Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
(Adhérents Fnac) Enceinte Bluetooth Marshall Stanmore II Noir
199.99 € 249.99 €
Voir le deal

Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

2 participants

Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  jafrikayiti Lun 14 Mai 2012 - 0:44

Nan emisyon sa a nou te pale sou deklarasyon prezidan Martelly fè nan yon legliz pwotestan, apre li te soti Miami, kote li di li chape anba maladi grav, kidonk li deside lage peyi a "sou kont Jezu de Nazareth" - "Kris pou Ayiti Ayiti pou Kris".

Koute deklarasyon Prezidan an, epi komantè yo, apati minit 35


http://cod.ckcufm.com/programs/36/7897.html
Randevou Ayisyen 13 me 2012

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Re: Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  jafrikayiti Lun 14 Mai 2012 - 0:51

Mezanmi, pou di Ayisyen ap gen chans wè koulè lO sa a yo pran pOz yo fenk dekouvri nan TwoudinO a?

Pinga yo vin konsole Ayisyen annapre, ak koze kremol kOmkwa, se pa grav si lO a separe, epi Ayisyen, pitit Dessalines yo pa jwenn anyen...puiske "Msye Jezu de Nazareth" ki anchay peyi a dezomè ka pase lOd pou malere pye atè do touni yo redi fouye tè a, apresa sa, pou yo "donnez a César, ce qui est à César"

Sa a di m Jezu pou m di?...m a di w trala la la....


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Re: Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  kakakok Lun 14 Mai 2012 - 8:03

jafrikayiti a écrit:Mezanmi, pou di Ayisyen ap gen chans wè koulè lO sa a yo pran pOz yo fenk dekouvri nan TwoudinO a?

Pinga yo vin konsole Ayisyen annapre, ak koze kremol kOmkwa, se pa grav si lO a separe, epi Ayisyen, pitit Dessalines yo pa jwenn anyen...puiske "Msye Jezu de Nazareth" ki anchay peyi a dezomè ka pase lOd pou malere pye atè do touni yo redi fouye tè a, apresa sa, pou yo "donnez a César, ce qui est à César"

Sa a di m Jezu pou m di?...m a di w trala la la....


Mwen pa ta we anyen mal ke Martelly remet peyi bay TI JEZU....Olye li ta lage l bay RORO NELSON ! Yon sel bagay Ti Jezu Okipe anpil e travay la anpil
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Re: Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  jafrikayiti Lun 14 Mai 2012 - 22:43

Nou tèlman ap anfonse nan teyat an pèmanans, reyalite depase fiksyon nan peyi nou.

Senatè ak depite ap plenyen gwo lajounen, san jenman, paske Prezidan ak premyeminis pa grese pat yo ekzakteman jan yo te pwomèt sa nan reyinyon blakawout... Minis san ministè ap miltipliye pil sou pil.... Mesyedam nan lachanm yo babye a goch, yo vote adwat - yo touche nan mitan?

Men kounye a, Jezi (eskize Jezu!) nan won tou:

https://www.youtube.com/watch?v=-KeGMUNW--A&feature=player_embedded

Nazarèt ou kwè se kote ou tande!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Re: Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  jafrikayiti Mar 15 Mai 2012 - 0:21

Se pa jès ak konpotman yon grenn moun.

Sa ki grav la se atitid plizyè milyon Ayisyen ki pase sou ban lekol ki ta dwe konprann jan se yon atitid iresponsab epi danjere lè, nan ane 2012, pwopagann relijyon ewosantrik anti-nèg ap sèvi fwèt pou kale dèyè nèg nan pwop peyi yo.

Ou imajine ou jan deklarasyon sa a ka alimante vye lide rasis epi retwograd salopri tankou Pat Robertson yo ki deklare se paske zansèt Afriken nou yo te fè "dil ak yon ti ekstraterès yo rele Satan" ki fè Ayiti pov.

Kounye a, nou vlope anba wob ti Jezu po woz - tout nèg sove! Ou imajine ou jan deklarasyon sa a RIDIKIL! Epi, gen doktè, enjenyè, moun swadizan "save" ki ap aplodi rans sa yo.

Travay nou anpil vye frè m ak sè m yo. Zansèt nou yo te nan chenn men yo pa t enbesil. Yo te envesti pou nou te ka kanpe dwat tankou moun jounen jodi a.

Nèg ak Nègès ki kontinye ap bay sipèstisyon kolon esklavajis plis opotinite pou kokobe frè ak sè nou yo, se anreta y ap mete liberasyon pèp Dessalines nan. Men, kanmenm nou gen pou nou jwenn libète nou merite a.

Ayibobo!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Peyi  a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012 Empty Re: Peyi a sou kont "Jezu" - Randevou Ayisyen 13 me 2012

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum