Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -15%
(Adhérents Fnac) LEGO® Star Wars™ ...
Voir le deal
552.49 €

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

+2
Le gros roseau
dilibon
6 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Jeu 28 Juil 2011 - 12:59

Rappel du premier message :





GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POOOTE BOURE GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POTE BOUREEEEEE


Dernière édition par zouke le Ven 29 Juil 2011 - 12:56, édité 3 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas


LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  jafrikayiti Ven 29 Juil 2011 - 23:00

Sa kèk nan nou pa konnen, gen anpil nan moun nou wè nan videyo sa yo ki ap manje zong yo kounye a, apre yo resi konprann nan ki kabwèt Andre Apaid te mete yo pou li trennen yo tankou enbesil.

Gen youn nan jenn gason nou wè nan videyo sa a ki temwaye ban mwen pèsonèlman te gen lajan ak viza ki te distribye pou "motive" yo nan eskonbrit GNB saa. Jodi a, misye regrèt. Men, èske l ap gen kouraj patisipe nan yon dokimantè pou denonse menm ekip reyaksyonè ki kontwole medya ak pwodiksyon videyo pwopagann pwo-enperyalis sa yo nan peyi a?

Nan estipidite nou, nou gaspiye opotinite 1991 ak 2004 te ofri nou. Nan revolisyon moun fou, chak 3 mwa, nou rele viv lendi, aba mèkredi pou menm moun nan. Lesansyèl, depi nou remake anbasad etwale a lage yon moun, nou kouri rele chalbari dèyè li tou. Gen nan nou ki renmen nan ekip k ap genyen an. Pa gen konviksyon, pa gen ideyal. Yon semenn se karavàn lespwa ki alamod, eksplwatè k ap pete fyèl malere nan fakori depi plizyè jenerasyon rive mete chantè mizik "revolisyoné" ap mache dèyè li tankou yon bann egare k ap klewonnen "nouvo kontra sosyal", yon lot semenn se GNB. Entèlektyèl pran lari tankou yon bann devègonde ap di betiz - o wi yo remake yo gen "genn" nan bounda yo!...jodi a, kote yo? Kote Apaid? Ki nivo salè minimom nan? Èske trayizon - ale chita nan fouk Jesse Helms ak lot kolon rasis pou boykote bisantè peyi nou te vo satisfaksyon rankè, rayisman nou genyen pou yon grenn moun?

Kote sans mezi nou ye?

Ayiti pa pou yon moun, ni yon ti gwoup moun. Montaj videyo ki fèt la a dokimante yon sezon lawont pou tout moun ki te sipoze sèvi limyè pou klere sa ki pa wè klè. Olye nou te itilize konesans pou nou te ede Ayisyen evite vyolans, nou te mache tankou enbesil ap voye luil sou dife.... ap ankouraje anbasadè ki byen konfotab nan privilèj klas, ak privilèj ras yo - pandan y ap fè ti dife vole - ankouraje nèg rachonnen nèg parèy yo. Epi nou satisfè? Se sa a ki rele "grenn nan bounda a"? Apa vilgarite ki nan ekspresyon sa a, mwen pa wè ki ideyal non li reprezante? Kote sans kouraj nou, pou nou aprann kanpe tout bon vre pou lapè nan mitan yon sezon vyolans....pou nou kanpe pou defann enstitisyon peyi nou, menm nan moman tout pi gwo puisans sou tè a akile li? Kouraj nan ane 2003, 2004 pa ta ka vle di kanpe menm kote ak G W. Bush, Jaques Chirac ak lot salopri ki gen rezon jeyopolitik ak istorik, yo pa te vle wè Sitwayen majorite Ayisyen te chwazi pou dirije enstitisyon legal ki rele Prezidans Repiblik d Ayiti a. Kouraj te vle di kanpe an kwa kont pwojè ti kolon enperyalis yo. Ki kouraj ki te genyen nan kalonnen sou yon gouvèenman ki te deja febli, san mwayen ekonomik, san sekou Washington ak Paris? Kote kouraj yon komandè genyen lè li tounen bouwo kont pwop frè li, pou fèe kolon yo plezi?

Ki rezilta revolisyon GNB sa a bay....? Nan moman vyolans dechennen... ki lès san ki te koule? se pa t san Ayisyen? Kit se Rwanda, Sierra Leone, Cote d'Ivoire osnon ind, jou malè a, elikoptè osnon avyon prive debake vin retire piwomàn yo nan dife a... epi noumenm tankou enbesil ki atè a, nan pwop peyi nou n ap detui a, nou kontinye kraze yon demokrasi nou fin pase plizyè deseni ap eseye bati. Kote kouraj la? kote entèlijans lan?

Nou satisfè mesyedam ! Wi, nou brav, nou fo ! nou gen grenn nan bounda....sof lè se lenmi tout bon ki atake lanasyon. Yo drese nou byen drese pou nou anraye sou frè ak sè nou - nèg parèy nou inikman. Depi sou tan lakoloni y ap drese yon seri de nèg espesyalman pou sa.

Mwen pa kwè se yon pwogrè ki te akonpli nan ane sakre bisantnè nou an. Okontrè, jenn ti etdidyan sa a mwen di nou ki gen remo a, jodi a li resi konprann nan ki nas li te pran... men konbyen lot ki rete avèg 2 je kale? - "Meilleur pour La France!", n'est-ce pas?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Ven 29 Juil 2011 - 23:33

TWIPPPPPPPPPPPP
VINI AK PREV LI FASIL POU DI SA OU DI LA...
MWEN PALE AK 3 LAN JENN GASON OU WE LA YO DI SI POU YO TA REKOMANSE KONT ARISTIDE YO TAP LA EN PREMYE...

LE NOU O POUVWA UTIL PAYI A E NON PWAN LI KOM PATIRAJ NOU OU BYEN GRAN PAPA NOU 20 AN AP FE MAKAK DEMAGOJI C REZILTA GNB A
E C MINME REZILTA WAP JOIN POU MINME PWOBLEM YO SUSPAN VOLE TOUYE MOUN VIOLE JENN FANM MACHE AVEK CHIME BO KOTE NOU KOM PREZIDAN YUN PAYI .
KREYE JOB SANTE LEKOL RESPEKTE MOUN RESPEKTE PAYI OU APRE WA PALE

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 7:11

Zouke pa okipe Kon@go sinkiem kolonn kipa ayisyen kap pale paske pep la sott di yo :

Mwin rekonet nou kounye a fo-frere ,traitre !Bale rouze pep ayisyen !

Epi mezanmi si gin manje zong se lavalass dassoman panzouiste Kong@os yo ki fe bon pep ayisyen an manje zong li jiska la cher apwe yo fin kofre lestomak li ak manti e mete li lan la ri pou manje biswit Labou .

Yo banou manti
Yap touye nou epi yap pale franseu
O wi yap bay manti an kreyol
Komsi kout kouto an kreyol
se pa menm kout koto an franseu a
Ala bett anraje se Kong@os lespwa inite lavalass yo !
Yo batt nou
Yo maltrete nou
Yo tire pitit nou lan la ri
Yo tire pitit nou kap manisfeste devan lekol
Yo pille mashandiz nou
Yo mete di fe kote nou ye pou nou pa fe komess
Yo rantre lakay nou yo vyole nou
Yo vole zafe nou
Mezanmi kote rass mechant sa a soti !
Kote demon llavalass sayo soti ?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  jafrikayiti Sam 30 Juil 2011 - 8:41

Poze tèt nou kesyon pou kisa GNB a se yon mouvman ki esklizivman fratrisid....?

Pou kisa nou pa wè mobilizasyon menm moun sa yo kont okenn abi fos okipasyon yo ap fè nan peyi a, depi plis pase 7 ane apre frè yo aprann yo trete ann enmi a, awoutsayd-de-pozisyon sou teren an?

"Yo drese nou byen drese pou nou anraje sou frè ak sè nou - nèg parèy nou inikman".

Si mwen te wè n ap mobilize pou jistis an favè Ayisyen MINUSTAH touye ak Kolera yo, mwen ta koumanse pran nou oserye...
Si mwen te wè n ap mobilize pou travayè resevwa yon salè ki rezonab nan yon peyi kote depi 5 syèk nèg ap eseye viv tankou moun, mwen ta koumanse pran nou oserye.

Malerezman, menm jan ak defen FAdH, yo drese nou pou nou fè gwo gàgann sèlman nan yon kontèks fratrisid.

Se yon gwo siy, lè ou remake ann Ayiti, revandikasyon yon mouvman odyapazon ak volonte Etazini, Lafrans ak Vatikan.

Mwenmenm chak fwa Ayisyen ap rachonnen Ayisyen parèy yo pou bon plezi kolon enperyalis, mwen pa wè okenn glwa, ni kouraj nan sa.

Sa ki vle mèt mache klewonnen yo remake grenn nan bounda yo. Mwenmenm m ap repete nou, si nou vle merite sakrifis zansèt yo, se pou nou monte yon mounvman Tèt sou Zepol.....Lè sa a m ap mache ak nou.

Jafrikayiti

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  dilibon Sam 30 Juil 2011 - 10:36

jafrikayiti,

Mwen pa konnen poukisa ke mwen renmen li tout sa ke ou ekri. Mwen santi ke ou vle youn dyalok fran men eske se vre ke ou sense e totalman pro-Ayiti nan sa wap pale yo ou byen nan diskou w yo genyen youn byez kashe an fave de youn seten leader ke wap pwoteje.

1- K abyen genyen moun kite patisipe nan GNB ki ka regret jodya fas a absans group 184 la, absans karavann lespwa, ak mouvman mete Arisitde deyo kan yo gade ke chanjman yo pa toujou evida. Men, kesyon an pa vreman la, kesyon an se eske konpotman Aristide sou pouvwa te korek, eske le li tap pale de minorite zwit, eske li korek pou li te lage chime fas a tout mouvman, eske lite korek kote menm gouvenman li li pat ka pwoteje kote 10 neg ka rantre e preske pwan tout peyi'a?

Wi, Apaid te ka byen pa sinse, lite ka byen oyun ajan maeriken, lite ka byen tap distribye viza ak lot fom opotinite pou soutni mouvman GNB, men ak poppilarite Aristide te genyen poukisa sa te posib? Kisa lite manke fe? Se Arisitde ak bawon lavalas yo pou w mete youn miwa devan figi yo!

Si pep la pat estipid le li te konn di Viv Aristide, ou pa ka kondane le li twouve ke Arisitde te tounen pwoblem yo. Le sa rive, li bon pou w kesyone opozan yo men fok ou mete gouvenman an kesyon tou. SI anbasadn etwale a apt ka anpeshe Arisitde prezidan, si repiblik etwale a te bal 21 kout kanon, bali fanm e rekonet pitit li yo kom ameriken, li pase 3 zan nan chanm dotel 5 etwal, li te mete 20 mil solda pou mennen li tounen, li te rele Clinton pwofese demokrasi li e zanmi li, li te pemet itilize kont Teleco a. Depi kile repiblik etwale a tounen lenmi Aristide? Vi ke le yo te vinn cheche li yo te di se youn sitwayen ameriken ke yo te vinn pwoteje! Genyen kesyon pou w ta mande Aristide sou paket ti dezod lite fe kom prezidan olye pou w vinn blame pep la selman!

Wi, jafrikayiti, "Ayiti pa pou yon moun, ni yon ti gwoup moun. Montaj videyo ki fèt la a dokimante yon sezon "lawont pou tout moun ki te sipoze sèvi limyè pou klere sa ki pa wè klè." Fraz sa' korek nan komansman men li prete a ekivok nan 2ieme pati a. Ki moun kite sevi limye ou fos fenwa? Aristide ki vide nan tout sek okilt ou byen opozisyon li? POukisa li te di apre li Ayiti ap fe nwa lajounen tankou lanwit? Ou blame tout moun, ou cheche tout ekzkiz san jame kesyon anyen ki genyen rapo ak ansyen patrpoch-Konze-mashann peyi- tret a la patri ki ap genyen parey nan listwa nou!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 10:54

Jafrika,
Ou janm li kote mwin rale frett cash mwin epi map fwete Apaid ak tout ti mesye GNB yo ?Mwin pa kwe sa .W ginle aveg menm lan sa ou chwazi pou li .Antouka mwin ta rinmin we ou kritike lavlass konsa .Mwin ta pi kwe ou le w rantre lan period patizan delirium tremens ou yo kote tet ou vire devan deye epi ou we revolisyon sindomingue lan kom revolisyon Afrikin malgre sa listawa lakay di .

O boy !Le mwin te li bagay sa a lol! lol! mwin tonbe ater poum tode ri !

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Dim 31 Juil 2011 - 17:18

GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POOOTE BOURE GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POTE BOUREEEEE

C PA POU INTERESANT MWEN METE VIDEYO SA YO C SA KAP TOURNIN LAN BOUDA NOU WI SI NOU PA VLE BY PEP SA YUN CHANCE POU LI VOYE TI MOUN LI LEKOL BALI MANJE JWEN TRAVAY .
E FWA SA FWA SA MWEN PA KONNIN SI TANK AMERIKIN AP KA SOVE TI MIMI NON...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Invité Jeu 4 Aoû 2011 - 16:06

GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POOOTE BOURE GRENN NAN BOUDA SE JILE PA BAL NAP POTE BOUREEEEE


WOZO ALE GADE VIDEYO SA YO WA WE KI MOUN KI TE KON TIRE SOU PEP LA .
ANSYEN E TOUJOU ANSASEN WAP JOIN A ZO GRANN" KAN MEME!

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  kami Jeu 4 Aoû 2011 - 20:57

zouke a écrit:WOZO ALE GADE VIDEYO SA YO WA WE KI MOUN KI TE KON TIRE SOU PEP LA .
ANSYEN E TOUJOU ANSASEN WAP JOIN A ZO GRANN" KAN MEME!
Ou kwe sonje Roseau te sonje ou, chak jou lap mande kote ou...

_________________
Comme toi, il n'en est qu'un, deviens donc qui tu es.

"Ceux qui ont le pouvoir de faire le mal et qui savent ne pas le faire sont des Seigneurs" (Shakespeare)
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004 - Page 2 Empty Re: LE DECHOUKAJ D'ARSTIDE DE 2004

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum