Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : où l’acheter ?
Voir le deal

Eskonbrit militè demobilize plen kontradiksyon politik

Aller en bas

Eskonbrit militè demobilize plen kontradiksyon politik Empty Eskonbrit militè demobilize plen kontradiksyon politik

Message  Rico Sam 31 Mar 2012 - 15:51

Peyi dAyiti toujou nan anpil kontradiksyon politik. Depwi kelke tan kriz militè demobilize pase yon lot vitès. Se te previzib ak yon gouvenman tankou rejim Martelly, ansyen militè rate li menm an plis ak sansibilite makout ekstremis de dwat. Militè demobilize gen van nan vwal yo. Malgre prezans fos dokipasyon militè demoblize ak konplisite gouvenman Martelly ap jwe le frekan, mache pran kazenn nan tout rakwen peyi.

Militè demobilze sayo genyen plis jenn fanm ak gason ki pa gen anyen arevwa ak yo kap reklame tèt yo ansyen militè.Militè demobilize sayo monte ti kamyonèt chofè transpo piblik san peye, achte chyen janbe ti machann san peye. Sa raple nou atitid makoutik, souke lawouze lontan ki fè sayo vle jan yo vle.

Men kote m vle vini se sou kontradiksyon ki genyen nan mitan politisyen ak politik nan peyi sa. Arnel Belizaire yon depite ki te pati Ozeta an kwazad kont Martelly apre chire pit akzasyon frodè e latriye e arestasyon l. Li retounen ak anpil dokiman pou pwouve papa frodè, koken, blofè li rele Michael alyas Michel l Martelly ki selon li genyen anpil dokiman setifye pa yon jij Ozetazi sou dosye doute sou Martelly.

Men se twouve tou 2 belijeran Martelly kont Belizaire se menm defansè militè sayo kap fè dezod. Belizaire kom anyen jandam li renmen raple pran dosye miltè demobilize sou zesèl li. Belizaire ap mennen yon kanpay pou defann militè sayo kap fè eskonbrit. Pandan setan gouvenman Martelly ap jwe jwèt manipilasyon ak militè sayo pou zafè politik kras.

Mezanmiro nan kisa nou pran, militè demoblize genyen kinan yo patou. Lè nou konnen Belizaire yo di ekstrèm goch pro lavalas ki tounnen pot parol ansyen militè demobilize sayo. Lot kote rejim Martelly kap jwe politik kod rèd nan lesse grennen militè demobilize. Guy Philippe menm nou pa konnen ki kote pou mete l yon lot majo jon an bandisyon kont meriken ki vle fouke l pou drog. Se anko yon lidè militè demobilize yon pro Martellis ki monte obarikad pou koz militè demobilize.

Politik peyi dAyiti bannou vertij se yon bouyon mikmak. Yon dosye revandikasyon militè demoblitè pou ti lajan pansyon tounnen yon veritab dezod. Politisyen tout tandans rekipere pou kreye plis la twoublay.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum