Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

2 participants

Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Joel Ven 24 Juin 2011 - 9:42

Ann AYITI ;LITERATI se yon obsesyon;se powèt,se romansye ki selebrite.
Yon seri de aktivite wazif.
Gade prezidan dominiken an;misye ale ann IZRAYÈL pou l pran kontak ak kominote syantifik lan ;tankou WEIZMAN INSTITUTE.
IZRAYÈL yon peyi ki pa janm bay yon PRI NOBEL lan literati men ki bay plizyè lan SYANS:

President Fernandez highlights role of science in development

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2011/6/23/39988/President-Fernandez-highlights-role-of-science-in-development

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Invité Ven 24 Juin 2011 - 10:02

Se kounye a nou we sa bande de farceurs ! Nou okipe yo pandan vingt cinq ans pas vre ? Nap chanje !Nap chanje tout sipestitisyon sayo ke nou apwan pou kinbe nou lan stagnation tandi ke lot ap fe lajan ap byen minin. Nap kite bloffeu.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Joel Ven 24 Juin 2011 - 10:21

Pa gen anyen lan pwofil MATELI ,lan ""mind set"" li ki ap di m l ap aji otreman.
S il ta chanje jan bagay yo fèt ,mwen se youn ki t ap premye bat BRAVO;men mwen doute

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Le gros roseau Ven 24 Juin 2011 - 10:22

Joel

men poukisa mwen toujou ap pale de yon revolutyon kiltirel an ayiti.Mwen sot ap li kote martelly ale nan foire liv ki ap deroule Port-au-prince lan kote li rankontre ak Franketienne.ak anpil lot ekriven ayisyen.map parye ak w pa genyen yon liv pami liv ki ap vann nan foire liv ki ekri pou ranplase liv ke ti moun nou yo aprann lang franseuu ya.napren yon moun ki ekri yon liv fizik ,yon liv chimi , yon liv bioloji, fisiolojy.yon liv calculus,yon liv geyometri aljeb etc.Ou ta di yon neg tankou franketienne ki se edikatè, direktè lekol ki konnen difikilte ke paran pov yo genyen pou yo achete liv pou pitit yo ki lakoz anpil ti moun te blije kite lekol li ta mete konesans li deyo poul ekri liv ke ti moun ka aprann syans e matematik pi byen non se pa sa li vle ekri li pito ta renmen vinn yon Molière ayisyen.Ki sa ki ta pi itil ekolye ayisyen yon bon liv matematik ou byen roman sa yo ke yap ekri yo tankou "Comment faire l'amour avec un nègre sans se fatiguer."Adrianna dans tous mes rèves." etc.

se edikatyon pakoty saa ki fè menm yon grenn kafenol se enpote nou enpote ,menm yon zegwi se enpote nou enpote li ,menm manje pou nou manje se enpote nou enpote yo jodya.Leonel fernandez pa yon enbesil pitit sesil li konprann ke yon peyi pa ka ap vann de twa ti sak mango ,de twa ti moso twel kole epi li ap enpote tout bagay ke li beswen epi iyoran pretansye yo konprann ou ka devlope yon peyi konsa.Ou pa wè se metro li ap bati Santo domingo tandiske latorue li menm se yon autowout ki pi modern li te di moun Gonayiv li pral konstwi.mandel konbyen moun ki genyen bel machinnn nan Gonayiv ki te pral itilise otowout saa li pa ka di w.

ou te di yon bagay ayisyen erite tou sa ki pa bon nan kilti franseuu yo.se pa manti.se yon revolutyon total kapital ki pou fet nan peyi saa anvan li a komanse fè yon ti pwogrè.mwen pa kwè ni mwen ni wou ap gentan wè chanjman saa ke nou ta renmen wè ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Joel Ven 24 Juin 2011 - 13:26

ROZO;

Se JACQUES DELORS ,lidè sosyalis franse an,ki te fè konstatasyon sa a .Misye di ke ansyen koloni franse yo eritye tout sa ki pa bon kay franse yo ,yo voye sa k bon yo lan tiwa.
Ann AYITI ,si w ekri yon liv ,ou fè literati ,ou te gen tan yon afè.Men fò k liv li lan se LITERATI;si se yon liv syans yo pa p pete baw santi.
Poukisa se FWA LITERATI y ap plede fè ;poukisa yo pa òganize yon fwa SYANS?.
Toupatou ,y ap mete dezanfaz sou LITERATI.Ti FRANSE yo ,anpil ladan yo pa konnen kilès VOLTAIRE,ROUSSEAU ye ,genyen se lan INIVÈSITE y al aprann de mesye sa yo.
OZETAZINI ,administrasyon OBAMA a deklare ke timoun yo pa aprann ase syans;yo mande ,li byen wi,pou yo ajoute 3 zè d tan pa jou an plis pou timoun yo etidye SYANS.
Ann AYITI menm se LITERATI ,POWÈT PWÈT ,timoun yo pase tan yo ap etidye.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Invité Sam 25 Juin 2011 - 2:32

Antan neg ap fe pwezi pale anpil sou forum diskite radott Dominikani ap poze jalon ap poze pyon e lap mache .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS  Empty Re: Ann AYITI ,Obsesyon nou se LITERATI;DOMINIKEN ap pouswiv la SYANS

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum