Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

+2
Thunder
revelation
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  revelation Jeu 13 Aoû 2009 - 15:31

Editoryal sa ke Haiti en Marche la ekri sou zafe insekirite nan peyi a inkyete nou anpil sou libete yon sitwayen nan peyi'l.

" En vue de renforcer la sécurité au niveau de la commune de Pétion-ville, la Police pratique un contrôle systématique d'identité. Toute personne circulant sans une pièce d'identification sera interpellée. "
En effet, cette banlieue résidentielle de la capitale est devenue un point chaud de la criminalité.
C'est l'un des endroits où est enregistré le plus grand nombre de vols à main armée, d'invasions de domicile et de kidnappings.
La Police de Pétion-ville est sur les dents et a multiplié les efforts et les initiatives pour faire face au défi.
C'est dans ce cadre-là qu'il faut placer la mesure de " contrôle systématique d'identité ".

Se yon tre bonn ide !! Men eske jan Lapolis aplike’l la korekt ??

Si yon jenn gason ap mache nan vwazinaj katye Petion-Ville, si li passé devan yon kay 3 a 4 fwa.
Eske sa vle di ke jenn gason sa gen intention kambryole/kase kay la?

Sipoze ke se yon address ke lap chache ?
Vwazinaj sou bisket, kouri rele la Polis olye keyo mande jenn gason an” puis je vous aider ? Ou byen may I help you ?

Eske dwa konstitisionel e libete jenn gason sa vyole ??

Anpil aktivist kankou nou ap di Wi! Dwa'l vyole.

Men gen lot neg konsevate anraje kap di Non !

Rezon pa yo se ke male pa mal!! Atansyon pa kapou !
Konsevate sa yo gen fanmi yo e byen yo ke yo travay di fe pou yo proteje e yo pare itilize tout mwayen posib !

Tout rezon sa yo valab e nou respekte sa.

Pi gwo kestion an se kijan fe ke Ayiti rive nan yon sitiasyon parey ? Peyi a pat konsa avan?

Ki jan fe ke yon Ayisyen natif natal pakab memm sikile nan yon katye san keyo pa rele la polis pou li???

Sak rive nan katye Petion-Ville la pra’l simaye petet nan tout peyi a ki kap vini yon polis d’Etat.

Gouvenman gen tô, GNBistes gen tô, Lavalas gen tô, Diaspora gen tô, assistans international yo gen tô !!
Gen anpil tô pou ke tout moun jwen!!


Ke se gwo tô ou byen ti tô, tout tô gen inpotans yo nan jwet sa.

Pou nou sa soti nan mera sa, fok chak group rekonnet piblikman tô yo e gen yon plan individuel ou kolektiv pou yo sa repare tô sa yo
olye ke yo ap kontinye lonje dwet e akize lot!

Se yon sitiasion ki grave !
Men avek enpe de konprehansyon e avek le temps, nou kab soti ladan!

Zafe jwet"M'pap kite pou wou!! Se wou ki pou kite pou mwen!!" pa a la mod anko.

Revelasyon

Nou kab finn li rest atik Ayiti an Mach la sou link sa:
http://www.haitienmarche.com/
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Jeu 13 Aoû 2009 - 18:19

Revelation ekri:

Eske dwa konstitisionel e libete jenn gason sa vyole ??

Anpil aktivist kankou nou ap di Wi! Dwa'l vyole.

Men gen lot neg konsevate anraje kap di Non !

Epoutan, nan peyi kote ki respekte dwa moun plis ke tout lòt kote sou latè. Genyen kote ke abitan zòn nan barikade ri yo apre yon lè nan la sware. Si lapolis kwaze ak yon enkoni la, si w pa genyen yon kat ki pwouve idantite w, y ap fouke w.

Dwa yon moun fini kote ke pa lòt lan kòmanse, se pa yon kesyon de konsèvatè oubyen Ti gochis. Se dwa moun nan pou l mache nan lari lib e libè, men se dwa lòt la tou pou l pwoteje fanmi l ak byen prive l.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Jeu 13 Aoû 2009 - 18:31

Si c'est bien appliqué... je vois aucun problème.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  revelation Jeu 13 Aoû 2009 - 21:54

La Polis passe yon "kominike" pou mande "swadizan au hazard" tout moun pies idantifikation yo.

Nou konnen tre byen ke target yo se atake, e farouche malere kap mache nan zonn ki pa pa yo.

Kominike pa yon lwa!!

Donk yon sitwayen pa oblije montre pies d'identite'l si li pa vle e la polis pa gen okenn ka valab pou yo jistifye arestation illegal sa yo.

Yap pesekite nou kay blan e depote nou. Konnyen la, yo soti pou yo fe nou memm bagay la lakay nou

Ala de traka pou malere papa! Ki wout pou yo fe??

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Jeu 13 Aoû 2009 - 22:52

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:25, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  jafrikayiti Ven 14 Aoû 2009 - 0:34

Se la a menm wi pou nou fè diferans ant diskou INITE epi aksyon k ap pase tout bon vre sou teren an.

Mwen pa kache di mwen te konstate bon travay Lapolis la te koumanse fè nan Potoprens - nan jan yo te deplwaye inite mobil nan kwen estratejik vil la, ak motosiklèt. Sa amelyore sekirite daprè temwanyaj anpil moun.

Se vre Petyonvil, se yon pwen estratejik, men li pa sèl pwen estratejik ni non plis pwen ki pi estratejik nan kad sekirite kapital la.

Yon lot koze mwen ta ankouraje moun ki opouvwa yo pran oserye se analiz Patrick Elie ki toujou raple sekirite - se pa yon senp kesyon inite ame k ap sikile toupatou. Si leta travay pou li angaje sosyete a, nan ede li jwenn sekirite li merite a, nou ka jwenn pi bon rezilta. E se pa koze zam, ni brigad vijilans m ap pale laa. Parekzanp, si popilasyon an ta wè Polis ki ap pwoteje li a la pou fèe prevansyon eboulman nan tèt mon (karyè sab) ki danje pandye sou tèt vil la - sitwayen an ka wè li annafè ak yon fos pwoteksyon tout bon vre - se pa represyon ki misyon li.

Gen anpil jenn fanm ak jenn gason ki ta ka koumanse ede bay peyi a (pa senpman potoprens) sekirite li merite - anvan menm yo aprann maipile zam. Men, pou sa rive fèt, fok nou konsevwa "pwoteksyon" an yon jan ki pi modèn, pi laj. Mwens zam, plis patisipasyon sitwayen, Plis PREZANS LETA NAN TOUT PEYI A. Kidonk, lekontrè kanpay pwofilaj sosyal ki tanmen nan Petyonvil la.


Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Ven 14 Aoû 2009 - 9:57

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:25, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  piporiko Ven 14 Aoû 2009 - 10:59

revelation a écrit:La Polis passe yon "kominike" pou mande "swadizan au hazard" tout moun pies idantifikation yo.

Nou konnen tre byen ke target yo se atake, e farouche malere kap mache nan zonn ki pa pa yo.

Kominike pa yon lwa!!

Donk yon sitwayen pa oblije montre pies d'identite'l si li pa vle e la polis pa gen okenn ka valab pou yo jistifye arestation illegal sa yo.

Yap pesekite nou kay blan e depote nou. Konnyen la, yo soti pou yo fe nou memm bagay la lakay nou

Ala de traka pou malere papa! Ki wout pou yo fe??

Revelasyon


KOT OGANIZASYON DWA MOUN YO YE?

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Ven 14 Aoû 2009 - 16:37

Bon!

Mezanmi, kilè ke lespri ti nèg ki swadizan rele tèt yo "ak-ti-vis" ap resi pa bòne ankò? Mantalite sa a fè yo parèt vrèman ridikil.

Alò se yon krim nan yon peyi si leta mande pou tout moun mache ak kat didantite yo? Menm bèf nan savann genyen papye, men poukipa yon kretyen vivan?

Se pa sèl pou sekirite ke sa bon. Gade ki jan ke resèt Leta pral ogmante?

Wou wè valè fijitif ke lapolis ka jwenn san zatann?

Kòman Leta ap fè genyen kontwòl peyi a, si li pa genyen yon Database serye?

Kisa yon pezib sitwayen genyen akache si Lapolis mande l pou idantifye l?

Tonnas!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Rico Ven 14 Aoû 2009 - 18:46

Zanmi Thunder ti nèg byen chita nan Monreyal, Miyami, nan Nouyok ap voye monte se pa de ri mwen ri. Lè yo pa vreman konprann reyalite peyi dAyiti pou lanse vye koze se komsidire se enjistis kap fèt sou malere. Kom se pwoblèm vil Petyonvil kap pale. Annou byen sitiye rejyon sa kote sè m, nyès mwen ak matant ap viv depwi plis 40 lane pou setenn patriach nan fanmy sa


E byen ap eksplozyon demografik tout rejyon monn otou plen ti bidonvil a kote gwo mezon. Ak povrete kap ravaje trip anpil jenn gason ak fanm Petyonvil ap resevwa presyon tout rejyon sayo. A plizye repriz lè mwen ale an vakans rejyon Petyonvil se rejyon ki plis danjere ak presyon bidon vil yo ki antourel e menm bidonvil ki nan Petyonvil . Depi yon bon bout tan se moun ki gen ti fasilite ak kèk grenn pi rich kap sibi aso kidnapè, agresè, volo.

Wap konprann moun ki pa genyen an difikilte tonbe nan krim tou pre teren doperasyon yo pou detwouse sa nou rele ti klas miyo. Genyen Mè Lydi Paran ki ozabwa pa konnen sou ki pye pou li danse. Alos mwen konprann tout seri mezi tankou anpeche bann ti jenn vwayou ki genyen 3 ou menm 4 jenn kap sikile sou moto pou detrouse magazen, kay prive, fè kidnapeng ak latriye.

Mezi sayo pa bay plis sekirite pou yon popilasyon sa vle di menm ti malere machann chyen janbe , ti komès emfomèl,chofè taksi nan Petyonvil ap sibi presyon ti malendren sayo. Alos zafè mande kat idandite se anko yon lot fason pou kontrole bann chenapan sayo. Wou byen di rantre yo nan baz done pou pi byen retrase yo. Alos kote mal si nou imite saki bon ak syantifik pou amelyore e menm rezoud yon pwoblèm kriminalite.

Alos tande sètenn refleksyon se yon disgras pou swadizan gwo konesko, moun ki konprann yon plis entlijan ke sa. Ki koze sa pale rasis, ak zafè klas. Non bann konesko se pa ditou pwoblèm . Mete fokis sou koz ak solisyon yo , mande zanmi politik yo ki sou pouvwa depwi dikdantan amelyore kondisyon sitwayen olye radote.

Kenbe la
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Sam 15 Aoû 2009 - 13:29

Monfrè, sa w di la konplè. Mwen pa genyen anyen pou m ajoute. Yon mezi ki poko menm an aplikasyon vre. Mesye yo gen tan kole etikèt "social profiling" ladann.

Pito lapolis kanpe yon moun 100 fwa pou jounen an tan pou li rankontre 1 fwa nan vi l ak yon sanzave tankou Evens Ti Kouto pa ekzanp.

Jan w di a, moun k ap pale koze sa yo byen chita. E si blan an mande yo pou idantifye yo, se a vo zòd.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  kami Sam 15 Aoû 2009 - 15:15

revelation a écrit:La Polis passe yon "kominike" pou mande "swadizan au hazard" tout moun pies idantifikation yo.

Kominike pa yon lwa!!

Donk yon sitwayen pa oblije montre pies d'identite'l si li pa vle e la polis pa gen okenn ka valab pou yo jistifye arestation illegal sa yo.
Revelasyon

Si gin yon manb ki avoka mwen ta rinmin tande opinyon li.

Isit o zetazini, aktuelman, polis yo mande nimpot moun pou montre ID ou nimpot ki moman.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Sam 15 Aoû 2009 - 17:55

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:26, édité 3 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  piporiko Sam 15 Aoû 2009 - 18:35

Moi, c'est le dimanche soir que je dis bon week-end à mes zanmi.
_________________


Atansyon wi,Madanm lan ap ba wou non wi.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Sam 15 Aoû 2009 - 21:41

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:26, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Dim 16 Aoû 2009 - 8:34

Nou wè mwen toujou genyen rezon ? Lè ke m ap di se twomatism ki lakòz ke yon zo bouke chen arive ap anplwaye tout mwayen pou chache atansyon ke li p at janm jwenn nan lavi mizerab li a.

Antan ke ansyen polisye, mwen konnen ke pafwa gen dwa se pa fòt Lapolis si li sible yon seri de moun. Paske gen de figi yon nonm genyen anyen, menm manman l ap wont di ke se pitit li. Alevwa pou yon polisye ki wè ke figi sa se yon chat mimi myawww ?

Si 100% vòl ki fèt se chat ki fè yo, mwen konvenki ke lapolis fè plis ke 2 tchèk gong sou mawon an. Paske bèt sovaj pa mache sou moun, se nan raje ke sa dwe rete.

Okontrè se fascis ki bezwen tout kalite malfektè, pou ka regle zafè yo pou yo. Se fascis menm ki genyen avantaj pou Ayiti rete konsa. Si Ayiti an sekirite ki jan ke y ap fè di ke "pèp" la ap fè "rezistans" toujou ?

bb...bsil!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Dim 16 Aoû 2009 - 13:36

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:27, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  revelation Lun 17 Aoû 2009 - 10:55

Senate pyi d'Ayiti gennyen pou rele Direkte an chef PNH sou zafe "Commission sécurité et justice" la ki sipoze fet nan semen sa e nou espere ke yo jwen fason e mwayen pou sekirite e jistis pou tout sitwayen nan peyi a.

Thunder di : Antan ke ansyen polisye, mwen konnen ke pafwa gen dwa se pa fòt Lapolis si li sible yon seri de moun.

Sa pa etonne nou ke Thunder etan yon ansyen polisye fe yon remak konsa.
Zafe di ke se pa fot Lapolis la pa chita sou anyen paske tout aktivite Lapolis toujou planifye.

Si yo sible yon seri de moun jan w di a se ke an patan yo te gen yon target, yon group de viktim byen determine.
Nou pa kon sevi ak zam se vre men nou konnen le yo sible nou.

Thunder di : Paske gen de figi yon nonm genyen anyen, menm manman l ap wont di ke se pitit li. Alevwa pou yon polisye ki wè ke figi sa se yon chat mimi myawww ?


Thunder, w se yon ansyen polisye se vre e w kap yon bel gason byen kanpe tou, men se pa yon rezon pou gade sou figi yon malere pou di ke yo se chat mimi myawwww.
You do not judge a book by its cover !
Sa rele pre-judis e pro-filing.

Gen neg led ki dokte, engenye, avoka, bizisman etc… Yo pa oblije mimi myawww poutet sa.
Bondye sel konnen konbyen inosan ke w arete nan karryer polisye w paske yo led e sanble ak mimi mayawww.

Se sak fe ke nou bezwen pale e diskite avek moun kankou Deza, Dillibon, Thunder, Kami, tout ansyen mesye sa yo ki te o pouvwa pou yo vinn pataje experyans yo avek nou e pou nou sa konstate erre de jigman ke yo komet a traver karryer yo.

Lapolis ak milite toujou chwazi neg ak famm ki byen kanpe e bel gason pou reprezante fos la jan Thunder di a, sepandan, yo pa jamb pran tan pou checke moun avek karakte, sansibilite, e tolerans rookies sa yo anver klass sivil la.

Nou pa gen problem pou malere idantifye tet yo an plizye fwa le yo ap mache nan katye gran neg.
Sepandan, jan anpil lot kamarad kankou Lent=slow, Rico, Jaf, Piporiko etc.. remake gen yon zafe demografik deye koze sekirite e jistis sa. Malere pa gen plas pou yo sikile anko san ke yo pa anmegde e guyonnen yo tout kote ke yo passe


Sa ke yo pa di nou se ke Gran neg bezwen bel terrain pou bati belchato Petion-Ville sou tet morne kalver pou yo sa gen belvue ak panorama. Donk yap farouche e intimide malere pou yo vand terrain yo ak yon prix derizwa e pousse yo plis nan fon ravinn al konstwi kay pou dlo brote yo, ou byen pran ti krass lajan sa poul yo al pran bato e wout lanme pou Florida ou byen Dominikani.

Le Haiti-en Marche fe yon editorial konsa, fok nou ale pli louyen e o dela de sa yo we a ke sekirite e injistis.
Popilation an ak ogmante, terrain ak kay ap vinn pli che, bel gason polis byen kanpe ap arrete malere sou pretex ke yo led e yo se mimi myaww.

Donk Senate yo gen yon gwo travay pou yo fe pa selman sou zafe « kominike sekirite e jistis sa » ki se yon fassad pou yo sa distitue malere yo de byen ke yo gennyen.
Men sou sa ke Thunder kom ansyen polisye di a ki se yon observasyon ki tre grav.

Tigout pa tigout, Lapolis vinn tounnen yon klass privilejye konnyen a nan peyi a e fok Senate yo kestyone motif yo e aksyon ke yo ap komet sou rest popilation.
Lapolis konnen ki yes ki peye yo chak kenzenn e yo konnen pou ki yes ke yo ap travay.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Mar 18 Aoû 2009 - 1:01

Revelation,

Anvan pou kouri ogalo pou vin fè diskou ki pa genyen rapò ak sa ki ap pase tout bon la a. Se pou w manyè li tout pòs resan yo. Se 2 bagay:

Se oubyen wou pa konnen sa k ap fèt la. Konsa, m ap repete l li ankò, se al li pou w konprann.

Se oubyen se pati pri ke w ap vinn pran. Si se sa, fòk mwen di w pou pa rantre nan won san baton, paske wonn sa a p ap bon pou wou. Cool
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Mar 18 Aoû 2009 - 2:14

Mesye ze Dam,

Pinga nou di ke mwen renmen sa non. Men, sanble ke maladi a sou wout pou l gaya. Alò, mwen p ap dekouraje. Maladi a nan yon etap kote se plis efè segondè medikaman Lokotonòl Kownòl ke l ap andire la a. Li sòti de yon vi mizerab kote li panse ke menm chyen grangou p ap kole dan sou li. Kounyea li genyen foli grandè, tou lè zè, li konprann li popilè, ti lèlè, poponè, èèèèè, ...hèèm!

Wouy! ... m tande se siperyè sou tout pwen de Vue? Kòm mwen tande se yon atis plen pis k ap fè jeux de mo. V sa a vle di Vòlè, Vanipye, Voryen, Vagabon, Vomisman (li ka chyen, si nou vle), Vilipandè, Visye, ... Vè de tè èèè!

Mezanmi! Se yon sèl bagay ki nan tèt chat la, se "dig". Mwen pa yon "dig-è", Sitou pou kote ke w ta renmen pou m ta "dig wou" pou m ta jwenn shit la, Konbyen fwa pou m di w sa? Petite ratyèfè èèè!

Anplis li p ap chwazi yon lòt non apa de Enspektè Gadget paske enspektè sa a chache ak jwèt ki ka fè tout sa ki konn grese a lanvè yo pete pwèt! ...Pwèt èèè!

Wou pa kreyòl pase m, pou m ta ap pran jouman anba bèk wou? ...Petite figi batwèl! ...Lapolis fenk kòmanse fè chat mawon 2 pye sa a manje tè èèè!

Il était une Bèjè èèè ♫♫♪...♫♫♪
e won e won pitit Carl Ambè ♫♫♪...♫♫♪
Il était une Bèjè èèè ♫♫♪
Al bat yon laponpon parrr dèryè èèè ♫♫♪...♫♫♪
...

Pou yon bèt genyen yon figi ke menm manman l wont di ke se pitit li ? Men, kèl bb...bègwè èèè! affraid
...
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Invité Mar 18 Aoû 2009 - 9:20

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 12:27, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Mer 19 Aoû 2009 - 1:54

Ki bon jan definisyon yon salòp ?
Se yon chat ki renmen souse lolipòp
Ki renmen panse ak "dig" twòp.

Kounye a, an nou chache rasinn mo Salòp la.

Salòp, salo-pis, salo-pat.

Kiyès ki genyen pis ak pat ? ...bon elèv! ...repete ankò:

Se chat 2 pat ki genyen ti non jwèt Titalbè Slow
Ki genyen yon figi yon vye defans Volvo
Ki wouye e ki kolboso.

Nanpren Salo-pat ki pa renmen Gadget
Yo ta renmen Enspektè a mete yo sou yon 4 pikèt
Paske mouche chaje ak tout kalite jwèt
Ki fè tout madodo ki menm sanble ak chouwèt
mete 2 men bò bounda epi rele: kèèèèèt!

Genyen rezon pou yon chat 2 pat pa vle wè yon policeman. Paske yon policeman ka idantifye yon Chat Mimi Myaww lè li wè youn. Kit se nan Petyonvil kit se O Kanada.

Depi w wè lapolis, se bat zèl.
Espès de bb...bètèl affraid !
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  piporiko Mer 19 Aoû 2009 - 10:06

Thunder a écrit:Ki bon jan definisyon yon salòp ?
Se yon chat ki renmen souse lolipòp
Ki renmen panse ak "dig" twòp.

Kounye a, an nou chache rasinn mo Salòp la.

Salòp, salo-pis, salo-pat.

Kiyès ki genyen pis ak pat ? ...bon elèv! ...repete ankò:

Se chat 2 pat ki genyen ti non jwèt Titalbè Slow
Ki genyen yon figi yon vye defans Volvo
Ki wouye e ki kolboso.

Nanpren Salo-pat ki pa renmen Gadget
Yo ta renmen Enspektè a mete yo sou yon 4 pikèt
Paske mouche chaje ak tout kalite jwèt
Ki fè tout madodo ki menm sanble ak chouwèt
mete 2 men bò bounda epi rele: kèèèèèt!

Genyen rezon pou yon chat 2 pat pa vle wè yon policeman. Paske yon policeman ka idantifye yon Chat Mimi Myaww lè li wè youn. Kit se nan Petyonvil kit se O Kanada.

Depi w wè lapolis, se bat zèl.
Espès de bb...bètèl affraid !


Ou te ka yon vesifikate,men ou pa pa yon bon powet.Fok ou travay anpil avan w ta sanble de tre lwennnnnnn ak georges castera.

piporiko
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4753
Age : 53
Localisation : USA
Opinion politique : Homme de gauche,anti-imperialiste....
Loisirs : MUSIC MOVIES BOOKS
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'impulsif

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  kami Mer 19 Aoû 2009 - 22:28

piporiko a écrit:Atansyon wi,Madanm lan ap ba wou non wi.
LOL... Ou santi ou fyer sa-w di, Kami ba-w non.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Thunder Jeu 20 Aoû 2009 - 3:06

Ou te ka yon vesifikate,men ou pa pa yon bon powet.Fok ou travay anpil avan w ta sanble de tre lwennnnnnn ak georges castera.

Pip la,

Wou pa bezwen vini sèvi kòm koupyè
Mwen pa bezwen ni powèt, ni vèsifikatè
Kontrèman ak sa chat la vle, mwen pa yon digè
Mwen jis awoze l paske li genyen foli awozè

Wouy! Kwizinn nan cho ak chalè
Tout sa ki genyen pat, se vole gagè
Se yon lòt topik pou li kouri ouvè
Paske li konnen ke Thunder vle di Tonnè.

Nou se yon pèp ki wè klè
An Ayiti, chat vle di malfektè.
Lè yo pa tounen soup pou tafyatè
Menm Lapolis fè yo manje tè.

Mwen tande li se yon atis-pis woulibè
Kanmenm, li genyen pou l kite ratyèfè
Sans Malice ri ak djòl li tout lajè.
Paske li jwenn jistis li kont yon atoufè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application Empty Re: Haïti Lutte Contre l’Insécurité: Bonne Idée, Mais Mauvaise Application

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum