Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-34%
Le deal à ne pas rater :
-34% LG OLED55B3 – TV OLED 4K 55″ 2023 – 100Hz HDR 10+, ...
919 € 1399 €
Voir le deal

HAITI PETPET MAIS KRIZ SOU KRIZ

Aller en bas

HAITI PETPET MAIS KRIZ SOU KRIZ Empty HAITI PETPET MAIS KRIZ SOU KRIZ

Message  Doub-Sossis Dim 11 Nov 2012 - 17:58

DALY VALET FE KOLE- HAITI TOUNEN YON PET=PET MAIS KRIZ SOU KRIZ
==============================================
"Daly Valet
Bonswa tout moun,

Menm jan ak mwen m kwe nou konstate ke kriz ap eklate nan peyi a tankou petpet mayi. Sa vin fe ke Leta a tankou chen fou ki pa konn direksyon pou l ale. Yon ti lapli tonbe yon jou sa w tande a se dezolasyon ak vant kode. Jounen jodi a se lapenn nan vil Okap. Plis ke yon dizenn moun mouri ak anpil lot disparet apre yon lapli. Gen kek jou de sa se Depatman Sid ki te nan dezolasyon ak dey apre ke siklonn Sandy te soufle sou depatman sa a. Nou voye senpati ak kondoleyans bay tout fanmi viktim yo.

Men kote sa prale menm ? Ki koze sa ki fe ke apre yon ti lapli se dezas, lanmo ak kriz imanite nan peyi Dayiti ? Nou konstate ke tout nouvel ki bay sou Ayiti nan denye tan sa yo se nouvel negatif ki konsenen kriz selman. Le se pa kriz politik se kriz imanite.

Se konsa n ap bay tet nou manti Ayiti louvri pou biznis la ? Malgre tout bel pawol pouvwa a nou pa gen lenpresyon peyi ap dekole vreman. Nou gen plis lenpresyon peyi nou an ap degrengole. Blakawout toupatou. Ensekirite ap lage moun ate chak jou. Nan katye popile yo pa gen lavi menm. Ganste ak kriminel sanble achte ti peyi a lajan kontan. Filozofi bandi legal la sanble pran kontwol Ayiti. Polisye, moun ki gen gwo pouvwa nan Leta a, boujwa, malere, tout kategori sosyal nan peyi a chaje ak bandi ki chwazi krim kom yon endistri pou fe lajan.

Ayisyen telman renmen lajan se jou si, genyen ki rive konplote pou fe kidnape mannan yo, papa yo, fre ak se yo, fanmi yo, zanmi yo, vwazen yo. Dosye Clifford Brandt la montre nou nan ki degre pouriti sosyete sa rive. Evolisyon Ayiti fe m komanse konvenki gen yon konplo Aysyen ak etranje pou detwi premye Repiblik nwa sou late a. Paske li pa nomal eta dezolasyon ak delabreman Ayiti twouve l apre plis ke 200 lane endepandans. Se nou ki pi mal nan tout kategori nan kontinan n ap viv la. Li pa nomal ! Devan Bondye, li pa nomal ! Se revoltan !

Kijan w konprann apre lendepandans Ayiti te gen yon lame ki te gen plis ke 60 mil solda. Sou Divalye sou yon popilasyon 6 milyon moun aparey sekirite Leta a te gen preske 400 mil moun pou bay sekirite : 300 mil Tonton Makout, 7 mil milite, san konte yon gwo rezo Chef seksyon, chouket lawouze ak ajan ranseyman. Rejim nan te fe anpil krim se vre men nou dwe konprann premye misyon yon Leta kit se yon Leta demokratik, kit se yon Leta diktatoryal se garanti sekirite peyi a ak fwontye li yo. Leta Aysyen te rive fe sa tan byen ke mal. Kounye a nou gen yon popilasyon 10 milyon moun, poutan blan ba nou senpman yon polis bankal ki gen selman 10 mil polisye. Eske sa se pa yon konplo pou fini ak Ayiti e pou kenbel l sou titel milite etranje pou tout tan ? Men sa k pase ki fe Ayiti pa ka bay tet li sekirite kounye a ?

Dapre mwen, depi reji m Divalye a tonbe pa gen Leta anko. Blan kou Ayisyen kole zepol pou detwi Leta a. Rezilta a se ke sosyete a dekonstonbre, li defigire net. Anplis de sa, depi apre Divalye pa gen okenn gwo pwoje enfrastrikti ki fet nan peyi a. Potoprens pa gen okenn chantye enpotan depi Divalye. Kapital la lage a la driv : fatra, bandi, blakawout, blokis, lavi che....elatriye. Sa pral fe 3 lane depi tranbleman te a pase. Jouk jodi a pa gen okenn travay rekonstriksyon ki antamen nan okenn vil goudougoudou te detwi yo tankou Potoprens, Leogann ak Jakmel. Anyen, anyen pa fet...neg yo a dodine, jwi e banboche sou pouvwa san rezilta.

Tout pouvwa ki pase yo se preteks y ap bay le yo pa rive fe anyen pou peyi a. Nou ka fe n sonje ke tout fo ki nan peyi a se nan 2 zan selman Dessalines te rive fe konstwi yo nan kondisyon difisil. Prezidan Estime te fe Bicentenaire, vil Belladeres, Pont Grand'Anse Jeremie, jete baz pou baraj elektrik Peligre nan selman 3 zan.. Jounen jodi a gouvenman yo met pase 5 an, 10 zan sou pouvwa a yo pa regle anyen. Sanble se selman pran pouvwa ak kenbe l ki enterese yo. Sitiasyon Ayiti a tris anpil le n ap gade kote peyi sa soti e kote li ye jodi a.

Si nou vle Ayiti chanje tout bon, nou tout dwe mare senti nou, touse ponyet nou pou goumen pou Lot Ayiti a..Si se pa sa...pi ta ka pi tris..

Sa k kapab pase yon bon dimanch. Sitou pa
bliye manje kizin lokal.

Kenbe la !

Daly Vale"
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum