Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

IRI ANN AYITI (YON DOSYE COHA)

Aller en bas

IRI ANN AYITI (YON DOSYE COHA) Empty IRI ANN AYITI (YON DOSYE COHA)

Message  Joel Jeu 13 Mai 2010 - 14:53

http://www.coha.org/a-hidden-agenda-john-mccain-and-the-iri/

IRI ki te fonde an 1983 di sou ""website"" li an kouman li ""plante semans demokratik"" lan Amerik Latin.Anpil semans sa yo te plante lè JOHN MC CAIN te alatèt IRI.Prensipal pwojè IRI ann AYITI se te ranvèsman prezidan ki te eli demokratikman JEAN BERTRAND ARISTIDE an 2004.
Yon ansyen pè katolik.ARISTIDE te rive sou pouvwa a apre disparisyon diktati grenn kraze DIVALYE yo.ARISTIDE te popilè anpil lan mitan mas pòv e oprese yo.
Yo te ranvèse ARISTIDE an 1991(ranvèsman sa a te fèt ,sipozeman ,ak apwi finansye administrasyon papa BUSH lan.
ARISTIDE te tounen sou pouvwa a ak èd administrassyon CLINTON lan.ARISTIDE te reyeli lan yon radmare an 2000,men yo te kapote l ankò lan yon lòt koudeta an 2004.
Lan lanne anvan ranvèsman ARISTIDE an 2004 lan;IRI te òganize plizyè klinik politik pou lidè ayisyen an Dominikani ak Miyami.
Byen ke IRI te di ke li pa t fè diskriminasyon ,e ke li te bay tout gwoup lajan san distenksyon politik;lè nou al fè ankèt ,nou jwenn ke gwoup IRI te bay lajan yo ,se sila ki te kont ARISTIDE yo;tankou moun lan elit biznis,ansyen militè ak gwoup paramilitè.
IRI lage lajan tousou yon lòt gwoup ki te lan rezistans kont ARISTIDE yo;moun ki te benefisye de pratik sa yo se te gwoup lan opozisyon an ki te rele KONVÈJANS DEMOKRATIK;se te yon gwoup ki te divize anvan men ki vin ini tèt yo pou yo opoze ARISTIDE.

STANLEY LUCAS ki te alatèt operasyon IRI YO ann AYITI,se te achitèk lan kreye gwoup ki rele KONVÈJANS DEMOKRATIK,e pa konsekan ,lan ranvèsman ARISTIDE lan.
MOTHER JONES MAGAZINE dekri LUCAS tankou eritye lan yon fanmi ""pwisan"" ki te gen makònaj ak diktati DUVALYE yo,ak rejim militè yo.Gwoup sa yo .se te yon gwo pati lan koudeta 2004 lan.
LUCAS te gen 2 kouzen ki te repite ke yo te gen enplikasyon lan òganizasyon masak 250 peyizan ki t ap mande refòm agrè.
Jounalis MAX BLUMENTHAL di ke li gen yon sous pwòch LUCAS `ki di li wè dokiman ki pwouve ke pandan LUCAS t ap travay ofisyèlman pou IRI,misye te sou pewòl MICHEL FRANÇOIS.
Se yon bagay dwòl ke yon òganizasyon tankou IRI ki di l ap voye demokrasi monte genyen kòm youn lan lidè pwogram li yo,yon moun ki ap sape yon gouvènman eli demokratikman.
Sa LUCAS t ap f è an,lan èd li t ap bay gwoup lan opozisyon yo;se te kontrè ak sa gouvènman ameriken t ap pwone ,lè li t ap di l ap voye demokrasi monte.
Gen anpil evidans ke LUCAS ,se sape li t ap sape demokrasi an.

Anbasadè Ameriken an BRIAN DEAN CURRAN dekouvri ke LUCAS t ap ankouraje mesye KONVÈJANS DEMOKRATIK yo ,pou yo pa negosye ak ARISTIDE;negosyasyon ki te ka ede rezoud konfli politik ki te ekziste ant yo ak ARISTIDE;e poutèt sa sa vin kondwi lan koudeta 2004 lan.
Lè CURRAN reyalize sa LUCAS t ap fè;li rapòte misye bay USAID.CURRAN sezi te wè se yon sispansyon 4 mwa sèlman yo te bay LUCAS.
Lè LUCAS tounen li rekòmanse fè menm bagay yo.
Lè koudeta a fèt,WASHINGTON pa leve yon dwèt pou l pwoteje demokrasi an;li pito mete presyon sou ARISTIDE pou l kite peyi an.
Alòs yon prezidan ki te eli 2 fwa demokratikman,te kapote ak èd IRI.
Aktivite IRI ann AYITI yo mete yon ombr(shadow) sou politik etranjè ETAZINI lan tout Amerik Latin lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum