Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

5 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  kakakok Mer 3 Nov 2010 - 16:34

Je m'adresse diretement a Marc et Joel qui s'amusent a titrer les opposants , les autres de GNBISTES ..Il n'y a aucun secret dans la fabrication du kola....POUKISA TOUT LANMOU , TOUT MALADI GENYEN YON KOZ MALEFIK AN AYITI ?????? SE PA ANYEN SE ABSANS TOUSYANS KI FE SA.......

Poukisa nou oblige dechouke ak manifestasyon , vyolas an Ayiti ??Paske an fas nou se tou yon bann mafya...yon bann koken , yon bann ti leta ki pa respekte gwo leta a ..Yo fe sa yo vle le yo vle san yo pa genyen okenn kont pou rann a pesonn....Yo toujou ranje yo pou fe koken nan leksyon ..Yo fe magouy la tout jan..Nan kondisyon konsa nou pa genyen menm opotinite pep ameriken an genyen ...

Nou pa genyen anpil chans ki rete se gnbiste,,,,Si se pa te sa Baby Duck tapla toujours...Henry Nanphy tap la pi red ! Prosper Avril ak Jean B Aristide tap la pi red....Malgre tout yo we devan je yo , tout sa Preval we li apwann anyen....
...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Marc H Mer 3 Nov 2010 - 21:55

En effet, si Obama adopte des comportements titidiens, il sera dechouké par les gnbiste du Tea party. Il est le président et il devra utiliser tous les moyens à sa disposition pour vaincre ses adversaires. On peut en dire autant pour l'actuel président de la première république noire du monde.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  kakakok Mer 3 Nov 2010 - 22:28

Marc a écrit:En effet, si Obama adopte des comportements titidiens, il sera dechouké par les gnbiste du Tea party.
Il est le président et il devra utiliser tous les moyens à sa disposition pour vaincre ses adversaires
.

Marc attention tu parles des Etats Unis il ne peut pas utiliser tous les moyens !!!!

On peut en dire autant pour l'actuel président de la première république noire du monde.

Quand a notre actuel president il peut meme utiliser les moyens qui ne sont pas a sa disposition non pas les vaincre mais pour les convaincre et au besoin les eliminer...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Jeu 4 Nov 2010 - 0:42

Marc a écrit:En effet, si Obama adopte des comportements titidiens, il sera dechouké par les gnbiste du Tea party. Il est le président et il devra utiliser tous les moyens à sa disposition pour vaincre ses adversaires. On peut en dire autant pour l'actuel président de la première république noire du monde.

Obama p ap bezwen anplwaye konpòtman titidyen paske jiska prezan misye se yon moun ki respekte tèt li. Kòm li pa t ap genyen chans pou l ta vle tounen yon Tutus, men si an ka pa ka, li ta vle pran wout sa a, li pa t ap fini manda l lan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Jeu 4 Nov 2010 - 9:41

TOUT SE RANS!

Nou te mande anraje;nou te plede ap rele ke PREVAL ap vyole konstitisyon an ;se pou nou dechouke l.
Kouman fè li sou pouvwa a toujou?
Ak BREZIL ki lan kanton an;tout GNBis kk;pa konprann menmsi yon gouvènman REPIBLIKEN ta eli OZETAZINI n ap tounen lan vye abitid nou yo ankò.
Fwa sa a ,si gen dechoukaj;se noumenm y ap dechouke;y ap mare nou tankou sak patat e lage nou lan kalabous.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  kakakok Jeu 4 Nov 2010 - 10:03

Joel a écrit:TOUT SE RANS!

Nou te mande anraje;nou te plede ap rele ke PREVAL ap vyole konstitisyon an ;se pou nou dechouke l.
Kouman fè li sou pouvwa a toujou?
Ak BREZIL ki lan kanton an;tout GNBis kk;pa konprann menmsi yon gouvènman REPIBLIKEN ta eli OZETAZINI n ap tounen lan vye abitid nou yo ankò.

LOL LOL Joel GONBO A GLISE SE VRE ! LI GENYEN PO LI TOU>>>JOEL SE KARAKTE IPOKRIT SA KI LA KAY OU KI FE LED !OU KONEN TRES BYEB SEW PA BREZILYEN SELAMN KI ANBA A>>NOU GENYEN TOU " NOEUD PALAIS " Porteur de Cholera ....Sanble pou wou ak Preval pito tout pep la mouri ak kolera NOU RETE SOU S POUVWA >>Fwa sa a ,si gen dechoukaj;se noumenm y ap dechouke;y ap mare nou tankou sak patat e lage nou lan kalabous.
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Jeu 4 Nov 2010 - 12:35

WI KOK!

Se noumenm ki lakòz mesye NEPAL yo ta pote kolera vre ;si se yomenm ki ta pote l.

Alòs si yo pa t la ;nou pa t ap kapote PREVAL pou nou fòme yon gouvènman KOMISYON pou nou separe e konte lajan menm lan fè nwa.
Se noumenm ki la kòz twoup etranjè yo sou teritwa a ;sispann plenyen.
Evantyèlman yo prale ;men sa m swete se pou nou al rele ti GI ;al pran zam pou nou kapote gouvènman an e pou yo mare nou tankou krab

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 6:44

Joel a écrit:TOUT SE RANS!

Nou te mande anraje;nou te plede ap rele ke PREVAL ap vyole konstitisyon an ;se pou nou dechouke l.
Kouman fè li sou pouvwa a toujou?
Ak BREZIL ki lan kanton an;tout GNBis kk;pa konprann menmsi yon gouvènman REPIBLIKEN ta eli OZETAZINI n ap tounen lan vye abitid nou yo ankò.
Fwa sa a ,si gen dechoukaj;se noumenm y ap dechouke;y ap mare nou tankou sak patat e lage nou lan kalabous.

Sispann rabadja! Preval la toujou pou plizyè rezon.

Rayi Preval:

_ Men pèsòn pa ka di ke se li ki se parèn dwòg lan an Ayiti.

_ Pèsòn pa ka di ke li fòmante fo koudeta pou l ka lage chen anraje l yo pou touye moun ke yo vle.

_ Pèsòn pa ka di ke li te konn masakre elèv sou ansent institisyon yo menm.

_ Pèsòn pa ka di ke li mete baboukèt nan dyòl tout medya ke li pa achte lajan kontan...

Mwen p ap defann Preval non, men eskelèt kabrit ke li genyen anba kabann li yo pa konparab ak eskelèt elefan ke chèf de fil wou, Tutus, genyen anba kabann pa l.

Zafè Brezil lan se radòt! Mwen di w sispann konte ze nan bounda poul, wou refize? Ebyen toujou kenbe nan lespri w ke se Brezilyen ki te mache pran chimè lavalas tankou Dread Wilme. Lè pou Brezil mete baton nan degwann nou pinga mwen tande rèl sèlman.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Ven 5 Nov 2010 - 7:08

BREZIL nan bounda nou!
KOUDETA FINI POU NOU!

Mwen te wè nèg te mande anraje pou di ke PREVAL pa t ap fini manda l!

ARISTIDE genyen pou l tounen lan peyi l!
Epi al eseye fè koudeta ankò ;pou yo mete nou anba kòd!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 19:59

wou te di pi mal lè ke Obama ak lòt demokrat yo te pran pouvwa a an 2008, apre se te Venezyela, kounye a se Brezil, demen se pral ki peyi?. A tout ke mwen te avèti nou pou jwe ak resèv lè demokrat yo te pran pouvwa a an 2008, nou te konprann ke nou te finn rive. Koudeta fini nan peyi an menm jan ak rejim sanginè, menm jan ak rejim machann dwòg yo.

Konbyen peyi oubyen leader ke w wè ki toujou mansyone sanginè w lan, apa de kèk ki fou ak ki te sou pewòl? Aristide nan poubèl listwa deja Joel, li lè pou w dijere sa atò. Nou pa ta ka twonpe tout moun pou tout tan. Si se Brezil ke w ap tann ki pou chache asasen w lan nan Pretoria, w ap tann jis wou tounen pwa tann.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Ven 5 Nov 2010 - 20:18

TONNÈ FOUT!
Gen yon ti respè pou tèt ou !
Sispann ak rejim sanginè w lan .Mwen pa kwè ou konvenk menm tèt ou.

Map repete l ,mwen pa LAVALASYEN .Men antan ke mwen te fèt lan peyi DAYITI endinyasyon ap touye m ,pou sa nou te fè an 2004 lan.
Fò k gen yon remèd pou sa .FÒ K ARISTIDE TOUNEN LAN PEYI L!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 20:37

Yon rejim ki bwè san moun, se yon rejim sanginè, kit fanatik yo vle, kit fanatik yo pa vle.

Wi Joel! Si w pa lavalasyen, konnen ke mwen se le Pape. Kwè si w vle, men mwen rekonèt lavalasyen, lè mwen wè youn. Mwen menm, m se yon ansyen GNBis, yon ansyen rebèl e mwen fyè de sa. Sa ki pa kontan, bwè pwazon.

Ki moun ki di ke Aristide pa ka tounen menm? Bon, mwen se sa ke mwen ap tann tou. Wink
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Le gros roseau Ven 5 Nov 2010 - 21:20

Si yon moun fyè paske w fè solda etranje okipe peyi w jodya jis se dlo kk yo ke ayisyen ap bwè e byen mon chè nanpren anyen ke nou ka diskite ak w ankò.ki donk apre nou te finn masakre pep la ant 1991-1994 se pou yo te di nou mèsi dyab.apre nou te fin ranverse presidan ke pep la te eli demokratikman an 1990 se pou yo te remersye nou pou sa.Al mande Dr Foucand .ak Rony Gilot si se sou rey papa Doc nou te fè sa sak tap pase nou.Jodya zo nou pa ta bon pou fè yon bouyon nan Palè ya.Divalier tap fè lamp li ap limen nan bouda nou ak lwil servo nou.se pou nou genyen Aristide rekonesans sil pat fè met di fe lakay ak nan magasen nou.Mwen si se te mwen fok se nan palè ya mwen te mouri e tap genyen anpil rel ka makorel menm jan sa te pase sou Florville hyppolite. Nou genyen pou nou pran yon lot Francois Duvalier ankò.se li ki te konn ki jan poul boule ak san patri tankou nou.jan Gerard Bissainthe di ya yon jou ap genyen yon ekskli ke nou pap ka ranverse non.Aristide te twò mou pou nou.li te beswen yon Jacques Gracia, yon Frank Romain, yon Claude Raymond, Yon Luc pierre Louis, Yon Claude breton.Yon ti bobo , yon boss pent ,yon Aderbal lherisson.se moun sa yo ki ka fè nou respekte Presidan.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 21:31

Kòman ke se mwen ki te fè solda etranje yo envayi peyi m nan? Se mwen ki te fè seleksyon 2000 yo? Si nou di ke se defakto ki te lakòz envazyon 1994 lan, si nou genyen yon ti etik entèlektyèl, n ap di tou ke se akòz kriz politik 2000 yo ke 2004 te fèt.

Se pa lè nou finn touye ak kraze epi nou vle pou tout moun te vini mete ajenou nan pye nou si nou ofri yo yon ti zo. Aristide te depase liy wouj lan. Pa t genyen lòt solisyon ke konbat li jis nou debarase peyi de rejim san manman sa a.

Si nou vle pale de kòz ak efè, mwen pare. Paske petèt si nou pat kouri nan degwann Duvalier, jodi a nou pa ta genyen sòlda etranje sou teritwa a nonplis. Nou pa ta genyen epidemi kolera a nonplis. kisa ke w panse de sa wou menm?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 21:38

Fòk mwen di w tou ke tout moun dwe respekte tout moun. Men, ki ve son respè se le procure.

Nou pa ka ap vòlò, ap vann dwòg, ap fè koken nan eleksyon, ap touye moun, ap fè koutay... epi nou vle pou moun respekte nou.

Aristide te chaje ak TONTON CHIMè tou, men malerezman pou nou se pa milis ame ni Ti Bobo ki bay e ki defann pouvwa sèlman. Yon jou nou genyen pou yo anbake nou tankou yon panye rad sal depi nou konprann ke chimè sifi pou nou rete sou pouvwa a.

Se erè sa a ke Compadre an te fè. Men nou, men Pretoria.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Le gros roseau Ven 5 Nov 2010 - 21:58

Ou pa tande sa anbasadè meriken yan di ki fè politichen ayisyen pat vle rantre nan konpwomi ak Aristide malgre ke Senatè yo te demisyonen epi li te di ke oposityon ta ka nonmen yon premye Minis se pase se nan men IRI ke yo tap pran lod.Alò se pou dim ki moun ki lakoz jodya se dlo kk nepalè ayisyen ap bwè.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Ven 5 Nov 2010 - 22:08

Roseau,

Fòk mwen di w franchman ke pawòl Dean rete ensinifyan paske li ranpli tout kondisyon pou yon moun ki egri.

Wou pat nan peyi an Roseau, wou pa konnen kisa ki t ap pase vre. Pandan ke Aristide te di ke l ap negosye, li t ap lanse atak a travè sanzave tankou Paul Raymond ak Rene Civil. Pa genyen yon moun ki genyen lisidite ki pou ta tonbe nan pyèj ankò. Aristide te di ke l ap negosye lè ke li te fè 17 Desanm 2001 an tou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Le gros roseau Ven 5 Nov 2010 - 22:16

nanpren moun ki panse ou ta ka bay anbasadè Dean kredi Satan pap janm ba jesikri kredi.fok ou dim sak te pase 17 desanb 2001 yan .si Paul Raymond te pase kek Gnbist a lenfinitif li pat fè ase.sil te touye tout jodya ayisyen pa tap bwè dlo kk nepalè.

rete tann fok nou pa bliye ayiti se kote ki bay presidan tankou Nord Alexis, Florville hypoolite ak francois Duvalier wi.ap genyen rel ka makorel wi.si nap kontinye iyore dwa pap la.se pa tou le jou magrit pote bon siwo non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Sam 6 Nov 2010 - 0:48

Li pat fè ase? Make mo w ti kòk! Se pa chak jou ke farinn nan ap vini nan menm sak non. Rèl lan se ka bò lakay pa w ke li fèt wi.

Mwen pa genyen pwoblèm ak oken revolisyonè ki vle chanje peyi an, mwen genyen pwoblèm ak machann dwòg, vòlò, asasen, ak demagòg ki konprann ke yo ka blofe tout moun pou tout tan.

Yo jwenn lajan pou yo regle koze yo, pou yo vòlò. Men lè se pou regle koze pèp lan, yo toujou pa janm genyen lajan epi se sou swadizan yon 5è kolòn ke yo lonje dwèt. Pandan tan sa a, fal yo chaje ak lajan sal.

Anvan ke nou vini revolisyonè se pou nou kite blofè ak vòlè. Li lè pou nou sispann plen pòch nou epi lè kolera tonbe, nou lonje dwèt sou zòt. Tandi ke nou te konn ap depanse milyon pou blan fout nou sekirite, milyon ke nou separe bay koniflèt tatawèl nou, milyon nan kout diri lapè, milyon nan teleco, tptc... Men, depi se pou bay pèp lan dlo pwòp pou yo bwè, OH! Wi...! se swadizan "5è kolòn" ki lakòz. Se pou nou al gade nan glas, n ap wè ak kisa ke 5è kolòn nan sanble. N ap wè ki moun ki anpeche ke pèp lan jwenn dlo pou bwè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Sam 6 Nov 2010 - 10:50

Byen ke mwen konnen ,se tan m ,m ap pèdi pou reponn ti nèg.

Nèg oze akize CURRAN de egri.Achte DOKIMANTÈ an ""HAITI,DEMOCRACY UNDONE"",se pa egri sèlman n ap di l egri ;n ap wè MEPRI li gen pou ti nèg.

E ki sa li ta genyen pou l egri an.Nonm lan se ANBASADÈ se li ki an chaj politik ameriken an ,ann AYITI;li ta gen dwa jis kite mesye yo fè sa yo vle;ki plim ki t ap leve sou do l?
O KONTRÈ!

BRIAN CURRAN tèlman vekse de bagay ke IRI ak sa APATRID AYISYEN asosye l yo fè an ,ke misye kite DEPATMAN DETA .Misye bay demisyon l.

Sa fè m sonje sa ajan CIA ki a la retrèt te konn di de ajan KGB yo te konn peye pou trayi LINYON SOVYETIK yo.

Mesye yo di ke yo te konn peye mesye sa yo byen pou bayo sekrè ;men apre ke yo te fin peye nèg sa yo 1 milyon ,2 milyon dola pou yo trayi e fè defeksyon,ke yo te meprize mesye sayo ,PASKE YO PA ANN AFÈ AK TRÈT!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Le gros roseau Sam 6 Nov 2010 - 11:33

thunder

mwen kwè wap viv nan gwo peyi kote ou wè se pa gouvenman ki bay tout sèvis.o Zeta Zuni nan anpil vil se konpayi prive ki bay dlo ,elektrisite,gas natirel , telephone, menm ranmase fatra.Marc bazin te di an ayiti 75% kay ak tè pa anregistre nan kadastre leta.tout moun konnen ki les ki koriptè an ayiti pou yo pa peye taks ke yo dwe leta. yo pito ranverse gouvenman ki vle fè asyet fiskal la vinn pi gwo.nan kondityon saa ki jan pou gouvenman an te ka jwen lajan pou ba pep la dlo pwop tou patou.Wi genyen yon bann kreten ki al chache job ke yo pat prepare pou yo ranpli ki pa konnen GBD nan administratyon piblik ,men tou se pa gouvenman an ki pou fè tout bagay nan yon peyi.Fok moun ki di yo konnen yo (l'elite du savoir ) e sa ki genyen lajan yo (l'elite de l'avoir) mete tet yo ansanb pou kreye plis byen ak sèvis pou pep la o lye yo rete ap fè kou deta tou tan pou pwoteje avantaj bab e moustache ke yo genyen nan peyi ya menm si 80% moun ap mouri anba grangou kloroks , tetanos, malarya kolera e tiberkiloz.

A la gèr kom a la gèr .grenadye a laso sa ki mouri zafè a yo.Mwen prepare pou la kwa vinn lakay mwen tou wi.men fout se 9 milyon nou ye ki anba grangou kloroks la.sak pou fet la pou retire 9 milyon ayisyen anba grangou kloroks la genyen poul fet kan menm.Zafè vandè drug wap pale ou konn moun ki te ap vann drug an ayiti?Lè yo te mete men nan pat kasav ansyen ofisye ekzekitif lame ya nan JFK airport nan new york li se te lavalasyen?Lè yo te arete bo frè Jean Claude Duvlaier nan airport Puerto Rico a li se te lavalasyen?Mon chè al aprann listwa de la drogue an ayiti et en amerique latine anvan ou vinn pale la tande.wap pale de asssasen alò ou vle di Aristide touye plis GNBIST ke fraph ak FAH la te touye ant 1991-1994?Bay kou bliye pote mak sonje.si nap touye pep la nan riyel Vaillant ak nan Saint jean Bosco paske li vle eli moun li kwè ki ka defann enterè li e byen si yo barbecue en pe nan nou lè bon dye ba yo yon ti chans e byen se sa nou te fè nap peye.

epi nan zafè drug la dapre yon etid ki fet an angletè alcool ak sigaret pi nocif pase ni marijuana ni kokayinn poukisa yon seri de drug ap vann tout kote epi yon lot kalite enterdi? mwen pap tolere oken dlenakn non men tou se pawol :la raison du plus fort est toujours la meilleure"ki ap regle.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 9:39

Joel,

Mwen konnen ke w pa janm mande prèv pou moun k ap pale an favè sanginè w lan. Men de gras, montre ke w genyen lisidite tònnas! ...Men si ke mesye sa yo t a genyen konplo pou yo ranvèse rejim lavalas. Si Aristide ak konpayèl li yo pat ba yo pretèks tankou bay piti yo kòm fiyèl pou pi gwo macahnn dwòg ke tout moun rekonèt, si nou pa t konn fè deal ak yo, si nou pat konn vòlò, asasine moun inosan... nou t ap rann yo latach pi difisil e yo te ka pa reyisi. Men, mwen te remake ke fwa sa a, pèp lan te nan lari, li pa t nan mawon. San apwyi pèp lan, Aristide t ap nan palè an jiska prezan.

Vle ou pa vle! Se pa IRI ki te lakòz ke nou te vòlò 20 milyon dola wout ak lopital k-fou an, 60 milyon teleco yo san konte koutay ak IDT. Se pa yo nonplis, ki te fè nou monte antrepriz zonbi tankou : "Quisqueya Store" ak "Se Pa n" pou nou te ka vòlò lajan ti pèp k ap mouri ak kolera kounye a...

Zafè ke w ap pale m de KGB, de IRI, de Dean... tout se radòt. Lè rebèl t ap debake se pa manb IRI ki te akeyi yo:
Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Images10

MAISSADE, HAITI - FEBRUARY 17: Haitians celebrate as armed rebels visit their town February 17, 2004 during a celebration in Maissade, Haiti. The rebels took over the town of Hinche during an escalating revolt against President Jean-Bertrand Aristide.



Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Haiti010


MAISSADE, HAITI - FEBRUARY 17: Haitians celebrate as armed rebels visit their town February 17, 2004 during a celebration in Maissade, Haiti. The rebels took over the town of Hinche during an escalating revolt against President Jean-Bertrand Aristide.


Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. _3990610

Scenes of jubilation replaced violence in the capital



Di m konbyen manb IRI ke w wè la a? Sispann fè moun grenyen dan sou nou, nou pat an Ayiti, nou pa konnen ki sa ki t ap pase. Kontinye tande ti radyo solèy nou epi n ap gade nan mont nou l ap fè 13 zè.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Joel Dim 7 Nov 2010 - 9:50

AL FOUT BOUNDA NOU YON KOTE!BANN TRÈT

Se pa nou ki te jete ARISTIDE.Nou pa ta janm kapab.
Poukisa FILIP ak CHANBLEN pa t monte yon mouvman geriya lan peyi an menm ,tankou jan mesye lan AMERIK LATIN yo konn fè lan?
Yo te gen apwi popilasyon an ,alòs ke se an DOMINIKANI baz yo te ye?

SISPANN RANSE!
Yo genyen pou yo koresponn ak nou;se tann pou nou tann1

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 10:16

Roseau,

Gen lè fòk nou fini ak diskisyon sa a, paske se yon tan ke n ap pèdi. Ki koze de gouvènman ki te vle elaji asyèt fiskal sa a? An pati, wou genyen rezon wi, paske apa de lavalas ki te konn ale ransone tout ti machann kenkay nan tout ti mache ki genyen nan peyi an, mwen pa kwè ke te genyen rejim ki te konn fè sa. Lè yo ransone ti machann sa yo, kòb lan pa janm menm rive nan kès leta. Yon ekzanp: Sou epòk Lame Kanibal, mesye lavalas yo nan epòk sa a te konn "takse" moun san oken kritè legal, yo "takse" w selon koneksyon w epi lajan sa a pa janm rive nan kès leta. Se te menm bagay lan pou swadizan "taks" ke ti machann yo te konn bay nan mache nan kapital lan ak lan vil pwovens yo. Dapre wou pou kisa ke w konnen ke chimè lavalas te toujou ap goumen antre yo? Men yon ti lòzyè, di kisa ke w panse:



Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Top11010

Des affrontements dans le quartier de La Saline, en pleine capitale, les 1er et 2 novembre ont été très meurtriers et dévastateurs: sept morts, dont un bébé de deux mois, près d'une vingtaine de blessés et des milliers de maisonnettes incendiées et détruites.



Haïti Progrès [HOME]
7 au 13 Novembre 2001

--------------------------------------------------------------------------------

Affrontements sanglants à La Saline


Les événements survenus à Cité Soleil il y a à peine une quinzaine de jours, et où des commissaires de police auront causé la mort de trois innocentes, auront été le prélude d'une véritable situation d'anarchie dans d'autres quartiers populaires. Il est évident que l'impunité dont ont bénéficié jusqu'à présent ces policiers n'a pu qu'encourager leurs émules. Des affrontements dans le quartier de La Saline, en pleine capitale, les 1er et 2 novembre ont été très meurtriers et dévastateurs: sept morts, dont un bébé de deux mois, près d'une vingtaine de blessés et des milliers de maisonnettes incendiées et détruites.

À l'origine de cette hécatombe se trouverait prétendument le fait que des jeunes du Carrefour de l'Abattoir se soient mis à la recherche de Franco Camille, frère de Ronald Camille alias Ronald Cadavre, qu'ils accusent d'avoir tué le nommé Emmanuel. Les deux frères seraient revenus pour une expédition punitive qui allait provoquer un véritable conflit armé au cours duquel les belligérants se sont mesurés à l'arme automatique, et même de mitrailleuses montées sur trépied en pleine rue; des cocktails Molotov ont été lancés mettant le feu à d'innombrables maisonnettes comme nous le disions plus haut. Pendant environ deux heures, des tirs nourris entre les deux camps auraient empêché à la police d'intervenir.

Qu'est-ce qui aura motivé un tel carnage? Chaque camp accuse bien entendu l'autre d'avoir commencé les hostilités et d'être responsable des incendies qui ont ravagé une partie importante de La Saline. Franco Camille s'est même rendu le lundi 5 novembre au parquet du tribunal civil pour déposer une plainte contre ses adversaires. De leur côté, les jeunes de Carrefour de l'Abattoir accusent la police d'être de mèche avec Franco Camille et Ronald Cadavre, contre qui d'ailleurs existe un mandat d'amener émis depuis près de deux mois par la justice pour un flagrant délit de meurtre. Plusieurs arrestations ont été opérés surtout parmi le groupe de Carrefour de l'Abattoir, et à cause de la tension qui persiste, de nombreux résidents ont transporté leurs pénates ailleurs, d'autant plus que nombreux sont ceux qui n'ont plus de toit.

On soupçonne que parmi l'une des causes se trouve un genre de racket de protection. La bande à Ronald Cadavre, le RPCS (Rasanbleman pou chanje Lasalin) et Konbit Kwadèbosal sont autant de groupes de chômeurs pour la plupart, qui rivalisent pour contrôler la Croix-des-Bossales, le plus grand marché public de la capitale, où les dizaines de milliers de petits marchands et marchandes sont astreints à payer régulièrement des «taxes» spéciales qui vont directement dans les poches des bandits. Si ce n'était que cela pour que cette lutte soit si féroce...

Que font les autorités face à une telle situation qui n'est point nouvelle, et qu'elles ne sauraient ignorer? Si toutefois tel était le cas, elles doivent bien être assez renseignées à présent. Vont-elles attendre un autre massacre ou bien la complaisance, le clientélisme et l'impunité s'imposeront-ils à nouveau?

Elles auront choisi, encore une fois, la fuite en avant, puisque la Présidence s'est bornée jusqu'à présent à octroyer 2 millions 500 mille gourdes aux victimes, sans toutefois que des poursuites judiciaires soient entamées contre les auteurs des fusillades. Ainsi, implicitement les frères Camille se voient reconnaître un «droit» d'instaurent leur loi à La Saline. Pour comble la Présidence a demandé aux belligérants de chercher à s'entendre par «le dialogue». Pendant ce temps Ronald «Cadavre» Camille, en dépit du mandat d'arrêt émis contre lui, a toute liberté pour «dialoguer», à sa façon, pourrait-on dire.

C'est un véritable Far-West qui se développe dans ces conditions. En effet, dans d'autres secteurs ce sont les mêmes méthodes qui sont employées dans des conflits qu'on pourrait qualifier à la limite d'administratifs. Ainsi l'installation par la mairesse de la capitale Marie Yves P. Duperval du nouveau directeur du cimetière Eddy Moïse n'a pas pu se dérouler de façon pacifique. C'est le moins qu'on puisse dire, puisque nommé à ce poste depuis le 9 octobre, Moïse n'avait jamais pu prendre charge à cause de l'opposition des deux maires-adjoints Luckner Monplaisir et Harold Sévère qui dénonçaient ces nominations unilatérales du maire principal. A trois reprises les tentatives d'investiture s'étaient soldées par un échec. «Mercredi après-midi, je suis arrivé sur les lieux pour constater la porte grande ouverte, alors j'ai fait mon travail. Félix Bien-Aimé (le directeur révoqué) savait qu'il n'y avait plus sa place; il avait entre ses mains sa lettre de révocation... Nous n'avions pas trouvé de riposte en entrant, car ils n'étaient plus sur le béton. Et quelques minutes plus tard Félix Bien-Aimé vint à passer; il a ouvert le feu sur les gens. Nous avons répondu par des tirs d'intimidation; nous l'avons mis en déroute. Après quoi, il a envoyé Luckner (le maire-adjoint); Luckner est passé dans une camionnette qui tirait sur nous, nous avons riposté», a expliqué fièrement Eddy Moïse.

Comme on peut le constater, d'un côté comme de l'autre ces méthodes de truands sont banalisées, et tout à fait régulières, semble-t-il. C'est l'ambiance générale et on ne s'en formalise pas outre-mesure. Le maire Duperval quant à elle se dit satisfaite de cette cérémonie d'installation nocturne, et envisage déjà de faire de même dans les marchés publics de la capitale. Elle a bien des griefs contre l'ex-directeur, on veut bien la croire, mais est-ce qu'il existe un système judiciaire, une police ou au moins un ministre de la Justice? Mme Duperval s'est contentée d'expliquer: «Depuis le 16 juillet Félix Bien-Aimé a fait son dernier versement. Il y a des funérailles chaque jour. On paie mille gourde pour chaque inhumation; on suppose qu'il y a 400 personnes inhumées par mois, ce qui fait 400 mille gourdes. Donc vous avez plusieurs mois sans recevoir une gourde. Donc il y a un problème; il est évident pour tous que les choses doivent être normalisées.» L'argent va rentrer dans les coffres, c'est l'essentiel pour elle. Mais la justice des décisions autorise-t-elle l'utilisation de méthodes de cow-boy pour leur mise en oeuvre? La police, entre-temps, se tient à l'écart, trop préoccupée de veiller à sa propre impunité?

Une situation qui, dans l'état actuel des choses, ne peut que s'envenimer, et saper davantage le pouvoir. On devine que, malgré le laisser-faire habituel, celui-ci ne saurait rester éternellement impassible face à une telle éventualité. Ainsi, on apprend ce mardi 6 novembre, par un décret signé conjointement par le président Aristide, son Premier ministre Jean-Marie Chérestal et le ministre de l'Intérieur Henry-Claude Ménard, la dissolution du conseil communal de Port-au-Prince. De même que le chef de l'État s'est rendu à La Saline et à promis de faire reconstruire les maisonnettes détruites dans les incendies des 1er et 2 novembre. Ces dispositions suffiront-elles cependant à calmer l'ardeur criminelle de ceux qui ont pris le pli de défier la justice en toute impunité?




Souple! sa a se yon atik ki sòti sou yon jounal lavalas wi! Se pa Haiti-Observateur, se pa Radio Kiskeya, se pa Metropole ke ti nèg toujou ap denigre. Si Haiti-Progres ka admèt koze sa yo, konnen ke sa te 3 fwa pi mal.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Thunder Dim 7 Nov 2010 - 10:27

Joel a écrit:AL FOUT BOUNDA NOU YON KOTE!BANN TRÈT

Se pa nou ki te jete ARISTIDE.Nou pa ta janm kapab.
Poukisa FILIP ak CHANBLEN pa t monte yon mouvman geriya lan peyi an menm ,tankou jan mesye lan AMERIK LATIN yo konn fè lan?
Yo te gen apwi popilasyon an ,alòs ke se an DOMINIKANI baz yo te ye?

SISPANN RANSE!
Yo genyen pou yo koresponn ak nou;se tann pou nou tann1

Se nou ki pou al fout bounda nou yon kote, se nou menm ke chèf nou nan mawon an Afrik. Kontinye kriye! Kontinye jayi! Aristide ale, li ale nèt! Sa ki pa kontan, bwè pwazon.

Ki moun ke nou trayi la a? ...Jean Bwèsan Aristil? Se pa menm Konze sa a ki te mande pou blan an te bonbade zònn Palè Nasyonal lan? Se pa menm Konze sa a ki te mande pou yo te sere boulon anbago an tèlman di, menm medikaman pou blan yo pa kite rantre nan peyi an? Se pa Konze sa a ki te aksepte rantre nan peyi an ak 22 mil pè bòt militè etranje an?

Si yo ta itilize menm taktik lavalas nan bounda lavalas, ki mal ki t ap genyen nan sa?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012. Empty Re: Les républicains ne l'ont pas caché, GNBISTES veulent déchouker Obama en 2012.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum