Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Disque dur SSD CRUCIAL P3 1 To (3D NAND NVMe PCIe M.2)
65.91 €
Voir le deal

NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

Aller en bas

NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO Empty NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

Message  piporiko Mar 11 Aoû 2009 - 18:43

NÒT PWOTESTASYON ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO

FAS AK ARESTASYON ILEGAL KI FÈT SOU:

Patrick JOSEPH ak Guergang BASTIA



Granm bonè nan jounen lendi 10 dawout ki sot pase a komisè an chèf komisarya Delma a, mouche Carl Henry BOUCHER fè dap piyanp sou 2 jèn gason ki te al pote konkou yo bay ouvriyèz ak ouvriye ki t ap manifeste devan pak endistriyèl Sonapi a. Arestasyon ilegal sa komisè Carl Henry BOUCHER
sou jèn sa yo se rezilta klè konplo boujwazi tilolit peze souse a
ansanm ak Preval machann peyi marinen kont pitit pèp la, k ap mande
chak jou pou potanta ki nan tèt leta yo, bay
patwon yo lòd pou peye ouvriyèz ak ouvriye yo 200 goud pou pipiti pou
yon jounen travay. Prezans jèn sa yo nan rasanbleman ouvriyèz ak
ouvriye yo t ap fèt devan pak la pat mete pyès
moun ak byen yo an danje, yo te pasifik, sa ki kapab esplike reyaksyon
ouvriyèz ak ouvriyè yo ki pat pran tan imedyatman aprè arestasyon an
pou pran lari epi revandike liberasyon san kondisyon tou 2 jèn gason sa
yo. Lapolis la ki jounen Jodi a ap fè anpil jefò pou montre lènmi pèp
la yo kòman li prè pou li sèvi eskadwon lanmò nan pwojè machann peyi yo
pat neglije maltrete anba gaz, wòch ak kout baton malerèz ak malere ki
t ap revandike liberasyon 2 jèn yo ak 200 goud jounen travay yo a.


2
jèn sa yo ki se Patrick JOSEPH, manm Komite pou relèvman Divivye (KRD),
yon òganizasyon k ap fè anpil jefò nan zafè eskolarizasyon timoun paran
yo pa gen mwayen nan komin Site Solèy plis lòt kalte pwoblèm moun nan
lokalite sa yo ap viv; lòt jèn gason an se Guerchang BASTIA, ki li menm
ap etidye sosyoloji nan Fakilte syanzimèn nan Inivèsite Leta a epitou
li se manm Asosyasyon inivèsitè ak inivèsitèz Desalinyèn (ASID) ak manm
biwo politik Sèk Gramsci. De (2) òganizasyon k ap feraye anndan
Inivèsite leta a; se 2 jèn militant inosan ki koupab sèlman paske yo
pran pozisyon pou ouvriye ak ouvriyèz boujwa yo ap eksplwate nan izin
soutretans yo. Jan komisè Carl Henry BOUCHER
di li sou plizyè radyo nan kapital la, li arete mesye sa yo san li pa
repwoche yo anyen, yo pat fè pyès zak, men se lòd patwon li yo ba li
pou li fè sa.


Sa vle di aklè komisè Carl Henry BOUCHER pa
fè travay lajistis jan lalwa mande sa, lè li arete 2 jèn gason yo, se
pito lòd potanta nan boujwazi a ak sila yo ki nan tèt leta li aplike.
Sa vle di tou, kontrèman ak sa y ap kleronnen nan radio ak televizyon
tout jounen, lapolis ak lajistis la pou fè volonte boujwa grandon ak
lòt sousè k ap dechèpiye peyi a ak fòs kouraj moun k ap viv ladann. Si
se pa t sa, kisa ki fè jouk jounen Jodi a: RICHA KOLS, SASINE, BAKER, BOULÒS, APED, JERANDAL
ak lòt sousè yo ap sikile lib elibè malgre yon komisyon palmantè
repiblik la denonse yo kòm moun ki nan frod fiskal, izaj de fo plis lòt
zak kriminèl ? Pou kisa komisè gouvènman an pa mete aksyon piblik an
mouvman kont RICHA KOLS ki bat ansanm ak ajan ensekirite li, yon
ouvriye ki te rele Reno ALFRED jis ouvriye sa a mouri?


Sa fè nou konprann se paske Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA se pitit pèp la yo ye ki fè komisè Carl Henry BOUCHER ansanm
ak sibstiti komisè gouvènman an deside fèmen jèn gason sa yo nan mitan
kat mi. Lè menm komisè polis ki fè arestasyon an admèt li pa reproche
jèn yo anyen, sou ki baz komisè gouvènman an pran desizyon fèmen jèn yo
nan penitansye a? Ki donk kounye a pa gen malis kache ankò, sa boujwa sousè yo vle se li lapolis ak lajistis fè.


Devan
eskandal imoralite sa a ki bay anpil moun gwo kè kase, nou ap lanse yon
apèl bay tout òganizasyon pwogresis ki ap batay nan kan pèp la,
òganizasyon fanm kou gason, òganizasyon dwa moun, mouvman peyizan,
etidyan ak lòt òganizasyon jèn, pou nou mete fòs nou ansanm pou nou di
nou pa p tounen nan rejim bout di ankò. Fòk gen moralite, pa dwe gen
zak abitrè ki favorize enpinite epi bay lisans ak koripsyon. 2 jèn yo t
ap manifeste nan lapè, yo pat fè pyès krim, se pou manti sispann
triyonfe nan peyi isit. Tout moun ki kwè nan yon sosyete san enjistis
dwe mobilize pou mande liberasyon Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA, ki se 2 inosan daprè komisè Carl Henry BOUCHER ki di arestasyon sa a se plis yon aksyon politik pase jiridik. Fòk otorite yo libere prese prese tou 2 jèn gason sa yo. Se pou tout moun ki gen moralite nan peyi a toujou mande
pou yo arete Preval ki vann Teleko, APN ak yon bann lòt antrepriz
piblik epi egzije liberasyon san kondisyon 2 jèn gason sa yo ki
kontrèman ak Preval poko tranpe dwèt yo nan sa ki pa kòrèk. Moun ki nan
fo papye yo, ki refize peye taks nan bon timamit jan lalwa mande sa epi
k ap fè fo kaye yo, se yo ki dwe ale nan prizon. Se pa jèn gason ak jèn
fanm k ap revandike pasifikman pou ogmantasyon pri fòs kouraj travayè
ak travayèz yo nan nivo 200 goud la san wete.


Enfòmasyon
nou deja genyen rapòte konplo ak lòt konbinezon k ap manniganse pou
entimide epi bay paran ak zanmi 2 jèn ki nan prizon yo gwo kè kase. Nou
pwofite denonse tout tantativ malonèt otorite rejim Preval-Pyèlwi a ap
fè pou kraze mobilizasyon pou salè minimòm 200 goud la. Tantativ sa yo
pa p fè nou pè, represyon pa janm gen rezon sou pèp nan pyès peyi sou
latè. Zafè k gade moun ki aksepte bat, arete ilegalman epi touye lòt
moun pou fè volonte klas ak otorite ki gen pouvwa, paske se lajistis ki
toujou triyonfe.


ABA ENJISTIS,

VIV LIBERASYON Patrick JOSEPH ak Guerchang BASTIA

VIV 200 GOUD LA POU SALÈ MINIMÒM TRAVAYÈZ AK TRAVAYÈ

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum