Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -15%
(Adhérents) LEGO® Icons 10318 Le Concorde
Voir le deal
169.99 €

GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan.

2 participants

Aller en bas

GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan. Empty GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan.

Message  Joel Mer 26 Oct 2011 - 5:24

SIBÈLGWENN;

Mwen pa konnen okenn lan mesye LAVALAS yo.
Mwen swiv koudeta 2004 lan ;ki jan l te prepare,ki jan l te fèt e mwen mete l lan yon pèspektiv istorik.

KOUDETA 1954 lan ,ironikman 50 an anvan sa k te fèt kont ARISTIDE lan ,vin modèl koudeta CIA lan AMERIK lan ;se te premye koudeta CIA te fè ,paske l te fonde an 1948.
Tout sa malpwopte yo te akize ARISTIDE,yo te akize JACOBO ARBENZ GUZMAN de sa tou .
Jodi an ak yon gouvènman pwogresis ,apre preske 60 an ,GUATEMALA reyalize ki tò koudeta sa a te fè GUATEMALA.
ARBENZ GUZMAN gen kèk tan li mouri,gouvènman GUATEMALA a bay pitit li eskiz e li mande pou ETAZINI rekonèt tò li e fè GUATEMALA eskiz tou.
Se pa pou wou non mwen ekri sa ,se pou rès moun sou fowòm lan ,paske lespri w pa laj ase pou wè analoji sa a:

www.nytimes.com/2011/10/21/world/americas/an-apology-for-a-guatemalan-coup-57-years-later.html?_r=1&ref=americas

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan. Empty Re: GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan.

Message  ainsi ne soit-il Mer 26 Oct 2011 - 12:57

Mwen espere ke anpil nèg va konprand ke se pa tout kote li fasil pou rebati lè yo fin kraze. Lè m'tande LGR k'ap pale de Ayiti pafwa, li fè'm sonje ak kandida repibliken Cain ki di ke si yon moun pa milyonè se prop fót yo.

Mwen renmen li atikl sa aki ki raple ke tout koudeta lan Amerik toujou ramne peyi viktim yo 25-30 lane an aryè. Gen yon gwo bluff sou zafè ideoloji nèg ap vin mete devan tout tan. Tan chanje mezanmi, menm Meriken pa fikse sou vye agiman anti-kominis ankor, yo jis pati pou kraze tout gouvènman popilè lan ti peyi yo e se menm bagay la li kontinye fè an Ayiti.

Sèl bagay m'ap sonje lan Sommet des Amériques lan vil Québec, lè tout moun te ret alenteryè apre diskisyon, se te Chavez ak Aristide ki te sóti al adrese yo a foul la, se yo ki te lokas lan revandikasyon sou koze libre-échange ki t'ap diskite. Lejitimite 2 nèg pa't janm fè afè Ameriken ak kapitalis kanadyen ki te konn ap opere lan abri fiskal tankou Paul Martin yon nèg ki rich lan komès maritim ak flot ke li posede. (Sa se koze ki konplèks tande.) Lè yo fin fomante koudeta, yo fè'n bèl kado Michael Jean...

M'ap sonje apre sa, yon jèn Ayisyen ki sót lan fanmi onèt k'ap byen menen, ki pa't janm lan dezód te atake Pierre Peddigrew misnis Affaires étrangères lan metro Montreal pou di li pa gen dwa vin jwe lan jaden'l, gouvènman Paul Martin te pwal pèdi eleksyon pou tout kalite rezon ke nou pa bezwen nome la.

Se tankou dyabl, sa mischievous[i], nèg yo gen dwa deside konsa pou destabilize yon peyi, yon gouvènman jis pou gade kouman li pwal bat pousyè sou pantalon'l. Lan Sommet sila JBA te en vedette tankou yon nèg yo te met lan tèt yo fin rekipere si byen ke Ayisyen ki te deplase al rankontre'l te dezapwente paske yo te trouve misye distan. Eh byen, se te trókèt la chaj la dèyè. 2002, Chavez manke tonbe; 2004 Ayiti imilye...

Lè m'ap tande kritik (lol), lè se ak sa yo lage lan bra nou la, lè nèg yo byen kanpe konsa lan peyi a, m'ap mande'm ki ès lan nou k'ap janm gen kouraj ou jwenn okazyon pou poze jès Alvaro Colom la. Pa gen lontan misye te deja merite koudEta pou oze reklame ekskiz.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan. Empty Re: GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan.

Message  Joel Mer 26 Oct 2011 - 18:02

Ou wè jan atik lan ,ou gen dwa di pozitif pou JACOBO ARBENZ?
Mwen gen abònman NOUYORK TIMES;mwen gen aksè a ACHIV yo.
Se pou wè jan jounal sa a te kouvri ARBENZ an 1954.Yo te rele l KRIMINÈL,VÒLÒ elt...
Se aprann ,yo tout t ap aprann.Apre sa ,sa te vin yon ""pattern""
Apre koudeta a fin fèt;se pou yo atake karaktè moun yo te fè koudeta kont li an.
Kounye an ,li yon ti jan pi difisil ,men an 1954 ,pi fò AMERIKEN pa t menm konnen si gen yon peyi yo rele GUATEMALA:
Atik sa a te parèt an 1954:

http://query.nytimes.com/mem/archive/pdf?res=FB0612FB3E59177B93CAA9178AD95F408585F9

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan. Empty Re: GUATEMALA mande ETAZINI pou l fè l eskiz pou koudeta 1954 lan.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum