René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
5 participants
Page 1 sur 1
René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Le président René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum -
Port-au-Prince, le 17 juin 2009 – (AHP) – Le président René Préval a fait objection officiellement mercredi à la loi sur le salaire minimum votée à 200 gourdes par les deux chambres du parlement.
Dans sa correspondance adressée aux présidents des deux chambrse, le chef de l’Etat aurait exprimé entre autres, sa volonté d’instaurer le conseil supérieur du salaire tel que prévu dans le code du travail.
Cette objection survient après des tentatives pour porter le parlement à revenir sur sa décison de faire passer le salaire minimum de 70 à 200 gourds, un peu moins de 5 dollars americains.
Le député de Chantal/Torbeck Guy Gérard Georges affirme n’être pas surpris de la décision du chef de l’Etat. Mais tout en estimant nécessaire que le conseil supérieur du salaire devienne une réalité , il a souligné que l’ajustement du salaire minimum à 200 gourdes, n’est pas négociable.
Les deputes vont commencer à travailler ausitôt que le président de la chambre aura acheminé l’objection à la commission affaires sociales de la chambre basse pour son analyse, a dit Guy Gérard Georges.
Plusieurs autres députés ont affirmé qu'il ne sera pas question de revenir en arrière, pour ce qui est des 200 gourdes.
Le refus du chef de l’Etat de promulguer la loi sur le salaire minimum telle que votée par les deux chambrs du parlement a dejà été la cause de nombreuses manifestations souvent violentes des étudiants à Port-au-Prince.
Pendant de nombreuses années, le salaire minimum était de 14 gourdes, il a été porté à 35 gourdes en 1991, puis à 70 gourdes en 2003, sous les gouvernements Aristide.

Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Pas de problemes! La constitution l'a aussi prevue!
ARTICLE 121.3:Si les objections sont refetées par la Chambre qui a primitivement voté la loi, elle est renvoyée à l'autre Chambre avec les objections.
ARTICLE 121.4:
Si la seconde Chambre vote également le rejet, la loi est renvoyée au Président de la République qui est dans l'obligation de la promulguer.
Les deux chambres n'ont qu'a agir immediatement!

dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Moun ki sou sit sa a ki t ap mande ke lan ki peyi lan mond lan yo konn plis ke double salè minimòm ,pa bezwen al lan lòt peyi .
Gen presedan ann Ayiti kote salè minimòm lan te pase de 14 a 35 goud (plis ke double) e pi de 35 a 70g (double)
Se pa kantite goud lan se sa l ka achte.
se te tankou lè HENRY FORD te deside peye moun lan faktori l lan 4 dola pa jou.
Tout lòt endistriyèl yo te mete men lan tèt ,yo te mande poukisa misye ap peye gwo 4 dola (lan ane 1920s yo) pa jou ,misye reponn ,li bezwen moun ki ap travay ak li yo achte oto li pwodwi yo e si li peye yo 1 dola 50 tankou lòt manifakti yo ,yo pa p ka achte oto li pwodwi yo

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Sesa menm, Jowèl.
Men talè yo pral vini avèk yon lòt ekskis paske se vle yo pa vle travayè a viv tankou moun.
Yo pa konprann lè etranje a ap pale ayisyen mal ke yo ladann tou.
Men talè yo pral vini avèk yon lòt ekskis paske se vle yo pa vle travayè a viv tankou moun.
Yo pa konprann lè etranje a ap pale ayisyen mal ke yo ladann tou.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Mwen pa fo nan kalkil pousantaj men de 70 goud a 200 goud se ki pousantaj li reprezante silvouple? Tanpri met Joel eklere mwen....
dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Genyen yon 150% ke nèg ap site tout kote pou montre ke ogmantasyon an twop.
150% sou yon salè $2= $3 dola.
Se $3 saa ke nè ap di ki pral kraze do endistriyèl ayisyen yo.
Map repete: Lan etadam anplwayè sayo, 10kob ogmantosyon ta twòp tou.
150% sou yon salè $2= $3 dola.
Se $3 saa ke nè ap di ki pral kraze do endistriyèl ayisyen yo.
Map repete: Lan etadam anplwayè sayo, 10kob ogmantosyon ta twòp tou.
Sasaye- Super Star
-
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Dilibon di: Mwen pa fo nan kalkil pousantaj men de 70 goud a 200 goud se ki pousantaj li reprezante silvouple? Tanpri met Joel eklere mwen....
Si nap itilize % ogmantasyon, se pou trompe vijilans malere.
Dilibon w pa di ni devwale ke valer moneter 70 goud pedi valer depi tikatkat e patrona pat jamb ajiste li a taux d'echanje aktuel.
Le patron an di malere a ke li bali yon ogmantasyon de 150% saler,
gwo pawol sa yo sonnnen fô nan zorey neg sot e bouche je anpil neg lespri.
Konnyen la an Juin 19, 2009 marele ap touche 70 goud swa $1.75, dapre kalkil 40goud = $1.00
Patron yo kom metdam, toujou ap renegosye kontra yo ak investisse etranje e yo toujou fe tout kalkil dapre taux d'echanj, inflation, standard de vie, hardship, property assurans etc... Le yo ajoute extra bagay sa yo sou kontra yo, kontra vinn pi lou ak lajan.
men yo pa jamb fe memm kalkil sa yo pou saler ouvrye yo tou.
Yo preferre itilize % de preferans.
Se memm jan tou Le boulanje vle trompe vizion kliyan, yo mete anpil poud elevasyon nan pain yo pou'l fe yo gonfle e trompe optik yo.
Se sou balans pou'n konnen si yon bagay peze lou, se pa sou gade grosse'l.
Ka defans nou byen chita sou fe reyel. Nou la pou'n denonse malsite, e veye pou pep la.
$5.00 dolla sa fok yo bay ouvrye malere yo,....... san konpromi.
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Revelasyon mwen konnen ou pap reve vre! Mwen deja rekonet movez fwa patwona nan peyi a ak kondisyon fonksyonman malouk ki nan peyi a, Men le mwen konsidere tout sa ke ou di la mwen preske pwan palto mwen poum desann Washington al mande ak tout fos e manifestasyon pou sale minimum nan Etazini ka rive a 50 dola pa ed tan youn grenn kou paske pa genyen moun ki ka viv ak mwens de 10 dola le!
Se nomal nan negosyasyon kontra pou patwon yo fe tout konsiderasyon ke ou pale yo, men kan li rive sou mashe travay la se yon lot kalkil se ki edikasyon fos travay la, konbyen moun ki disponib ki vle travay ak sa sa ki genyen. Ou kesyon ofr ak demand nan. Se sak fe mwen tap mande pou leta aysien pwan responsabilite li. GAde nan kriz ki frape Lamerik la kisa ou we leta federal fe se mete youn kondisyon pou stimile ekonomi an pou pri travay pa kontinye deprese. Le anpil moun pedi job yo swa nan Teleco, le anpil faktori soutretans pati ale St Domeng, le genyen anpil manifestasyon sou manifestasyon, pa genyen travay piblik nan sekte konstriksyon, rout, nan agro endistri, nan sekte rad kote pepe ap fe lalwa.. Tout bagay sa yo fe genyen youn chomaj efektif de 90% anviwon. Le ou bay 200 ou byen 1000 goud se pa youn vre pwoblem men pinga le septanm rive nap kriye pri lekol monte, pri inifom monte, pri liv monte pye bwa. Pa sezi si nou we youn lot kriz ou met grangou pete anko! Si li te fasil konsa depi lavi a che se monte pri sale minimum epi le petit peuple ap pral manje bagay la ta fasil. Le leta dwe twop se jis enprime kek biye pouw ka peye san konsekans tou... Lavi'a dous, lavi a bel... an nou voge sou bel lanme ekonomik tropikal ke popoz!
Se nomal nan negosyasyon kontra pou patwon yo fe tout konsiderasyon ke ou pale yo, men kan li rive sou mashe travay la se yon lot kalkil se ki edikasyon fos travay la, konbyen moun ki disponib ki vle travay ak sa sa ki genyen. Ou kesyon ofr ak demand nan. Se sak fe mwen tap mande pou leta aysien pwan responsabilite li. GAde nan kriz ki frape Lamerik la kisa ou we leta federal fe se mete youn kondisyon pou stimile ekonomi an pou pri travay pa kontinye deprese. Le anpil moun pedi job yo swa nan Teleco, le anpil faktori soutretans pati ale St Domeng, le genyen anpil manifestasyon sou manifestasyon, pa genyen travay piblik nan sekte konstriksyon, rout, nan agro endistri, nan sekte rad kote pepe ap fe lalwa.. Tout bagay sa yo fe genyen youn chomaj efektif de 90% anviwon. Le ou bay 200 ou byen 1000 goud se pa youn vre pwoblem men pinga le septanm rive nap kriye pri lekol monte, pri inifom monte, pri liv monte pye bwa. Pa sezi si nou we youn lot kriz ou met grangou pete anko! Si li te fasil konsa depi lavi a che se monte pri sale minimum epi le petit peuple ap pral manje bagay la ta fasil. Le leta dwe twop se jis enprime kek biye pouw ka peye san konsekans tou... Lavi'a dous, lavi a bel... an nou voge sou bel lanme ekonomik tropikal ke popoz!
dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Dilibon di : Mwen deja rekonet movez fwa patwona nan peyi a ak kondisyon fonksyonman malouk ki nan peyi a, Men le mwen konsidere tout sa ke ou di la mwen preske pwan palto mwen poum desann Washington al mande ak tout fos e manifestasyon pou sale minimum nan Etazini ka rive a 50 dola pa ed tan youn grenn kou paske pa genyen moun ki ka viv ak mwens de 10 dola le!
Kondisyon de vie yon ayisyen kap touche $1.75 pa jou toutafe diferan de yon moun o ZetaZini kap touche $80.00 pa jou. Donk konparezon sa pa jist.
Malgre pwoblem ke le ZetaZini gen sejousi se la ke majorite immigran ta remen al travay.
An plis de sa Assistans sosyal nan peyi blan pi fasil pou jwen ke nan peyi d’Ayiti ki preske inexzistan.
E se la ke’m vinn dako avek w le w di ke ankadreman e assistans Leta ossi inpotan ke saler minimum nan.
Dilibon di: Se nomal nan negosyasyon kontra pou patwon yo fe tout konsiderasyon ke ou pale yo, men kan li rive sou mashe travay la se yon lot kalkil se ki edikasyon fos travay la, konbyen moun ki disponib ki vle travay ak sa sa ki genyen.
Pou kisa 2 pwa e 2 mezi ? Pou kisa ke li normal pou patrona, e se yon lot kalkil pou travye yo a koz de edikasyon pep la?
Donk Neg sot pa dwe manje tou?
W di konbyen moun ki disponib ki vle travay ?
W bay repons lan le w di ke gen 90% chome nan peys a, donk tout moun disponib pou travay mon fre.
Donk se normal pou patrona negosye kontra yo avek etranje yo avek yon ogmantasyon de 30 a 40% pou kouvri taux inflation e tout lot entanperi ki gennyen nan bizniss.
Men le se kalkil pou pep la yo gade sou edikasyon yo etc..etc..
An 2003, saler minimum nan te $1.75. Si nap fe memm kalkil normal ke patrona, fe’l pou pep la tou avek taux inflation ke patrona yo itilize, 30 a 40 % kompound pil sou pil chak annee nap we ke an 2009 saler pep la te dwe ant $7..00 a $8.00 pa jou, si se pa plis memm.
Donk $5.00 tropiti.
Dilibon di : Le ou bay 200 ou byen 1000 goud se pa youn vre pwoblem men pinga le septanm rive nap kriye pri lekol monte, pri inifom monte, pri liv monte pye bwa. Pa sezi si nou we youn lot kriz ou met grangou pete anko!
Sa se yon taktik la perezz, intimidasyon e kraponnaj ke patrona sevi nan negosiasyon.
Wi nou konnen ke le patrona bay yon saler nan main dwat li reprand avek degui nan main goch.
Nou konnen ke yo pral fe expre pou monte prix tout provision de nessesite sou mache a.
E se la ke pep la pral bezwen yon Leta ki gen lideship pou anpeche sa rive.
Wi nou dako avek w Dilibon, saler la se youn, e ankadreman Leta e sevis Leta pou patrona e ouvrye yo inpotan tou.
Fok Leta bay dlo, wout elektrisite, transpotation, kominikasyon etc. Tout infraktrikti de baz ki inpotan pou fe yon peyi mache.
Se yon bagay ki vreman fe la penn e trist le yon patrona ak tout ouvrye yo ap peye fre tax, dlo, elektrisite, tax sou machandiz, ak manje etc.. yo pa jwen sevis de baz Leta.
Malerezman patrona kom intelijan e gwo lobbist toujou kole kô yo pou fe ekip ak Leta, e pep la kampe pou kont li ak yon sak vid nan main’l.
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Revelation,
Nou soti lwen pou nou rive nan pa pot antant sou pwen sa'a. Konparezon pa janm rezon, Etazini pa egal Ayiti men se pa sa nou di, nou te pense ke ou te ka kenbe pwoposyon yo nan nivo yo pou kite pwen an pase. Poukisa Etazini youn peyi ki pi rich nan mond nan pa mande gwo konpagni kap peye malere pou bay sevis ou pwodwi byen pou yo peye tout ouvriye 20 ou byen 30 dola le kise vre vale pou ouvriye te ka mennen youn vi desan ak fos travay yo selman? Se pa anyen ke ou pa ka verifye youn moun kap toushe menm 12 dola le nan NY pa ekzanp ki genyen 2 pitit sou kont li pa fouti dim li ka peye youn apatman, manje, ak lot swen necese san ed leta! Menm ak ed leta lavi li ka red toujou! Youn chanm ou soulwe nan men youn lokate pi piti ap lwe pou 500 dola kote wap separe twalet ak kwisinn, kote privacy ou vreman limite.
An pasan kite m diw pwoblem kite genyen semenn denye a nan Brooklyn ktoe youn neg lwe youn neg ki pou kont li youn ti chanm nan kay li tap viv ak madanm li. Le neg al sot benyen, lap pase madanm msie ap gade bibit neg la epi li di mari li poukisa ou pa al fe sport ak entel. Neg la vekse li mande lokate li a pou kouvri ko li net le li sot benyen. Neg la di li fe sa. Pale pale, msie mete neg al deyo poutet lap takinen madanm li! Eske ou tande de istwa nan youn peyi kote chak moun ta dwe ka lwe kay yo san viv nan kominote.
Genyen youn rezon ki fe yo pa ka fe'l seke si yo ajiste sale minimum nan nivo inflasyon ki nan peyi pou konbat laviche e ede ouvriye pov viv ak fos travay yo, inlfasyon ap vinn pi ro, anpil travay ap pedi. Youn patwon pwal di poukisa mwen oblije peye youn ameriken lajan ke mwen ka peye 10 meksiken? Anpil (kom sa deja fet nan anpil endistri) ap deplase pou ale nan lot peyi ki pi kleman, pi atiran, pi senpatik a patwon kote fos travay pi dosil, pi edike e mwen che. Kareman paske biznis nan pa genyen nasyonalite, li ap genyen devwa patriotik si li pap fe pwofi. Pwofi a se li ki zantray biznis nan. Se onon pwofi ki fe ke kalkil sou kontra travay ak biznis ap fet menm jan ak sale minimum nan. Nan teori biznis nan ap toujou diw li genyen pou devwa pou ede ouvriye, men an nou antann nou, youn vre jesyone youn biznis nan kalkil toujou gade ki fason, ki model, kijan li ka maximiser profit li.

Dernière édition par dilibon le Sam 20 Juin 2009 - 12:11, édité 1 fois
dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Men youn ka. Realite lakay. Youn ekip profese dwe rive nan youn lekol a 6:30 AM ou byen 6:45 pou piti paske tout klas komanse a 7:00 tapan. Profese fe efo yo rive a le men rive 10:00 AM direkte lekol gade ke risk pou aksidan ak goumen monte tou senpleman paske pwofese yo ki pa vle genyen koupi nan sale yo goumen ak realite transpotasyon nan peyi pou rive nan le yo mande yo. Kidonk yo pa gentan manje' okenn kote poko vreman ouve le sa yo, le tan pou li 10 di maten li grangou, atansyon li desann, kouraj pou li pale ak timoun rive a zewo. Direkte lekol la kalkile risk aksidan yo ak konbyen li ka koute li, li deside bay manje gratis chak matin- Tout profese rive atan, risk aksidan desann, timoun yo aprann pi byen nan men youn profese ki dispoze, ki fre, ki pa grangou. Tout moun kontan! Eske ou konprann koman desisyon rive la?
Se pou demontre w ke youn ouvriye ki pa genyen tout blokis sa yo chak matin, ki pi edike ak lot enfrastrikti ki te oblije genyen nan youn peyi tap ameliore kou lavi pou li. Se pa patwon selman ki dwe travay pou sa men se tout soyete a ki pou ameliore standa lavi nan peyi'a. Monte pri sale minimum nan nenpot nivo ou
vle pap sifi pou pemet ouvriye mennen oyun vi desan.
Poukisa nou pa genyen pwogrma asistans sosyal? Pa dim se lajan selman ki manke paske le w imajine w konbyen lajan pouvwa ekzekitif la selman ap depense, lajan kap vole nan ONA, ak lot chwa machiavelik leta ap fe, nou te gendwa pat nan nivo Etazini men omwen nou te ka nan nivo Repiblik Dominikenn ki genyen depo manje pou asiste moun ki pi vilnerab yo ak lot asistans pou ameliore lavi.
Ou ekri: Pou kisa 2 pwa e 2 mezi? Pou kisa ke li normal pou patrona, e se yon lot kalkil pou travye yo a koz de edikasyon pep la? Donk Neg sot pa dwe manje tou? W di konbyen moun ki disponib ki vle travay? W bay repons lan le w di ke gen 90% chome nan peys a, donk tout moun disponib pou travay mon fre."
Le wap negosye youn kontra travay ak tout risk ke mwen sot mete anle yo patron ta fou si li pa mete youn soupap ki pou abosbe tout enkonvenyan ki ka rive, sa yo rele contingencies and risks assessment nan, plsi lot fakte ke nou pale yo. Aloske nan nivo travaye yo, sel sa yo konnen yo vinn ofri fos yo e pou yo jwenn plis ke posib. Pou yo ka jwenn plis ke posib la mwen pense ke leta dwe pwan devan e sendika dwe rantre nan lojik pou ede ouvriye avanse tou nan fom avantaj li ka jwenn nan ede li redwi depans li sitou le li nan travay tankou sante, edikasyon, transpo ak ogmantasyon byen defini ki dwe rive nan le ke tout pati yo dako! Answit lot fason ke ou ka fotifye fos sa'a se ede le konprann koman li ka mete ansanm ak lot ouvriye parey li pou konsidere antreprenerya kom youn pwojeksyon tou....

Dernière édition par dilibon le Sam 20 Juin 2009 - 12:07, édité 1 fois
dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Mwen remake ke anpil moun ap site lane 2003 men eske nou sonje kisa peyi a tap viv an 2003 rive jis jounen jodya. Chak fwa ou genyen boulves politik, manifestasyon, gouvenman gwo ponyet kap di "je veux, je peux", "mashe pwan yo" "ba yo sa yo merite" ou byen mennen youn kapany kont diferan group ki nan peyi a ou kreye youn sityasyon ki fe li pired pou ogmantasyon sale rive fet pendan ke inflasyon ap ravaje w. Sale minimum nan peyi dayiti pat dwe nan zafe 200 goud, jodya nan plen 21iem syek sa nou te dwe nan nivo rejional la si nou pat dwe depase yo paske nou genyen youn fos kise youn popilasyon ki pi laj d emoun kap konsome ou pre pou konsome. Nou pap ka rive la nan troub sosyal. Ekonomi ap mashe ak troub sosyal e le ou kontinye konsa wap fe kafouyaj tout tan ou vle men konsekans ap rete tennfas devan w. Patron yo, envestise ak fiti investise dwe ale revize chapit sou responsabilite sosyal youn biznis nan youn epyi pou yo demontre ke yo konprann ke youn ouvriye ki satisfe, ki genyen youn sale desan ak avantaj ka pwodwi plis e pi byen, men se ap yo selman pou nou gade.
Fok nou gade premye konplis la kise leta koken e iresponsab ki nan peyi'a. Se la nap rive fe ouvriye ak etidyan, chome konprann ke chwa politik yo pa dwe chita sou kandida ki bay plis klerin ak kek ti sanblans de avantaj, pawol kap mete kals youn kont lot, neg ki pa ka dirije oyun pawas ou byen youn boulanje pou vinn mete nan figi moun kom prezidan, men moun ki konprnan rol yo pi byen kise koud fabrik sosyete a.

Dilibon di : Le ou bay 200 ou byen 1000 goud se pa youn vre pwoblem men pinga le septanm rive nap kriye pri lekol monte, pri inifom monte, pri liv monte pye bwa. Pa sezi si nou we youn lot kriz ou met grangou pete anko! |
Sepa youn taktik zanmi mwen se oyun konsekans tanjib. Ou genyen youn sosyete kote ti bouton tankou pwoblem etidyan prekse tounen oyun kanse sosyal, ou genyen youn komes enfomel ki detwi komes fomel la kareman, ou pa genyen youn pwogram pou edikasyon pou tout moun, ou pa genyen okenn plan pou pwoteje ti enfrastrikti minab ou genyen e pou w vini ak plis, menm youn eleksyon ou pa ka fe san pale anpil, kriz toupatou pa di se taktik, menm jan 2 + 2 = 4 mwen ka diw nan jou kap vini la yo pwoblem peyi dayiti pwla pi grav toujou.
Revelation,
Mwen konnen ke ou konnen k enan peyi tankou USA ak Canada pa ekzanp menm deklarasyon youn premye minis ou oyun prezidan se bagya ki byen balanse, reflechi paske youn senp mo ki map pati ka dernaje bous finansye lakay yo. Lakya neg oy di sa yo vle, jan yo vle, kote yo vle kom si pa genyen anyen a vwa sou ekonomi an. Eske ou ka evalye ki pwa ekonomik denye eleksyon ki sot fet sa yo pwal koute Ayiti paske yo pa genyen lejitimite? Eske ou konnen ki risk li reprezante le youn KEP deside mete pati ki pi enflyan nan peyi a deyo nan eleksyon yo? Eske ou konnen le fet ou genyen ekzile politik de dwat ou de goch konbyen li koute peyi'a? Eske ou konnen koman nou toujou kanpe pou brase le passe san we lavni jenerasyon kap vini yo la kisa li koute nou e li pwal koute nou? Non se pa taktik, paleman gendwa monte lajan 2000 goud pa jou sil vle men mwen diw si nou kom moun pa jwenn youn lot fason pou nou viv e dirije pep aysien san cheche bouk emise, vye preteks, ak lot rans mele ak tyans nou tout pap ka viv nan peyi'a.
Ou di ak fos "Malerezman patrona kom intelijan e gwo lobbist toujou kole kô yo pou fe ekip ak Leta, e pep la kampe pou kont li ak yon sak vid nan main’l." La anko li pa fe sans. PAtron oy gendwa genyen lobbyist jan yo vle, yo gendwa fe presyon pou defann entere yo, yo gendwa menm vle pou yo ta kenbe sale minimum nan a 20 goud pito, malgre yo genyen youn responsabilite sosyal pou ede ouvriye yo men se pa yo ki genyen responsabilite legal e politik pou fe sa. Se pep la ki mete moun li yo nan gouvenman an, se pep la ki pou goumen, fe presyon pou moun sa yo kenbe parol yo. Leta la pou defann patron yo tou wi, men li la pou gade si genyen ekite nan sosyete a. Se leta ki fe reg yo, se li ki abit, se li evalyate, se li ki deside, se li ki ka chanje done pou favorize moun ki pi defavorize e vilnerab nan sosyete a.
Men genyen fason li ka fe sa kote ou te ka we menm patron yo tap we ke chanjman sa yo nan avantaj yo tou! Men si depi alapapot ou gentan genyen prejije ke youn seri de moun se antipatryot, se sansi kap souse san ti pep, se move ras ki ap vle we pov aloske le ptit pep kelkeswa kondisyon dwe benefisye ou byen wap fe ak fos ou ak lwa selman frnachman li pap mashe. E se la tout sous echec youn neg tankou Aristid ak lot kap swiv ekzanp li. Neg yo pa konnen ke tout pouvwa subjektif, ap genyen pouvwa ki absoli a mwens ke wap pale de Bondye. Le ou genyen pouvwa genyen bagay ou ka fe, genyen presyon ou ka fe, men tout fos ak tout presyon genyen reyaksyon fok ou ka kontrole fos reyaksyon yo nan bon jan negosyasyon pou pemet konpreyansyon rantre nan sikililasyon san pran kontravansyon..
dilibon- Super Star
-
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Radio Metropole rapote jodya yon fwa anko ke prezidan Preval pavle pran yon desizyon sou zafe saler minimum de $5.00 pa jou sa.
Olye ke Prezidan kole ko li avek Parlemanter yo e etidyan yo pou sipote ouvrye travaye peyi li, li prefere pran nan kwaponnaj, nan chantaj komininote textil internasyonal yo e patrona yo.
Li pran nan chantaj sa kankou yon timoun piti.
Kankou yon rat ki pran nan pelin!!
International la an konnivans ak patrona yo prepare yon dossye ki montre saler ke yo offri nan tout zonn indistryel nan Carayib la e an Amerik Central.
Anpil nan peyi sa yo saler yo pi ba ke $5.00 pa jou.
Yo di ke se pa zev de charite ke yo vinn fe an Ayiti, se bizniss e intere ke yo vinn chache.
Si palemante yo ap fosse zafe $5.00 sa, yap fe e mare packet yo e vire dô yo ale.
Preval di:"que 70 % de la population active est déjà au chômage.
Donk si moun sa yo al fe wout yo se possib ke Ayiti ap pedi ni sak ni kwab!!
Prezidan pa we ke chantaj sa pa chita sou anyen!!
Se dignite ayisyen etan ke pep ki inpotan!!
Vwa Parlemante yo se vwa pep la e se vwa sa pou Preval souiv!
Pito ke w mouri grangou ak pep w dan la dignite e respe. Nan mal nan mal net !!
Internasyonal pa gen dwa fixe yon saler ki pi ba ki se yon violasyon nan yon nan lwa HOPE II ki mande pou international yo respekte lwa peyi d'accueil la.
Si konpagny sa yo al fe wout yo se tre byen!!
Gen lot konpagni ki gen pibon kê ke yo!!
Fok nou kenbe presyon $5.00 dolla pa jou sa.
Bill Clinton ak Ban Kim Moon kap mande investise yo pou yo vinn an Ayiti, nou ta remen konnen ki opinion yo sou zafe saler minimum sa?????
http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=15406
Revelasyon
Prezidan deklare ke:
Le salaire minimum est fixé par les multinationales et non par les patrons haïtiens a fait valoir René Préval qui signale la rude concurrence dans le secteur le la sous traitance notamment.
Olye ke Prezidan kole ko li avek Parlemanter yo e etidyan yo pou sipote ouvrye travaye peyi li, li prefere pran nan kwaponnaj, nan chantaj komininote textil internasyonal yo e patrona yo.
Li pran nan chantaj sa kankou yon timoun piti.
Kankou yon rat ki pran nan pelin!!
International la an konnivans ak patrona yo prepare yon dossye ki montre saler ke yo offri nan tout zonn indistryel nan Carayib la e an Amerik Central.
Anpil nan peyi sa yo saler yo pi ba ke $5.00 pa jou.
Yo di ke se pa zev de charite ke yo vinn fe an Ayiti, se bizniss e intere ke yo vinn chache.
Si palemante yo ap fosse zafe $5.00 sa, yap fe e mare packet yo e vire dô yo ale.
Preval di:"que 70 % de la population active est déjà au chômage.
Donk si moun sa yo al fe wout yo se possib ke Ayiti ap pedi ni sak ni kwab!!
Prezidan pa we ke chantaj sa pa chita sou anyen!!
Se dignite ayisyen etan ke pep ki inpotan!!
Vwa Parlemante yo se vwa pep la e se vwa sa pou Preval souiv!
Pito ke w mouri grangou ak pep w dan la dignite e respe. Nan mal nan mal net !!
Internasyonal pa gen dwa fixe yon saler ki pi ba ki se yon violasyon nan yon nan lwa HOPE II ki mande pou international yo respekte lwa peyi d'accueil la.
Si konpagny sa yo al fe wout yo se tre byen!!
Gen lot konpagni ki gen pibon kê ke yo!!
Fok nou kenbe presyon $5.00 dolla pa jou sa.
Bill Clinton ak Ban Kim Moon kap mande investise yo pou yo vinn an Ayiti, nou ta remen konnen ki opinion yo sou zafe saler minimum sa?????
http://www.metropolehaiti.com/metropole/full_poli_fr.php?id=15406
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Deklarasyon Préval la tèribl, li mete an lumyèr VORASITE Komunote entrenasyonal.
Multinasyonal yo an jeneral, mèt yo se ameriken. Se sur, yo fè enormeman presyon sou mesye yo an Ayiti pou you kontinye ap angranje de trè gwo benefis nan faktori yo, ...
Machen sa yo se tankou mafya, yo fonksyone. Se bote lajan, souse san populasyon ki plu vulnerabl yo. Plus populasyon yo nan bezwen, plus yo montre yo entranzijan anvèr yo.
Si nou kite mesye yo kontinye fè sa yo vle nan peyi a, yap seche san malere nou yo nèt nan vye travay sa yo !!!
Gade konbyen peyi ki exziste dan le mond, nou jan'm tande te gen YON ladan yo ameriken te devlope, te ran'n prospèr.
Lè Zetazuni pratike yon politik neoliberal ki pa konpatibl a lot valeur ke PROFI. Yo se reken se pran yo vi'n pran sèlman ti resous nou genyen an !!!
Li menm trè danjreu, lènou tande yon seri de moun ki te forme e ki fè karyè o ZUSA beswen retounen an Ayiti pou yal enstore systèm sa a (aplike'l tel kel) nan peyi a.
Si nou kite yo fè sa, yap zonbifye preske tout populasyon an, yap fi'n kraze Ayiti nèt. Pap gen peyi ankor !!!
Avan tout otr choz, se pou nou devlope AGRIKULTUR nan peyi a menm si nou konnen ke komunote enternasyonal pral konsidere ke yo eswiye yon kamouflè.
Nou dwe defan'n enterè peyi a.
Amoph

Amoph- Star
-
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006
Re: René Préval fait objection officiellement à la loi sur le salaire minimum
Amoph di: Nou dwe defan'n enterè peyi a!!!!!.
Wi nou dwe defand intere peyi a, pa intere yon group kont yon lot!!
Gen anpil moun sou forum nan ki pa bay opinion yo ni sipote ouvrye e etidyan ayisyen yo paske yo anchaine nan partiz-ânerie.
Si gen yon pati ke yo pa remen kap sipote yon koz, memm si koz la jist, yo pap montre sipo yo kot ak kot ak group sa ke yo pa remen an.
Yon exzanp, Gen yon group nan U.K. ki toujou sipote batay ouvrye nan peyi d’Ayiti.
Kek Mesye aktivist nan mouvman Lavalas yo pavle we group sa paske group sa te swadizan resevwa yon grant/lajan nan men yon group international kite swadizan kontribye a ranvesman prezidan Aristide.
Se pa Lavalas selman. Nou kap pran exzanp tou bo kote neg GNBist yo tou ki pa sipote yon seri de mouvman popile paske yo pa vle frote kô yo avek lot group popile reaksyone yo memm si koz la jist!!.
Nou rele sa partiz- ânerie e se sak fe peyi sa pap jamb rive louyen mon fre Amoph.
Wi Amoph, nap kap defand intere peyi d’Ayiti le partiz-ânerie sa yo fini.
Se divisyon sa yo ke blan yo we chak jou devan je yo kife ke blan yo kapab régnyie fasil konsa pami nou.
Washingtonpost paret avek yon atik jodia 6/25/2009 kap di jan Ayiti ap anfonse nan mize. Lajan Diaspora pa anpil anko akoz de ekonomi a kap devore nou.
Gouvenman santi ke lajan Diaspora pa rentre memm jan anko , e se sak fe ke yap mande tout employe Leta e tout ayisyen pou yo fe piblisite pou redore blazon peyi d’Ayiti.
Tout tourist kap antre nan peyi a pou di yo ke Ayiti se yon peyi ki belle !! Pou nou pa montre fatra, ak mize, kom si bagay sa yo pa exziste aloske se la ke majorite a ap viv, se pa Montana, ni Petion-Ville ke yo we!!
Kel wont!!
Konnyen la gouvenman sa telman dezespere ke yo ap itilize de taktik piblisite ki pi dihonest ki gennyen!!
Kache povrete pou touris pa we!!
Se memm jan tou si Preval te gen yon pitit ki kokobe, li ta al kache'l nan yon klozett pou vizite pa we'l!!
Peyi d’Ayiti belle pou moun ki gen vant plen !!
Men le yon malere grangou li pa gen manje pou bay pitit li ak fanmi li, paradie sa ke yo rele Ayiti a, se yon kochma ke li ye pou li.
Beauty is in the eyes of the beholder.
Bote a se je moun vant plen kap gade a ki we’l!!
Se pa vinn pale anpil ni di rans partiz-anne!!
Se vinn demanti sak di la!! Silans nou di anpil sou personalite nou e konviksyon nou pou peyi nou!!
Bagay sa yo fe pitye!!
http://www.washingtonpost.com/wp-dyn/content/article/2009/04/16/AR2009041602024.html?wprss=rss_business/economy
Revelasyon
revelation- Super Star
-
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste
Sujets similaires
» Salaire minimum :Prezidan Préval pale zye lan zye ak depite e senatè
» Loi sur le salaire minimum
» Salaire minimum made in USA
» Le problème n'a jamais été le salaire minimum.
» Haïti: Le salaire minimum:est- ce un imbroglio?

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|