansatwar materyèl e finansyèr travayeur yo, ki sanse vital (se ankor plus ke yon boufe doxijè'n), nou tonbe sou DIASPORA A.

Tout sa moun yo beswen pou yo viv nan peyi a, diaspora a voye'l bayo.

Leta, Komunote enternasyonal e patron antrepriz yo, gueri bosko yo, nan elan de solidarite, de jenerozite antr diaspora a e mas pèp la.

Nou pa ka di ke nou pa wè dirijan nou yo ap file yon movè koton.

Peyi a oryante volontèrman vèr yon modèl de devlopman a lazi du sudèst. Nou tout ayisyen, nou dwe ose kanson nou pou nou kontrarye plan petefyèl sa a.

Nan ipotèz, diaspora a ta suspan'n èd sa a : (Mwen pa swete sa du tou)!

Nou tap gade pou nou wè si Leta ak komunote enternasyonal ta pral, bosu do yo, kite pèp la kreve nèt.

Patron antrepriz ki tro gourman yo, ta pral oblije mete cle sou payason, mezur sa a tap kase ren yo.

An revanch,tout travayeur nan faktori a ba pri yo, ta pral resikle pou yo exzerse par exzanpl nan domè'n agrikol (respirer de l'air frais et sain de nos campagnes en gagnant un salaire 10 fois supérieur).

An rezume:
Mwen pat jan'm gen pretansyon trete konpatriyo't nou yo (surtou mas pèp la) dè mwen ke ryen. Se pa stil mwen, dayeur. Mwen swete yo byen o kontrèr, du suksè nan reoryantasyon vèr lagrikultur.

San èd diaspora a, yap kite faktori yo tonbe si patron yo pa ogmante salèr yo substansyèlman.









Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  revelation Jeu 18 Juin 2009 - 9:48

Amoph, nou pleske rive nan viktwa final la!!

Fok nou kontinye fe pression sou patrona ak gouvenman Preval la pou yo passe lwa $5.00 pa jou sa.

Fok nou kenbe pression sa toujou nan tout jounal e radyo ayisyen kou etranje pou yo sa respekte lwa parleman ki se vwa pep la.

Bill Clinton ak Ban kim moon ap fe anpil propagand pou fe investisman antre nan peyi a e yo okouran de sa kap passe nan peyi a.

Fok nou kontinye voye email ak foto bayo pou yo we jan patrona pa respekte vwa pep la, yo kouri fe pression sou gouvenman Preval la pou yo di li pou'l aksepte saler $5.00 sa.

Paske Clinton ak Kim moon pap gen kouraj invite investise an Ayiti pou vinn sousse sang pep la ak yon saler de mwen ke sa.

Fok nou kontinye voye avetisman sa yo bay investise yo ke pep ayisyen pap vinn bourike pou mwen ke $5.00 dolla pa jou.

E fok nou gen lot kondition de travay tou ki pou diskite a l'aveni.

Nou voye yon gwo kout chapo bay kamarad kite pran memm pozisyon ak nou e ki pa lague batay ouvrye e etidyan yo.

Batay poko fini, li fek komanse!!

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo Empty Re: Etidyan Ayisyen an ap Sipote Demand Ouvrye Jounalye yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum