Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Coffret dresseur d’élite ETB Pokémon EV06 Mascarade Crépusculaire
56.90 €
Voir le deal

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

+2
Sasaye
ainsi ne soit-il
6 participants

Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  ainsi ne soit-il Ven 13 Jan 2012 - 21:31

Mitt Romney lambasted in attack ad for speaking French

http://www.bbc.co.uk/news/world-us-canada-16549624

Ah bon! se sa ki fè Ayisyano-Ameriken yo lan pa vle wè lang franse kon sa. E byen, tout mesye yo adopte mantalite kay ki bay yo a desand. Gen menm aspè rasism sa a kay anpil kanadyen Angle, sitou lè yo manke finès. Sa k'pi rèd la, w pa bezwen blan non pou yo pa renmen'w lè w pale franse. Sa konn pouse menm frankofón al seye snobe parèy yo lè yo fin konn 2-3 mo angle. Gen nèg lan sit la ki wont ke yo se frankofón, yo pa pran sa lwen. (lol)

John Kennedy eût-il commis l'irréparable en épousant une Franseuse?

Comme les Angliches sont épais!

Mugabe is right... hum!

Un jour peut-être, les candidats à la présidence d'Ayiti seront indignes de parler français au profit du slang étatsunien. Welcome home, 'Clef!

Les Haïtiens de partout doivent appuyer le Québec quel que soit le choix politique que cette province fera à l'avenir. Haïti est le premier et le seul pays francophone des Amériques et nous avons toujours eu des relations fraternelles avec la province du Québec. Qu'on sache que Paul Eugène Magloire fut reçu par le gouvernement québécois de l'époque avec les plus grands honneurs qui n'eurent rien à envier à ceux que la Maison Blanche réserve aux dignitaires étrangers.

A bien y penser, l'époque duvaliériste a été la plus grossière dans l'histoire d'Haïti hormis les années d'occupation yankiste. Les deux imbéciles, père et fils, ne sortirent jamais du pays au cours de trente années de règne. Il aura fallu que les marines américaines vinssent chercher fiston pour le remettre à la France, sinon Jean-Claude Duvalier n'eùt pas bougé du pays. Aussi con et aloufa qu'il est, ti-bonhomme-patate-là est revenu méconnaissable, émacié et sa démarche rappelle un mort ambulant.

Que doit-il se dire ces temps-ci en voyant Sweet Mickey se promener d'un aéroport à l'autre? J'ignore (et j'en doute) s'il a pu voyager à l'extérieur de la France durant son séjour là-bas mais ce qui étonne dans tout cela, c'est une béquille qui a accepté de suivre ce nain de jardin de chez elle là où le pouvoir autoritaire et sanguinaire l'avait déjà retenu captif. Une situation qui, à l'évidence, lui plaît et qui lui sied.

la rumeur court que fiston est en phase terminale d'une grave maladie, Il doit souvent s'appuyer sur une rampe d'escalier, sur la balustrade, en se déplaçant, rapporte-t-on. Les empreintes de ses mains sont partout sur les murs et les meubles de la résidence ou de l'hôtel où il loge. Le roitelet ne prend plus de poids malgré les photos sur lesquelles lui et ses acolytes font ripaille.

Comment ces créatures parviennent-ils à dormir la nuit? Malpouwont nèt wi, mezanmi.

Lan projete imaj rasanblè'l ak pótre JCD li ya, Sweet Mickey san lè provoke yon lót goudougoudou paske se pa tou lè jou Ti Marie pote bon siwo non.

Revenons à nos moutons yankistes. Ainsi, dit-il, la connaissance du français est un handicap pour quiconque rêve d'être le candidat républicain pour la Maison Blanche. Plus ils sont forts, plus ils sont riches, moins raffinés ils restent, ces Yankees?

Do you speak French?

Au clair de la lune
Mon ami Pierrot
Prête-moi ta plume
Pour écrire un mot
Ma chandelle est morte
Je n'ai plus de feu
Ouvre-moi ta porte
Pour l'amour de Dieu


version angliche (ou version du homard)

Oak lair dollar loon her
Mona me peer row
Pretty'm what a bloomer
Poor ache rear urnmow
Mash an Dehli mortar
Shin ape lewder fur
Who frame what a porter
Poor lamb oar did yer
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Invité Sam 14 Jan 2012 - 2:21

Nul doute que vous possedez l'art d'ecrire cette langue

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Sasaye Sam 14 Jan 2012 - 3:23

version angliche (ou version du homard)

Oak lair dollar loon her
Mona me peer row
Pretty'm what a bloomer
Poor ache rear urnmow
Mash an Dehli mortar
Shin ape lewder fur
Who frame what a porter
Poor lamb oar did yer


Woywoywoy!
Ma p mouri ri aswè a.

M sonje yon ti chante:
Wa p touye m, wa p touye m,
ay manman mwen!

Ma p mande m konbyen yankeeyis pra l santi imè saa.
Depi lontan, konsitwayen meriken yo devlope yon langaj ki mele kreyol ak angle.

M a kol (call) w lè m rive lakay.
Apa se lan besment li rete!
Li soti lan bouch subway an.
I am sure like a lemon.
Apa ti bway lan pa flôch twalèt la!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Le gros roseau Sam 14 Jan 2012 - 12:32

sa ki yon skandal konsa nan jan ayisyen pale kreyol O zeta Zuni?poukisa afriken yo te pale kreyol ki konpose de mots franseuuu.nanpren yon gwoup etnik ki ap viv yon kote ki pa enfliyanse pa lang e mers kote yap viv la.Se pa ayisyen selman ki itilise mo angle lè yap pale lang yo.O mwen isit la yo pap mouri ak grangou koloroks e bwè soup nepalè.pitit yo al lekol,yo jwen yon travay pou yo fè pou yo pap vann kor yo pou yo manje e kale ti moun tankou la pen.Yo ka achte yon ba savon ak deodoran.Si yo fè yon endisposityon yo ka rele lambilans ou 911 pou vinn mennen yo lopital.si kay yo pran di fe yo ka rele ponpye pou vinn sove yo.Nou menm ki o kanada nou pa enfliyanse pa lang kanadyen yo itilise?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Sasaye Sam 14 Jan 2012 - 13:38

Nou menm ki o kanada nou pa enfliyanse pa lang kanadyen yo itilise?
NON.

Menm lè m ta p viv lan Peyimerik, mwen pa t kite lang yo enfliyanse ni Kreyol mwen, ni Franse m.

Moun ki fè sa yo se yon atitid ak yon aprôch ki fè yo kwè yo ala môd, yo rive.
Genyen ki pa menm konn pale angle ki adopte vokabilè saa.
Mwen rankontre yon nèg konsa ann Ayiti. Li tèlman ekzajere ke moun pa t konprann kisa l vle di. A la fin mwen adrese misye ann angle. Si w tande kijan nèg lan reponn.
Angle l pat bon menm.

Se menmjan tou mwen rankontre youn lan Brooklyn, misya ap pale anpil avèk yon aksan angle. Li di m li te rete BOUZOTON. Alô mwen mande l konbyen tan li te genyen depi l rive Nouyôk. Misye te gen 3 zan sèlman. Li gentan bliye pale kreyôl.
Li bliye BIZOTON tou.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Le gros roseau Sam 14 Jan 2012 - 13:46

Genyen snob tout kote.genyen yon paket mo ke moun yo pa konen ekivalan yo an franseuu ni an kreyol paske yo pat kon servi ak yo lakay yo.ki donk li vinn pi fasil poul itilise mo ke li vinn aprann koulyè ya.Pa ekzanp ou ka tande yon ayisyen di w mwen pral nan laundry.eske li te genyen yon kote pou li al lave rad li nan machine an ayiti? Nou menm tou nou te konn itilise supermarket,week end an ayiti.Menm an frans ou jwen franse ki tilise mo infomatik angle yo.eske w ka blame yon ayisyen sil pale de yon konpitè o lye de yon ordinateur?de yon dryer o lye de yon sechwa.Sil pale de yon ATM?

si wou ou genyen ase edikatyon ki ba w yon vokabilè ki pemet ou itilise pwop term franseuuu ou kreyol pou eksprime panse w se pa tout ayisyen ki genyen menm fasilite langaj saa.epi genyen anpil ti moun ki swa vinn isit piti ou byen ki fet isit ki pa pale kreyol ak menm ezans ak nou.genyen pafwa se tradwi ou blije twadwi sa w vle di yo an angle.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Joel Sam 14 Jan 2012 - 14:03

Mesye bagay yo pa nwa e blan jan nou ta fè kwè l lan non.An FRANS menm gen moun ki ap plenyen ke jenerasyon kounye an ,pa pale FRANSE menm jan ak tan lontan non ;yo menm ap di ke se FRANGLISH timoun yo pale.

Sa k pi rèd lan gen moun ki ap mande an FRANS ke timoun yo aprann ANGLE depi klas matènèl.
Jounal LE MONDE te gen yon dosye manch long sou bagay sa a.Te gen yon atik menm ki te rele ]FRANCE TON FRANÇAIS FOUT LE CAMP""
W ap wè FRANS ap anseye ANGLE lan klas matènèl,anvan AYITI fè sa.
Gen nèg tou depi w abòde kesyon lang lan ,yo pran joure ,mwen pa konn poukisa.
Atansyon mesye lan ETA tankou NOUYÒK ak MASSACHOUSETS ,lang KREYÒL lan deja gen ""stati"" semi-ofisyèl wi ,si m ka di sa.KONSIDERAN TOU KE ETAZINI PA GEN LANG OFISYÈLSe defakto ANGLE vin lang preponderan lan tout ETA yo.

Donk mesye nou paka pi wayalis ke wa limenm e nou pa bezwen pèsonalize bagay yo ;mwen kwè nou pi entelijan ke sa

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  ainsi ne soit-il Sam 14 Jan 2012 - 16:23

Comme disait coquinement Celia Cruz, my English is not very good looking.

Comme cet Ayisyen aimait blaguer au sujet des Ayisyano-Americains, white ki white, I don't occupy, al go to see you.

Mwen konen nou entèlijan men m'ap tradui blag la pou sa ki pa tro vit: "Blan ki blan m'pa okipe yo, ale wè pou w." Se sa kamarad pè di'm wi. (lol)

Lè m'te resiye'm pou m'viv definitivman lan Canada m'te bije fè kèlk zanmi. Tout nèg, komanse par kouzen fini par zanmi ki t'ap viv avan'm lan Canada ou Ozetazini, te toujou pense ke anglè yo te miyor pase pa'm, men se lè dam Canada ak zón Caraïbes yo ap di kamarad yo ke votre serviteur speaks very nice English ke nèg yo tonbe pran presyon, fè jalouzi.

Te gen yon epók, sanble m'tap pèdi aksan'm nèt telman m'te t'ap tande mizik rock e pi m'te travay ak Kanadyen Angle. Sa te vekse'm lè 2 blan te di'm ke yo pa't pèsevwa aksan etranje lè m'ap pale alós ke fan'm yo te toujou di'm le kontrè e ke aksan'm chame yo. Premye sa m'sonje, se te paske lè m'ap pale ak nèg yo mwen pale vit alós ke lè m'ap pale ak fanm yo, mwen poze sang'm e medam yo ki abityèlman pi save pase nèg yo lan domèn lang te kapte ke se te yon langaj akademik ke m'tap pale e lan pale poze, aksan'm se te mizik lan zorèy yo.

Men nou konn sa k'rive, sanble ke sa depand de jou a, gen lè mwen pale angle tankou yon dlo k'ap koule menm janr gen de moman, ayayay, tout savè, tout aksan, tou nuans, tout sens soti e Angliche konn pase yon move quart d'heure apre yo fin pale ak Martine la tourmente. I like to derange them brains, comme dit le rastafari.

Mezanmi, si m'ta di'n ki sa k'ap pase bor lakay a'm, nou ta souke tèt a'n e pi nou ta di ke nèg sa se yon extra-terrestre vre. Men pou tounen sou kestyon lang angle sa a, mwen toutafè dakor ke lan plizyè ka se yon mank de vokabilè ki fè moun adopte termes angle yo sitou lan milye y'ap viv la. Men sa pa dwe yon ekskiz paske m'te konstate ke preske tout Ayisyen fè menm bagay la.

Gen de radyo m'te konn ap tande menm sa te fè lapèn. Depi m'ti-moun m'ap tande pale de konseye teknik ou de de konseye tout court menm moun New York yo toujou lan yon council, pou ki reson m'pa konen. Se paske m'tap tande yon emisyon radyo, animatè a rete lan mo konsil tout tan; mwen ki pat la odebi, mte konprand ke se de consul (diplomatie) yo t'ap pale.

Kisa ki anpeche Aysyen yo pale de kotisasyon, ranmase lajan, levée de fonds, elatrèy olye ke nèg kole lan yon fund raising. E pi lè w mande yo poukisa yo bije ranplase tout mo ki bèl e byen ekziste lan kreyol la par on seri de tèrm Ameriken, yo repond ke se yon fason pou tout oditè konprand. Rezon ou eskiz la osi fasil ke chwa yo fè a...

Ayisyen ap defand le fait ke pitit yo se angle yo pale paske y'ap viv Ozetazini men yo ta vle kritike parèy yo k'ap leve ti moun lan Canada ou lan Québec. Sa k'te pi frape'm, sè ke tout neve ak tout nyès mwen yo ki fèt lan Kanada, se plis kreyol mwen konn tande y'ap pale antr yo-menm,... sa ki pi bèl sè ke klas sosyal pa fè diferans. Or jiska prezan, m'ap kwaze moun ki pi gran pase'm e fan'm Ayisyèn k'ap di'm chèbèlreman: Comment vas-tu? Qu'est-ce que tu fais de bon?

Mwen te konn yon konpatryót lè n'te pi jèn ki toujou ap fè enferyè tankou yo di an kreyol, lè konsa misye te konn soufle lan zorèy mwen "tu vas bien" (lol) Mwen te konn ap kenbe pou m'pa ri devan grandes dames honorables sa yo. (lol)

Gen yon zanmi ki t'ap eksplike'm istwa yon Ayisyèn ak pitit li lan bus Montreal. M'pa sonje ki dezód ti-moun la t'ap fè, madanm la di'l: "Toi-même-même, ti es fou"

M'pa di pou tout moun dwe pale franse men jan, men se byen lè m'konstate ke gen moun bor isit k'ap fè efor ak ti-moun yo. Sa mwen fini par konstate, sè ke anpil moun ki pi gran profite aprand franse ak pitit yo bor isit.

M'ap toujou mefye'm de yon deba etranje ap fè ke Ayisyen ta vle anbrase a 100%. Se sa ki fè m'toujou di ke soudevopman se problèm Ayisyen avan ke se yon kestyon de lang, paske anpil moun ki swa dizan te fè gwo klas yo pa ka idantifye objè ki antoure yo, yo pa ka fè nuans lè y'ap pale, yo pa poze avan yo replike, yo pa renmen koute, yo pa enterese a detay ki enpótan. Donk, gen yon absans de kominikasyon menm lè nou wè y'ap pale si byen ke lè jounen a vin pase sa pa pèmèt yo regle anyen.

Nèg pa ka ap denonse inikite, ap babye paske yo kite moun san konn li an Ayiti e pi lè sa fè zafè yo, yo gen problèm ak sa ki te toujou enterese a lekti. Tout sa ki enterese'm lan konvèse ak moun, se jis ke sa kontribye ti kal lan objektif mwen gen pou tèt a'm ak sa m'souwete pou jenès Ayisyèn sitou an Ayiti: se develpman imen ak devlopman entèlektyèl yo. Yo gen dwa pa gen chwa e ke yo bije ap viv kote move ekzanpl lan televizyon, lan yon sosyete ki dekadan, lan yon peyi kote diktatè malpropte sanginè ap jwenn onè, kote blan tounen vin bay nèg lód, elatrèy... men yo gen on chwa pou yo pa suiv ekzanpl sa yo e pou yo pa reprodui menm vye modèl konsa.

Paroles du Saigneur.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Le gros roseau Sam 14 Jan 2012 - 18:47

Epi nou di se o Zeta zuni selman genyen discriminatyon.gade ki jan ou pran yon plezi pou diminye moun ki pa pale angle byen. ou ki pat vle pitit yo pale angle ak aksan.Ti moun lan rantre tout piti isit li pral blije aprann nan yon lang ke li pa pale si nou te kontinye ap pale kreyol ak yo konbyen tan sa tap pran pou yo te konprann sa profesè ya tap eksplike nan lekol yo?. nou te pral repete menm sotiz ki fet an ayiti kote ti moun lan pale yon lang lakay li epi lap aprann nan yon lot lang nan lekolki se yon pwoblem ki retarde li pafwa..Ki lè nap genyen konpasyon e amou pou sa ki pat rive nan ti let fen yo?Nou toujou ap desann konpatriyot nou pou nou ba tet nou valè.Moun ki genyen valè tout bon pa beswen desann lot moun poul montre valè li.Desgraff pa tap janm ekri yon teks konsa paske li genyen ase lespri poul konprann enfliyans yon milye sou yon popilatyon ki imigre nan yon peyi kote li pat soti ak yon bon edikatyon lakay li.Lè w pran yon ayisyen ki soti nan trou foban kote menm elektrisite li pat genyen ki jan ou vle li pa emerveye e chache entregre nan sosyete saa ki ba li plis chans ke kote li soti ya.Lotrejou ou dim mwen rampli das,mandem saw te vle di mwen pat konen anvan mwen te al chache l nan diktyonè.sak fè se term sa w te anploye?se tande w tande l nan kanada.se pa imite wap imite kebekwa yo tou?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Invité Sam 14 Jan 2012 - 19:01

Sasaye a écrit:version angliche (ou version du homard)

Oak lair dollar loon her
Mona me peer row
Pretty'm what a bloomer
Poor ache rear urnmow
Mash an Dehli mortar
Shin ape lewder fur
Who frame what a porter
Poor lamb oar did yer


Woywoywoy!
Ma p mouri ri aswè a.

M sonje yon ti chante:
Wa p touye m, wa p touye m,
ay manman mwen!

Ma p mande m konbyen yankeeyis pra l santi imè saa.
Depi lontan, konsitwayen meriken yo devlope yon langaj ki mele kreyol ak angle.

M a kol (call) w lè m rive lakay.
Apa se lan besment li rete!
Li soti lan bouch subway an.
I am sure like a lemon.
Apa ti bway lan pa flôch twalèt la!


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Le gros roseau Sam 14 Jan 2012 - 19:12

saa komik men se yon fason pou yo aprann lang lan.pafwa yo pa konnen ke leta mete sant kote yo ka ale pou yo aprann lang la ou byen malerez yo pa gen tan tan yo genyen moun pou yo okipe an ayiti o lye nou ta ironise yo konsa nou te dwe apresye bon kè yo e kondwit yo ;genyen yon lè new York daily news te di se kominote ayisyen nan New York la ki bay polis mwens pwoblem..paske si se pat yo genyen anpil nan nou jodya se soup nepalè ki ta dlo pou nou wi,grangou kloroks la ta finn fè nou tounen skelet. tout dan nan dyiol nou ta finn tonbe deja.Vive dyasporyen,moun ki pa parasit .rid travayè yo travay hard vre men fok yo di mesi kan menm paske yo jwen travay la.ki pemet yo edike pitit yo.mwen konn yon fanm ki tap netoye biro nan Metlife pandan ke pitit gasonl tap etidye medsinn an arjantine;jis ti bononm la rantre o Zeta zuni se li ki tap okipel anvan li te pran ekivalans li..li te tankou moun sa yo ke langichat ap ironise ya.poukisa nou menm tou ki rete an ayiti genyen yon paket nan nou ki pale franseeuu ak dyol siret.3/4 nan nou pa fouti kenbe yon konversatyon an franseuuu pandan lontan san ke nou pa vire nan kreyol lè nou pran pann.Nou pa fouti pale an piblik san ke nou pa genyen yon bout papye devan nou pou nou ap site sa franseeu te ekri depi lontan pou nou montre jan nou save.lotrejou la Senatè Joazile di se papal ak manmanl ki ap travay nan new York ki te peye kay pou li apre li pat nan lame ankor.Bann engra manyè respekte moun ki fè nou byen.Si se pa dyasporyen yo jodya goud la se ta yon zorey bourik tankou lajan zimbabwe ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Joel Sam 14 Jan 2012 - 21:43

Mesye m ap di nou ,se pa AYISYEN sèlman ki gen pwoblèm sa a.FRANSE yo pa okipe sa ACADÉMIE FRANÇAISE ap di ankò.Yo di si yon FRANSE pa pale ANGLE;li pa p ka transfere ""skill"" li lan rès INYON EWOPEYEN an.Mwen pa di se yon bon ou yon move bagay ,se yon reyalite.
Mwen t ap li yon atik sou LIBERATION jounal franse.Men kèk mo ,mwen jwenn lan atik lan:

READY-MADE
HARDEUR (OTÈ AN FÈ YON MO AK MO ""HARD"" ANGLE AN}
VIDEO GAG
RUSH
CLOWNERIE
SNUFF MOVIE

Nèg ki ekri atik lan ,espere ke moun ki ap li l yo konn de ki sa l ap pale.
Se sa ki fè de moun tankou MARCUS GARCIA ,ki renmen lang franse e toujou ap di se konsa ,se konsa yo di tèl bagay.Pa gen franko-fil pase MARCUS (pou m pa di lòt mo an);si misye te an FRANS ,misye te deja pèdi pari an wi.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Invité Sam 14 Jan 2012 - 22:25

En tout cas, le français n'a pas fini de faire jaser sur forumhaiti.com

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Nickie Dim 15 Jan 2012 - 7:56

Ala kozé pou moun tandé isit la
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Le gros roseau Dim 15 Jan 2012 - 11:06

Anvan mwen te retounen o ZetaZuni te genyen 2 frè nan Rue Dr Aubry ki te sot o Zeta zuni ki pat ka di 2 mo san yo pa di "Just"sa te nwi m tou jis yon jou nou tap jwe domino epi mwen di yonn nan yo poukisa tout tan wap di "Just" e se kreyol wap pale.li dim se yon abitid.mwen dil li pa ka yon abitid se pa konsa ou te konn pale anvan ou tal o Zeta zuni.Li dim ki mal ki genyen nan sa si se konsa li vle pale.mwen dil se dwa w pou pale jan w vle men sa pa sonnen byen nan zorey moun ki pa janm ale o Zeta Zuni yo.Li reponn mwen :"I don't give a damn about what haitians think."(lol)

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Amoph Lun 16 Jan 2012 - 14:56

Que les profs offrent cette petite "surprise" aux élèves pour la rentrée de janvier, ils seront RAVIS !


Cette dictée est incroyable mais vraie. Ne manquez pas de la lire, c'est surprenant. On dira après que le français n'est pas compliqué ! Ce petit texte, que je vous laisse savourer est une dictée trouvée dans un vieil almanach :





"Monsieur Lamère a épousé Mademoiselle Lepère. De ce mariage, est né un fils aux yeux pers* (*pers = entre vert et bleu). Monsieur est le père, Madame est la mère. Les deux font la paire. Le père, quoique père, est resté Lamère, mais la mère, avant d'être Lamère était Lepère. Le père est donc le père sans être Lepère, puisqu'il est Lamère et la mère est Lamère, bien que née Lepère. Aucun des deux n'est maire. N'étant ni le maire ni la mère, le père ne commet donc pas d'impair en signant Lamère. Le fils aux yeux pers de Lepère deviendra maire. Il sera le maire Lamère, aux yeux pers, fils de Monsieur Lamère, son père, et de Mademoiselle Lepère, sa mère. La mère du maire meurt et Lamère, père du maire, la perd. Aux obsèques, le père de la mère du maire, le grand-père Lepère, vient du bord de mer et marche de pair avec le maire Lamère, son petit-fils. Les amis du maire, venus pour la mère, cherchent les Lamère, ne trouvent que le maire et Lepère, père de la mère du maire, venu de la mer, et chacun s'y perd !"

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français. Empty Re: Vous n'êtes plus digne de devenir président d'Ayiti si vous parlez le français.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum