Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Tablette 11″ Xiaomi- Mi Pad 6 global version (coupon + code promo)
224.97 €
Voir le deal

Kreyol pa limite Ayisyen

3 participants

Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Kreyol pa limite Ayisyen

Message  jafrikayiti Dim 16 Oct 2011 - 8:06

Se domaj diskisyon sa a santre sou konfli pèsonalite ak teknikalite sèlman (alewè mesaj pi ba a). Ak yon tit konsa, mwen te espere St-Fort ta pral atake yon pwoblèm k ap fè dega kounye a nan mitan Ayisyen - move itilizasyon kokennchenn zouti devlopman pèp Ayisyen an genyen aladispozisyon li a: yon lang TOUT Ayisyen konprann, yon lang modèn, ki elastik epi ki ofri Ayiti yon opotinite lidèchip ekstraodinè, sou kontinan Lamerik epi nan Lemonn antye.... Men, malezreman, lang Kreyol la aktyèlman pa reprezante yon menas vre pou Franse, yon ansyen lang ki pa ta menm ka sipoze an konpetitsyon ak li sou kontinan Lamerik la...men kom anpil Ayisyen parese, yo pa vle envesti nan kinan yo...nan zouti ekstraodinè sa a. Kidonk, Kreyol rete la, menm jan ak Sitadèl Wa Christophe la....li kanpe tankou yon joujou, yon potre ki enspire anpil pwezi ak anpil rablabla.

Se vre pa gen ase liv syantifik ki pwodui nan lang Kreyol. Kritik sa a pa yon kritik lang Kreyol la. Se pa lang lan ki limite Ayisyen. Okontrè, se Ayisyen ki limite lang yo. Menm jan, nou remake deba k ap fèt nan chanm Sena ak nan chanm Depite Ayisyen yo bay enpresyon nou annafè an yon bann moun bege, lang mare.....se pa lang mesyedam yo ki mele, se chenn ki antotye sèvèl yo ki lakoz yo kontinye chwazi pale tankou egare k ap eple nan yon lang yo pa metrize, osnon yo pran lang Kreyol la kom yon zouti pou radote. Kèk fwa, pou yo ka bay enpresyon yo te pase sou ban lekol zonbifikatè a, yo melanje Kreyol ak Franse, epi se ato yo parèt djèdjè. Si nou voye je sou dokiman Premye minis Conille prezante devan chanm yo semenn pase a, se menm kretinis la nou obsève. Dokiman an chaje ak fot. Ni fot franse, ni fot Kreyol! Malerezman, twa ka Ayisyen ki ka wont akoz fot franse yo pa konsidere fot Kreyol yo kom yon bagay ki grav. E se la ne koze a ye. Nou kontinye gaspiye yon kokennchenn zouti devlopman.

Imajine ou jan sa ta pote gwo amelyorasyon nan kalite refleksyon k ap fèt nan chanm Sena ak Chanm Depite yo, si TOUT diskisyon te fèt nan lang TOUT Ayisyen metrize a. Imajine ou gwo amelyorasyon sa a ta pote si Prezidan chanm yo te ekzije pou palmantè yo limite chak entèvansyon a 3 minit maksimom epi pou li deja ekri sou papye esans osnon nannan sa li pral di a -1 -2 -3 (kidonk, 3 lide, nan 3 minit). Mwen pa kwè se sot depite ak senatè yo sot. Ni non plis manm kabinè ministeryèl yo. Se zouti y ap itilize yo ki pa kadre ak reyalite Ayisyen. Menm jan timoun ann Ayiti kontinye ap gaspiye tan, lajan ak enèji paske sistèm edikasyon an ap sèvi ak move metod, move zouti, malman.

Si, jan lalwa ekzije sa nan atik 40 konstitisyon an, dokiman ofisyèl tankou deklarasyon politik jeneral yon premyemins te pibliye nan SÈL LANG KI SIMANTE TOUT AYISYEN AN, poudi diskisyon Ayisyen ap fè sou sa ki ekri anndan dokiman sa a, pa t a pi syantifik, pi sanse, pi itil? Konbyen Ayisyen, pami sila yo ki konn li ak ekri Franse, ki gen abitid DISKITE an Franse? Epi, kisa ki anpeche nou mete sou papye - san tradiksyon - lide ki jème nan lespri nou an Kreyol yo? Konbyen tan sa t ap pran pou Ayisyen ki deja alfabetize nan lang Franse yo - itlize menm alfabè laten sa a, pou yo aprann ekri yon lang yo deja METRIZE nan konpreyansyon ak pale? Se PARÈS ki rann nou djèdjè epi inefikas.

Kidonk, Lafrans pa bezwen pè enfliyans Kreyol nan Lamerik, paske anpil Ayisyen kontinye ap travay pou Lafrans. Meyè pou Lafrans! Men, domaj pou Ayiti!

Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!"
(Brotherhood is as Ancient as Motherland Africa)
----------------------------------------------------------
http://www.jafrikayiti.com

http://www.akasan.org





From: Hugo274@aol.com
Date: Sat, 15 Oct 2011 19:26:49 -0400
Subject: [Forum culturel] Re: Re : [Tout-Haiti] Qui a peur des créoles français?
To: tout-haiti@googlegroups.com; koze-mande-chez@googlegroups.com; ....



Vous écrivez: "Et sachez bien que vos réponses ne sont point nécessaires". J'étais absolument sûr et certain que vous alliez écrire ça. Et vous l'avez fait! Que vous êtes prévisible! Autre chose dont j'étais sûr également: que vous alliez me traiter de quelqu'un qui possède la science infuse! A chaque fois que quelqu'un avance sur le Net des arguments avec lesquels vous n'êtes pas d'accord, vous vous empressez de dire que cette personne croit qu'elle possède la science infuse! Vous l'avez fait tant de fois avec d'autres personnes.

Moi, je suis tout à fait ouvert au débat d'idées, surtout dans ce cas précis qui concerne la langue ou la créolistique. Pugilats, attaques ad hominen, vous ne me trouverez pas sur votre chemin.

Je suis linguiste créoliste et je peux choisir de me concentrer sur le créole haïtien. Encore une fois, quel mal y-a-t-il à cela? Que vous ne me répondiez pas, je le savais. mais je sais aussi que vous me lisez et que vous continuerez à le faire.

Hugues Saint-Fort

In a message dated 10/15/2011 7:01:48 P.M. Eastern Daylight Time, dja_paul@yahoo.fr writes:
Selon vous (Science Infuse) il semble que j'ai tous les défauts de la Terre (c'est votre diagnostic, pourquoi pas? mais c'est uniquement le vôtre. Etant pourtant un simple terrien vous pouvez vous tromper: errare humanum est), au moins je n'ai pas celui de me dédire.
Donc point de débats, d'échanges, de discussions, de pugilats entre nous! Je vous accorde volontiers le gain.

Mon envoi n'avait que la seule finalité de mettre en exergue qu'il existe une "énorme bibliothèque" d'ouvrages en créole, qui plus est francophone. J'ai même fait un tri élémentaire (Réunion, Antilles françaises, Haïti rien que des poèmes).

Ma première ligne, écrite en rouge, précise bien: "Juste une information.........".

Il se peut que vous, vous soyez informé de tout cela mais votre titre (pas précis donc prêtant à quiproquo) et votre développement y afférent n'ont point communiqué ce type d'informations à vos correspondants des deux (2) sexes.

Par ignorance? Par focalisation que sur certains aspects du créole haïtien? Par focalisation que sur le créole haïtien? Par manipulation? Par omission?

D'immenses points d'interrogation à chaque fois. Et sachez bien que vos réponses ne sont point nécessaires.
Celles et ceux qui nous lisent sur le Net ont déjà leur perception. Ils ont déjà fait leur choix. Tout bla-bla complémentaire serait en pure perte. Rien ne pourra modifier leur conviction "deep down inside".





De : "Hugo274@aol.com" <Hugo274@aol.com>
À : koze-mande-chez@googlegroups.com; tout-haiti@googlegroups.com; forumculturel@googlegroups.com; haiti-nation@googlegroups.com
Cc : ycajuste@infohaiti.net
Envoyé le : Samedi 15 Octobre 2011 23h46
Objet : [Tout-Haiti] Qui a peur des créoles français?




Qui a peur des créoles français ?
Par Hugues St. Fort

Dans ce texte, je réponds à l’auteur de la récente réponse à mon dernier article « Pour en finir avec les mythes relatifs à l’écriture du créole haïtien » qui a paru sur nos forums il y a deux semaines. Cette réponse vient de paraitre aujourd’hui samedi 15 octobre 2011 sur les forums Tout Haiti, Haiti Connexion, et Koze mande chez. Je signale que mon article « Pour en finir avec les mythes relatifs à l’écriture du créole haïtien » était le dernier d’une longue série de six (6) dans lesquels j’ai identifié et réfuté 6 de ces mythes. Le dernier de ces mythes était qu’il n’existe pas d’ouvrages écrits en créole.

Selon l’auteur de l’article auquel je réponds, mon emploi du terme « créole » laisse à désirer. Il aurait fallu que je dise, selon lui, « créoles à base lexicale française ». On voit tout de suite le problème avec un tel raisonnement : puisque ce 6ème article (et ceci est bien précisé en tête de mon article) représente le dernier d’une longue série intitulée « Pour en finir avec les mythes relatifs à l’écriture du créole haïtien », il est mille fois évident que mon emploi du terme « créole » non adjectivé se réfère seulement au créole haïtien. Mais, on le verra plus loin, un tel argument de la part de ce monsieur ou de cette dame, est loin d’être innocent car il y a anguille sous roche.

D’autre part, ce monsieur/cette dame entreprend une longue recherche (Vive Google et Wikipédia !) pour montrer comment il fallait répondre à l’argument qu’il n’existe pas d’ouvrages écrits en créole : il a dressé toute une liste d’ouvrages écrits en créoles français, c’est-à-dire créole haïtien, martiniquais, guadeloupéen, guyanais, réunionnais,…
Je voudrais dire à ce monsieur/cette dame que l’essentiel de mon sixième et dernier article était explicitement consacré à répondre à l’argumentaire d’un autre exalté sur le Net qui passe son temps à nous bombarder 3 ou 4 fois par jour – et ceci depuis au moins 6 semaines – avec le même article qu’il intitule Lettre ouverte à l’Unesco. Encore une fois, il n’est question, explicitement, dans ma longue série, que du seul créole haïtien puisque c’est de cette langue que parle l’exalté mentionné plus haut. D’ailleurs, je signale en passant que les locuteurs haïtiens, quand ils parlent du créole, se réfèrent uniquement à leur langue maternelle appelée « kreyòl ». Ce n’est que dans des contextes particuliers (en dehors d’Haïti, ou en parlant des langues créoles en général) qu’ils sont obligés d’identifier la langue créole à laquelle ils se réfèrent.
Venons-en maintenant au cœur de la question : la dénomination « créoles français ». Pour que tout soit clair et pour que les lecteurs comprennent le lieu d’où cette personne parle, je rappelle qu’on a déjà eu, cette personne et moi, des échanges pas tout à fait tranquilles où il/elle s’opposait résolument à ce que j’utilise au cours de notre correspondance, le syntagme nominal « les créoles français » quand je me réfère au créole haïtien. J’ai acquiescé à sa demande et je n’ai pas écrit « créoles français » alors que j’avais tout à fait le droit.

Que cette personne sache que c’est un vieux débat dans la créolistique moderne, mais vieux débat scientifique et complètement dépourvu des prétentions incongrues introduites par cette personne. Il fut un temps dans le monde des linguistes créolistes où nous discutions ferme sur la terminologie à utiliser pour identifier les langues créoles. Il y avait trois expressions qui étaient le plus souvent utilisées par les linguistes spécialisés en créolistique : créoles français, créoles à base française, et créoles à base lexicale française. L’expression « créoles français » était utilisée pour désigner les liens typologiques qui existent entre un créole parlé dans une ancienne colonie française et sa langue superstratique, le français ; l’expression « créoles à base française » se voulait neutre ; et la formulation « créoles à base lexicale française » sous-entendait que s’il est vrai que les lexiques créoles ont emprunté la majeure partie de leurs lexèmes à une langue européenne (le français, en ce qui nous concerne ici, ou l’anglais, ou l’espagnol), leur syntaxe relève d’abord des langues substrat, c’est-à-dire des diverses langues qui étaient parlées à l’époque par les populations africaines rendues esclaves.
Je voudrais signaler que cette idée encore répandue dans certains milieux remonte aux années 1930, 1936 plus exactement quand une linguiste haïtienne, Suzanne Sylvain, avait soutenu en Sorbonne une thèse où elle concluait que le créole haïtien était une « langue éwé à vocabulaire français ». (L’éwé étant une langue parlée en Afrique de l’Ouest, du côté du Togo). Vers la même époque, en Haïti, Jules Verne, un notable haïtien qui n’était pas linguiste mais qui possédait une grande érudition, sortait un livre sur la genèse du créole haïtien où il soutenait une thèse contraire à celle de Sylvain. Pour lui, le créole haïtien était un dialecte du français qui était formé à partir de mots provenant de divers dialectes français, le picard, le provençal, le normand, etc. Entre les années 1940 et les années 1980, les immenses recherches entreprises en créolistique ont donné un coup aux prétentions de Jules Verne et ont semblé montrer que la thèse de Sylvain était légitime. En particulier, une linguiste canadienne, Claire Lefebvre, avec l’aide de généreux fonds de recherche, a mené des recherches extrêmement sophistiquées en prenant appui sur les théories linguistiques les plus pointues et les plus modernes et a montré des liens très étroits qui existent entre le créole haïtien et les langues Gbe de la famille des langues Kwa qui semblent avoir été prédominantes en Haïti à l’époque de la constitution du créole haïtien. Lefebvre émet l’hypothèse que le créole haïtien aurait été formé entre 1680 et 1740 par des locuteurs adultes des langues du groupe du Niger-Congo, et plus spécifiquement des langues Kwa, avec une majorité de locuteurs Gbe. La thèse de Lefebvre est développée dans un livre célèbre intitulé « Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian creole. » (Cambridge University Press, 1998).

Cependant, au cours des dernières décennies, certains linguistes ont fait ressortir la parenté de plus en plus évidente entre certaines structures grammaticales du créole haïtien et des aspects de la syntaxe française. De telles remarques ne montrent pas que Jules Verne avait raison ni que le créole haïtien ne serait qu’un dialecte du français. Au contraire, de nos jours, nul linguiste ne peut contester l’autonomie du créole haïtien par rapport au français. Certains linguistes ont voulu tout simplement montrer qu’il est vraiment difficile de négliger les liens structurels (et pas seulement lexicaux) entre le créole haïtien et sa langue superstratique, le français.

Donc, pour cette personne qui prétend être offensée à chaque fois qu’elle entend la formulation « créoles français », je voudrais dire qu’elle ne peut en aucune façon me leurrer et que j’ai découvert son jeu. Je répète ceci : le créole haïtien, tout comme les créoles martiniquais, guadeloupéen, guyanais, mauricien, réunionnais ou louisianais, (ce dernier est sur le point de disparaitre par faute de locuteurs natifs) appartient bel et bien à la catégorie des créoles français ou à base française. Je ne parlerai pas de créole à base lexicale française pour ne pas retomber dans ce vieux débat que la majorité des linguistes créolistes ont abandonné et que vient de découvrir une certaine personne qui voudrait jouer au patriote pure souche mais qui ne trompera personne.

Finalement, cette personne me reproche de me cantonner au seul créole haïtien. Le linguiste spécialisé en créolistique que je suis rappellera à cette personne que la créolistique est la linguistique appliquée aux langues créoles et que, à ce titre, je suis bien placé pour m’occuper de toutes les langues créoles. Mais, dans la mesure où le créole haïtien est ma première langue, je m’intéresse d’abord à cette langue. Après tout, quel mal y-a-t-il à cela ?
Hugues Saint-Fort - Hugo274@aol.com
--

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Joel Dim 16 Oct 2011 - 12:37

JAF;

HUGHES ST FORT gen ajanda pa l.Mwen pa konnen si se paske li etidye LENGWISTIK an FRANS.
Lè NOUVELLISTE te gen sit diskisyon ;misye te ekri yon atik pou l mande pou KREYÒL vin egal FRANSE.
Mwen te ekri ke bagay sa a se yon aberasyon ;paske lang FRANSE an se yon bagay atifisyèl ,paske sou tan koloni ,lang franse an pa t pale lan SENDOMENG.
Misye te reponn ;ke yo pa ka pwouve sa.
Gen anpil endis ki pwouve sa.
ALYSA GOLDSTEIN ki pwofesè lan INIVÈSITE KALIFÒNI ,ki ekri yon Biyografi sou ABE GREGWA ,di ke apre ENDEPANDANS peyi an ;se te yon bagay flou ki lang ki t ap vini lang nasyonal .Li di se kanpay ABE GREGWA te mennen lè l te rekòmande FRANSE.
GOLDSTEIN di ke ABE GREGWA te ekri e gouvènman KRISTÒF lan ,e gouvènman PETYON an ;dapre limenm pou ide revolisyon franse an pwopaje se pou moun yo konnen FRANSE.

ABE GREGWA ,te an kanpay pou pwopaje lang FRANSE an,paske se te yon lang rejyonal ke moun ki te rete alantou vil PARIS an te pale.3/4 rès FRANSE yo te pale yon lang òt ke FRANSE e moun SENDOMENG yo ,si yo pa t sòti lan anviwon PARIS e pirèd si se lan SENDOMENG menm yo te fèt ,pa t pale lòt lang ke se KREYÒL.
Tankou w di ,mesyedam yo te mèt ap fè DYÒL SIRÈT lan SENA a ak LA CHANM lan ;men yo kenbe rèd ,se FRANSE pou yo pale.
Tèt mesyedam yo di.Eske lan 21yèm syèk sa a kote ou ka TRADWI ak yon KLIK GOOGLE ou byen BING nenpòt tèks KREYÒL an plis ke 40 lang e vise-vèsa ,mesyedam sa yo ap kenbe ke KREYÒL lan ap izole nou.

MATO an ,tankou mesye yo rele l al mande pou FRANSE vin youn lan lang travay yo ;alòs ke ke zile tankou SENTLISI ,DOMINIK,GRENAD se KREYÒL yo mande pou lang sa a pa disparèt lakay yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Le gros roseau Dim 16 Oct 2011 - 14:59

Mon chè se yon koken chen wi kolonyalism lankite nan kou nou.map gade tet mato ki ale rankontre Aristide epi se "Comment vas-tu "li di.poukisa martelly dyol siret pat ka di: ki jan w ye presidan Aristide;kek jou nou pa wè.Fok li pale lang franseuuu poul montre ke li edike.epi pi lwen lè servel zandolit li ya twouble se lang pal la li pral itilise wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Joel Lun 17 Oct 2011 - 8:42

ROZO;

Jan nèg ki an chaj ann AYITI wè zafè lang lan ;bay moun degoutans.
Si y ap ekri yon LWA ;se an FRANSE pou yo fè l e yo pa pran tan pou yo tradwi l an KREYÒL.
Yo pa t dwe lan tradwi non ,tankou JAF di l;yo te dwe ekri l orijinalman an KREYÒL.

Mwen al sou sit ETA NOUYÒK lan .Gade jan LWA ki eksplike DWA PASYAN lan LOPITAL byen ekri.
Se yon dokiman legal ke dapre mwen yon ayisyen ki te pase 4 ,5 an lekòl ann AYITI ap konprann san difikilte.
SE YON DOKIMAN LEGAL WI:

Se an PDF ,elaji li.Tout DEPATMAN LETA NOUYÒK yo gen dokiman konsa ekri an KREYÒL:
Sa a se DEPATMAN LASANTE:

http://www.health.state.ny.us/professionals/patients/patient_rights/docs/creole.pdf

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Le gros roseau Lun 17 Oct 2011 - 12:47

Mon chè mwen sot ap li yon pati nan diskou politik jeneral Dr Conille fè devan palmantè epi map mande tet mwen poukisa li pat fè expose an kreyol pou tout ayisyen ka konprann sa li ap di yo.Konbyen ayisyen ki ka konprann yon diskou enpotan konsa?ki lè komedyen nou yo ap konprann ke se yo ki pou ba lang kreyol la jaret.ki sa Conille di la kel pat ka dil an kreyol ?franse yo kite yon koken chenn nan tet nou ke jiska presan swa disan lelit la pa ka retire nan tet yo.Mwen pa tandel di anyen de refom edikatyon ki dwe fet an kreyol ni kontwol kwasans demografik la ki se yon epe Damocles sou tet tout ayisyen.Te dwe genyen yon lwa ki pase pou tout ofisyel nan peyi ya komonike an kreyol.se sel lang ke tout ayisyen konprann.Depi yon ofisyel ayisyen komanse prononse yon diskou an franseuuu se pou asistans la te rele chalbari deyèl.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Joel Mer 19 Oct 2011 - 10:30

Mesyedam yo sanble y ap rankontre pou yo mete AKADEMI KREYÒL lan sou pye.
Byen ke mwen konnen ke de nèg tankou IV DEJAN ou byen DEGRAF pa p fè erè sa yo;
Tanpri souple pa pran AKADEMI FRANSE an kòm egzanp.Depi AYISYEN ap imite sa k fèt an FRANS ,sa toujou fini an dezas.

Epitou Dr DEGRAF ki siman ap li sa m ap ekri an ;mete sa k di lan reyinyon an sou sit MIT an .Noumenm a letranje ta byen renmen konnen sa k di lan yon reyinyon enpòtan konsa.
Sitou de kominikasyon tankou pa IV DEJAN an ;ki a laj li rive pa gen anpil kominikasyon konsa li ka fè toujou ,byen ke nou ta renmen li viv jiska 110 zan.

Yon lòt bagay ;poukisa PREZIDAN an ,ak PREMYE MINIS lan pa t fè diskou yo e an FRANSE e an KREYÒL.Se an FRANSE sèlman yo te fè ll.
Lan KANADA diskou piblik konsa eske se pa an 2 lang KANADA yo fè l ;byen ke pi fò KANADYEN FRANSE konprann angle.

http://lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=98388&PubDate=2011-10-18

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Le gros roseau Mer 19 Oct 2011 - 10:53

Map bat bravoo e map di yon gran mèsi a Prof Iv dejean e professè Desgraff pou jefor yap fè pou mete kreyol la sou 2 pye li.se yon gwo eritaj yap kite pou jeneratyon ki ap vini.Mwen pap janm bliye yon ameriken ki te profesè angle mwen nan misyon naval ki te mandem poukisa ayisyen genyen yon si bel lang e se franse yap eseye pale?se depi jou saa map reflechi sou rizib saa ke nap plede fè tou tan tankou makak.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Joel Mer 26 Oct 2011 - 15:20

Mwen toujou ap chache sa MICHEL DEGRAFF ekri a pwopo KREYÒL.
Misye entèvni sou anpil jounal syantifik pou l pale de KREYÒL ;ki sanble se pasyon misye.

Mwen t ap li yon atik ke misye ekri sou yon jounal SYANTIFIK ki rele LINGUISTIC ANTHROPOLOGY.
Sa ki retni atansyon m se sa misye di de jan KANADYEN FRANSE lan ane 60s yo te wè lang franse an.
Sanble se ak anpil batay wi ,ke yo te reyisi enpoze LANG FRANSE an lan KEBEK e sanble gen anpil KEBEKWA te konsidere lang FRANSE an ,enferyè a lang ANGLE an:

""IN A RELATED VEIN,THERE ARE STUDIES FROM THE 1960S ONWARD,THAT HAVE DOCUMENTED THE VARIOUS WAYS ,WHEREBY FRANCOPHONE CANADIANS IN MONTREAL OFTEN LOOK DOWN UPON THEIR NATIVE FRENCH AND CONSIDER ANGLOPHONE CANADIANS SUPERIOR (see e.g. Lambert et als ""Evaluation ,reactions to spoken language"" in Journal of Abnormal Psychology""

MICHEL DEGRAFF ON HAITIAN KREYÒL:

http://linguisticanthropology.org/blog/2010/09/01/michel-degraff-on-haitian-kreyol/

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Invité Mer 26 Oct 2011 - 19:21

Le français c'est imposé au Québec par des mesures nationalistes de protection, mais encore aujourd'hui malgré les progrès de ce côté, si vous allez au Centre-ville le réflexe de bons nombres des commerçants est de vous adresser d'abord en anglais.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Joel Mer 26 Oct 2011 - 20:38

T-NEG ;

Gen moun ki vle fè konprann ke moun ki pale FRANSE yo ;renmen pale franse.Se tankou w di se de mezi nasyonalis yo pran;paske si se pa t sa KANADYEN FRANSE yo t ap tou pale ANGLE ;menm jan ak CAJUN lan LWIZYÀN yo.
E MICHEL DE GRAFF enplike ke ak aksyon sa a ,""self esteem"" kanadyen franse yo ogmante.
Noumenm si nou pale KREYÒL ,bay li plas li merite, e nou pa plede ap fòse pale franse;self-esteem pèp nou an ap ogmante tou.

Mwen te tande MICHEL DE GRAFF sou RADYO KISKEYA apremidi an.
Misye di li pote ,sa yo rele COURSEWARE nou gen dwa wè sou ENTÈNÈT lan ann AYITI.
Misye di ,li pote ADVANCED CALCULUS ,tradwi an KREYÒL bay etidyan INIVÈSITE LETA yo.
Misye di li fè sa pou l ede etidyan ak pwofesè yo ,men pou montre yo tou ke pa gen kou ou paka anseye an KREYÒL lan INIVÈSITE an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kreyol pa limite Ayisyen Empty Re: Kreyol pa limite Ayisyen

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum