Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti



Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

FOROM AYITI : Tèt Ansanm Pou'n Chanje Ayiti.

-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% Nike Jordan Air 200E
67.47 € 134.99 €
Voir le deal

Dapre mwen pa genyen okenn plan ki ka reyisi ann Ayiti san youn plan sekiriter

avatar
dilibon
Super Star
Super Star


Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Dapre mwen pa genyen okenn plan ki ka reyisi ann Ayiti san youn plan sekiriter Empty Dapre mwen pa genyen okenn plan ki ka reyisi ann Ayiti san youn plan sekiriter

Message  dilibon Jeu 25 Nov 2010 - 15:40

Pwend vi pa’m: Se pou Ayisien antann yo sou koman pou yo mete youn strikti sekirite sou pye anvan menm yo komanse pale de gwo pwogram devlopman! Mwen konnen anpil moun ap sote ponpe paske nan dsikisyon pou retabli lame, anpil zanmi patriyot te vini ak oyun agiman ki le wap gade bagay yo sipefisyelman fe anpil sans. An fet nan youn peyi kote 4 sou chak moun ap soufri grangou, pa genyen lopital, sant de santé, pa genyen moyen prime pou bay santé, pa genyen lekol, gran bezwen nan agrikilti, aksyon pou rebwaze peyi’a etc… pou youn moun ap pale de strikti sekirite kote lame fe pati de li men ki pa sel entite, achte zam, achte gwo ekipman lou pou lame de le, lame de te, ak marine? Ah sa pa fe okenn sans. Premye bagay se bay pep la manje ak los sevis!

Nan ti moso sa’a, nou pa vinn demontre nesesite pou retabli lame paske lame kom enstitisyon deja se senp kouraj ak volonte popile pou remete moun ladan’l, men nou vle pale necesite pou genyen youn strikti entelijan, dinamik, fleksib, rize dentelijans aysienn nan mond nan kote nou pwal dako sou koman pou nou ame peyi’a. Ayiti bezwen vini ak youn teknik pou li ka genyen menm si se gwo ansyen fizi long pote tankou sa Irak te genyen epok Saddam te la kite dirije sou kek vil nan peyi Israel – fok Ayiti ta geneyn gwo fizi say o ki tap sou gwo chenn de montagn nou yo ki taka branshe sou kek vil nan Repiblik Dominikenn, sou kek vil nan peyi Kiba, Porto Rico ak Jamayk. Paske nan mond sa mwen we la se pa manje, lasante ak kek lot bezwne prime ki esantyell men se yun mond cowboy se ki kantite, ki kalite zam ak moun ou genyen nan peyi’w ak volonte pou w itilize pou yo ka baw manje ki fe vre diferans nan. Mond nan pa kanpe nan ke sansib, nan imanism, ed etranje, asistans L’ONU pou retabli lape, asistana bagay sa yo se imaj pou lagalri, se enstriman pou pep ka kontinye anvayi, kontwole, eksplwate ak youn bel mask. Li kle si ou nan youn vil kote chak moun genyen zam yo arebo ren yo, si ou chwazi pa genyen zam wap rete san defans, menm bal pedi ka pwan w e si ou nan konfli ak youn moun se oyun loty moun ak zam si li vle ki pou ta defann ou. Li pa fe sans nan youn vil konsa pou youn pe de fami ta rete san strateji de defans kont moun ak zam pou defann fanmi li!

Genyen moun kap di koman nap ka rive fe’l kan nou anba je ameriken e yap swiv nou, yo okipe nou, yap veye nou? Koman nap ka fel kan Minustha la? Kote nap jwenn lajan pou achte pyes, konesans ak ekipman pou mete youn bagay konsa sou pye? Depi nou komanse satelit tap deja di kisa nap fe? Bon mwen poko la. Kote mwne ye se eske nou pens eke nan mond sa’a ke premye sa pou Ayiti cheche se moyen pou li ka menase vwazen imedya li yo ou riposte si nenpot konprann yo ka vinn rantre lakay nou tankou se jaden-eritaj papa y oak manmanyo kite pou yo? Se sa pou nou reponn kom nasyon anvan epi apre ma di nou koman, kijan, moyen finansman, trik sou koman ou ka anba je youn gran pwisans epi li ka pa wew ak tout satelit e entelijans li genyen paske pa genyen fo ki inatakab men genyen fo ki mal atake! Se volonte pou w genyen premyeman, se lide sa nou dwe separe ak zanmi, fanmi, e menm nan lekol ak tout sant kominote. Mne premye bezwen peyi Dayiti!

Ou we siw pa fe sa menm si ou vini ak youn gow pwogrma santé, sou agrikilti, edikasyon elatriye ajan ak espyon etranje ka rantre san ou pa ran kont vinn mete latroublay pou pwogram nan pa reyisi ou pap we se yo ki ap fe sa wap pense se aysien yo ye ki rayi leur siens. Fok ou devlope oyun entelijans entenasyonal ak youn kont entelijans, youn moyen le politik ou pa mashe, le diplomasi echwe pou w genyen youn kote ou ka kanpe. Se leved mooun nan peyi’a levee pi yo we tout tet pye kokoye yo vinn tou nwa, tout kokoye mouri epi nap komande kokoye nan RD. Se konsa nou rete nou we malady atake tout banann nan Kwadebouke, tout bannan gate, pye bannan mouri. Se konsa nou we sous dlo leve anba bannan yo e inonde menm kay e detwi tout jaden. Se konsa resam-man nou we kolera vinn bridsoukou sou nou, se konsa nou tande ke la syans pat janm we fay Leogane nan epi bri ap kouri se youn eksperimantasyon de fe youn trablmand te ki pase mal ki lakoz denye tranbleman nan peyi’a. Nou pa konnen repons paske nou pa ekipe pou konnen repons yo. Men si youn nan say o ta vre, eh, byen nsi nou antreprann nenpot lot bagay ke senti sekirite lakay nap rete ekspoze pou nou pa konnen anpil repons, sous anpil epidemic, pandemic ak say o di nou kise dezas natirel ki ka byen telegid epa imen.

Imajinen nou jodya si seta Ayiti kita tou pre Etazini, ktoe genyen young e sivil ant polis, lapolis two piti, yo rele lame, lame pa genyen repondong ase kont gwo dwog dile tankou sa kap fet nan peyi Meksik. Kesyon pa’m, kisa Etazini tap fe nou? Eh byen repons nan senp wi zanmi konpatriyot, Ayiti reprezante youn menas pou mond nan, okipe li, al mete lod pou pwoteje le grand voisin! Poukisa yo pa fe Meksik sa? Lotre jou dwog dile nan peyi Meksik sot rantre nan teritwa ameriken sezi kek ameriken, kidnape kek ameriken, touye kek lot, e mande ranson pou lage yo, yo peye ranson epi se kadav yo remet paran moun yo. Imajine w youn moman sa ta fet sou fwontye Ayiti ak RD kisa dominiken tap fe nou.

Ameriken pendan gouvenman GWB te declare byen bone ke genyen youn axe du mal nan mond nan e depi genyen mal ameriken reprezante fos byen, ti limye ki klere sou tet mon’n selon Ronald Reagan ke tout pep ki nan fe nwa ap plede gade ak adminirasyon e ak anvi. Si genyen fos mal, ki pa barye an fe ke yo pa ka kraze tankou rido fe ke Linyon Sovyetik te reprezante pendan lage fwad la, nomalman fok yo rantre al mete lape, limye ak tout sak reprezante byen. Sa nou remake, yo te konnen Irak pat genyen zam pou detwi mas moun men yo declare ke yo genyen, yo atake. Konsekans Saddam tonbe, 2 pitit gason li mouri, fanmi ekzile, tout patizan pati sak rete pesekite, plis pase 100 mil irakyen mouri, jis jounen jodya ameriken andedan peyi e bati anbasad li andedan youn nan ansyen pale Saddam yo. E lot 2 lot axe du mal yo sak pase? Kote fos byen an? Lot 2 fos mal yo tounen fos byen poukisa yo p aanvahi Iran ak Kore di no? Non yo pa tounen fos byen, yo menm di ke yo menm yo bon zengzeng nan ponyet, yo genyen zam nikleye ki ka fe destriksyon mas moun rapido presto, yo men map menase vwazen yo. Alo kote diferans nan ye. Nan mond cowboy la fok ou genyen zam pou w defann tet ou ak fanmi w ak peyi w.

Men Lachinn kanpe djanm, an zoblood lap fed an di. Lap menase anpil kotesitou Taiwan ke li rekonet kom pwovens lakay li, li app ran desisyon kont entere ekonomik ameriken, se yo ki premye peyi kap prete ameriken lajan, yo pase lod jan yo vle, yo menase menm USA. Sonje le ta pwal genyen je olenpik nan peyi Lachinn, Madanm Clinton kite senate te mande senat ameriken pou ke leta ameriken ta boykote jwet yo si Lachinn pa ramoli aksyon lap fe kont entere ameriken e respekte dwa moun lakay li, e ke si nou ap boykote jwet yo dapre madanm nan fok prezidan pa ta ale an pesonn. Men minis afe etranje peyi Lachinn te di si Prezidan pa vini e ke li pa bay youn bonn rezon de absans li, Lashinn app wan desisyon ekonomik kont USA. Prezidan Bush te oblije prezante e li pat menm nan mitan VIP! Lachinnn, ak fason lap manipile ou fe politik monete lakay genyen youn balans komesyal benefisite ki depase 300 bilyon dola chak lane ak USA. Sa vle di yap prete eg la lajan, yap dump pwodwi bon mashe lakay li, lajan retounen vinn jwenn yo an pwofi pendan ke eg la rete dwe. Fok nou sonje koman Lachinn te lage youn avyon espion ameriken ate e yo te pase anpil jou kote yo te kenbe pilot ameriken y oak tout avyon yo. Apre youn deal yo lage espion ameriken yo men yo te kenbe avyon an, depareye pak an pak anvan yo te retounen pyes yo tounen.

Kore di no – An palan de Koredino ki nan axe du mal la. Lage ant Koredino (alye Larisi ak Lachinn kont Koredisid ke ameriken te goumen pou yo e konitnye genyen fos lame li sou zonn demilitarize a. Ofisyelman klima de ge a toujou ekziste paske an 1953 sete youn ako pou kanpe lage a kite signen e non youn fen total capital. Koredino ekonomikman pa reprezante preske anyen devan Koredisid ki ap menen ak youn ekonomi ki genyen youn GDP ki depase 3 trilyon dola. Koredisid byen alimen leswa aloske mwatye Koredi no nan fe nwa. Lamize, grangou ak anpil swen de baz manke nan Koredino. Men, Koredino genyen plis pase 1 milyon solda nan lame li ki aktif, preske 2 milyon nan rezev, yo genyen bon jan zam nikleye lakay yo. Lotrejou l, yo sot envite yo gwo espesyalis ameriken ki rele Siegfried S. Hecker vin’n vizite youn konplex nikleye ke syantist la di ki “ultramodern” ko yo genyen nan Yongbyon, se youn faktori santrifij ki le li fini net ka pemet Koredino anrichi uranium pou transfome li nan gaz nukleye e pemet ogmante ni nan kantite ni nan kalite arsenal nikleye ke yo dispoze. Malgre sanksyon, gwo anbago ak kontwol entenasyonal ki sou do peyi nan kek mwa yo gentan achte ekipman ak materyel kote yo ka bati youn faktori osi sofistike nan Selman kek mwa. Seke yo genyen strateji ak metod ak disiplinn nan aplikasyon strateji yo!

Koredino depi apre 1953 genyen fason pou li itilize zam li, lame li ak entelijans pouf e mond nan tande li le yo ta pwan poz ignore li. Yo pa genyen twop pou yo pedi ou byen USA ak konpayel li Koredisid yo rich anpil, si yo retounen nan lage ak li se yo ki genyen plis pou pedi. Yo pa care menm si yo pedi anpil solda kivledi si nou vle an nou rekomanse lage a. Chak fwa yo vle rantre nan negosyasyon ou byen inisye youn noouvo leader yo atake Koredisid san pwoblem e nou ka di san konsekans. Pa ekzanp , an 1980, le Kim Il-sung papa Kim Jong il tap pase pouvwa ba li, msie kom inisyasyon te eklate youn avyon sidkoreyen epi li te eklate youn bonb nan peyi Myanmar kote li tap eseye asasine, prezidna ksidkoreyen an.

Tou resam-man, mond nan te gentan komanse ap pale de negosyasyon pou reynifasyon 2 Kore yo men mwen pat kwe nan sa; mwen te pense sete youn strateji pou Koredino te ka jwenn kek ed lite bezwen. Le bri komanse ap kouri sou santé Kim Jong-il, msie te fe kek bon jan mwa li pat paret an piblik. Le msie te reyisi paret anpil dokte te di ke msie sanble neg ki genyen tension, dyabetik e ou byen kap nan netoye san telman figi li te blem e lite pedi anpil pwa. Move sign sa vle di msie wpal bezwen pase pouvwa bay pitit li Kim Jong-un. Mwen te di ou pwal tande rel kay makorel! Nan mwa mas ki sot pase a youn eksplosyon voye youn tonton papa bato de ge sidkoreyen nan fon lanme kote 46 solda sidkoreyen te peri. Envestigate entenasyonal se youn torpedo Nokereyen kite voye bato de ge a nan fon lanme. Gouvenman Nokoreyen di se pa li menm. Prezidan Lee nan Koredisid pat kwe nokoreyen yo, li sispann tout pawoli de rapwochman ak Koredino, li sispann tout politik douveti kote te genyen youn gwo ako komesyal pou vann Koredino anpil mashandiz ke peyi sa bezwen tankou chyen ki pwla pati. Yo sispann tou ed sou manje ke yo te genyen ak Koredino, tout pemi pou Koreyen nan no yo ka rantre vinn achte manje ak say o bezwen sou fwontye a. Epi Koredisid declare ke li pwal mete ak ameriken pou vinn fe antrenman milite nan dlo ak espas ke Koredino di ke se pou li! Espas kite nan diskisoyn pendan lage a. Koredino te Koredisid pa vinn fe ekzisis pwovokasyon tou pre fwontye m nan. Mwen ka reponn a pwovokasyon sa yo.

Se kom si mwen te ka diw se youn ennemi w ki vinn baye tou pre figi’w. Li pa toushe w men tout sant boush li ap anvayi w. Koredino mande pou negosyasyon yo ta rekomanse ant 6 peyi yo paske bagay la make san nan zonn nan. Negosyasyon kote Koredino, Koredisid, LArisi, Japon, Lachinn ak Etazini te chita ansanm pou we koman yo ka rezoud pwoblem sa’a nan zonnn nan. Men depi GWB finn ale kom prezidan ameriken, nouvo prezidna ameriken an Obama di ke li pap ankouraje Koredino fe move zak nan rekonpense apre chak temper tantrums li genyen. Li pwal kraze sik sa’a kote mond nan toujou vinn chita ak Koredino apre chak movez aksyon li kont Koredisid. Nan 2 zan Obama sot pase kom prezidan ameriken strateji li sete youn politik ke li te batize “patyans stratejik” sa vle di Map Gade’w nan Je”. Selon straji sa’a fok Koredino ta vinn dosuman, ke li anba vant li kote pou li vinn pwomet ke lap sispann fe pwovokasyon, lap kenbe tout pwomes lite mond entenasyonal la pou demantibile tout gwo zam nikleye ki lakay li, le sa’a, apre aksyon kle say o ya rantre nan negosyasyon ak li e rekonpense li. Hum…. Koredino rantre nan kokiy li, poukisa? Li deja genyen zam naqn men li, li genyen bon jan lame ki pre pou mouri pou peyi yo menm si yo grangou. Ah Koredino pap mouri ak zam nan main li non. Mwen ka parye sou yo.

Koredisid ki konnen li se pitit gwo Tonton Sam (Gwo tonton Makout nou te ka di nan reyalite ayisienn nan), li genyen gwo bwa deye banann li, li se piti yo mete devna vinn bay gwo neg zoklo nan fwon. Koredisid komanse dire gwo bonb pa nan direksyon Koredino men sou zile Yonpyeong nan ki tou kote ak vil Inchon – ville ke Genral ameriken Douglas Mac Arthur te debake 60 tan de cela, se la jodya ke Koredisid genyen presipal aeropo li. Koredino ki tande kout zam antrenman yo retounen 175 bonb artillerie pou reponn Koredisid. Yo te di Koredisid ke aksyon sa’a se pwovokasyon, yo te mande pwovokasyon men sete silans yo fez am pa yo chante. Epi kisa ki repons nan. Koredisid rantre ke li anba vant li malgre 4 moun mouri lakay li : 2 solda, 2 sivil. Ameriken di lap voye bato de ge li nan zonn nan vinn kontinye antrenman ak Koresid pendan yap mande Lachinn pour al ekod ki nan kou alye lia Koredino men Lachinn di jis rekomanse ak negosyasyon yo epi tout bagay ap kanpe. Kesyon poukisa Koredisid pa replike imedyatman li genyen fos pou sa plis li genyen ameriken ki sou teritwa li ka ede li? Li di si Koredino fe nenpot bagay anko lap riposte seke li te pwovoke Koredino nan premye aksyon an vre! E si Koredino ta tire sou bato de ge ameriken an? Eske ameriken ka pwan responsabilite youn lto teyat de ge nan modn nan tou pre Lachinn ki pap renmen we youn eskalasyon tou pre l la konsa. Ak ki lajan ameriken pwal fe ge sa’a si Lachinn ta dil non e sispann prete li lajan pou finance gwo det li’a ou sispann indekse lajan li’a sou dola meriken an? Pendan ce temps Kim Jong-un ki genyen ant 25 a 28 tan (chak moun di youn laj diferan ke msie genyen), ki fek sot grade jeneral 4 etwal, ki ap prepare li pou pwan pouvwa nan main papa li Kim Jong-il ap pwan bonjan not. Poukisa pi grand pwisans nan mond pa debake ak 82iem airborne nan sou Koredino? E Koredino se dictate gwop ponyet li genyen, li deja di ke li pre pou vann konesans ak zam nikleye li genyen bay lot peyi ennemi ameriken ak Israel e menm kek eta key o rele eta teworis, sa kap pase la’a?

Repons nan senp nan mond cowboy la, Koredino byen kore, li kel le ou genyen baton chyen pa kapab mode’w!

Mwen pap menm pale de Iran kote prezidan Mahoud sot declare ke Israel pa nan plas li kote li ye la. Vre plas Isreal se nan fon lanme e li pre pou li fel pwan plas li, pwan fom ko li. Israel wi! Ak politik ke li pap viv move jou anba okenn dictate ANKO. Jamais se swa Jamais se sa leta israelyen toujou di. Men youn nonm ki kanpe nan zonn ki di li genyen zam nikleye, li vle detwi leta ebre a, e ke li pa nan rans ak ameriken, rete la toujou nan axe du mal la, lap fed an di, lap rale kk nen montre Tontopn Sam epi male pa rive li! Iran ape de gwoup teroris nan anpil peyi, enfliyanse sa kap fet nan Irak ak nan Afganistan male pa ka rive prezidna ak system nan. Rete pou ki rezon bagay sa yo eksiste kan si nou ta moushe epi youn lto dlo ta tonbe sou nenpot vwazin nou – san pale de Tonton Sam- yo tap jistifye pou vinn rantre e fe sa yo vle.

Aloske, kek mwa de sa, youn piblik dominiken sou plas piblik sot asiste kote yo koupe tet youn ayisien, tout moun ap ri epi yo kite bout tet la akote ko sitwayen ayisien an. Pep ayisien move e yo te di key o pwal pwan revanch sou dominiken ki ann Ayit . Bri kouri ke ayisen ta eseye atake oyun dominken ki an Ayiti, gouvenman dominiken te gentan di lap envestige panvna li mobilize lame lakay li. An nou dominiken ta mobilize lame lakay kont Ayiti, eske nou pens eke Etazini tap dil pa fe sa? Wi lite ka dil non pou pwoteje reyaksyon sa te ka genyen sou biznis tourism nan nan RD ou byen pou pwoteje envestisman li nan RD paske aksyon sa’a ap genyen plis rebondisman sou RD ke sou Ayiti ki genyen youn ekonokomi moribund, men se pa pou pwoteje entere ayisien. Eske nou pense Minustha tap kanpe pou defann dwa Ayiti pou pwoeje fwontye ak sitwayen lakay li? Eske ayisien janm prepare li pou youn tel evantyalite? Sak eksplike ke lame amerikenn pa ale debake e pake Kim Jong il pou voye li nan ekzil kom dictate patante jan ke li fe ak Aristide ki nan youn sot de pwizon dore nan Afrik di sid kote menm pale li pakla pale de zafe peyi li pendan ke nou genyen youn prezidan nwa ameriken sou pouvwa? Menm si li ta pa respekte kontra li ak ameriken, menm si li ta nan move zafe ke yo jije li paske mwen si gneyen anpil ameriken kite enplike nan tout move bagay ke li te ka fe.

Ki strateji Ayiti ka genyen jodya?

Premyeman, komanse pense koman pou nou remesye tout nasyon nan LONU kite kotize lam epou Minustha pou ede nou nan moman nou pat ka antann nou e te reprezante youn danje pou vwazen li ak mond nan. Men jodya nou antann nou, nou mete system pou pwoteje lakay nou, viv nan lape antre nou e pwoteje fwontye nou pou ayisien pa al ranpli lakay vwazen nou kom mendyan e youn chaj sou ekonomi kay vwazen. Nap deploye youn kontenjan de 10 a 20 mil skout pou anpeshe aysien traverse fwontye al anmegde vwazen. Fok Minustha ale!

2) Nou bezwen youn ekip ayisien konsekan kap pense entere peyi kote yo ka vini ak strateji pou mete kek mezon ayisienn nan kek peyi stratejik nan mond nan. Nou bezwen youn 500 a 1000 ayisien ki ka ap etidye nan peyi tankou Lachinn, USA, RD, Koredino ak kek nan peyi ki nan Moyen Oryan. Ayiti dwe antre nan relasyon ak anpil lot peyi ki ka vreman ede nou mete youn strikti de defans nasyonal. Etidyan sa yo ap etidye vreman nan inivesite men yo ap rantre nan kilti peyi sa yo, idantifye kek capital imen, kek ekspe nan zam ak nan lot disiplinn ke nou bezwen. Chak lane nomb etidyan yo ap ogmante e yap etidye sou kont leta aysien. Le yo gradye yap genyen tounen vinn milite lakay….

3) Ayiti bezwen menm 5000 chinwa ak koreyen dino, iranyen ki ka vinn ede nou plante lakay. Solda say o ape de nou konstwi e plante pendan yap ede nou mete youn ko skout ak louvto pou pwoteje peyi’a. Mwen ap menm pale de lame men youn ko skout ak louvto ki pwal ede nan travay devlopman dirab la. Ayisien fanm tankou gason ki volonte pou patisipe nan rebwazman, alfabetizasyon, pwoteje fwontye, bati moniman istorik, pwoteje moniman ke nou genyen, ko enjenye ki ka bati kay piblik, etc.. Nou bezwen ti ko skout ak loouvto ame say o pou yo ta rive jiska 1000000.

4) Nou bezwen pou elev nou yo aprann koman yo fez am, rearanje zam ke nou rantre. Koman rantre zam nan peyi’a nan figi Tonton Sam. Fasil men mwen jis pa vle rantre nan teknik sa yo men li fasil.

Travay pou bati kay piblik, agrikilti, edikasyon elatriye dapre mwen pa ka fet san pa genyen youn strateji de defans nasyon an. Mwen rete kwe ke nou bezwen kek bon zam pouf e lot nasoyn pense anvan yo fe atak gratis kont nasyon an. Nou ka peri men anvan sa fok nou genyen fason pouf e youn kou pou je nou. Nap peri men kek vil nan peyi arebo kote nou ap ale ak nou. Ayisien ki pense ke nou ka lage defans nou sou kont LONU ak USA nou pa di yo antinasyonal men nou pa dako ak yo! Moun ki ka defann lakay youn nonm se ou menm, vwazen ak etranje pap vinn mete lavi pitit yo an danje pou defann moun ki pa menm ak yo! Se met ko ki gadyen ko! Alo mwen ta swete ke tout kandida a la prezidans pwan not si yo ta vle reyisi!

    La date/heure actuelle est Mer 5 Oct 2022 - 14:19