Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
TV LED 32” Continental Edison CELED32SAHD24B3
139.99 €
Voir le deal

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

+3
dilibon
Joel
jafrikayiti
7 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot jan!

Message  jafrikayiti Sam 20 Juin 2009 - 11:36

Nivo decheyans n ap viv jounen jodi a, se konsekans yon seri move konpotman n ap denonse depi kèk ane.

1) Voye akizasyon fantezis monte tribo babo
2) Move jesyon konflidenterè ak patizanri nan laprès
3) Lachte reponsab politik yo

1) - Lè akizasyon fantezis t ap fèt sou tout moun ki de prè ou de lwen asosye ak Lavalas, depi ane 2000 yo, anpil vwa te abitye soulve pou di ola. Menm jan an tou, mwenmenm pèsonèlman, mwen te rele anmwe pinga, lè toya - san fondman - t ap voye dèyè ansyen patizan Lavalas ki te vire bonèt yo - pou yon rezon osnon yon lot. Kit se lese frape nan plato santral ki te enplike Chavannes Jean-Baptiste, kit se akizasyon ki te fèt sou Lilianne Pierre-Paul. Mèzalo, sa mwen te twouve tris, sèke menm desans sa a pa te la, lè eleman danjere nan sosyete a te koumanse kouri bri "ti bebe Aristide manje, apre So Anne fin kraze l nan pilon", osnon defen Amyot Metayer ki ta swadizan pale nan govi pou li denonse Aristide osnon Gérard Jean-Juste ki ta fè kidnape epi touye Jacques Roche. Chak fwa nou ede akizasyon fantezis, ki baze sou sipèstisyon ak rasis anti-noumenm, vale teren nan mitan nou, se envesti n ap envesti nan malè pandye ki - to ou ta ap fè nou tout viktim. Lèt kaye kontinye ap kase tèt nou!

2) Move jesyon konflidenterè ak patizanri nan laprès. Kouman fè jouk jounen jodi a, nan tèks Marvel la, misye pa santi nesesite pou li denonse epi kondane itilizasyon "la criée publique" pou yo te arete Gérard Jean-Juste, maltrete li, epi fèmen li nan prizon pou plizyè mwa? Si se vre Lilianne marye ak nimewo 2 nan Gwoup 184 la - Anthony Barbier, li klè genyen yon konflidenterè nan dosye a. Mèzalo, desans epi pwofesyonalism te dwe ede Radyo Kiskeya aji yon fason ki pi diy. Sa pa dwe etone nou si kriz kidnaping nan te dire tout dire sa a - e jiskaprezan li po ko bout. Paske, olye sitwayen non-vyolan nan sosyete a te batay kont sikilasyon zam vyolan - okontrè se sou baz prejije klas - ak patizanri politik, akizasyon t ap fèt nan dosye sa a. Pandan li te ridikil pou sipoze se malere patizan Lavalas nan site solèy ki te fome katye jeneral rezo kidnapin lan - se la zot t ap pouse MINUSTAH ale fè ratibwazay sou malere ki mouri pa pil e pa pakèt - san okenn konsiderasyon. Nou sonje ekspresyon tankou "dommage collateral" - se konsa MINUSTAH vin konsidere li nomal pou yo blayi Ayisyen atè ak bal. Jeneral Bacellar mouri, li pap janm ka pale verite sou dosye sa a. Gen yon seri dosye ki pa ka e ki pa dwe regle sou ang politik. Se mank vizyon ki fè minorite ki genyen ekonomi peyi a nan men l lan panse li kapab bay tèt li pwoteksyon ak zam. Keseswa zam FADH, FRAPH, MINUSTAH osnon zam yo achte nan Florida pandan rejim Gwo Jera a. Se pa ak plis zam nou pral jwenn lapè nan peyi a. Se nivo jistis ak solidarite sosyal la ki pou ogmante an menm tan ak sekirite a.

3) Lachte Responsab politik yo: Se sa nou remake jounen jodi a tankou ayè. Lè Jean-Juste pase tout tan sa a nan prizon epi pyès politisyen ki nan kan advès la pa di anyen pou denonse krim Gwo Jera t ap komèt la, sa rann li pi fasil pou wonn vyolans ak revanch lan kontinye. Gen dosye ki pa klè. Men, ka Jean-Juste la, se menm jan ak ka Antoine Izméry a. Se anndan yon legliz, kote tout otorite yo te prezan, yo pran pèsonaj la, rale li, maltrete li epi lage li nan prizon sou baz akizasyon fantezis - bri kouri. Yo te sasinen Izmery lapoula. Kriminèl ki te fè zak sa a, apre anpil efo, lajistis Ayisyen te jije yo epi kondane yo....Gwo Jera lage yo. Okontrè, se Gerard Jean-Juste li fè blayi nan prizon jouk kalite sante li deteryore nan yon pwen ki fatal.


Pou m fini m ap di se yon konpotman inakseptab ke mwen kondane san di pètèt, lè moun kouri bri se "dlo mo" yo voye sou Jean-Juste nan legliz la ki lakoz li mouri. Mwen pa konnen kisa ki lakoz Jean-Juste te gen pwoblèm respiratwa ki te lakoz li te ospitalize a. Mwen pa p kouri di se maladi natirèl senpman ki touye li. Paske, li klè gouvènman Gwo Jera a te adopte yon konpotman kriminèl, nan jan yo te mete li nan prizon an. E li klè, fos okipasyon an ki te gen pouvwa sou popetwèl yo pa te fè anyen pou asire bon sante Jean-Juste nan prizon an, alevwa pou ankouraje liberasyon li. Kidonk, yo konplis tou. Anplis, nou ka wè "timing" liberasyon li koresponn ak politik eliminasyon Fanmi Lavalas nan zafè politik peyi a. Se sa ki te - e ki - preyokipasyon okipan yo - pa kite lidè Lavalas ki ka mobilize moun - sou teren an, nan moman eleksyon yo. Kidonk, mwen pa ka ekate posiblite pou yo ta fè zak kriminèl sou Jean-Juste pandan li te nan prizon an. Men, se pa nan voye monte nou va rive fè limyè sou kesyon an. Se pou Fanmi Lavalas osnon moun ki byen plase pou fè sa, pote yon akizasyon fomèl kont reprezantan defakto Ayisyen epi responsab fos okipasyon ki te opouvwa nan peryod Jean-Juste te nan prizon an. Ekzije yon ankèt fomèl fèt pou etabli responsablite yo.

Mwen pa konnen kisa ki te di nan legliz la jou antèman Jacques Roche la. Mwen pa p lonji dwèt sou pyès moun ni mwen pap ede alimante bri kouri. Sa mwen ka kritike se sa ki te ekri sou sit radyo kiskeya ak rès près GNBis la nan moman pèsekisyon sistematik Fanmi Lavalas ak senpatizan li yo. Sa ki te ekri ak sa ki pa te ekri...yo tout montre siy yon paspouki, yon mank pwofesyonalism - epi sitou yon mank vizyon alontèm lakay moun ki te dwe gen pi bon konprann pase sa.

Si lè yo kidnape yon pwofesè lekol GNBis, se pwofesè GNBis parèy li sèlman ki konprann se yon malsite ki merite denonse....kidnapè yo fenk kare fè viktim nan popilasyon an. Mèzalo, si konpatriyot yo nan Radio Kiskeya ta rive konprann sitiyasyon an sou yon ang ki pi laj, yo ta chanje tit tèks Marvel la...paske se pa pou dat lè a rive pou nou te koumanse fè politik yon lot jan nan peyi a. SE PA POU DAT!

Jafrikayiti
"Pour le pays pour la patrie, qu'il puisse enfin faire bon VIVRE!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Sam 20 Juin 2009 - 12:50

Se bagay sa a ki fè ke yo paka pran moun Kiskeya yo oserye ,lè y ap mande pou yon lòt fòm politik.
Li atik sa a.
Mesyedam yo di ,ke yo pa konn non moun ke yo vle mete manda pou arete l lan,men yo di kareman se ANSYTO FELIX paske lan yon konferans la près misye te pale de "operasyon pòt fèmen".
Se lè pou dapre kiskeya pou yo mete FELIX yon kote ,paske misye ap pale twò fò.

An menm tan tou se nòmal pou yo arete mesye Lavalas yo ki ap mande pou moun yo rete lakay yo ;pa bliye ke an 2000 mesyedam sa yo te ap bay moun pale sou tout radyo,pou mande bòykòt eleksyon yo.

Si m sonje ,pa t gen moun yo te arete pou sa.Wi ,li lè pou mesyedam Kiskeya sa yo koumanse fè politik lan yon lòt jan:

http://radiokiskeya.com/spip.php?article5972

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Sam 20 Juin 2009 - 13:01

Joel,

Sityasyon 2000 pa menm ak jodya. Revize eleksyon 2000 yo kote mwen pense ke Aristid tap genyen san pwoblem men kom li te vle pwan tout pou li kise tradisyon neg lakay, li voye anpil fle. Men mwen pense ou te ka pwna youn ekzanp ki pi resan tankou Ansyen kolonel Rebu chef pati Greh depi anvan premye tou eleksyon ale nan emisyon Ranmase kote li bay rezilta eleksyon yo anvan yo fet, kote msie te mande pou pep la boude maskarad sa! Byen anvan yo te mete lavalas deyo! Alo, mwen pense si ta genyen arestasyon youn neg konsa ta dwe arete an premye pendan ke mwen dako ke genyen youn seri de entere siperye nasyon ke pesonn pa dwe kont tankou youn eleksyon ki ap byen fet san gwo ponyet ni ekzklisyon pati nou pa renmen!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Sam 20 Juin 2009 - 13:56

Gade byen mwen di ke gen opozan Aristide yo ki te mande bòykotay eleksyon 2000,men anyen pa t rive yo.
Kanta eleksyon 2000 yo ;depi ti Bush te monte an ,desizyon te deja pran pou yo te ranvèse Aristide.
Yon sèl jan pou sa pa ta fèt se si opozisyon an te pran kontwòl lejislati an.
COHA nan 2 zou 3 atik te di ke gouvènman ameriken an te kòmandite sonday sou sonday ann Ayiti ,yo pa t janm jwenn plis ke 10% apwi pou opozisyon,tout opozisyon an.
Sa mwen twouve dwòl sè ke KEPap voye mande pou moun ki ap mande bòykotaj eleksyon ann Ayiti alòs ke depwi 86 depi gen eleksyon toujou gen moun ki ap mande bòykotay.
Epitou y ap di ke mesye Lavalas yo ka fè vyolans ,eske yo te fè vyolans lan premye tou an.
Dapre sa m sonje se moun ki te patisipe lan eleksyon sa a ,ki te fè vyolans!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Sam 20 Juin 2009 - 14:14

Joel,

Ou kontinye ap li pase resan nan peyi'a a trave linet lavasyen toujou, ou poko monte nan nivo pou gade li kom ayisyen kote pou w revize tout realite istorik yo nan dimensyon yo!

Poukisa youn prezidan ameriken vle jete youn gouvenman ke 20,000 solda ameriken goumen pou mete sou pye? Mwen konnen ke ou konnen ke sou pwen entenasyonal ameriken pa genyen zanmi men entere. Mwen konnen ke ou konnen ke Aristide an 2000 pat anti ameriken anko, li pat nan pawol chalmayperalteman anko, li te marye ak youn Haitian American ki tre enflyan nan sekte sevis ransegnman ameriken yo, li te genyen pitit li ki sitwayen ameriken, parenn nos li sete ameriken, e li menm lite tre pwoch de la fanmi Kennedy ak youn panopli de avoka ameriken, lobby ameriken, sevis sekre ameriken kom sekirite? Alo poukisa youn prezidan ameriken ki ap defann entere ameriken te vle bal koudeta?

Mwen ta renmen ke ou ta rekoute tet fret paket deklarasyon Aristide yo apre ke li te tounen yo epi wa vinn di nou si ou tande youn leader responsab ki tap pale? Eske se youn moun ki tap fe apoloji tet li, avanse entere fanmi ak ti group zanmi ou byen youn leader ki genyen youn visyon long term pou rezoud pwoblem peyi a nan rasinn. Nan tet Aristid se toujou youn lot moun ki responsab, youn ekip moun ki kont li, ennmi li, ki pa vle we li ak tout ti pep ki soutni li; se toujou youn lot moun ki anto men li pa janm rive pense deyo bwat tradisyonel la pou li pote altenativ serye. Menm si Aristide 2000 nan te kontwole tout paleman li patap ka dirije peyi a. Militans ka bay pouvwa men militans ak popilism pa ka kenbe pouvwa! MWen rete kwe ke menm si yo ta "clone" Aristide pou mete li menm selman nan paleman konsideran ke rol paleman pa menm ak prezidans nan, e ke palemante pi pre de pep la, yo pa tap dirije ansanm. Sel moun ki te ka deal ak Aristide se moun kite genyen karakte koupye bourik selman, kote ou phaze pesonalite ak pesonalite CHEF Siprem Fanmi Lavalas la. Mwen rete kwe kom anpil leader aysien ki pase deja ke neg ki nan pouvwa nan peyi devlope youn maladi foli ki rive nan denye limit la raj.

Wap dim kiles ou pa kiles kite responsab vyolans, mwen gendwa diw nenpot kile wap pwan pe katolik ki pa menm ka respekte seman yo a Bondye yo e a yierachi legliz yo, pe ki ap janm dirije menm youn pawas nan pwoves pou w bay dirije peyi'a; tout tan se boulanje kap boule pen ki pa menm ka dirije konbyen sak farinn ki ka fe pen nan oyun jounen pou dirije peyi'a, nap toujou nan kafouyaj!

Mwen kont pou yo vle atake patizan lavalas kap mande boykotaj eleksyon paske se ap jounen jodya nap fe sa! Men nan lane 2000 pat genyen rezon ot entranzijans Aristid pou te genyen youn eleksyon serye nan peyi'a. Avek defet, echek ak lide malfezans ki nan karakte Aritid, peyi dayiti pedi youn paket chans pou li ta soti nan fom gouvenman gwo ponyet, bwa di ak zanzave ....

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  jafrikayiti Sam 20 Juin 2009 - 17:39

Dilibon ou deraye nètalkole. Koze a pa konplike. Si Aristide gen tout defo sa ou sit ela a, kesyon jwenn yon opozisyon ki kapab kale li nan eleksyon ta dwe yon bagay fasil ki rive fèt deja nan peyi a.

Sa mwen li pi wo a, se yon seri prejije ou layite youn apre lot kont pè katolik ki divose ak legliz retwograd la, kont boulanje ki vin prezidan. Men ou pa reponn koze fondamantal la. Anplis ou eseye fè komsi ou pa konprann dinamik Bush yo ak Aristide ki afekte ni koudeta 1991 lan, ni koudeta 2004 la. Prezidan Ameriken toujou defann enterè Ameriken. Men sa pa vle di yo tout fè sa ak menm taktik.

Si ou vle onèt fok ou aksepte mit soulèvman popilè ki lage Aristide atè - paske li te pèdi popilarite a, se egzakteman sa li ye - YON GWO MANTI.

Ou pa bezwen fè anpil efo pou ou remake sa. Si mouche a pa t gen moun ak li, poukisa yo te oblije ekzile li - fè presyon sou Jamayik - pou li pa menm ka rete nan emisfè a? Poukisa yo te oblije arete Neptune, Annette Auguste, Rene Civil, Jean-Juste - jiskaske eleksyon fin fèt? Poukisa yon seri blan frekan tankou ansyen anbasadè Kanada a deklare nan Embassy Magazine li "espere" ankèt ki ta pral mennen alepok pwouve Aristide koupab tout kalite krim e pou la pa janm retounen Ayiti. Se tyoul sèlman ki pou aksepte frekansite konsa nan bouch yon anbasadè etranje. Poutan, lè yo ap pale osijè Larisi kote yon vrè diktatè blan ki rele Poutine fè-e-defè yo konnen pou yo respekte règ diplomasi.

Nou dwe sispann fè politik nan peyi a sou baz prejije. Nou dwe sispann pran moun ki ap viv nan mizè pou enbesil - ki toujou tonbe anba manipilatè. Se vye agiman sa yo ki te itilize kont Salnave, Estimé ak Fignolé. Si chak fwa popilasyon an jwenn opotinite chwazi lidè li vle, chwa li fè yo dyametralman opoze ak chwa klas privilejye yo nan sosyete a, sa pa vle di pèp la pa konn sa ki bon. Pètèt, se yon konflidenterè natirèl ki ekziste ant enterè majorite a, epi enterè sila yo ki ap jwi tout kalite privilèj nan sosyete a.

Jodi a, diskisyon sou salè minimom yo pwouve nou se pa onivo endividi konfli a chita nan sosyete nou an. Anpil nan etidyan sa yo ak oganizasyon ki te rantre mache dèyè APAID alepok GNBis t ap milite pou ede blan yo demantibile Fanmi Lavalas, gen lontan yo rekonèt yo te sèvi ak yo pou mete peyi a kote li ye jodi a. Ogèy pa t pèmèt yo denonse krim premye okipan yo te komèt ant 2000-2004 pandan yo t ap fè ti dife vole pou prepare koudeta a. Gen kèk ladan yo ki te dirèkteman enplike nan koripsyon. Gen etidyan ki admèt yo te ba yo viza. Gen youn la a nan Ottawa ki pa janm manke okazyon konfese ban mwen chak fwa nou rankontre. Li di fok li te ka kite peyi a pou li wè koze a ak yon distans pou li te ka konprann nan ki salopri li te ye alepok. Men, jodi a, si genyen nan yo ki viktim MINUSTAH, fok yo gen kouraj admèt se depi 2004 MINUSTAH ap masakre Ayisyen nan move kondisyon. SE PA POU DAT!

Rèv pa mwen se pa pou Fanmi Lavalas remanbre. Rèv pa mwen se pou ideyal Jean-Jacques Dessalines, Soulouque, Estimé, Fignolé, Aristide la tounen yon reyalite. Sa vle di pou gwo majorite popilasyon an resi jwenn solidarite LI MERITE e BEZWEN nan men yon kantite valab anndan klas privilejye a - pou anfen nou simante nasyon nou merite a. Yon nasyon kote pyès moun p ap bourike pou BEKE k ap peye yo $1 pa jou. Yon nasyon kote pa gen FADH ak FRAPH ki drese espesyalman pou mete mitrayèt sou trepye pou blayi Ayisyen atè - sou baz apatenans yo a yon klas sosyal. Yon nasyon kote LETA gen mwayen tabli pri pwodui prmye nesisite, ajiste salè minimom selon enflasyon elatriye. Andotremo, soti nan sistèm "prezidans de doublure" la, kote yon ti klik ki rele tèt yo boujwa - san yo pa janm aji an boujwa vre - ap itilize vyolans pou prezève privilèj ilegal sou yon zile 9 milyon moun.

Echèk n ap viv la a, se pa ak idantifikasyon boukemisè nap regle yo. Jodi a, 5 ane apre koudeta 2004 la, si Aristide toujou popilè, si se Préval ki prezidan lejitim peyi a, se paske opozan Fanmi Lavalas yo pa genyen konfyans popilasyon an. Malgre tout kat nan men GNBis yo, malgre yo fè koken pou elimine Lavalas nan eleksyon yo....yo pa gen mwayen mobilize menm 10 pousan elektè potansyèl pou bay blan an satisfaksyon kreye yon ilizyon optik nan peyi a.

Represyon ki fè viktim nan antèman pè Jean-Juste - kote prezidan Préval, Premye Minis Pierre-Louis te absan - sanbletil, pwouve yon lot fwa anko, ki jan se ak vyolans klas privilejye a vle regle konfli li genyen ak abitan katye popilè yo - ki refize rantre nan lojik anti-Aristide blan an, ak lot sektè ki nan peyi a, gen enterè mennen - keseswa konsekans sa ka genyen pou peyi a.

Poutan, gen altènativ. Mwen bouke di sa. Kite Aristide tounen. Moun pap ka manifeste pou mande li tounen, si li deja nan peyi a. Sispann alimante yon mit pou granmesi. Kounye a Jean-Juste tounen yon mati. Lovinski tounen yon mati. Li pa two ta pou nou nomalize sitiyasyon an. Men se pa ak vyolans ni mechante sa ka fèt.

Ogmante jistis la, ogmante solidarite a pou ensekirite a ka bese!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Sam 20 Juin 2009 - 18:51

Dilibon,

Jaf deja reponn anpil lan bagay ou di yo.
Pou oumenm se GNBis yo ki jete Aristide?
Yo pa ta kapab.
Mesyedam sa yo ,se jis pyon yo te ye.
Yo di ke gen moun ki te tande BUSH ap pale de Irak ak Aristide depi 2001.
E li pran yon bann chen mechan iltrareyakssyonè,yon bann nèg ki te dèyè gè "kontra" yo lan Nikaragwa ak SALVADO pou regle kesyon Ayiti anAle fè yon ti repasay sou ranvèsman ARBENZ GUZMAN lan Gwatemala an 1954 ,w ap wè si se pa yon fotikopi sa k te pase ann Ayiti an.Mwen pa t vle chita ap pale de Aristide toujou.
GNBis yo echwe sout la liy.Si yo pa t gen kontwòl près lan ,yo t ap deja antre lan istwa ,dapre mwen.
Epitou DILIBON,ou li deklarasyon ansyen anbasadè ameriken an BRIAN DEAN CURREN?
Deklarasyon misye te bay NEW YORK TIMES ak SALON MAGAZINE?

GNBis yo ap konpòte yo ,kòmsi yo te genyen.Yo pa genyen.
Aksyon malonèt yo an fè peyi an fè bak,kreye plis pwoblèm pou peyi an.
mwen pa Lavalasyen ,mwen pa kwè lan "mit" tankou Jaf te remake l;paske lan estipidite ti nèg yo fè Aristide vin tounen yon "mit".
Se tankou sa VALENZUELA (ansyen responsab Amerik Latin lanKonsèy Sekirite Clinton lan),misye te di ke Repibliken yo krete yon lòt Peron lan Amerik lan.


Epitou w ap pale de boulanje ak pè ki fè sesi ou byen sela.

Alòs Dilibon ,si w te Brezilyen ,ou ta p kanpe rèd mare kont "primè" ki rele LULA a.
Nèg ki di pandan l timoun ,li pa t janm konnen mete sa yo rele soulye lan pye l,e ki pa t menm fè ekivalan klas sètifika?
Ou byen si w te bolivyen ,ou t ap rele anmwe kont EVO MORALES ,ki rive sèlman lan ekivalan 3zyèm segondè nou an e ki t ap genyen vi l lan vann fèy "koka".
Ou byen palan de pè yo ,ou t ap fann lan dengonn monsenyè Paraguay ,ki kite lklèje an jis anvan li te kouri pou prezidan.Nèg yo te rele "evèk moun pòv" yo.
Epitou sispann dyabolizasyon Aristide lan li pa mache,apre 5 an koudeta a misye genlè pi popilè ke jamè.
Se pa pawòl yon lavalasyen ,se pawòl yon obsèvatè

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Thunder Dim 21 Juin 2009 - 10:05

Si Dilibon di ke moun ki pa menm ka dirije yon pawas an pwovens oubyen boulanje ki pa menm ka jere sak farinn li genyen pap kapab jere yon peyi. Mwen pa wè anyen de prejidis lan sa. Li fè alizyon sèlman a konpetans endividi sa yo, li pa baze kritik li an sou orijin yo.

Alò mesye fè yon ti relaks, bay moun zòrèy yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  piporiko Dim 21 Juin 2009 - 10:55

Thunder a écrit:Si Dilibon di ke moun ki pa menm ka dirije yon pawas an pwovens oubyen boulanje ki pa menm ka jere sak farinn li genyen pap kapab jere yon peyi. Mwen pa wè anyen de prejidis lan sa. Li fè alizyon sèlman a konpetans endividi sa yo, li pa baze kritik li an sou orijin yo.

Alò mesye fè yon ti relaks, bay moun zòrèy yo.

apa w te fe elemante 2 ,yo te pran w nan polis la.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  revelation Dim 21 Juin 2009 - 12:37

Piporiko di Thunder: apa w te fe elemante 2 ,yo te pran w nan polis la.
Pipo, w pa bezwen atake nivo akademik Thunder, ni nivo professionel li. Nou trouve ke kontribition Thunder kom yon ansyen polisyen ki travay pou la jistis kap pote anpil limye sou anpil bagay ki pase e ki ap passe nan peyi a.

Byen ke pafwa li mete trop piman nan sa ke lap di a ki fe ke moun doute de kredibilite'l.
Men etan ke temwen okiler e akter nan yon seri d'evenman ki te passe nan peyi a yon nivo de lidership,

Thunder gen yon obligasyon a sosyete e a nou memm pou'l di la verite jan ke li te we'l la san piman ni pati pri ladan'n.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Dim 21 Juin 2009 - 13:26

JAF,

Ou pap fe youn lide koman mwen kontan sou youn forum kote ki genyen moun ki ap defann Reverend Pere Docteur Aristide ak tout fwa yo, ak tout ke yo, ak tout fos kouraj yo pemet yo. POu sa mwen ap voye youn bouke fle bay Marc kite invite mwen isit la. Kom se jou fet papa kite mwen pran ti res fle voye bay tout papa konsekan ki konprann rol yo kise an premye sekirize fanmi yo, pwoteje, swagne e renmen madanm yo nan denye dimansyon ke yo pemet yo, dirje fanmi an e reprezante youn ekzanp pou yo pendan ke yap feraye pou abti youn kominote, youn peyi ak youn modn ki meye ke jan nou te jwenn li!

JAF ou di ke mwen deraye net alkole men ou pa demanti okenn nan sam di yo. Sa ou fe a genyen youn nom nan deba wi: ou fe oyun pensee circulaire! Kom ou pa ka demanti mwen ou kataloge, ou kouri fe oyun miksaj de popilarite li ak defo yo pou di ke yo pa eksiste. Answit ou fe youn lto bagay anko ou tonbe jwe viktim. Koze a pa si konplike ja ke ou pense a. Le ou di "Si Aristide gen tout defo sa ou sit ela a, kesyon jwenn yon opozisyon ki kapab kale li nan eleksyon ta dwe yon bagay fasil ki rive fèt deja nan peyi a." Come on my brother! Ou konnen byen ke genyen youn eleksyon pa absoud ou de tout defo kan menm? Di'm ou konnen sa tanpri! Ke genyen kriminel ak sanzave, vole ak toupize, neg ki ka fe olokos te tout youn ras ki konn genyen eleksyon! Tanpri dim ke ou save nan istwa politik nan mond nan, paske mwen te ka ba w ekzanp kite ka plen tout real estate Forumhaiti a.

Kom ou pa demanti mwen se ke nou dako! Nou dako ke Aristid kite militan nan St Jean Bosco se ap li kite monte prezidan! Nou dako Aristide kite pati pa menm nan kite retounen anfet li menm te remesye Prezidan Clinton paske yo te montre keske la demokrasi nan Washington. Nou dako ke li te di ke li te fe anpil ti dezod pendan li te deyo a! Tout moun po kote lide a te nan drog eksepte lide a ke yo poko kesyone nan peyi ameriken! Nou dako ke menm pe ki te di fidel li yo yo ka batay ka manshet ak ti kout poud yo tou'a se pa li menm kite marye ak youn ameriken; ale nan konsila ekzije paspo ameriken pou pitit li yo, parenn nos li sete ameriken, sekirite prive sete ameriken, 23 mil solda te ameriken, kofrefo li te chaje ak lajan ameriken, avyon kite vinn chehce li a sete ameriken, li ap ka tounen akoz de ameriken. Poukisa nou rayi ameriken men nou renmen lajan ak tout pwodwi ameriken, youn pwodwi tankou Ariside ki make beyn gro nan fron li MADE IN USA!

Prejije? ou di byen prejije? kont pè katolik ki divose ak legliz retwograd la... Ki pawol dwat e goch sa? PA dim sa ke ou pa konnen kdefinisyon mo prejije! Mwen se katolik, ansyen anfann ke, moun ki toujou rete solide nan kwayans mwen jsika jodya. Ou konnen poukisa mwen rete soude ak legliz la? Eh byen se paske mwen pat janm katolik kom moyen pou mwen te ka jwenn ledikasyon, mwen apt katolik poum te jwi legliz apre poum tounen pi gwo lenmi li. Genyen magouye ak roulibe nan tout fwa men nan legliz katolik ki benefisye de youn repitasyon nan peyi'a e ki anpil kote se sel altenativ pou jwenn avantaj, pa selman Aristid men anpil moun pwan roulib! Pe Jean Juste malgre tout sa ke mwen pat renmen nan period fen lavi li sitou, mwen respekte li paske li te rete konsekan ak fwa li menm le li kwe nan sak ki pa korek.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Dim 21 Juin 2009 - 13:33

"kont boulanje ki vin prezidan." Mezanmi di mwen koman youn pitit youn agrikilte-taye malere ki debat tankou met Jan Jak nan tout faktori nan NJ pendan perod li te ka rete nan peyi li matrake, touye e fe tout move zak kom gwo chef pou montre mwen ke kote ou soti pa defini w, saw ye pa defini w men se karakte w ki defini w ta ka kanpe pou devlope prejije kont boulanje ki vinn prezidan? Non, Preval nan NY ak bouch te reponn le youn jounalis te di sel sa yo poko di se Preval pa vole "poko di sa a mwens ke ou ajoute jiska prev di kontre". Eske dapre ou menm Preval ap dirije oyun bagay nan peyi a? E menm jan ak Arisitd mwen ap kwe se volonte li manke. Se kom si mwen ta diw mwen ta pran w jodya epi mwen mete w pou jwe nan match Brezil - Itali kap jwe jounen jodya. Osi bon footbale ou ta vle ye, vi ke ou pa antrene pou sa wap monte ak bonn vole men wap voye fle tankou timoun ki devan lamarye. Mwen ap beswen youn dokte es politik pou mwen konprnan ke youn moun ki monte opouvwa dwe atann li ke lap genyen opozisyon, ke lap genyen youn plan ki genyen strateji ak taktik sou koman pou mennen kek nan opozan li nan kan li ouswa demobilize agiman yo ak aksyon konkre lap fe, imobilize atak ak bon jan aksoyn ki ka prevwa yo e dejwe yo. Mwen pa beswen youn dokte es politik pou mwen konprann ke li ap sifi pou youn neg karismatik, gran orate pou li ka rive kenbe pouvwa politik nan peyi dayiti. Mwen konprnan dinamik chanjman opwen ke mwen te ka espere ke Aristide te ka konprann ke ameriken pat janm chofe ni aplodi pou li monte prezidan e ke genyen strateji pou anpeshe kouteda ni 1991 nan, ni 2004 la. Fok ou konnen monfre pa genyen fo ki enprenab men genyen fo ki mal atake. E pouw atake pou'w genyen jan Aristid tap fe fok ou prepare ni mentalman, psykolojikman ak youn fotitid ki ka few reyalize vre fos ou kote ou pap konfonn popilarite ak fos reyel pou chanjman. Jwet politik kap fet nan mond nan pa pou timoun an bout pantalon kap swete ke le mond genyen bon ke e ke yo pa rive nan pwen pou fe kek movez aksyon kont advese yo. Youn nonm ki pwan pouvwa 2 fwa ki ale pedi tou les deux fois yo nan ekzil monfre dim sa w vle genyen youn bagay li pa aprann. Mwen ka sepleman imajine ke li pa konprann fos ak reyaksyon kont fos, ke li pa konnen ke mond nan tounen oyun kay an vit, tout moun we tout sa wap fe e tout sa wap di, ke aparans plis bluff pa ka toujou prime... E se pa nan jwe ti jwet viktim, blan pa vle we nou, fos apatrid patripoch yo pa vle chanjman se retounen sou tablo a al reetidye sa yo rele dinamik chanjman e koman ou fe politik selon fos reyel ou genyen!

Jodya ou rete chita sou kesyon popilarite toujou. Nan jisjman Jezikri ak Barabas devan Pons Pilat kiles kite pi popile? Jezikri ou byen Barabas? Eske safe Barabas te pi bon ke Jezi? Come on again and again! Please pa fem sam pap few. Non, non li le jodya pou nou tout chita - lavasyen tankou moun ki pat lavasyen - pou gade deye, revizite lsitwa kourant, rantre bsitouri nan maleng nan pou nou
we ki sak pa korek, ki ere kite fet, kijan Ayiti fe pedi fenet opotinite ke Aristid te reprezante pou transfome sosyete a youn fason pou tout moun - tout moun net - genyen chans egal, meye distribisyon riches, plis kreyasyon riches e defans de entere siperye nasyon akote youn leadership eklere. Ki kote nou tout peche kom youn sosyete e koman pou la posterite pa rekomet menm ere yo.

Zafe anbasade kanadyen te di isit lotbo, frekansite anbasade ameriken, deklarasyon reprezantan ti peyi ki pi piti pase zong gwo zotey ap di kont nou se pa yo ki anto se nou! Se nou ki pa genyen karakte necese pou mete sistem adekwa pou kontinye rekreye tout tna youn aparey deta ki pou pwoteje entere nou. Nou toujou nan kafouyaj kote nou vle defini entere peyi a sou baz pesonalite de youn moun sakrosen.
Chak fwa youn moun di nou sa, nou retonbe nan pyej ap jwe viktim nan anko. "politik nan peyi a sou baz prejije" "Nou dwe sispann pran moun ki ap viv nan mizè pou enbesil - ki toujou tonbe anba manipilatè."

Sispann vye lit klas ki baze sou klas anvi sa'a. Sispann pale de mize tankou se bagay ki soti nan syel. Sispann defini mize kom kwa se paske genyen moun ki vole pa lot ki fe enpe moun nan mize. Se aprann koman yo fe lit kont povrete nan youn sosyete, ki rol leta dwe jwe ladan li, e koman li dwe fet kote menm moun ki genyen ap kontan patisipe ladan li! An nou gade bagay yo youn lot fason. Nou eseye metod sa'a deja li pa bay bon rezilta...

Joel lojik ou yo rantre nan repons mwen an tou!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Dim 21 Juin 2009 - 14:26

Men kounye an w ap vin pale de klas anvi.Kimoun ki gen klas anvi?

Pou mwen menm mwen ta renmen yon moun tankou PIERRE LEGER vin milyadè.
Paske lan opinyon m si misye ta vin milyadè ,tout peyi an t ap benefisye ,misye t ap kreye travay e ba moun yo yon salè ki pèmèt yo ka viv.
Bon ou di yon pakèt bagay de Preval ak Aristide;byen ke mwen pa konprann agiman w yo .
Di mwen ki bagay Aristide te fè lè l te prezidan pou l fè tò ak klas posedan.?
Li te touye yo ,li te arete yo?.
Anpil lan mesye sa yo ,genyen ladan yo ki te timoun ,;genyen ladan yo mwen te lekòl ak yo ou byen ki te rete lan katye lakay mwen lan ane 50s yo ak koumansman ane 60s yo.

Tèz ou an se sou zafè pi kapab lan toujou ou fè l chita.
Tèz bann enbesil ki te konn ale etidye an Frans ,yo tounen yo di yo pi kapab e bagay ki pi elemantè an tankou edike pèp lan ;yo refize fè l.
Se tankou BOYER ki te lekòl an Frans,e lè li vin prezidan ,misye fèmen tout lekòl e misye di ke moun pa bezwen konn li pou travay la tè.
M ap pran yon moun Site Solèy ki gen violonte chanjman ki detèmine pou l edike mas ;menm si li pa genyen anpil edikasyon anvan mwen pran de mafrenzen tankou MANIGAT yo ki pa diferan de LATORTUE e nou konnen sa Latortue te remèt lan gad lan.

Mwen sonje ,jis lè m te timoun te gen blag ANTOINE SIMON ki te pèsonifye moun sòt ki pran pouvwa a.

Eske nou konnen ke prezidan ANDREW JOHNSON pa t pase menm yon jou sou ban lekòl e se madanm misye ki te aprann li pliz ou mwen li.
Nou konnen tou HARRY TRUMAN pa t pase lan inivèsite e se tayè misye te ye.

E pou anbasadè BRIAN DEAN CURRAN ,misye te di NEW YORK TIMES ak SALON ke l te jwenn yon akò ak ARISTIDE pou misye te nonmen yon premye minis lan opozisyon ,pou li te evite yon chanbadman .

Aristide te aksepte ,men mesye lan opozisyon yo pa t vle pran priye ,yo te pito koute STANLEY LUCAS ki di yo ke administrasyon BUSH lan te deside an "regime change".
Se te an 2003 wi!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Dim 21 Juin 2009 - 15:46

Ekzkize'm mwen pat ekpsplike sa mwen antann pa "class envy". Se pa selman le ou pa ta renmen moun genyen lajan pou distribye bay lot moun non, men se le nan fason wap kritike moun ki genyen lajan pase w kote ou pa chita sou fason pouw ka rive a jwenn riches men ou pense ke genyen moun ki rich pendan anpil jenerasyon e ou pense ke mank balans sa'a ensupotab pa konsekan olye pou w kreye environman pou ska pa genyen ka rive jwenn chans egal pou yo ka vinn genyen lajan, wap preshe nan diskou politik ak lot priz de pozisyon nan forum tankou sa'a pou ke leta ta mete mashinn li an aksyon pou fe youn nivelman pa le bas. Se antagonism ke moun pov senti pa rapo ak moun ki rich e ke yo ta swete genyen youn revolt, youn sot de represyon ki pou fet pou ka genyen plis balans nan riches ki genyen. Ou anvi pozisyon moun nan, ou anvye sikse moun nan men ou pa pre pou w pwan avantaj de opotinite tankou antreprenarya, tankou travay di, tankou fe komes men ou jis ap swete youn chans legal ou ilegal pou w ta akapare byen ak riches moun ki nan klas sa yo.

Ki diferan ak le ou genyen aspirasyon nomal moun genyen pou vle monte lechel sosyal la e pwan desisyonpou w aplike sa yo rele "delayed gratification" ou pran angajman alelekol, ale nan sant fomasyon, pran aptitid ki ka edew jwenn youn bon travay, konstwi youn biznis, investi nan bagay ki ka mete swa tou pre ou sou menm pye ak moun ki rich. klas anvi se jan de diskou Dokte a te fe le li te di si nou we beton an cho anba pye nou leve tet nou anle gade moun ki rich yo, moun ki rich nan move kondisyon yo, si yo pa vle separe, si yo pa vle investi pou kreye travay,ba yo sa yo merite! Olye li adrese eta neglijans ke leta abandone klas ouvriye a, cheche egal chans a moyens de pwodiksyon yo, tabli youn anvlop sosyal ki ka pemet pi bon redistribisyon, pi bon klima pou fomalize komes, elve konsyans moun ke travay di, edikasyon ak envestisman se sel wout pou soti nan mize e non anvi pwan sak pa pou ou. Se klas anvi a ki vinn ba w anpil malfonksyonman ki nan sosyete lakay nou jodya.

Pa ekzanp, Sans Malice travay di, li jwenn pensyon li, li envesti nan bon jan zouti li ap jwi fri travay li, li mete pitit li nan bon lekol, yap byen mennen, si li ta rive ann Ayiti lap fe youn biznis epi moun ta envye so li, kom si se kado yo fel kado, ou byen se volo li vole lajan li vinn envesti a se pa tap jistis. Si youn moun vle menm jan ak li pouyo ka rive youn le pou yo ka voyaje, mashe ak bel kome sou bel plaj nan Bahamas, etc.. . se pou yo ale lekol, al travay anvan ... Men pitit Sans Malice gendwa pa oblije goumen menm jan ak li paske li te bourike pou pote yo sou do kote yap monte nechel sosyal sou youn nivo ki pi ro ke li le li te komanse.

Menm le youn moun ta vole riches li okomansman depi yo pat kenbe li, li gendwa jwi li san okenn guvenman, okenn pe radote, okenn anvye gran dan pa mobilize moun kont li, ni fose fe aksyon Lame di Sali.... E se edikasyon sa'a mwen pense anpil lavalasyen manke...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Dim 21 Juin 2009 - 16:15

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Jhan106l

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Dim 21 Juin 2009 - 16:36

Ou poko di kisa Aristide te fè kont moun ke w te ka rele klas posedan an ,ann Ayiti.
Konbyen ladan yo ,li te arete ou byen te touye ou byen te nasyonalize byen yo.
Annou sispann ak za fè ki vini "kliche" pou yon bann moun.
Mwen t ap swiv eleksyon prezidansyèl 2000 lan an Dominikani.MEJIA pandan kanpay prezidansyèl lan te gen yon diskou pi a goch ke Aristide.Moye te di li t ap ogmante taks sou moun rich yo si li te vin prezidan,ak lòt bagay konsa.
misye te genyen,ou te wè Lame Dominiken te kapote misye apre eleksyon an

Alòs ,apre okipasyon an ,e se moun lan boujwazi an ki te lan tèt aparèy Leta a ;m ap pale ant 1915 ak 1946 .
Ki sa k te regle ?
Eske w konnen lan epòk sa a te gen mwens ke 15% moun alfabetize lan peyi an.

Lè ameriken yo debake an 1915 ,,yo te mete de men lan tèt .Yo te jwenn ke se mwens ke 6% popilasyon an ki te konn li ak ekri;6%!

Mondye ou mon dyab!

Gen de moun ,ki pa vle okenn chanjman lan peyi an;se tankou sou Divalye yo ,lè yo te mande yo poukisa pa t gen demokrasi lan peyi ;premye bagay yo te reponn sè ke pèp lan te analfabèt .
Si se te sa ki kòz sa ,premye bagay pou yo ta fè se kreye lekòl e montre moun yo li ak ekri.
gen yon lòt bagay,LONI te fè yon "survey" an 1999.Yo te jwenn ke te genyen anviwon 135mil djòb lan sektè fòmèl ;lan sektè prive an se te ant 15 mil ak 20 mil .Tout rès lan se te lan sektè piblik.lan.

Se rezon sa a anpil moun se sektè piblik lan yo vle kontwole!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Lun 22 Juin 2009 - 10:27

Ou poko di kisa Aristide te fè kont moun ke w te ka rele klas posedan an , ann Ayiti. Konbyen ladan yo ,li te arete ou byen te touye ou byen te nasyonalize byen yo. Annou sispann ak za fè ki vini "kliche" pou yon bann moun.

Genle mesaj mwen pa ka pase rive jwenn ou. Mwen pap rantre nan lojik kisa Aristide te fe kont klas posedan nan peyi'a paske youn prezidan pa monte pou li poze aksyon kont tel klas moun an fave tel lot klas moun. Kom mwen divize pesonaj Aristide an plisye pati: pe militan andedan legliz katolik, kandida brid sou kou, prezidan premye vesyon pendan 6 a 7 mwa, konpotman li ak gouvenmann li pendan yo te an ekzil, prezidan pepe boujwa, ki pwan 21 kout kanno nan Washington, ki tounen deye youn vit fimen blinde, ak youn fanm pepe, sekirite pepe, avyon ak elikopte pepe, prezidan kite retounen ak 20,000 solda meriken, lobby meriken, avoka meriken ke menm blan meriken te vinn brote kareman nan peyi'a. Alo fok ou ta dim de kiles nan 4 pesonaj yo wap pale. Psske 2 premye te genyen youn diskou anti boujwa an fave pep san youn plan stratejik sou koman lap rive fe sa, lot yo te tounen boujwa pou tet li ak fanmi e defanse lot gwo boujwa domestik e etranje kite nan peyi'a.

MWen remake ou ap kontinye gade bagay yo nwa e blan toujou. Sel sa mwen mande youn sitwayen ayisien ki lavalasyen fok yo sispann gade akte politik kom des elements statik, fok yo sispann evalye Aristide selman pa rapo a opozisyon li, ak ennmi tradisyonel yo e evalye konpotman pesonaj la menm. MWen toujou di sa e se youn fomasyon mwen te pwopaje le mwen te fe pati de manm konsey sou rezolisyon konfli nan lekol. Depi genyen goumen,diskisyon, dezako, ak lot bagay konsa kote 2 ou plisye group drese oyun kont lot, tout pati yo anto. Kounyea se evalye pousantaj to yo. Ni Aristide ni opozisyon divejans rans kite devan li yo koze des torts graves a peyi'a, tout reyisi san pep la. Aristide tap manje, gaspiye lajan Teleco a pendan li te nan Washinton kote se pa de lobey neg yo ap fe nan otel kote biro yo te ye. Gendefwa se Mezon blanch ki voye moun al mete ola nan mesye yo. Mande yo si w pa kwe'm. An Ayiti neg yo pwan preteks anbago pou piye peyi'a, rantre nan kontreband ak dominiken pou kite pep la nan kras. Aristide byen soti, Cedras byen soti. Ni youn ni lot poko vle rakonte vre istwa sak te pase dapre yo, se teledyol kap fe pwopagann. Kiles ki vinn pi mal? Kondisyon majorite moun vilnerab ki nan peyi'a vinn pi mal. Ou pa ka di se fot intel se pa fot lot la! Alo ou vl edim se restriksyon Lafrik di sid ki fe Aristide, Cedras ak tout lot konpayel yo rete bebe devan kriz ki nan peyi'a? Non monsher tout genyen youn sel met....

Epi le wap fe konparezon ou ka fe swa vle wi men konteks Lula, Chavez, Castro etc... pa rantre nan polikayri Ayiti paske an Ayiti tout neg yo genyen youn sel vizyon pwna pouvwa pou fe lajan, le genyen youn group ki rete deyo yo kouri metamofoze an mouton deye sipo popile pou yo ka rive pwan tou pa yo. Ppou prev kote kontra sosyal la, kote karabann de leswa'a, kote konvejans rans nan, kisa GNB a rapote, kote Aristide ak tout gwo lespwa lavalas ta pral pote yo epoutan nan tou 2 kan yo genyen miltimilyone? Eske ou la ak mwen?

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Mar 23 Juin 2009 - 8:29

Pa vin pale m de lavalasyen,mwen pa lavalasyen;mern pa konn sa sa vle di.

Mwen opine tankou yon nikaragweyen ta ka opine pandan peryòd gè kontra a.Bagay ou di ke mesye yo t ap fè gagòt lan Washington e tout lòt bagay ou di yo ,pa gen anyen de nouvo.
M ap repete l ,ak anpil kòmantatè etranje ;koudeta 2004 pa t bezwen fèt e se yon anbasadè amerike ki se pa t fanatik Aristide ki te di l;se te BRIAN DEAN CURRAN.
Si w poko li deklarasyon misye yo ,ale sou achiv NEW YORK TIMES yo w ap wè deklarasyon misye yo.
Misye te fè anpil lòt deklarasyon konsa lan SALON MAGAZINE.

Epi w ap ka jwenn sou wèb lan ,konferans ke FREDERICK DOU GLASS te pwononse an 1893 sou koudeta ann Ayiti ,lè misye di ke peyi Dayiti pa p fè yon pa kite yon pa nago si bagay koudeta sa a ap kontinye ann Ayiti.
Misye te di sa ,sa genyen preske 120 an de sa.
Misye te souliye ke moun ki t ap bay lòt koudeta yo ,se pa politik moun sa yo ke yo kont ,se yon kou yo bezwen fè sou pouvwa a.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Mar 23 Juin 2009 - 10:01

Joel,

Mwen pa janm di ke ou se lavalasyen men mwen pwente moun ki idantifye kom tel. POu mwen ou se youn ayisien kita renmen konprann pwoblem yo, ou byen frote konpreyansyon ak lot moun nan byen tout ayisien. Mwen sipoze ke ou konnen ke genyen anpil strateji ki ka ede retire peyi a nan kondisyon li ye la, men genyen nan strateji ki te eseye deja ki fe echek nan anpil peyi ak lakay, devwa se ke nou dwe etidye yo, evalye akte yo, konsidere animoszite ennmi tradisyonel peyi'a, e vini ak lot strateji ki ka pote sikse. Zafe pwn pouvwa pou w deklare ke ou pwal atake tout entere pou ameliore lavi youn pati moun selman an pa mashe. Le Kandida Aristide te deklare nan Boys and Girls High School Ke George Bush Papa pat bezwen pe paske li pwal prezidan tout pep la, li pwal rantre diaspora nan jwet la pou yo vinn ede, ayisen gran neg tankou malere pwal bay lamen nan konpreyansyon ak negosyasyon pou peyi a deplase, pou transfomasyon ka rive fet, mwen te di ah antan ke pe katolik li se elev listwa siman li pa tap pwal komet ere de youn seri neg goch ki toujou konn rive pwan pouvwa men nan enpatyans ak deteminasyon pou mete oloj a le rapidman pa janm ka konseve pouvwa. An nou gade kek aksyon ajans sekre la CIA nan mond nan kont youn seri de peyi:

" Parmi les opérations connues :

  • Le renversement du premier ministre Mohammad Mossadegh, en Iran en 1953 via l'opération Ajax.
  • En 1954, au Guatemala, renversement du président Jacobo Arbenz, et mise en place du dictateur Carlos Castillo Armas via l'opération PBSUCCESS.
  • En 1961, dans le cadre de l'opération menée contre Fidel Castro à Cuba,
    entraînement des exilés cubains anti-castristes pour le
    débarquement de la Baie
    des Cochons
    .
  • L'opération Mongoose de 1962 à 1975 (autre opération menée contre Fidel Castro).
  • Au Laos, de 1962 à 1975, organisation d'une armée laotienne, connue sous le nom d'armée secrète.
  • Programme Phoenix durant la guerre du Vietnam.
  • Coup d'état au Cambodge le 18 mars 1970, avec
    l'aide du Maréchal
    Lon Nol, renversement du roi Norodom Sihanouk.
  • Le soutien au coup d'État du 11 septembre 1973 au Chili contre Salvador Allende, puis la participation à l'opération Condor.
  • En 1974, la récupération d'un sous-marin soviétique qui avait coulé près d'Hawaii (Projet Jennifer).
  • La lutte contre l'Union soviétique en Afghanistan dans les années 1980, alliée à l'Inter-Services Intelligence (services secrets pakistanais) et aux services saoudiens, formant des moudjahiddins, entre autres Oussama Ben Laden et ce qui
    deviendra plus tard
    Al-Qaida.
  • Aide à l'Iraq durant la guerre Iran-Irak.
  • L'affaire Iran-Contra, touchant l'Iran et le Nicaragua.
  • En 1989, la CIA, en coordination avec la DGSE et le Secret Intelligence Service, réussit à exfiltrer plusieurs centaines de dissidents politiques chinois visés par la répression après les manifestations de la place Tian'anmen (Opération Yellow Bird ordonnée par George Bush[14]).
  • Depuis les années 1990, elle est soupçonnée de pratiquer l'extraordinary rendition, pratique consistant à enlever une personne et à l'envoyer en secret dans un pays où la torture est pratiquée pour qu'elle y soit interrogée. L'Italie a pour la
    première fois engagé des poursuites en justice contre ces actions en
    2005, [1], suite à l'enlèvement d'un Égyptien à Milan.
Jodya se pa kesyon kisa anbasade Curan te bay paske li fe anpil deklarasyon - genyen youn ki di ke Aristide te signen demisyon ak anpil sajes. Zafe kidnaping nan se ront li tap fe tounen kole. BAgay ke Neptune te repwann nan apre. Jodya, vre kesyon se ki strateji ki ka ede youn gouvenman konpetan mete youn system ki ka pemet ke aysien ka genyen youn standa de vi minimum nan anpil pwen ki ak fe li deside rete viv lakay, aptisipe nan travay devlopman, atire sak deyo ki ak rantre, sak ap ka rantre ka patisipe kan menm e pou etranje ka konsidere pa selman investi nan peyi a men menm adopte li kom peyi dadopsyon. Nou konnen ke zafe fe deklarasyon de ge sna ou pa genyen fos la pa mashe, nou konnen ke demagoji a pa mashe, nou konnen zafe bay pep menti ke ou se nasyonalis pendan wap peyi a pa anba pa mashe, blame game nan over, nou konenn ke restavek etranje selman pa mashe. Alo se ki strateji ki ka mashe? Se la reflesyon ak pense jenes jodya ta dwe chita.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Mar 23 Juin 2009 - 12:27

Pou mete pwen sou "i" yo tankou yo di.Curran pa t fè deklarasyon ke Aristide te siyen demisyon l ,si se sa w vle di.
Yo te gen tan ranplase misye ,anvan evènman 2004 yo ,paske misye te kont ranvèsman Aristide lan.
Misye pa t kwè ke enterè ameriken t ap sèvvi ak ranvèsman sa a e misye te predi twoub ki te vin genyen apre yo.

Bagay ant Aristide ak BUSH lan se te yon bagay ki preske pèsonèl.
Papa Bush te dechouke Aristide e Clinton te vin rechouke l.
Mosye te konn pale de Aristide menm jan ke li te konn pale de Saddam Hussein,se yon bagay li te genyen pou l regle.
Epitou ou rann ou kont ke pwoblèm ranvèsman MOHAMMED MOSSADEGH lan vin kreye pou ameriken yo lan IRAN.Sa k ap pase jodi an lan peyi sa a se yon dirèk konsekans de koudeta 1953.an.

Koudeta lan Gwatemala a menm kont Jacobo Arbenz Guzman ,mete peyi sa a tèt anba..Apre plis ke 50 lanne ,peyi sa a poko fin reprann tèt li;san mwen pa bezwen mansyone gè sivil apre ranvèsman ARBENZ lan ki te dire plis ke 40 lanne e te fè plis ke 250 mil mò.

Se pou noumenm ayisyen sispann ak afè koudeta sa a.Anpil peyi pase pa la ,tankou vwazen nou Dominiken yo.
Yo kòmanse fè pwogrè,lè yo sispann pratik sa a.

Tankou mwen pa renmen jan PREVAL ap dirije peyi an ,men mwen pa ta renmen okenn koudeta fèt kont li non plis.
Se de pi gwo rezon nou kote nou ye an;se koudeta yo e se refize nou toujou refize edike popilasyon an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Mar 23 Juin 2009 - 12:57

Joel,

Mwen pa konnen background ou sou kesyon politik an jeneral e politik peyi aeriken an patikilye. Mwen derefize fe diskisyon kok ak bourik ak ou sou kesyon ki deja koni. Le genyen deklarasyon tankou deklarasyon sa'a
Bagay ant Aristide ak BUSH lan se te yon bagay ki preske pèsonèl. Papa Bush te dechouke Aristide e Clinton te vin rechouke l. Mosye te konn pale de Aristide menm jan ke li te konn pale de Saddam Hussein,se yon bagay li te genyen pou l regle.
sa demontre ke ou manke kek enfomasyon ke mwen pwan plezi pataje ak ou. SOnje se ap opinion men "faits".

Politik etrnaje ameriken pa fet ak emosyon ak santiman pesonel menm si li konn paret konsa deyo. Genyen anpil bank konesans, oganizasyon ki marye ak vre gouvenman leta ki chita pense, reflechi plan daksyon ki nan avantaj ameriken. Jan de plan sa yo genyen plisye pwen, youn gouvenman selon si li demokrat ou repibliken ka chwazi nan pwen sa yo pou yo aplike men yo tout nan avantaj ameriken, yo ka aplike yo nan format diferan men pa fe okenn ilisyon rezilta fok li nan intere intere vital ameriken. Youn prezidan pa ka mobilize aksyon resous ameriken san ke li ap ka demontre koman aksyon sa'a ap avanse intere siperye ameriken!

Nan strikti leta ameriken an nou konnen ke se sel jistis ki nan kou siprem ki lonmen avi men nan strikti gouvenman invisib la genyen anpil moun ki pa ni eli, ni koni ki la prekse avi pou perenize sistem nan. Prezidan ameriken ap genyen denye nimero sekirite isit. Denye fwa mwen te konnen ke te genyen 16 etap de sekrite ak administrasyon Bush Homeland sekirite te revize echlon sa yo. Men prezidan se nimewo 7 li te ye. Savle di prezidna pa vreman genyen akse ak tout sistem ak tout enfrastrikti sekirite ki genyen nan peyi a. Youn prezidan pa ka voye dechouke youn prezidan konsa konsa jan ou pense a.

Sonje le Aristide te fek pwan koudeta an 1991 te genyen youn dokiman yo te dil fok li signen nan Washington li te refize. Bush Papa te di li, li met ale nan tout peyi nan mond nan men la route d'Haiti passe par Washington. Li ale tout kote anyen ap realize se le li signen menm dokiman nan reunion club de Paris ak nan MEzon Blanch sou Clinton lite signen menm dokiman, pwna 21 kout kanon, epi li tounen ak 23 mil soda ameriken. Bagay sa pat fet pou bel figi Aristide, ni paske Clinton te pap bon ke men paske li te bay yo akse a youn seri de resous ke peyi a te beswen. Pwen final...

Le sou Bush li te vinn kle ke msie patap respekte sal te signen an, yo peye youn ekip voyou al pase pa St Domeng al kreye chaos pou vinn cheche li sou preteks se li kite rele nan CNN vinn vit vinn ede mwen... Pat genyen afe pesonel la'a. SI li te pesonel konsa administrasoyn Obama ki genyen Madanm Clinton ak Clinton kap koupe kwaze ta deja ap pale de retou msie an gran ponp. Non, non pa we bagay yo konsa se entere kap pale - se entere kap defann. Mwen voye link yo ba ou se pouw te ka we ere youn seride gouvenman de goch ki ap janm genyen patyans pou defnan entere yo, ki toujou fe evalyasyon fos oy sou popilarite selman, ki pense pouvwa popile selman se fos ki ak kanpe gwo peyi yo defann koz yo. Chavez konprann dinamik nan, li pale fo pou konsomasoyn lokal ak fe chelbe deyo men nan realite a li pa vreman atake entere grann pwisans ki lakay li vreman. Menm bagay la nan anpil gouvenman goch nan Lamerik latinn, yo aprnan de ere yo, yo pi fleksib, yap fe pedal ant entere gwo pwisans yo pa ka batay ak sa oy ka tire pou ede pep yo. E franchman se la mwen ta renmen nou rive e se konjonkti sa Dr. Theodore konprann ki fe li di:" An nou esiye tablo a, an nou bay tout moun chans yo pou korije ere yo fe nan le passe, an nou remete reg jwet ki ap bon pou tout moun, an nou kreye sistem ki ka pemet tou moun defann dwa yo e avanse nan sosyete a, an nou komanse dirije peyi nan negosyasyon, an nou atikile oyun minimum standa pou youn aysien viv e leta dwe ede balans sa fet, an nou sispann jwet balme ak bouk emise a, an nou fe travay ak konpetans se sel garanti pou moun vanse nan sosyete a, an nou kreye prison pou ennmi ak kowonpi aysien tankou etranje, anfen youn lot modus vivendi ktoe nap rekonet fos nou, sa nou ka fe ak sa nou pa ka fe, pou nou negosye soti nou kom peyi ki pi mal nan fas emisfe a". E mwen dako....

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Mer 24 Juin 2009 - 12:30

Non Dilibon,

Sa w di la yo se ,bagay kin kliche lakay anpil ayisyen.Pou yomenm politik ameriken pa evolye.

Wi se te konsa pandan gè frèt lan ,paske te gen yon lènmi ki te deside detwi Etazini;mwen vle pale de blòk sovyetik lan.
mwen pa konnen si w te janm li atik "mr X" te pibliye lan "Foreign Affairs Magazine" an 1948 kote misye te di ke se pou Etazini pou l defèt blok sovyetik lan ,se pou l jwe yon jwèt pwenn fè pa kont blòk sa a;si dapre misye sovyèt yo ap jwe sal ,se pou yo jwe pi sal ke yo.
Dilibon,

Si se pa t pou "Black Caucus" ak notab ameriken nwa yo ,CLINTON pa t ab remete Aristide sou pouvwa a.Se yon bagay klè.
Annou pran yon lèt egzanp,se egzanp AFRIK di SID ,kote Ameriken te genyen de milya dola envesti.
Mwen pa konnen si w konnen tou se CIA ki te devwale bay sèvis sekirite Afrik di Sid yo kote NELSON MANDELA te kache.
Sou gouvènman REAGAN lan ,konsèvatè ameriken yo ,te kontinye ap rele ANC ak MANDELA ,KOMINIS TEWORIS;men gen yon opozisyon ki fòse misye chanje politik.
Bagay sa a pi dramatik ke nen pòt chanjman ki ta kap fèt lan yon politik kont Aristide.
Sa k pi rèd mouvman sa a ak youn alatèt li yo RANDALL ROBINSON ,te fòse Etazini mete yon anbago kont Afrik di Sid ki te fòse gouvènman "apartheid" lan krake.

Ki te m di w ,si AL GORE te genyen eleksyon an 2000;mwen si ke ARISTIDE t ap ann AYITI toujou;pou senp rezon misye pa t kont enterè ameriken!
Sonje byen tou sa Kerrey te di de Aristide ak GNBis yo pandan kanpay elektoral 2004 lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  dilibon Mer 24 Juin 2009 - 14:43

Joel mon fre,

Definitivman mwen ak ou menm pa we bagay yo menm jan. MWen pa konnen si se mwen ki pa we yo byen ou byen si se ou menm, sel sa mwen ka diw fomasyon pa mwen sou kesyon sekirite (mwen pwan anpil semine ak devlopman pwofesyonel ak Homeland Security, mwen konprnan kek bagay sou fomasyonh ak devlopman sevis ransegnman, mwen konprann ke bagay yo pa fet nan emosyon ak nan patisannri jan ke ou dil la. Mwen konprann ke mond nan pa nan kesyon zanmi, fanmi, moralite, dwa zimen ak lot sik ki sou gato a pou kashe vre fas kap diskite se konkirans, konpetisyon kap fet nan mond pou peyi ki deja genyen ejemoni pou kenbe e striktire pi plis aki yo kont peyi ki goumen pou pwan pye sou senn mondyal la. Se youn jwet tout ti vis, mo red depi opa! Peyi bay ed imanite, voye fos pou la pe, volonte pou ede nan grangou ak maladi, fe zev etc... se bel sik ki bay bon nimaj e pemet ke sevis ransegnman genyen opotinite pou jwenn bon jan enfomasyon ak strikti pou defnan entre ke yo konsidere kom vital. Youn peyi san omwen oyun bon sevis de ransegnman tou senpleman pa peyi e pa nan batay kap fet sou pwend vi milite, teknolojik, ekonomik, sosyal, kiltirel e politik kap fet nan mond nan.

Ameriken nan lage fwad la te anfans Inyon Sovyetik tout strateji yo se te efase blok sovyet ap tout moyen: fos reyel, entimidasyon, fos enfomasyon ak tout taktik e lo tbo sete menm bagay la. Li vinn rive ke blok sovyetik esoufle nan kous la, li fe youn rekil stratejik ki vinn kite ameriken kom sel sipepouvwa. Sependan la nait genyen ore de tout vid, fok lamerik genyen youn lenmi san sa lap peri menm jan ak advese li'a. Pa ekzanp Skah Shah pedi fil sa vinn lakoz ke Tabou pedi anpil nan enpotans li! Se dinamik konpetisyon kote opozisyon enpotan pou sivi tou 2 advese yo. Se nomal si ou nan konpetsyon pou w mete plsi fos pou konbat reyaksyon advese a siw vle genyen. PA genyen anyen danomal la non!

"Si se pa t pou "Black Caucus" ak notab ameriken nwa yo, CLINTON pa t ab remete Aristide sou pouvwa a.Se yon bagay klè."

Sak te Black Caucus la? An nou antann nou tande. Repibliken ak demokrat separe mond nan sou ki kote ki pou chak pati yo, li rive ke Ayiti se pwopriete demokrat yo. Ou pa remake ke se sou demokrat ke Ayiti toujou sibi okipasyon? Ki diferans ant demokrat ak repibliken? Ayiti nan pa pot ameriken ou pa pense si Black Caucus ou byen Black Coquins yo te genyen youn enflyans ke Ayiti tap nan eta sa'a. Menm jan Lejip ak Israel ap resevwa 2 billion dola ed pa ane, yo ta fe presyon pou premye repiblik nwa nan le mond, pep kite ede yo pwna endependans rive jwenn mwatye omwen! Neg sa yo pa legim nan soup la tande. Dapre tou 2 se menm bagay youn rele Satan lot la rele Lucifer! Repibliken di'w lap manje'w, li griyen dan li pou li vale; demokrat yo di w li vinn ede w, li renmen w, li pote fle pou ou epi nan mitan fle yo genyen youn ponya ke ou pa we ke li pral sevi pou pike nan do!

"Annou pran yon lèt egzanp,se egzanp AFRIK di SID ,kote Ameriken te genyen de milya dola envesti. Mwen pa konnen si w konnen tou se CIA ki te devwale bay sèvis sekirite Afrik di Sid yo kote NELSON MANDELA te kache."

Epi? Epi? Anyen! Li nomal wi! Si peyi genyen des millards de dollars ki envesti nan youn peyi, fok li defann entere li. SI yo idantifye youn neg ki soti pou fe yo pedi envestisman yo, si yo pa ka eliminen li, yo fe kaptire pou li bay moun repo! Mwen konnen ou pwal rnatre youn seri de konpozant emosyonel ak moral pou w dim se de Mandela map pale. Men menm Mandela konprann jwet, apa li te prezidan li te arive rive konprann konpleksite peyi kap defann entere yo! SI li nan entere yo pou takse msie de teworis yap fel met la! Se oyun kesoyn de entere ki nan mond pa santiman ak patikilarite.

Se sak fe mwen di nou ke nou menm ayisien nou poko pre pou bati e defann youn peyi. Fok nou genyen moun depi nan manmel ki aprann sak entere nasyonal e ki pre a mouri pou defann entere sa yo. Mwen ta swete si ou ta genyen opotinite pou w ta fe rechech sou oyun film kite fe 5 kan an Ayiti kite rele Cruate Impitoyable Autorisee. Pou sistem kapital la kanpe djanm genyen 3 moun chak second ki dwe mouri.... Pa genyen rans nan pawol sa. Nomalman deyo, akle ou pa ka di sa konsa, fok ou abiye defans entere nasyonal ou nan twal volontarya, byenfesnas e latriye! Alo ou pense rafinnri Venezuela ap pral mete Ayiti pa genyen entere lap defann pa anba? PEtorl Venezuela kole ak petrol ki nan lame akote Jacmel si Ayiti ta tonbe rale petrol sa lap pedi plis pito li ta bay petrol a bon pri e menm youn rafinnri ke kite w ale nan sous la!

Black Caucus ak Randall Robinson pat ta ka fe presyon pou chanje dinamik politik ameriken opwen pou yo ta pwan 23000 pitit peyi al mennen Aristid tounen opouvwa san msie apt ofri anyen. KEsyon se kisa li te bay? Madanm Robonson tap fe anpil lajan ak Aristide pendan lite prezidan, pendan li te Washington. Aristide tap peye fim avoka ki konekte ak Black Koken yo, li tap peye yo tou gwo lajan yo te sipote li. Pa dim ou pa konnen ke politik nan Washington se ak kout lajan sa fet selman. LE Jean Claude te prezidan se ak kout lajan li te jwenn ed yo tou!

Genyen rezon ki fe blan ak tout sipote yo te dako chanjman, sete sel fason pou yo te bloke youn revolisyon total ki yo te we nan orizon an. Patat la te kwit olye yo pedi tout yo sevi ak chok abosbe pou kontwole bagay yo. Jiskaprezan nwa nan afrik di sid ap viv menm jan ou pi mal ke sou Apartheid la men kom se nwa ki opouvwa genyen bagay ki pa politikman korek pou pale anba soley la!

"Ki te m di w ,si AL GORE te genyen
eleksyon an 2000;mwen si ke ARISTIDE t ap ann AYITI toujou;pou senp
rezon misye pa t kont enterè ameriken!"

Mwen dementi w tankou chien sou pawol sa. Si Gore te genyen eleksyon 2000 yo, (malgre mwen pa kwe msie te merite genyen anyen vi ke li pat menm ka genyen eta kote li soti'a ak lot rezon anko) Aristide pa tap an Afrik di sid li te ka anba te. SI saw di a te vre depi Obama tounen Aristide tap deja nan peyi'a! Menti mwen di byen fo anko! KErry tap ranse ak je vewon li'a! Kote Kerry? Aristide pa peche kont youn moun non, li peche kont entere ameriken, li peche nan trayi Bondye li, madanm li, pep li, kwayans li, tet li, legliz li e menm peristil vodou li! Aristide genyen reko oyun anti kapitalis ki vinn pired ke denye kapitalis ki ka genyen kote li pense li ka menm genyen nan jwet bakon-ye avadra. Se sak fe jodya tonbou gwo dyol bebe, se sak fe lap pwan doktora nan tout lang zulu ki genyen nan tout deze ki nan kontinan Afrik la! Pinisyon byen merite pou malin ki pense li malin pase tout malin.... Joel an nou repete priye sa ansanm:

Notre prophete qui est en Afrique du Sud, restez la ou vous etes!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Joel Mer 24 Juin 2009 - 17:07

Ann kraze yon kite sa.Tankouw di nou pa wè bagay yo menm jan e sanble nou pa p janm wè menm jan.
M ap repete l si GORE te eli ,Aristide pa t ap ranvèse;ki domaj Aristide te fè a enterè amerken?

Tankou yo di "the past is prologue".
An 1979,te gen yon eleksyon prezidansyèl an Dominikani;Guzman te genyen eleksyon;e Lame dominiken te prepare pou ba misye yon koudeta e se CARTER ki te di Lame sa a ola.
Se ta fasil pou misye ta kite lame an bay Guzman koudeta e ki kote "demokrasi "dominiken an t ap ye si sa te fèt.

Kanta Afrik di Sid ,ou pa ka di ke sitiyasyon nwa yo pi mal ke sou "apartheid".
Dènye fwa m te gade Afrik di Sid te youn lan 30 peyi ki gen PNB pi wo sou planèt lan,li ap balanse ant 24 ak 27;li devan la Bèljik.

Ant 3 peyi ki fòme Alyans stratejik Brezil,Lend ak Afrik di Sid ;se Afrikdi sid ki genyen revni pa tèt pi wo lan 3 sa yo .
Se yon peyi avanse teknolojikman ,ak Inivèsite wot pòte e yo prevwa ki gen dwa rivalize de peyi tankou la Frans lan 15 ou 20 an de sa.
Wi ,sa yo rele "gwo peyi" yo se toujou enterè yo y ap defann,men eske yo lapab kontinye aji menm jan lè La Chine ,Lend ak Brezil kontinye ap pran yon pi gwo moso lan gato an.

Gen anpil peyi ki te konn fè sa yo vle men tou "qui n'ont plus les moyens de leur politique"

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  kakakok Jeu 25 Juin 2009 - 12:45

jafrikayiti a écrit:Nivo decheyans n ap viv jounen jodi a, se konsekans yon seri move konpotman n ap denonse depi kèk ane.

3) Lachte Responsab politik yo: Se sa nou remake jounen jodi a tankou ayè. Lè Jean-Juste pase tout tan sa a nan prizon epi pyès politisyen ki nan kan advès la pa di anyen pou denonse krim Gwo Jera t ap komèt la, sa rann li pi fasil pou wonn vyolans ak revanch lan kontinye. Gen dosye ki pa klè. Men, ka Jean-Juste la, se menm jan ak ka Antoine Izméry a. Se anndan yon legliz, kote tout otorite yo te prezan, yo pran pèsonaj la, rale li, maltrete li epi lage li nan prizon sou baz akizasyon fantezis - bri kouri. Yo te sasinen Izmery lapoula. Kriminèl ki te fè zak sa a, apre anpil efo, lajistis Ayisyen te jije yo epi kondane yo....Gwo Jera lage yo. Okontrè, se Gerard Jean-Juste li fè blayi nan prizon jouk kalite sante li deteryore nan yon pwen ki fatal.



Jafrikayiti
"Pour le pays pour la patrie, qu'il puisse enfin faire bon VIVRE!"

Mwen kakakok chak fwa mwen kapasite yon neg tankou mwen wont we Analiz ou yo yen bel men se tou senpleman yon 1/2 verite...Le mwen we wap pale de Gwo Gera sa te fose mwen al li teks ou a....Se nan mitan mwen we se te de yon sel Gwo Gera ou tap pale....Sa tris ou blye yon lot gwo Gera ki ta fe la pli ak bo tan nan potopwens sou Aristide...sa se selman gate tout objektivite entevansyon ou an....Se sa ki fe ou pa fout pwan w oserye tou.....Se sa ki wap rete , wap mouri yon ti ideyolog TITIDIS...E se ki montre ke yon neg tankou ou chaje pwoblem ak Preval !

Se tristes sila ki lage peyi a kote li ye la a....Antouka mwen genyen yon ti satisfaksyon tou piti le mwen we pa resite betiz Aristide men jan mo pou mo kom kwa se baton ak prizon an ki ba Janjis kanse ki tou ye li ???? BRAVO ! BRAVO ! kontribiyab Ayiseyen pate depanse lajan yo two mal nan peye pou te apwann ou konn li !

Jaf mwen kontinye chaje toupatou kote ou konn pwan pozisyon sou lot moun , lot opozan tankou Paste Leroy , Florival , Brignol , Erick Pierre , Pierre Marie Paquiot , Jan Dominique , lot moun yo konn jete nan pwizon epi jete kle a ou jan m fe okenn okenn ti entevansyon pou sa yo ??Koman moun sa yo pa moun ????????
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja Empty Re: Se pa pou dat lè a rive pou nou aprann fè politik yon lot ja

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum