Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -29%
PC portable Gamer ERAZER DEPUTY P60 – ...
Voir le deal
999.99 €

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

5 participants

Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  Joel Sam 23 Oct 2010 - 12:57

Kounye an ,mwen ta swete ke yon pakèt nèg fèmen dyòl yo.Anbasadè franse an rekonèt ke se KREYÒL ki mèt sitiyasyon an ,ann AYITI.Lang franse an se ta jis yon konkiran ant ANGLE ak Panyòl.

Misye di ke ""La vraie langue du pays est le Créole""

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=84924&PubDate=2010-10-22

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  solon Sam 23 Oct 2010 - 14:00

Kisa mwen tande Jojo denigrè, demolisè Franse ap bat la kontantman pou Anbasadè Franse kap fè pwomosyon lang kreyol.Men poukwa pa Jojo kreyol franse AYISYEN SOTI NAN ZANTRAY LANG FRANSE.

Kisa w pa konprann, se rezon diplomat Franse ap voye l monte. Wouuuuyy Jojo diplomat Franse se bon jan pwent li voye bay anglofonn pou di Ayiti se yon kinan yo.

solon
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 146
Localisation : montreal
Loisirs : cinema
Date d'inscription : 07/09/2010

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  Le gros roseau Sam 23 Oct 2010 - 15:09

Solon

Joel genyen tout dwa poul kontan ke anbasadè franse ya rekonet ke lang ayisyen se kreyol.paske se pa jodya li ap di sa.men snob ayisyen refize konprann sa pou yo anseye ti moun an kreyol nan premye ane lekol yo.fok se anbasadè franse ki ta di sa pou ayisyen konprann reyalite peyi ya.

e peyi manb frankofoni genyen rezon pou yo inkyete paske anvan lontan ap genyen plis ayisyen ki pale angle ak panyol ke genyen ki pale franse. si sa pankò rive se yon kestyon de tan .Alò si yo vle mentni enfliyans franseeuuuu an ayiti fok yo anseyel yon lot jan.se pa touyé m ak kalot poum konnen ki jan pou m akorde patisip pase akonpaye de loxilyè avwa ak konpleman d'objet direk patisip la si selman objè direk la plase anvan patisip la.se pa fasil pou fè yon ti moun ki pa janm ekri franseuu souvan poul konnen konnen konkordans tanp verb franseuuu yo nespa kakakok.(lol)pou foure bagay sa yo nan tet yon ti ayisyen ki pa janm tande kote yo pale franse lakay li se yon kalvè e se pa sa ki ap janm fè li pale franseuuuu.O kontrè sa kreye yon konpleks lakay li poul pa pale an piblik paske li pè pou moun pa kritike li.e se konsa nou wè anpil moun ki swa disan edike an ayiti pa ka kenbe yon diskisyon an franseuuu san yo pa foure yon fraz kreyol ladann lè yo anbarase.se ak anpil jefò pou yon ayisyen rive pale franseuuu ak bon diktyon.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  kami Sam 23 Oct 2010 - 17:35

pou foure bagay sa yo nan tet yon ti ayisyen ki pa janm tande kote yo pale franse lakay li se yon kalvè e se pa sa ki ap janm fè li pale franseuuuu.O kontrè sa kreye yon konpleks lakay li poul pa pale an piblik paske li pè pou moun pa kritike li.e se konsa nou wè anpil moun ki swa disan edike an ayiti pa ka kenbe yon diskisyon an franseuuu san yo pa foure yon fraz kreyol ladann lè yo anbarase.se ak anpil jefò pou yon ayisyen rive pale franseuuu ak bon diktyon.

Roseau,

Se sa wi, nan peyi Arab yo, elev yo komanse lekol ak lang pa yo, epi yo finil swa ak franse sil saji de Aljeri, maroc, etc. ou byen angle pou lot peyi yo. e an plis gen peyi arab ki egzije ke elev yo pale 2 ou 3 lang avan yo fini lekol.

Se bon ke ambasade a fe ayisyen we reyalite ke kreyol se lang ayisyen, pa franse. Toutotan blan-an pa dil yo pap kwe lol...
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  Joel Sam 23 Oct 2010 - 18:53

kami a écrit:

Se bon ke ambasade a fe ayisyen we reyalite ke kreyol se lang ayisyen, pa franse. Toutotan blan-an pa dil yo pap kwe lol...

Se pi bon èd franse yo ta ka bay AYITI;paske toutotan yo pa ta di ke KREYÒL se lang ayisyen ,pa franse ;frankofou yo pa p lage.
Bagay ki dwòl ,genlè yo serye wi ;paske y ap voye espesyalis KREYÒL ann AYITI.
FRANSE yo ap veye lan dyakout yo ;paske si yo ta neglije enpòtans ke lang KREYÒL lan genyen ;y ap pèdi tout ,paske pèp ayisyen an pa enterese vre lan lang franse an,a pa de frankofou yo!

Se ""sibi"" y ap sibi lang franse an ;si w ba pèp ayisyen chwa ant franse kòm dezyèm lang ou byen Angle ak Panyòl ;y ap chwazi Angle ak Panyòl.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  Joel Dim 24 Oct 2010 - 10:29

Le gros roseau a écrit:

Joel genyen tout dwa poul kontan ke anbasadè franse ya rekonet ke lang ayisyen se kreyol.paske se pa jodya li ap di sa.men snob ayisyen refize konprann sa pou yo anseye ti moun an kreyol nan premye ane lekol yo.fok se anbasadè franse ki ta di sa pou ayisyen konprann reyalite peyi ya.
[b]

WOZO,

Sanble menm gouvènman franse an ap izole nèg sa yo.Gade Franse yo ap voye misyon ann AYITI pou montre ayisyen yo kouman yo kapab itilize lang KREYÒL lan ,pou yo aprann franse.
Gen yon seri de nèg ,sanble se lan simityè wi, y ap sifle!

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=&ArticleID=84827

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  jafrikayiti Lun 25 Oct 2010 - 17:08

Pou kisa nou etone wè frankofou yo pi zele pase mèt yo?

Si nou t ap gade emisyon sou TV5 nan semenn nan, nou te ka wè kijan Lionel Trouillot rete bèbè nan mitan yon panèl ki t ap rablabla osijè sitiyasyon lang franse a epi yo tou pwofite di 2 mo osijè ipokrizi Lafrans, Bèljik ak lòt peyi rich ki te pwomèt yon katafal kado tonton nwèl pou Ayiti epi ki pa kenbe pwomès yo. Blan yo te alèz pou yo kritike peyi yo. Men ti kolonize a rete byen janti.

Lafrans fenk kare distribye pri literè adwat agòch - menm jan alepòk lesklavaj rasyal, yo te gen twal ak dantèl pou bay ti souflanttyou ki pa konprann anyen osijè enterè kolektif nasyon yo.

The roof is on fire....se sa pitit Lafrans yo ap rele paske lang franse a pa kanpe sou anyen....si frankofou yo pa kontinye fè devwa mèt yo. jiskaprezan, gen ase ladan yo ki pare pou yo rele "Mèt mèt men kay NOU an ap boule!" Mèzalò sa pa p pran anpil tan pou pitit Lafrik yo aprann chante yon lòt refren.... let the mother burn!

Ayisyen gen zafè Kreyòl li pou li okipe, Dawomeyen gen zafè Fon ak eve yo pou yo okipe. Zulu, Wolof, Banbara, Mandigo....tout lang milenè sa yo ki riske disparèt si nou pa reveye nou, se sa ki responsablite moun ki pa soufri maladi mantal ki lakòz yo konfonn idantite yo ak idantite bouwo yo.

Konbyen Jwif ou konnen k ap goumen pou sove lang Alman sou latè....Zafè ebre yo y ap okipe!

Oumenm Ayisyen, ki lès ki manman ou, ki lès ki papa ou?

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN Empty Re: APALI PAPA ,PATWON FRANSE AN REKONÈT KE SE KREYÒL KI TOWO AN

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum