Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

4 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Dim 26 Juin 2011 - 15:37

Mwen sot tande RICOT DUPUY sou RADIO SOLÈY di ke gen yon sous ki fè l konnen ke ELIZABETH PREVAL se asosye DANIEL ROUZIER lan E-POWER.
Se pa t voye DUPUY t ap voye monte non ,paske li t ap entèvyouve yon pwòch MATELI lan NOUYÒK.
Dapre sa ki di ,dapre DUPUY,se PREVAL ki t a rekòmande ROUZIER kòm premye minis;men PREVAL pa preske gen enfliyans lan INITE ankò e yo refize l.
Si se ta vre ,sa t a eksplike anpil bagay.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Dim 26 Juin 2011 - 15:50

Joel a écrit:Mwen sot tande RICOT DUPUY sou RADIO SOLÈY di ke gen yon sous ki fè l konnen ke ELIZABETH PREVAL se asosye DANIEL ROUZIER lan E-POWER.
Se pa t voye DUPUY t ap voye monte non ,paske li t ap entèvyouve yon pwòch MATELI lan NOUYÒK.
Dapre sa ki di ,dapre DUPUY,se PREVAL ki t a rekòmande ROUZIER kòm premye minis;men PREVAL pa preske gen enfliyans lan INITE ankò e yo refize l.
Si se ta vre ,sa t a eksplike anpil bagay.

Joel mwen te di sa deja sou ForumHaiti.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Dim 26 Juin 2011 - 16:05

MAXIMO;

Mwen pa t wè l;ou byen mwen pa t li l.
Dapre sa RICOT DUPUY di an ;sa ta vle di ke si se te CELESTIN ki te prezidan PREVAL ta ka rekòmande ROUZIER tou;e sa eksplike tou ,an pati,tout jimnastik PREVAL t ap fè pou l te ekate FANMILAVALAS lan.
Se kòb li PREVAL t ap defann.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Dim 26 Juin 2011 - 16:17

E se sa ki eksplike tou ki fè Preval ap mande mesye inite yo pou yo mete dlo nan kleren yo pou yo apwouve premier minis ke presidan martelly desiyen an. e se petet sa ki revolte mesye Lambert yo ki fè yo di ke preval se yon senp manb nan inite.Ti boujwa neg ak ti boujwa milat ki mete tet yo ansanb pou yo ekplwate esklav yo .Ou pa wè Preval tap lite pou ouvriye pa touche 5 dolla pa jou.Tout moun rekonet ke Preval se pi gwo jida ki genyen nan lit pep la se sak fè li eskli pati pep la nan selektyon ki sot fet la..se pa pou gremesi ou wè se preval ki te presidan an ayiti an 2006.Preval se pi gwo defansè oligarchi ya .Tilolit yo konnen ak preval enterè yo garanti.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Dim 26 Juin 2011 - 16:30

Le gros roseau a écrit:E se sa ki eksplike tou ki fè Preval ap mande mesye inite yo pou yo mete dlo nan kleren yo pou yo apwouve premier minis ke presidan martelly desiyen an. e se petet sa ki revolte mesye Lambert yo ki fè yo di ke preval se yon senp manb nan inite.Ti boujwa neg ak ti boujwa milat ki mete tet yo ansanb pou yo ekplwate esklav yo .Ou pa wè Preval tap lite pou ouvriye pa touche 5 dolla pa jou.Tout moun rekonet ke Preval se pi gwo jida ki genyen nan lit pep la se sak fè li eskli pati pep la nan selektyon ki sot fet la..se pa pou gremesi ou wè se preval ki te presidan an ayiti an 2006.Preval se pi gwo defansè oligarchi ya .Tilolit yo konnen ak preval enterè yo garanti.

Sa pap enève Lambert, pi gwo volè a magouyè pase'l pa genyen, se lajan'l li konen sèlman.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Dim 26 Juin 2011 - 16:42

Mwen pa konnen yo men tou se sa ki fè yo mande moso pa yo nan gato a e si martelly entelijan fok li ka ba yo moso pa yo si li pa fè sa yap anpechel al ka madan brino.neg yo genyen lajan e konstitutyon an ba yo pouvwa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Dim 26 Juin 2011 - 17:19

ROZO;

Se sa k fè mwen pa vle tande zafè nwa ak milat sa a.PREVAL se te toujou yon manm oligachi an le te ye.Fanmi l sòti lan oligachi teryen an .
Se AKAWO ki te gen rezon.
Mwen tande tou se madan PYÈLWI ki te entwodwi PREVAL bay ARISTIDE.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Invité Dim 26 Juin 2011 - 19:01

Joel a écrit:ROZO;

Se sa k fè mwen pa vle tande zafè nwa ak milat sa a.PREVAL se te toujou yon manm oligachi an le te ye.Fanmi l sòti lan oligachi teryen an .
Se AKAWO ki te gen rezon.
Mwen tande tou se madan PYÈLWI ki te entwodwi PREVAL bay ARISTIDE.

MESIE KIMBE MARASA NOU A POU NOU NOU PA BEZWEN LI BO LA KAY NOU NAP CHECHE KOTE POU NOU LAGE LI E BYEN REMET ARISTIDE MARASA LI YA NOU PA GINYEN NUMERO SOULYE MISYE BO LA KAY NOU C METIE AYISYEN DEPI YO PA WINMIN YUN PITIT YO LAGE LI LAN LAWI C APWE 25ANS NOU WE LI PA BON...TWIPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPP

Invité
Invité

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 6:11

Joel a écrit:MAXIMO;

Mwen pa t wè l;ou byen mwen pa t li l.
Dapre sa RICOT DUPUY di an ;sa ta vle di ke si se te CELESTIN ki te prezidan PREVAL ta ka rekòmande ROUZIER tou;e sa eksplike tou ,an pati,tout jimnastik PREVAL t ap fè pou l te ekate FANMILAVALAS lan.
Se kòb li PREVAL t ap defann.

Nou pa bezwen plenyen pou Preval kounye ya, mwen sonje an 2007 lè Deza avè'm ta kritike Preval ak gouvenman li ya nou pat dako, nou pat gen dwa kritike gouvenman sou ForumHaiti à lepok, mwen sonje mwen te ekri Marc on not sou sa, e te mande li koman fè pou yo pa ka kritike on manb gouvènman sou forum sa. Petèt si nou te konn kritike moun nou renmen yo peyi ya pa ta rive kote li ye, nou gen twop twou nan manch pou moun nou renmen, nou pa kab ap vini kriye jodi ya apre ke nou te fini bayo kat blanch.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Lun 27 Juin 2011 - 8:15

MAXIMO;
Se pa kritike ,oumenm ak kavalye polka w kritike;si yon moun gen nenpòt koneksyon ak mesye LAVALAS yo ;se ANATÈM nou vide sou li.
MARC gen dwa di w ,batay mwen ak li t ap fè a pwopo de PREVAL lè li te ranpli gouvènman lan ak GNBis,lè pi gwo konseye l yo se te de nèg ki te aktif lan mouvman GNBis lan ,tankou defen MICHA GAILLARD,SERGE GILLES,PAUL DENIS elt..
Sa te deja montre ki sa PREVAL pral fè.
Mwen pa t dakò ak PREVAL ,sa mwen pa t dakò se te dechoukay PREVAL ke oumenm ak kavalye polka w yo t ap mande;menm jan ke mwen pa p mande dechoukay MATELI.
MAXIMO;
Mwen si ke si se te CELESTIN ki te sou pouvwa a ;oumenm ak kavalye polka w yo ;t ap deja mande dechoukay li;se konsa nou fè e nou konprann politik.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 9:38

Mwen pat janm mande dechoukaj Preval, mwen te ap mete sa li menm ak ekip li ya tap fè ki pa bon, e nou pat vle tande sa. Tout moun te konen ke dechouke Preval pat posib tout otan MINUSTHA te la, men rele anmwey dèyè'l pou sa li tap fè ki pa bon ta ka fè'l reflechi. Men Joel pat vle yo rele anmwey dèyè Preval a lepok ni menm dèyè PM lan ak minis li yo. Si se Celestin ou Manigat ki te prezidan mwen tap bayo menm trèman ak Martelly, e bayo ant 3 a 6 mwa avan ke mwen rantre nan kritik, mwen pat janm Martelis Joel, mwen te wè ke majorite pèp la te Martelis e mwen te preveni nou ke mwen pa wè ki jan pou Martelly pa prezidan, mentenan li fini prezidan map bali on tan pou mwen wè ki direksyon li pwal pwan, apre sa map pi gwo kritik Martelly sou forum lan. Mwen pa menm jan avè'w Joel ki avegle pa Aristide e kelkeswa malpwopte li fè ou toujou jwenn on ekskiz pou li.

Dernière édition par Maximo le Lun 27 Juin 2011 - 10:52, édité 1 fois
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Lun 27 Juin 2011 - 10:39

Mwen pa t janm pi pro ARISTIDE pase sa;sa mwen pa p janm padone nou se koudeta yo.
ARISTIDE ak peyi an ,pa t merite koudeta sa yo ;koudeta wete pye w pou m mete pa m lan.
Mwen pou eleksyon lib e libè fèt lan peyi an ;menm jan ak sa k ap fèt an DOMINIKANI kounye an .
An 2000,PRD te rafle preske tout syèj lan KONGRÈ an ak prezidans ;te gen ti wounou wounou men pa t gen dechoukay;an 2008 se te tou pa PRD;ki te gen prezidans lan ak 30 sou 32 syèj lan SENA a ,ke yo genyen kounye an.
Ou pa tande moun ap di ke PLD bezwen tout pou li.

Menm an 2000;te gen yon sitiyasyon ke MEJIA pa t menm gen 50% lan premye tou an ;men te gen sitiyasyon kote sektè prive an ak legliz katolik te degaje yon konsansis kote yo te di ke yon dezyèm tou t ap koute twòp lajan e yo te aksepte MEJIA kòm prezidan.
Ann AYITI ,nou te fè koken ;nou te boure bwat yo ak vòt blan e pou sa nou te sòti pou nou delejitimize PREVAL.

Mwen menm ,sa m vle se pou eleksyon lib e kredib fèt ann AYITI;pou tout moun patisipe e lè yon moun genyen pou yo respekte manda moun lan.Ke moun lan dwat,gòch, sant,ekstrèm dwat ou ekstrèm goch.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 10:49

Mwen pa wè ki jan pou on moun pi pwo Aristide ke'w Joel, Aristide san peche, se fot tout lot moun yo eksepte Aristide, Aristide se on sen li san fot. Sa rele avèg.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 10:55

Joel a écrit:ROZO;

Se sa k fè mwen pa vle tande zafè nwa ak milat sa a.PREVAL se te toujou yon manm oligachi an le te ye.Fanmi l sòti lan oligachi teryen an .
Se AKAWO ki te gen rezon.
Mwen tande tou se madan PYÈLWI ki te entwodwi PREVAL bay ARISTIDE.

Si ou pa vle tande'l sè ke ou pa konn reyalite peyi ya, mwen di'a anko se sa sèlman ki tap pale sou tout medis yo avan ke yo te bay Rouzier kanè. Afè rasist sa se pa nan gwo pèp la ou rankontre'l plis, men se nan klass mwayenn lan e pi rasis ke klass mwayenn sa pa genyen.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Lun 27 Juin 2011 - 11:23

Petèt si nou te konn kritike moun nou renmen yo peyi ya pa ta rive kote li ye, nou gen twop twou nan manch pou moun nou renmen, nou pa kab ap vini kriye jodi ya apre ke nou te fini bayo kat blanch."Maximo

Bon genyen yon verite nan sa w di ya men ou koupab de li tou.An tou ka nanpren moun ki te konn ap li forum saa ki ka di ke mwen pat konn mande preval poul rete lakay li an 2006.mwen te di si preval li menm te admet ke li te dwe fè mye nan premye manda li ya poukisa pou nou bali yon lot manda.E sam te prevwa a reyalise li echwe yon lot fwa pi mal ankò e li chanje kan poul fout pep la yon kout ponya nan do.

maximo

genyen yon bagay mwen vle ke w eklersi pou mwen ou di ke mwen servi Duvalier pandan 10 zan mwen pa ka di ke mwen pat bouche nenm poum bwè dlo santi.mwen pat konnen ke lè m tap domi nan kabann ki chaje ak pinez nan morn ka peyisan ayisyen kote marengwen ak pinez tap souse sanm se te pou duvalier mwen tap travay non.Ki donk yon profesè lekol, yon medsen ki tap travay nan Sante piblik se te pou duvalier yo tap travay ;yon profesè ki tap anseye ki pat ka kite peyi ya se pou Duvalier li tap travay tou.Tout militè ki te nan lame se pou duvalier yo tap travay?.

mwen pa kwè nou ka itilise mo "rasis" nan konteks ayisyen paske pa genyen plisyè ras sou la tè. se iyorans ki fè moun ap pale de ras toujou.si genyen moun ki genyen perez pou moun po klè yo pa pran pouvwa pou yo pran tout pou yo e kreye yon arpatheid sosyal an ayiti tankou sa te eksiste anvan 1946 menm si se demagoji anpil nan yo ap fè men tou fok yon moun tande sa ke ti wouj ap ekri pafwa pou konrann ke rayisman saa ki eksiste pami serten moun an ayiti pa tou ta fè injustifyab.Si wap meprisem ou pa ka mandem poum renmen w.Si ou toujou ap trayi revandikatyon si wap toujou derespekte dwam jourem gwo zotey, gwo soulye, abitan iyoran ou pa ka mandem poum vote pou wou.Si yon afro ameriken ta vote pou Georges Wallace ou pou yon manb KKK fok yon moun ta mennenl al konsilte ka doktè.mwen pa di gerard rouzier se yon moun konsa non.,men se perseptyon ke anpil moun genyen de caste li ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 11:43

Rozo,

Kouman ou fè ap di'm ke papa nou te konn ap travay pou Duvalier, aloske papa'm pa janm travay pou ankenn sèvis leta ni ankenn gouvènman, ke papa'm se nan le prive li te toujou travay. Si ou vle mwen reponn kesyon'w lan fok ou komanse pa sispann akize moun ki pa dako ak lavalas de makout duvalyeris, paske yo pa renmen lavalas men yo pat renmen Duvalye tou. Pou mwen pa gen diferans ant Duvalier e Aristide, se 2 nèg ki renmen pouvwa e ki fè tout sa yo kapab pou gade li, e ki mele yo konbyen moun ki mouri pou sa, e ke peyi ya kraze nèt se pa pwoblèm yo depi pouvwa rete nan men yo.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 11:54

Rozo,

Mwen pi kwè se klass mwayenn lan ak mesye nwaris yo ki pwan pouvwa depi plis ke 60 tan ki trayi pèp la e pa janm fè anyen pou yo. Tankou mwen di deja, mas pèp la pa gen pwoblèm ak milat ti wouj ou blan o kontrè yo travay men nan la men, men se klass mwayenn sa ki pa janm regle nayen pou pèp li ki pè pèdi pouvwa yo paske yo pa abitye travay se pwan yo abitye pwan e ki pè klas ki abitye travay la e ki ka retire peyi ya kote li ye ya. Si nou vle regle on bagay pou peyi ya ak pèp la, se men nan la men pou nou fè li, antere ach de gè ya, sispann pale de saki te pase dè 2 kote, mete men a la pat tèt kale nan on tèt kole.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Lun 27 Juin 2011 - 11:55

"Nou" se plireyl.ou pa iyore genyen anpil neg jis jounen jodya ki ap defann lendefandab.e sa w ekri montre ke ou se yon admiratè ti doktè ya.Bon ou ka di ke ni aristide ni duvalier se menm paske ou pat ko genyen lespri ase pou te konn sak te pase sou Duvalier.men mwen pa jnam tande Aristide di ke pep la ba li yon lot manda nan frod elektoral, mwen pa janm tande li touye senatè ak depite ki pat dako keli vinn presidan a vi. se sak fè mwen pa ka dakò ak konparezon saa.Konstitutyon saa ba Aristide dwa poul te brige yon lot manda e jan nou te sabote premye manda li ya se nòmal poul te wè sil te ka retire pep la anba misè nwa saa ki ap touye yo ak kolera e grangou kloroks la jodya.Li echwe paske li pat konprann ke ou pa ka fè omlet san w pa kase zé.nanpren oken kote revolutyon pasifik janm reyisi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 12:05

Le gros roseau a écrit:"Nou" se plireyl.ou pa iyore genyen anpil neg jis jounen jodya ki ap defann lendefandab.e sa w ekri montre ke ou se yon admiratè ti doktè ya.Bon ou ka di ke ni aristide ni duvalier se menm paske ou pat ko genyen lespri ase pou te konn sak te pase sou Duvalier.men mwen pa jnam tande Aristide di ke pep la ba li yon lot manda nan frod elektoral, mwen pa janm tande li touye senatè ak depite ki pat dako keli vinn presidan a vi. se sak fè mwen pa ka dakò ak konparezon saa.Konstitutyon saa ba Aristide dwa poul te brige yon lot manda e jan nou te sabote premye manda li ya se nòmal poul te wè sil te ka retire pep la anba misè nwa saa ki ap touye yo ak kolera e grangou kloroks la jodya.Li echwe paske li pat konprann ke ou pa ka fè omlet san w pa kase zé.nanpren oken kote revolutyon pasifik janm reyisi.

Konbyen Senatè ak depite ki tonbe sou rey Aristide-lavalas la, sanble ou konn anyen nan sa ki pase nan peyi ya sou rey ti pè ya. Depi ou pat dako a ti pè ya se mouri ou mouri wi mon frè.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Joel Lun 27 Juin 2011 - 12:17

MAXIMO;

Mwen wè nou chita sou yon zafè ti rouj ak nwaris nou an.Ki sa k te regle sou administrasyon BORNO,VINCENT ak LESCOT?
Mesye sa yo pa t gen lajan ;yo pa t leve lan lajan.
Jis rive lan MAGLWA ,te gen 2 nèg ki te leve lan lajan ;se te ESTIME ak MAGLWA.
Fanmi ESTIME an te grannèg jis lan bounda yo ;se rezon sa a ki fè ke VINCENT te nonmen l minis.
Nou chita ap voye ""kliche"",pale de bagay nou pa konnen

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Invité Lun 27 Juin 2011 - 12:21

MAXIMO OU GINYEN KOURAJ POU AP PALE AK YUN MF KANKOU WOZO KAP VINI BLABLABA LA POU FE BLIYE LI KOM GWO ANSASEN SOU DUVALIER WOZO METE BYEN SA LAN TET OU PONPE DANSE JAN OU VLE ETIKET SA PAP SOTI SOU DO OU KAR C OU KI RAKONTE AFE OU...

EN AYITI NEG OU WE KI PI CHO DEVAN LE YAP RELE BARE VOLE C LI KI VOLE A...

Invité
Invité

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 13:38

zouke a écrit:MAXIMO OU GINYEN KOURAJ POU AP PALE AK YUN MF KANKOU WOZO KAP VINI BLABLABA LA POU FE BLIYE LI KOM GWO ANSASEN SOU DUVALIER WOZO METE BYEN SA LAN TET OU PONPE DANSE JAN OU VLE ETIKET SA PAP SOTI SOU DO OU KAR C OU KI RAKONTE AFE OU...

EN AYITI NEG OU WE KI PI CHO DEVAN LE YAP RELE BARE VOLE C LI KI VOLE A...

Zouke pa gen anyen ki ka fèt san dialog, e pa gen anyen ki di ke on jou tankou jodi ya ke le Sen Espri pap desann nan tèt Rozo e pou li aksepte dialog la, soti nan mond lap viv la ki pa ekziste anko, e finalman tande la vwa de la rezon. Mwen pap janm sispann dialoge ak li, menm si tèt li di kou roch, e ke lap banmwen tout kalite non.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Lun 27 Juin 2011 - 14:54

kom ou di ke gen lè mwen pa konnen depite ak Senatè ke ti pè ya te manje.kapab se vre.men ou pa janm site non yon depite ak Senatè ki te mouri nan PRISON non.tandike mwen ka site non Senatè ak depite ki te mouri nan prison sou Duvalier.Si genyen yon senatè ki mouri nan la ri ou ka di se aristide ki fe touye l men sa se akisatyon se devan yon tribinal pou nou relel pou nou pwouve ke se li ki te touye moun saa ak menl ou byen se li ki te fèmenl nan prison jis li mouri.Fok ou konnen nan yon pwosè kriminel se komisè gouvenman ki pou pwouve o dela de tout dout ke akise ya koupab.Map pale de kote ki genyen jistis.Echanj sa yo pap mennen nou oken kote paske ou pa ka konvenk mwen lè m tande himmler rhebu monte nan radio li ap kritike Aristide ak anpil lot politisyen ankò epi menm yon ti branch cheve nan tet yo pa rache ou pap janm ka konvenk mwen ke aristide ak Duvalier se menm diktatè yo.wap blije rete ak konviktyon w e mwen ap rete ak pam.

eske mwen ta renmen wè Aristide tounen presidan an ayiti ankò non paske li pa genyen kouraj ase poul fè sa ki merite fet yo.Sim te ka padone Aristide pou mank eksperyans ki fè li pran premye kou deta mwen pap janm padonel pou dezyem lan.mwen pa konn si wou ou ta renmen ke JCD vinn presidan a vi ankò men nanpren moun ki ka konvenk mwen ke ni papa ni pitit li la pat diktatè ki pa regle anyen pou peyi ya.Lè wap pale de nwa ki ap dirije peyi ya depi plis pase 60 lane ki pa fè anyen mwen pa ka dakò net paske mwen tap viv nan dekad 46-56 kote genyen napil bon bagay ki te fet nan peyi ki pat fet ant 1915 e 1946.mwen te la a la fen rey lescot a.mwen te wè nan ki kondityon peyi ya te ye.nan ki kondityon moun o Cap tap viv.Alò se pa sel moun ki tap dirije peyi ya pandan 60 dernye ane selman ki responsab se tout elit (nwa e milat)la ki responsab.Kom wap viv Saint Domingue ou ka wè diferans ant 2 elit yo.2 peyi yo te pres a legalite a la fen ane 40 yo jodya la dominikanie pa kanmarad ayiti.Byen ke yo genyen plis tè e ressou pase nou men tou se inkonpetans , neglijans ,hing hang pou pouvwa a ki mete nou la.

Zouke mwen pa di w ou pa ka retire tach ki ap twouble konsyans w la ou pa ka metel sou mwen.tout moun ki sou forum konprann sam ekri yo.Genyen moun ki ekrim pou fè m konpliman,se pa yon ti servo zandolit tankou w ki ka denigre m.

Dernière édition par Le gros roseau le Lun 27 Juin 2011 - 15:37, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Maximo Lun 27 Juin 2011 - 15:10

Rozo, sanble ou pa konpwann sa mwen ekri, mwen pa ni nan Duvalier ni nan Aristide, se 2 diktatè sanginè yo ye, wap pale'm de Rebu, men ou pale'm de Brignol Lindor ke Aristide sa krifye paske li pat dako ke yo pale kont li, depi ou te pale kont Aristide men ou men lan mo'w, menm jan lè'w te pale Franswa Duvalier mal ou te mèt al tann lan mo'w, menman pareyman. Preval desann kanson'l kòm prezidan men moun te gen dwa pale jan yo vle sou 2e Preval san yo pa pè.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Le gros roseau Lun 27 Juin 2011 - 15:18

mwen tap swiv nouvel lan mò Brignol Lindor byen ou paka menm di se lavalasyen ki touyel ak asirans devan yon tribinal mwen pa beswen diw pou te ka akise Aristide.Poukisa tout moun ki pa renmen Aristide pal fè paran Lindor rele Aristide devan la jistis?se sa ki pou fet pou manti kaba.wou menm kom moun ki pa renmen Aristide ki ap viv an ayiti se pou al relel la jistis pou tout krim sa yo ke w repwochel la.tankou moun ki te soufri sou JCD fè ya.se pa pale anpil sou enternet la ki ap kondane li.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre? Empty Re: Eske ELIZABETH PREVAL se gwo aksyonè lan E-POWER vre?

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum