Poesie
Page 1 sur 1
Poesie
Transandan
Chak fwa wou bay Bondye yon fas
grenn je mwen wè grimas
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
2
Chak fwa wou bay Bondye yon vizaj
mwen wè yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kaze fenèt kraze pòt
3
Chak fwa wou bay Bondye yon pòtrè
mwen wè sendenden kap trase vèvè
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
4
Chak fwa wou bay Bondye yon imaj
mwen wè yon grimas san lizay
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fenèt kraze pòt
5
chak fwa wou bay Bondye yon figi
mwen wè aktè kap jwe komedi
ki fè mwen tounen yon ti milèt pòt
voye kout pat kraze fènèt kraze pòt
6
Lwa kon Bondye se yon lespri
filozofi di lespri pa gen figi
Bondye se pa yon bagay ki gen mezi
Se limyè lespri ki konprann lespri
6
Chak fwa wou fè mwen sonje koulè po
lespri santi li fèmen nan kacho
mwen se moun ki gen lespri
ki rive bout jouk nan lenfini
7
Chak fwa ou fè mwen wè koulè po
wou fè mwen santi mwen nan gueto
mwen gen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
8
Chak fwa wou etabli diferans koulè po
mwen wè komedi jwet lagolago
mwen gen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
9
Chak fwa wou mete aksan sou koulè po
wou fè mwen santi mwen se zonbi nigo
mwen gen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
10
Chak fwa mwen wè baryè koulè po
mwen wè limit andedan fon sèvo
mwen gen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
11
Chak fwa mwen wè limit koulè po
mwen wè tèt sèvo nan recho
mwen gen lespri pou konprann
konprann bagay ki transandan
12
Nan moun mwen wè
limanite
Nan moun mwen wè
valè
13
Nan moun mwen wè
lemoun
Nan moun mwen wè
kòsmòs
14
Nan moun mwen wè
fwatènité
Nan moun mwen wè
linite
15
Sajès filozofi di : Bondye pa gen figi
Zòt ki pèdi nan kwayans di: sa se foli
Sajès filozofi di :lougarou djab pa egziste
zòt ki kwè nan mit di : tafya kap pale
16
Toujou yon milyon kesyon
ki toujou genyen de repons :
Mit tradisyon fè moun kwè nan Orezon
Sajès filozofi fè moun kwè nan rezon
kole vwa pou linite
Depi lè nou te tou piti
nou grandi nou jwenn yap di
Ayiti pran chimen move pa
paske anpil moun nan sèvi lwa
2
Lwa se yon zany, lwa se yon lespri
ki pa genyen fòm ni pwa ni mezi
Lwa rada yo se pa espri malfezan
yo pa manje moun, yo pa bwè san
3
Mizè peyi pa chita nan lwa
Se lèzòm ki renmen pouvwa
ki fè anpil ayisyen ap soufri
ki fè menm lannuit yo pa ka dòmi
4
Se vre anpil moun pèdi nan fè maji
se vre anpil moun ap limen bouji
pou rele vye djab move lespri
pou fè ekpedisyon lanmò zonbi
5
se vre Ayiti se peyi san jistis dwa
ki fè anpil moun ap viv san lespwa
Se vre anpil moun ap viv san sekou
anpil moun nan lapenn ap kagou
6
Nou te goumen pou gen lendepandans
nan monte gwo kalvè travèse penitans
Men yon endepandans ki menase
paske nou pa ka monte bourik ade
7
Se vre tout patriyòt dwe kole vwa yo
ansanm pou fè gwo manman flanbo
yon fason pou nou ka rete nan linite
pou chak jou solèy libète kapab klere
8
Tout moun kap goumen pou linite
tout moun kap lite pou libète
dwe rekonèt dwa lekzistans
tout lòt relijon ke gen prezans
9
Si nap goumen lite pou demokrasi
blayi sou tè tout peyi Dayiti
Chak reljion dwe rekonèt dwa lekzistans
tout lòt relijion ki genyen prezans
10
Se nan rekonesans dwa yon ak lòt
na va sispann koumen kon de matlòt
sispan voye kouto voye kalòt
tankou kannannan zonbi nèg sòt
11
Si nap goumen lite pou demokrasi
blayi sou tè tout peyi Dayiti
Chak reljion dwe rekonèt dwa lekzistans
tout lòt relijion ki genyen prezans
12
Si wou rekonèt lekzistans pa m
si mwen rekonèt lekzistans pa w
nou tout ap viv nan limyè lapè
pap gen ni zenglendo ni chimè
Couleur
Avec mon esprit de transcendance
qui m’élève au-delà de l’apparence
je veux vivre dans la tranquillité
en respirant l’air embaumé de félicité
2
Tout ce qui est couleur
inspire l’horreur
couleur de la peau
mot qui inspire maux
3
Dans le jeu de la différence
moi je garde ma distance
car mon âme n’a pas d’horreur
car mon cœur n’a pas d’aigreur
4
Laissez moi donc loisir d’aimer
même quand point vous n’aimez
car je veux vivre dans la paix
sans chagrin sans abcès
5
Avec mon esprit de transcendance
qui m’élève au-delà de l’apparence
je veux vivre dans la tranquillité
en respirant l’air embaumé de félicité
6
Blanc ou violet est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
7
Blanc ou violet est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
8
Noir ou bleu est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
9
Rouge ou gris est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
10
Jaune ou vert est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
12
Marron ou gris est capable d’estime
pour ne pas jouer le jeu de la victime ;
toute une question de valeur
qui élève l’âme et le cœur
13
Avec mon esprit de transcendance
qui m’élève au-delà de l’apparence
je veux vivre dans la tranquillité
en respirant l’air embaumé de félicité
octobre 2006
Wougano, Mwen ak Bòkino
La vi se yon lit kout kanno
ant Wougano ak Bòkino
Mwen sèvi medyatè mèt rezon
pou rezoud konfli nan tout sitiyasyon
Wougano chita sou règ jwèt lavi
pou Bòkino kapab satisfè bezwen li santi
Mwen pran konsyans tout reyalite konfli
pou jwenn solisyon san deranje règ jwèt lavi
Lavi Bòkino san lòd prensip Wougano
se zen dezòd briganday zenglendo
kote tout moun genyen plak lisans
pou komèt vyòl, vòl, krim tout sòt vyolans
Tout moun kap viv sans respekte prensip
reprezante yon danje pou tout zòt kap viv
Li genyen andedan fon lespri tout sa ki reyini
pou chavire tètanba tout lwa lòd prensip ki etabli
desanm 2006
Le combat
La vie est un véritable combat
entre le surmoi et le ça
Le moi est là comme médiateur de la raison
pour dénouer le conflit dans la situation
Le surmoi nous rappelle les normes de la vie
pour satisfaire les besoins du ça ressentis
Le moi prend conscience de ce conflit
en vue d’une solution sans dévier les principes
La vie du ça sans le règne du surmoi
est une vie de chaos et de désarroi
où tout est permis de toute licence
crime, viol, vol, libre cours à la violence
Celui qui s’écarte des principes établis
est un être dangereux pour ses congénères
Il possède en lui tous les éléments réunis
pour chambarder l’ordre et ce qui s’y interfère
:: Rate This Post :: [Edpoete Off-Line] Add User to Ignore ListSend private messageFind all posts by %s Post » Thu Dec 28, 2006 3:40 pm Post: #1
Edpoete
Corporal
Corporal
Edpoete
[Gender: Male] [Zodiac: Virgo]
Birthday: September 17
Orientation: Hetero
[Canada]
Posts: 26
Net Worth: K$250
Location: Pierrefonds
Usergroups: None
:: Subject: Reflexion sur le vodou (suite) Reply with quoteBack to top
DANLEH KEVIEZO
Lumière sur la Cime
Écoutez mes frères, mettez vous debout
Pour casser, vider, renverser les tabous
Qui nous enferment dans l’ignorance,
Temps que brille le soleil de la conscience
Vous, dont les pieds sont en Amérique
Et le sang remonte à la lointaine Afrique
Il est temps de nous sortir de l’obscurité
Afin de briller à l’horizon en toute clarté
Nous ne sommes plus au temps de la traite des noirs
Ou la loi assassine et blanche du code noir
Interdit à l’africain noir la lumière, la clarté
Nous réduisant au statut de biens au marché
Sortez de l’abîme des préjugés, de la discrimination
Montez sur le plafond pour voir dehors l’horizon
Là où la vie est animation, est sagesse, est lumière
Là où l’existence nous verse le plein de ses mystères
Nous sommes responsables de l’ordre, de l’harmonie
Responsables de la dualité de l’existence, de la vie
Notre charge de nous libérer du monde infernal
Afin de nous tirer les âmes du tréfonds du mal
Nous ne sommes plus des esclaves à genou
Au pied oppresseur de Aza Athiassou
Génie du mal volant Dieu pour s’enrichir
Maître de la corruption boudant l’avenir
Nous ne sommes plus des esclaves à genou
Soumis à la domination de Aza Athiassou
Cette âme Vilaine qui s’enrichit au détriment de la société
Brave Guédé l’appelle volè twa jou anvan chat nan maché
Nous ne sommes plus esclaves d’un Aza Guidi
Vorace insatiable qui coupe, dévaste, détruit
Toutes les récoltes pour assouvir sa faim
L’Aloufa voyant le présent, boudant le demain
Combattons du côté de Quebibiessou Danleh Queviezo
Qui déteste les crimes, les tours à l’origine de tous les maux
Soyons la lumière qui sur la faite de la montagne luit
Soyons la foudre qui zèbre, la chaleur qui brûle et purifie
Soyons tous la lumière qui éclaire, qui brille sur la cime
L’âme amoureuse de la justice, qui déteste le crime
Armons de la franchise de Danleh de la sagesse d’Obatala
Car nous venons de la lumière, nous venons de Dambalah
Inspirons nous de Danleh keviezo qui aime la justice
La chaleur qui purifie le cœur et déteste tous les vices
Inspirons de Danleh keviezo qui bénit les cœurs sains
Mais renverse où se pratiquent les sacrifices humains
Demeurons fideles aux principes sublimes du vodou
Méfiez vous des malins qui les dévient pour des sous
Inspirons nous de Danleh Keviezo qui bénit les cœurs sains
Mais qui renverse où se pratiquent les sacrifices humains.
Il est un principe du Vodou qui entretient le destin :
Tous les êtres de la nature sont sains
Et doivent être traités de manière saine
Sublime principe que le vodou enseigne
27 octobre 2011
Edpoete- Star
- Nombre de messages : 209
Date d'inscription : 24/10/2006
Page 1 sur 1
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|