Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Xiaomi Mi Smart Camera 2K Standard Edition (design compact / support ...
11.39 €
Voir le deal

Relijyon ak Politik

2 participants

Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Sam 19 Mai 2012 - 8:48

DEPI LANTIKITE SE GWO DEBLOZAY KI RIVE LÈ MOUN MAKONNEN RELIJYON AK POLITIK!

Konpatriyòt, souple esplike mwen kouman sa nou pral li la a kapab pawòl yon "bon-dye". Nan pasaj sa yo, non sèlman "bon-dye" aplodi zak sovajri ak enjistis yo, li patisipe ladan yo kare bare. Tankou nou wè sa nan Jozye 10 lè li lage lagrèl dèyè moun Jozye t ap eseye dechèpiye yo, epi fènwa bare ni Jozye, ni "bon-dye" - li sètoblije pase solèy la lòd kanpe "sou wout li" pou yo ka gen plis limyè pou kontinye masak la.

Relijyon ak Politik Jozye_10

YON BONDYE KI PATISIPE DIRÈKTEMAN NAN ZAK ZENGLENDO:

Jozye 10

10:8 Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè yo. M'ap lage yo tout nan men ou. Pa gen yonn ladan yo ki ka kenbe tèt avè ou.

10:9 Lè Jozye kite Gilgal, li pase tout nwit lan ap mache. Li rive sou moun Amori yo san yo pa t' atann.

10:10 Seyè a fè moun Amori yo pran kouri lè yo wè moun Izrayèl yo. Li fè pèp Izrayèl la bat yo byen bat lòt bò lavil Gabawon an. Moun Izrayèl yo kouri desann dèyè yo nan pant Bètowon an, yo bat yo jouk Azeka ak Makeda nan sid la.

10:11 Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.

10:12 Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!

10:13 Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche. http://www.kreyol.com/creole-bible/06_010.htm

Kidonk, koze tout sa ki ekri se "bon-dye" ki enspire l la, se yon fraz pwopagann ki pa lojik. Konsènan tradisyon kretyen an espesyalman, nou kapab konfime, san di pètèt, Makdwèt moun fè mikalaw nan bib la!


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Sam 19 Mai 2012 - 9:13

E moun Amori yomenm, ki lès yo te ye, ki bondye yo te genyen? Pou kisa li pa te pwoteje yo kont Jozye ak bondye zenglendo pa li a?

The term Amorites is used in the Bible to refer to certain highland mountaineers who inhabited the land of Canaan, described in Genesis 10:16 as descendants of Canaan, son of Ham. They are described as a powerful people of great stature "like the height of the cedars," who had occupied the land east and west of the Jordan; their king, Og, being described as the last "of the remnant of the Rephaim" (Deut. 3:11). The terms Amorite and Canaanite seem to be used more or less interchangeably, Canaan being more general and Amorite a specific component among the Canaanites who inhabited the land.
http://en.wikipedia.org/wiki/Amorite

Ak kalite "lojik" relijye sa yo, tout zak briganday ki rive nan listwa kapab jistifye. Se yon gwo danje depi lantikite jouk alèkile!

Relijyon ak Politik Krisya10

Relijyon ak Politik Godspe10

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Joel Sam 19 Mai 2012 - 9:55

Sa fè m sonje MARK TWAIN ke gen moun ki di li se pi gran ekriven ke ETAZINI pwodwi.
Gen yon jounalis ki te mande misye ke si l kwè gen yon BON-DYE.
Mark Twain di li pa konnen si bondye ekziste ou pa ,men tou si li ta ekziste se ta pi gwo ZENGLENDO (THUG) ke yon moun ta ka menm imajine!




Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Sam 19 Mai 2012 - 15:03

"si li ta ekziste se ta pi gwo ZENGLENDO (THUG) ke yon moun ta ka menm imajine!"!!!

Atansyon Joel, pa bliye "bon-dye" Abraham-Izarak ak Jakob la se pa premye ni sèl bondye ki soti nan imajinasyon limanite. Si se vre pèsonaj yo dekri nan liv Jwif, Arab ak Kretyen yo se yon zenglendo ki chaje ak tout defo moun genyen sou tè sa a: Ensekirite, renmen lwanj, zenofobi, paspouki, anti-syantifik, seksis... sa pa vle di pou otan, yon bondye ki bon tout bon pa ekziste.

Mwenmenm, mwen kwè limanite manke konesans kolektif pou nou ta bay kesyon fondamantal sa a yon repons kategorik. Jiskaprezan, nou ap viv ak 2 mistè. Koumansman nou (ki lès ki te kreye linivè, kijan, ki lè?) epi mistè bout nou (ki lè, ki jan linivè ap dechalbore? ki kote nanm moun mouri ale?). Se tankou cheni nou ye sou tè sa a. Nou wè papiyon ap vole men, nou pa konnen ki kote li soti, ki kote li prale.

Men, omwens, chak jenerasyon ki pase gen yon amelyorasyon ki fèt nan nivo konprayanson nou. Gen yon epok tout moun te kwè Jozye te rete solèy la sou kous li vre epi Moyiz te fann lanmè 2 bout. Alèkile sipèstisyon sa yo fè mwens viktim. Yon jou, p ap gen fanm k ap mouri boule sou akizasyon yo se "loups garou" anko.... yon jou va jou...si nou kontinye travay pou sa.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Joel Dim 20 Mai 2012 - 18:52

JAF;

San nou pa bezwen emosyonèl sou kesyon sa a ,paske mwen konnen ke w kwè gen yon bon dye.
Sèl kesyon m ap mande ,ki diferans ki genyen si gen yon BONDYE ou pa.Pou mwenmenm ,mwen pa wè diferans non.
Mwen wè tou ,ou pale de ""NANM"".Kisa ki nanm lan .Eske yon CHENPANZE ke ADN li se preske 99% pa nou an ,gen yon ""NANM"" tou?

Tankou kesyon ke lè nou mouri kote nou prale.JAF ,mwen pa kwè ke lè nou mouri ke gen yon kote ""LESPRI"" nou prale non.
Toutotan pa gen yon moun ki mouri e tounen pou l testifye gen yon bagay apre lanmò ;mwen kwè ak zòt ke LANMÒ SE YON SOMÈY SAN RÈV.
Gen yon bagay ki fè m poze kesyon tou ;mwen kwè ke PAP yo ;IMAM YO ,OUGAN yo ;sa vle di tout klèje tout relijyon yo sispèk ke se yon somèy san rèv tou ;si yo te panse gen yon ""vi etènèl"" vre ;yo pa ta pè mouri non.
Antouka se sa mwen panse!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Dim 20 Mai 2012 - 23:27

Joel, ou gen rezon, mwenmenm mwen kwè nan ekzistans Bondye kreyatè a men sa pa gen anyen arevwa ak emosyon pou mwen. Ojis, mwen pa santi nesesite pou kwayans sa a pataje, ni non plis pou mwen kenbe li pou tout tan gen tan osnon defann li, pwoteje li....paske an reyalite se akoz sa mwen wè, sa mwen tande, sa mwen santi, sa mwen manyen ....mwen konkli li pi lojik pou se yon kreyatè ki te fè linivè. Mèzalo, si pi devan mwen dekouvri lot endis ki sikjere lekontrè, mwen pa wè okenn pwoblèm ak sa. Se pa mwenmenm ap kreye bondye. Kidonk, si li ekziste li deja ekziste. Konsa tou, si se vap-men-nou, linivè ak limanite te fèt pou kont li, se sa ki sa.....kit mwen konn sa, kit mwen inyore sa.

Osijè koze nanm nan se menmman parèyman. Ojis sa mwen konsidere "nanm" nan se sa mwen pa ka esplike ki fè diferans ant moun epi lot bèt yo ki lakoz mwen panse li ka ekziste. Men, tankou mwen te di sa nan Viv Bondye Aba Relijyon, veritab repons onèt pou kesyon sa yo se "Mwen konnen m pa konnen!". Men toutotan nou gen souf lavi, n ap fouye zo nan kalalou, jouk nou rive wè tete foumi!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Joel Lun 21 Mai 2012 - 7:19

Se pa konnen si l ekziste ou pa non.Pou mwenmenm ,sa pa gen twòp enpòtans pou moun;pou jan moun ap viv e chwa yo fè.

Ou gen dwa menm di ke plis ou kwè ;plis ou kwè lan yon DYE OMNIPOTAN se lè sa a malè plis rive w.
Pou moun ki pa ta konnen ;pi gwo KATASTRÒF lan tout ISTWA LIMANITE ,lan tout anviwon 125 mil an depi MOUN koumanse mache lan SAVANN AFRIKEN yo ,se te ann EWÒP li te rive .Se te ""plague"" 1347 ,lè plis ke mwatye popilasyon yon kontinan ,lan mwens ke 2 zan mouri anba MALADI.
Jis imajine ke PÒTOPRENS ke yo di gen plis ke 2 milyon moun ;plis ke 1 milyon mouri an mwens ke 2 zan.
Se lè sa a EWOPEYEN yo te plis KWÈ.Plis yo te kwè ,se lè sa a yo te mouri pi vit.
Se pou moun ki ap di tou, ke LAFRIK MODI yo ,se yon lòt koze.
Gwoup moun ki gen plis ATE ladan yo ,se JWIF ;e se patou kote yo ye ;ke se swa ann IZRAYEL ,ETAZINI ou lòt kote.Jwif ap mande,kote BON-DYE te ye ,lè NAZI yo ta ekstèmine yo .Relijyon JWIF lan plis KILTIRÈL pou yo ,ke RELIJYE.
Mwen plis dakò ak yon moun tankou matematisyen LAPLACE ke yo te mande si l kwè ke BONDYE ekziste e misye reponn ke l pa gen tan pou IPOTÈZ sa a.
Mande si l ekziste ou pa ,se jis yon KIRYOZITE ;sa pa gen anyen pou l wè ak jan moun ap viv.Antouka ,se sa mwen kwè.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Lun 21 Mai 2012 - 9:05

Monchè se yon gwo defi pou yon moun fè diferans ant kwayans nan ekzistans ekstraterès (tankou Bondye, lespri elatriye), relijyon epi sipèstisyon. Bagay sa yo tèlman mache kole kole youn ak lot, lè yon moun janbe lantouraj la ou ka pa konnen.

Parekzanp, gen anpil moun ki pa ka konsevwa ekzistans yon kreyatè andeyo pèsonaj yo dekri nan bib la. Poutan, se lotrejou la moun yo ekri liv sa a. Depi dikdantan moun ap eseye konprann kouman linivè te koumanse e opsyon "kreyasyon" an te toujou sou tab la. Nan bib la yo prezante yon kreyatè omnipotan, omniprezan...men nan pwen anyen ki di se sèl posiblite sa a ki valab. Kisa ki di nou kreyatè a (yo?) pa te fin fè nou epi li bay bèl vag, l ale okipe lot koze nan rès linivè ki chaje ak konpleksite a?

Alèkile nou pa menm konnen 1 dizyèm de 1 dizyèm de listwa limanite avèk asirans, alevwa pou listwa linivè. Se vre nan ti bout planèt kote n ap viv la, nou gen enpresyon se noumenm moun ki pi enpotan, ki chita nan mitan linivè....devan tout lot bèt yo, nou parèt espesyal, pi entèlijan....men, èske se pa sèlman sou katye sa a nou pi fo?

Orezime sa mwen panse sè ke kesyon fondamantal yo, limanite po ko janm jwenn repons kategorik epi verifyab pou yo. Men, gen moun ki pa ka rete tann, ki pa gen pasyans pou yo fouye jouk yo jwenn verite. Yo pito repons tou pare, menm lè se fose yo fose tèt yo kwè repons sa yo. Se konsa, gen plizyè moun ki fristre ak mwen apre yo fin li Viv Bondye! Aba Relijyon! Yo di m, "ok Jaf, nou remake vèsyon krisyanis yo te fose nou aksepte a, se malatchong...men oumenm, kisa ou ofri kom altènativ?" ....komsi mwen oblije envante yon lot seri manti pou ranplase manti krisyanis yo!

Pouki sa nou pa ka satisfè ak evidans ki disponib nan moman an, epi chwazi kontinye bouske jiskaske tout bon vre, nou jwenn yon ipotèz ki fè sans, ki verifye, epi konfime?

Nan ane 5000 avan moun te rekomanse konte pa bo isit (avan Jezikri), li te konprenab pou moun kwè listwakont tankou Moyiz k ap fann lanmè 2 bout; zanj ki kenbe men Abraham pandan li ta pral masakre pitit li pou onore yon bondye ki renmen sakrifis san....Men, alèkile, nan ane 2012 sa a, gen anpil eksperyans moun gen tan fè sou planèt sa a epi nan lespas ki ta dwe ede nou dekode listwakont sa yo epi mete yo nan veritab kontèks tan ak espas yo.

Bon, apa se mwenmenm ak Joel sèlman k ap ekri la a! E noumenm mesyedam k ap li san ekri yo, pou ki nou bèbè? Ki chat ki pran lang nou? Se madichon bondye osnon pinisyon pastè Grandizè nou pè? Alos, nou vle se Joel ak mwen sèl ki pou al boule etènèlman nan lanfè mesye legliz yo envante a!? Noumenm, nou v;e rete nan chanmot èkondisyone ap gade bèl mèvèy? Pale tande! Tankou yon grandèt mwen konnen renmen di: je vous ap tann...
Smile
Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Joel Lun 21 Mai 2012 - 11:13

Wi JAF ;
Mesyedam yo vle se noumenm sèlman ki pou al boule lan LANFÈ (lol);byen ke se de bagay yo panse ak li chak jou.Byen ke se nèg yo te rele PERSE yo ki te viv lan peyi yo rele IRAN jodi an ki te ENVANTE bagay yo vin rele PARADI ak LANFÈ an.
Moun ki rele JWIF yo ki te vin pwofese ou byen envante relijyon MONOTEYIS lan ;se politeyis yo te ye ;MONOTEYISM vin jwenn yo ;se pa t yomenm ki te envante l'.

Men yon ti kozman yon nèg te fè lan pi gwo INIVÈSITE KATOLIK OZETAZINI ki rele NOTRE DAME lan .Si nèg sa a pa t pè LANFÈ ,lan pale konsa lan NOTRE DAME e pa nou ki pou pè l (double lol)


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  jafrikayiti Lun 21 Mai 2012 - 21:06

Misye frape solid vre wi! Sèl remak mwen ta fè, plizyè fwa misye mansyone "katolik" tandiske sa li ap di yo valab pou tout pratikan relijyon abramayik yo (Jidayis, krisyanis ak Islam) alawonnbadè.

Bon zouti!


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Joel Mar 22 Mai 2012 - 22:16

Sa a se yon ti kozman ke CHRIS HITCHENS te fè mwen kwè lan CANADA.HITCHENS se nèg ki te ekri best seller ""GOD IS NOT GREAT"" lan.


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Relijyon ak Politik Empty Re: Relijyon ak Politik

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum