Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-17%
Le deal à ne pas rater :
Casque de réalité virtuelle Meta Quest 2 128 Go Blanc (+29,99€ ...
249.99 € 299.99 €
Voir le deal

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

+2
Joel
Sasaye
6 participants

Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Sasaye Sam 20 Mar 2010 - 17:30

Ma p rekonèt ke premyeminis Jan Mak Belriv se yon lidè ki konpetan, atikile, modèn ki kapab koresponn egal a egal avèk nenpòt ki lidè lan kominote entènasyonal la.

Mwen remake ke se premye premyeminis ayisyen ki kanpe avèk tèt li wo epi vwa l byen klè pou li defann kòz Ayiti.

Lè yon moun konsidere pwen sayo, li ta parèt evidan e nòmal ke misye ta lan premye ran pou l ta vinn yon lidè nasyonal.

Mwen kwè ke si Belriv ta demisyone pandan kanpay elektoral ki pral vini an epi li poze kandidati l lan prezidansyel la, misye tap pase e vin pwochen prezidan Dayiti.

Lè m wè anonsman ke lan dènye reyinyon lan Sendomeng lan, yo deziye Belriv ak Klintonn pou dirije komite rekonstriksyon, mwen kwè ke yo mare pye l pou anpeche l vinn prezidan.

Sa fè m sonje ke Fiyole te devan bann nan lan eleksyon 1957 lan epi senate yo pwopoze pou mete l prezidan pwovizwa. Misye te fè erè aksepte paske li pa t wè se yon pièj ke yo ta p pare pou li.

Apre 2 semen yo fout li yon koudeta epi yo voye l Nouyòk e an menm tan retire misye sou sènn politik la.

En nòm avèti an vo 2.
Se pou nou veye paske nèg destabilizate yo ap bat kò yo jan yo konnen pou nou retounen lan 2004 ankò.
Yo deja ap bat bravo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Joel Sam 20 Mar 2010 - 20:51

Wi Sasaye ,se bagay pou fè w ri ,lè de moun tankou madan MANIGAT ap rele BELLERIVE enkonpetan.
Se ta tankou madanm lan limenm ta konpetan?
Adye widan!
kisa madan m lan janm fè pou ta di l konpetan;mwen kwè se dyOL pwenti limenm ak mari l konn fè.
Apremidi an ,mwen tande madanm lan k ap pale ,l ap mande pou gouvènman an rache manyOk li.

M ap di madanm lan ,gen yon gwo kriz ann AYITI aktyèlman,ki sa l fè?
Eske se pale sèlman li konn pale menm jan ak mari l pou di l konnen.
Fèmen dyOl ou madanm ,pwouve ke ou ka itil paske prezidans lan se pa byen manman w ak papa w te kite pou ou.

Sispann aji an MANIGAT menm si se pa alyans ou vin yon MANIGAT ,sispann aji an poutchis etènèl

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  revelation Sam 20 Mar 2010 - 22:09

Sasaye di: Sa fè m sonje ke Fiyole te devan bann nan lan eleksyon 1957 lan epi senate yo pwopoze pou mete l prezidan pwovizwa.
Sonje kisa Sasaye?
Wou pot ko memm fet ou byen wou te tibebe nan kouchet wou ap pale de sonje zafe politik 1957? Le se pawol anba bouch granmoun ke wou tande e ranmase, yo rele sa listwa, tire kont, krikkrak!

Sasaye di:Misye te fè erè aksepte paske li pat wè se yon pièj ke yo ta p pare pou li.
Tout bagay ke yon moun pa we e fe'l ak tout bonn volonte'l se yon piej si li pa reyisi? Si'l te reyisi li patap yon piej anko e nou pata jamb konnen si sete yon piej.

An politik, tout politisyen fet pou gen plizye plan ak cart de route planA, plan B e memm plan C.
Fok Bellerive jwe jwet li byen e fok li mete nan tet li ke li fe parti de yon gouvenman sortant.
Fok li pa kontinye reve, fok li konnen ke li gen yon pye andedan yon lot pye deho. An Fevrye 2011 nan konnen, petet avan sa..
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Sasaye Sam 20 Mar 2010 - 22:29

Revelasyon pa pale sa w pa konnen.

Alò lè w ap pale de Tousen ak Desalin ou te la?
Oubyen eske w bezwen la pou w apran Istwa Dayiti?

Te toujou gen destabilizatè an Ayiti.

Pèp la te kanpe devan Palman an ap rele viv Fiyole epi yo ta p mande pou "Konsey ekzekitif de Gouvenman an" degèpi.
Senatè yo reyini e yo soti devan palman an yo di:
Eh byen se pou bay pèp lan sa li ap mande a.
Yo te konnen trè byen ke si yon moun prezidan pwovizwa pou oganize eleksyon, ou pa kapab kandida ankò.

Pwoblèm nan se ke Fiyole te di fòk li fè yon kout prezidan lan vi li anvan l mouri.
Senatè yo avèk Emil Senlo lan tèt yo te konnen tou ke Fiyole pa t ap kapab reziste tantasyon saa.

Si nou gade byen, se menm taktik yo ki la toujou. Yo ta kapab fè Aristid menm bagay la.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Marc H Sam 20 Mar 2010 - 22:39

Bellerive se sel neg ki konn sa yo rele leta ayisien sou toutt fom li lan moman nap pale la. Il n'a que 52 ans et il a une longue expérience comme fonctionnaire d'état. Manigat ak Madan sont plus agés que Bellrive mais je peux vous assurer que le Premier ministre Bellerive genyen plis experians de travail ke 2 moun sayo.

Epi lorsque je vous disais lors de mon voyage en Haiti en 2007 que Bellerive avait la cote dans le monde diplomatique lan . se pa rans non.


Sasaye

Ne vous en faites pas pour Bellerive , il est jeune et il sera président dans 5 ans. En attendant , laissons cette place à Alexis.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Joel Dim 21 Mar 2010 - 8:35

Sasaye a écrit:Revelasyon pa pale sa w pa konnen.

Alò lè w ap pale de Tousen ak Desalin ou te la?
Oubyen eske w bezwen la pou w apran Istwa Dayiti?

Te toujou gen destabilizatè an Ayiti.

Pèp la te kanpe devan Palman an ap rele viv Fiyole epi yo ta p mande pou "Konsey ekzekitif de Gouvenman an" degèpi.
Senatè yo reyini e yo soti devan palman an yo di:
Eh byen se pou bay pèp lan sa li ap mande a.
Yo te konnen trè byen ke si yon moun prezidan pwovizwa pou oganize eleksyon, ou pa kapab kandida ankò.

Pwoblèm nan se ke Fiyole te di fòk li fè yon kout prezidan lan vi li anvan l mouri.
Senatè yo avèk Emil Senlo lan tèt yo te konnen tou ke Fiyole pa t ap kapab reziste tantasyon saa.

Si nou gade byen, se menm taktik yo ki la toujou. Yo ta kapab fè Aristid menm bagay la.

Sasaye
sa w di an se sa ,mwen sonje FIYOLE trè byen .Mwen sonje misye lan jip DKW li an. Fiyole se te bon zanmi de nèg ke mwen te konnen ,ki te rete tou pre lakay mwen .Youn ki te rele Pyè ki vivan toujou (lan 90s li) ke misye te mete sousekretè deta e yon lOt (ki mouri) ke misye te nonmen majistra Petyonvil pandan peryod gouvènman pwovizwa a ,ki te rele FEFE.Se te frè mesye sa yo te ye.
Se te Divalye ki te pi cho pou fè Fiyole vin prezidan pwovizwa paske se sèl jan pou yo te debarase yo de li.Si eleksyon te fèt e Fiyole te kandida lanpren jan pou yo te vOLO eleksyon an lan men li.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  ed428 Dim 21 Mar 2010 - 9:52

Mezanmi woooooooooo, epa gen anpil moun toujou ki kwe lan neg kap pran poz gran panpan yo!!!! Eske nou te ka di nou kisa Mr. Belriv fe depi tout tan sa yo li pase lan gouvenman yo? Wi se vre li gen bel aparans, men kisa l fe deja jiska pou pep la ta vote l prezidan? Pale bel franse, fe kom si w ka kanpe douvan blan, alo se sak fe yon moun konpetan? Nou swete lan pwochen eleksyon ki gen pou fet yo kandida yo pral fe deba. Medya a ak popilasyon an pral pase yo lan paswa poun ka tande kisa yo gen lan dyakout yo, ki plan yo genyen pou rebati peyi a? Kisa yo akonpli deja pou pep la ta voye yo al chita sou chez boure a? Nou kwe se pou moun sa yo ta demisyone alawonnbade si yo te gen nen lan figi yo, enkli tout senate, tout depite, ak tout minis yo defason pou peyi a ta rekomanse tou nef. Le PM sa a we kouman yo te imilye predesese l. kouman yo te sevi ak li lefini pou misyel aksepte pran pos sa a, nou kwe se entere l pesonel li te vinn defann.

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Joel Dim 21 Mar 2010 - 11:11

Non Ed,se pa pase de nèg lan paswa.Se pou moun lan montre sa l te fè deja.Se lan bagay sa a nou bay politisyen tankou MANIGAT yo enpotans konsa.Se pa chita vin fè dyOL pwenti.
Bellerive ka genyen 1 an ou plis pou l montre konpetans li,se sou sa y ap jije l;mwen pa bezwen konnen lan ki lekOl li te ale,sa pa vle di anpil bagay.
Edikasyon an se jis yon zouti;LULA ak EVO MORALES pa" edike",gade ki sa y ap akonpli!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Thunder Lun 22 Mar 2010 - 14:24

Tomat vèt! ...ki lè ke nou va sispann ak vye demagoji sa yo? Kilè nou va sispann pase pèp la nan betiz? Nou toujou ap kriye ke edikasyon pa enpòtan, "analfabèt pa bèt", elatriye... Men nou toujou mete pitit nou nan pi gran lekòl ki genyen nan milye nou, lè nou kouri al kache, nou pran tan pou nou pran doktora pou yo ka rele nou "doktè entèl". Fanm nou pran pou madanm toujou genyen "top" edikasyon. Men malgre sa, nou kontinye ap minimize wòl ke edikasyon jwe nan lavi yon moun.

Mezanmi, san oken prejije, de ki fason ke yon moun ki paka jere yon bank bòlèt pral ka negosye biznis nan nivo entènasyonal nan tan modèn sa a?

Wi! ...edikasyon pa vle di konpetans, men ekwasyon konplè a se:

Yon moun edike gen dwa pa konpetan, men yon moun konpetan ap edike. Byen antandi, m ap pale pou tan modèn ke n ap viv lan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Joel Lun 22 Mar 2010 - 15:07

Thunder,
Kouman ou eksplike w LULA ,ki prezidan peyi ki deja youn lan 10 pi gwo pwisans ekonomik sou tè an?

Edikasyon enpOtan ,men edikasyon pa ase.
Seryezman,ou ta gen dwa pran RENE CIVIL ,ou fè l kouri kont madan MANIGAT e an rezilta ,li fè yon pi bon prezidan ke madan MANIGAT.
Li gen dwa detèmine ke se pou l kreye lekOl pou popilasyon e madan MANIGAT menm se dyOl pwenti l ap fè.

moun ki bezwen dirije peyi an ,se montre sa yo fè deja ,se pa plede ap fè "analiz gramatikal e lojik" tankou pawOl lan di l!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Thunder Mer 24 Mar 2010 - 0:41

Atansyon Joel! Lula se pa yon Rene Civil ki te konn jere sèlman gwoup gang tankou Jan l Pase l Pase (JPP). Lula te okipe plizyè gwo pòs tankou prezidan gwo inyon travayè. Li petèt pa genyen anpil plòm nan edikasyon fòmèl, men li chaje ak plòm nan lekòl lavi. Misye te pi byen pare pou l Prezidan ke yon nònm tankou Aristide oubyen Preval malgre ke mesye sa yo ka genyen plis plòm lekòl pase l. E anplis, mwen si e sèten ke misye antoure tèt li ak moun konpetan pou ede li.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Joel Mer 24 Mar 2010 - 8:20

Annou serye THUNDER.De moun tankou LULA ou byen EVO MORALES ,moun ki panse tankou w yo ,nou ta p janm kite mesye sa yo vin prezidan?

Nou ta p tèlman ridikilize mesye sa yo ,rele yo analfabèt;yo pa t ap menm oze menm!

Mwen sonje ke jis lan anne 50s yo,mwen te konn tande blag ANTWAN SIMON,paske yo te di misye se analfabèt.
Etazini te gen prezidan analfabèt tou;se te ANDREW JOHNSON .Se te ANDREW JOHNSON ,prezidan ki te siksede ABRAHAM LINCOLN;pa gen blag ki te fèt sou misye.
Se madanm misye ki te aprann li ak ekri,e malman.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Thunder Jeu 25 Mar 2010 - 0:41

Joel a écrit:Annou serye THUNDER.De moun tankou LULA ou byen EVO MORALES ,moun ki panse tankou w yo ,nou ta p janm kite mesye sa yo vin prezidan?

Nou ta p tèlman ridikilize mesye sa yo ,rele yo analfabèt;yo pa t ap menm oze menm!

Mwen sonje ke jis lan anne 50s yo,mwen te konn tande blag ANTWAN SIMON,paske yo te di misye se analfabèt.
Etazini te gen prezidan analfabèt tou;se te ANDREW JOHNSON .Se te ANDREW JOHNSON ,prezidan ki te siksede ABRAHAM LINCOLN;pa gen blag ki te fèt sou misye.
Se madanm misye ki te aprann li ak ekri,e malman.

Moun ki p ap kite mesye sa yo prezidan poutèt edikasyon yo pa panse menm jan ak mwen. Si mwen te panse konsa, fòk mwen ta pi gran fanatik Aristide, paske kounyea li genyen doktora menm jan ak Manigat Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Icon_wink . Mwen pa jije moun sou edikasyon ni orijin yo, mwen jije zak yo. Problèm mwen ka genyen ak yon politisyen se jan de politik ke l mennen, men se pa poutèt edikasyon l. Si mwen pran ekzanp Rene Civil, se pa poutèt li p at rive lwen lekòl, s paske li se chèf gang JPP kifè ke yon nonm konsa ta dwe yon prizonye olye de prezidan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé Empty Re: Yo sanble bay Bellerive yon kout Fignolé

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum