Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -34%
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 ...
Voir le deal
919 €

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

5 participants

Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  ainsi ne soit-il Mer 3 Nov 2010 - 0:13

Mwen pa kontan men an mèm tan m'ap di ke se trè byen paske zye Nwa Ameriken yo bezwen klere. Lan pran lan pèlen surconsommation, se plis nanm moun nwa ap pouri pi mal pase carie dentaire. Sa n'ap obsève depi 2000 se les signes du déclin d'un autre de ces empires-là. Lan 2an ou 6an, Obama sipoze lese plas la bay pitit dyabl la antere dyabl la.

(à suivre)
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Le gros roseau Mer 3 Nov 2010 - 0:37

Jan w ekri ya se komsi se premyè fwa sa rive o Zeta Zuni.fok ou pa bliye se menm bagay la ki te rive an 1994 diran premye manda Bill Clinton lan.mwen sezi anpil ke repibliken yo pa reprann Sena tou jan ekonomi yan ye jodya ki pa fot Presidan Obama.

ou ba Bohener yon pouvwa ke li pap genyen ;fok ou pa bliye ke se 2 chanb ki genyen nan Kongrè ameriken yan.wi se vre prezidan Obama pap genyen yon alye tankou Mrs Polossi nan chanb bas la ankò men Boehner li menm tou pap genyen yon pouvwa ilimité jan w di ya pou ranverse tout lejislatyon ki te pase pandan dernye 20 mwa yo.se ta yon mirak si demokrat yo te ka reteni majorite nan tou 2 chanb yo.Men fok ou remake ke se pa yon Tsunami jan anpil pundit yo te prevwa a.Ayisyen genyen yon pwoverb ki di pafwa sa w swete pou bel mè w se manman w li rive.Fok ou pa bliye lè Eta zuni genyen nemoni ayiti li menm li tiberkilé.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Joel Mer 3 Nov 2010 - 1:00

Yo jis asire yon dezyèm manda pou OBAMA.

Si yo te genyen SENA a tou ,se t ap yon lòt bagay.
OBAMA pa p ka pase ajanda l lan, men tou REPIBLIKEN yo pral fè pèp AMERIKEN an pè.

LIBERAL yo pral an kòlè;sa ap motive yo pou 2012 paske se menm enbesilite BUSH yo ke REPIBLIKEN yo pral pwone.
Nenpòt ti amelyorasyon lan mache travay lan e w ap genyen yon 2008 ankò ,an 2012.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Sasaye Mer 3 Nov 2010 - 6:17

Ma p retounen sou menm pwopozysion mwen te genyen pandan kanpay elektoral meriken yo.

Moun sayo malad seryèsman avèk yon viris ki toujou lan tèt yo.

Depi premye jou administrasyon Obama a,te gen plizyè oganizasyon epi yon majorite lan popilasyon an ki pa te janm aksepte ke USA genyen yon prezidan nwa.
Yo ta p travay depi lè saa, pou defèt iwoni de listwa saa.

Wi Obama se yon nèg entelijan, pragmatik, estile e sofistike. Li pi polpilè lan lòt peyi ke lan peyi pa l.

Imajinen moun lan Sid te toujou ap toufe pou bagay saa.
Jou inogirasyon Obama a, mwen te lan ayewopò Fort Lauderdale.
Mwen te genyen yon transit 3è dtan e lan tout televizyon lan ayewopò an yo ta p difize evenman an.

Mwen te deja wè reyaksyon anpil moun ki ta p gade tou.
Si yon moun te tande remak avèk komantè yo.
Mwen te estomake, men mwen pa t antre lan pawòl saa paske se pa peyi m,
ni prezidan m, se pase mwen ta p pase.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  ainsi ne soit-il Mer 3 Nov 2010 - 6:36

An reyalite, se pa premye fwa sa rive e sa pa vle di la fen pou Barack. Men mwen pa kwè ke yo pwal kontante yo de resilta sa yo. Sibl la se Obama, Republiken yo deja di ke yo pa lan konpromi. Mwen pa wè ki sa ki pwal chanje tandans la paske Ameriken gen yon mantalite isiyolasyonis, pandan ke y'ap pèdi pye yo pa vle tande ke Obama popilè a letranje. Lè moun byen gade lan mitan 20 ane ki sot pase la, se la gè Repibliken pote pou Ameriken. Men sa pa deranje yo yon mèd. M'pap jis blame gouvènman Ameriken ankor, pèp Ameriken osi reponsabl de sor yo.

Depi eleksyon 2008 la fin pase mwen te fèmen chapitr patizan an pou suiv byen jan Obama ap boule. E byen, depi li antre se kriz sou kriz domestik l'ap seye rezoud, li lonje main bay advèsè a men se pi mal yo trete'l, san respè si byen ke se pye yo pran sou li. Misye vekse anpil moun e Ayisyen an patikilye depi li te voye ti-Bush an Ayiti apre tranbleman de tè a. An verite, ki sa misye t'ap prouve. Mwen pa konn pou bor lakay nou, men bor isit anpil Ayisyen pa janm apresye mouv sa a sitou lè n'ap raple'n jès Ti-Bush la.

Sa ki drol lan moun sa yo, menm si fanmi yo ap kreve paske yo pa gen asirans maladi, yo frenk kare kanpe kontr politik Obama, yo fè 8 an ap gade Repibliken k'ap voye tye moun, k'ap voye pitit yo al mouri pou koze pèsonèl yo, e pi yo kontinye kwè ke se pou yo e ke sa pwal pèmèt yo ret #1. Ofon, Ameriken a pa bay pèsonn regle anyen pou li toutotan ke li kontinye ap konsome. E se la maleng sou do chwal la fè mal; moun frenk kare ap pèdi travay.

Zafè lè Ameriken gen nemoni Ayiti pwatrinè a, w gen anpil rezon paske pandan ke y'ap mache touye kretyen vivan tou patou, pandan ke y'ap voye pitit yo al kreve lan peyi ziltik, yo jwen mwayen pou yo fout w koudEta apre koudEta, lè lide yo di yo. Yo rand w depandan pou yo ka gryen dan sou w pandan ke y'ap fè w la charite. Men gen yon pawol ki di, e mwen p'ap janm sispand repete'l, ''bat chyen tand mèt li''. Si se pou sa mwen prefere kreve natirèlman ke se bandi k'ap vin simen maladi lakay mwwen apre pou yo ka vin kanpe. Ouais! se toujou konsa. Lè w ap goumen, ènmi a se tand l'ap tand w tonbe pou li vin kanpe pran póz li se zanmi w. Mon chè, Gros Oiseau, nou pa bezwen lan diskisyon sila ankor. Etazini fin kreze tonb li, yo pa sipoze kontinye ap frape yon pi fèbl menm lè li a tè.

Obama te vin seye ranfloue bak la ki ap koule. Mwen te vle misye reyisi chanje mantalite moun sa yo, men li remèt mwen desepsyon, li fè'm sezi lan atitid seye plè tout moun li a, voye menm T-Bush al pyetine kadav Ayisyen apre 12 janvye. Si se pou mwen. Mwen jis swete'l li fini fè tan'l apre pou l'al viv trankil ak fanmi'l. Apre sa, mwen pa espere anyen de li.

Non sèlman Bohener ap pale pawol Tea Party yo bezwen tande, yo deja ap montre w, yon jenn Repiblikan blan marye ak 3 ou 4 pitit kóm ''The White Hope''. E tankou Obama li-menm te di'l abilman lan show John ''Shitty'' Stewart la, it's a black and white thing... now.

Pi bon alye Obama pou 2012, se Sarah Palin si manmzèl antre lan koze a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Joel Mer 3 Nov 2010 - 11:05

[b]Pa pale pawòl sa a non M...

Si REPIBLIKEN yo ta rive pran prezidans lan an 2012;nou mouri.
Deklen an se pa sou bisiklèt li t ap ye ;se sou yon yon LAMBORGHINI!

Noumenm menm ann AYITI ,se pou nou modifye politik etranjè nou.

Degaje nou pou nou rantre anba BREZIL!
Nou toujou an reta noumenm ;men se sa DOMINIKEN yo ap fè.BREZILYEN yo ap louvri ""manifakti"" an DOMINIKANI ,e se pa ""endistri asanblaj"" non.

Yo di lan AMERIK DI SID lan tout peyi ki makonnen ak BREZIL yo ap wè kwasans 5 a 7%;sa ki makonnen ak ETAZINI yo ,tankou peyi KARAYIB ak AMERIK SANTRAL yo ap wè kwasans 2 a 3%sèlman.

Mwen tande yo di BREZILYEN yo di ,y a vin louvri manifakti ann AYITI;DI YO VINI,VINI VIT.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  revelation Mer 3 Nov 2010 - 14:22

Si REPIBLIKEN yo ta rive pran prezidans lan an 2012;nou mouri.
Noumenm menm ann AYITI ,se pou nou modifye politik etranjè nou.
Degaje nou pou nou rantre anba BREZIL!
Se atitid pov ingrat kap chanje met/donater/byenfeté devan pot legliz!

Fok nou redefini politik etranjer nou pou le yon zanmi nou gen problem lajan ak politik lakay yo pou nou pa gen memm pwoblem nan tou! Repibliken gen abitid serre boulon pep paresse e indisipline e nou te met atand nou ak saa depi konnyen la!

Zafe di an nou foure kô nou anba vant Brezil la, se pap solisyon an sa Joel.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Joel Mer 3 Nov 2010 - 14:37

revelation a écrit:

Se pou nou chache lòt pwotektè.Lè pwotektè sa yo a fè sa k pa sa ,n a rive ba yo do tou.

ETAZINI pa mache kont VENEZUELA ak BOLIVI ;se akòz BREZIL ki ap vin pi fò ,ki ap entegre peyi lan AMERIK DI SID yo tankou peyi INYON EWOPEYEN yo te fè l;ak òganizasyon sa a yo rele UNASUR lan.
Se yon òganizasyon BREZIL domine ,ki ekskli ETAZINI.Pou pwoteje tèt nou kont koudetayis ,se pou nou entegre òganizasyon sa a tou.
Lè sa a ;tout vagabon ki vle fè koudeta ,ki vle koute vakabon parèy yo ki se REPIBLIKEN ameriken yo ;ap fini lan prizon tankou ansyen koudetayis AJANTEN,IRIGWEYEN,CHILYEN!

Lan CHILI yo mete tèlman koudetayis anbakòd ,yo blije fè yon prizon espesyal pou yo!
Se sa k pou rive ann AYITI tou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  revelation Mer 3 Nov 2010 - 15:01

Joel di: Se pou nou chache lòt pwotektè!!!
Lè pwotektè sa yo a fè sak pa sa ,na rive ba yo do tou!! Very Happy Like a Star @ heaven Very Happy
Joel, se pitit Dessalines ke nou ye!!
Nou pakab ap pedi tan nou chache protekte pou nou fourre kô nou anba vant yo!
Ya passe nou nan betiz mon fre! An nou leve kanpe e montre yo ke nou kap fe yon jefo ak tet nou tou! Ala neg renmen protekte papa!!
]Joel di: yo mete tèlman koudetayis anbakòd ,yo blije fè yon prizon espesyal pou yo!
Se sak pou rive ann AYITI tou!
Ki koudetayis serye ke w konnen ki jije, jwen koupab e chita nan prizon an Ayiti??

Majorite ladan yo ap jwi lajan pep la ke poze nan peyi lot bo dlo!

Donk prizon ke w ap konstwi yo se pou malere ki poko jwen jijman depi evenman Fevrye 2004 la!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Joel Mer 3 Nov 2010 - 15:24

revelation a écrit:
Joel, se pitit Dessalines ke nou ye!!
Nou pakab ap pedi tan nou chache protekte pou nou fourre kô nou anba vant yo!
Ya passe nou nan betiz mon fre! An nou leve kanpe e montre yo ke nou kap fe yon jefo ak tet nou tou! Ala neg renmen protekte papa!!
]Joel di: yo mete tèlman koudetayis anbakòd ,yo blije fè yon prizon espesyal pou yo!
Se sak pou rive ann AYITI tou!
Ki koudetayis serye ke w konnen ki jije, jwen koupab e chita nan prizon an Ayiti??

Majorite ladan yo ap jwi lajan pep la ke poze nan peyi lot bo dlo!

Donk prizon ke w ap konstwi yo se pou malere ki poko jwen jijman depi evenman Fevrye 2004 la!![/quote]

Gen yon seri de nèg ki se te pitit DESSALINES;men se yo tou ki te touye DESSALINES.

Se pwoblèm sa a ke yon seri de nèg genyen.Paske yon bagay poko fèt ,sa vle di li paka fèt.

KOUDETA CHILI an ,se lan lanne 1973 ,li te fèt;pa IRIGWE se lan lanne 80s yo.
Gen anpil koudetayis ki ap flannen ;sa pa vle di y ap a labri tout tan.AMERIK LAN CHANJE.

Yon bagay mwen remake tou ;se ETAZINI ki te voye militè sa yo fè koudeta ;men tou y ap kanni lan prizon kounye an e ETAZINI chita sou blog glas li.
Pa gen anyen ki sèten pou koudetayis ayisyen yo ;fò k gen yon egzanp ki trase ;si se pa sa si sikontans lan pèmèt li ,y ap refè menm bagay lan.
Men se konsa ;menm jan peyizaj AMERIK DI SID lan chanje ;pa AYITI an ka chanje tou!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  ainsi ne soit-il Mer 3 Nov 2010 - 20:26

Mwen dakor net, tout koukourouj se klere pou zye'l. Se abitid chita à la remorque Ameriken ke peyi a lan eta sila. Peyi a ta jwenn anpil lot koudmen depi lontan si nou pat aranje'n sou titel Ameriken. Jiska prezan sanble ke anvan ke lot peyi vin an Ayiti fo ke yo jwenn aval anbasad Ameriken menm jan yo te retade sekou apre katastrof la. Se pou Ayiti aprand sevre tet li.

Si m'apuye Obama se pa paske politik Ameriken pwal chanje an Ayiti. Daye misye di tout moun klèman ke se enterè Etazini li vin defand, ke yo pa dwe ap tand pou USA vin regle tout problem yo, tout konfli yo. Lan sans sa, il est on n'peut plus clair: antand nou, tout koukourouj klere pou zye'n. Sak pa konprand mesaj la, zafe k'gade yo. Donk, gouvenman ayisyen pa sipoze lan pedi tan tankou J... ap di depi lontan sinon n'ap manke bato a yon lot fwa.

Pou tounen sou eleksyon yè yo, balon a lan pye repibliken yo. M'ap gade jan neg Obama sa a gen anpil klas jodi a. Misye solid. An verite, se jis ke sa rive tout tan lan mi-manda, apre sa m'frenk kare di ke peyi sa a gwo soulye trop. Si prezidan te gen dwa a 3 manda, jodi a T-Bush t'ap toujou prezidan. Mwen espere ke yon seri de neg prete atansyon lè Obama ap pale. Misye konn trè byen ke se yon kalve yo bezwen fe'l monte. Al cheche konen pou ki sa tout medya sa yo te leve lan kor administrasyon li a. Misye di yon pawol ki gen anpil siyifikasyon: onetete.

Ameriken yo sou bluff, koze trop gouvènman sa a an rapó ak kalifikatif y'ap bay Obama ke li se yon sosyalis, yon nazi. Y'ap di sa poutan yo se prizonye maryonèt medya yo manipile jan yo vle. E pi gen bagay ki mal pou eksplike: ki antansyon yon kandida repibliken pou li depanse 200.000 dola póch li pou'l ka vin gouvène. Tout sa se extravagans.

ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  revelation Mer 3 Nov 2010 - 21:37

Martine di: Peyi a ta jwenn anpil lot koudmen depi lontan si nou pat aranje'n sou titel Ameriken.
Site'm yo peyi ki te kab ba nou memm koudmen ke nap resevwa nan men Ameriken yo????
Ki peyi ki te kab resevwa an mass boatpeople nou yo?
Ki peyi ki te kab bayo TSP?
Ki peyi ki kab peye staff gouvenman, saler prezidan, e tout anplwaye Leta?
Ki peyi ki gen plis Diaspora ayisyen ladan kap peye million dolla tax chak annee?

Se nou Ayisyen ki pa jere a bon eseyan ti kal sipo ke nou resevwa nan men blan!
W memm anko kap di pou nou gade tet nou nan miwo pou nou sa we verite a.
Wi se vre se realite a sa.

Kelkeswa ed yo banou, kelkeswa peyi kab banou li an se ap memm rezilta mon fre!
Si nou pa chanje mantalite nou e jestion ti richess nou gennyen.

Ayiti se yon ti peyi de 8 million moun, ki jan fe ke Diaspora selman gen yon roulman moneter e finansye de 2 millya dolla nan peyi a e pep la ap manje biskwit labou?

revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam? Empty Re: Que pensent-ils, les Haïtiano-Américains, du vote de mi-mandat... chez Sam?

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum