Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Coffret dresseur d’élite ETB Pokémon EV06 Mascarade Crépusculaire
56.90 €
Voir le deal

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

4 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  dilibon Ven 11 Mar 2011 - 13:59

Rappel du premier message :

Mezanmi youn paket zanmi ap kritike mwen kom tanbou 2 bounda. Se pa sa, map vote Madan Manigat men mwen konpwann deba, mwen te onn prepare elev kite nan debate team e yo te konn genyen! Mwen konprann dynamik deba, teknik pou ka genyen deba, domine sije, konvenk patizan w de kapasite w, atire sipo menm moun kita kont ou nan fason wap demontre kapasite w, demontre febles lot pati an fas la e toujou fe kontras ant advese ak ou menm!

1- Martelly di li se chef dokes! Nan nepot ere mwen tap dil ke okes la ap fe kakofoni paske chef okes la pa konn li mizik. Sil te konn li mizik pa tap genyen kakofoni sa'a epi mwen tap soulve ere Mickey!

2- Martelly di ke li pat Sweet Mickey se tankou youn akte li te men nan mitan deba nan diskisyon ak youn jounalist li di le lite konn di betiz li te di se li menm, li te assume sa. Kounyea kom kandida mwen tap di kile li Sweet Mickey, kile lite Michel Martelly paske se Sweet Mickey kite konn di betiz e non Michel Martelly. En passant, eske le Sweet Mickey te konn pwan 1000 dola krak pa jou eske Michel Martelly te genyen youn lot sevo ki fel pat santi efe drog la?

3- Martelly vini ak oyun paket data ke li di ki disponib! San panse, Madan Manigat di li genyen nimewo tou, kidonk li valide chif sa yo. Men eske yo ekziste vre? Non! Kote Michel Martelly pwal jwenn 10 bilyon sou fwontye, kote ge nan koripsyon ka bay bilyon, menm si sete vre koman li fe konnen, ki jan li mezire sa? Madanm Manigat dako (DAKO ak Michel Martelly) ke li fe travay la pou li! Ki pawol sa mezanmi?

4- Martelly di ke lap fiskalize bolet lap jwenn 200 million ou byen billion, koman lap fe sa, ki etid li fe sou sa? Anyen! Madanm Manigat jis aksepte sa. Qui ne dit rien consent!

5- Jounalist, Dany Valet, fe Madanm Manigat youn kado nan kesyon sou zafe kay la. Madan Manigat te gendwa pat rantre nan kay la, men mwen tap di msie ke yun ajan imobilye ka pwan kek responsabilite men kanta zafe peye bill, zafe abandonen kay ou pa, kontak ak bank fok individi konsene a pwan responsabilite. Nan papye tribinal la, yo lonmen de ni ajan imobilye a ak tout Michael Martelly kom defendant. Men sak fe Michel MArtelly fashe a se paske li genyen 2 nom Michel Martelly ak Michael Martelly. Li pa vle we ke li ap fonksyone deyo sou 2 noms differents. Ekip MAnigat di yo se pwofesyonel yo te dwe genyen youn ekip kap checeh febles Martelly pou Madanm nan te ka pwan avantaj de sa. MArtelly paret pi prepare ke Madnam Manigat dapre. Travay preparasyon MAdanm nan pa evidan. Alo eske yap pka prepare li nan gwo rendez vous ke li pwal genyen nan mond nan ou byen yo pwal kite ale san preparasyon paske nou pense ke li konnen tout bagay paske li genyen youn doktora! Se tankou le lievre e la tortue!

6- Martelly fe menas sou jounalis la, kisa MAdanm Manigat di de temperament toro a? Kijan lite pwan avantaj de balon d'or jounalist la te ofri li?

7- Chak fwa yo bay Madanm Manigat youn okasoyn pou li ta replike e ajoute kek bagay ki ak mete MArtelly nan ti soulye, kek mankman ke li fe anro yo. Li pase li di sans commentaires. Se pa possible. Madanm nan dako ak advese a twop epi li kanpe en defense devan MArtelly aloske se oppose kite sipoze vre. Youn match Etwal kont Racing, si Etwal fe match nul li sanse genyen. Pwen final!

8- OGMs - Leader Repons peyizan ka byen pa youn specialist pa genyen anyen nan sa. Men apre sak pase nan Plato Santral li ta dwe konnen kisa OGM vle di e ki opinion peyizan yo de OGM ki bay bon randman okomansman men ki souse terre a apre sa epi li pa bay anyen. Li ap konnen anyen! Poukisa kontrast al pa fet nan kan Manigat?

9- Michel Martelly pale de paket contrat de libre echange ke Ayiti genyen ak lot peyi ke li pwal propose ceci cela... Aloske sel kontra ke Ayiti genyen vreman se ak Caricom jan ke Madan Manigat te di a, men li manke pwente ignorans leader Repopns Peyizan an.

10- Madan Manigat te dwe pale kreyo rek, kreyol preske a la maniere de Aristide, epi pou li te pwente ke Michel ap mele franse ak kreyol pou fe youn fas ke li te ale lekol malgre ke lite fe youn chwa pa janm chita nan youn universite! Melanj franse ak kreyol sete youn trompe oeil de mank de fomasyon chef dokes la!

11- Poukisa Madanm Manigat pa adrese gaf Michel Martelly, pa Sweet Mickey, nan Repiblik Dominikenn sou kesyon fisyon lil la? gade koman gouvenman dominiken an komanse lonmen dominiken ki anti aysien - Ah akoz de msie aysien pwal pase mize!

12- Poukisa Madanm Manigat pa adrese e menm kritike deklarasyon kandida MArtelly nan FOrt Liberte sou kesyon si li pa elu sa li pwal fe e di moun ki pa vote li yo e mande li eksplike li pi kle devan pep la?

13- Nan 100 premye jou yo, repons Michel Martelly te prevoyab, li tradisyonel. Aloske Madanm Manigat te ka reponn ke li pwal netoye peyi a, li pwal mobilize peyi a e jenn yo an patikilye pou ede bati kote pou fe rezev anka de ijans ki pwal vini tankou siklonn ak tranblan de te, bati rezev medikaman atrave peyia e fe youn audit total de sityasyon peyi e pwopoze vre solisyon a partir de donne konkre... Repons ann pat vreman konple ...

14- Animatris la annonse ke nou pwal pale de edikasyon, Michel di "Ah men bagay mwen an" Madan Manigat, dapre mwen, te dwwe kanpe msie e manke koman fe edikasyon se bagay li'a, pwiske li pa menm konn siye ban youn inivesite. Etan neg ki soti nan klas moyenn, li te genyen moyen ale nan meye inivesite peyi a ak etranje ka ofir men lite fe youn chwa poul te tounen chef dokes ki menm konn li mizik, fe teyat ak Sweet Mcikey, sou ki baz li pwal pote edikasyon bay jenes la?

15- Michel Martelly ale reponn telefonn nan mitan deba a, koman sa fe fet? Se paske te genyen reprezantan etrnaje ki fe msie pat tou kite deba a e mande pep la vinn defann li poutet kesoyn pou li menm kite unfair!

16. Michel MArtelly menase jounalist kite poze li kesyon sou kay la epi Madnam Manigat kite li fe sa en toute impunite!

Mwen te espere youn Madnam Manigat kite vibrante, kite sou pik li, ki tap bay kek fay pou anpeshe Michel Martelly rete sou scrpt yo te bal recite a. Li ap fe sa. Michel Martelly genyen deba a. Men sa pa vle di ke li genyen eleksyon an kan menm. Ekip Madanm Manigat dwe demontre ke yo pwofesyonel tout bon. C'est au pied du mur qu'on reconnait un vrai macon!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas


dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Le gros roseau Ven 11 Mar 2011 - 15:37

Lè duvalier te beswen pale kreyol li pale l pi byen pase ni mwen ni wou genyen moun ki konprann se manti mwen ap bay men premye fwa mwen rankontre ak Duvalier se devan palè legislativ nan bisantnè lè Saint lot tap preside yon seyans la chamb lan se an kreyol mwen te pale ak li e se an kreyol li te repon mwen.se vre li te kon di li pa konn pale kreyol byen.men lè li vle di pep la sal beswen di yo se abitan selman ki te pale kreyol pi byen pase li.men sa pa vle di ke li te konn di betiz poul te kominike ak pep la.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Invité Ven 11 Mar 2011 - 15:41

Le gros roseau a écrit:Lè duvalier te beswen pale kreyol li pale l pi byen pase ni mwen ni wou genyen moun ki konprann se manti mwen ap bay men premye fwa mwen rankontre ak Duvalier se devan palè legislativ nan bisantnè lè Saint lot tap preside yon seyans la chamb lan se an kreyol mwen te pale ak li e se an kreyol li te repon mwen.se vre li te kon di li pa konn pale kreyol byen.men lè li vle di pep la sal beswen di yo se abitan selman ki te pale kreyol pi byen pase li.men sa pa vle di ke li te konn di betiz poul te kominike ak pep la.

Ki objektif ou ???

Ki sa ou ta renmen fè pase ak sa wap ekri yo???

Mwen pa rive suiv suit ide ou yo...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Le gros roseau Ven 11 Mar 2011 - 15:45

Si se manti Myrlande ap bay ke li pa janm anseye nan iniversite kiskeya e byen se pou moun ki an ayiti yo di se manti.mwen pa ka ba w prev paske mwen pat o Venezuela ni mwen pat an ayiti men se sa mwen tande yo di ke li tap fè nan iniversite kiskeya.Si w genyen prev ke li pa janm anseye oken matyè oken kote e byen se pou ou denonse li kom yon impostè.mwen kont zafè moun ki ap pran tit an ayiti paske yon te pase kek jou a letranje san yo pat pase ekzamen ki ba yo dwa a yon tit.Se pousa mwen di ke se Preval ki mete pep la nan anbara saa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Invité Ven 11 Mar 2011 - 15:48

Le gros roseau a écrit:Si se manti Myrlande ap bay ke li pa janm anseye nan iniversite kiskeya e byen se pou moun ki an ayiti yo di se manti.mwen pa ka ba w prev paske mwen pat o Venezuela ni mwen pat an ayiti men se sa mwen tande yo di ke li tap fè nan iniversite kiskeya.Si w genyen prev ke li pa janm anseye oken matyè oken kote e byen se pou ou denonse li kom yon impostè.mwen kont zafè moun ki ap pran tit an ayiti paske yon te pase kek jou a letranje san yo pat pase ekzamen ki ba yo dwa a yon tit.Se pousa mwen di ke se Preval ki mete pep la nan anbara saa.

Li pat janm anseye nan Venezuela jiska se ke yon lot moun rive pwouve nou le kontrè...

An Ayiti, nempot moun anseye nan Univèsite...

Donk nou bezwen plis enfomasyon pou nou ka di ki sa Myrlande ye vrèman....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Le gros roseau Ven 11 Mar 2011 - 15:55

ou mande ki objektif mwen e byen mon chè si depi map ekri sou enternet la ou pa konnen sa map defann e byen nou pa beswen kontinye diskite.objektif mwen se pou 95% ayisyen ki ap viv ak mwens ke 2 dola pa jou pou yo jwen dlo pwop pou yo bwè lekol pou yo voye pitit yo,lopital pou lè yo malad , travay pou yo pa beswen al frite ka moun. mwen beswen ke koriptyon fini an ayiti, jistis se pa yon lix ke se sel moun rich ki ka achtel, mwen vle ke dwa tou moun respekte ala won badè,pou hing hang pou pouvwa fini.pou anraye tout maladi ki ap touye ayisyen pou tout ayisyen ka jwen yon bout kay pou yo rete.poum pa beswen parenn ou marenn pou mwen ale an ayiti ,pou genyen sekirite nan peyi ya.mwen ta renmen yon jou genyen konpayi ayisyen tou ke mwen ka envesti ti lajanm nan yo poul banm benefis.mwen ta renmen ke yo sispann di se nou ki pi pov an amerik la.mwen wont lè m wè ayisyen ap vinn mouri sou plaj florida tankou se yon lanfè yap fwi.mwen vle pou grangou, maladi fini an ayiti.mwen vle pou tout ayisyen mete tet ansanb pou nou bati yon lot peyi.kote tout moun genyen menm dwa e menm devwa; pou richess peyi ya separe ekitableman mwen pa di egalman non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Invité Ven 11 Mar 2011 - 16:01

Le gros roseau a écrit:ou mande ki objektif mwen e byen mon chè si depi map ekri sou enternet la ou pa konnen sa map defann e byen nou pa beswen kontinye diskite.objektif mwen se pou 95% ayisyen ki ap viv ak mwens ke 2 dola pa jou pou yo jwen dlo pwop pou yo bwè lekol pou yo voye pitit yo,lopital pou lè yo malad , travay pou yo pa beswen al frite ka moun. mwen beswen ke koriptyon fini an ayiti, jistis se pa yon lix ke se sel moun rich ki ka achtel, mwen vle ke dwa tou moun respekte ala won badè,pou hing hang pou pouvwa fini.pou anraye tout maladi ki ap touye ayisyen pou tout ayisyen ka jwen yon bout kay pou yo rete.poum pa beswen parenn ou marenn pou mwen ale an ayiti ,pou genyen sekirite nan peyi ya.mwen ta renmen yon jou genyen konpayi ayisyen tou ke mwen ka envesti ti lajanm nan yo poul banm benefis.mwen ta renmen ke yo sispann di se nou ki pi pov an amerik la.mwen wont lè m wè ayisyen ap vinn mouri sou plaj florida tankou se yon lanfè yap fwi.mwen vle pou grangou, maladi fini an ayiti.mwen vle pou tout ayisyen mete tet ansanb pou nou bati yon lot peyi.kote tout moun genyen menm dwa e menm devwa; pou richess peyi ya separe ekitableman mwen pa di egalman non.

Kijan wap rive atènn objektif sa a nan ekri sou Entènèt???

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!  - Page 2 Empty Re: dapre mwen Michel Martelly genyen deba, Madan Manigat fel kado li!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum