Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Fnac : 2 Funko Pop achetées : le 3ème offert (large sélection de ...
Voir le deal

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

3 participants

Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  ainsi ne soit-il Sam 9 Avr 2011 - 1:09

Menm istwa'n relege au dernier plan lè nou pretand n'ap goumen pou peyi a. Si nou te vrèman kwè lan bout tè sila, nou ta pense kite'l lan bon eta pou sa k'ap vini yo.

Nou pa gen chans se vre, men gen yon lè ke se nou ki ta dwe fè chans nou, nou dwe pran tèt nou en charge. Pa gen diskou ideolojik ki aplikabl si pa gen volonte pouvwa yo pou chanjman fèt lan yon peyi. Se pa sèlman prereki materyèl ou organizasyonèl ki sufi, se lè nou aprand bay ti jès ki pi piti a valè, lè nou valorize chak sitwayen e ke li konen ke li se yon moun, ke li ka itil sosyete'l tan e osi lontan li kwè lan sa ki byen, lan sa ki bèl.

Pou mwen, nonm ki te di ke se sosyete ki koronp l'homme la pa't gen tor non. Menm janr itou, mwen kwè ke menm si yon moun ta gen enklinsyon pou sa ki move, yon bon anvironman ka ede'l vin yon bon moun.

M'ap kanpe la anvan zót kwè ke m'se yon filozof mal bati tankou'l, anvan le diable de Tasmanie pense ke mwen bezwen imite'l lan seye vand moun yon evanjil apocryphe. Lan jan de koze sonje sa yo, mwen aprand kite plas pou lespri ak imajinasyon moun yo paske m'pa ko enbesil ase pou m'kwè ke m'posede la verite.

Koze vini koze ale koze retounen menm jan se an ron ke Ayiti ap tounen de pi lontan. Eksepsyonèlman, gen yon etap ki makan kote nou te ka reprand elan nou lan cycle ou cercle vicieux sila. Se moman Abram te di c'est assez a. Men nou pran anba yo mekanisyen ki aranje'l pou motè machin la pa ka bay bon randman lontan pou ka retounen chak fwa lan garaj li.

Ayiti rete plis yon faktori pou voye moun al travay aletranje: Cuba, Amerik, e menm... Dominikani. Sendika peyizan ak travayè ak etudyan pat janm on bagay ke lEta lakay te janm bay valè.

Se lan pratik revandikasyon ke moun devlope apeti pou droit yo. Ke se ideoloji ke se revolisyon, pa gen pèsonn ki envante anyen e tout sistem dwe transforme pour le bien collectif. Ke se lan ane 1789, ke se an 1917, sa te pran spontaneyite mas popilè yo menm si gen anpil lide ki t'ap sikile deja. An fèt, se toujou aksyon pep ak fanm ki motè revolusyon sa yo. Depi dè syèkl, moun ap goumen pou amelyore sor yo anba voras.

An Frans, la prise de la Bastille se yon istwa ki pa ekzakteman sa yo fè n'konprand la; se lè moun yo pa't ka kenbe ankor anba gran gou ke yo deside al piye prizon la Bastille kote yo te stocke pommes de terre pou nouri prizonye yo tankou cochon à l'époque. (lol) Lan epók la metropole te fin rich sou do Saint-Domingue wi. Nou konn suit bagay yo ki te vin transforme an rekuperasyon antr gwo zouzoum ki t'ap goumen pou pouvwa ak enterè yo. Men nou aprand itou lan mouvman sa yo ke pa gen sosyete ki avanse si w kite majorite moun yo dèyè ak lan inyorans nèt.

An Risi menm, se te fanm ki t'ap manifeste paske te manke danre alimantè. Lan menm moman sa, mari yo te komanse bouke ak kondisyon travay pete fyèl lan izin. Lè fanm pran la ri pou reklame lèt pou bay pitit yo bwè, nèg yo tou di pou ki sa yo pa al mache ak medam yo, manman pitit yo. Si byen m'ap sonje yon imaj achiv lan yon film kote yon landeau t'ap deboule yon eskalye beton ak yon ti bebe la dan'l lè lame te chaje manifestan yo. E se te sa k'te deklanche kokenn boulvèsman yo.

Sa konn pran syèkl pou jan de boulvèsman sa yo pase, donk li pa janm tro ta pou lot peyi subi transformasyon. Lan kontèks aktyèl la, moun vin tro endividyalis, yo vin tro kondisyne lan rol konsomatè pou tout kalite endistri ki lan konkirans, donk li vinn difisil pou anpil moun idantifye ki ès ki ènmi progrè yo.

Pa pale kote yo reyisi menteni majorite popilasyon yo lan inyorans, analfabetism. Kote menm politik se yon bagay rudimantè lan 21èm syèkl. Nous ne sommes pas au bout de nos peines.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Re: Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  Le gros roseau Sam 9 Avr 2011 - 9:44

"mwen kwè ke menm si yon moun ta gen enklinsyon pou sa ki move, yon bon anvironman ka ede'l vin yon bon moun."

saa se yon verite wi.Mwen pa janm yon dogmatik pou mwen chak peyi genyen yon kilti, youn istwa, ki fè nou pa ta dwe imite sa lot moun te fè ou ap fè lakay yo.Wi ideoloji kominis te ka chanje inegalite sosyal yo an almay an chinn ou byen an Russie. men eske kote nou ye la nan 21 syek kote ayiti se yon peyi feodal toujou nou ka di an nou adopte ideyoloji saa tou.eske li pa ta pi bon ke nou kreye yon system ekonomik pa nou ki koresponn ak moyen e beswen nou.Imite san kosidere kondityon nou e beswen nou se sa ki ap touye peyi ya.Yon peyi kote pa genyen kamyon pou ranmase fatra nan la ri'pa genyen menm yon anbilans pou si yon moun malad li ka rele pou yo mennenl lopital nou genyen yon Presidan, yon Premye Minis ,Yon chanb Sena yon chanb depite ;Minis de la kilti , yon minis du tourisme, yon Minis de la kondityon feminine, yon minist zafè etranje ,yon minis ayisyen ki ap viv lot bo dlo. Yon birokraty ki ap toufe peyi ya e ki anpeche li fè yon pa an avan epi malere ap mouri ak kolera paske yo pa jwen dlo pwop pou yo sèvi.Men pwiske funktyon sa yo pemet politisyen kale wes nanpren yon ki ap di sa pa fè sans.

mwen pa kwe se ideoloji ki motè devlopman si se vre Coree du Nord ta depase Coree du Sud';l'allemagne de l'est ta pi prospè ke lallemagne de l'ouest ,peyi ki te satelit l'Union Sovietique yo ta pi rich pase pays ki nan alyans OTAN an.Mwen kwè ke adopte yon ideyoloji ki pa koresponn ak kilti peyi ya ka konstitutye plis yon antrav ke yon motè devlopman.Mwen kwè menm Fidel castro te kritike kantite birokrat ki genyen kiba.Ti mache ayisyen two piti pou tout kontwolè sa yo.pou tout kontè de poix sa yo.An nou ekri yon lot konstitutyon ki pi apwopriye ak moyen e beswen reyel nou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Re: Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  ainsi ne soit-il Sam 9 Avr 2011 - 12:09

Mwen kwè ke adopte yon ideyoloji ki pa koresponn ak kilti peyi ya ka konstitutye plis yon antrav ke yon motè devlopman.

Sa se refleksyon moun ki gen vizyon e ki pratik. Gad tout tan nou pèdi ap seye brile etap, seye aplike tout kalite mezi ekonomik, ideoloji neoliberal, pou n'ka fè zót plèzi. Tankou yo Madanm t'ap di, li lè pou kominote entènasyonal sispand sèvi ak Ayiti tankou yon laboratwa pou tout eksperyans ki pa mache. Nou pa ka ak de po bouda'n pou y'ap trene'n lan koze mondyalizasyon. Se pa pou anyen nou fin neglike sektè ki prioritè lan peyi a.

E pi gen yon klas komèsan mafioso ki ta supoze rache manyók. Sou kestyon sineki ak koripsyon lan administrasyon piblik menm, depi lontan w'ap denonse sa. Ekzanpl Castro ki te kritike trop biwokrat lan peyi Cuba a, se yon bagay serye tout bon wi. W tonbe jis paske Raoul sot anonse mise-à pied yon milyon fonksyonè. Sa se pa kakakok non. Sa pa fè sens. Li lè pou tout moun sa yo al resikle tèt yo.

Bon ya'p koupe tout fonksyonè sa yo san konte sa k'ap rete pou peyi ka kontinye fonksyone, se bagay nou pa menm wè lan peyi ki gen 10 fwa popilasyon Cuba. (lol) Lè w byen gade, menm si se lan yon rejim rèd, sa pa janm vle di ke dirijan yo gen kontrol sou administrasyon piblik peyi a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Re: Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  Le gros roseau Sam 9 Avr 2011 - 12:28

sa w di la;Raoul ap mete yon milyon birokrat a tè nan kiba?Bravo bali bwa fok parese sansi sa yo al chache travay tou pou yo fè an ayiti.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Re: Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  grandzo di Mar 12 Avr 2011 - 18:34

Message de la propagande


grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a? Empty Re: Ideoloji, konstitisyon, èske yo vin anvan sa ki ta sipoze gide aksyon pèp sa a?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum